77 Bible Verses About Hard Work

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Hard Work
  1. 22 Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a. 23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 24 Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.

  2. 6 Ale kote foumi, o parese.

    Veye abitid li yo e vin saj!

    7 Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,

    8 konn prepare manje li nan gran sezon an

    e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.

    9 Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese?

    Se kilè ou va leve soti nan dòmi?

    10 Yon ti dòmi, yon ti somèy,

    yon ti pliye men ou yo pou repoze;

    11 mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon,

    e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.

  3. 6 Alò, nou kòmande nou, frè yo, nan non Senyè nou an, Jésus Kris, pou nou rete lwen de tout frè ki mennen yon vi san prensip e ki pa an akò avèk tradisyon ke nou te resevwa de nou menm yo.

    7 Paske nou menm, nou konnen jan nou ta dwe swiv egzanp nou an, paske nou pa t aji nan yon fason dezòd pami nou. 8 Ni nou pa t manje pen a lòt moun san peye pou li, men avèk travay ak difikilte, nou te kontinye travay lajounen kou lannwit pou nou te kab pa vini yon chaj lou pou okenn nan nou. 9 Se pa paske nou pa gen dwa sa a, men pou nou te kab ofri tèt nou kòm yon modèl pou nou, pou nou ta kapab swiv egzanp nou an.

    10 Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis. 11 Paske nou tande ke kèk pami nou ap mennen yon vi dezòd, ke yo pa travay menm, men k ap aji kòm antre bouch yo nan zafè a lòt moun. 12 Alò, moun konsa yo, nou kòmande e egzòte nan Senyè a, Jésus Kri, pou yo travay nan yon jan ki kalm pou manje pwòp pen pa yo.

  4. 1 Konsa, ou menm, fis mwen an se pou ou dyanm nan gras ki nan Kris Jésus a. 2 Bagay ke ou te tande de mwen nan prezans a anpil temwen yo, konfye yo a moun ki fidèl, ki kapab osi enstwi lòt yo.

    3 Soufri difikilte avèk mwen, tankou yon bon sòlda a Kris Jésus. 4 Nanpwen sòlda an sèvis ki mele tèt li nan zafè lavi kotidyèn, pou li kapab fè plezi a sila ki te enskri li kòm sòlda a.

    5 Osi, si yon moun nan konpetisyon nan spò, li p ap genyen pri a amwenske li fè konpetisyon an selon règ yo.

    6 Kiltivatè ki travay di a ta dwe premye pou resevwa pòsyon pa l nan rekòlt la.

    7 Konsidere sa ke m di a, paske Senyè a va ba ou bon konprann nan tout bagay.

    8 Sonje Jésus Kri leve soti nan lanmò, desandan a David la, selon levanjil mwen an. 9 Pou li menm, mwen soufri difikilte, menm anprizone kòm yon kriminèl; men pawòl Bondye a pa anprizone. 10 Pou rezon sa a, mwen andire tout bagay, pou koz a sila ki te chwazi yo, pou yo kapab osi vin jwenn sali ki nan Kris Jésus a e avèk li, laglwa etènèl.

    11 “Sa se yon vre pawòl:

    Paske si nou te mouri avèk Li,

    nou va osi viv avèk Li.

    12 Si nou andire,

    nou va osi renye avèk Li.

    Si nou rejte Li,

    Li tou va rejte nou.

    13 Si nou pa fidèl

    Li rete fidèl;

    paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.”

  5. 23 Nan tout travay gen pwofi;

    men pale anpil mennen nan povrete.

    24 Kouwòn saj yo se richès yo;

    men betiz moun ensanse se foli yo.

  6. 9 Alò, jan pou lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt. 10 Paske, vrèman nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou, 11 epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an. 12 Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.

  7. 4 Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn;

    men nanm a moun dilijan an vin gra.

  8. 15 Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.

  9. 24 Men a dilijan yo va kòmande;

    men parese a va fè kòve.

  10. 4 Malere se sila ki travay ak men lach;

    men lamen moun dilijan an, anrichi.

    5 Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an,

    se yon fis ki aji ak sajès;

    men sila ki dòmi nan lè rekòlt la,

    fè gwo wont.

  11. 10 Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.

  12. 11 Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen;

    men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.

  13. 31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.

  14. 4 Men chak moun dwe egzamine pwòp zèv pa li, epi konsa li va gen rezon pou vante tèt li pou sa ke li menm fè, e pa pou sa yon lòt moun fè. 5 Paske chak moun va pote pwòp chaj pa l.

    6 Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.

    7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige. 10 Alò pandan nou gen tan an, annou fè byen ak tout moun, e sitou a sila ki nan fanmi lafwa yo.

  15. 3 Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a,

    e plan ou yo va etabli.

