48 Bible Verses About Laziness
Bib Sen An (BSA)
-
6 Ale kote foumi, o parese.
Veye abitid li yo e vin saj!
7 Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,
8 konn prepare manje li nan gran sezon an
e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.
9 Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese?
Se kilè ou va leve soti nan dòmi?
10 Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men ou yo pou repoze;
11 mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon,
e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.
12 Yon sanzave, yon moun mechan
se sila ki mache ak yon bouch pèvès,
-
4 Malere se sila ki travay ak men lach;
men lamen moun dilijan an, anrichi.
5 Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an,
se yon fis ki aji ak sajès;
men sila ki dòmi nan lè rekòlt la,
fè gwo wont.
-
12 Èske ou wè yon moun ki saj nan pwòp zye li?
Gen plis espwa pou moun fou pase li menm.
13 Parese a di: “Gen yon lyon nan lari a!
Yon lyon nan plas la!”
14 Tankou pòt la vire sou gon li,
se konsa parese a sou kabann li.
15 Parese a fouye men l nan plato a;
men l twò fatige pou fè l ankò rive nan bouch li.
16 Parese a pi saj nan pwòp zye li
pase sèt moun ki kab reponn ak bon konprann.
-
7 Paske nou menm, nou konnen jan nou ta dwe swiv egzanp nou an, paske nou pa t aji nan yon fason dezòd pami nou. 8 Ni nou pa t manje pen a lòt moun san peye pou li, men avèk travay ak difikilte, nou te kontinye travay lajounen kou lannwit pou nou te kab pa vini yon chaj lou pou okenn nan nou. 9 Se pa paske nou pa gen dwa sa a, men pou nou te kab ofri tèt nou kòm yon modèl pou nou, pou nou ta kapab swiv egzanp nou an.
10 Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis. 11 Paske nou tande ke kèk pami nou ap mennen yon vi dezòd, ke yo pa travay menm, men k ap aji kòm antre bouch yo nan zafè a lòt moun. 12 Alò, moun konsa yo, nou kòmande e egzòte nan Senyè a, Jésus Kri, pou yo travay nan yon jan ki kalm pou manje pwòp pen pa yo.
-
17 Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.
-
24 Men a dilijan yo va kòmande;
men parese a va fè kòve.
-
4 Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn;
men nanm a moun dilijan an vin gra.
-
15 Parès va voye yon pwofon somèy sou moun,
e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.
-
4 Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;
akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.
-
22 Esklav yo, nan tout bagay, obeyi a sila ki mèt nou yo sou tè a, pa sèlman avèk yon sèvis ekstèn, jan sila ki sèlman fè moun plezi yo, men avèk yon kè sensè, nan lakrent Senyè a. 23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 24 Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.
-
10 Paske Bondye pa enjis pou Li ta bliye travay nou ak lanmou ke nou montre anvè non Li, ke nou te bay e kontinye ap bay a sen yo. 11 Nou dezire ke nou chak montre menm dilijans lan pou nou kapab gen yon espwa ranpli nan asirans konplè jiska lafen, 12 pou nou pa vin mou, men rete imitatè a sila ki, atravè lafwa ak tenasite, te vin eritye pwomès yo.
-
19 Wout a parese a se tankou yon ran pikan;
men pa a moun dwat la se yon gran chemen.
-
9 Anplis, sila ki parese nan travay li a
se frè a sila ki detwi a.
-
25 Se volonte a parese a ki fè l mouri,
paske men li refize travay;
26 Gen moun tout lajounen k ap anvi yon bagay,
pandan moun dwat yo ap vèse bay san rete.
-
30 Mwen te pase nan chan parese a;
akote chan rezen a nonm ki manke bon konprann nan.
31 Epi gade byen, li te plen ak raje pikan,
e kouvri ak move zèb,
Miray an wòch la te fin kraze nèt.
32 Lè m te wè, mwen te reflechi sou sa;
mwen te gade e m te resevwa enstriksyon.
33 “Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men pou repoze,”
34 Konsa mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vòlè;
ak bezwen tankou yon bandi ak zam.
-
27 Yon nonm parese pa menm boukannen bèt lachas li,
men pi presye nan sa yon nonm posede se dilijans.
-
24 “Konsa, sila osi ki te resevwa yon sèl talan an te vini e te di: ‘Mèt, mwen te byen konprann ke ou menm se te yon mèt ki di; ke ou rekòlte kote ou pa plante, e ranmase kote ou pa simen. 25 Epi mwen te krent, e te ale sere talan an nan tè. Gade byen, ou twouve sa ki pou ou a.’
26 “Men mèt li te reponn li e te di: ‘Esklav malveyan e parese! Ou te konnen ke mwen rekòlte kote mwen pa plante, e ranmase kote mwen pa simen. 27 Pou sa, ou te dwe mete kòb mwen an labank pou lè m rive mwen ta kapab resevwa l avèk enterè.
