61 Bible Verses About Water

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Water
  1. 37 Nan dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè! 38 Sila ki kwè nan Mwen, tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’”

  2. 10 Jésus te reponn e te di l: “Si ou te konnen don Bondye a, epi ki moun ki di ou ‘Ban M bwè a’, ou t ap mande L, e Li t ap bay ou dlo vivan an.”

    11 Li te di L: “Mesye, ou pa gen anyen pou rale l, epi pwi a fon. Ki kote konsa W ap twouve dlo vivan sila a? 12 Èske Ou kapab pi gran pase papa zansèt nou yo Jacob, ki te bay nou pwi a, ki te bwè ladann li menm, avèk pitit li, ak bèt li yo?”

    13 Jésus te reponn e te di li: “Tout moun ki bwè dlo sila a ap swaf ankò: 14 Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.”

    15 Fanm nan te di Li: “Mesye, ban m dlo sa a pou m pa swaf, ni pou m pa oblije vin jis isit la pou tire l.”

  3. 17 Lespri a ak lamarye a di: “Vini”. Kite sila ki tande a di: “Vini!” Kite sila ki swaf la vini. Kite sila ki vle pran dlo lavi san frè a vini.

  4. 1 Answit, li te montre m yon rivyè dlo lavi a, klè tankou kristal, ki t ap vini sòti nan twòn Bondye a ak Jèn Mouton an, 2 nan mitan lari li a. Sou chak bò larivyè a, se te pyebwa lavi a, ki pote douz kalite fwi, ki bay fwi li chak mwa. Epi fèy pyebwa yo te pou gerizon a nasyon yo.

    3 P ap gen madichon ankò. Twòn a Bondye a ak Jèn Mouton an va ladan l, e sèvitè Li yo va sèvi Li. 4 Yo va wè figi Li, e non Li va sou fon yo.

    5 Epi p ap gen lannwit ankò. Yo p ap gen bezwen ni limyè a yon lanp ni limyè solèy la, paske Senyè a, Bondye va klere yo. Yo va renye pou tout tan e pou tout tan.

  5. 24 “‘“Paske Mwen va retire nou soti nan nasyon yo, rasanble nou soti nan tout peyi yo pou mennen nou antre nan pwòp peyi pa nou an. 25 Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo. 26 Anplis, Mwen va bay nou yon kè tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire kè wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon kè ki fèt ak chè. 27 Mwen va mete Lespri M anndan nou, fè nou mache nan règleman Mwen yo e nou va fè atansyon pou swiv tout lwa Mwen yo.

  6. 1 Te genyen yon mesye pami Farizyen yo ke yo te rele Nicodème, yon chèf a Jwif yo. 2 Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”

    3 Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”

    4 Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”

    5 Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la.

  7. 19 Konsa, frè yo, paske nou gen konfyans pou antre nan lye sen an pa san Jésus a 20 pa yon chemen tounèf e vivan ke Li te ouvri pou nou atravè vwal la, ki se chè Li, 21 epi paske nou vin gen yon Granprèt lakay Bondye a, 22 annou rapwoche nou avèk yon kè sensè, ki plen asirans lafwa, avèk kè nou ki vin pwòp de yon move konsyans, e kò nou ki vin lave avèk dlo pwòp. 23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.

  8. 13 Konsa, youn nan ansyen yo te reponn e t ap di mwen: “Sila ki abiye an vètman blan yo, kilès yo ye, e ki kote yo sòti?”

    14 Mwen te di Li: “Senyè mwen, se Ou ki konnen.”

    Epi li te di mwen: “Sa yo se sila ki sòti nan gran tribilasyon an, e yo te lave vètman yo pou fè vin blanch nan san a Jèn Mouton an. 15 Pou rezon sa a, yo devan twòn Bondye a; epi yo sèvi Li lajounen kon lannwit nan tanp li an.

    “Epi Sila ki chita nan twòn nan va ouvri tabènak li sou yo. 16 “Yo p ap grangou ankò, ni swaf ankò. Ni solèy la p ap bat yo, ni okenn chalè; 17 paske, Jèn Mouton an nan mitan twòn nan va bèje pa yo. Li va gide yo a sous dlo vivan yo, e Bondye va seche tout dlo ki sòti nan zye yo.”

  9. 5 Poukisa ou te fè nou sòti an Égypte pou mennen nou kote mechan sila a? Se pa yon kote ki gen, ni fig, ni grenad, ni pa gen dlo pou bwè.”

    6 Moïse avèk Aaron te sòti nan prezans asanble a nan pòtay tant asanble a, e yo te tonbe sou figi yo. Alò, glwa a SENYÈ a te vin parèt a yo menm. 7 Konsa, SENYÈ a te pale avèk Moïse e te di: 8 “Pran baton an. Ou menm avèk frè ou a, Aaron, rasanble kongregasyon an e pale avèk wòch la devan zye yo, pou li kapab bay dlo pa li. Konsa, ou va fè dlo parèt pou yo sòti nan wòch la e kite kongregasyon an avèk bèt yo bwè.”