  16. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  17. 58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.

  18. 5 Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm, 6 pa sèlman devan zye, kòmsi pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a. 7 Avèk bòn volonte, rann sèvis tankou a Senyè a, e pa a lòm 8 nan konesans ke nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib.

    9 Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.

  19. 12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman. 13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.

    14 Fè tout bagay san plenyen ni diskite. 15 Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, 16 k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t kouri anven, ni travay anven. 17 Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon bwason k ap ofri kòm sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout.

    18 Nou menm tou, mwen egzòte nou, rejwi menm jan an, e pataje lajwa nou avè m.

  20. 30 Mwen te pase nan chan parese a;

    akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan.

    31 Epi gade byen, li te plen ak raje pikan,

    e kouvri ak move zèb,

    Miray an wòch la te fin kraze nèt.

    32 Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa;

    mwen te gade e m te resevwa enstriksyon.

    33 “Yon ti dòmi, yon ti somèy,

    yon ti pliye men pou repoze,”

    34 Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè;

    ak bezwen tankou yon bandi ak zam.

  21. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a, 12 rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè.

  22. 8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.

  23. 28 Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo.

  24. 17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  25. 2 “Mwen konnen zèv nou yo, travay di nou an, ak pèseverans nou, ke nou pa kapab tolere moun mechan, e nou te pase an eprèv sa yo ki rele tèt yo apòt, lè l pa t vrè, epi te twouve yo fo. 3 Nou gen pèseverans ak andirans pou koz a non Mwen, e nou pa t bouke.

  26. 9 Anplis, sila ki parese nan travay li a

    se frè a sila ki detwi a.

  27. 33 “Mwen pa janm anvi ni lajan, ni lò, ni rad a lòt moun. 34 Nou menm nou konnen ke men sa yo te sèvi a pwòp bezwen m yo ak mesye ki te avè m yo. 35 Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”

  28. 7 Nan tout bagay, montre tèt ou kòm yon egzanp a bon zèv. Lè ou enstwi, fè l avèk tout verite nan doktrin nan, konpòtman ki dign, ak yon bi verite ki pa konwonpi, 8 rezonab ak pawòl ki san repwòch, pou sila ki opoze yo kapab vin wont, pou yo pa gen anyen mal pou di sou nou.

  29. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

  30. 12 Konsa, nou redi di nan travay avèk pwòp men nou. Lè yo joure nou, nou beni yo. Lè nou pèsekite, nou sipòte sa. 13 Lè yo pale nou mal, nou eseye antann nou. Nou devni tankou fatra a mond lan, retay nan tout bagay, menm jiska koulye a.

  31. 17 Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou. 18 Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an. 19 Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”

  32. 16 Kite zèv Ou yo vin parèt a sèvitè Ou yo,

    akmajeste Ou a pitit yo.

    17 Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou,

    epi konfime pou nou menm, zèv men nou yo.

    Wi, konfime zèv men nou yo.

  33. 2 Lè ou manje nan fwi a men ou yo,

    ou va kontan e sa va ale byen pou ou.

  34. 5 Plan a dilijan an mennen byen si, vè avantaj;

    men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.

  35. 25 Se volonte a parese a ki fè l mouri,

    paske men li refize travay;

    26 Gen moun tout lajounen k ap anvi yon bagay,

    pandan moun dwat yo ap vèse bay san rete.

  36. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.

  37. 2 Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo. 3 Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a.

  38. 13 Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere;

    ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.

  39. 37 Paske anyen pa enposib avèk Bondye.”

  40. 8 Sonje jou Saba a pou kenbe l sen.

    9 Si jou nou va travay e nou va fè tout travay nou yo, 10 men setyèm jou a se yon jou Saba a SENYÈ a Bondye nou an. Ladan l ou pa pou fè okenn travay; ni ou menm, ni fis ou, ni fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèf ou, ni etranje ki demere avèk ou.

    11 Paske nan si jou, SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, lanmè a, ak tout sa ki gen ladann, e Li te repoze nan setyèm jou a. Konsa, SENYÈ a te beni jou Saba a, e te fè l sen.

  41. Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon.

    1 Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la,

    sila ki bati li yo, travay anven.

    Amwenske SENYÈ a veye pòtay la,

    gadyen an rete zye louvri anven.

    2 Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta,

    pou manje pen a travay di yo,

    paske se domi Li bay a moun li renmen.

  42. 1 Fis mwen an, pa bliye enstriksyon mwen an,

    men kite kè ou kenbe kòmandman Mwen yo;

    2 paske konsa, longè jou, ane lavi ak lapè yo

    va vin ogmante sou ou.

    3 Pa kite dousè ak verite kite ou.

    Mare yo antoure kou ou.

    Ekri yo sou tablo kè ou.