28 “Konsa, retire talan an nan men li, epi bay li a sila a ki gen dis talan yo. 29 Paske a sila a ki genyen an, l ap resevwa plis e l ap gen an abondans, men pou sila a ki pa genyen an, menm sa li genyen an ap retire nan men l. 30 Voye esklav initil sila a nan fon tenèb, nan plas kote ap genyen kriye ak manje dan.’
-
13 Men tout bagay vin vizib lè yo ekspoze pa limyè a, paske tout bagay ki vin vizib se limyè. 14 Pou rezon sa a Li di:
“Leve, sila k ap dòmi an,
Leve sòti nan lanmò
E Kris va klere sou ou.”
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye.
-
26 Tankou vinèg anba dan ak lafimen nan zye;
se konsa parese a ye pou sila ki voye li yo.
27 Lakrent SENYÈ a pwolonje lavi;
men lane mechan yo va kout.
-
8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.
-
15 Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.
-
18 Akoz parès ak neglijans, twati a vin pann,
e nan enpridans kay la vin koule.
-
10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a,
-
23 Nan tout travay gen pwofi;
men pale anpil mennen nan povrete.
-
5 Plan a dilijan an mennen byen si, vè avantaj;
men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
-
17 Men Li te reponn yo e te di: “Papa M ap travay jis koulye a, e Mwen menm ap travay tou.”
-
15 Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.
-
28 Sila ki vòlè a pa dwe vòlè ankò, men pito, fòk li travay, pou fè avèk pwòp men li sa ki bon, pou li kapab gen yon bagay pou pataje avèk sila ki gen bezwen yo.
-
11 Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen;
men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.
-
13 Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere;
ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.
-
13 Parese a di: “Gen yon lyon deyò a;
m ap mouri nan lari!”
-
10 Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.
-
4 Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay.
-
17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.
-
9 Alò, jan pou lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt. 10 Paske, vrèman nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou, 11 epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an. 12 Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.
-
25 Sila ki bay ak bon kè a va pwospere;
sila ki bay dlo a va jwenn dlo kont pou tèt li.
-
10 “Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.
-
24 Èske nou pa konnen ke nan sila yo ki kouri nan yon kous, yo tout kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a? Kouri yon jan pou nou kapab genyen.
25 Tout moun ki patisipe nan gran jwèt yo, egzèse disiplin nan tout bagay. Yo fè sa konsa pou resevwa yon pri k ap peri, men nou menm, pou yon pri ki p ap janm peri.
26 Konsa, mwen kouri yon jan ki pa manke gwo objektif. Mwen fè bòks yon jan pou m pa pèdi mak la.
27 Mwen disipline kò mwen pou fè l vin esklav mwen, sof ke petèt lè m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.
-
58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.
-
12 Youn nan yo, yon pwofèt de pèp yo menm te di: “Moun Crète yo se toujou mantè yo ye, bèt mechan, parese ki manje twòp”.
-
17 Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou. 18 Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an. 19 Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”
-
17 Ou pa pou fè anvi sou lakay vwazen ou; ou pa pou fè anvi sou madanm vwazen ou, ni sèvant li, ni sèvitè li, ni bèf li, ni bourik li, ni okenn bagay ki pou vwazen ou.
-
9 Yo te di: “Leve e annou monte kont yo; paske nou te wè peyi a e vwala, li trè bon. Epi ankò, èske w ap chita anplas toujou? Pa pèdi tan pou antre posede peyi a.
-
24 Parese a fouye men l nan plato a;
men li refize rale l rive nan bouch li.
-
24 Nanpwen anyen pi bon pou yon nonm, ke manje, bwè, e di tèt li, ke travay li a bon. Sa a mwen konn wè tou, ke li sòti nan men Bondye.
-
4 Mwen konn wè tout zèv ak tout metye ki konn fèt, fèt akoz lanvi antre yon nonm ak vwazen li. Sa anplis se vanite ak fè lachas dèyè van.
5 Moun ensanse a pliye men l e manje pwòp chè li. 6 Yon men plen repo se miyò ke de ponyèt plen travay k ap fè kòve dèyè van an.
7 Konsa mwen te gade ankò sou vanite anba solèy la. 8 Te gen yon sèten mesye san fanmi ki pa t genyen ni fis, ni frè. Sepandan, nan travay li, pa t gen repo menm. Anverite, zye li pa t janm satisfè ak richès, men li pa t janm konn mande: “Epi pou ki moun m ap travay e prive tèt mwen de plezi konsa?” Sa, anplis se vanite, e sa se yon kòve ki plen doulè.
-
49 “‘“Gade byen, sa se te koupabilite a sè ou a, Sodome: li menm ak fi li yo te gen awogans, anpil manje ak lavi alèz, men li pa t ede endijan ak malere yo.
-
9 Paske nou sonje, frè yo travay ak difikilte nou. Jan nou te travay lannwit kou lajounen pou nou pa t yon chaj pou okenn nan nou. Konsa nou te pwoklame a nou menm levanjil a Bondye a.
Shows Read in context, Share and Copy.