63 Bible Verses About Being In Love

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Being In Love
  1. 1 Kantik A Kantik Yo, ki ekri pa Salomon.

    Jenn Fi a

    2 Kite l bo m ak bo bouch li!

    Paske lanmou ou bon pase diven.

    3 Lwil pafen ou yo santi bon.

    Non ou menm se tankou lwil kap vide;

    se pou sa ke tout vyèj yo renmen ou konsa.

    4 Rale m dèyè ou e annou kouri ansanm!

    Wa a mennen m nan chanm li yo.

    Lòt Yo

    “Nou va rejwi nan ou e fè kè kontan;

    nou va leve lanmou ou wo plis pase diven.

    Jenn Fi a

    Ak bon rezon, yo renmen ou konsa.”

    5 Mwen menm, mwen nwa; men mwen byen bèl,

    O fi a Jérusalem yo, tankou tant Kédar yo,

    tankou rido a Salomon yo.

    6 Pa gade mwen konsa akoz mwen nwa;

    solèy la brile m konsa.

    Fis a manman m yo te byen fache avè m;

    Yo te fè m gadyen chan rezen yo.

    Men pwòp jaden pa m nan vin neglije.

    7 Pale mwen, ou menm nan

    ke nanm mwen tèlman renmen;

    ki kote ou fè patiraj twoupo ou a?

    Ki kote ou konn fè l kouche a midi?

    Paske poukisa mwen ta tankou yon moun

    ki vwale figi li nan kote twoupo zanmi ou yo?

    Salomon

    8 Si ou menm, ou pa konnen,

    O pi bèl pami tout fanm yo;

    janbe swiv wout twoupo a,

    e fè patiraj pou jenn kabrit ou yo

    akote tant bèje ou yo.

  2. Lòt Yo

    5 Se ki fi sa a k ap monte sòti nan dezè a,

    k ap apiye sou cheri li a?”

    Jenn Fi a

    Anba pye pòm nan, mwen te fè ou leve;

    se la manman ou te gen doulè e te fè ou vin parèt.

    6 Mete mwen tankou yon so sou kè ou,

    tankou yon so sou bra ou.

    Paske lanmou gen fòs menm jan ak lanmò.

    Jalouzi sevè tankou Sejou mò yo;

    lè l pete se tankou dife k ap pete.

    Vrèman se flanm SENYÈ a.

    7 Anpil dlo p ap ka etenn lanmou,

    ni rivyè p ap ka inonde l.

    Menm si yon nonm ta bay tout richès lakay li pou lanmou,

    sa ta konplètman meprize.

    Frè Yo

    8 Nou gen yon ti sè e li pa gen tete menm;

    kisa n ap fè pou sè nou an nan jou ke yon moun

    ta vin pale pou l ta fiyanse avè l?

    9 Si ti fi a se yon mi, nou va bati yon ranpa fèt an ajan pou antoure l;

    men, si li se yon pòt, n ap fè yon barikad

    ak gwo planch bwa sèd.

    Jenn Fi a

    10 Mwen te yon miray e tete mwen te tankou fò yo;

    konsa, mwen te devni nan zye li kon yon moun ki jwenn lapè.

    11 Salomon te gen yon chan rezen nan Baal-Hamon;

    Li te bay jerans chan rezen an a gadyen yo.

    Yo chak te gen pou pote mil sik ajan pou fwi li yo.

    12 Pwòp chan rezen mwen an se devan m;

    mil sik ajan yo se pou ou, Salomon

    ak de-san pou sila ki okipe fwi li yo.

  3. Jenn Fi a

    1 Sou kabann mwen, pandan nwit lan,

    mwen te chache sila ke nanm mwen renmen an.

    Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.

    2 Koulye a fòk mwen leve mache toupatou nan vil la;

    nan ri yo ak nan plas yo.

    Fòk mwen chache sila ke nanm mwen renmen an.

    Mwen te chache l, men m pa t jwenn li.

    3 Gadyen ki fè tou vil la te twouve m.

    Mwen te mande l: “Èske ou konn wè

    sila ke nanm mwen renmen an?”

