59 Bible Verses About Growth
Bib Sen An (BSA)
-
11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; 15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris la menm. 16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.
-
1 Simon Pierre, yon sèvitè-atache nèt, e apòt a Jésus Kri, a sila ki te resevwa yon lafwa menm jan ak nou yo, pa ladwati Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri: 2 Ke lagras ak lapè vin miltipliye a nou menm nan konesans a Bondye ak Jésus, Senyè nou an, 3 akoz nou wè ke pwisans diven Li an bannou tout bagay ki apatyen a lavi ak sentete, atravè vre konesans a Li, ki te rele nou pa pwòp glwa ak ekselans Li. 4 Paske pa sila yo, Li te bannou pwomès presye e manyifik Li, pouke nan yo, nou ta kapab vin patisipan nan nati sen an, e chape de koripsyon ki nan mond lan pa konvwatiz lachè a.
5 Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete konesans. 6 Sou konesans nou, mete bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete. 7 Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.
8 Paske si kalite sa yo nan nou e ap ogmante, yo p ap rann nou ni initil, ni san fwi nan vre konesans Senyè nou an, Jésus Kri. 9 Paske, sila ki manke kalite sa yo avèg oswa pa wè klè, akoz li bliye ke li te netwaye de ansyen peche li yo.
10 Konsa, frè m yo, se pou nou vin pi dilijan pou fè sèten de chwa ak apèl Li de nou menm nan. Paske otan ke n ap pratike bagay sa yo, nou p ap janm glise tonbe. 11 Paske lè nou aji nan fason sa a, antre nan wayòm etènèl Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri, va toujou disponib a nou menm an abondans.
-
11 Konsènan Li menm, nou gen anpil bagay pou di, e se difisil pou eksplike akoz ke nou vin mal pou tande. 12 Paske malgre lè sa a, nou ta dwe vin mèt, nou bezwen ankò yon moun pou enstwi nou prensip de baz revelasyon Bondye yo. Ou vin bezwen lèt olye manje solid.
13 Paske tout sila ki pran lèt sèlman yo, yo pa abitye avèk pawòl ladwati a, paske yo bebe toujou. 14 Men manje solid la, se pou granmoun yo, ki akoz de pratik yo, vin gen kapasite pou distenge sa ki byen ak sa ki mal.
-
14 Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè san tach e san fot. 15 Konsidere pasyans a Senyè a kòm sali nou. Menmjan an osi ak frè byeneme nou an, Paul, te ekri nou, selon sajès ke li te resevwa a, 16 kòm osi nan tout lèt li yo, li te pale ak yo de bagay sa yo. Ladan yo, gen kèk bagay ki difisil pou konprann, ke sila ki san konprann e ki pa stab yo defòme, jan yo te fè osi ak tout lòt Ekriti sen yo, ki va gen kòm rezilta, pwòp destriksyon pa yo.
17 Konsa, nou menm, byeneme yo, ki konnen sa davans, rete vijilan pou nou pa pote ale pa erè a moun san prensip yo, e tonbe kite pwòp fidelite nou. 18 Men grandi nan lagras ak konesans Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri.
A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen.
-
1 Konsa mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang 2 epi tankou tibebe ki fenk ne, se pou nou gen lanvi pou lèt pi a pawòl la, pouke pa li menm, nou kapab grandi vè sali, 3 si vrèman nou te goute dousè a Senyè a.
-
2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.
5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. 6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an. 7 Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a,
-
16 Men mwen di nou mache pa Lespri a, e nou p ap akonpli dezi lachè yo. 17 Paske lachè mete dezi li yo kont Lespri a, e Lespri a kont lachè. Sila yo opoze a youn lòt, pou nou pa ta fè tout sa ke nou pito. 18 Men si nou mennen pa Lespri a, nou pa anba Lalwa. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.
25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a. 26 Pa kite nou vin gen ògèy, ni pwovoke youn lòt ni gen lanvi kont youn lòt.
-
1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
-
6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a:
“Li te gaye toupatou.
Li te bay a malere yo.
Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”
10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye.
