87 Bible Verses About Miracles

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Miracles
  1. 18 Pandan Li t ap pale konsa avèk yo, yon ofisye sinagòg la te vin bese devan Li e te di L: “Fi mwen an apèn fin mouri, men si ou vin mete men ou sou li, l ap viv.”

    19 Jésus te leve e te swiv li ansanm avèk tout disip Li yo. 20 Konsa, yon fanm ki te soufri yon maladi pèt de san depi douz ane te parèt pa dèyè Li, e te touche rebò vètman Li; 21 paske li t ap di nan tèt li: “Si sèlman mwen kapab touche rebò vètman Li, m ap geri.”

    22 Men Jésus te vire wè li e te di li: “Fi mwen, pran kouraj, fwa ou gen tan fè ou geri.” Lapoula, fanm nan te gen tan geri.

    23 Konsa, lè Jésus te rive lakay ofisye a, Li te wè moun ki t ap jwe flit avèk yon foul ki t ap fè anpil bwi avèk dezòd. 24 Li te di: “Fè yon ti deplase; fi a pa mouri, men se dòmi, l ap dòmi.”

    Epi yo te kòmanse ri sou Li. 25 Men lè foul la te soti deyò, Li te antre, pran men li, e fi a te vin leve. 26 Nouvèl sa a te kouri toupatou nan peyi a.

    27 Lè Jésus te rive pi lwen, de moun avèg t ap swiv Li. Konsa, yo t ap kriye: “Fè nou gras Fis a David la!” 28 Lè L te fin antre nan kay la, yo te vin kote L. Li te mande yo: “Èske nou kwè ke Mwen kapab fè sa?”

    Yo te reponn Li: “Wi, Senyè”.

    29 Li te touche zye yo e te di: “Ke sa fèt selon lafwa nou.” 30 Epi zye yo te vin louvri. Jésus te pale ak yo sevèman: “Gade byen, pa kite pèsòn konnen bagay sa a.” 31 Men yo te ale deyò e te gaye nouvèl la toupatou nan peyi a.

    32 E pandan yo t ap soti deyò, konsa, yo te pote bay Li yon moun bèbè avèk yon move lespri. 33 Lè Li fin jete move lespri a, bèbè a vin pale. Tout foul la te byen etone. Yo te di: “Nou pa janm wè anyen parèy a sa an Israël.”

  2. 5 Philippe te desann nan vil Samarie. Li te kòmanse preche Kris la bay yo.

    6 Foul la avèk yon sèl panse t ap bay atansyon yo a sa ke Philippe te di yo, paske yo te wè e te tande mèvèy ke li t ap fè yo. 7 Paske nan ka anpil moun ki te genyen lespri enpi yo, lespri yo t ap sòti nan yo. Yo te sòti pandan yo t ap rele avèk yon gwo vwa, e anpil moun ki te paralize e bwate te geri. 8 Donk, te gen anpil moun ki t ap rejwi nan vil sila a.

  3. 33 La li te twouve yon sèten mesye ke yo te rele Enée, ki pa t kab leve sou kabann li depi uit ane, paske li te paralize.

    34 Pierre te di li: “Enée, Jésus Kri geri ou. Leve e fè kabann ou.” Nan menm enstan li te leve.

    35 Tout moun ki te rete nan Lydde ak Saron yo te wè l, e yo te vire vè Senyè a.

    36 Alò, nan Joppé te gen yon sèten disip ke yo te rele Tabitha (ki tradwi an Grèk kon Dorcas). Fanm sa a te ranpli avèk zèv konpasyon ak charite ke li t ap fè tout tan. 37 Li te rive nan lè sa a ke fanm sila a te tonbe malad e te mouri. Lè yo te lave kò li, yo te fè l kouche nan yon chanm anlè. 38 Lydde te toupre Joppé, e disip yo te tande Pierre te la. Konsa yo te voye de mesye bò kote li pou sipliye l: “Pa fè reta! Vin kote nou”!

    39 Pierre te leve e te ale avèk yo. E lè l vini, yo te mennen li nan chanm anlè a. Tout vèv yo te kanpe bò kote li e t ap kriye. Yo te montre li tout vètman ak rad ke Dorcas te konn fè lè l te avèk yo.

    40 Men Pierre te voye yo tout deyò, e te mete l sou jenou l pou l priye, e pandan l ap vire bò kote kò a, li te di: “Tabitha, leve.”

    Li te louvri zye li, e lè l te wè Pierre, li te chita.

    41 Li te bay li men li e te fè l leve. Konsa Pierre te rele tout fidèl yo avèk vèv yo e li te prezante li vivan.

    42 Sa te vin konnen toupatou nan Joppé, eanpil moun te kwè nan Senyè a.

  4. 11 Bondye t ap fè mirak ekstrawòdinè pa men Paul 12 jiskaske yo te kòmanse pote menm mouchwa avèk rad kò li pou malad yo; konsa malad yo te vin geri, e move Lespri yo te vin sòti.

    13 Men osi kèk nan Jwif ki te konn chase move lespri yo, ki te ale soti yon kote a yon lòt, te eseye rele non Jésus sou sila ki te gen move lespri yo, e t ap di: “Mwen bay ou lòd pa Jésus ke Paul preche a.” 14 Sèt fis a Scéva yo, yon chèf prèt Jwif, t ap fè sa a.

    15 Epi move lespri yo te reponn e te di yo: “Mwen rekonèt Jésus, e mwen konnen Paul, men ki moun nou ye?”

    16 Mesye ki te gen move Lespri a te vòltije sou yo tout e te tèlman domine yo, ke yo te kouri kite kay la toutouni, e blese.

    17 Bagay sa te vin konnen pa tout moun, ni Jwif, ni Grèk ki te rete Éphèse. Lakrent te vin tonbe sou yo tout, e non Jésus Kri a t ap vin pi gran.

    18 Anpil osi, nan sila ki te kwè yo, yo te kontinye vini pou konfese e devwale tout sa ke yo te konn pratike yo.

  5. 1 Moïse te di: “Men kisa si yo pa kwè m, ni koute sa ke mwen di a?” Paske yo ka petèt di: “SENYÈ a pa t parèt kote ou.”

    2 SENYÈ a te di li: “Kisa sa ye nan men ou la a?”

    Epi li te di: “Yon baton.”

    3 Li te di: “Jete l atè.”

    Moïse te jete l atè, e li te vin tounen yon sèpan; epi Moïse te kouri kite l.

    4 Men SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou e kenbe l nan ke l.”

    Li te lonje men l, li te kenbe l nan ke l, e li te tounen yon baton nan men li.

    5 “Pou yo ta kapab kwè ke SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la, ak Bondye Jacob la te parèt a ou.”

    6 SENYÈ a anplis te di l: “Alò, fouye men ou antre kot kè ou.” Konsa, li te mete men l anndan sou kè li, e lè l te rale l deyò, li te devni lèp tankou lanèj.

    7 Li te di l: “Mete men ou antre kot kè ou ankò.” Li te mete men l antre kot kè l ankò, e lè l te rale l, konsa, li te vin nèf tankou rès chè li.

  6. 32 Lè Élisée te vini nan kay la, men vwala, gason an te kouche tou mouri sou kabann li an. 33 Pou sa, li te antre fèmen pòt la dèyè yo toude a, e te priye a SENYÈ a. 34 Konsa, li te pwoche kouche sou pitit la, li te mete bouch li sou bouch pa li, zye li sou zye pa li, men li sou men pa li. Li te lonje kò li sou li, e chè pitit la te kòmanse vin cho. 35 Li te retounen nan kay la e te mache yon fwa ale retou, epi li te monte lonje li menm sou li. Gason an te touse sèt fwa e gason an te ouvri zye li. 36 Li te rele Guéhazi e te di: “Rele Sinamit lan.” Konsa, li te rele li.

    Lè li te antre kote li, li te di: “Ranmase pran pitit ou a.”

    37 Alò, fanm nan te antre anndan; li te tonbe nan pye li e li te bese li menm jis atè. Epi li te pran fis li, e te sòti.

    38 Lè Élisée te retounen Guilgal, te gen yon gwo grangou nan peyi a. Pandan fis a pwofèt yo te chita devan l, li te di a sèvitè li a: “Mete gwo bonm nan e fè yon bouyon pou fis a pwofèt yo.”

    39 Epi youn te ale nan chan an pou ranmase epis yo e yo te twouve yon lyann sovaj. Li te ranmase sou li kont joumou pou plen vètman li. Li te vin koupe yo, pou fè yo antre nan bouyon, paske yo pa t rekonèt yo. 40 Konsa, yo te vide li pou mesye yo manje. Epi pandan yo t ap bwè bouyon an, yo te kriye fò. Yo te di: “O nonm Bondye, gen lanmò nan po a.” Epi yo pa t kab manje.

    41 Men li te di: “Alò, pote sereyal moulen an.” Li te jete li nan bonm nan e te di: “Vide li pou pèp la pou yo kab manje.” Epi pa t gen okenn mal nan po a.

    42 Alò, yon mesye te sòti Baal-Shalisha, e li te pote pou nonm Bondye a, pen premye fwi yo, ven pen lòj avèk tèt sereyal nèf nan sak li. Epi li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje.”

    43 Asistan li an te di: “Kisa, èske mwen va mete sa a devan san moun?”

    Men li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje, paske se konsa SENYÈ a pale: ‘Yo va manje e va genyen ki rete.’”

    44 Konsa, li te mete li devan yo, yo te manje e te genyen ki te rete, selon pawòl SENYÈ a.

  7. 23 Lè L fin antre nan kannòt la, disip Li yo te swiv Li. 24 Epi konsa, te vin leve yon gwo tanpèt sou lanmè a, ki te fè vag lanmè yo kouvri kannòt la; men Jésus, Li menm, t ap dòmi. 25 Disip Li yo te vin fè L leve. Yo te di L: “Senyè, sove nou! N ap peri!”

