63 Bible Verses About Faith

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Faith
  1. 1 Alò, lafwa se asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.

    2 Paske se pa lafwa, moun nan tan ansyen yo te vin apwouve.

    3 Pa lafwa nou konprann ke mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib.

    4 Pa lafwa Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.

    5 Pa lafwa Enoch te monte pou l te kab pa wè lanmò. E kò li pa te jwenn akoz ke Bondye te pran l. Paske li te twouve temwen ke avan li te monte a, li t ap fè Bondye plezi.

    6 Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.

    7 Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.

    8 Pa lafwa Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale. 9 Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la. 10 Paske li t ap chache vil ki gen fondasyon an, ki gen kòm achitèk ak fondatè, Bondye menm.

    11 Pa lafwa, menm Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la. 12 Akoz sa te vin fèt de yon sèl moun, e li menm, tankou yon moun mouri deja, yon kantite desandan “an chif kòm zetwal, e ki pa kab kontwole tankou grenn sab lanmè.”

    13 Tout sila yo te mouri nan lafwa san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a. 14 Paske sila ki di bagay sa yo, fè l klè ke y ap chache yon peyi ki pou yo.

  2. 8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”

    12 Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.”

  3. 1 Konsa kisa nou kapab di ke Abraham, zansèt nou selon lachè te jwenn kon jijman? 2 Paske si Abraham te jistifye pa zèv, li gen yon bagay pou vante tèt li, men pa devan Bondye. 3 Paske kisa Ekriti Sen Yo di?: “Abraham te kwè Bondye e sa te konte kòm ladwati li.” 4 Alò, nou konnen ke sila ki travay la, salè li pa konte kòm yon favè, men kòm sa li merite. 5 Men pou sila ki pa travay la, men kwè nan Sila ki jistifye pechè yo, lafwa li ap konte kòm ladwati li.

  4. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  5. 21 Men koulye a, apa Lalwa sa a, nou wè ladwati Bondye byen parèt pa yon temwayaj konplè de Lalwa ak pwofèt yo. 22 Se ladwati Bondye a menm atravè lafwa nan Jésus Kri pou tout sila ki kwè yo, paske pa gen patipri. 23 Paske tout moun peche e yo tonbe kout de laglwa Bondye a. 24 Men Yo jistifye kòm yon kado pa gras Li atravè redanmsyon ki nan Jésus Kri a, 25 Li menm ke Bondye te fè parèt piblikman kòm yon viktim ekspiyatwa nan san Li atravè lafwa. Li te fè sa pou montre jistis Li. Akoz pasyans Li, Bondye pa t kontwole peche ki te fèt deja yo. 26 Sa te fèt pou Li montre nou ladwati li nan tan prezan an, e pou Li ta nan menm lè a, devni Sila ki jistifye sila ki gen fwa nan Jésus yo.

    27 Ki kote konsa nou kapab vante tèt nou? Sa pa la ankò! Pa ki kalite lwa? Pa lalwa a zèv yo? Non, men pa lalwa a lafwa a. 28 Paske nou ensiste ke yon moun jistifye pa lafwa, apa de tout zèv Lalwa yo. 29 Oubyen èske Bondye se sèlman pou Jwif yo? Èske Li pa Bondye pèp etranje yo tou? Wi pèp etranje yo ladann tou. 30 Anfèt akoz Bondye ki va jistifye sikonsi pa lafwa yo, ak ensikonsi selon lafwa yo, se yon sèl.

    31 Konsa, èske nou detwi Lalwa a ak lafwa? Ke sa pa janm fèt! Okontrè, se konsa nou etabli Lalwa a.

  6. 20 Pandan yo t ap pase lantre nan granmmaten, yo vin wè ke pye fig etranje a te seche jis rive nan rasin.

    21 Konsa, Pierre te sonje, e te di Li: “Rabbi, gade pye fig frans ke Ou te modi a gen tan vin sèch”.

    22 Jésus te reponn e te di yo: “Mete lafwa nan Bondye. 23 Anverite, Mwen di nou, nenpòt moun ki di a mòn sa a: ‘Retire ou la e ale jete ou nan lanmè, san doute nan kè l, men kwè ke sa li di a va rive, sa va rive. 24 Pou sa, Mwen di nou, pou tout bagay ke nou priye e mande, kwè ke nou gen tan resevwa l deja, e li va fèt.

  7. 5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an. 6 Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, 7 pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a. 8 Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa 9 ki fè kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.

  8. 18 Men si nou mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

    22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.

    25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a.

