80 Bible Verses About Listening
Bib Sen An (BSA)
-
19 Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè. 20 Paske kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye.
-
22 Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo. 23 Paske si yon moun ap tande pawòl la, e li pa aji selon li, li tankou yon moun ki gade figi natirèl li nan yon miwa. 24 Yon fwa, li fin gade tèt li e li ale, li gen tan bliye ki kalite moun li te ye a.
25 Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va beni nan sa li fè.
26 Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.
27 Relijyon ki pafè e san tach devan zye a Bondye, Papa nou an se sa a: vizite òfelen e vèv ki nan nesesite yo, e kenbe tèt nou san tach de mond lan.
-
9 Disip Li yo te kòmanse poze L kesyon sou sa ke parabòl sa a ta kapab vle di.
10 Li te di: “A nou menm li pèmi pou konnen mistè a wayòm Bondye a, men pou lòt yo, li fèt an parabòl, dekwa ke nangade, yo vin pa wè, e nan tande, pou yo pa konprann.
11 “Alò, parabòl la se sa: Semans lan se pawòl Bondye a.
12 “Sila yo akote wout la se sila yo ki te tande; epi dyab la vin rache pawòl la nan kè yo, pou yo pa kwè e vin sove.
13 “Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.
14 “Semans ki te tonbe pami pikan yo se sila yo ki te tande, epi pandan yo ap fè wout yo, yo vin trangle avèk pwoblèm pa yo ak richès a vi sa a. Konsa yo pa pote fwi ki vin mi.
15 “Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.
-
1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,
e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
2 e fè zòrèy ou atantif a sajès;
e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
3 wi, si ou leve vwa w pou sajès;
e leve vwa ou vè bon konprann;
4 si ou chache li kon ajan,
e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;
5 nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a,
e dekouvri konesans Bondye a.
-
15 “Si frè ou peche, rele l apa pou pale avèk li. Si li koute ou, ou gen tan rekonsilye ak frè ou a. 16 Men si li pa koute ou, ale kote l avèk youn oubyen de lòt dekwa ke ‘pa bouch a de oubyen twa temwen tout bagay ki fèt kapab konfime.’ 17 Epi si li refize koute yo, pale avèk legliz la, e si li refize koute menm legliz la, kite li devni a ou menm tankou yon payen oswa youn nan kolektè kontribisyon yo.
18 “Anverite Mwen di nou: “Nenpòt sa nou mare sou latè, l ap mare nan syèl la; e nenpòt sa nou lage sou latè, l ap lage nan syèl la.
-
9 Epi Éli te di a Samuel: “Ale kouche e li va fèt ke si Li rele ou, ke ou va di: ‘Pale, SENYÈ a, paske sèvitè ou ap koute ou.’” Konsa, Samuel te ale kouche nan plas li. 10 Alò SENYÈ a te vin kanpe e Li te rele tankou lòt fwa yo: “Samuel! Samuel!” Epi Samuel te di: “Pale, paske sèvitè ou ap koute ou.”
-
24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. 25 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. 26 Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. 27 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”
28 Lè Jésus te fin pale mo sa yo, foul la te byen etone pou jan Li te enstwi yo a. 29 Paske Li te enstwi yo tankou yon moun avèk otorite, e pa tankou skrib yo.
-
23 Si yon moun gen zòrèy pou tande, kite l tande.”
24 E Li t ap di yo: “Fè atansyon a sa nou koute. Menm jan ke nou mezire bay, li va mezire remèt a nou menm; e menm plis, y ap bannou ki tande. 25 Paske a nenpòt moun ki genyen, l ap resevwa anplis, e a nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men li.”
-
9 Konsa, yon vizyon te parèt a Paul nan nwit lan. Yon sèten mesye Macédoine te kanpe e t ap di l: “Vin Macédoine pou ede nou.” 10 Lè li te wè vizyon an, imedyatman nou te chache ale Macédoine, byen konprann ke Bondye te rele nou pou preche levanjil la a yo menm.
11 Donk, nou te pran vwal sou lanmè soti Troas. Nou te kouri tou dwat pou Samothrace, e nan jou swivan an, pou Néapolis. 12 Nou te kite la pou Philippes, yon vil prensipal nan distri Macédoine nan, yon koloni Women.Nou te rete nan vil sa pandan kèk jou.
13 Nan jou Saba a, nou te ale deyò pòtay la bò kote yon rivyè kote nou te sipoze ta genyen yon kote pou lapriyè. Nou te chita e te kòmanse pale ak fanm ki te vin rasanble la yo.