    4 Lè m fenk kite yo mwen te jwenn

    sila ke nanm mwen renmen an.

    Mwen te kenbe l, mwen te refize lage l

    jiskaske mwen mennen l rive lakay manman m,

    pou l antre nan chanm a sila ki te vin ansent mwen an.

    5 M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo,

    nan non antilòp ak bich mawon an,

    pou nou pa fè lanmou leve

    ni ouvri zye l jiskaske se plezi li.

  4. 6 Se kisa k ap monte kite dezè a

    tankou pilye lafimen yo,

    byen pafime ak fèy bazilik ak lansan,

    plen ak poud santi bon machann yo?

    7 Gade byen, se kanape vwayaj Salomon k ap monte;

    swasant òm pwisan kap antoure l,

    mesye pwisan Israël yo.

    8 Yo tout ki konn manyen nepe,

    ki fò nan afè lagè;

    chak mesye gen nepe l bò kote li,

    pou fè gad kont menas lannwit yo.

    9 Wa Salomon te fè pou kont li

    yon kanape vwayaj ak bwa Liban an.

    10 Li te fè pye li ak ajan e repo pou do a ak lò.

    Kote pou chita a fabrike ak twal mov,

    e tout anndan li byen dekore pa fi Jérusalem yo.

    11 Ale, O fi a Sion yo,

    e fikse byen Wa Salomon ak kouwòn sila a

    manman l te kouwone l nan jou fèt maryaj li,

    nan jou kè kontan li an.

  5. Salomon

    4 Ou bèl, cheri mwen an, tankou Thirtsa;

    bèl tankou Jérusalem,

    mèvèye tankou yon lame ak drapo yo.

    5 Vire zye ou! Pa gade m!

    Paske zye ou fè m egare.

    Cheve ou tankou yon bann kabrit k ap soti desann Galaad.

    6 Dan ou tankou yon bann mouton

    ki fenk monte sot benyen.

    Yo tout ki pòtre marasa.

    Nanpwen menm youn nan yo ki pèdi pitit.

    7 De bò figi ou tankou yon tranch grenad

    dèyè vwal ou.

    8 Genyen swasant rèn ak katre-ven konkibin,

    e jèn fi menm pa kab konte;

    9 Men toutrèl mwen an, parèy san parèy mwen an inik;

    li se sèl fi a manman li.

    Fi san tach a sila ki te pote li a.

    Jenn fi yo te wè l e te rele l beni;

    ni rèn ni konkibin yo.

    Yo te louwe l pou di:

    10 Kilès li ye ki grandi kon solèy leve a,

    bèl tankou plèn lin nan,

    san tach tankou solèy la,

    e mèvèye tankou yon lame ak tout drapo li a?

  6. 9 Epi bouch ou tankou meyè diven an, ki desann byen swa pou cheri mwen an,

    e koule dousman nan lèv a sila

    ki tonbe nan dòmi yo.

    Jenn Fi a

    10 Mwen pou cheri mwen an

    e dezi li se pou mwen.

    11 Vini, cheri mwen an!

    Annou pati ale nan chan yo

    e fè lojman nan ti vil yo.

    12 Annou leve bonè pou rive nan chan rezen yo;

    annou gade pou wè si chan rezen an

    gen tan boujonnen e flè li yo fin ouvri.

    Se la, m ap bay ou lanmou mwen an.

    13 Mandragò yo fin bay bèl odè;

    epi sou tout pòt nou yo se tout meyè fwi yo,

    ni nèf ni ansyen,

    ki te konsève pou ou, lanmou mwen an.

  7. 10 Cheri mwen an te reponn mwen

    e te di m: “Leve vini cheri mwen an,

    pi bèl mwen an.

    11 Paske gade, sezon fredi a fin pase,

    lapli fin pati nèt.

    12 Flè yo deja parèt nan peyi a;

    tan chante a fin rive!

    Vwa toutrèl la ap koute deja nan peyi a.

    13 Fwi pye fig etranje a fin mi,

    e chan rezen yo bay odè pafen.

    Leve vini, annou pati!”