  9. 16 Paske mwen pa wont de levanjil la paske se li ki pouvwa Bondye a pou sove tout moun ki kwè yo. Li la avan pou Jwif la, e dabò Grèk la tou. 17 Paske se nan levanjil sa a ke ladwati Bondye revele soti nan lafwa pou rive nan lafwa, jan sa ekri a: “Men moun ki jis la ap viv pa lafwa”.

    18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.

  10. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  11. 1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

  12. 23 Jésus te di li: “Si Ou kapab? Tout bagay posib pou sila a ki kwè a.”

    24 Konsa, papa a tigason an te kriye fò e te di: “Mwen kwè; ede enkredilite Mwen an.”

  13. 18 Jésus te reprimande lespri a. Dyab la te sòti sou li, epi jennonm nan te geri lapoula.

    19 Konsa, disip yo te vin kote Jésus an prive. Yo te mande L: “Poukisa nou menm pa t kapab chase l?”

    20 Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou.

  14. 14 Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li? 15 Si yon frè oubyen yon sè san rad, e nan bezwen manje chak jou, 16 epi youn nan nou di yo: “Ale anpè; chofe kò nou e plen vant nou,” men malgre sa, nou pa bay yo sa ke yo bezwen pou kò yo, kisa sa sèvi? 17 Menm jan an lafwa, si li pa gen zèv, li mouri pou kont li.

    18 Konsa, yon moun ka byen di: “Ou gen lafwa e mwen gen zèv. Montre m lafwa ou a san zèv, e mwen va montre ou lafwa pa m nan pa zèv.”

    19 Ou kwè ke Bondye se yon sèl. Ou fè byen. Demon yo kwè tou, e yo tranble. 20 Men èske ou dakò pou rekonèt, o moun ensanse, ke lafwa san zèv vin initil?

  15. 5 Alò, Sila ki te prepare nou pou menm bi sa a, se Bondye, ki te bannou Lespri Sen kòm yon pwomès la.

    6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a, 7 paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè.

  16. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

    7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

    krent SENYÈ a e vire kite mal.

  17. 1 Nenpòt mounki kwè ke Jésus se Kris la, li ne a Bondye. Nenpòt moun ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li a.

    2 Men konsa nou konnen ke nou renmen pitit a Bondye yo, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo. 3 Paske se sa ki lanmou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.

    4 Paske nenpòt moun ki ne de Bondye ap venk lemonn. Men viktwa ki venk lemonn nan—-lafwa nou. 5 Kilès sila ki venk lemonn nan, sòf ke li ki kwè ke Jésus se Fis a Bondye a?

  18. 24 Men Thomas, youn nan douz yo ke yo te rele Didyme, pa t avèk yo lè Jésus te vini an. 25 Pou sa, lòt disip yo t ap di li: “Nou gen tan wè Senyè a!” Men li te di yo: “Anmwenske m wè mak klou yo nan men L, epi mete dwat mwen kote klou yo te ye a, e fouye men m akote L, mwen p ap kwè.”

    26 Uit jou pita, disip Li yo te anndan, epi Thomas te avèk yo. Jésus te vini lè pòt yo te fèmen. Li te kanpe nan mitan yo, e te di: “Lapè avèk nou!”

    27 Alò Li te di a Thomas “Lonje dwat ou la, e wè men M. Epi lonje men ou la, e mete l akote Mwen e pa vin enkredil, men kwè.”

    28 Thomas te reponn: “Senyè mwen, e Bondye mwen!”

    29 Jésus te di li: “Paske ou wè M, ou kwè? Beni se sila yo ki pa t wè, men ki te kwè.”

  19. 38 Sila ki kwè nan Mwen, tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’” 39 Men sa, Li te pale konsènan Lespri a, ke sa ki te kwè nan Li yo ta resevwa. Paske Lespri a poko te parèt, akoz Jésus poko te vini nan glwa Li.

  20. 20 Mwen te krisifye avèk Kris, epi se pa plis Mwen ki viv, men Kris viv nan mwen. Konsa, lavi ke m viv koulye a nan lachè, mwen viv pa lafwa nan Fis a Lòm nan, ki te renmen mwen e ki te bay tèt li pou mwen.

  21. 16 e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an.

  22. 5 Alò, apòt yo te di: “Senyè, fè nou gen plis lafwa!”

  23. 15 Nou menm ki se Jwif pa lanati e pa pechè ki sòti pami pèp etranje yo, 16 sepandan, nou konnen ke yon nonm pa jistifye pa zèv Lalwa, men atravè lafwa an Kris Jésus a, nou menm kwè nan Kris Jésus a, pou nou kapab jistifye pa lafwa an Kris, e non pa zèv Lalwa, paske pa zèv Lalwa yo, okenn chè p ap jistifye.

