22 Bible Verses About Spring
Bib Sen An (BSA)
-
10 Cheri mwen an te reponn mwen
e te di m: “Leve vini cheri mwen an,
pi bèl mwen an.
11 Paske gade, sezon fredi a fin pase,
lapli fin pati nèt.
12 Flè yo deja parèt nan peyi a;
tan chante a fin rive!
Vwa toutrèl la ap koute deja nan peyi a.
13 Fwi pye fig etranje a fin mi,
e chan rezen yo bay odè pafen.
Leve vini, annou pati!”
-
23 Yo te tann mwen tankou lapli.
Yo te ouvri bouch yo pou bwè,
konsi se pou lapli nan sezon prentan.
-
3 Annou rekonèt SENYÈ a;
annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a.
Aparans Li asire tankou solèy
k ap leve granmmaten.
Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli,
tankou lapli prentan k ap wouze latè.
-
1 Mande pou lapli ki sòti
nan SENYÈ a nan epòk prentan.
Se SENYÈ a ki fè nwaj tanpèt yo;
epi se Li ki bay lapli lejè a tout
pou jaden plant yo.
-
22 Pa pè, nou menm bèt chan yo;
paske patiraj yo nan dezè a deja vin vèt,
paske pyebwa a vin bay fwi li.
Pye fig la ak pye rezen an bay tout fòs yo.
23 Konsa, se pou nou fè kè kontan,
O fis a Sion yo!
Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an;
paske Li te bay nou lapli bonè nan kantite ki jis,
li te fè vide sou nou lapli,
premye ak dènye lapli a tankou avan an.
-
7 Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan jiskaske Senyè a vini. Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo.
-
1 Gen yon lè apwente pou tout bagay. Epi gen yon tan pou chak sa ki rive anba syèl la—
2 Yon tan pou ne,
yon tan pou mouri;
yon tan pou plante,
ak yon tan pou dechouke
sa ki plante a.
3 Yon tan pou touye
e yon tan pou geri;
yon tan pou demoli
e yon tan pou bati.
4 Yon tan pou kriye
e yon tan pou ri;
yon tan pou fè dèy
e yon tan pou danse.
5 Yon tan pou voye wòch
e yon tan pou ranmase wòch;
yon tan pou anbrase
e yon tan pou evite anbrase.
6 Yon tan pou chache
e yon tan pou pèdi.
Yon tan pou konsève,
e yon tan pou jete.
7 Yon tan pou chire
e yon tan pou koude;
yon tan pou rete an silans
e yon tan pou pale.
8 Yon tan pou fè lanmou
e yon tan pou rayisman;
yon tan pou fè lagè
e yon tan pou fè lapè.
-
7 Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap mennen nou antre nan yon bon peyi, yon peyi ki gen anpil ti rivyè ak sous dlo; sous k ap koule, k ap kouri nan vale ak ti mòn yo; 8 yon peyi avèk ble ak lòj, avèk pye rezen, pye fig, avèk grenad, yon peyi avèk lwil doliv ak siwo myèl; 9 yon peyi kote nou va manje manje san manke. Ladan l nou p ap manke anyen; yon peyi kote wòch se fè; epi kote nan ti mòn yo, nou kab fouye kwiv.
-
13 “Li va vin rive ke si nou koute avèk obeyisans a kòmandman mwen yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e sèvi Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, 14 ke Mwen va bay lapli pou peyi nou nan sezon li, lapli premye sezon ak lapli dènye sezon, pou nou kapab fè antre sereyal avèk diven nèf, avèk lwil.
-
Liv I
1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy
mechan yo
ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.
Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
3 Li va tankou yon pyebwa ki plante
bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.
Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.
-
15 Nan vizaj a yon wa briye lavi;
e favè li se tankou yon nwaj avèk lapli prentan.
-
2 Kite enstriksyon mwen yo tonbe tankou lapli,
pawòl mwen yo poze tankou lawouze,
tankou ti gout sou zèb fre,
ak lapli k ap farinen sou zèb.
-
11 Paske jan tè a fè boujon li vin parèt la,
jaden an fè bagay ki simen ladann yo vin pete grandi,
konsa Senyè BONDYE a va fè ladwati ak lwanj pete grandi devan tout nasyon yo.
-
26 Tankou yon sous ki foule anba pye ak yon pwi kontamine,
se konsa yon nonm dwat ki bay plas a mechan an.
-
28 E poukisa nou enkyete pou zafè rad?
“Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal; 29 men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo. 30 “Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!
-
14 Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo; 15 ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt.
-
9 Paske avèk Ou, se fontèn dlo lavi a.
Nan limyè pa Ou a, nou wè limyè.
-
10 Li fè sous yo vin koule nan vale yo.
Yo koule antre mòn yo.
11 Yo bay dlo pou bwè a tout bèt chan yo.
Bourik mawon yo bwè pou satisfè swaf yo.
12 Akote yo, zwazo syèl yo va poze kay.
Yo va leve vwa yo pami branch bwa yo.
13 Li awoze mòn yo soti nan chanm anwo yo.
Latè satisfè avèk fwi a zèv Li yo.
-
14 Lenstriksyon a saj yo se yon fontèn dlo lavi
pou detounen pèlen lanmò a.
-
27 Lakrent SENYÈ a se yon fontèn dlo lavi,
pou moun ka evite pèlen lanmò yo.
-
13 Paske pèp Mwen an te komèt de kalite mal:
Yo te abandone Mwen, fontèn dlo vivan yo,
epi yo te fouye pou kont yo lòt sitèn;
sitèn yo ki kraze ki pa ka kenbe dlo.
-
23 “Men pèp sa a gen kè rebèl ak kè ki di; yo te vire sou kote e yo te ale. 24 Yo pa di nan kè yo: ‘Alò koulye a, annou gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, ki bay lapli nan sezon li, ni lapli sezon otòn ak lapli sezon prentan, Sila ki kenbe pou nou semèn rekòlt nou yo.’
25 “Inikite nou yo fin detounen bagay sa yo, e peche nou yo te retire tout sa ki bon pou nou.
Shows Read in context, Share and Copy.