84 Bible Verses About Morning

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Morning
  1. 2 Koute bri kri sekou mwen yo,

    Wa mwen e Bondye mwen.

    Pou Ou menm, mwen ap priye.

    3 Nan maten O SENYÈ, Ou va tande vwa mwen.

    Nan maten mwen va vèse bay Ou lapriyè mwen yo.

    M aptann, m ap veye.

    4 Paske Ou se pa yon Bondye ki gen plezi nan mechanste.

    Nanpwen mal ki rete avèk Ou.

    5 Sila ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou.

    Ou rayi tout sila ki fè inikite yo.

    6 Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo.

    SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san,

    ki twonpe moun.

    7 Men pou mwen, pa gran lanmou

    dous Ou a mwen va antre lakay Ou.

    Nan tanp sen Ou an mwen va pwostène

    mwen nèt an adorasyon.

    8 O SENYÈ, mennen m nan ladwati Ou akoz lènmi mwen yo.

    Fè chemen Ou dwat devan mwen.

  2. 21 Men sa mwen sonje nan tèt mwen;

    pou sa, mwen gen espwa.

    22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,

    paske mizerikòd Li p ap janm manke.

    23 Yo renouvle chak maten.

    Gran se fidelite Ou.

    24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.”

    Se sa nanm mwen di m.

    Konsa, mwen mete espwa m nan Li.

  3. Yon Sòm; yon chan nan Dedikasyon Kay La; Yon Sòm David

    1 Mwen va leve Ou wo, O SENYÈ, paske Ou te leve mwen.

    Ou pa t kite lènmi m yo rejwi sou mwen.

    2 O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm,

    e Ou te geri mwen.

    3 O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo.

    Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.

    4 Chante lwanj a SENYÈ a, nou menm ki fidèl Li yo.

    Bay remèsiman a sen non Li.

    5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman,

    men Bonte Li se pou tout tan.

    Kriye a kapab dire pou nwit lan,

    men kri lajwa a vin parèt nan maten.

  4. 8 Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten,

    paske mwen mete konfyans mwen nan Ou.

    Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a,

    paske se a Ou ke mwen leve nanm mwen.

    9 Delivre mwen, O SENYÈ, de lènmi mwen yo.

    Mwen kache nan Ou.

    10 Enstwi mwen pou fè volonte Ou,

    paske se Ou menm ki Bondye mwen.

    Lespri Ou bon.

    Kondwi mwen sou tèren ladwati a.

  5. 16 “Mwen, Jésus, te voye zanj Mwen an pou temwaye a ou menm bagay sa yo pou legliz yo. Mwen se rasin ak ras David la, zetwal briyan nan maten an.”

  6. 35 Nan granmmaten, pandan li te toujou fènwa, Li te leve e te ale deyò nan yon kote izole kote li t ap priye.

    36 Konsa, Simon avèk sila ki te avè l yo t ap chèche Li. 37 Yo te twouve li, e te di L: “Tout moun ap chèche Ou”.

    38 Li te di yo: “Annou ale yon lòt kote nan vil ki toupre yo pou M kab preche la tou, paske se pou sa ke M te vini.” 39  Li te ale nan sinagòg yo toupatou nan tout Galilée, e Li t ap preche, e chase move lespri yo.

  7. 16 Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou.

    Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten.

    Paske Ou te toujou sitadèl mwen,

    yon pwotèj nan jou gran twoub mwen an.

    17 A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm.

    Paske Bondye se sitadèl mwen,

    Bondye ki montre mwen lanmou dous la.

  8. 12 Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo,

    pou nou kab ofri Ou yon kè ki plen sajès.

    13 Lache, O SENYÈ!

    Konbyen tan sa va ye?

    Pran sa akè pou kòz sèvitè ou yo!

    14 O fè nou satisfè nan maten avèk lanmou dous Ou a,

    pou nou kab chante ak jwa e fè kè kontan pandan tout jou nou yo.

    15 Fè nou rejwi pou menm kantite jou ke Ou te aflije nou yo,

    tout ane ke nou te wè mal yo.

    16 Kite zèv Ou yo vin parèt a sèvitè Ou yo,

    akmajeste Ou a pitit yo.