    Salomon

    14 O toutrèl nan fant wòch mwen an,

    nan kote sekrè chemen ki monte apik,

    kite mwen wè figi ou, kite mwen tande vwa ou!

    Paske vwa ou dous e fòm ou bèl nèt.

    15 Kenbe rena yo pou nou,

    ti rena k ap detwi chan rezen yo,

    paske chan nou yo ap fè flè.

  8. 12 Yon jaden fèmen ak kle se sè mwen,

    fi a maryaj mwen;

    yon jaden wòch ki fèmen,

    yon fontèn dlo ki ansèkle.

    13 Boujon ou se yon chan kiltive ak pye grenad,

    ak fwi chwazi, pye jasmen ak ti bonm;

    14 ti bonm ak safran, sitwonèl ak kannèl,

    ak tout bwa lansan yo, lami ak lalwa,

    ansanm ak tout meyè kalite epis yo.

    15 Ou menm se yon sous jaden,

    yon pwi dlo fre ak ti ravin dlo k ap kouri soti Liban.

    Jenn Fi an

    16 Leve, o van nan nò a, e vini van nan sid!

    Fè jaden mwen respire ak souf bon odè;

    kite epis li yo vante gaye toupatou.

    Ke cheri mwen an vin nan jaden li an

    pou manje tout fwi chwa li yo.

  9. 4 Cheri mwen an te lonje men l pase nan twou pòt la.

    Tout santiman kè m te leve pou li.

    5 Mwen te leve pou ouvri pou cheri mwen an.

    Men m te degoute menm ak lami,

    e dwèt mwen ak dlo lami, sou manch boulon pòt lan.

    6 Mwen te ouvri a cheri mwen an,

    men cheri mwen an te vire kite pou l ale!

    Kè m te sòti lè l te pale a.

    Mwen te chache li, men mwen pa t jwenn li.

    Mwen te rele li, men li pa t reponn mwen.

    7 Gadyen ki te fè tou vil la te twouve mwen.

    Yo te bat mwen.

    Yo te blese mwen.

    Jandam sou miray la te retire gwo manto mwen an.

    8 “M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo,

    si nou jwenn cheri mwen an, konsa nou va di l;

    ke mwen malad ak lanmou.”

  10. Lòt yo

    1 “Kote cheri ou a te ale, o pi bèl pami fanm yo?

    Kote cheri ou a te vire, pou nou ka chache li ansanm avèk ou?”

    Jenn Fi a

    2 Cheri mwen an te desann nan jaden li an,

    nan kabann ki fèt ak fèy awomatik,

    pou fè patiraj twoupo li nan jaden yo,

    pou ranmase flè lis.

    3 Mwen pou cheri mwen an e cheri mwen pou mwen;

    sila ki fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.

  11. 11 Mwen te desann nan chan bwa nwa yo

    pou wè bwa vèt yo nan vale a;

    pou wè si chan rezen fin fè boujon,

    oswa grenad yo te fleri.

    12 Avan mwen te menm konnen,

    dezi m te plase mwen sou cha a pèp nòb mwen an.

    Lòt Yo

    13 Retounen, retounen, O Silamit lan;

    retounen, retounen, pou zye nou ka gade ou!

    Salomon

    Poukisa ou ta gade Silamit lan tankou se nan dans a de twoup koral?

  12. 1 O ke ou te tankou frè m,

    ki te souse nan tete a manman m.

    Si mwen te jwenn ou deyò, mwen ta bo ou;

    nonplis, pèsòn pa ta denonse m pou sa!

    2 Mwen ta mennen ou e fè ou antre

    lakay a manman m ki te konn enstwi mwen an.

    Mwen ta bay ou diven pafime ki sòti

    nan ji grenad mwen yo pou ou bwè.

    3 Kite men goch li rete anba tèt mwen

    e men dwat li anbrase m.

    4 “Mwen vle nou sèmante, o fi Jérusalem yo,

    pa fè lanmou a vin leve,

    ni ankouraje l jiskaske se plezi li.