    9 Konsa, Moïse te pran baton an soti devan SENYÈ a, jis jan ke Li te kòmande li a. 10 Epi Moïse avèk Aaron te reyini asanble a devan wòch la. Li te di yo: “Koute m koulye a, nou menm k ap fè rebèl; èske n ap fè dlo sòti nan wòch sila a?” 11 Epi Moïse te leve men li e li te frape wòch la de fwa avèk baton an. Dlo te sòti an kantite, e kongregasyon an avèk bèt pa yo te bwè.

  10. 15 Li te fann wòch yo nan dezè a

    e te bay yo anpil dlo pou bwè tankou nan fon yo.

    16 Li te fè parèt sous ki te pete sòti nan wòch la,

    e te fè dlo desann tankou larivyè.

    17 Sepandan, yo te kontinye peche kont Li,

    e fè rebèl kont Pi Wo a nan dezè a.

    18 Konsa, nan kè yo, yo te pase Bondye a leprèv

    lè yo te mande manje selon dezi yo.

    19 Wi, yo te pale kont Bondye.

    Yo te di: “Èske Bondye kapab prepare yon tab nan dezè a?

    20 Gade byen, Li te frape wòch la pou dlo

    kouri sòti e gwo sous yo t ap debòde.

    Èske Li kapab bay pen tou?

    Èske Li kab founi vyann pou pèp Li a?”

  11. 6 “Se pa jèn sila a ke M pito;

    pou lache lyann mechanste yo,

    pou demare kòd jouk la,

    pou lese oprime yo pran libète

    e kase tout jouk yo?

    7 Èske se pa pou divize pen ou ak moun grangou yo,

    e mennen endijan yo antre nan kay?

    Lè ou wè toutouni an, pou kouvri l;

    epi pou ou pa kache tèt ou de pwòp chè ou?

    8 Konsa, limyè ou va pete kon granmmaten,

    e gerizon ou va vòltije vit devan ou.

    Ladwati ou va ale devan ou,

    e laglwa SENYÈ a va fè gad ou an aryè.

    9 Nan lè sa a, ou va rele, e SENYÈ a va reponn.

    Ou va kriye e Li va di: ‘Men Mwen isit la’.

    “Si ou retire jouk la nan mitan nou,

    sispann pwente dwat sou lòt

    e sispann pale mechanste;

    10 si ou vide nanm ou a sila ki grangou,

    e satisfè dezi a aflije a;

    nan lè sa a, limyè ou va leve nan fènwa,

    e tristès ou va klere kon gran lajounen.

    11 Epi SENYÈ a va gide ou tout tan,

    satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo,

    e bay fòs a zo ou yo.

    Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze

    e tankou yon sous dlo ki p ap janm seche.

  12. 6 Answit, Li te di mwen: “Mwen se Alfa a ak Omega a, kòmansman an ak lafen an. Mwen va bay a sila ki swaf yo nan sous dlo lavi a san frè. 7 Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.

    8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”

  13. 1 Nou va di nan jou sa a: “Mwen va bay remèsiman a Ou menm, O SENYÈ; paske malgre ou te fache avèk mwen, kòlè Ou vin detounen, e Ou fè m twouve rekonfò. 2 Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.” 3 Akoz sa, plen ak jwa, nou va rale dlo nan sous sali yo.

  14. 1 “Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo!

    Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje.

    Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè.

    2 Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen,

    ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè?

    Koute Mwen avèk atansyon, manje sa ki bon

    e pran plezi nou an abondans.

    3 Prete zòrèy nou e vin kote Mwen.

    Koute pou nou ka viv.

    Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan,

    selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.

  15. 25 Mari, renmen madanm nou, jan Kris osi te renmen legliz la, e te bay tèt Li pou Li, 26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la. 27 Pou Li te kapab prezante legliz la a Li menm nan tout glwa li, san tach, e san pli, oubyen okenn lòt bagay konsa; men pou li ta kapab vin sen e san fot.

  16. 8 Konsa pale SENYÈ a, se nan yon tan konvenab,

    ke M te reponn Ou.

    Nan jou sali a, Mwen te bay Ou sekou.

    Mwen va kenbe Ou e bay Ou kon yon akò pou pèp la,

    pou restore peyi a, e pou fè yo posede eritaj dezole yo.

    9 Pou pale a kaptif yo: ‘Vin parèt’!

    Epi a sila nan tenèb yo: ‘Montre tèt ou’.

    Akote chemen yo, yo va manje

    e patiraj yo va sou tout wotè vid yo.

    10 Yo p ap grangou, ni soufri swaf,

    ni solèy ki brile p ap frape yo;

    Paske Sila ki gen konpasyon pou yo a va mennen yo

    e va gide yo rive nan sous dlo yo.