    17 Kite favè SENYÈ a, Bondye nou an, vini sou nou,

    epi konfime pou nou menm, zèv men nou yo.

    Wi, konfime zèv men nou yo.

  9. 76 Epi ou menm pitit, ou va rele

    pwofèt a Pi Wo a;

    paske ou va ale devan Senyè a,

    pou prepare chemen Li an;

    77 pou bay pèp Li a konesans a sali a,

    pou padon peche pa yo.

    78 Akoz de mizerikòd byen dous a Bondye nou an,

    k ap fè Solèy ki leve soti anwo a vin vizite nou.

    79 Pou briye sou sila ki chita nan tenèb yo

    ak nan lonbraj lanmò a,

    pou gide pye nou nan chemen lapè a.

    80 Pitit la te kontinye grandi, e te vin fò nan lespri. Konsa, li te viv nan dezè yo jis jou li te parèt piblikman an Israël.

  10. 12 “Èske pandan tout vi ou, ou te pase lòd pou maten rive,

    e fè solèy granmaten an konnen plas li,

    13 pou l ta kenbe mechan yo sou pwent latè

    e souke l nèt pou yo sòti ladann?

  11. 26 “Sila ki venkè a, e sila ki kenbe zèv Mwen yo jiska lafen an, a li menm Mwen va bay otorite sou nasyon yo. 27 Li va gouvène yo avèk yon baton fè, tankou veso ajil ki vin kraze an mòso, jan Mwen menm te resevwa otorite soti nan Papa M nan; 28 epi Mwen va ba li zetwal maten an.

  12. 1 Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a. 2 Latè te san fòm e vid, epi tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.

    3 Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè. 4 Bondye te wè ke limyè a te bon. Bondye te separe limyè a avèk tenèb la. 5 Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Konsa, te gen aswè, ak maten, yon jou.

  13. 19 Konsa, nou gen pawòl pwofesi yo fèt pi asire. A sila nou dwe prete atansyon an tankou se yon lanp k ap klere yon kote ki fènwa, jiskaske bajou kase e zetwal granmmaten an leve nan kè nou.

    20 Men konnen sa davans, ke nanpwen pwofesi nan lekriti sen an ki sijè a pwòp entèpretasyon prive.

  14. 13 Men anvè Ou, O SENYÈ, mwen te kriye.

    Nan maten, lapriyè mwen vini devan Ou.

  15. 4 “Kote ou te ye lè M te poze fondasyon mond lan?

    Pale si ou gen bon konprann,

    5 Se kilès ki te etabli mezi li? Konsi ou konnen?

    Oswa se kilès ki te lonje lign sou li?

    6 Sou kilès baz li yo te fonse?

    Oswa se kilès ki te poze ang prensipal li a,

    7 lè zetwal maten yo te chante ansanm,

    e tout fis Bondye yo te rele fò ak gran jwa?

  16. 24 Sa se jou ke SENYÈ a te fè.

    Annou rejwi nou e fè kè kontan ladann.

  17. 4 Senyè a te ban Mwen lang a sa yo ki enstwi yo,

    pou M ka konnen jan pou bay pawòl soutyen a sila ki fatige.

    Li fè M leve maten apre maten,

    Li fè zòrèy Mwen leve pou koute kon yon disip.

    5 SENYÈ a te ouvri zòrèy Mwen.

    Mwen pa t rebèl, ni Mwen pa t fè bak.

  18. 3 Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te sele bourik li, e li te pran de nan jennonm sèvitè li yo avè l, ansanm avèk Isaac, fis li a. Konsa, yo te fann bwa pou ofrann brile a, e yo te leve ale nan plas kote Bondye te di li a.

  19. 16 Alò, Jacob te leve nan dòmi an, e li te di: “Anverite SENYÈ a nan plas sila a, e mwen pa t konnen.” 17 Li te pè, e li te di: “Alò, A la etonan plas sa a etonan! Sila a pa lòt ke lakay Bondye, e sa se pòtay Syèl la.”