  24. 7 Men nou gen trezò sa a nan po ki fèt avèk tè ajil, pou grandè a pouvwa ki depase tout bagay la, kapab sòti nan Bondye e pa nan nou menm. 8 Nou aflije nan tout fason, men nou pa kraze; nou nan konfizyon, men nou pa nan dezespwa, 9 pèsekite, men nou pa abandone. Nou pran so, men nou pa detwi. 10 Nou toujou ap pote nan kò a, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou. 11 Paske nou menm ki vivan yo toujou ap livre a lanmò pou kòz a Jésus, pou lavi Jésus kapab osi manifeste nan chè mòtèl nou an. 12 Konsa, lanmò travay nan nou, men lavi nan nou.

    13 Men avèk menm lespri lafwa a, selon sa ki ekri a: “Mwen te kwè, e akoz sa mwen te pale”, nou osi kwè, e akoz sa, nou pale; 14 avèk konesans ke Sila ki te leve Senyè a Jésus va leve nou osi avèk Jésus e va prezante nou avèk nou menm.

  25. 10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.

    11 Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès. 12 Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo.

  26. 22 annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp. 23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.

  27. 32 Li te gade toupatou pou wè fanm ki te fè sa a.

    33 Konsa, fanm nan, tou ap tranble avèk lakrent, konsyan de sa ki te rive l la, li te vin tonbe devan Li, e te di Li tout laverite.

    34 Jésus te di li: “Fi, se lafwa ou ki bay ou lasante. Ale anpè, e resevwa gerizon de maladi ou a”.

    35 Pandan Li t ap pale, moun yo te rive sòti lakay ofisye sinagòg la. Yo te di l: “Fi ou a gen tan mouri; ou pa bezwen twouble Mèt la ankò”. 36 Men Jésus te gen tan tande sa ki t ap pale a, e te di a ofisye sinagòg la: “Pa pè ankò; sèlman kwè”.

  28. 7 Mwen mennen bon konba a, mwen fin fè kous la, mwen kenbe lafwa. 8 A lavni m ap gen kouwòn ladwati a, ki prepare pou mwen deja, ke Senyè a, jij ladwati a, va ban m nan jou sila a; e pa sèlman de mwen menm, men osi a tout moun ki renmen aparisyon Li an.

  29. 43 Konsa, yon fanm, ki te koule san pou plis ke douz lane, men pa t kapab twouve gerizon pa okenn moun, 44 te pwoche dèyè Li. Li te touche arebò vètman Li, e nan menm moman an, san an te rete.

    45 Jésus te di: “Kilès ki te touche Mwen an?”

    E pandan yo tout t ap demanti ke se pa yo, Pierre te di: “Mèt, foul la ap bourade ou e peze Ou.”

    46 Men Jésus te di: “Yon moun vrèman te touche M, paske Mwen te konnen lèpouvwa a te kite M nan.”

    47 Lè fanm nan te wè ke li t ap dekouvri, li te vini byen tranble, e te tonbe devan Li. Li te deklare nan prezans a tout moun poukisa li te touche L la ak jan li te vin geri nan menm enstan.

    48 Jésus te di li: “Fi Mwen, lafwa ou te fè ou geri; ale anpè.”

    49 Pandan Li te toujou ap pale, yon moun te soti lakayofisye sinagòg la, e te di: “Pitit ou a gen tan mouri. Pa twouble Mèt la ankò.”

    50 Men lè Jésus te tande sa, Li te reponn li: “Pa pè; sèlman kwè, e li va geri.”

  30. 25 Jésus te reponn Li: “Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri. 26 E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”

    27 Li te di Li: “Wi, Senyè, Mwen gen tan kwè ke Ou se Kris la, Fis a Bondye, menm Li menm ki vini nan mond lan.”

  31. 3 Mwen te avèk nou nan feblès, laperèz, ak anpil tranbleman. 4 Epi mesaj mwen avèk predikasyon mwen pa t fèt avèk pawòl sajès pou fè moun kwè, men nan demonstrasyon Lespri a ak pouvwa a, 5 pou lafwa nou pa t repoze sou sajès a lòm, men sou pouvwa Bondye a.

  32. 8 Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a. 9 A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a,

  33. 13 Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm.

  34. 1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2 ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.

    3 Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.

  35. 16 Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane.

  36. 36 Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakòlè Bondye va rete sou li.

  37. 26 Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus. 27 Paske nou tout ki te batize nan Kris la te abiye tèt nou avèk Kris.

  38. 5 Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete konesans. 6 Sou konesans nou, mete bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete. 7 Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.