-
26 E Li t ap di: “Wayòm syèl la se tankou yon mesye k ap voye semans sou latè. 27 Konsa, l ale sou kabann li nan aswè, li leve lajounen, e semans lan pouse e grandi; kijan sa fè fèt, li menm pa konnen. 28 Tè a pwodwi rekòlt pou kont li; premyèman flèch, answit tèt la, e apre sa, grenn mi yo nan tèt la. 29 Men depi rekòlt la vin prè, byen vit l ap bay li kouto, paske lè rekòlt la rive.”
30 Li te di: “Kijan n ap imajine wayòm Bondye a, oubyen selon ki parabòl nou kapab reprezante li? 31 Li tankou yon grenn moutad ke lè l simen nan tè, li pi piti pase tout grenn ki sou latè. 32 Malgre sa, lè l fin simen, li grandi e vin pi gwo pase tout lòt plant nan jaden yo, epi fè gwo branch, pou zwazo anlè yo kab vin fè nich anba lonbraj li.”
-
3 Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou. 4 Mwen toujou ap ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout, 5 akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a. 6 Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a. 7 Paske li vrèman gen rezon ke m santi sa sou pati pa nou. Paske nou nan kè m akoz nou te patisipan depi lè m te nan prizon an, ni lè m t ap defann e konfime levanjil la nou te pataje gras la avè m. 8 Paske Bondye se temwen mwen, de jan mwen anvi wè nou tout avèk tandrès a Kris Jésus a.
9 Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman. 10 Pou nou kapab vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska jou a Kris la; 11 Se pou nou vin ranpli nèt avèk fwi ladwati ki vini atravè Jésus Kri a, pou laglwa ak lwanj a Bondye.
-
1 Konsa, nan kite enstriksyon elemantè sou Kris la, annou pouse de lavan vè matirite. Nou p ap poze ankò yon fondasyon repantans ki soti nan zèv mò yo, ak lafwa anvè Bondye, 2 lenstriksyon sou lave ak poze men yo, rezirèksyon a mò yo ak jijman etènèl la. 3 Tout sa nou va fè si Bondye kite l fèt.
4 Paske nan ka a sila ki, yon fwa, te eklere yo, ki te goute kado selès la, ki te vin patisipan nan Lespri Sen yo, 5 te goute bon pawòl Bondye a ak pouvwa a tan k ap vini an, 6 e ki answit, te vin tonbe, se enposib pou renouvle yo ankò a repantans, paske yo ankò krisifye pou kont yo Fis Bondye a e ekspoze Li a lawont piblik.
7 Paske tè ki bwè lapli ki tonbe souvan sou li a, e ki pote plant ki itil a sila k ap kiltive tè a, resevwa benediksyon a Bondye. 8 Men si li pote pikan ak zepeng, li san valè e prèt pou vin madichonnen, e fini pa brile. 9 Men byeneme yo, nou konvenk de pi bon bagay konsènan nou menm yo, bagay ki akonpanye Sali yo, malgre se konsa n ap pale.
10 Paske Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo. 11 Nou dezire ke nou chak montre menm dilijans lan pou nou kapab gen yon espwa ranpli nan asirans konplè jiska lafen, 12 pou nou pa vin mou, men rete imitatè a sila ki, atravè lafwa ak tenasite, te vin eritye pwomès yo.
-
6 Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou mache nan Li. 7 Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plen avèk remèsiman an.
-
37 Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”
38 Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”
40 Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”
41 Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm. 42 Yo te toujou dilijan nan swiv enstriksyon apòt yo ak nan amitye fratènèl, nan kase pen, ak lapriyè.
43 Tout moun te kontinye sanse gen lakrent ak gran respè, e anpil mèvèy ak sign te toujou ap fèt pa apòt yo.
44 Tout sila ki te kwè yo te ansanm, e te mete tout byen yo ansanm: 45 Yo te vann tè yo ak byen yo, e t ap pataje yo avèk tout moun, selon bezwen a yo chak. 46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.
Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.