  13. 29 Alò, Bondye te bay Salomon sajès avèk gran kapasite pou fè bon jijman, avèk entèlijans ki te vast tankou sab arebò lanmè. 30 Sajès a Salomon te depase sajès a tout fis a lès yo ak tout sajès an Égypte la. 31 Paske li te pi saj pase tout moun, pase Éthan, Ezrachit la, Héman, Calcol, avèk Darda, fis a Machol yo; epi repitasyon li te nan tout nasyon ki te antoure li yo. 32 Li te osi pale plis ke twa-mil pwovèb e chanson li yo te yon mil senk. 33 Li te pale konsènan pyebwa yo soti nan sèd ki Liban an, jis rive nan izòp ki grandi sou mi an. Li te pale osi de bèt ak zwazo avèk reptil ak pwason. 34 Moun te vini soti nan tout pèp yo pou tande sajès a Salomon, soti nan tout wa sou latè ki te tande afè sajès li a.

  14. 9 Pou mwen, cheri mwen an,

    ou tankou pi bèl poulich

    pami sa kap rale cha Farawon an.

    10 Bò figi ou byen bèl ak zanno,

    kou ou ak bèl kolye.

    Lòt Yo

    11 Nou va fè pou ou dekorasyon an lò

    anbeli ak pwent an ajan tou won.

    Jenn Fi a

    12 Pandan wa a te sou tab li,

    pafen mwen te rive kote l ak bèl odè.

    13 Sila ke m renmen an se yon pòch pafen;

    fèy bazilik ki pase tout nwit lan antre tete mwen.

    14 Cheri mwen an se yon grap flè jasmen

    byen plase nan chan rezen En-Guédi yo.

  15. 4 Li te mennen m nan gwo sal bankè li,

    e drapo li monte sou mwen an se lanmou.

    5 Ban m fòs ak gato rezen,

    rafrechi m ak pòm,

    akoz mwen malad ak lanmou.

  16. Jenn Fi a

    16 Cheri mwen an se pa m,

    e mwen se pa l.

    Li fè patiraj twoupo li pami flè lis yo.

    17 Jiskaske joune a vin fè fre

    lè lonbraj yo kouri ale;

    vire, cheri mwen an,

    fè tankou antilòp la, oswa jenn sèf sou mòn Bether a.

  17. Salomon

    1 A la ou bèl, cheri mwen an, a la ou bèl!

    Zye ou tankou toutrèl dèyè vwal ou;

    cheve ou tankou yon bann kabrit

    ki fin desann sòti Mòn Galaad.

    2 Dan ou tankou yon bann mouton

    ak lenn fenk taye ki sot benyen.

    Yo tout fè pòtre jimo yo,

    ni youn nan yo pa pèdi pitit li.

    3 Lèv ou tankou fisèl wouj

    e bouch ou tèlman bèl.

    De bò figi ou tankou yon tranch grenad dèyè vwal ou.

    4 Kou ou tankou fò David la,

    bati ak wòch byen ranje sou sila yo mete mil boukliye yo,

    tout boukliye won a mesye pwisan yo.

    5 De tete ou tankou de jèn ti antilòp;

    jimo manman k ap chache manje pami flè lis yo.

  18. 1 A la bèl pye ou bèl nan sandal yo, o pitit a nòb yo!

    O fi a prens lan!

    Koub kwis ou tankou bijou, zèv a yon vre atis.

    2 Lonbrit ou kon yon tas won ki pa janm manke diven mele;

    vant ou se yon bèl pakèt ble ankadre ak flè lis;

    3 De tete ou se de jenn pòtre a yon antilòp,

    jimo a yon antilòp.

    4 Kou ou se yon kou ivwa,

    zye ou tankou sous dlo nan Hesbon yo

    akote pòtay a Bath-Rabbim nan.

    Nen ou tankou tou Liban ki gade vè Damas la.

    5 Tèt ou kouwone ou tankou Mòn Carmel

    e très cheve tèt ou tankou fisèl mov.

    Wa a kaptire pa très ou yo.

    6 A la ou bèl e a la ou mèvèye,

    ak tout bèlte ou yo!

    7 Lè ou kanpe se tankou yon pye palmis

    e tete ou se grap li yo.

    8 Mwen te di: “Mwen va monte pye palmis lan,

    mwen va kenbe tij fwi li yo.”