14 Yon sèten fanm yo te rele Lydie, ki te sòti nan vil Thyatire, yon machann twal mov, yon adoratris Bondye, te tande nou. Senyè a te louvri kè l pou reponn a bagay ke Paul t ap pale yo. 15 Lè li menm ak tout lakay li te batize, li te ankouraje nou e te di: “Si nou jije mwen fidèl a Senyè a, vin lakay mwen pou rete.” E li te konvenk nou de sa.
-
14 Sa se konfyans ke nou gen devan Li; ke si nou mande nenpòt bagay selon volonte L, Li tande nou. 15 Epi si nou konnen ke Li tande nou nan nenpòt sa nou mande, nou konnen ke nou resevwa sa ke nou te mande de Li a.
-
13 Sila ki bay repons avan li koute a;
plen foli ak wont.
-
17 Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la.
-
20 Koute konsèy e aksepte disiplin pou ou
kab vin saj pou tout rès vi ou.
21 Plan nan kè lòm yo anpil;
men se konsèy SENYÈ a ki kanpe.
-
13 Paske tout pwofèt yo ansanm ak Lalwa a te pwofetize jiska Jean. 14 Konsa, si nou kapab aksepte l, se li menm ki Elie, sila ki te genyen pou vini an. 15 Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.
16 “Men a kisa Mwen kapab konpare jenerasyon sila a? Li tankou timoun ki chita nan mache a, k ap rele lòt timoun 17 pou di: ‘Nou te jwe flit pou nou, e nou pa t danse. Nou te chante yon antèman, e nou pa t kriye’.
-
28 Men Li te di: “Okontrè, beni se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki swiv li.”
-
1 Mwen renmen SENYÈ a, paske Li tande vwa m,
avèk siplikasyon mwen yo.
2 Akoz Li te panche zòrèy Li bò kote m,
pou sa, mwen va rele non Li pandan tout tan ke m viv.
-
19 Pou sa, Jésus te reponn e te di yo: “Anverite, anverite, Mwen di nou, Fis la pa kapab fè anyen pou kont Li, sof ke se yon bagay ke Li wè Papa a ap fè. Paske sa ke Papa a fè, Fis la ap fè yo menm jan an.
-
20 “Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.
21 “Sila ki venkè a, Mwen va lèse l vin chita avè M sou twòn Mwen an, jan Mwen menm tou te vin venkè a, e te vin chita avèk Papa M sou twòn Li an.
22 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo”.
-
3 Petèt yo va koute e tout moun va vire kite pwòp wout mechan pa yo, pou M ta kapab repanti de malè ke M planifye pou fè rive yo, akoz mechanste a zak yo.’” 4 Men sa ou va di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Si nou refize koute Mwen, pou mache nan lalwa ke M te mete devan nou an, 5 pou koute pawòl a sèvitè Mwen yo, pwofèt ke M te voye a nou menm tout tan, tout tan yo,—men nou pa t koute— 6 konsa, Mwen va fè kay sila kon Silo e vil sa a, Mwen va fè li vin yon madichon pou tout nasyon sou latè yo.’”
-
5 Pandan Li t ap pale, vwala, yon nwaj byen briyan te kouvri yo. E konsa, yon vwa sòti nan nwaj la e te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an. Avèk Li, Mwen byen kontan. Koute Li!”
-
30 “Men pou ou menm, fis a lòm, sitwayen parèy ou yo ap pale de ou. Akote miray yo ak nan pòtay kay yo, y ap pale youn a lòt, yo chak a frè yo pou di: ‘Vini koulye a pou tande mesaj sila ki sòti nan SENYÈ a.’ 31 Yo vin kote ou jan moun konn vini. Yo chita devan ou tankou pèp Mwen an pou yo tande pawòl ou. Men yo pa fè yo. Paske nan bouch, yo renmen, men kè yo ap kouri dèyè pwòp benefis pa yo. 32 Gade byen, ou vin pou yo tankou yon chan sansyèl ki chante pa yon moun ak yon bèl vwa, byen jwe sou enstriman. Paske yo tande pawòl ou yo, men yo pa pratike yo.
33 “Pou sa, lè a rive—gade byen, li va rive—alò, yo va konnen ke yon pwofèt te la nan mitan yo.”
-
10 Disip Li yo te vin kote L e te mande: “Poukisa ou pale avèk yo an parabòl konsa?”
11 Li te reponn yo: “A nou menm, li pèmèt pou nou konnen sekrè a wayòm syèl la, men pou yo menm, sa poko pèmèt. 12 Paske pou nenpòt moun ki genyen, l ap vin resevwa plis, e l ap gen an abondans; men pou nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men l. 13 Se pou sa Mwen pale ak yo an parabòl; paske pandan y ap gade yo p ap wè, e pandan y ap tande yo p ap koute, ni yo p ap konprann. 14 Se nan yo menm, ke pwofesi Ésaïe a ap akonpli lè l di:
‘Nou va kontinye tande, men nou p ap konprann;
nou va kontinye gade, men nap manke apèsi.