-
1 Epi mwen, frè m yo, mwen pa t kab pale avèk nou menm tankou moun ki plen lespri Bondye, men tankou moun lachè yo, tankou ti zanfan piti nan Kris yo. 2 Mwen te bannou lèt pou nou bwè olye gwo manje; paske nou potko kab resevwa l. Anverite, menm koulye a, nou poko kapab, 3 pwiske nou toujou nan lachè. Paske akoz gen jalouzi ak konfli pami nou, èske nou pa nan lachè, epi èske nou p ap mache tankou lòm natirèl? 4 Paske lè youn di: “Mwen se moun Paul”, epi yon lòt: “Mwen se moun Appollos”, èske nou p ap aji kòmsi se lòm natirèl ke nou ye?
5 Alò, ki moun Apollos ye? E ki moun Paul ye? Se sèvitè pa sila nou te vin kwè yo, menm jan Senyè a te bay opòtinite a yo chak. 6 Mwen te plante, Appollos te awoze, men Bondye te fè l grandi. 7 Alò, se pa ni sila ki plante a ni sila ki awoze a ki anyen, men Bondye ki fè l grandi a. 8 Alò, sila ki plante a ak sila ki awoze a se youn; men chak moun va resevwa pwòp rekonpans li selon pwòp travay li. 9 Paske nou se ouvriye parèy avèk Bondye. Nou menm se chan Bondye a, kay la ke L ap bati a.
-
9 Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout sajès lespri a ak bon konprann, 10 pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye, 11 ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa, 12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a. 13 Paske Li te delivre nou soti nan wayòm tenèb la, e Li te transfere nou nan wayòm a Fis byeneme Li a. 14 Nan Li menm nou gen redanmsyon, ak padon pou peche yo.
-
1 “Mwen se vre pye rezen an, epi se Papa M ki okipe pye rezen an. 2 Chak branch nan Mwen ki pa pote fwi, Li retire. E chak branch ki pote fwi, li taye pou l pote plis fwi.
3 “Nou deja pwòp akoz pawòl ke Mwen te pale a nou an. 4 Rete nan Mwen, e Mwen nan nou. Kon branch lan pa kapab pote fwi pou kont li, sof ke li rete nan pye rezen an, ni nou pa kapab, sof ke nou rete nan Mwen.
5 “Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen.
-
12 Se pa ke m rive la deja oubyen ke m vin pafè deja, men mwen ap pouse pi rèd pou m kapab rive sou pèfeksyon sa a ki te fè Kris Jésus mete men l sou mwen an.
13 Frè m yo, mwen pa gade tèt mwen kòm youn ki rive sou li deja, men yon sèl bagay ke m fè; se bliye sa ki dèyè e lonje pa devan pou sa k ap vini an, 14 mwen pouse rive vè objektif la, pou m genyen pri wo apèl Bondyenan Kris Jésus a.
-
18 Pa kite pèsòn kontinye prive nou de prim nou an pa riz fo imilite ak adorasyon zanj yo, ki baze pozisyon li sou vizyon yo li te fè, ki anfle san rezon ak ògèy pa panse chanèl li, 19 ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.
20 Si nou te mouri avèk Kris a prensip de baz mond yo, poukisa, kòmsi nou t ap viv nan mond lan, nou soumèt nou a kalite dekrè konsa, kòm 21 “Pa manyen, pa goute, pa touche!” 22 (Ki tout fè referans a bagay ki fèt pou peri pandan y ap sèvi yo)—an akò avèk kòmandman ak enstriksyon a lòm yo? 23 Bagay sa yo ki gen, asireman, aparans a sajès nan kwayans relijye ki fèt pou kont li, avèk imilyasyon de li menm, ak move tretman kò a, men ki pa gen okenn valè kont plezi lachè a.
-
14 Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.
20 Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, 21 a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.
-
17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, 18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. 19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras. 20 Men nou pa t aprann Kris nan fason sa a, 21 si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus. 22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, 23 epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, 24 pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.
