46 Bible Verses About Happiness
Bib Sen An (BSA)
-
4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.
-
8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.
Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.
9 Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.
Anplis, chè m va toujou pwoteje.
10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen
nan sejou mò yo;
ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.
11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a.
Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.
Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.
-
12 Byeneme yo, pa vin etone de eprèv cho kap brile nan mitan nou an, ki parèt sou nou kòm yon eprèv, kòmsi se kèk bagay etranj k ap rive nou. 13 Men nan menm degre ke nou pataje soufrans Kris la, kontinye rejwi nou, anfen ke nan revelasyon laglwa Li, nou kapab rejwi nou avèk gwo lajwa. 14 Si yo pale mal de nou pou non a Kris la nou beni, paske Lespri laglwa a, ak Lespri Bondye a rete sou nou. De pati de sa yo, non L blasfeme, men sou pati pa w Li resevwa glwa.
-
3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.
Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.
4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.
Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.
-
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.
-
13 A la beni nonm ki twouve sajès,
e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!
14 Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan,
e pwofi li pi bon ke lò fen.
15 Li pi presye pase bijou;
e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li.
Nan men goch li se richès ak lonè.
17 Chemen li yo byen dous,
e tout pa li yo se lapè.
18 Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo,
e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
-
12 Kite fis nou yo nan jenès yo parèt tankou plant ki fin grandi,
e fi nou yo tankou pilye taye ki pou ta anbeli yon palè wayal.
13 Kite depo nou yo toujou plen, nan bay tout kalite pwodwi.
Kite twoupo nou yo pwodwi dè milye e dè di milye nan chan nou yo.
14 Kite bèf nou yo ka pote gwo chaj.
Pou nou pa gen kase kay, ni kouri kite, e
nanpwen moun k ap rele “anmwey” nan lari nou yo.
15 A la beni pèp ki ranje konsa beni!
A la beni pèp ki gen Bondye pou SENYÈ yo beni.
-
2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.
-
9 Fè rejwisans lavi ou ak fanm ke ou renmen pandan tout jou kout lavi ou ke Li te bay ou anba solèy la. Paske sa se rekonpans ou nan lavi ak nan travay di ou konn fè anba solèy la. 10 Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.
-
2 Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.” 3 Akoz sa, plen ak jwa, nou va rale dlo nan sous sali yo. 4 Konsa, nan jou sa a, nou va di: “Bay remèsiman a SENYÈ a! Rele non Li! Fè konnen zèv Li yo pami pèp latè yo! Fè yo sonje ke non Li egzalte! 5 Louwe SENYÈ a ak chanson yo, paske Li te fè gwo bagay! Kite sa konnen sou tout latè! 6 Fè kri anlè e rele ak jwa, O nou menm ki rete Sion, paske gran nan mitan nou se Sila Ki Sen an Israël la!”
-
9 “Menm jan ke Papa a renmen M, Mwen renmen nou tou. Rete nan lanmou Mwen. 10 Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan lanmou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan lanmou pa Li a.
11 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou jwa M kapab nan nou, e ke jwa nou kapab konplete.
-
22 Yon kè kontan se bon remèd;
men yon lespri brize seche tout zo.
-
13 Kè ki gen lajwa fè figi moun rejwi;
men lè kè a tris, lespri a vin brize.
-
13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.
-
6 Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, 7 pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a. 8 Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa 9 ki fè kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.
-
Yon chan pou monte vè tanp lan.
1 A la beni se tout sila ki gen lakrent SENYÈ yo,
ki mache nan chemen Li yo.
2 Lè ou manje nan fwi a men ou yo,
ou va kontan e sa va ale byen pou ou.
-
16 Konsa, Li te bay yo yon parabòl: “Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil.”
17 “Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’
18 “Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo. 19 Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”
20 “Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’
-
1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
-
11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
-
5 “Lè yon nonm fenk pran yon madanm tounèf, li pa pou sòti avèk lame a, ni vin responsab okenn chaj. Li gen pou rete lib lakay li pandan 1 nan pou fè madanm ke li te pran an, gen kè kontan.
-
17 “Gade byen kijan nonm
ke Bondye bay chatiman an gen kè kontan.
Konsa, pa meprize disiplin Toupwisan an.
-
20 Li te leve zye L , vè disip Li yo, e te kòmanse di: “Beni se nou menm ki malere, paske wayòm Bondye a se pou nou.
21 “Beni se nou menm ki grangou koulye a, paske nou va satisfè. Beni se nou menm ki kriye koulye a, paske nou va ri.
22 “Beni se nou menm lè lèzòm rayi nou, izole nou, ensilte nou, e bafwe non nou kon mechan pou koz Fis a Lòm nan.
23 “Fè kè kontan nan jou sa a, e sote ponpe avèk jwa, paske, gade byen, rekonpans nou gran nan syèl la. Paske semenm jan an, zansèt pa yo te konn maltrete pwofèt yo.