15 Paske kè a pèp sa a pa sansib ankò.
Avèk zòrèy yo manke tande e yo fèmen zye yo;
otreman yo ta wè avèk zye yo, tande avèk zòrèy yo,
konprann avèk kè yo, e retounen pou M ta kapab geri yo.’
16 “Men beni se zye pa nou paske yo wè; e zòrèy nou paske yo tande. 17 Anverite, Mwen di nou ke anpil pwofèt ak moun ladwati te vle wè sa ke nou menm wè a, men yo pa t janm wè; e pou tande sa ke nou tande a, men yo pa t tande l.
-
9 Konsa li te di: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande”.
10 Pandan Li te apa pou kont Li, sila ki t ap swiv Li yo ansanm avèk douz yo t ap poze L kesyon sou parabòl yo.
11 Li te di yo: “A nou menm te gen tan bay mistè a wayòm Bondye a; men sila ki rete deyò yo, ap resevwa tout bagay an parabòl. 12 Pou l rive ke Malgre yo wè, yo kapab wè san apèsi; e pandan y ap tande, yo kapab tande e pa konprann. Otreman, yo ta kab retounen pou twouve padon.”
-
14 Li te rele foul la kote Li ankò. Li te di yo: “Koute Mwen, nou tout, e konprann:
-
27 “Mouton pa M yo tande vwa M, e yo swiv Mwen. 28 E Mwen bay yo lavi etènèl, e yo p ap janm peri. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men M.
-
7 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo. A sila ki venkè a, Mwen va kite l manje nan pyebwa lavi a ki nan Paradi Bondye a.
-
15 Zye a SENYÈ a sou sila ki dwat yo.
Zòrèy Li koute kri yo.
-
32 “Alò, pou sa, fis yo, koute mwen;
paske beni se sila ki kenbe chemen mwen yo.
33 Koute lenstriksyon pou ou vin saj e pa neglije l.
34 Beni se moun ki koute mwen an,
k ap veye chak jou nan pòtay mwen yo,
k ap veye kote poto pòt kay mwen an.
-
12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. 13 Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou.
-
2 Si nou pa koute e si nou pa pran sa a kè pou bay lonè a non Mwen”, pale SENYÈ dèzame yo, “alò, Mwen va voye malediksyon sou nou, e Mwen va fè benediksyon nou yo vin tounen malediksyon. Anverite, Mwen fin modi yo deja, akoz nou pa pran sa a kè.
-
1 Te genyen yon mesye pami Farizyen yo ke yo te rele Nicodème, yon chèf a Jwif yo. 2 Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”
3 Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”
4 Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”
5 Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la.
-
5 Alò, èske Sila ki founi nou avèk Lespri a e ki te fè zèv mirak pami nou yo, te fè li pa zèv Lalwa yo, oubyen pa tande ak lafwa.
-
6 Nan gwo twoub mwen, mwen te rele SENYÈ a,
e te kriye a Bondye pou sekou.
Depi nan tanp li an, li te tande vwa m.
Kri mwen pou sekou devan L
te rive nan zòrèy Li.
-
2 Yon moun ensanse pa pran plezi nan bon konprann;
men sèlman nan devwale pwòp panse li.
-
27 Sispann koute disiplin, fis mwen an
e ou va pèdi chemen konesans.
-
47 “Sila ki se pou Bondye, tande pawòl a Bondye. Men nou pa tande, paske nou pa pou Bondye.”
-
25 Men anviwon minwi Paul avèk Silas t ap priye e chante chan lwanj a Bondye. Lòt prizonye yo t ap koute yo.
-
13 Pou rezon sa a, nou, tout tan, bay Bondye remèsiman ke lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te tande de nou an, nou te aksepte li pa kòm yon pawòl a lòm, men pou sa li vrèman ye a, pawòl Bondye a, ki anplis fè travay li nan nou menm ki kwè yo.
-
1 Mwen anchaje ou solanèlman, nan prezans Bondye ak Kris Jésus a, ki dwe jije vivan ak mò yo, pa aparans ak wayòm Li an: 2 Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.
3 Paske tan an va vini lè yo pa sipòte doktrin ki sen yo, men akoz yo vle sa ki fè zòrèy yo plezi, yo va ranmase pou kont yo, pwofesè ki dakò avèk pwòp dezi pa yo. 4 Konsa, yo va vire zòrèy yo kite verite a akote pou fo istwa yo.
