29 Bible Verses About Sleep
Bib Sen An (BSA)
-
8 Anpè, mwen va kouche pou dòmi,
paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.
-
Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon.
1 Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la,
sila ki bati li yo, travay anven.
Amwenske SENYÈ a veye pòtay la,
gadyen an rete zye louvri anven.
2 Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta,
pou manje pen a travay di yo,
paske se domi Li bay a moun li renmen.
-
2 Sekou m sòti nan SENYÈ a,
ki te fè syèl la ak tè a.
3 Li p ap kite pye ou chape.
Sila ki kenbe Israël la p ap kabicha, ni dòmi.
4 Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi.
5 SENYÈ a se gadyen ou.
SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.
6 Solèy p ap frape ou lajounen,
ni lalin pandan lannwit.
-
11 Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a. 12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout zèv tenèb yo, e abiye nou ak pwotèj limyè a. 13 Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi. 14 Men abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.
-
11 Sa, Li te di, epi apre sa, Li te di yo: “Zanmi nou Lazare gen tan tonbe nan dòmi. Men m ap prale pou M ka fè l leve nan dòmi.”
12 Konsa, disip Li yo te di L: “Senyè, si li tonbe nan dòmi, l ap refè.” 13 Alò Jésus t ap pale de lanmò Li, men yo te konprann ke Li t ap pale de yon vre dòmi.
14 Pou sa, Jésus te di yo byen klè: “Lazare gen tan mouri,
-
21 Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;
kenbe bon sajès ak bon konprann.
22 Konsa yo va lavi pou nanm ou
ak dekorasyon pou kou ou.
23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,
e pye ou p ap chape.
24 Lè ou kouche ou p ap pè;
kouche ou ak dòmi ou va byen dous.
25 Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman,
ni atak a mechan an lè l vini.
-
1 Alò, konsènan tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen. 2 Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. 3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.
4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. 5 Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. 6 Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. 7 Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo vin sou yo nan lannwit. 8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.
9 Paske Bondye pa t destine nou a lakòlè, men pou nou vin gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 10 Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.
11 Konsa, annou ankouraje youn lòt, e remonte youn lòt, jis jan n ap fè a.
-
3 Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen,
glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.
4 Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen;
Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan
5 Mwen te kouche e dòmi;
mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.
6 Mwen p ap pè menm dè milye de moun
ki ta pran pozisyon kont mwen de tout kote.
-
7 Nan premye jou nan semèn nan, lè nou te rasanble ansanm pou kase pen, Paul te kòmanse pale avèk yo. Li te gen entansyon pati nan pwochen jou a, e li te pwolonje mesaj li a jiska minwi. 8 Te gen anpil lanp nan chanm anlè kote nou te reyini ansanm nan.
9 Alò, te gen yon sèten jennonm ke yo te rele Eutychus, ki te chita nan rebò fenèt la, k t ap tonbe nan yon pwofon somèy.
Pandan Paul te kontinye ap pale, dòmi te vin pran l, e li te tonbe soti nan twazyèm etaj la, e yo te vin ranmase l mouri.
10 Men Paul te desann e te tonbe sou li, epi apre li fin anbrase l, li te di: “Pa twouble, paske lavi li nan li.” 11 Lè Paul te fin remonte e te fin kase pen pou manje, li te pale avèk yo pandan anpil tan jis rive nan granmmaten, e answit te pati. 12 Yo te pran jennonm nan ale tou vivan, e yo te byen rekonfòte.
-
28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
-
9 Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese?
Se kilè ou va leve soti nan dòmi?
10 Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men ou yo pou repoze;
11 mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon,
e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.
-
5 Answit, ouvriye bato yo te vin pè e yo chak te kriye a pwòp dye pa yo. Yo te vide chaj ki te nan bato a nan lanmè a pou te fè l pi lejè. Men Jonas te ale anba nan fon bato a, epi kote li te kouche a, li te tonbe dòmi. 6 Konsa, kapitèn bato a te pwoche li e te di: “Kòman fè w ap dòmi an? Leve rele dye pa ou a. Petèt dye ou a va fè pa nou pou nou pa peri.”
-
35 “Pou sa, rete vijilan. Paske nou pa konnen kilè mèt kay la ap parèt; si se nan aswè, a minwi, oubyen lè kòk la chante granmmaten; 36 sof ke li ta vini sibitman, e twouve nou nan dòmi. 37 E sa ke Mwen di nou an, Mwen di li a tout moun: “Rete vijilan!”
-
6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
-
20 Lòm nan te bay non a tout bèt domestik yo, a tout zwazo syèl yo, e a chak bèt chan, men pou lòm nan, pa t gen yon asistan sanblab ak li.
21 Alò, Senyè Bondye a te fè yon Pwofon somèy pran lòm nan, e li te dòmi. Konsa, li te pran youn nan zo kòt li yo, e te fèmen chè a nan plas li. 22 Senyè Bondye a te fòme yon fanm avèk kòt ke Li te pran nan lòm nan, e Li te pote li bay li.
-
14 Anverite, Bondye pale yon fwa, oswa de fwa,
men pèsòn pa okipe sa.
15 Nan yon rèv, yon vizyon nan nwit lan,
lè dòmi pwofon konn tonbe sou lòm,
pandan yo nan somèy sou kabann yo,
16 konsa, Li ouvri zòrèy a lòm
e mete so sou enstriksyon yo,
17 pou Li kapab vire lòm pou chanje kondwit li
e anpeche li fè ògèy.
18 Konsa, Li pwoteje nanm li pou l pa rive nan fòs la
e lavi li pou l pa lantre nan Sejou Lanmò a.