25 Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt. 26 “Vin fache, e malgre sa, pa peche”; pa kite solèy la kouche pandan nou fache a, 27 epi pa bay Dyab la opòtinite. 28 Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo. 29 Pa kite okenn vye mo sal sòti nan bouch nou, men sèlman kalite mo ki bon pou edifikasyon selon bezwen moman an, pou li kapab bay gras a sila ki tande l yo. 30 Pa atriste Lespri Sen Bondye ki te sele nou pou jou redanmsyon an. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.
-
1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.
4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.
8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile. 9 Paske nou konnen yon ti pati e nou pwofetize yon ti pati; 10 men lè sa ki pafè a vini, sa ki poko konplè a va disparèt. 11 Lè m te timoun, mwen te konn pale tankou yon timoun, panse tankou yon timoun, rezone tankou yon timoun. Lè m te vin gran, mwen te kite bagay timoun yo. 12 Paske koulye a nou wè twoub, konsi nan yon glas, men answit nou va wè fasafas. Koulye a m konnen yon ti pati, men answit, mwen va konnen tout bagay menm jan ke Bondye konnen tout bagay de mwen an. 13 Men koulye a, lafwa, lesperans, ak lanmou; rete twa bagay sa yo. Men pi gran nan bagay sa yo, se lanmou.
-
15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.
-
1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
-
20 Frè m yo pa fè tankou timoun nan jan nou reflechi. Nan sa ki mal la rete inosan tankou tibebe, men nan jan nou panse, reflechi tankou granmoun.
-
15 Pou rezon sa a, mwen menm tou lè mwen te tande de lafwa nan Senyè a Jésus Kri nou an, ki egziste pami nou ak lanmou nou pou tout sen yo, 16 m pa janm sispann bay remèsiman pou nou menm, pandan m ap nonmen non nou nan lapriyè 17 ke Bondye a Senyè nou an Jésus Kri, Papa laglwa a, kapab bannou yon lespri sajès ak revelasyon nan konesans a Li menm. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an. 22 Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la, 23 ki se kò Li, yon prezantasyon konplè de Li menm ki konplete tout bagay nèt.
-
Liv I
1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy
mechan yo
ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.
Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
3 Li va tankou yon pyebwa ki plante
bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.
Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.
-
31 Li te pale yon lòt parabòl a yo menm. Li te di: “Wayòm syèl la tankou yon grenn moutad ke yon nonm te pran pou simen nan jaden li. 32 Malgre grenn sa a pi piti pase tout lòt grenn yo, lè li vin grandi, li pi gran pase tout lòt plant nan jaden an, e te vin fè yon pyebwa kote tout zwazo ki vole anlè vin fè nich nan branch li yo.”
33 Li pale yon lòt parabòl a yo menm konsa: “Wayòm syèl la tankou ledven ke yon fanm te pran pou sere nan twa mezi farin jiskaske tout vin leve.”
-
51 Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L te gade tout bagay sa yo nan kè l.
52 Epi Jésus te kontinye grandi nan sajès, ak wotè, epi nan gras avèk Bondye e avèk lèzòm.
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè.
-
13 Men nou p ap vante tèt nou plis ke mezi nou, men nan domèn kote Bondye te chwazi nou kòm yon mezi, pou menm rive kote nou ye a. 14 Paske nou p ap lonje depase kapasite nou menm, kòmsi li pa t rive bò kote nou, paske nou te premye pou vini jis rive kote ou nan levanjil Kris la. 15 Nou p ap vante tèt nou depase mezi pa nou, kòmsi, nan zèv a lòt moun, men avèk espwa ke pandan lafwa nou ap grandi, nou va, nan mezi nou, agrandi menm plis akoz nou menm. 16 Konsa nou ka preche levanjil menm nan zòn pi lwen nou yo, e pa vante tèt nou nan travay ki te fèt nan landwa a yon lòt. 17 Men “Sila k ap vante tèt li a, kite li vante tèt li nan Senyè a.” 18 Paske se pa sila ki rekòmande tèt li a ki apwouve, men se sila ki rekòmande pa Bondye a.
-
4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
-
1 Konsa, si nou te leve avèk Kris, chache bagay anwo yo, kote Kris la ye a, chita sou men dwat Bondye a. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye. 4 Lè Kris, ki se lavi nou an, vin revele, alò, nou osi va revele avèk Li nan laglwa.