    18 Konsa, Jacob te leve bonè nan maten. Li te pran wòch ke li te plase anba tèt li a, e li te etabli li tankou yon pilye. Li te vide lwil sou tèt pilye a. 19 Li te rele plas sa a Béthel, men oparavan non a vil sa a se te Luz.

  20. 8 Sila ki rete jis nan dènye pwent latè yo

    kanpe byen etone a mèvèy Ou yo.

    Ou fè maten avèk aswè kriye ak jwa.

  21. 147 Mwen leve avan solèy leve pou kriye pou sekou.

    Mwen ap tann pawòl Ou yo.

  22. 5 Mwen tann SENYÈ a.

    Nanm mwen ap tann e nan pawòl Li,

    mwen mete espwa m.

    6 Nanm mwen ap tann SENYÈ a plis

    pase gadyen k ap tann maten rive a.

    Anverite, plis pase gadyen k ap tann maten rive a.

    7 O Israël, mete espwa nan SENYÈ a.

    Paske kote SENYÈ a ye, gen mizerikòd.

    Avèk Li, gen redanmsyon an abondans.

    8 Li va fè redanmsyon Israël de tout inikite Li yo.

  23. 38 “Alò, se sa ke ou va ofri sou lotèl la: de jèn mouton avèk laj de zan, chak jou san rete. 39 Premye jèn mouton an, ou va ofri li nan maten e lòt jèn mouton an, ou va ofri li nan aswè lè l fenk kòmanse fènwa; 40 epi va genyen yon dizyèm efa (22 lit) farin fen, mele avè l yon ka in (22 lit) nan lwil ki bat, ak yon ka nan in (22 lit) diven kòm yon ofrann bwason avèk yon jèn mouton.

  24. 6 Simen semans ou nan maten an;

    ni pa gaspiye tan nan aswè.

    Paske ou pa janm konnen si se nan maten

    oswa nan aswè semans lan ap reyisi;

    ni si se pa tou de k ap bon.

  25. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.

    31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?

  26. 8 Bondye te rele gran espas la syèl. Epi te gen aswè, e te gen maten, yon dezyèm jou.

  27. 27 Alò, Abraham te leve granmmaten. Li te ale nan plas kote li te kanpe devan SENYÈ a, 28 epi li te gade anba vè Sodome avèk Gomorrhe, vè tout tèren nan vale a. Li te wè, e gade byen, lafimen te monte tankou lafimen ki sòti nan founo.

  28. 13 Li te vin rive nan pwochen jou a ke Moïse te chita pou jije pèp la, e pèp la te kanpe antoure Moïse soti nan maten pou rive jis aswè.

    14 Alò, lè bòpè Moïse la te wè tout sa ke li te fè pou pèp la, li te di: “Kisa ke w ap fè pou pèp la konsa la a? Poukisa ou chita ou sèl ou tankou jij, e tout pèp la kanpe antoure ou soti nan maten, rive jis aswè?”

  29. 4 Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm?

    Kisa pou M fè ak ou, O Juda?

    Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten,

    tankou farinay ki disparèt bonè.

  30. 1 Farizyen ak Sadiseyen yo te vin kote Jésus pou sonde L. Yo te mande Li pou bay yo yon sign ki sòti nan syèl la.

    2 Men Li te reponn yo: “Lè se nan aswè, nou di ‘l ap fè bon tan, paske syèl la wouj’. 3 Epi nan maten, ‘pral gen yon tanpèt jodi a, paske syèl la wouj e menasan.’ Ipokrit! Nou konn kalkile aparans syèl la, men nou pa konn disène sign nan tan sila yo? 4 Yon jenerasyon mechan e adiltè ap chache yon sign, men yo p ap resevwa l, eksepte sign ki pou Jonas la.” Konsa, Li te sòti kite yo.

  31. 2 Alò, prepare ou pou maten an pou monte nan Mòn Sinaï, e prezante ou menm la devan Mwen, sou tèt mòn nan. 3 Nanpwen pèsòn ki pou monte avèk ou, ni pa kite pèsòn vizib nan okenn andwa sou mòn nan. Menm bann mouton yo ak twoupo yo p ap pou manje devan mòn sa a.”