-
14 Pou rezon sa a Li di:
“Leve, sila k ap dòmi an,
Leve sòti nan lanmò
E Kris va klere sou ou.”
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move.
-
13 Pa renmen dòmi, sinon ou va vin malere;
ouvri zye ou e ou va satisfè ak manje.
-
22 Nan youn nan jou sa yo, Li te monte avèk disip Li yo nan yon kannòt. Li te di yo: “Annou pase pa lòtbò lak la.” Yo te pati.
23 Men pandan yo t ap ale sou vwal a, Li te tonbe nan dòmi. Epi yon gwo van te vin desann sou lak la, e yo te kòmanse inonde e te vin an danje.
24 Yo te vini a Jésus e yo te fè L leve. Yo te di: “Mèt, Mèt, n ap peri!”
Lè L vin leve, Li te reprimande van an avèk gwo lam lanmè yo, e yo te sispann. Konsa, tan an te vin kalm.
25 Li te di yo: “Kote lafwa nou ye?”
Yo te ranpli avèk lakrent. Yo te etone, e te di youn lòt: “Alò, kilès nonm sa ye ki kòmande menm van avèk dlo a, e yo obeyi a?”
-
6 Nan menm nwit lan lè Hérode te prèt pou mennen l devan l, Pierre t ap dòmi antre de sòlda. Li te byen anchene avèk de chenn, e jandam yo devan pòt la t ap veye prizon an.
7 Epi vwala yon zanj Senyè a te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: “Leve vit!”
Konsa, chenn yo te tonbe kite men l.
-
15 Parès va voye yon pwofon somèy sou moun,
e yon nonm ki pa travay, va soufri grangou.
-
5 Konsa, pandan jennonm nan t ap pran reta, yo tout te vin fatige, e dòmi te pran yo.
-
36 Konsa, Jésus te vini avèk yo nan yon plas yo rele Gethsémané. Li te di a disip Li yo: “Chita isit la pandan Mwen prale lòtbò a pou priye.”
37 Li te pran avè L Pierre, avèk de fis Zébédée yo, epi Li te kòmanse ranpli avèk gwo doulè ak tristès. 38 Konsa Li te di yo: “Nanm Mwen jis nan fon Mwen tris, jiskaske rive nan pwent pou mouri. Rete isit la pou veye avè M”. 39 Li te ale yon ti jan pi lwen; Li te tonbe sou figi Li, e te priye konsa: “Papa M, si se posib, kite tas sila a chape de Mwen menm; men pa jan Mwen menm ta vle l la, men jan volonte pa W la.”
40 Li te vin vire vè disip Li yo e te twouve yo t ap dòmi. Li te di a Pierre: “Konsa, nou pa t kapab veye avè M pandan yon sèl èdtan? 41 Veye byen e priye pou nou pa antre nan tantasyon. Lespri a byen dispoze, men chè a fèb.”
-
1 Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.
2 Mwen va di a SENYÈ a:
“Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.
Se nan Li mwen mete konfyans!”
3 Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,
ak ravaj gwo maladi yo.
4 Li va kouvri ou ak plim Li yo.
Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.
Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.
5 Ou p ap pè laperèz lannwit, ni flèch k ap vole lajounen,
6 ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,
ni destriksyon ki devaste a midi.
7 Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou,
ak di mil sou men agoch ou,
men sa p ap pwoche ou.
8 Ou va sèlman gade avèk zye ou pou
wè rekonpans a mechan yo.
9 Paske ou te fè SENYÈ a, vin sekou ou,
menm Pi Wo a, kote pou ou rete.
10 Nanpwen mal k ap rive ou,
Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.
-
12 Dòmi a ouvriye a dous, kit li manje piti oswa anpil; men vant plen a moun rich la p ap kite l dòmi.
-
33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”
-
3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,
Ou va kenbe nan lapè pafè,
akoz li gen konfyans nan Ou.
4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,
paske nan BONDYE SENYÈ a,
nou gen yon Wòch etènèl.
-
25 Paske Mwen rafrechi chak nanm ki fatige ak tout moun ki pèdi fòs yo.”
26 Nan moman sa a, mwen te reveye nan dòmi, e mwen te gade; dòmi an te tèlman dous pou mwen.
-
16 Li te vin rive ke lè li te toumante li chak jou avèk pawòl li yo e te bourade li, ke nanm li te vin twouble jiska lanmò. 17 Konsa, li te fè l konnen tout sa ki te nan kè li e li te di li: “Yon razwa pa t janm vini nan tèt mwen; paske mwen se te yon Nazareyen a Bondye soti nan vant manman m. Si cheve m vin taye; alò, fòs mwen an va kite mwen e mwen va devni tankou nenpòt lòt gason.”
18 Lè Delila te wè ke li te di li tout sa ki te nan kè li, li te rele prens a Filisten yo e li te di yo: “Vini yon fwa ankò; paske li fin di mwen tout sa ki te nan kè li.” Epi prens a Filisten yo te vin kote li, e yo te pote lajan pou li a nan men yo. 19 Li te fè li dòmi sou jenou li, li te rele yon mesye pou te fè l pase razwa retire tout sèt très cheve li yo. Alò, li te kòmanse aflije li e fòs li a te vin kite l. 20 Li te di: “Men Filisten yo sou ou, Samson!”
Li te leve soti nan dòmi li, e te di: “Mwen va sòti tankou lòt fwa yo e souke kò m pou m vin lib.” Men li pa t konnen ke SENYÈ a te gen tan kite li. 21 Alò, Filisten yo te sezi li. Yo te kreve rete zye li, epi yo te mennen li Gaza. Yo te mare l avèk chenn fèt an bwonz ki te konn vire moulen nan prizon an.
Shows Read in context, Share and Copy.