    4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon

    nan men Bondye a, ak moun.

    5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  43. 6 Men si nou aflije, se pou rekonfò ak sali de nou menm. Si nou rekonfòte, se pou rekonfò pa nou, ki efikas pou nou ka sipòte avèk pasyans, menm soufrans ke nou menm isit la ap soufri yo tou.

  44. 27 Sèlman, kondwi tèt nou nan yon fason ki dign de levanjil a Jésus Kri a, pou si mwen vini wè nou oubyen rete absan, mwen kapab tande ke nou kanpe fèm nan yon sèl espri, avèk yon sèl panse, nan lite ansanm pou lafwa a levanjil la,

  45. 9 Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout sajès lespri a ak bon konprann, 10 pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye, 11 ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa, 12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a.

  46. 4 Konsa, nou menm, nou pale avèk fyète de nou pami legliz a Bondye yo, pou pèseverans ak lafwa nou nan mitan tout pèsekisyon ak soufrans ke nou andire yo.

  47. 10 Alò, ou te swiv ansègnman mwen an, kondwit, bi, lafwa, pasyans lanmou, pèseverans 11 pèsekisyon, ak soufrans, jan sa te rive m Antioche, Icone ak Lystre la. A la pèsekisyon m te andire, e nan yo tout, Senyè a te delivre m!

  48. 36 Paske nou oblije andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab resevwa sa ki te pwomèt a nou an.

    37 “Paske nan yon tan ki kout,

    Sila ki ap vini an, va vini, e li p ap fè reta.

    38 Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa;

    e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”

  49. 1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2 ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.

    3 Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.

  50. 15 Parès va voye yon pwofon somèy sou moun,

    e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.

  51. 24 Nanpwen anyen pi bon pou yon nonm, ke manje, bwè, e di tèt li, ke travay li a bon. Sa a mwen konn wè tou, ke li sòti nan men Bondye.

  52. 18 Men sa mwen konn wè ki bon e ki pwòp pou moun fè a: manje, bwè e fè kè kontan nan tout travay ke li fè anba solèy la, pandan ti tan kout ke Bondye ba li a. Paske se sa ki rekonpans li. 19 Anplis, menm jan pou tout moun ke Bondye te bay richès ak byen yo, anplis Li te bay li kapasite pou manje ladann yo e rejwi nan travay li. Sa se don Bondye a. 20 Konsa, se pa souvan ke moun nan va konsidere ane lavi li yo, paske Bondye kenbe l okipe tout tan ak rejwisans kè li.

  53. 8 Paske se pa lagras ke nou sove atravè lafwa. E sa pa de nou menm, se kado a Bondye a. 9  Li pa pa mwayen de zèv yo, pou pèsòn pa kapab vante tèt li. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  54. 2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans.

  55. 12 ‘Obsève jou Saba a pou kenbe l sen, jan SENYÈ a Bondye nou an te kòmande nou an. 13 ‘Pandan sis jou, nou va travay pou fè tout zèv nou yo, 14 men setyèm jou a, se yon Saba a SENYÈ Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay, ni nou menm ni fis nou, ni fi nou, ni sèvitè nou, ni sèvant nou, ni bèf kabwèt nou, ni bourik nou, ni okenn nan bèf nou yo, ni etranje ki vin demere pami nou, pou sèvitè avèk sèvant lan kapab pran repo menm jan ak nou. 15 Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti la avèk yon men pwisan, e ak bra Li ki lonje. Pou sa, SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou pou obsève jou Saba a.

  56. 14 Nou pa pou oprime yon sèvitè k ap travay pou nou ki malere e ki nan nesesite, kit se yon sitwayen parèy nou, oswa youn nan etranje nou yo ki rete nan peyi nou nan vil nou yo. 15 Nou va ba li salè li nan jou li avan solèy la kouche. Paske li se malere, e espwa kè li sou sa; jis pou li pa kriye kont nou vè SENYÈ a, pou sa devni yon peche nan nou.

  57. 11 Richès ki sòti nan manti koule ale;

    men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.

  58. 13 Parese a di: “Gen yon lyon deyò a;

    m ap mouri nan lari!”

  59. 38 “Mwen te voye nou pou rekòlte kote nou pa t simen. Se lòt ki te travay, epi nou te antre nan travay yo.”

  60. 9 Paske nou sonje, frè yo travay ak difikilte nou. Jan nou te travay lannwit kou lajounen pou nou pa t yon chaj pou okenn nan nou. Konsa nou te pwoklame a nou menm levanjil a Bondye a.

  61. 15 Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.