-
26 Paske a yon nonm ki bon nan zye Bondye, Li te bay sajès, konesans ak lajwa; men a pechè a, Li te bay tach ranmase ak rasanble pou li kab bay a sila ki bon nan zye Bondye a. Sa anplis se vanite ak kouri dèyè van.
-
Pou direktè koral la; Yon sòm David
1 O SENYÈ, nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan.
Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!
2 Ou te bay li dezi a kè li,
ni Ou pa t refize demand a lèv li yo.
3 Paske Ou te vin rankontre Li avèk
benediksyon de tout bon bagay.
Ou te mete yon kouwòn sou tèt li.
4 Li te mande Ou lavi e Ou te bay li.
Yon vi ki long ak jou k ap dire
jis pou tout tan.
5 Glwa li gran nan sali pa Ou.
Onè ak majeste Ou te mete sou li.
6 Paske Ou te fè li beni pase tout moun, jis pou tout tan;
Ou te fè li plen ak lajwa avèk kè kontan nan prezans Ou.
-
13 Menm lè bouch ri, kè a ka gen doulè,
e lajwa kon fini nan tristès.
-
1 Finalman, frè m yo rejwi nou nan Senyè a! Pou m ekri menm bagay yo ankò pa yon pwoblèm pou mwen, e se yon pwotèj pou nou menm.
-
15 A la beni, pèp ki konnen son lajwa a beni!
O SENYÈ, yo mache nan limyè a vizaj Ou a.
16 Nan non Ou, yo rejwi tout lajounen,
e pa ladwati Ou, yo vin egzalte.
-
21 “Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon e fidèl sèvitè. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
-
52 Epi disip yo te kontinye ranpli avèk jwa, e avèk Lespri Sen an.
-
6 Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. 7 Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.
8 Si nou genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.
-
13 Epi Léa te di: “A la kontan mwen kontan! Pou sa, fanm yo va rele mwen kontan.” Epi li te nonmen li Aser.
-
9 Epi SENYÈ a, Bondye nou an, va fè nou vin pwospere anpil nan travay men nou, nan fwi zantray nou yo, nan pòtre a bèt nou yo ak nan pwodwi ki sòti nan tè yo; paske SENYÈ a va ankò rejwi de nou pou bonte nou, jis jan ke Li te rejwi de zansèt nou yo, 10 si nou obeyi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kenbe kòmandman Li yo ak lwa Li yo ki ekri nan liv lalwa sila a, si nou vire vè SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè ak nanm nou.
-
4 Konsa, mwen va ale vè lotèl Bondye a,
Bondye lajwa m ki depase limit lan.
Konsa, sou gita a, mwen va bay Ou lwanj,
O Bondye, Bondye mwen an.
5 Poukisa ou nan dezespwa, O nanm mwen?
E poukisa ou twouble anndan m?
Mete espwa ou nan Bondye!
Paske m ap louwe Li ankò:
O sove m, soutyen mwen an,
ak Bondye m.
-
24 Sa se jou ke SENYÈ a te fè.
Annou rejwi nou e fè kè kontan ladann.
-
2 Nan lè sa a, bouch nou te plen
ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa.
Konsa, yo te di pami nasyon yo:
“SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.”
-
10 Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a;
nanm mwen va rejwi anpil nan Bondye mwen an,
paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo.
Li te vlope m nan yon manto ladwati,
tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn;
e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.
-
10 Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la. 11 Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a.
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.
-
22 Lafwa ke ou genyen an, genyen li kòm pwòp konviksyon pa w devan Bondye. Beni se sila a ki pa kondane pwòp tèt li nan sa ke li apwouve. 23 Men sila ki doute a gen tan fin kondane si li manje, paske manje li a pa fèt ak lafwa; e nenpòt bagay ki pa fèt ak lafwa, se peche.
-
9 Paske ki remèsiman nou kapab bay Bondye anretou pou tout jwa ki fè nou rejwi devan Bondye akoz nou menm?
-
13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj.
-
8 Jan mesye pa ou yo beni! Beni se sèvitè ki kanpe devan ou yo tout tan pou tande sajès ou.
-
6 Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?”
SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!
7 Ou te mete lajwa nan kè m plis pase
lè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.
-
5 Sila ki simen ak dlo nan zye yo
Va rekòlte avèk gwo kri lajwa.
-
1 Mwen te di nan tèt mwen: “Vini koulye a, mwen va teste ou ak plezi. Pou sa, fè kè ou kontan.” Epi sa osi se te vanite.
-
19 Paske kilès ki esperans nou, oubyen lajwa nou, oubyen kouwòn egzaltasyon an? Èske se pa menm nou menm nan, nan prezans a Senyè nou an nan moman retou Li a. 20 Paske nou se laglwa ak lajwa nou.
Shows Read in context, Share and Copy.