64 Bible Verses About Raising Children

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Raising Children
  1. 1 Zanfan yo, obeyi a paran nou nan Senyè a, paske se sa ki bon. 2 Onore Papa ou ak manman ou, ki se premye kòmandman ki vini avèk yon pwomès; 3 pou li kapab ale byen avèk ou, e pou ou kapab viv anpil tan sou latè.

    4 Papa yo, pa pwovoke pitit nou yo a lakòlè, men elve yo nan disiplin ak enstriksyon a Senyè a.

  2. 4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.

  3. 15 Baton ak repwòch bay sajès;

    men timoun ki fè sa li pito a mennen wont sou manman l.

    16 Lè mechan yo vin plis, transgresyon yo ogmante;

    men moun dwat yo va wè tonbe yo.

    17 Korije fis ou e li va ba ou rekonfò;

    anplis, li va bay nanm ou gwo plezi.

  4. 5 Pikan ak pèlen se nan chemen a pèvès yo;

    sila ki veye nanm li, va rete lwen yo.

    6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,

    e lè li vin gran, li p ap kite li;

    menm lè l granmoun, li p ap kite li.

  5. 5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:

    “Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,

    ni vin febli lè nou korije pa Li;

    6 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,

    e Li fwete tout fis ke L resevwa.”

    7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.

    9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.

    11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.

  6. 3 Veye byen, pitit se yon don SENYÈ a.

    Fwi a vant la se yon rekonpans.

    4 Tankou flèch nan men a yon gèrye,

    Se konsa pitit a jèn yo ye.

    5 A la beni se nonm ke veso l plen ak yo.

    Yo p ap wont lè yo pale ak lènmi yo nan pòtay la.

  7. 13 Pa ralanti disiplin sou yon timoun;

    malgre ou frape li ak yon baton, li p ap mouri.

    14 Ou va frape li ak baton

    pou delivre nanm li de sejou mò yo.

  8. 24 Sila ki ralanti baton li, rayi fis li;

    men sila ki renmen l va ba li disiplin ak dilijans.

  9. 15 Foli mare nan kè a yon timoun;

    baton disiplin nan va retire sa mete lwen li.

  10. 8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,

    e pa abandone leson a manman ou yo;

    9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,

    ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.

    10 Fis mwen an, si pechè yo vin tante ou, pa dakò.

    11 Si yo di: “Vini avèk nou, annou kouche yon pyèj pou san,

    annou fè anbiskad pou inosan yo san koz;

    12 Annou vale yo vivan tankou Sejou mò yo,

    menm an antye tankou sila k ap desann nan fòs yo.

    13 Nou va jwenn tout kalite byen presye,

    nou va ranpli lakay nou ak piyaj.

    14 Tire osò pa ou ansanm ak nou.

    Nou tout va gen yon sèl bous”—

    15 Fis mwen an, pa mache nan chemen avèk yo.

    Anpeche pye ou antre sou wout yo,

    16 Paske pye yo kouri jwenn mal,

    e yo fè vit pou yo vèse san.

    17 Anverite, se initil pou ouvri yon filè ak pen gaye

    devan nenpòt kalite zwazo;

    18 men yap kouche yon pyèj pou pwòp san pa yo.

    Yo fè anbiskad pou pwòp lavi pa yo.

    19 Se konsa tout chemen yo ye a pou

    tout moun ki vin genyen pa mwayen vyolans.

    Se pwòp lavi yo kap vin rache.

  11. 21 Papa yo, pa fè pitit nou yo fache pou yo pa vin dekouraje.

  12. 11 Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,

    ni rayi repwòch Li,

    12 Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,

    jis tankou yon papa konn korije

    fis nan sila li pran plezi a.

  13. 18 Bay fis ou a disiplin pandan gen espwa;

    pa chache lanmò li.

  14. 18 Pou sa, nou va tache pawòl sa yo sou kè nou ak sou nanm nou. Nou va mare yo tankou yon sign sou men nou e yo va tankou très cheve nan fwon nou. 19 Nou va enstwi yo a fis nou yo nan pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache akote wout la, e lè nou kouche ak lè nou leve. 20 Nou va ekri yo nan poto chanbrann lakay nou ak sou pòtay nou yo, 21 jis pou jou nou yo avèk jou a fis nou yo kapab vin miltipliye nan peyi kote SENYÈ a te sèmante a zansèt nou yo pou bay yo, toutotan syèl yo ap rete sou tè a.