    26 Li te reponn yo: “Poukisa nou pè konsa, moun ak ti lafwa piti?” Konsa Li te leve. Li te reprimande van an avèk lanmè a, e tan an te vin kalm nèt.

    27 Moun yo te etone. Yo te di: “Ki kalite moun sa a ye, ke menm van avèk lanmè obeyi Li?”

    28 Lè li te rive lòtbò nan peyi Gadarenyen yo, de moun ki te gen move lespri te rankontre li pandan yo t ap soti nan tonm yo. Yo te tèlman vyolan ke pèsòn pa t kapab pase nan chemen sa a. 29 Epi yo te kriye e te di: “Kisa nou gen avè W, Fis Bondye a? Èske Ou vini la pou toumante nou avan lè a?” 30 A yon distans, te gen yon bann kochon ki t ap manje. 31 Epi lespri yo te kòmanse sipliye Li konsa: “Si ou ap mete nou deyò, voye nou nan bann kochon sa yo.”

    32 Li te di yo: “Ale!”

    Yo te pati e te ale nan kochon yo. Lapoula, tout bann kochon yo te kouri desann falèz la, tonbe nan lanmè, pou mouri nan dlo a.

    33 Gadyen yo te kouri ale antre nan vil la kote yo te fè rapò tout bagay sa yo, ansanm avèk sa ki te rive moun move lespri yo.

  8. 22 “Moun Israël yo, koute pawòl sila yo: Jésus, yon nonm Nazareth, ke Bondye te temwaye devan nou pa mirak, mèvèy, ak sign, ke Bondye te acheve nan Li nan mitan nou, jan nou menm byen konnen an, 23 nonm sila a, livre selon plan ak avan konesans Bondye, nou te kloue sou yon kwa pa men lèzòm san prensip Bondye yo, e te mete li a lanmò. 24 Men Bondye te fè L leve ankò, e te mete fen a doulè lanmò a, paske se te enposib pou li ta kapab kenbe L.

  9. 1 Lè Jésus te fin bay enstriksyon a douz disip Li yo, Li te kite kote sa a pou enstwi e preche nan vil pa yo.

    2 Alò, lè Jean, depi nan prizon an, te tande tout zèv ke Kris la t ap fè yo. Konsa, li te voye yon mesaj pa disip Li yo. 3 Li te mande L: “Èske Ou se Sila ke nou t ap tann nan, oubyen èske nou bezwen tann yon lòt?”

    4 Jésus te reponn yo e te di: “Ale fè rapò a Jean selon tout sa nou tande e wè: 5 Avèg yo vin wè, sila ki t ap bwate yo vin mache dwat, lepre yo vin pirifye, soud yo vin tande, mò yo vin resisite, e malere yo tande bòn nouvèl la. 6 Beni se sila ki pa chite akoz Mwen menm nan.”

  10. 8 Alò SENYÈ a te pale avèk Moïse ak Aaron e te di: 9 “Lè Farawon pale nou pou di: ‘Fè yon mirak,’ alò nou va di a Aaron: Pran baton nou an e jete li atè devan Farawon, pou li kapab vin fè yon sèpan.”

    10 Alò, Moïse avèk Aaron te vin vè Farawon, epi konsa yo te fè jis jan ke SENYÈ a te kòmande yo a. Aaron te jete baton li an atè devan Farawon avèk sèvitè li yo, epi li te devni yon sèpan.

    11 Farawon osi te rele nonm saj avèk sa ki fè maji yo. Konsa, yo menm te fè menm bagay la tou. Majisyen nan Égypte yo te fè menm bagay avèk metye sekrè ak wanga pa yo. 12 Paske yo chak te jete baton yo atè, e chak te vin fè yon sèpan. Men baton Aaron an te vale lòt baton yo nèt.

    13 Men kè Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan SENYÈ a te di a.

  11. 30 Konsa, anpil lòt sign Jésus osi te fè nan prezans disip Li yo, ki pa ekri nan liv sa a. 31 Men sila yo te ekri pou nou kapab kwè ke Jésus se Kris la, Fis a Bondye. Epi ke nan kwè sa a, nou kapab gen lavi etènèl nan non Li.

  12. 3 Malgre sa, yo te rete la pou anpil tan, e t ap pale avèk kouraj. Yo te depann de Senyè a, ki t ap temwaye de pawòl lagras Li a, e te pèmèt ke sign ak mèvèy te vin fèt pa men pa yo.

  13. 3 Men lè Paul te ranmase yon pakèt bwa e te mete yo sou dife a, yon vipè te sòti akoz chalè a e te tache nan men l.

    4 Lè natif yo te wè bèt la k ap pann soti nan men li, yo te kòmanse di youn ak lòt: “San dout mesye sa a se yon asasen, epi malgre li sove soti nan lanmè a, jistis p ap kite li viv.” 5 Konsa, li te souke retire bèt la jete nan dife a, men l pa t gen anyen. 6 Men yo t ap atann ke li vin anfle e sibitman tonbe mouri. Men apre yo te tann pandan anpil tan e pa t wè anyen rive li, yo te reflechi yon lòt jan e te kòmanse di ke li te yon dye.

    7 Alò, toupre kote sila a, te gen tè ki te pou mesye pi enpòtan nan lil la, ke yo te rele Publius, ki te bannou byenveni. Li te byen emab e li te bay nou lojman pandan twa jou.

    8 Li te vin rive ke papa a Publius te kouche byen malad avèk lafyèv ak dyare. Paul te ale wè li e lè li te fin priye pou li, li te poze men l sou li e te geri li.

    9 Aprè sa te fin fèt, tout lòt moun sou lil la ki te gen maladi t ap vin kote li e t ap geri.

  14. 8 Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a. 9 A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a, 10 epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo. 11 Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.

  15. 24 Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo ap prezante e montre gwo sign avèk mirak pou yo ta kab, si li te posib, redwi nan erè menm sila ki eli yo. 25 Veye, Mwen avèti nou davans.

  16. 18 Konsa, Jwif yo te reponn e te di Li: “Ki sign otorite ou montre nou, pou dwa fè bagay sa yo?”

    19 Jésus te reponn yo: “Detwi tanp sila a, epi nan twa jou Mwen va fè l kanpe ankò.”

    20 Jwif yo te reponn: “Li te pran karant-sis ane pou bati tanp sa, epi Ou va fè l kanpe nan twa jou?”

    21 Men Li t ap pale sou tanp kò Li a. 22 Akoz sa, lè Li te leve sòti nan lanmò a, disip Li yo te sonje sa, e yo te kwè Ekriti Sen yo, avèk pawòl ke Jésus te pale a.

  17. 46 Li te vini ankò nan vil Cana nan Galilée, kote Li te fè dlo tounen diven an. Te genyen yon ofisye wayal la, epi fis li te malad nan Capernaüm. 47 Lè Li te tande ke Jésus te sòti Judée pou L antre nan Galilée, li te ale kote L e te mande L pou desann avèk li pou geri fis li a, paske li te prèt pou mouri.

    48 Pou sa, Jésus te di li: “Anmwenske nou wè sign ak mirak, nou p ap menm kwè.”

    49 Ofisye wayal la te di Li: “Mesye, vini avan pitit mwen an mouri.”

    50 Jésus te di li: “Ou mèt ale. Pitit ou ap viv.” Mesye a te kwè Jésus epi te sòti.

    51 Pandan li t ap desann, esklav li yo te rankontre li pou di li ke pitit la te vivan.

    52 Li te mande yo kilè pitit la te kòmanse refè, e yo te di li: “Ayè sou setyèm lè lafyèv la te kite li.”

    53 Konsa papa li te konnen ke se te nan menm lè sa ke Jésus te di li: “Pitit ou a ap viv.” E li menm te kwè, epi tout lakay li ansanm avèk li.

  18. 11 Answit, mwen te wè yon lòt bèt ki t ap vin sòti anba tè a. Li te gen de kòn tankou yon jenn mouton, e li te pale tankou yon dragon.

    12 Li egzèse tout otorite a premye bèt la nan prezans li. Epi li fè tè a avèk sila ki rete ladann yo adore premye bèt, ki te gen blese fatal ki te geri a. 13 Li fè gwo sign, jis pou fè dife sòti nan syèl la rive sou tè a devan prezans a moun yo. 14 E li twonpe sila ki viv sou latè yo, akoz gwo sign ki te bay a li menm pou fè nan prezans a bèt la. Li pale ak sila ki viv sou latè yo pou yo fè yon imaj a bèt ki te gen blese nepe a, e ki te viv.

  19. 8 Nan Lystre te chita yon sèten mesye, ki pa t gen fòs nan pye li. Li te bwate depi li sòti nan vant manman L, e li pa t janm te mache. 9 Mesye sa a t ap koute Paul pandan li t ap pale. Lè Paul te fikse zye l sou li, e te wè ke li te gen lafwa pou l ta geri, 10 li te di avèk yon vwa fò: “Kanpe dwat sou pye ou!” Konsa, li te vòltije kanpe, e te kòmanse mache.

  20. 29 E koulye a, Senyè, byen gade menas ke yo fè, e kite sèvitè ki mare ak Ou yo pale pawòl Ou avèk tout konfyans, 30 pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”

    31 Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te pale pawòl Bondye a avèk kouraj.

  21. 17 Li te swiv Paul avèk nou menm, e li t ap kriye fò san sès, e t ap di: “Mesye sa yo se sèvitè a Bondye Trè Wo a, k ap pwoklame a nou menm, chemen sali a.” 18 Li te kontinye ap fè sa pandan anpil jou.

    Men Paul te vrèman enève. Li te vire e te di a Lespri a: “Mwen kòmande ou nan non Jésus Kri a pou sòti nan li!” E lespri a te sòti de li nan menm moman an.

  22. 22 Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la. Yo te ale nan dezè Schur a, epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a. Men yo pa t jwenn dlo. 23 Lè yo rive nan Mara, yo pa t kab bwè dlo Mara a, paske li te anmè. Se pou sa yo te rele l Mara. 24 Alò, pèp la te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Kisa n ap bwè?”