    8 Paske si kalite sa yo nan nou e ap ogmante, yo p ap rann nou ni initil, ni san fwi nan vre konesans Senyè nou an, Jésus Kri. 9 Paske, sila ki manke kalite sa yo avèg oswa pa wè klè, akoz li bliye ke li te netwaye de ansyen peche li yo.

    10 Konsa, frè m yo, se pou nou vin pi dilijan pou fè sèten de chwa ak apèl Li de nou menm nan. Paske otan ke n ap pratike bagay sa yo, nou p ap janm glise tonbe. 11 Paske lè nou aji nan fason sa a, antre nan wayòm etènèl Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri, va toujou disponib a nou menm an abondans.

  39. 21 Konsa, Jésus te kite la, e retire kò l pou landwa Tyr ak Sidon. 22 Epi gade, yon fanm Canaan nan rejyon sa a te vin parèt. Li te kòmanse kriye fò e te di: “Fè m gras, Senyè, Fis a David la! Fi mwen an gen yon move lespri.”

    23 Men Li pa t reponn li yon mo.

    Disip Li yo te vin kote L. Yo te di L: “Fè l ale; l ap rele dèyè nou tout kote nou ale”.

    24 Men Li te reponn e te di: “Mwen te voye sèlman pou mouton pèdi nan lakay Israël la.”

    25 Men fanm nan te vin bese devan Li, e te di: “Senyè, ede m!”

    26 Men Li te reponn: “Li pa bon pou pran manje ki pou timoun yo pou jete l bay chen.”

    27 Men li te di: “Wi Senyè, men menm chen yo manje ti kras manje k ap tonbe sòti sou tab mèt la.”

    28 Jésus te reponn li: “Men fanm, lafwa ou gran! Ke sa fèt jan ou vle a”. Epi fi li a te geri lapoula.

  40. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen.

  41. 21 Epi menmsi otrefwa, nou te etranje, e te lènmi nan jan nou te konn panse, ak angaje nan move zak, 22 men koulye a Li rekonsilye nou nan kò lachè Li a atravè lanmò, pou prezante nou devan Li sen, san fot e san repwòch— 23 Si vrèman nou kontinye nan lafwa byen etabli, e fèm, e nou pa kite esperans levanjil ke nou te tande a, ki te pwoklame nan tout kreyasyon anba syèl la, e sou li menm mwen, Paul, te fèt kòm yon sèvitè.

  42. 20 Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen an. 21 Kenbe nou menm nan lanmou Bondye, epi toujou tann swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl.

  43. 52 Jésus te di l: “Ale! Lafwa ou fè ou geri.”

    Lapoula, li te wè ankò, e li t ap swiv Li sou wout la.

  44. 43 “A Li menm, tout pwofèt yo pote temwayaj, ke selon non Li tout moun ki kwè nan Li resevwa padon pou peche yo.”

  45. 29 Li te reponn: “Vini!” Pierre te sòti nan kannòt la, e te mache sou dlo a vè Jésus. 30 Men lè l te wè van an, li te vin pè, e te kòmanse desann nan dlo a. Li te rele: “Senyè, sove m!”

    31 Lapoula, Jésus te lonje men li e te kenbe l. Li te di l konsa: “Ou menm avèk mank lafwa, poukisa ou te doute?” 32 Lè yo te fin antre nan kannòt la, van an te vin sispann. 33 Sila ki te nan kannòt yo te adore Li. Yo te di: “Anverite, Ou se Fis Bondye a!”

  46. 48 Answit Li te di li: “Peche ou yo padone”.

    49 Sila ki te sou tab avèk Li yo te kòmanse di a yo menm: “Ki moun sa ye ki menm padone peche?”

    50 Epi Li te di a fanm nan: “Lafwa ou sove ou; ale anpè.”

  47. 40 Paske sa se volonte a Papa M, ke tout moun ki wè Fis la epi kwè nan Li kapab gen lavi etènèl. Epi Mwen menm va fè l leve nan dènye jou a.”

  48. 8 Philippe te di Li: “Senyè, montre nou Papa a, epi l ap sifi pou nou.”

    9 Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’ 10 Èske ou pa kwè ke Mwen nan Papa a, e Papa a nan Mwen?

    “Pawòl ke Mwen pale ou yo, Mwen pa pale pa volonte pa M, men Papa a, ki rete nan Mwen fè travay Li. 11 Kwè Mwen, ke Mwen nan Papa a, e ke Papa a nan Mwen. Oubyen apa de sa, kwè menm akoz zèv mwen yo.