5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. 7 Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo. 8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou. 9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li. 11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.
12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.
14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
-
11 Preskri e enstwi bagay sa yo.
12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.
13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.
14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.
15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.
-
4 Lè yon gran foul t ap rasanble, e sila yo ki sòti nan plizyè vil t ap vwayaje rive kote Li, Li te pale nan yon parabòl: 5 “Semè a te sòti pou simen semans li; e pandan li t ap simen, kèk te tonbe akote wout la; epi yo te vin foule anba pye, e zwazo anlè yo te manje yo. 6 Lòt semans te tonbe nan tè plen wòch, e pandan yo t ap grandi, yo te fennen akoz ke li pa t gen dlo. 7 Lòt semans te tonbe pami pikan; epi pikan yo te grandi avè l, e te trangle yo. 8 Lòt semans te tonbe nan bon tè, te grandi, e te pwodwi yon rekòlt san fwa pi gran.”
Pandan Li t ap di bagay sa yo, Li t ap rele fò: “Sila ki gen zòrèy pou tande, kite l tande.”
9 Disip Li yo te kòmanse poze L kesyon sou sa ke parabòl sa a ta kapab vle di.
10 Li te di: “A nou menm li pèmi pou konnen mistè a wayòm Bondye a, men pou lòt yo, li fèt an parabòl, dekwa ke nangade, yo vin pa wè, e nan tande, pou yo pa konprann.
11 “Alò, parabòl la se sa: Semans lan se pawòl Bondye a.
12 “Sila yo akote wout la se sila yo ki te tande; epi dyab la vin rache pawòl la nan kè yo, pou yo pa kwè e vin sove.
13 “Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.
14 “Semans ki te tonbe pami pikan yo se sila yo ki te tande, epi pandan yo ap fè wout yo, yo vin trangle avèk pwoblèm pa yo ak richès a vi sa a. Konsa yo pa pote fwi ki vin mi.
15 “Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.
-
12 Épaphras, ki se youn nan nou, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, voye salitasyon bannou. Li ap toujou batay rèd pou nou nan priyè li yo, pou nou kapab kanpe konplè e byen asire nan tout volonte Bondye a.
-
11 Koulye a, ke Bondye e Papa nou an Li Menm, ak Jésus, Senyè nou an, dirije chemen nou anvè ou menm. 12 Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an. 13 Pou Li kapab etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.
-
5 Donk legliz yo t ap ranfòse nan lafwa, e yo t ap grandi an nonb chak jou.
-
13 Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv. 14 Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye.
-
1 Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:
2 pou konnen sajès avèk enstriksyon,
Pou dekouvri pawòl bon konprann yo,
3 Pou resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès,
ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;
4 Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.
5 Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li
e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,
6 Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk devinèt yo.
7 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;
sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.
-
33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”
-
7 Pawòl Bondye a te kontinye gaye, e kantite disip yo te kontinye ogmante anpil nan Jérusalem, e yon gran nonb pami prèt yo t ap vin obeyisan a lafwa a.
-
1 Alò nou menm ki fò, nou dwe sipòte feblès sila ki san fòs yo, e se pa sèlman fè pwòp tèt nou plezi. 2 Ke chak en de nou fè kè vwazen nou alèz pou l ka jwenn tout sa ki bon, k ap fè l plen konfyans. 3 Paske menm Kris pa t fè tèt li plezi, menm jan sa ekri a: “Repwòch de sila ki te repwoche ou yo te tonbe sou Mwen.” 4 Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa. 5 Koulye a mwen priye, pou menm Bondye ki bay pèseverans ak ankourajman an kapab fè nou gen menm panse, youn avèk lòt atravè Jésus Kris: 6 Pouke nan tout akò pou nou kapab avèk yon sèl vwa bay glwa a Bondye, Papa a Senyè nou an, Jésus Kri.
7 Konsa aksepte youn lòt, menm jan ke Kris osi te aksepte nou pou laglwa Bondye a.
-
1 Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.