    4 Konsa, Moïse te koupe de tablèt an wòch tankou sa ki te fèt avan yo. Li te leve granmmaten pou monte sou Mòn Sinaï a, jan SENYÈ a te kòmande li a. Li te pran de tablo an wòch yo nan men l.

  32. 1 Alò, sila yo se dènye pawòl a David yo.

    David, fis a Jesse a deklare,

    Mesye ki te leve anwo a deklare,

    Sila ki onksyone pa Bondye a Jacob la,

    Chantè dous Israël la,

    2 Nan mwen, Lespri SENYÈ a te pale,

    Pawòl pa Li te sou lang mwen.

    3 Bondye a Israël la te di,

    Wòch Israël la te pale mwen,

    Sila ki renye sou lèzòm avèk ladwati Li a,

    ki renye avèk lakrent Bondye yo,

    4 Se tankou limyè maten lè solèy la leve,

    Yon maten san nwaj, lè zèb tounèf

    Vin sòti nan tè a nan solèy apre lapli.

    5 Vrèman, se pa konsa lakay mwen ye avèk Bondye?

    Paske Li te fè yon akò k ap dire nèt avè m,

    An lòd nan tout bagay e byen solid.

    Pou tout sali mwen avèk tout dezi mwen,

    èske, anverite, Li p ap fè l grandi?

    6 Men sanzave yo, yo chak va pouse

    jete deyò tankou raje pikan.

    Konsa, pèsòn p ap kab pran yo an men.

    7 Men nonm nan ki touche yo,

    dwe ame avèk fè ak shaf lans.

    Kèlkeswa, yo va vin brile nèt avèk dife,

    nan plas kote yo ye a.

  33. 12 Kòman ou te tonbe soti nan syèl la, O zetwal granmmaten an! Ou te koupe ra tè; ou menm ki te detwi tout nasyon yo!

  34. 12 O lakay David, konsa pale SENYÈ a:

    ‘Aji ak jistis chak maten.

    Delivre moun ki te vòlè devan pouvwa a sila ki te oprime l la,

    pou gwo kòlè Mwen pa sòti deyò kon dife

    e brile yon jan pou okenn pa ka etenn,

    akoz mechanste a zak yo.

  35. 1 “Paske wayòm syèl la tankou yon mèt tè ki ale deyò granmmaten pou anplwaye ouvriye pou chan rezen li.

  36. 1 Lè Saba a te fini, Marie Magdala, avèk Marie, manman a Jacques, ak Salomé, te pote epis pou yo ta kab fè onksyon kò Li. 2 Epi trè bonè, nan premye jou semèn nan, yo te vini nan tonm nan lè solèy la t ap fenk leve. 3 E yo t ap di youn ak lòt: “Kilès k ap woule wòch la sòti nan antre tonm nan pou nou?”

    4 Nan gade anlè, yo te wè ke wòch la te deja gen tan woule sòti, malgre ke li te byen gwo. 5 Epi lè yo te antre nan tonm nan, yo te wè yon jennonm ki te chita sou bò dwat, abiye ak yon vètman blan, epi yo te sezi.

    6 Li te di yo: “Pa sezi, nou ap chache Jésus, Nazareyen ki te krisifye a. Li leve. Li pa isit la. Gade, la se plas kote yo te mete L la. 7 Men ale, pale disip Li yo, ansanm avèk Pierre; L ap prale devan nou Galilée. La nou va wè Li jan ke Li te di nou an.”

    8 Yo te fè vit sove ale kite tonm nan, akoz tranbleman ak sezisman te gen tan pran yo. Yo pa t di anyen a pèsòn, paske yo te krent.

  37. 26 Konsa, yo te pran bèf ki te bay a yo menm nan, yo te prepare li e te rele non Baal la soti nan maten jis rive midi e yo t ap di: “O Baal, reponn nou.” Men pa t gen vwa e okenn moun pa t reponn. Epi yo te toutotou lotèl ke yo te fè a.

  38. Yon Sòm. Yon chan pou jou Saba a

    1 Li bon pou bay lwanj a SENYÈ a,

    pou chante lwanj a non Ou, O Pi Wo a,

    2 pou deklare lanmou dous Ou nan maten

    avèk fidelite Ou nan lannwit,

    3 avèk lenstriman a kòd e avèk ap,

    avèk mizik ki retanti sou lir.