    25 Konsa, li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa. Lè li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous.

    La menm, Li te fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, epi la, Li te fè yo pase a leprèv. 26 Li te di: “Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”

    27 Alò, yo te rive nan Élim kote ki te gen douz sous dlo ak swasann-dis palmye dat yo, e yo te fè kan akote dlo a.

  23. 23 Nan menm lè sa a, te gen yon mesye nan sinagòg la ki te gen yon move lespri. Li t ap rele fò 24 pou di: “Kisa nou gen avè w, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen kilès Ou ye Sila ki Sen Bondye a!”

    25 Konsa Jésus te reprimande L. Li te di l: “Pe la, e sòti nan li!”

    26 Move lespri a te boulvèse li avèk gwo kriz. Li te kriye ak yon vwa fò, e te kite li.

    27 Yo tout te etone. Yo te diskite pami yo e te di: “Kisa sa ye? Yon enstriksyon nèf? Avèk otorite Li kòmande menm move lespri yo, e yo obeyi Li!”

    28 Byen vit nouvèl la te kouri toupatou nan tout anviwon Galilée a.

    29 Depi lè yo kite sinagòg la, yo te antre lakay Simon avèk André ansanm avèk Jacques ak Jean.

    30 Bèlmè Simon an te kouche malad avèk yon lafyèv. Imedyatman yo te pale avèk Li konsènan li.

    31 Jésus te vin kote l. Li te leve li pa men li, epi lafyèv la te kite li. Konsa li te sèvi yo.

    32 Lè nwit lan te rive e solèy la fin kouche, yo te pote bay Li tout moun ki te malad yo, avèk sila ki te gen move lespri yo. 33 Tout vil la te rasanble devan pòt la.

    34 Li te geri anpil moun ki te malad avèk plizyè kalite maladi, e te chase anpil dyab. Li pa t kite yo pale paske yo te konnen kilès Li te ye.

  24. 1 Pou rezon sa a, nou dwe prete bokou plis atansyon a sa nou tande deja, pou nou pa vin vag sou li.

    2 Paske si pawòl ki te pale pa zanj yo pa t kapab vyole, e si tout transgresyon ak dezobeyisans te gen yon pinisyon ki jis, 3 kòman nou va chape si nou neglije yon gran sali konsa?

    Aprè sa te fin pale pa Senyè a, li te vin konfìme pou nou pa sila ki te tande yo. 4 Bondye, osi, te pote temwayaj a yo menm, pa sign, pa mèvèy, pa plizyè mirak e pa don Lespri Sen yo selon pwòp volonte pa Li.

  25. 20 Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou.

  26. 1 Nan twazyèm jou a, te gen yon fèt maryaj nan Cana nan Galilée, e manman a Jésus te la. 2 Jésus ansanm ak disip li yo te envite nan maryaj la.

    3 Lè diven an te fini, manman a Jésus te di Li: “Nanpwen diven ankò.”

    4 Jésus te di li: “Fanm, kisa mwen gen avèk ou? Lè M poko rive.”

    5 Manman li te di sèvitè yo: “Nenpòt sa Li mande nou, fè l.”

    6 La te genyen sis gwo veso dlo fèt an wòch pou koutim Jwif la ke yo rele pirifikasyon, ki te kenbe ven a trant galon chak.

    7 Jésus te di yo: “Ranpli po yo avèk dlo.” Konsa, yo te plen yo ra bouch.

    8 Epi Li di yo: “Retire kèk pou pote bay chèf sèvitè tab yo.” Konsa yo te pote bay li.

    9 Lè chèf sèvitè a te goute dlo a ki te tounen diven, li pa t konnen kote li te soti. Men sevitè ki te rale l yo te konnen. Konsa, Chèf sèvitè a te rele jennonm ki t ap marye a, 10 epi te di l: “Tout moun sèvi bon diven an avan, e lè moun yo bwè kont yo, yo bay sa ki enferyè a, men ou kenbe bon diven an jis koulye a.”

    11 Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.

  27. 20 Epi bèt la te vin kaptire, e avèk li menm, fo pwofèt ki te fè sign nan prezans li yo. Avèk sila yo li te twonpe sa yo ki te resevwa mak a bèt la, ak sa yo ki te adore imaj li yo. Toude sa yo te jete tou vivan nan lak dife ki brile avèk souf la.

  28. 5 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pase devan pèp la, e pran avè w kèk nan ansyen Israël yo. Epi pran nan men ou baton ou avèk sila ou te frape Nil lan, e ale. Ou va frape wòch la, e dlo va sòti ladann, pou pèp la kapab bwè.” 6 Gade byen, Mwen va kanpe devan ou sou wòch Horeb la. Konsa, Moïse te fè sa devan zye a ansyen Israël yo. 7 Li te nonmen kote a Massa ak Meriba, akoz kont ke fis Israël yo te genyen, e akoz ke yo te pase SENYÈ a a leprèv lè yo te di: “Èske SENYÈ a pami nou, wi oswa non?”

  29. 23 Men twa mesye sila yo, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te tonbe nan mitan founo dife byen cho a toujou mare.

    24 Epi Nebucadnetsar, wa a, te vin etone e te kanpe vit. Li te di a wo ofisye li yo: “Se pa twa mesye nou te voye jete tou mare nan mitan dife a?”

    Yo te reponn a wa a: “Byen si, O wa.”

    25 Li te di: “Gade! Mwen wè kat mesye lage k ap mache toupatou nan mitan dife a san yo pa gen anyen e aparans a katriyèm nan se tankou yon fis a dye yo!” 26 Epi Nebucadnetsar te vin toupre pòt founo dife byen cho a. Li te pale e te di: “Schadrac, Méschac ak Abed-Nego, vini deyò, sèvitè a Bondye Pi Wo a, e vini isit!”

    Konsa, Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te sòti nan mitan dife a. 27 Satrap yo, prefè yo, gouvènè yo, ak wo ofisye a wa yo te reyini antoure yo. Yo te wè ke dife a pa t fè okenn efè sou kò a mesye sila yo. Ni menm cheve yo pa t brile, pantalon pa yo pa t abime, ni sant dife a pa t rive sou yo.

    28 Nebucadnetsar te pale. Li te di: “Beni se Bondye a Schadrac, Méschac ak Abed-Nego a, ki te voye zanj Li pou te delivre sèvitè Li yo ki te mete konfyans yo nan Li, ki te chanje lòd a wa a e ki te sede bay kò yo pou yo pa ta sèvi ni adore okenn lòt dye sof ke Bondye pa yo a. 29 Konsa, mwen fè yon dekrè ke nenpòt pèp, nasyon, oswa lang ki pale yon bagay kont Bondye a Schadrac, Méschac, ak Abed-Nego a, li va chire mòso an mòso, e lakay pa li va redwi a yon pil ranblè, paske nanpwen lòt dye ki kapab delivre konsa.”

  30. 14 Lè yo te retounen kote disip yo, yo te wè yon gwo foul ki te antoure yo, e kèk skrib ki t ap diskite avèk yo. 15 Imedyatman, lè tout foul la te wè Li, yo te etone, e yo te kouri vini salye Li.

    16 E Li te mande yo: “Kisa nou ap diskite avèk yo la a?”

    17 Epi yon moun nan foul la te reponn Li: “Mèt, mwen te pote bay Ou fis Mwen an, ki gen yon move lespri ki fè l bèbè; 18 epi lè li sezi l, li voye li atè. Li kimen nan bouch e manje dan l; kò li vin tou rèd. Mwen te pale disip Ou yo pou chase l, men yo pa t kapab.”

    19 Konsa, Li te reponn yo e te di: “O jenerasyon enkredil, pou konbyen de tan ankò M ap avèk nou? Konbyen de tan ankò M ap sipòte nou? Fè l vin kote Mwen!”

    20 Yo te pote gason an kote Li. E lè li te wè L, lapoula lespri a te jete li nan yon gwo kriz. Li te tonbe atè, te kòmanse woule toupatou e kimen nan bouch.

    21 Jésus te mande papa li: “Depi kilè bagay sa a konn rive li?” Li te di: “Depi li timoun. 22 Souvan li konn voye li ni nan dlo, ni nan dife pou l detwi l. Men si Ou kapab fè yon bagay, gen pitye pou nou, e ede nou!”

    23 Jésus te di li: “Si Ou kapab? Tout bagay posib pou sila a ki kwè a.”

    24 Konsa, papa a tigason an te kriye fò e te di: “Mwen kwè; ede enkredilite Mwen an.”

    25 Lè Jésus te wè yon foul moun t ap rasanble, Li te reprimande move lespri a. Li te di L: “Ou menm lespri soud e bèbè, Mwen kòmande ou, sòti nan li, e pa antre nan li ankò.”

    26 Lè lespri a fin kriye fò, e jete li nan gwo kriz tèrib, li te sòti. Ti gason an te tèlman parèt kon yon kadav, ki te fè pi fò nan yo te di: “Li mouri!”

    27 Men Jésus te pran li pa men li, te leve l, e Li te kanpe.

    28 Lè Li te vini nan kay la, disip Li yo te kòmanse kesyone Li an prive: “Poukisa nou pa t kapab chase l?”

    29 Li te di yo: “Kalite sila a p ap kab sòti pa anyen, sof ke lapriyè.”

  31. 1 Alò, Pierre avèk Jean t ap monte nan tanp lan vè nevyèm è, lè lapriyè.

    2 Konsa, yon sèten mesye ki te bwate depi li sòti nan vant manman l t ap pote pa kèk lòt moun. Yo te konn mete l chak jou nan pòtay tanp lan ke yo rele Bel, kote li te konn mande charite a moun ki t ap antre nan tanp yo. 3 Lè l te wè Pierre avèk Jean prèt pou antre nan tanp lan, li te mande yo lacharite.