    O ke tete ou yo kapab tankou grap

    ki pann sou chan rezen an,

    e bon odè a souf ou tankou pòm,

  19. 10 A la bèl lanmou ou bèl, sè mwen an,

    fi a maryaj mwen an!

    A la pi bon lanmou ou pi bon pase diven

    e bon odè a lwil ou depase tout kalite epis!

    11 Lèv ou, fi a maryaj mwen an, gen gou siwo myèl;

    siwo myèl ak lèt anba lang ou.

    Bon odè vètman ou tankou bon odè Liban an.

  20. Salomon

    13 O ou menm, ki chita nan jaden yo,

    ansanm ak zanmi mwen yo,

    kite m tande vwa ou.

    Jenn Fi a

    14 Annou pati, cheri mwen an!

    Fè tankou yon antilòp,

    oswa yon jenn sèf sou mòn ki plen epis yo.

  21. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  22. 1 Alò, Wa Salomon te renmen anpil fanm etranje ansanm avèk fi Farawon an: Moabit yo, Amonit yo, Edomit yo, Sidonyen yo ak fanm Etyen yo, 2 ki te soti nan nasyon de sila SENYÈ a te di a fis Israël yo, “Ou p ap asosye avèk yo, ni yo p ap asosye avè w; paske yo va anverite vire kè ou lwen apre dye pa yo.” Salomon te kenbe rèd a sila yo nan renmen an. 3 Li te gen sèt-san prensès kòm madanm, twa-san ti mennaj e madanm li yo te vire kè li lwen. 4 Paske lè Salomon te vin vye, madanm li yo te vire kè li lwen apre lòt dye yo. Epi kè li pa t konsakre nèt a SENYÈ a, Bondye pa li a, jan kè David, papa li te ye a.

  23. Jenn Fi a

    1 Mwen se flè Woz Saron an,

    flè Lis a vale yo.

    Salomon

    2 Tankou yon flè lis pami pikan yo,

    se konsa cheri mwen an ye

    pami tout jenn fi yo.

  24. 7 M ap avèti nou, O fi a Jérusalem yo,

    nan non antilòp ak bich mawon an,

    pou nou pa fè lanmou m leve,

    ni ouvri zye li jiskaske se plezi li.

  25. 4 Lanmou pasyan, lanmou dous; li pa jalou. Lanmou pa vante tèt li e li pa awogan. 5 Li pa aji malonètman, ni li pa chache pwòp enterè pa l. Li pa fè kòlè pa teni kont de mal li resevwa. 6 Li pa rejwi nan lenjistis, men rejwi nan verite a. 7 Li sipòte tout bagay, kwè tout bagay, espere tout bagay, andire tout bagay.

    8 Lanmou pa janm disparèt. Si gen don pwofesi, y ap vin disparèt. Si gen don lang, yo va fini. Si gen konesans, li va anile.

  26. 25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot. 28 Donk, mari yo dwe osi renmen pwòp madanm yo kon pwòp kò yo. Sila ki renmen madanm li renmen pwòp tèt li. 29 Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la. 30 Paske nou se manm a kò Li. 31 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite manman l ak papa l pou atache ak madanm li, epi yo de a va devni yon sèl chè.” 32 Mistè sa a gran, men m ap pale avèk referans a Kris ak legliz la. 33 Sepandan, se pou chak moun pami nou renmen madanm li kon pwòp tèt li, e madanm lan dwe respekte mari li.

  27. 12 Konsa, tankou sila ki te chwazi pa Bondye yo, ki sen ak byeneme, mete sou nou yon kè konpasyon, tandrès imilite, jantiyès, ak pasyans; 13 ki sipòte youn lòt e padone youn lòt. Nenpòt moun ki gen plent kont yon lòt; jis jan ke Senyè a te padone nou an, se menm jan an nou dwe fè l tou.

    14 Anplis de tout bagay sa yo, mete sou nou lanmou, ki se bon kòl pou konplete inite a. 15 Kite lapè Kris la renye nan kè nou. Pou li menm, vrèman, nou te rele nan yon sèl kò, e se pou nou rekonesan. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

    17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  28. 8 Vin avè m soti Liban, fi maryaj mwen an;

    m bezwen ou vini avè m sòti Liban.