  39. 2 O SENYÈ, fè nou gras. Nou t ap tann Ou.

    Sèvi kon fòs pa nou chak maten,

    delivrans pa nou nan tan gwo twoub.

  40. 1 Josué te leve bonè nan maten. Li menm avèk tout fis Israël yo te kite Sittim pou te rive nan Jourdain an, e yo te fè kan avan yo te travèse.

  41. 4 Men lè yo te leve bonè granmmaten, vwala, Dagon te tonbe atè sou figi li devan lach SENYÈ a. Konsa, tèt Dagon an avèk toude pla men l te koupe atè sou papòt la; se sèl twòn kò Dagon an ki te rete sou li.

  42. 4 Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;

    enstwi m nan chemen Ou yo.

    5 Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen,

    Paske se Ou menm ki Bondye delivrans mwen;

    se Ou m ap tann tout lajounen.

  43. 7 Kè m kanpe fèm, O Bondye,

    kè m fèm.

    Mwen va chante, wi mwen va chante lwanj!

    8 Leve, glwa mwen! Leve ap avèk gita!

    Mwen va fè maten vin leve.

    9 Mwen va bay Ou remèsiman, O SENYÈ, pami pèp yo.

    Mwen va chante lwanj ou pami nasyon yo.

    10 Paske lanmou dous Ou a gran jis rive nan syèl yo,

    epi verite Ou jis rive nan nwaj yo.

  44. 2 Gran maten a Li te vini ankò nan tanp lan, e tout pèp la t ap vin kote Li. E Li te chita, pou kòmanse enstwi yo.

  45. 8 Konsa, Abimélec te leve granmmaten. Li te rele tout sèvitè li yo, e te di tout bagay sa yo pou yo tande. Mesye sa yo te gen gwo laperèz.

  46. 25 Nan maten, gade byen, li vin parèt ke se te Léa! Konsa, li te di a Laban: “Kisa sa ou te fè m la a?

    “Èske se pa pou Rachel ke m te sèvi ou a? Poukisa ou fè m desepsyon sila a?”

  47. 55 Granmmaten, Laban te leve. Li te bo fis li yo ak fi li yo, e li te beni yo. Alò, Laban te retounen nan plas li.

  48. 20 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten, e prezante ou devan Farawon, pandan l ap sòti nan dlo a, e di li: ‘Se konsa ke SENYÈ a pale: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.’”

  49. 13 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Leve granmmaten e kanpe devan Farawon pou di li: ‘Konsa pale SENYÈ a, Bondye a Ebre yo: Kite pèp Mwen an ale, pou yo kapab sèvi Mwen.

  50. 13 “‘“Epi ou va founi yon mouton yon lane, san defo pou yon ofrann brile a SENYÈ a chak jou; chak maten, ou va founi li. 14 Anplis, ou va founi yon ofrann sereyal ak li chak maten, yon sizyèm efa ak yon tyè mezi lwil pou mouye farin fen an, yon ofrann sereyal a SENYÈ a tout tan selon yon òdonans ki p ap janm fini oubyen chanje. 15 Konsa, yo va founi yon ofrann sereyal ak li chak maten, kon yon ofrann brile ki va fèt tout tan.”

  51. 34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”

  52. 1 Alò, lè maten vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò.

  53. 23 Lè yo te fikse yon jou pou Paul, yo te vini kote lojman li an an gran nonb. Li t ap eksplike yo nan temwayaj klè e konplè de wayòm Bondye a ak nan eseye fè yo kwè konsènan Jésus, soti nan Lalwa Moïse la ak nan pwofèt yo depi granmmaten jis rive nan aswè. 24 Kèk te vin kwè akoz bagay ki te pale yo, men lòt yo te refize kwè. 25 Lè yo pa t dakò youn avèk lòt, yo te kòmanse pati lè Paul te fin pale dènye pawòl sila a: “Lespri Sen an te gen rezon lè l te pale atravè Ésaïe, pwofèt a zansèt nou yo, 26 Lè l te di:

    ‘Ale nan pèp sa epi di:

    “Nou va toujou tande,

    men nou p ap konprann.