    4 Pierre te fikse zye yo sou li. Ansanm avèk Jean, li te di: “Gade nou!”

    5 Konsa, li te kòmanse koute yo, annatandan pou yo bay li yon kichòy.

    6 Men Pierre te di: “Nou pa gen lajan, ni lò, men sa ke mwen genyen an, m ap bay ou li. Nan non Jésus Kri de Nazarèt, mache!” 7 Li te sezi li pa men dwat li pou fè l leve. Lapoula, janm li avèk pye l te vin pran fòs.

    8 Konsa li te vòltije e te vin kanpe dwat e mache. Li te antre nan tanp lan avèk yo, li t ap mache e vòltije pandan li t ap bay lwanj a Bondye.

    9 Tout pèp la te wè li t ap mache e bay Bondye lwanj. 10 Yo te rekonèt li kòm sila ki te konn chita devan tanp lan nan pòt ki te rele Bel la, pou mande lacharite, e yo te etone e sezi pou sa ki te rive l la.

  32. 8 Men majisyen an, Elymas (se konsa non li tradwi) t ap opoze yo, e t ap chache detounen pwokonsil la kont lafwa a. 9 Men Saul, ki te osi konnen kon Paul, ranpli avèk Lespri Sen an, te fikse zye li sou li. 10 Li te di: “Ou menm ki ranpli ak desepsyon ak fwod, ou menm fis a dyab la, ou menm lènmi a tout ladwati, èske ou p ap janm sispann fè kwochi chemen dwat a Senyè a? 11 Koulye a, gade byen men Bondye sou ou, ou va vin avèg e ou p ap wè solèy la pandan yon tan.”

    Imedyatman, yon brouya avèk yon fènwa te tonbe sou li, e li te ale toupatou pou chache moun pou ta mennen l pa lamen.

    12 Answit, pwokonsil la te vin kwè lè li te wè sa ki te rive a, byen etone de doktrin Senyè a.

  33. 6 SENYÈ a te voye sèpan dife pami pèp la. Yo te mòde pèp la, e anpil nan pèp Israël la te mouri. 7 Konsa, pèp la te vini a Moïse e te di: “Nou te peche, pwiske nou te pale kont SENYÈ a ak ou menm. Entèsede pou nou avèk SENYÈ a, pou Li kapab retire sèpan sa yo sou nou.” Epi Moïse te entèsede pou pèp la.

    8 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Fè yon sèpan dife e mete li sou yon poto. Konsa, li va vin rive ke tout moun ki mòde, lè li gade li, l ap viv.” 9 Moïse te fè yon sèpan an bwonz e li te mete li sou poto a. Epi li te vin rive ke si yon sèpan te mòde nenpòt moun, lè li te gade vè sèpan an bwonz lan, li te viv.

  34. 3 Konsa, li te bay yon sign nan menm jou sa, e li te di: “Sa se sign ke SENYÈ a te pale a: Gade byen, lotèl la va vin fann separe e sann ki sou li yo va vide deyò.”

    4 Alò, lè wa a te tande pawòl a nonm Bondye a, ke li te kriye kont lotèl Béthel la, Jéroboam te lonje men l soti nan lotèl la. Li te di: “Sezi li.” Men men ke li te lonje kont li an te vin sèch, jiskaske li pa t kab rale retounen l kote li. 5 Lotèl la osi te ouvri fann e sann yo te vide nèt soti nan lotèl la, selon sign ke nonm a Bondye a te bay selon pawòl SENYÈ a. 6 Wa a te di a nonm Bondye a: “Souple, fè yon lapriyè a SENYÈ a, Bondye ou a e mande pou mwen, pou men m kapab vin restore a mwen menm.”

    Konsa, nonm Bondye a te priye a SENYÈ a, epi men a wa a te restore de li menm. Li te vin jan li te ye avan an.

    7 Alò, wa a te di a nonm Bondye a: “Vin lakay la avèk mwen pou rafrechi ou, e mwen va ba ou yon rekonpans.”

  35. 14 Lè Jésus te antre lakay Pierre, Li te wè bèlmè li kouche malad sou kabann li avèk lafyèv. 15 Lè Li fin touche men li, lafyèv la te kite l. Konsa, li te leve pou sèvi Li. 16 Lè fènwa te vin rive, yo te pote bay Li anpil moun ki te gen move lespri. Li te jete move lespri sa yo deyò avèk yon mo, e te geri tout malad yo. 17 Sa te fèt pou akonpli sa ke pwofèt Ésaïe te pale lè li te di: “Li menm te pran tout enfimite nou yo, e pote tout maladi nou yo.”

  36. 16 Epi pou ou menm, leve baton ou an anlè. Lonje men ou sou lanmè a pou fann li. Konsa, fis Israël yo va pase nan mitan lanmè a sou tè sèch. 17 Pou Mwen, gade byen, Mwen va fè kè Ejipsyen yo di pou yo kouri antre dèyè yo. Konsa, Mwen va jwenn onè sou Farawon an avèk tout lame li ak cha li yo avèk kavalye li yo. 18 Alò, Ejipsyen yo va vin konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè Mwen vin onore pa Farawon, pa cha li yo, ak kavalye li yo.”

    19 Zanj Bondye a ki t ap prale devan kan Israël la te vin deplase e te kanpe dèyè yo; epi pilye nwaj la te deplase kite devan yo, pou te kanpe dèyè yo. 20 Alò li te vin divize kan Égypte la ak kan Israël la. Te gen nwaj la ansanm avèk tenèb la, men li te bay limyè nan nwit lan. Konsa youn pa t pwoche lòt pandan tout nwit lan.

    21 Alò Moïse te lonje men l sou lanmè a; epi SENYÈ a te bale lanmè a pa yon van lès byen fò tout lannwit. Li te fè lanmè a vin tounen tè sèch, e dlo a te vin fann. 22 Fis Israël yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch, e dlo a te vin tankou yon miray pou yo sou men dwat yo ak sou men goch yo.

    23 Alò, Ejipsyen yo te vin kouri dèyè yo, e tout cheval Farawon, avèk cha li yo, avèk kavalye li yo te antre kouri dèyè yo nan mitan lanmè a.

    24 A la vèy nan maten, SENYÈ a te gade anba sou lame Ejipsyen yo, sou pilye a dife avèk nwaj yo, e Li te mennen lame Ejipsyen an nan yon gwo konfizyon. 25 Li te retire wou cha yo, e yo te mal a kondwi. Konsa, Ejipsyen yo te di: “Annou sove ale kite Israël, paske SENYÈ a ap goumen pou yo kont Ejipsyen yo.”

    26 Alò SENYÈ a te di a Moïse: “Lonje men ou sou lanmè a pou dlo a kab retounen vin sou Ejipsyen yo, sou cha yo, ak sou kavalye yo.”

    27 Alò, Moise te lonje men li sou lanmè a, e lanmè a te retounen nan eta nòmal li nan granmmaten, pandan Ejipsyen yo t ap sove ale tou kont li. Konsa, SENYÈ a te boulvèse Ejipsyen yo nan mitan lanmè a. 28 Dlo a te retounen e te kouvri cha yo avèk kavalye yo, e menm tout lame Farawon ki te antre nan lanmè a dèyè yo. Pa t menm gen youn nan yo ki te rete.

    29 Men fis Israël yo te mache sou tè sèch pase nan mitan lanmè a, e dlo a te vin tankou yon mi pou yo ni sou men dwat yo ni sou men goch yo. 30 Konsa, SENYÈ a te delivre Israël nan jou sa a nan men a Ejipsyen yo, e Israël te wè Ejipsyen yo ki te mouri sou bò lanmè a.

    31 Lè Israël te wè gran pwisans ke SENYÈ a te sèvi kont Ejipsyen yo, tout Pèp la te krent SENYÈ a, e yo te kwè nan SENYÈ a ak sèvitè li a, Moïse.

  37. 6 Konsa, Élie te di li: “Souple, rete isit la, paske SENYÈ a te voye mwen nan Jourdain an.”

    Li te reponn: “Jan Senyè a viv la e jan ou menm viv la, mwen p ap kite ou.” Konsa yo de a te avanse. 7 Alò senkant mesye nan fis a pwofèt yo te ale kanpe anfas yo nan yon distans, pandan yo de a te kanpe akote Jourdain an. 8 Élie te pran manto li, li te pliye li ansanm, li te frape dlo yo e yo te vin divize isit e la, jiskaske yo de a te travèse sou tè sèch. 9 Lè yo te fin travèse, Élie te di a Élisée: “Mande sa ke m ta fè pou ou avan mwen retire m de ou.”

    Konsa, Élisée te di: “Souple, kite yon pòsyon doub nan lespri ou a rete sou mwen.”

    10 Li te di: “Ou te mande yon bagay ki difisil. Si ou wè m lè m retire kite ou, se konsa l ap ye pou ou; men si se pa sa, sa p ap fèt.”

    11 Pandan yo t ap fè wout yo e t ap prale, men vwala, yon cha dife avèk cheval dife te separe yo de a. Konsa, Élie te monte nan yon toubiyon nan syèl la. 12 Élisée te wè e te kriye fò: “Papa m, papa m, cha Israël yo avèk chevalye li yo!”

    Epi li pa t wè Élie ankò. Alò, li te kenbe rad li e te chire li an de bout. 13 Anplis, li te pran manto Élie ki te sòti tonbe de li, lè l t ap prale a, e li te retounen kanpe akote rebò larivyè Jourdain an. 14 Li te pran manto Élie ki te tonbe de li menm nan, e li te frape dlo yo e te di: “Kote SENYÈ a, Bondye Élie a?” Epi lè l te frape dlo a ankò, yo te divize isit e la, epi Élisée te travèse rive lòtbò.

  38. 1 Lè Jésus te fin desann mòn nan, yon gran foul te swiv Li. 2 Epi yon moun lalèp te vin kote L, te bese devan Li. Li te di: “Senyè, si se volonte Ou, Ou kapab fè m vin pwòp”.