  62. 30  Alò, Moïse te di a fis Israël yo: “Ou wè sa, SENYÈ a te rele Betsaléel, fis a Uri, fis a Hur, nan tribi Juda a. 31 Epi li te ranpli li avèk lespri Bondye a, nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo; 32 pou fè desen pou travay an lò ak ajan ak bwonz, 33 anplis nan koupe pyè bijou yo pou monti yo, e pou desen ki fèt an bwa ak tout kalite èv lespri moun.

    34 “Li te osi dedye kè l pou enstwi ni li menm, ni Oholiab, fis a Ahisamac la nan tribi Dan nan. 35 Li te ranpli yo avèk kapasite pou fè tout èv a yon gravè, yon desinatè, e yon moun ki fè bwodri avèk twal an ble an mov, an wouj, an twal fen blan, e yon tiseran, kòm atizan nan tout zèv ak fèzè desen.”

  63. 23 Lòm ale fè travay li.

    Li fè fòs jis lannwit rive.

  64. 26 Tankou vinèg anba dan ak lafimen nan zye;

    se konsa parese a ye pou sila ki voye li yo.

  65. 27 Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li,

    men pi presye nan sa yon nonm posede se dilijans.

  66. 4 Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;

    akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.

  67. 19 Epi se kilès ki konnen si li va saj, oswa moun fou? Malgre li va gen kontwòl sou tout fwi travay mwen. Pou sila mwen te fòse fè ak sajès yo, anba solèy la. Sa, anplis, se vanite.

    20 Pou sa, mwen te pèdi espwa nèt a tout fwi a zèv mwen pou sila mwen te travay anba solèy la. 21 Kote ki genyen yon nonm ki te travay ak sajès, konesans ak kapasite, alò, li va kite eritaj li a yon moun ki pa t travay pou yo. Sa osi se vanite ak yon gwo mal. 22 Paske se kisa ke yon nonm jwenn pou tout travay li, nan efò ke li te fòse fè anba solèy la? 23 Paske tout jou li yo, travay li plen ak doulè ak chagren; menm nan lannwit tèt li pa jwenn repo. Sa tou, se vanite.

  68. 4 Mwen konn wè tout zèv ak tout metye ki konn fèt, fèt akoz lanvi antre yon nonm ak vwazen li. Sa anplis se vanite ak fè lachas dèyè van.

    5 Moun ensanse a pliye men l e manje pwòp chè li. 6 Yon men plen repo se miyò ke de ponyèt plen travay k ap fè kòve dèyè van an.

    7 Konsa mwen te gade ankò sou vanite anba solèy la.

  69. 62 Men Jésus te di li: “Nenpòt moun ki mete men li sou cha a pou gade pa dèyè pa dign de wayòm Bondye a.”

  70. 24 Alò, mwen rejwi nan soufrans mwen yo pou koz a nou, e nan lachè m mwen fè pati pa m pou benefis kò Li a, ki se legliz la, pou ranpli sa ki manke nan soufrans lafliksyon a Kris yo. 25 Sou legliz sila a mwen te fèt kòm yon sèvitè selon jesyon Bondye a, ki te plase sou mwen pou benefis pa nou, pou m ta kapab vin akonpli predikasyon pawòl Bondye a, 26 ki se mistè ki te kache depi laj ak jenerasyon pase yo, men ki koulye a, manifeste a fidèl Li yo. 27 A yo menm Bondye te gen volonte pou fè konnen kisa ki se richès laglwa a mistè sila a pami pèp etranje yo, ki se Kris nan nou, esperans laglwa a. 28 Konsa nou pwoklame Li ak egzòtasyon chak moun, e enstwi chak moun ak tout sajès, pou nou kapab prezante chak moun konplè an Kris Jésus. 29 Pou rezon sila a osi, mwen travay, e mwen lite pa ajans Bondye, k ap travay avèk pwisans nan mwen an.

  71. 6 Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou mache nan Li. 7 Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plen avèk remèsiman an.

  72. 2 Nou bay remèsiman a Bondye tout tan pou nou tout e nonmen non nou nan lapriyè nou yo. 3 San rete nou sonje travay lafwa nou an, ak èv lanmou nou yo; jan nou te kenbe fèm nan esperans de Senyè nou an, Jésus Kri, devan prezans a Bondye, Papa nou.

  73. 16 Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.

  74. 7 Mwen mennen bon konba a, mwen fin fè kous la, mwen kenbe lafwa.

  75. 14 Moun pa nou yo dwe osi aprann angaje yo nan bon zèv pou satisfè bezwen imedya yo, pou yo pa manke bay fwi.

  76. 12  Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.

  77. 5 Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete konesans. 6 Sou konesans nou, mete bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete. 7 Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.

    8 Paske si kalite sa yo nan nou e ap ogmante, yo p ap rann nou ni initil, ni san fwi nan vre konesans Senyè nou an, Jésus Kri.