-
5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:
“Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,
ni vin febli lè nou korije pa Li;
6 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,
e Li fwete tout fis ke L resevwa.”
7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.
9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.
11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.
-
18 “Pou sa, tande parabòl moun ki t ap simen an. 19 Lè nenpòt moun tande pawòl wayòm nan e li pa konprann li, mechan an (Satan) vini rache sa ki te plante nan kè li a. Sa se grenn ki te simen akote wout la. 20 Sa ki te simen nan wòch yo se moun ki tande pawòl la e imedyatman li resevwa l avèk jwa; 21 men li pa gen rasin pou kont li, e li dire sèlman pou yon moman. Lè gen afliksyon avèk pèsekisyon akoz pawòl la, byen vit li chite. 22 Epi sila ki te simen pami pikan yo se moun ki tande pawòl la, men tout pwoblèm mond sa a, avèk sediksyon richès yo toufe pawòl la, e li pa donnen fwi. 23 Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”
-
18 Konsa Li t ap di: “A kisa wayòm Bondye a sanble, e a kilès Mwen kapab konpare li? 19 Se tankou yon grenn moutad ke yon mesye te ale jete nan pwòp jaden li. Li te grandi e li te vin tounen yon pyebwa, epi zwazo anlè yo te vin fè nich nan branch li.”
20 Ankò Li te di: “A kilès pou M ta konpare wayòm syèl la? 21 Se tankou ledven ke yon fanm te pran e mete nan twa mezi farin jiskaske tout te vin leve.”
-
4 Men anpil nan sila yo ki te tande mesaj la te kwè, e fòs kantite moun ki te kwè yo te vini toupre senk-mil.
-
14 Konsa, anpil kwayan nan non Senyè a, yon fòs kantite gason avèk fi t ap ajoute tout tan pami yo.
-
22 Men Saul te kontinye ap vin pi fò, e t ap konfonn Jwif ki te rete Damas yo avèk prèv ke Jésus sila a se Kris la.
-
31 Donk legliz la nan tout Juda, Galilée, ak Samarie te vin gen lapè, e te vin fò. Yo te kontinye nan lakrent Senyè a, ak rekonfò Lespri Sen an, e te kontinye grandi.
-
21 Men la a Senyè a te avèk yo, e yon gran kantite ki te kwè te vire vè Senyè a.
-
1 Nan Icone yo te antre nan sinagòg a Jwif yo ansanm, e yo te pale nan yon jan ki te fè yon gran foul, ni Jwif, ni Grèk kwè.
-
9 Paske nou rejwi lè nou fèb e ou menm vin gen fòs. Se pou sa n ap priye; ke ou kapab vin konplè.
-
16 Men onz disip yo te fè wout yo pou Galilée, vè mòn ke Jésus te dezinye a. 17 Lè yo te wè Li, yo te adore Li; men kèk te doute.
18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”
-
17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.
-
5 Fè prèv tèt nou pou wè si nou nan lafwa. Egzamine tèt nou! Oubyen èske nou pa rekonèt sa nan ou menm, ke Jésus Kri nan nou—-amwenske anfèt nou ta echwe nan tès la? 6 Men mwen gen konfyans ke ou va vin reyalize ke nou menm, nou pa echwe nan tès la.
7 Koulye a, n ap priye Bondye pou ou pa fè okenn mal; se pa pou nou kapab parèt kòmsi nou vin apwouve, men pou ou kapab fè sa ki bon, menmsi li sanble nou pa apwouve.
-
14 Sa se konfyans ke nou gen devan Li; ke si nou mande nenpòt bagay selon volonte L, Li tande nou. 15 Epi si nou konnen ke Li tande nou nan nenpòt sa nou mande, nou konnen ke nou resevwa sa ke nou te mande de Li a.
-
20 Men nou, byeneme yo an nou bati sou lafwa ki sen pase tout; epi priye nan Lespri Sen an. 21 Kenbe nou menm nan lanmou Bondye, epi toujou tann swayezman pou mizerikòd a Senyè nou an, Jésus Kri anvè lavi etènèl.
Shows Read in context, Share and Copy.