    3 Jésus te lonje men Li e te touche l. Li te di l: “Se volonte Mwen; vin pwòp.” Imedyatman lèp la te vin pwòp. 4 Jésus te di li: “Gade pou ou pa di pèsòn sa, men ale prezante ou devan prèt la, epi bay yo ofrann lan ke Moïse te mande a kon yon temwayaj a yo menm.”

  39. 13 Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil sign ak mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan.

  40. 10 Élisée te voye yon mesaje kote li ki te di: “Ale benyen nan Jourdain an sèt fwa. Chè ou va restore a ou menm e ou va vin pwòp.”

    11 Men Naaman te vin byen fache. Li te sòti e te di: “Gade byen, mwen te konnen ke asireman, li ta parèt deyò kote mwen, kanpe pou rele non SENYÈ a, Bondye li a e voye men li sou plas pou geri moun lalèp la. 12 Èske rivyè Abana avèk Parpar nan Damas yo pa pi bon ke tout flèv Israël yo? Èske mwen pa t kab lave m nan yo e vin pwòp?” Konsa, li te vire sòti byen anraje.

    13 Alò, sèvitè li yo te pwoche; yo te pale avèk li e te di: “Papa mwen, si pwofèt la te di ou pou fè yon gwo bagay, èske ou pa t ap fè l. Konbyen, anplis, lè li di ou ‘Lave ou pou vin pwòp?’”

    14 Pou sa, li te desann e te fonse kò l sèt fwa nan Jourdain an, selon pawòl a nonm Bondye a; epi chè li te restore tankou chè a yon timoun, e li te vin pwòp.

  41. 20 Lè mesye yo te rive a Li menm, yo te di: “Jean-Baptiste voye nou kote Ou menm pou mande ‘Èske Ou se Sila k ap vini an, oubyen èske n ap tann yon lòt?’”

    21 Nan menm lè sa a, Li te geri anpil moun avèk maladi, afliksyon, ak move lespri; epi Li te bay vizyon a anpil moun ki te avèg. 22 Li te reponn e te di yo: “Ale bay rapò a Jean sou sa nou wè ak tande.

    ‘Avèg yo vin wè, bwate yo vin mache,

    lepre yo vin pwòp, soud yo tande, mò yo leve,

    e malere yo gen bòn nouvèl la preche a yo menm.

  42. 47 Pandan Li te toujou ap pale, men yon foul te parèt avèk sila ki te rele Judas a, youn nan douz yo, ki t ap mennen yo. Li te pwoche Jésus pou bo L. 48 Men Jésus te di li: “Judas, èske w ap trayi Fis a Lòm nan avèk yon bo?”

    49 Lè sila ki te antoure Li yo te wè sa ki t ap fèt la, yo te di: “Senyè, èske n ap frape avèk nepe a”? 50 Konsa, youn nan yo te frape esklav a wo prèt la, e te koupe zòrèy dwat li.

    51 Men Jésus te reponn e te di: “Anmwens, kite m fè sa a” epi Li te touche zòrèy la, e te geri li.

  43. 1 Pandan Li t ap pase, Li te wè yon nonm ki te avèg depi nesans Li.

    2 Konsa, disip Li yo te mande: “Rabbi, kilès ki te peche. Mesye sa, oswa paran li yo pou li ta fèt avèg?”

    3 Jésus te reponn: “Se pa mesye sila, ni paran li yo. Men se te pou zèv a Bondye ta kapab parèt nan Li. 4 Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay. 5 Pandan Mwen nan lemonn, Mwen se limyè lemonn.”

    6 Lè L di sa, Li krache atè, e te fè ajil avèk krache a, e te mete l sou zye li. 7 Li te di l: “Ale lave nan basen Siloé a” (ki te vle di “voye”).

    Epi konsa, li te ale lave, e lè l tounen, li te wè.

  44. 23 Jésus t ap prale toupatou nan tout Galilée. Li t ap enstwi nan sinagòg yo pou pwoklame bòn nouvèl wayòm nan, e Li t ap fè gerizon tout kalite maladi pami pèp la.

    24 Nouvèl Li te gaye toupatou nan peyi Syrie. Yo te pote bay Li tout sila ki te gen maladi avèk tout kalite doulè yo, sila ki te gen move lespri yo, sila ki te fè gwo kriz, ki te vin paralize yo, e Li te geri yo.

    25 Gran foul la te swiv Li soti Galilée, Decapolis, Jérusalem avèk Judée e rive jis lòtbò Jourdain an.

  45. 38 Kèk nan Skrib ak Farizyen yo te reponn li konsa: “Mèt, nou vle wè yon sign de Ou menm”.

    39 Men li te reponn yo konsa: “Yon jenerasyon mechan ak adiltè vle yon sign; men pa gen yon sign ke n ap bay sof ke sign ki pou pwofèt Jonas la. 40 Menm jan ke Jonas te pase twa jou ak twa nwit nan vant gwo pwason an, konsa Fis a Lòm nan ap pase twa jou ak twa nwit nan kè latè. 41 Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la. 42 Rèn nan Sid la ap leve avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske li te sòti nan dènye ekstremite latè pou tande sajès Salomon; epi veye byen, yon choz pi gran pase Salomon gen tan rive isit la.

  46. 29 Lè Li kite la, Jésus te ale bò kote Lanmè Galilée a. Li te monte yon mòn e Li te chita la.

    30 Gran foul la te vin kote Li. Yo t ap mennen avèk yo sila ki te bwete, kokobe, avèg, bèbè ak anpil lòt. Yo te depoze yo bò kote pye Li e Li te geri yo. 31 Konsa, foul la te vin etone lè yo te wè bèbè pale, kokobe restore, bwete mache, avèk avèg yo ki te wè e yo te bay glwa a Bondye Israël la.

  47. 16 Alò, lè aswè vini, disip Li yo te ale bò kote lamè a. 17 Yo antre nan yon kannòt, epi yo te travèse lamè a vè Capernaüm.

    Li te fènwa deja, e Jésus poko te vin kote yo. 18 Lamè a te kòmanse boulvèse akoz yon gwo van ki t ap soufle.

    19 Akoz sa, lè yo t ap naje ak zaviwon, a senk o sis kilomèt distans, yo te wè Jésus t ap vin vè kannòt la, tou mache sou dlo a. E yo te pè.

    20 Men Li te di yo: “Se Mwen menm. Pa pè.”

    21 Konsa, yo te dakò pou resevwa L nan kannòt la. Epi imedyatman, kannòt la rive atè, kote yo t ap ale a.

  48. 32 Anverite, mande, koulye a, konsènan ansyen jou avan nou yo, soti jou ke Bondye te kreye lòm sou latè a, e mande soti nan yon pwent syèl la jis rive nan lòt la. Èske yon gran bagay konsa janm fèt, oswa èske yo janm tande anyen konsa? 33 Èske okenn pèp te janm tande vwa Bondye pale ak yo soti nan mitan dife, jan nou te tande l e viv la? 34 Oswa èske yon dye te janm eseye pran pou li menm yon nasyon soti nan yon lòt nasyon pa eprèv, pa sign ak mirak avèk lagè, pa yon men pwisan, pa yon bwa lonje e pa gran bagay etonan, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te fè pou nou an Égypte devan zye nou? 35 A nou menm, li te montre ke nou ta kapab konnen ke SENYÈ a, se Bondye; nanpwen lòt sof ke Li menm. 36 Soti nan syèl yo, Li te kite nou tande vwa Li pou korije nou; epi sou latè, Li te kite nou wè gran dife Li a; epi nou te tande pawòl Li soti nan mitan dife a.

  49. 19 Konsa, mesye lavil yo te di a Élisée: “Gade byen koulye a, sikonstans vil sa a byen bon, jan mèt mwen konn wè a; men dlo a pa bon e tè a pa pwodwi anyen.”

    20 Li te di: “Mennen ban m yon veso nèf e mete sèl ladann.” Konsa, yo te mennen ba li. 21 Li te ale nan sous dlo a. Li te jete sèl la ladann e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te pirifye dlo sa yo! P ap gen lanmò ni move tè a ankò.’” 22 Konsa, dlo yo rete bon jis jodi a, selon pawòl Élisée te pale a.

  50. 5 Men pandan youn nan yo t ap fè tonbe yon poto, tèt rach la te tonbe nan dlo. Nonm nan te kriye fò e te di: “Anmwey, mèt mwen! Paske se prete li te ye!”

    6 Epi nonm Bondye a te di: “Se kibò li te tonbe?” Epi lè li te montre li kote a, li te koupe yon bout bwa, e li te voye ladann pou te fè fè a vin monte sou dlo a. 7 Li te di: “Ranmase l pou kont ou.” Konsa, li te lonje men li pou te pran l.

  51. 18 Lè yo te desann kote li, Élisée te priye a SENYÈ a e te di: “Mwen priye, frape pèp sa a pou fè yo vin avèg.”

    Konsa, Li te frape yo pou fè yo vin avèg selon pawòl Élisée a.

    19 Konsa, Élisée te di yo: “Sa se pa chemen, ni se pa vil sa a. Swiv mwen e mwen va mennen ou kote nonm ke w ap chache a.” Epi li te mennen yo rive Samarie. 20 Lè yo te rive Samarie, Élisée te di: “O SENYÈ, ouvri zye a moun sila yo pou yo kapab wè.”

    Konsa, SENYÈ a te ouvri zye yo pou yo te wè; epi vwala, yo te nan mitan Samarie.

    21 Konsa, wa Israël la, lè li te wè yo, li te di Élisée: “Papa mwen, èske m dwe touye yo? Èske m dwe touye yo?”

    22 Li te reponn: “Ou pa pou touye yo. Èske ou ta touye sila ke ou fin pran an kaptivite avèk nepe oubyen ak banza ou? Mete pen avèk dlo devan yo pou yo kab manje ak bwè e ale kote mèt pa yo.”