  15. 12 Onore papa ou avèk manman ou, pou jou lavi ou yo kapab anpil nan peyi ke SENYÈ a, Bondye ou a te bay ou.

  16. 15 Sila ki frape papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.

    16 Sila ki kidnape yon nonm, oswa ke li vann li, oswa yo twouve li nan posesyon li, li va vrèman mete a lanmò.

    17 Sila ki modi papa li oswa manman li, li va vrèman mete a lanmò.

  17. 13 Konsa yo t ap pote timoun bay li pou L ta kapab touche yo, e disip yo te reprimande yo.

    14 Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: “Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo. 15 Anverite Mwen di nou: nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a kon yon timoun, li p ap antre li menm.”

    16 Epi li te pran yo nan bra Li, te beni yo, e te poze men L sou yo.

    17 Pandan Li t ap prepare pou yon vwayaj, yon nonm te kouri kote L, te mete l ajenou devan Li. Li te mande L: “Bon Mèt, kisa mwen dwe fè pou eritye lavi etènèl?”

    18 Epi Jésus te di Li: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen moun ki bon sof ke Bondye sèl. 19 Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”

  18. 9 “Sèlman, veye tèt ou e kenbe nanm ou avèk dilijans, pou ou pa bliye bagay ke zye ou te wè yo; pou yo pa kite kè nou pandan tout jou lavi ou; men fè fis ou yo ak fis a fis ou yo konnen yo. 10 Sonje jou ke ou te kanpe devan SENYÈ a, Bondye ou an, nan mòn Horeb, lè SENYÈ a te di mwen: ‘Rasanble pèp Mwen an pou Mwen kapab kite yo tande pawòl Mwen, pou yo kapab aprann gen lakrent Mwen pou tout jou ke yo ap viv sou latè yo; epi pou yo kapab enstwi pitit pa yo.’

  19. 18 “Si yon nonm vin gen yon fis tèt di k ap fè rebelyon, epi li refize obeyi papa li oswa manman li, epi lè l resevwa chatiman, li pa menm koute yo, 19 alò, papa li avèk manman li va sezi li, e mennen li deyò vè ansyen vil yo nan pòtay vil pa li a. 20 Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’ 21 Alò, tout mesye lavil yo va lapide li ak kout wòch jiska lanmò. Konsa, nou va retire mal sa a nan mitan nou. Tout Israël va tande bagay sa a e yo va vin gen krentif.

  20. 1 Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. 2 Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.

  21. 24 Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,

    e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.

    25 Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan;

    kite fanm ki te fè ou a, rejwi.

    26 Ban m kè ou, fis mwen an;

    kite zye ou fè kè kontan nan chemen mwen yo.

  22. 20 Zanfan yo, se pou nou obeyisan a paran nou yo nan tout bagay, paske sa fè Senyè a plezi anpil.

  23. 20 “Lè fis nou mande nou nan tan k ap vini yo, pou di: ‘Kisa temwayaj, lwa ak jijman, ke SENYÈ a te kòmande nou yo vle di?’ 21 Alò, nou va di a fis nou yo: ‘Nou te esklav a Farawon an Égypte, e SENYÈ a te mennen nou sòti an Égypte avèk yon men pwisan. 22 Anplis, SENYÈ a te montre gwo sign dezas ak mèvèy devan zye nou kont Égypte, Farawon, ak tout lakay li. 23 Li te mennen nou sòti kote sa a pou mennen nou antre, pou bannou peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo.’

    24 “Pou sa, SENYÈ a te kòmande nou pou swiv tout lwa sa yo, pou krent SENYÈ a, Bondye nou an, pou pwòp avantaj pa nou, e pou nou kapab siviv, jan sa ye jis rive jodi a. 25 Sa va sèvi kòm ladwati pou nou si nou fè atansyon pou swiv tout kòmandman sila yo devan SENYÈ a, Bondye nou an, jis jan ke Li te kòmande nou an.

  24. 14 Sa fè pou yon twazyèm fwa ke m prè pou vin kote nou, e mwen p ap yon chaj pou nou; paske mwen p ap chèche sa ke nou posede, men kè nou menm. Paske se pa timoun yo ki responsab pou ekonomize pou paran yo, men paran yo pou timoun yo.