    Nou va toujou gade,

    men nou p ap wè anyen.

    27 Paske kè a moun sa yo vin di.

    Zòrèy pa yo, yo manke tande.

    E yo fèmen zye yo;

    otreman pou yo ta wè avèk zye yo,

    tande avèk zòrèy yo,

    konprann avèk kè yo,

    e retounen, pou Mwen ta geri yo.’

  54. 13 Te gen aswè, ak maten, yon twazyèm jou.

  55. 19 Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.

  56. 8 Alò, nan maten lespri li te vin twouble, e li te voye rele tout majisyen an Égypte yo, ak tout moun saj li yo. Konsa, Farawon te eksplike yo rèv li yo, men pa t gen pèsòn ki te kapab entèprete yo pou Farawon.

  57. 15 Ale kote Farawon nan maten. Gade byen, l ap antre nan dlo. Plase ou menm pou rankontre li arebò lariviyè Nil lan. Ou va pran nan men ou baton ki te vin tounen sèpan an.

  58. 7 Nan maten, nou va wè glwa SENYÈ a, paske Li tande plent nou yo kont SENYÈ a. Epi kisa nou ye pou nou ta plenyen kont nou?”

    8 Moïse te di: “Sa va vin rive lè SENYÈ a bannou vyann pou nou manje nan aswè, ak pen jiskaske nou vin satisfè nan maten. Paske SENYÈ a tande plent ke nou fè kont Li. Epi kisa nou ye? Plent nou yo pa kont nou, men kont SENYÈ a.”

  59. 21 Nan tant rankont lan, deyò tapi a, ki avan temwayaj la, Aaron avèk fis li yo va kenbe li an lòd depi nan aswè rive jiska maten devan SENYÈ a: li va yon règleman jis pou tout tan, pou tout jenerasyon pa yo, pou fis Israël yo.”

  60. 21 Si, pafwa nwaj la te rete soti nan aswè pou jis rive nan maten, lè nwaj la te leve nan maten, yo te deplase; oswa, si li te rete nan lajounen ak lannwit, nenpòt lè ke nwaj la te leve a, yo te vin pati.

  61. 10 Alò, Josué te leve bonè nan maten, e li te rasanble pèp la, epi li te monte avèk ansyen Israël yo devan pèp la pou ale Aï. 11 Tout moun lagè ki te avèk li yo te monte vin toupre. Yo te rive devan vil la, e te fè kan an sou akote nò toupre Aï a. Koulye a te gen yon vale antre yo menm avèk Aï. 12 Li te pran anviwon senk mil mesye, e li te plase yo an anbiskad antre Béthel avèk Aï nan kote lwès vil la. 13 Konsa, yo te pozisyone moun yo, tout lame ki te nan kote nò vil la ak gad an aryè nan kote lwès vil la. Josué te antre pandan nwit sa a nan mitan vale a.

    14 Li te vin rive ke lè wa Aï a te wè sa, mesye lavil yo te kouri leve bonè pou sòti rankontre Israël nan batay la, li menm avèk tout pèp li a nan plas chwazi a devan plèn dezè a. Men li pa t konnen ke te gen yon anbiskad kont li dèyè vil la.

  62. 5 Lè jou a fèt yo te fini, Job ta voye konsakre yo, nan leve granmmaten pou ofri ofrann brile selon fòs kantite a yo tout. Paske Job te di: “Petèt fis mwen yo te peche, e te modi Bondye nan kè yo.” Konsa Job te fè tout tan.

  63. 9 Kite zetwal lannwit li yo vin etenn.

    Kite li espere limyè, men pa twouve l.

    E kite li pa wè maten vin parèt,

  64. 17 Nan aswè, nan maten ak midi, mwen va plenyen e bougonnen.

    Li va tande vwa m.

    18 Li te rachte nanm mwen anpè,

    soti nan batay ki kont mwen an,

    malgre yo anpil, k ap lite avè m yo.

  65. 8 Konsa, limyè ou va pete kon granmmaten,

    e gerizon ou va vòltije vit devan ou.