    23 Konsa, li te prepare yon gran repa pou yo, epi lè yo te fin manje e bwè, li te voye yo ale. Yo te ale kote mèt pa yo, epi bann piyajè Siryen yo pa t vini ankò nan peyi Israël.

  52. 20 Élisée te mouri e yo te antere li.

    Alò, bann Moabit yo te fè envazyon tèritwa a nan sezon prentan ane sila a. 21 Pandan yo t ap antere yon mesye, men vwala, yo te wè yon bann piyajè; epi yo te jete mesye a nan tonm Élisée a. Epi lè mesye a te touche zo Élisée yo, li te resisite e te kanpe sou pye l.

  53. 36 Yo te kite foul la e te pran Li avèk yo jan Li te ye nan kannòt la. Anplis, te gen lòt kannòt ki te avèk Li.

    37 Konsa, te vin leve yon gwo van tanpèt, ak vag lanmè ki t ap kraze sou kannòt la otan ke kannòt la te prèske fin plen nèt. 38 Jésus Li menm te nan pwent dèyè kote L t ap dòmi sou yon kousen. Yo te fè L leve e te di Li: “Mèt, èske sa pa fè Ou anyen ke n ap mouri?”

    39 Li te leve, e konsa, Li te reprimande van an e te di a lanmè a: “Fè silans, rete kalm!” Epi van an te vin bese e tan an te vini byen kalm.

    40 Li te di yo: “Poukisa nou pè konsa? Jiska prezan, nou poko gen lafwa?”

    41 Yo te etone avèk laperèz e yo te di: “Ki moun sa ye ke menm van avèk dlo lanmè obeyi Li?”

  54. 2 Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”

  55. 15 Yo t ap menm pote malad yo e mete yo nan lari; yo te fè yo kouche sou kabann ak palèt, pou menm yon ti kras lonbraj Pierre, lè l pase, ta kapab tonbe sou nenpòt nan yo.

    16 Te vini osi foul ki te sòti nan vil ki te antoure Jérusalem yo, ki t ap pote moun malad, ak sila ki te twouble pa move Lespri yo, e yo tout te geri.

  56. 28 Moïse te di: “Selon sa, nou va konnen ke SENYÈ a te voye mwen pou fè tout zèv sa yo; paske sa se pa nan tèt mwen y ap soti. 29 Si mesye sila yo mouri yon mò natirèl, oswa si yo soufri desten a tout moun nòmal, alò SENYÈ a pa t voye mwen. 30 Men si SENYÈ a fè vin parèt yon bagay tounèf, tè a vin ouvri bouch li pou vale yo nèt avèk tout sa ki pou yo, e yo desann tou vivan kote mò yo ye a, alò, konsa, nou va konprann ke mesye sila yo te meprize SENYÈ a.”

    31 Pandan li te fin pale tout pawòl sa yo, tè ki te anba yo a te fann e li te ouvri. 32 Konsa, latè te louvri bouch li e te vale yo nèt avèk moun lakay yo, ak tout mesye ki te apatyen a Koré avèk tout byen yo. 33 Konsa, yo menm avèk tout sa ki te pou yo, te desann vivan nan sejou mò yo. Tè a te vin fèmen sou yo, e yo te peri nan mitan asanble a. 34 Tout Israël ki te antoure yo te sove ale pandan yo t ap rele, paske yo te di: “Tè a kapab vin vale nou nèt!”

    35 Dife te sòti nan SENYÈ a pou brile de san senkant mesye ki te ofri lansan yo.

  57. 7 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 8 “Pran baton an. Ou menm avèk frè ou a, Aaron, rasanble kongregasyon an e pale avèk wòch la devan zye yo, pou li kapab bay dlo pa li. Konsa, ou va fè dlo parèt pou yo sòti nan wòch la e kite kongregasyon an avèk bèt yo bwè.”

    9 Konsa, Moïse te pran baton an soti devan SENYÈ a, jis jan ke Li te kòmande li a. 10 Epi Moïse avèk Aaron te reyini asanble a devan wòch la. Li te di yo: “Koute m koulye a, nou menm k ap fè rebèl; èske n ap fè dlo sòti nan wòch sila a?” 11 Epi Moïse te leve men li e li te frape wòch la de fwa avèk baton an. Dlo te sòti an kantite, e kongregasyon an avèk bèt pa yo te bwè.

  58. 13 Li va rive ke lè pla pye a prèt ki pote lach SENYÈ a, SENYÈ tout latè a, poze nan dlo a Jourdain an, dlo Jourdain an va koupe, e dlo k ap kouri desann soti anwo yo va rete fè yon pil.”

    14 Pou sa, lè pèp la kite tant pa yo pou travèse Jourdain an avèk prèt k ap pote lach akò a devan pèp la, 15 epi lè sila ki te pote lach la te antre nan Jourdain an, epi depi pye a prèt k ap pote lach la te tanmen fonse bò dlo a; (paske Jourdain an toujou depase rivaj li yo pandan tout sezon rekòlt la), 16 dlo ki t ap kouri desann soti anwo yo te kanpe, e te leve wo fè yon pil, a yon gran distans de la, nan Adam, vil ki akote Tsarthan an; epi dlo sa yo ki t ap kouri desann vè lanmè Araba a, ak Lamè Sale a, te vin koupe nèt. Konsa pèp la te travèse anfas Jéricho.

    17 Prèt yo ki t ap pote lach akò SENYÈ a te kanpe fèm sou tè sèk nan mitan Jourdain an pandan tout Israël t ap travèse sou tè sèk, jiskaske tout nasyon an te fin travèse Jourdain an.

  59. 13 Élie te di li: “Pa pè. Ale. Fè jan ou te di a, men fè pou mwen yon ti gato pen avè l avan, e pote l deyò ban mwen. Apre, w ap kapab fè pou ou menm ak pou gason ou an. 14 Paske konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Bòl farin nan p ap vid, ni boutèy lwil la p ap vid, jis jou ke SENYÈ a voye lapli sou fas tè a.’”

    15 Konsa, li te ale, e te fè selon pawòl Élie yo, e li menm avèk gason an avèk Élie te manje pandan anpil jou. 16 Bòl farin nan pa t fini, ni boutèy lwil la pa t vid, jan pawòl SENYÈ a te pale pa Élie a.

  60. 20 Konsa, Achab te voye pami tout fis Israël yo e te mennen pwofèt yo ansanm nan Mont Carmel. 21 Élie te pwoche tout pèp la e te di: “Pou konbyen de tan n ap kontinye panche de bò, antre de bi? Si SENYÈ a se Bondye a, swiv Li, men si se Baal, swiv li.”

    Men moun yo pa t reponn menm yon mo.

    22 Konsa, Élie te di a pèp la: “Se mwen sèl ki rete kòm pwofèt SENYÈ a, men pwofèt a Baal yo se kat-san-senkant òm. 23 Alò, kite yo bannou de bèf, e kite yo chwazi yon bèf pou yo menm, koupe li an mòso e mete li sou bwa a, men san pa mete dife; epi mwen va prepare lòt bèf la e kouche li sou bwa e mwen p ap mete dife. 24 Alò, ou va rele non a dye pa nou an e mwen va rele non SENYÈ a, e Dye ki reponn pa dife a, se Li menm ki Bondye a.”

    Epi tout moun yo te reponn: “Lide sa a bon.”

    25 Konsa, Élie te di a pwofèt a Baal yo: “Chwazi yon bèf pou nou menm e prepare li, paske nou anpil e rele non a dye pa nou an, men pa mete dife.”

    26 Konsa, yo te pran bèf ki te bay a yo menm nan, yo te prepare li e te rele non Baal la soti nan maten jis rive midi e yo t ap di: “O Baal, reponn nou.” Men pa t gen vwa e okenn moun pa t reponn. Epi yo te toutotou lotèl ke yo te fè a.

    27 Li te vin rive vè midi ke Élie te moke yo. Li te di: “Rele avèk vwa fò, paske li se yon dye! Oswa petèt li okipe, ke li okipe! Oswa li te vire akote, oswa li fè yon vwayaj, o petèt li dòmi e ou bezwen fè l leve.”

    28 Konsa, yo te kriye avèk gwo vwa. Yo te koupe kò yo selon abitid pa yo avèk nepe ak frenn jis san te fè flèv sou yo. 29 Lè midi te fin pase, yo te anraje jis rive nan moman pou ofri sakrifis aswè yo, men pa t gen vwa, okenn pa t reponn, ni okenn pa t okipe yo.

    30 Alò, Élie te di a tout pèp la: “Vin kote mwen.” Konsa, tout pèp la te vin kote li. Konsa, li te repare lotèl SENYÈ a ki te dechire a. 31 Élie te pran douz wòch selon non tribi a fis a Jacob yo, a sila pawòl SENYÈ a te parèt yo, e te di: “Israël va non ou.” 32 Konsa, avèk wòch yo, li te bati yon lotèl nan non SENYÈ a e li te fè yon kanal antoure lotèl la ase laj pou kenbe de mezi semans. 33 Apre, li te ranje bwa a, li te koupe bèf la an mòso e li te poze li sou bwa a. 34 Epi li te di: “Ranpli kat po avèk dlo e vide li sou ofrann brile yo ak sou bwa a.” Epi li te di: “Fè l yon dezyèm fwa,” epi yo te fè l yon dezyèm fwa. Epi li te di: “Fè l yon twazyèm fwa,” epi yo te fè l yon twazyèm fwa. 35 Dlo a te kouri antoure lotèl la e li te plen kanal la osi.

    36 Nan tan ofrann sakrifis aswè a, Élie, pwofèt la, te pwoche e te di: “O SENYÈ, Bondye Abraham, Isaac avèk Israël la, jodi a, kite li byen rekonèt ke Ou se Bondye an Israël, ke mwen se sèvitè Ou, e ke mwen te fè tout bagay sa yo pa pawòl Ou menm. 37 Reponn mwen, O SENYÈ, reponn mwen, pou pèp sa a kapab konnen ke Ou menm, O SENYÈ, se Bondye e ke Ou fè kè yo vire retounen kote Ou ankò.”