  25. 1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.

    2 Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.

    3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.

    6 Menm jan an, ankouraje jennonm yo pou yo toujou reflechi kon moun serye. 7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.

  26. 3 “‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

  27. 16 ‘Onore papa nou avèk manman nou, jan SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou an, pou jou nou yo kapab pwolonje, e pou sa kapab ale byen avèk nou nan peyi ke SENYÈ a bannou an.

  28. 1 Pwovèb a Salomon yo.

    Yon fis ki saj fè papa li kontan,

    men yon fis ki plen ak foli

    se yon gwo doulè pou manman l.

  29. 13 Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,

    se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.

  30. 1 Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an,

    men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;

    2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo

    va vin ogmante sou ou.

    3 Pa kite dousè ak verite kite ou.

    Mare yo antoure kou ou.

    Ekri yo sou tablo kè ou.

    4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon

    nan men Bondye a, ak moun.

    5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  31. 1 Yon fis ki saj aksepte disiplin a papa l,

    men yon mokè pa koute repwòch.

  32. 6 Pitit a pitit se kouwòn a granmoun,

    e glwa a fis yo se papa yo.

  33. 1 Lansyen an k ap ekri a byeneme a, Gaïus, ke mwen renmen an verite.

    2 Byeneme a, mwen priye nan tout aspè ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bòn sante, menm jan ke nanm ou an bòn sante a. 3 Paske mwen te tèlman kontan lè frè yo te vin pote temwayaj a verite ou, ki jan ou mache nan laverite a. 4 Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.

  34. 5 Konsa, nou fèt pou konnen nan kè nou, ke SENYÈ a, Bondye nou an, t ap korije nou jis jan ke yon mesye korije fis li.

  35. 20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou

    e pa abandone enstriksyon manman ou.

  36. 5 Yon moun ensanse refize disiplin a papa l;

    men sila ki aksepte repwòch gen sajès.

  37. 22 Koute papa ou ki te fè ou a,

    e pa meprize manman ou lè l vin granmoun.

  38. 2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan. 4 Li dwe yon moun ki jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite; 5 (men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen legliz Bondye a?)

  39. 19 Paske Mwen te chwazi li pou l kapab kòmande pitit li yo avèk lakay li, pou kenbe chemen SENYÈ a, pou fè ladwati avèk jistis, pou SENYÈ a kapab fè rive sou Abraham, sa ke Li te pale de li a.”

  40. 1 Tande, O fis yo, enstriksyon a yon papa,

    e fè atansyon pou ou kab reyisi jwenn bon konprann,

    2 Paske mwen bay ou bon konsèy;

    pa abandone enstriksyon mwen.

    3 Lè m te yon jenn timoun ak papa m,

    byen jenn e sèl fis devan zye a manman m,

    4 Alò, li te enstwi mwen e te di mwen:

    “Kite kè ou kenbe fèm a pawòl mwen;

    kenbe lòd mwen yo pou ou viv.

    5 Vin ranmase sajès!

    Ranmase bon konprann!

    Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.

  41. 4 Paske Bondye te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou,’ epi: ‘Sila ki pale mal a manman li oswa a papa li, va mete a lanmò.’”

    5 Men nou di: “Nenpòt moun ki di a manman l oswa papa l, tout sa mwen genyen ki ta kapab ede ou se pou Bondye, 6 li pa oblije onore ni papa l ni manman l”. Konsa, nou te anile pawòl Bondye a pou koz tradisyon pa nou an.

  42. 11 “Alò, sipoze ke youn nan papa nou yo resevwa yon demann de fis li pou yon pen. Li p ap bay li yon wòch olye de pen. Se pa sa? O si li mande pou yon pwason, èske li va bay li yon koulèv? 12 Oubyen si li mande li pou bay li yon ze, èske l ap bay li yon eskòpyon? 13 Si nou menm ki mechan, alò, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis Papa nou nan syèl la va bay Lespri Sen an a sila yo ki mande Li?”

  43. 13 Tout fis ou yo va enstwi pa SENYÈ a;

    pitit ou yo va gen lapè ak bonè nèt.

  44. 9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.

  45. 10 Paske Moïse te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou’; epi ‘sila ki pale mal a papa li oswa manman li, fòk li mete a lanmò.’