    Vwayaje desann soti nan wo pwent Amana,

    soti nan wo pwent Mòn Senir ak Hermon;

    soti nan kav lyon yo, nan mòn a leyopa yo.

    9 Ou fè kè m bat pi vit sè mwen, fi maryaj mwen an;

    ou te fè kè m bat pi vit ak yon sèl ti kout zye tou kout,

    ak yon sèl bout fisèl nan kolye ou.

  29. Jenn Fi a

    2 Mwen t ap dòmi, men kè m t ap veye.

    Yon vwa! Cheri mwen an t ap frape sou pòt la:

    “Ouvri pou mwen, sè mwen, cheri mwen an,

    toutrèl mwen an, ou menm ki pafè pou mwen an! Tèt mwen mouye ak lawouze,

    très cheve mwen ak imidite nwit lan.

    3 Mwen te fin retire rad mwen;

    kijan pou m ta remete l ankò a?

    Mwen te lave pye mwen;

    kijan pou m ta fè vin sal yo ankò a?

  30. 16 Epi nou vin konnen epi gen tan kwè lanmou ke Bondye gen pou nou.

    Bondye se lanmou, epi sila ki rete nan lanmou, rete nan Bondye epi Bondye rete nan li. 17 Se konsa, lanmou vin pafè avèk nou, pou nou kapab gen konfyans nan jou jijman an; akoz ke menm jan Li ye, nou menm tou se konsa nou ye nan lemonn sa.

    18 Pa gen lakrent nan lanmou; men lanmou pafè va mete lakrent deyò, paske lakrent lan gen pinisyon. Men sila ki fè lakrent, pa ka vin pafè nan lanmou.

    19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.

    20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 21 Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye a, dwe renmen frè li a tou.

  31. Salomon

    1 Mwen te vini nan jaden mwen an, sè mwen,

    fi a maryaj mwen an.

    Mwen te ranmase lami mwen ak tout fèy awomatik mwen.

    Mwen te manje gato myèl ak siwo myèl mwen;

    mwen te bwè diven mwen ak lèt mwen.

    Lòt Yo

    Manje, zanmi nou yo; bwè e vin sou ak lanmou!

  32. 37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.

    38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.

    40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”

  33. 16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.

    19 Nou va rekonèt konsa ke nou nan laverite, epi va gen asirans nan kè nou devan Li:

  34. 7 Byeneme yo, kite nou renmen youn ak lòt, paske lanmou ne de Bondye, epi konnen Bondye. 8 Sila ki pa gen lanmou, pa konnen Bondye, paske Bondye se lanmou.

  35. Salomon

    15 “Tèlman ou bèl, cheri mwen an; tèlman ou bèl!

    Zye ou tankou toutrèl yo.”

    Jenn Fi a

    16 Gade jan ou bèl e byen agreyab, cheri mwen an;

    anverite, se zèb vèt kap fè kabann nou.

    Salomon

    17 Pilye kay nou se bwa sèd

    e travès yo se bwa pen.

  36. 6 Jiskaske jou a bese pou l vin fre

    e lonbraj yo vin disparèt,

    mwen va trase chemen mwen rive nan mòn

    fèy bazilik la, ak nan kolin lansan an.

    7 Ou fin bèl nèt, cheri mwen an,

    e nanpwen defo nan ou.

  37. 12 Sa se kòmandman Mwen, pou nou renmen youn a lòt, menm jan ke Mwen renmen nou an. 13 Pa gen pi gran lanmou pase sa. Ke yon moun bay vi li pou zanmi li yo.

  38. 6 Answit, mwen te tande yon bagay tankou vwa a yon gran foul, tankou son a anpil dlo, tankou gwo bri a anpil kout tonnè, ki t ap di: “Alelouya! Paske Senyè a, Bondye nou an, Toupwisan an renye. 7 Annou rejwi nou, fè kè nou kontan e bay glwa a Li menm. Paske maryaj a Jèn Mouton an gen tan vini, e lamarye Li a gen tan prepare.” 8 Yo te bay a lamarye a pou abiye li an len fen, briyan e pwòp, paske len fen an se zak ladwati a sen yo.