-
1 “Si yon pwofèt, oswa yon moun ki konn fè rèv leve pami nou; si l anonse de nou yon sign oswa yon mèvèy, 2 epi sign oswa mèvèy ke li te pale a vin vrè, konsènan lè li te pale avèk nou an, pou l te di: ‘Annou ale apre lòt dye (ke nou pa t konnen yo); epi annou sèvi yo,’ 3 nou pa pou koute pawòl a pwofèt sila yo oswa moun rèv sa yo. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap pase nou a leprèv pou wè si nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, e avèk tout nanm nou.
-
15 Chemen a yon moun fou bon nan zye li;
men yon nonm saj koute konsèy.
-
2 Tande, O pèp yo, nou tout!
Koute, O latè a, ak tout sa ki ladann.
Kite SENYÈ Bondye a vin temwen kont nou;
SENYÈ a, depi nan tanp sen Li an.
-
7 Konsa, yon nwaj te fòme ki te vin mete yo nan fon lonbraj, e yon vwa te vin sòti nan nwaj la, “Sa se Fis Mwen; koute Li!”
-
29 “Men Abraham te di: ‘Yo gen Moïse avèk pwofèt yo. Kite yo tande yo.’
30 “Men li te di: ‘Non. Papa Abraham, men si yon moun ta sòti nan mò a, ale kote yo, yo va repanti!’
31 “Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.
-
4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.
-
8 Tande, O pèp Mwen an e Mwen va korije nou.
O Israël, si ou ta koute Mwen!
-
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
-
18 “Tande, nou menm ki soud!
Epi gade, nou menm ki avèg, pou nou ka wè.
19 Se kilès ki avèg sof ke sèvitè Mwen an,
oswa tèlman soud tankou mesaje ke Mwen voye a?
Se kilès ki avèg tankou sila ki anpè avè M,
oswa tèlman avèg tankou sèvitè a SENYÈ a?
20 Nou te wè anpil bagay, men nou pa swiv yo;
zòrèy nou louvri, men nanpwen moun ki tande.
-
3 ‘Rele Mwen, Mwen va reponn ou e Mwen va di ou gwo bagay pwisan ke ou pa t janm konnen.’
-
4 Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.
-
47 Chak moun ki vin kote Mwen, e ki tande pawòl Mwen yo pou aji sou yo, Mwen va montre nou ak kisa li sanble: 48 Li tankou yon nonm k ap bati yon kay, ki te fouye fon, e ki mete yon fondasyon sou wòch la; epi lè inondasyon rive, tòran dlo a pete sou kay la, men li pa t kapab souke l, akoz ke li te byen bati.
49 “Men sila ki tande e ki pa aji, se tankou yon nonm ki bati kay li sou tè a san okenn fondasyon; epi tòran dlo a pete kont li. Lapoula li vin tonbe, e destriksyon a kay sa a vin gran.”
-
38 Pandan yo t ap vwayaje, Li te antre nan yon sèten vil. Konsa, yon fanm yo rele Marthe te resevwa Li lakay li.
39 Li te gen yon sè yo te rele Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li. 40 Men Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”
41 Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou enkyete e twouble pa anpil bagay, 42 men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
25 “Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi sa yo ki tande ap viv.
-
27 Paske kè a moun sa yo vin di.
Zòrèy pa yo, yo manke tande.
E yo fèmen zye yo;
otreman pou yo ta wè avèk zye yo,
tande avèk zòrèy yo,
konprann avèk kè yo,
e retounen, pou Mwen ta geri yo.’
-
4 “Nou va swiv SENYÈ a, Bondye nou an, e krent Li. Nou va kenbe kòmandman Li yo, e obeyi vwa Li. Nou va sèvi Li, e kenbe fèm nèt ak Li.
-
11 Vini, pitit, koute mwen.
Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.
-
17 Sila ki swiv enstriksyon an, sou wout lavi;
men sila ki pa tande repwòch la vin egare nèt.
-
14 Kote ki pa gen gid, moun yo tonbe;
men ak anpil konseye, gen viktwa.
-
1 Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l,
men yon mokè pa koute repwòch.
-
12 Tankou yon zanno an lò ak yon dekorasyon an lò fen
se yon repwòch saj nan zòrèy k ap koute.
-
9 Li te di: “Ale di pèp sa a:
‘Kontinye koute, men pa wè;
kontinye gade, men pa konprann.’
10 Rann kè a pèp sa a ensansib, zòrèy yo di e zye yo mal pou wè;
otreman, petèt yo ta wè ak zye yo,
tande ak zòrèy yo,
konprann ak kè yo
e retounen pou resevwa gerizon.”