    38 Konsa, dife SENYÈ a te tonbe e te konsonmen ofrann brile a avèk bwa a, avèk wòch yo ak pousyè a e te vale tout dlo ki te nan kanal la. 39 Lè tout pèp la te wè sa, yo te tonbe sou figi yo, epi yo te di: “SENYÈ a, se Li menm Ki Bondye a! SENYÈ a, se Li menm ki Bondye a!”

    40 Epi Élie te di yo: “Sezi pwofèt a Baal yo! Pa kite youn nan yo chape!”

    Yo te sezi yo, epi Élie te mennen yo desann nan flèv Kison an e te touye yo la.

  61. 9 Konsa, wa a te voye kote li, yon kapitèn a senkant avèk senkant pa li yo. Li te monte kote li; men vwala, li te chita sou do ti mòn nan. Konsa, li te di li: “O nonm Bondye a, wa a di ou: ‘Desann.’”

    10 Élie te reponn a kapitèn a senkant lan: “Si se yon nonm Bondye mwen ye, ke dife vin desann nan syèl la e manje ou menm avèk senkant pa ou yo.” Epi dife te desann soti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa li yo.

    11 Konsa, li te voye kote li yon lòt kapitèn a senkant ansanm ak senkant pa li yo. Epi li te di li: “O nonm Bondye, konsa pale wa a: ‘Desann vit.’”

    12 Élie te reponn yo: “Si mwen se yon nonm Bondye, ke dife desann nan syèl la e manje ou avèk senkant pa ou yo.” Epi dife Bondye a te desann sòti nan syèl la e te manje li nèt avèk senkant pa l yo.

  62. 9 Ésaïe te di: “Sa va sign a ou menm soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va fè bagay ke li te pale a: èske ou pito lonbraj la avanse dis pa, oswa fè bak dis pa?”

    10 Alò, Ézéchias te reponn: “Li tèlman fasil pou lonbraj la avanse dis pa. Men non, kite li fè bak dis pa.”

    11 Ésaïe, pwofèt la, te kriye a SENYÈ a, e Li te fè lonbraj la fè bak dis pa sou eskalye a sou sila li te avanse nan eskalye Achaz la.

  63. 20 Li te kòmanse repwoche vil kote pi fò mirak yo te fèt yo, paske yo pa t repanti. 21 Malè a ou menm, Chorazin! Malè a ou menm, Bethsaïda! Si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Tyr ak Sidon, yo t ap gen tan repanti lontan avèk rad sak ak sann. 22 Malgre sa Mwen di nou, l ap pi tolerab pou Tir ak Sidon nan jou jijman an pase pou nou menm. 23 Epi nou menm, Capernaüm; nou p ap monte nan syèl la! Nou konnen sa? Nou ap desann nan Lanfè. Paske si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Sodome; yo ta toujou la jodi a. 24 Malgre sa, Mwen di nou ke li va pi tolerab pou peyi Sodome nan jou jijman an pase pou nou menm.

  64. 22 Yo te rive Bethsaïda. Moun yo te pote bay Li yon mesye avèg e yo te sipliye L pou te touche l.

    23 An pran mesye avèg la pa men li, Li te mennen l sòti nan vil la. Lè L fin krache sou zye li e mete men L sou li, Li te mande l: “Èske ou pa wè anyen?”

    24 Konsa, li te leve tèt li gade e te di: “Mwen wè moun. Konsi mwen wè yo tankou pyebwa k ap mache toupatou.”

    25 Ankò Li te mete men Li sou zye li. Li te gade byen fiks, e li te vin restore. Konsa, li te wè tout bagay byen klè.

    26 Li te voye li lakay li e te di: “Pa menm antre nan vil la.”

  65. 11 Pa anpil tan apre sa, Li te ale nan yon vil yo rele Naïn. Disip Li yo t ap ale avè l akonpanye pa yon gwo foul moun. 12 Pandan Li t ap pwoche pòtay lavil la, gade, yo t ap pote yon nonm mouri. Li te sèl fis a manman l ki te yon vèv. Yon foul konsiderab te avè l. 13 Lè Senyè a te wè l, li te gen konpasyon pou li. Li te di l: “Pa kriye.” 14 Li te pwoche, te touche sèkèy la, e moun potè yo te kanpe san deplase. Li te di: “Jennonm, Mwen di ou leve!” 15 Moun mouri an te vin chita, e te kòmanse pale. Konsa, Jésus te remèt li bay manman l.

    16 Lakrent te sezi yo tout, yo t ap bay glwa a Bondye, e te di: “Yon gran pwofèt gen tan leve pami nou!” E “Bondye vizite pèp Li a”!

  66. 12 Alò jou a te kòmanse ap avanse, e douz yo te vin di Li: “Voye foul la ale pou yo kapab ale nan vilaj yo oswa andeyò pou yo twouve lojman. Konsa, yo ka jwenn yon bagay pou yo manje, paske nou isit la nan yon kote ki izole.”

    13 Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” Yo te reponn Li: “Nou pa gen plis ke senk pen avèk de pwason, sof ke petèt ke nou ta ale achte pen pou tout moun sa yo.” 14 (Paske te gen anviwon senk-mil moun.)

    Li te di a disip Li yo: “Fè yo chita nan gwoup de senkant chak.”

    15 Konsa yo te fè; yo te fè tout moun chita.

    16 Answit, Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni yo. Li te kase yo, e te lonje bay disip yo pou mete devan foul la.

    17 Yo te manje jis vant tout moun te plen. E mòso tou kase ke yo te ranmase yo te fè douz panyen byen ranpli.

  67. 1 Li te rive ke lè L te antre lakay a youn nan dirijan Farizyen yo, nan Saba a pou manje pen, yo t ap veye L de prè.

    2 Epi la devan li, te gen yon nonm ki t ap soufri avèk maladi kò anfle.

    3 Konsa, Jésus te reponn e te pale avèk avoka ak Farizyen yo. Li te mande: “Èske se pèmi pou geri nan Saba a oubyen non?”

    4 Men yo te rete san pale. Li te kenbe li, geri li, e te voye l ale.

    5 Li te di yo: “Kilès nan nou k ap gen yon fis, oswa yon bèf tonbe nan yon pwi, ki p ap imedyatman rale l sòti nan yon jou Saba?”

    6 Epi yo pa t kapab reponn sa menm.

  68. 19 “Alò, te gen yon sèten mesye rich ki te toujou abiye an mov ak len fen, e ki t ap viv nan gran richès chak jou.

    20 “Alò, yon sèten mesye pòv ki te rele Lazare tekouche devan pòtay li, kouvri nèt avèk maleng. 21 Li te byen anvi resevwa sèl ti mòso ki t ap tonbe soti sou tab mesye rich la. Anplis menm chen te konn vin pou niche maleng li yo.

    22 “Epi li rive ke nonm malere a te mouri, e li te vin pote pa zanj yo pou rive nan senAbraham nan. Konsa, mesye rich la te mouri tou, e li te antere. 23 Nanplas sejou mò yo, li te nan toumant. Li te leve zye li, e te wè Abraham byen lwen, ak Lazare nan sen li. 24 Li te kriye fò, e te di: ‘Papa Abraham, fè m gras, voye Lazare pou li kapab mete dwèt li nan dlo pou rafrechi lang mwen! Paske mwen nan doulè ekstrèm nan flanm sa a.

    25 “Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè. 26 Anplis de sa, antre nou avèk ou menm, gen yon gran vid byen etabli pou anpeche sila isit yo ki vle travèse kote ou a, e ke pèsòn pa kapab travèse soti la a pou rive kote nou menm nan.’

    27 “Pou sa li te di: ‘Alò, mwen sipliye ou Papa, pou ou voye li lakay papa m— 28 Pwiske mwen gen senk frè—pou li kapab avèti yo, pou ke yo menm tou pa vini nan plas toumant sa a.’

    29 “Men Abraham te di: ‘Yo gen Moïse avèk pwofèt yo. Kite yo tande yo.’

    30 “Men li te di: ‘Non. Papa Abraham, men si yon moun ta sòti nan mò a, ale kote yo, yo va repanti!’

    31 “Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.

  69. 47 Konsa, chèf prèt yo avèk Farizyen yo te konvoke yon gran konsèy. Yo t ap di: “Kisa n ap fè, pwiske nonm sila a ap fè anpil sign.” 48 “Si nou kite Li kontinye konsa, tout moun ap kwè nan Li, epi Women yo ap vin pran ni plas nou, ni nasyon nou.”

  70. 12 Sizyèm zanj lan te vide gode li a sou gran rivyè Euphrate la. Dlo li te vin seche, pou chemen an ta kapab prepare pou wa ki sòti nan lès yo.

    13 Konsa, mwen te wè sòti nan bouch a dragon an, sòti nan bouch a bèt la, e sòti nan bouch a fo pwofèt la, twa lespri sal tankou krapo. 14 Se te lespri a demon yo, ki t ap fè sign yo pou parèt bò kote wa a tout mond yo, pou rasanble yo ansanm pou lagè a gran jou Bondye, Toupwisan an.

    15 “Gade byen, Mwen ap vini tankou yon vòlè. Beni se sila ki rete vijilan an, e ki kenbe vètman li, pou li pa vin mache toupatou toutouni, pou moun pa wè wont li.”

    16 Konsa, yo te rasanble ansanm kote ki, an Ebre, yo rele Harmaguédon an.

  71. 10 Epi li te di: “Anverite, mwen va retounen bò kote ou nan lè sa ane pwochèn; epi gade byen, Sarah, madanm ou va gen tan gen yon fis.”