    12 “Anverite, anverite, Mwen di nou, moun ki kwè nan Mwen, zèv ke Mwen fè yo, li menm va fè yo tou, e pi gwo zèv pase sa yo l ap fè. Paske Mwen ap ale kote Papa a.

    13 “Konsa, nenpòt bagay ke nou mande nan non Mwen, M ap fè li pou Papa a kapab resevwa glwa nan Fis la. 14 Si nou mande M nenpòt bagay nan non Mwen, M ap fè l.

  49. 5 Paske sila ki viv selon lachè yo konsantre panse yo nan tout bagay ki konsène lachè a, men sila ki viv selon Lespri a, konsantre panse yo sou tout bagay Lespri yo. 6 Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa. 8 Konsa, sila ki nan lachè yo pa kapab fè Bondye plezi.

    9 Men nou pa nan lachè a, men nan Lespri a, si vrèman Lespri Bondye a rete nan nou. Men si yon moun pa gen Lespri Kris la, li pa moun pa L. 10 Si Kris nan nou, malgre kò a mouri akoz peche, lespri a ap viv akoz ladwati Bondye. 11 Men si Lespri de Li menm ki te resisite Jésus nan lanmò a rete nan nou, Li menm ki te fè Jésus Kri leve soti nan lanmò a ap bay lavi a kò mòtèl nou an pa Lespri Li ki rete andedan nou an.

    12 Konsa, frè m yo, nou pa anba obligasyon lachè a, pou viv selon lachè. 13 Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv. 14 Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. 15 Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.

    16 Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.

  50. 11 Alò, li klè ke pèsòn pa jistifye pa Lalwa devan Bondye, paske “Moun jis la va viv pa lafwa”. 12 Sepandan, Lalwa a pa selon lafwa; okontrè: “Sila ki pratike yo a va viv pa yo menm.”

    13 Kris te delivre nou de madichon Lalwa a, akoz Li te devni yon madichon pou nou—paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pann sou yon bwa.” 14 Pouke nan Kris Jésus, benediksyon Abraham yo ta kapab vini pou pèp etranje yo, pou nou ta kapab resevwa pwomès a Lespri Sen an pa lafwa.

  51. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  52. 8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.

  53. 35 Konsa, pa jete konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans. 36 Paske nou oblije andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab resevwa sa ki te pwomèt a nou an.

    37 “Paske nan yon tan ki kout,

    Sila ki ap vini an, va vini, e li p ap fè reta.

    38 Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa;

    e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”

    39 Men nou pa pami sila ki fè bak pou vin detwi yo, men sila ki gen lafwa pou prezève nanm lan.

  54. 28 E pou sa moun foul la te di Li: “Ki zèv nou kapab fè pou nou menm kapab fè zèv a Bondye?”

    29 Jésus te reponn e te di yo: “Sa se zèv a Bondye, ke nou ta kwè nan Sila ke Li voye a.”

  55. 1 Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo. 2 Yon moun gen lafwa pou li kab manje tout bagay, men sila ki fèb la manje sèlman legim.

  56. 5 Konsa pale SENYÈ a:

    “Modi se moun ki mete konfyans nan lòm,

    ki fè lachè vin fòs li,

    ak kè a sila ki tounen lwen SENYÈ a.

    6 Paske li va tankou bwa raje nan dezè;

    li p ap janm wè lè bonè rive,

    men li va viv pami wòch savann nan dezè a,

    nan yon peyi sale, san moun ki rete ladann.

    7 “Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a,

    ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.

    8 Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,

    ki lonje rasin li akote yon sous dlo.

    Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt.

    Li p ap twouble nan ane sechrès la,

    ni sispann bay fwi.

  57. 6 Senyè a te di: “Si nou te gen lafwa tankou yongrenn moutad, nou ta di a pye sikomò sila a, ‘Derasine ou e ale plante ou nan lanmè;’ konsa, li ta obeyi nou.

  58. 47 “Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki kwè gen lavi etènèl.

  59. 24 Pou sa, Mwen te di nou ke nou tout va mouri nan peche nou yo. Paske anmwenske nou kwè ke Mwen menm se Sila a, nou va mouri nan peche nou yo.”

  60. 23 Men sila ki doute a gen tan fin kondane si li manje, paske manje li a pa fèt ak lafwa; e nenpòt bagay ki pa fèt ak lafwa, se peche.

  61. 13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.

  62. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

  63. 2 Paske vrèman, bòn nouvèl la te preche a nou menm, menm jan ak yo, men pawòl yo te tande a pa t fè avantaj pou yo, paske li pa t jwenn avèk lafwa nan sila ki te tande yo a.