    9 Answit, zanj lan te di mwen: “Ekri, ‘Beni se sila ki envite nan resepsyon maryaj a Jèn Mouton an.’” Epi li te di mwen: “Sa yo se vre pawòl a Bondye.”

  39. 23 Lòm nan te di: “Koulye a sa se zo a zo mwen, e chè a chè mwen. Li va rele fanm akoz li te retire nan lòm.

    24 “Pou rezon sila a, yon nonm va kite papa li avèk manman li, pou vin jwenn avèk madanm li, epi yo va vin tounen yon sèl chè.”

  40. 15 Alò, sa se istwa a travay kòve ke Wa Salomon te fè leve pou bati kay SENYÈ a, lakay pa li a, ak Sitadèl Millo a, miray Jérusalem nan, Hatsor, Méguiddo ak Guézer. 16 Paske Farawon, wa Égypte la te monte, kaptire Guézer. Li te brile li avèk dife, e li te touye Kananeyen ki te rete nan vil yo. Epi li te ba li kòm dwa maryaj fi li a, madanm a Salomon. 17 Konsa, Salomon te rebati Guézer, e piba Beth-Horon, 18 epi Balath avèk Tamar nan dezè a, nan peyi Juda, 19 ak tout vil depo ke Salomon te genyen yo, menm vil pou cha li ak vil pou chevalye pa li yo avèk tout sa ki te fè Salomon plezi pou bati Jérusalem, nan Liban ak nan tout tèritwa a anba règ pa li.

  41. Jenn Fi a

    3 Tankou yon pye pòm pami bwa nan forè,

    se konsa cheri mwen an ye pami jennonm yo.

    Nan lonbraj li mwen te pran gwo plezi pou m te chita;

    konsa fwi li te dous nan gou m.

  42. 8 Koute! Men cheri mwen an!

    Men l ap vini!

    L ap monte sou mòn yo,

    epi vòltije sou kolin yo!

    9 Cheri mwen an tankou yon antilòp,

    oswa yon jenn sèf.

    Gade byen, li kanpe dèyè mi kay nou an;

    l ap gade nan fenèt yo, l ap gade nan jalouzi a.

  43. 16 Bouch li plen ak dousè.

    Li dezirab nèt.

    Sa se cheri mwen an,

    e sa se zanmi mwen an,

    o fi Jérusalem yo.

  44. 30 Ou va renmen SENYÈ ou a, Bondye ou a avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, avèk tout lespri ou, e avèk tout fòs ou.’

    31 “Dezyèm nan se sa: ‘Ou va renmen vwazen ou an tankou tèt ou.’ Nanpwen lòt kòmandman pi gran pase sa yo.”

    32 Skrib la te di L: “Se sa Mèt, Ou vrèman pale ke Li se Youn, e nanpwen lòt sof ke Li Menm. 33 E pou renmen Li avèk tout kè nou, avèk tout konprann nou, e avèk tout fòs nou, e pou renmen vwazen tankou tèt nou, se bokou plis pase tout ofrann brile avèk sakrifis.”

  45. 2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè.

  46. 8 Paske Bondye se temwen mwen, de jan mwen anvi wè nou tout avèk tandrès a Kris Jésus a.

    9 Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman.

  47. 1 Menm jan an, nou menm, madanm yo vin soumèt a pwòp mari nou, pouke menm si nenpòt nan yo dezobeyisan a pawòl la, yo kapab vin konvenk san menm yon mo pa konpòtman a madanm yo, 2 lè yo obsève konpòtman nou ki moral, fidèl, e plen respè.

    3 Bote nou pa dwe senpleman a leksteryè, tankou nan trese cheve, mete bijou ki fèt ak lò ak bèl rad; 4 men tankou sila ki kache nan kè a moun; avèk kalite enperisab de yon lespri dous e trankil, ki presye nan zye a Bondye. 5 Paske nan fason sa a, nan tan pase yo, fanm sen yo osi ki te espere nan Bondye, te konn byen abiye yo, e soumèt a pwòp mari yo. 6 Menmjan Sara te obeyi Abraham nan, e li te rele l senyè a, nou gen tan devni pitit li si nou fè sa ki bon e nou p ap pè anyen.