    Epi Sarah t ap koute bò kote pòt la, ki te dèyè li a. 11 Alò, Abraham ak Sarah te vye, byen avanse nan laj. Sarah te depase laj pou fè pitit. 12 Sarah te ri a tèt li, e te di: “Lè m gen tan fin vye a, èske m ap gen plezi, e mari mwen ki vye tou?”

    13 Epi SENYÈ a te di Abraham: “Poukisa Sara te ri, e t ap di: ‘Èske vrèman mwen va fè yon pitit lè mwen fin vye a?’

    14 “Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.”

  72. 29 Pandan yo t ap kite Jéricho, yon gran foul te swiv Li.

    30 Epi konsa de moun avèg ki te chita akote wout la, lè yo te tande ke Jésus t ap pase la, te kòmanse kriye: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la!”

    31 Men moun yo te pale ak yo sevèman pou yo sispann pale, men yo rele pi fò: “Senyè, gen pitye pou nou, Fis a David la”.

    32 Epi Jésus te rete la. Li te rele yo, e te di: “Kisa nou ta renmen Mwen fè pou nou?”

    33 Yo te reponn Li: “Senyè, nou vle zye nou louvri”.

    34 Jésus, ranpli avèk konpasyon, te touche zye yo. Imedyatman yo te vin wè, e yo te swiv Li.

  73. 9 Alò, te gen yon sèten jennonm ke yo te rele Eutychus, ki te chita nan rebò fenèt la, k t ap tonbe nan yon pwofon somèy.

    Pandan Paul te kontinye ap pale, dòmi te vin pran l, e li te tonbe soti nan twazyèm etaj la, e yo te vin ranmase l mouri.

    10 Men Paul te desann e te tonbe sou li, epi apre li fin anbrase l, li te di: “Pa twouble, paske lavi li nan li.” 11 Lè Paul te fin remonte e te fin kase pen pou manje, li te pale avèk yo pandan anpil tan jis rive nan granmmaten, e answit te pati. 12 Yo te pran jennonm nan ale tou vivan, e yo te byen rekonfòte.

  74. 22 Men majisyen an Égypte yo te fè menm bagay la avèk metye maji pa yo. Pou sa a, kè a Farawon te vin di, e li pa t koute yo, jan Bondye te di a.

  75. 5 Konsa, li te ale e te fè selon pawòl SENYÈ a; paske li te ale viv akote flèv Kerith la, ki te vè lès a Jourdain an. 6 Kòbo yo te mennen ba li pen avèk vyann, e nan aswè li ta bwè nan flèv la.

  76. 2 Élisée te di li: “Kisa pou m ta fè pou ou? Di mwen kisa ou gen nan kay la?” Epi li te di: “Sèvant ou pa gen anyen nan kay la sof ke yon bokal lwil.”

    3 Alò, li te di: “Ale, prete veso vid toupatou pou kont ou nan men tout vwazen ou yo. Pa manke pran anpil. 4 Ou va antre anndan, fèmen pòt la dèyè ou avèk fis ou yo, vide nan tout veso sa yo, e sa ki plen yo, mete yo akote.”

    5 Konsa, li te ale kite li e te fèmen pòt la dèyè li avèk fis li yo. Yo t ap mennen veso kote li pou l te plen. 6 Lè tout veso yo te plen li te di a fis li yo: “Mennen ban mwen yon lòt veso.”

    Epi li reponn li: “Nanpwen menm yon veso ankò.” Konsa, lwil la te sispann.

    7 Alò, li te vin pale nonm Bondye a. Li te di l: “Ale vann lwil la pou peye dèt ou. Epi ou menm avèk fis ou yo kab viv sou sa ki rete a.”

  77. 14 Ou se Bondye ki fè zèv mèvèy.

    Ou te fè pwisans Ou rekonèt pami pèp yo.

  78. 58 Li pa t fè anpil mirak la akoz ke yo pa t kwè.

  79. 40 Yon lepre te vin kote L, e t ap sipliye L. Li te tonbe ajenou devan L, e te di L: “Si Ou vle, Ou kapab fè m vin pwòp”.

    41 Kè Li te vin plen avèk konpasyon. Li te lonje men L, te touche li, e te di L: “Mwen vle. Vin pwòp”. 42 Konsa, touswit lèp la te kite l, e li te vin pwòp.

    43 Konsa, Li te avèti li byen sevè, e byen vit, Li te voye l ale. 44 Li te di li: “Fè atansyon pou pa di anyen a pèsòn; men ale montre ou menm a prèt la, e ofri li yon ofrann pou pirifikasyon ou, sa ke Moïse te kòmande a, kon yon temwayaj a yo menm.”

    45 Men li te ale deyò e te kòmanse pwoklame sa toupatou. Li te gaye nouvèl la jouk lè Jésus pa t kapab antre piblikman nan yon vil ankò, men te rete andeyò nan zòn dezè yo. Moun yo te sòti vin kote l de tout andwa.

  80. 34 Marie te di a zanj lan: “Kijan bagay sa a kapab ye, paske mwen menm se yon vyèj?”

    35 Zanj lan te reponn. Li te di li: “Lespri Sen an va vini sou ou, e pwisans a Pi Wo a va kouvri ou avèk lonbraj Li. Pou rezon sa a, pitit sen sa a va rele Fis a Bondye. 36 Epi veye byen, menm nan fanmi ou Elizabeth anplis gen tan vin ansent avèk yon fis nan vyeyès li, e li menm ki te rele esteril, koulye a, nan sizyèm mwa li. 37 Paske anyen pa enposib avèk Bondye.”

  81. 28 Konsa, Bondye te chwazi nan legliz la, premyèman apot yo, dezyèmman, pwofèt yo, twazyèmman, enstriktè yo, answit don mirak yo, answit don gerizon yo, èd yo, administrasyon yo, plizyè kalite langaj yo. 29 Èske se tout ki apot? Non! Èske tout se pwofèt? Non! Èske tout se enstriktè? Non Èske se tout ki fè mirak? Non! 30 Èske tout fè gerizon? Non! Èske tout pale an lang? Non! Èske tout entèprete? Non! 31 Men swayezman kiltive dezi pou pi gran don yo. E mwen va montre nou yon chemen ki toujou pi ekselan.

  82. 5 Alò, èske Sila ki founi nou avèk Lespri a e ki te fè zèv mirak pami nou yo, te fè li pa zèv Lalwa yo, oubyen pa tande ak lafwa.

  83. 12 Konsa, Josué te pale avèk SENYÈ a nan jou ke SENYÈ a te livre Amoreyen yo devan fis Israël yo. Li te pale devan tout zye a fis Israël yo: “O solèy, kanpe an plas sou Gabaon! Epi lalin nan, rete la, nan vale Ajalon!”

    13 Alò, solèy la te kanpe e lalin nan pa t deplase Jiskaske nasyon an te fè revandikasyon an yo menm, sou lènmi yo. Èske sa pa ekri nan liv Jaser a? Solèy la te rete nan mitan syèl la e li pa t deplase pandan anviwon yon jou konplè. 14 Pa t gen jou tankou sila a ni devan li, ni apre li, lè SENYÈ a te koute vwa a yon moun; paske SENYÈ a te goumen pou Israël.

  84. 16 “Menm koulye a, kanpe la pou nou wè gwo bagay sa a ke SENYÈ a va fè devan zye nou. 17 Èske se pa rekòlt ble li ye kounye a? M ap fè apèl SENYÈ a, pou Li kapab voye tonnè avèk lapli. Konsa, nou va konnen e wè mechanste ke nou te fè nan zye SENYÈ a gran, lè nou te mande pou nou yon wa.”

    18 Konsa, Samuel te rele a SENYÈ a, e SENYÈ a te voye tonnè avèk lapli nan jou sa a. Epi tout pèp la te gen gwo lakrent SENYÈ a ak Samuel.

  85. 24 Lè yo te ale Capernaüm, sila ki te fè koleksyon taks drachma yo te vin Kote Pierre, Li te mande l: “Èske mèt ou a pa peye taks drachma?”

    25 Li te reponn: “Wi”.

    Lè Pierre te antre nan kay la, Jésus, akoz Li te konnen sa li t ap mande, te di: “Kisa ou panse, Simon? Nan men ki moun wa sou latè yo ranmase tarif ak enpo? Èske se nan men fis pa yo, oubyen èske se nan men moun yo pa rekonèt?”

    26 Lè li reponn: “Moun yo pa rekonèt”, Jésus te di l: “Konsa, fis yo egzante. 27 Sepandan, pou nou pa ofanse yo, ale bò kote lanmè a; voye yon filè ladann e rale premye pwason ki vini an. Lè nou ouvri bouch li nou va wè yon statère (yon kòb Women). Pran li pote bay yo pou ou ak Mwen.”

  86. 29 Pandan foul la t ap ogmante, Li te kòmanse di: “Jenerasyon sila a se yon jenerasyon pèvès; l ap chache yon sign, men okenn sign p ap bay, sof ke sign a Jonas la.

  87. 17 Li te kite yo, e sòti pou ale nan vil Béthanie pou pase nwit lan.

    18 Alò nan maten, Li te retounen nan vil la. Li te vin grangou. 19 Li te wè yon sèl pye fig frans akote wout la. Men lè L vin kote l, Li pa twouve anyen sof ke fèy yo. Konsa Li pale li: “Ou p ap janm gen fwi ki sòti sou ou ankò!” Epi lapoula, pye fig frans lan te vin fennen nèt.

    20 Lè yo wè sa, disip yo te etone. Yo te di: “Kijan fig frans sa a fè vin fennen nan yon moman konsa?”

    21 Jésus te reponn e te di yo: “Anverite Mwen di nou: Si nou gen lafwa e nou pa doute, non sèlman n ap fè sa ki te fèt a fig frans lan, men menm si nou di a mòn sa a: ‘Leve ale jete ou nan lanmè’, sa va fèt. 22 Epi tout sa nou mande nan lapriyè e kwè, nou va resevwa li.”