-
11 Men yo te refize koute sa. Yo te leve zepòl yo, e te bouche zòrèy yo pou yo pa tande. 12 Yo te fè kè yo di tankou silèks pou yo pa tande lalwa ak zèv ke SENYÈ dèzame yo te voye pa Lespri Li pa ansyen pwofèt yo. Akoz sa, chalè a gwo kòlè a te sòti nan SENYÈ dèzame yo.
-
30 “Mwen pa kapab fè anyen pou kont Mwen. Sa ke Mwen tande, Mwen jije; epi jijman Mwen jis, paske Mwen pa chache volonte pa M, men volonte a Li menm, ki te voye Mwen an.
-
13 Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini.
-
13 Paske se pa sila ki tande Lalwa a ki jis devan Bondye, men se sila ki obeyi Lalwa a ki jistifye.
-
9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
-
8 Anfen ke nou tout vin amikal, senpatik, fratènèl plen bon kè, e vin enb nan lespri.
9 Pa remèt mal pou mal, ni jouman pou jouman, men de preferans, beni moun nan. Paske nou te resevwa apèl la pou bi sa a, pou nou ta kapab eritye yon benediksyon. 10 Paske:
“Sila ki dezire lavi a,
pou renmen e wè anpil jou ki bon,
dwe gade lang li kont sa ki mal
e lèv li kont bay manti.
11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;
kite li chache lapè e pouswiv li.
12 Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo,
e zòrèy Li atantif a lapriyè yo;
men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”
-
8 Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen
nan sila ou dwe ale a.
Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.
9 Pa fè tankou cheval oswa milèt ki pa gen konprann menm,
ki nan tout sikonstans, oblije gen brid ak bosal ki pou ralanti yo.
Otreman, yo p ap vin kote ou.
-
10 Kreye nan mwen yon kè pwòp, O SENYÈ,
epi refè yon lespri ki dwat anndan m.
11 Pa jete mwen lwen prezans Ou e
pa retire Lespri Sen Ou an sou mwen.
12 Restore nan mwen lajwa sali Ou a.
Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte.
13 Konsa, mwen va enstwi transgresè yo chemen Ou yo,
e pechè yo va konvèti a Ou menm.
14 Delivre mwen de koupabilite san vèse a,
O Bondye, Bondye a sali mwen an.
Konsa, lang mwen va chante avèk jwa
selon ladwati a Ou menm nan.
-
20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou
e pa abandone enstriksyon manman ou.
21 Mare yo tout tan sou kè ou;
mare yo nan kou ou.
-
31 Zòrèy k ap koute repwòch ap viv;
zòrèy ki koute koreksyon ap alèz pami saj yo.
-
20 Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon;
beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.
21 Moun saj nan kè va rekonèt kon moun bon konprann;
e dousè nan pale va ogmante kapasite konvenk moun.
22 Bon konprann se yon fontèn dlo lavi pou sila ki genyen l;
men pou disipline moun ensanse yo se foli.
-
12 Zòrèy ki tande ak zye ki wè;
se SENYÈ a ki te fè tou de.
-
35 Answit yon vwa te sòti nan lonbraj la. Li te di: “Sa se fis byeneme Mwen an; koute Li!”
-
16 “Sila ki koute nou an, koute Mwen; e sila ki rejte nou an, rejte Mwen. E sila ki rejte Mwen an, rejte Sila a ki voye Mwen an.”
-
1 Anverite, anverite, Mwen di nou, sila ki pa antre nan pak mouton an pa pòt la, men monte pou l antre yon lòt jan, li menm se yon vòlè ak yon brigan. 2 Men moun ki antre pa pòt la se bèje mouton yo.
3 Pou li menm, gadyen pòt la va ouvri, epi mouton yo tande vwa l. Li rele pwòp mouton li yo pa non yo, e mennen yo deyò. 4 Nenpòt lè L fè soti tout sa ki pou li yo, li ale devan yo, e mouton yo swiv li, paske yo rekonèt vwa li. 5 Men yon etranje, yo p ap janm swiv li, men ap sove ale kite li, paske yo pa rekonèt vwa etranje yo.
-
16 Paul te kanpe. Li te fè sinyal avèk men l, e te di: “Lezòm Israël yo, ak nou menm ki krent Bondye, koute:
-
2 Sèl bagay ke m vle konnen de nou; Èske nou te resevwa Lespri a pa zèv Lalwa yo, oubyen pa tande avèk lafwa?
-
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo.
Shows Read in context, Share and Copy.