    Ladwati ou va ale devan ou,

    e laglwa SENYÈ a va fè gad ou an aryè.

  66. 16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.

  67. 15 Lè maten an te rive, zanj yo te bourade Lot. Yo te di l: “Leve, pran madanm ou avèk de fis ou yo ki isit la, oswa ou va vin disparèt nan pinisyon vil la.”

  68. 31 Nan maten, yo te leve bonè. Yo te sèmante a youn lòt, epi Isaac te voye yo ale kite li anpè.

  69. 21 Yo te ranmase li chak jou, chak moun selon sa li ta dwe manje. Men lè solèy la te vin cho, li te vin fann.

  70. 3 Yo te resevwa de Moïse tout don ke fis Israël yo te pote pou fè travay la nan konstwi sanktyè a. Konsa, yo te toujou kontinye pote ofrann bòn volonte yo chak maten.

  71. 12 Dife sou lotèl la dwe kontinye brile sou li. Li pa pou tenyen, men prèt la va brile bwa sou li chak maten. Li va pozisyone ofrann brile a sou li, e ofri sou li nan lafimen pati grès ofrann lapè yo.

  72. 5 Li te pale avèk Koré ak tout konpanyen li yo. Li te di: “Demen maten, SENYÈ a va montre kilès ki apatyen ak Li e kilès ki sen, epi Li va fè moun sa a vin touprè Li. Menm sila ke Li chwazi a, Li va mennen li toupre Li menm.

  73. 21 Konsa, Balaam te leve nan maten. Li te mete yon sèl sou bourik li pou te ale avèk chèf Moab yo.

  74. 15 Alò, nan setyèm jou a, yo te leve bonè avan jou, e te mache antoure vil la menm jan an sèt fwa. Sèl nan jou sa a, yo te mache antoure vil la sèt fwa.

  75. 14 “Nan maten, alò, ou va vin toupre tribi ou yo. Epi li va fèt ke tribi ke SENYÈ a pran pa tiraj osò a va apwoche pa fanmi. Epi fanmi ke SENYÈ a pran an va apwoche pa kay yo. Epi kay ke SENYÈ a pran an va pwoche moun pa moun.

  76. 28 Lè mesye lavil yo te leve granmmaten, vwala, lotèl Baal la te kase, epi poto Astarté ki te akote li a te koupe, e dezyèm towo te gen tan ofri sou lotèl la ki te fin bati.

  77. 20 Alò, David te leve bonè nan maten e li te kite bann mouton an avèk yon jeran. Li te pran bagay yo e li te ale jan Jesse te kòmande li a. Epi li te antre nan kote kan an pandan lame a t ap sòti nan lòd batay la e li t ap koute kri gè a.

  78. 18 Lè li estène, li fè limyè vin parèt;

    e zye li tankou pòpyè zye nan maten.

  79. 10 Paske yon sèl jou nan lakou Ou a,

    pi bon pase mil jou deyò.

    Pito m te jeran pòt lakay Bondye mwen an,

    pase pou m ta abite nan tant a mechan yo.

    11 Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye.

    SENYÈ a va bay gras avèk glwa.

    Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.

  80. 11 Montre m chemen Ou an, O SENYÈ.

    Mwen va mache nan verite Ou.

    Fè kè m dispoze pou krent non Ou.

    12 Mwen va ba Ou remèsiman,

    O SENYÈ, Bondye mwen an, avèk tout kè m.

    Mwen va bay glwa a non Ou jis pou tout tan.

    13 Paske lanmou dous Ou anvè mwen gran,

    e Ou te delivre nanm mwen soti nan fon sejou lanmò yo.

  81. 5 SENYÈ a plen ladwati nan mitan li. Li p ap fè okenn enjistis. Chak maten Li fè jistis pa li vin parèt nan limyè. Li pa janm pa reyisi, men moun enjis yo pa gen wont menm.

  82. 18 Lè jounen an te rive, se pa ti kras tenten ki te genyen pami sòlda yo sou sa ki te rive Pierre a.

  83. 12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout zèv tenèb yo, e abiye nou ak pwotèj limyè a.

  84. 13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.