  48. 20 Jacob te sèvi sèt ane pou Rachel, men yo te parèt a li menm kòmsi se te kèk jou akoz lanmou li te gen pou li.

  49. 18 “‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a.

  50. 26 Wa Salomon osi te bati yon kantite gwo bato nan Etsjon-Guéber, ki te toupre Éloth arebò Lamè Wouj la, nan peyi Édom an. 27 Epi Hiram te voye sèvitè li yo avèk bato yo, moun lanmè ki te konnen afè lanmè, ansanm avèk sèvitè a Salomon yo. 28 Yo te ale Ophir, yo te pran kat-san-ven talan an lò soti la e yo te pote bay Wa Salomon.

  51. 1 Benjamin te devni papa a Bela, premye ne li a, Ashbel, dezyèm nan, Aharah, twazyèm nan, 2 Nocha, katriyèm nan ak Rapha, senkyèm nan. 3 Bela te fè fis: Addar, Guéra, Abihud, 4 Abischua, Naaman, Achoach, 5 Guéra, Schephuphan ak Huram. 6 Men fis a Echud yo, ki te chèf nan fanmi pa yo pami moun Guéba yo e ki te pote an egzil nan Manachath:

  52. 15 Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.

    16 Èske sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje,

    kon vwa dlo k ap kouri nan lari yo?

    17 Kite yo pou ou sèl, e pa pou etranje yo avèk ou yo.

    18 Kite fontèn dlo ou a rete beni,

    e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.

    19 Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,

    kite tete li yo satisfè ou tout tan.

    Rete debòde nèt ak lanmou li.

    20 Paske poukisa fis mwen an,

    ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè,

    e anbrase lestonmak a yon etranje?

  53. 13 De bò figi li tankou yon kabann fèt ak fèy awomatik,

    kap poze sou yon kouch zèb santi bon.

    Lèv li yo se flè lis ki degoute dlo lami.

  54. 37 Sila ki renmen papa li oubyen manman li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen; e sila ki renmen fis li, oubyen fi li plis ke Mwen, li pa dign de Mwen. 38 Epi sila ki pa pran kwa li pou swiv Mwen, li pa merite Mwen. 39 Sila k ap konsève lavi li, li va pèdi li; men sila ki pèdi vi li pou Mwen, l ap twouve li.

  55. 15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.

  56. 6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

    9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.

    11 Epi pa sèlman sa, men osi nou rejwi nan Bondye atravè Senyè nou an, Jésus Kri. Atravè Li menm nou gen tan rekonsilye.

  57. 9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon. 10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè.

  58. 9 Men si yo pa gen kontwòl pwòp tèt yo kite yo marye; paske li pi bon pou marye pase pou brile avèk pasyon.

  59. 23 Men mwen santi presyon nan toulède direksyon yo. Mwen ta anvi ale, pou m kapab avèk Kris, paske sa pi bon anpil, 24 men pou m rete nan lachè a pi nesesè pou koz a nou menm. 25 Konvenk de sa, mwen konnen ke mwen va rete pou kontinye avèk nou tout, pou pwogrè ak lajwa nou nan lafwa. 26 Konsa konfyans fyète nou an nan mwen kapab vin debòde nan Jésus Kri lè mwen vin bò kote nou an ankò.

  60. 12 Epi ke Senyè a kapab fè nou grandi e ogmante nan lanmou youn pou lòt, e pou tout moun, jis jan nou osi fè pou nou an. 13 Pou Li kapab etabli kè nou san fot, nan sentete devan Bondye, Papa nou an, nan lè retou Senyè nou an avèk tout sen Li yo.

  61. 8 Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa

  62. 8 Anplis de tout bagay, rete fèm nan lanmou nou youn pou lòt, paske lanmou kouvri yon gran kantite peche.

  63. 4 “Men Mwen gen sa kont nou, ke nou kite premye lanmou nou an.