    11 “Men nou di: ‘Si yon nonm di a papa l, ni a manman l, nenpòt sa ke m genyen se Kòba’” (sa vle di, “bay a Bondye”), 12 “Nou pa pèmèt moun nan fè anyen ankò ni pou papa l, ni pou manman l. 13 Konsa nou fè pawòl Bondye a vin nil ak tradisyon ke nou transmèt a youn lòt. Nou fè anpil bagay konsa.”

  46. 26 “Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen.

  47. 12 Dyak yo dwe mari a yon sèl fanm, bon dirijan a pitit yo ak pwòp lakay yo.

  48. 15 Éske Li pa t fè nou yon sèl? Malgre, se te li ki te gen retay Lespri a. Pouki sa yon sèl? Li t ap chache desandan ladwati a. Alò, veye lespri nou byen ke pèsòn pa aji an trèt kont madanm jenès li a.

  49. 1 Nan lè sa a, disip yo te vin jwenn Jésus pou mande L: “Kilès konsa ki pi gran nan wayòm syèl la?”

    2 Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo. 3 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la. 4 Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.

    5 “Epi nenpòt moun ki resevwa yon pitit tankou sa a nan non Mwen, li resevwa Mwen. 6 Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.

  50. 51 Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L te gade tout bagay sa yo nan kè l.

    52 Epi Jésus te kontinye grandi nan sajès, ak wotè, epi nan gras avèk Bondye e avèk lèzòm.

  51. 8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.

  52. 11 Vini, pitit, koute mwen.

    Mwen va enstwi ou nan lakrent SENYÈ a.

  53. 3 Madanm ou ap tankou yon chan rezen

    ki bay anpil rezen lakay ou.

    Pitit ou yo va tankou plan bwa doliv ki antoure tab ou.

    4 Gade byen, paske se konsa nonm ki krent SENYÈ a va beni.

    5 Ke SENYÈ a beni ou depi nan Sion;

    ke ou wè pwosperite Jérusalem nan pandan tout jou lavi ou yo!

    6 Wi, pou ou ka wè pitit a pitit ou yo!

    Ke lapè rete sou Israël!

  54. 13 Paske se Ou menm ki te fòme pati anndan m yo.

    Ou te tise mwen, pyese m soti nan vant Manman m.

    14 Mwen va bay Ou anpil remèsiman,

    paske mwen fèt yon fason mèvèye.

    Zèv Ou yo depase bon konprann

    e nanm mwen byen konnen sa.

    15 Fòm mwen pa t kache a Ou menm lè m te fèt nan sekrè a,

    e tise kon mèvèy etonan nan fon tè a.

    16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.

    Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te

    òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.

  55. 7 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;

    sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.

  56. 10 Tande, fis mwen an, vin dakò ak pawòl mwen yo,

    e lane lavi ou yo va vin byen long.

    11 Mwen te dirije ou nan chemen sajès la;

    mwen te kondwi ou nan pa ladwati yo.

  57. 19 Se vivan, vivan yo ki bay Ou remèsiman,

    tankou mwen menm, mwen fè jodi a.

    Yon papa va pale ak fis li yo selon fidelite Ou.

  58. 5 Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,

    e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.

    Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.

    6 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, Senyè BONDYE! Gade byen, mwen pa menm konnen kijan pou m pale, paske mwen se sèlman yon jennonm.”

    7 Men SENYÈ a te di mwen: “Pa di: ‘Mwen se sèlman yon jennonm’, paske tout kote Mwen voye ou, ou va ale, e tout sa ke Mwen kòmande ou, ou va pale l.

  59. 23 Pa lafwa Moïse, lè l te fèt, te kache pandan twa mwa pa paran li yo, paske yo te wè ke li te yon bèl pitit; e yo pa t pè lòd wa a.

  60. 1 Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:

    2 pou konnen sajès avèk enstriksyon,

    Pou dekouvri pawòl bon konprann yo,

    3 Pou resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès,

    ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;

    4 Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.

    5 Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li

    e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,

    6 Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk devinèt yo.

  61. 20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l.

    “Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kourianbrase l e te bo li.

  62. 21 Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.

  63. 1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

    4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

  64. 4 men si yon vèv gen pitit, oswa pitit pitit, yo dwe, dabò, aprann pratike respè anvè pwòp fanmi pa yo, e repeye pwòp paran pa yo, paske sa akseptab devan zye Bondye.