  17. 13 Paske pèp Mwen an te komèt de kalite mal:

    Yo te abandone Mwen, fontèn dlo vivan yo,

    epi yo te fouye pou kont yo lòt sitèn;

    sitèn yo ki kraze ki pa ka kenbe dlo.

  18. 6 Alò Bondye te di: “Ke vin gen yon gran espas nan mitan dlo yo, e ke li separe dlo avèk dlo”. 7 Bondye te fè gran espas la. Li te separe dlo ki te anba gran espas la, avèk dlo ki te anwo gran espas la. Se konsa sa te ye.

  19. 2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,

    Mwen va la avèk ou;

    epi nan rivyè yo,

    yo p ap debòde sou ou.

    Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,

    ni flanm nan p ap brile ou.

  20. 5 Manman li te di sèvitè yo: “Nenpòt sa Li mande nou, fè l.”

    6 La te genyen sis gwo veso dlo fèt an wòch pou koutim Jwif la ke yo rele pirifikasyon, ki te kenbe ven a trant galon chak.

    7 Jésus te di yo: “Ranpli po yo avèk dlo.” Konsa, yo te plen yo ra bouch.

    8 Epi Li di yo: “Retire kèk pou pote bay chèf sèvitè tab yo.” Konsa yo te pote bay li.

    9 Lè chèf sèvitè a te goute dlo a ki te tounen diven, li pa t konnen kote li te soti. Men sevitè ki te rale l yo te konnen. Konsa, Chèf sèvitè a te rele jennonm ki t ap marye a, 10 epi te di l: “Tout moun sèvi bon diven an avan, e lè moun yo bwè kont yo, yo bay sa ki enferyè a, men ou kenbe bon diven an jis koulye a.”

    11 Sa se te premye nan mirak pa L yo ke Li te fè nan Cana nan Galilée, e te montre glwa Li, epi disip Li yo te kwè nan Li.

  21. 17 Li te voye soti anwo,

    Li te pran m.

    Li te rale mwen sòti nan pil dlo yo.

    18 Li te delivre mwen devan lènmi m byen fò,

    Soti nan sila ki te rayi mwen yo.

    Paske yo te twò fò pou mwen.

  22. 9 Alò Bondye te di: “Ke dlo anba syèl yo vin rasanble nan yon plas, e ke tè sèch la vin parèt”. Konsa, sa te vin fèt. 10 Bondye te rele pati sèch la tè, ak dlo ki rasanble yo, lanmè. Epi Bondye te wè ke sa te bon.

  23. 25 “Se kilès ki te kreve yon kanal pou gran inondasyon an,

    oswa yon chemen pou eklè ak tonnè a,

    26 Pou mennen lapli nan yon tèren kote nanpwen moun,

    nan yon dezè san pèsòn ladann,

    27 Pou satisfè yon peyi savann dezole

    e fè grenn zèb yo vin jèmen.

    28 Èske lapli gen papa?

    Oswa se kilès ki te reyisi fè gout lawouze yo?

    29 Nan ki vant manman a sila glas la te sòti?

    Epi fredi syèl la, se kilès ki te fè nesans li?

    30 Dlo vin di tankou wòch

    e sifas pwofondè a vin prizonye ladann.

  24. 13 O SENYÈ, espwa Israël la,

    tout moun ki abandone Ou yo, va vin wont.

    Sila yo ki kite Mwen sou latè yo,

    sou latè non yo va vin enskri,

    akoz yo te abandone SENYÈ a,

    sous dlo vivan an.

  25. 1 Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a. 2 Latè te san fòm e vid, epi tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.

    3 Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè.

  26. 17 “SENYÈ a te pale a Moïse Li te di l: 18 Ou va osi fè yon basen lave an bwonz, avèk yon baz an bwonz, pou lave. Ou va mete li antre tant reyinyon an avèk lotèl la, e ou va mete dlo ladann. 19 Aaron avèk fis li yo va lave men yo ak pye yo ladann. 20 Lè yo antre nan tant reyinyon an, yo va lave avèk dlo, jis pou yo pa mouri; oswa lè yo pwoche lotèl la pou fè sèvis, pou ofri anlè nan lafimen, yon ofrann dife vè SENYÈ a. 21 Epi yo va lave men yo ak pye yo pou yo pa mouri. Konsa, li va yon règleman k ap la pou toujou, pou Aaron avèk desandan li yo pami tout jenerasyon yo.”

  27. 7 Epi prèt la va lave vètman li yo, benyen kò li nan dlo, e apre, li va antre nan kan an. 8 Sila ki brile li a, va osi lave kò li nan dlo, apre li va vini nan kan an, e li va rete pa pwòp jis rive nan aswè.

    9 “‘Alò, yon nonm ki pwòp, va ranmase sann gazèl la pou depoze yo deyò kan an nan yon kote ki pwòp. Epi fis Israël yo va konsève li pou sèvi nan dlo pirifikasyon. Li se yon ofrann pou peche.

  28. Yon sòm David

    1 Bondye se bèje mwen;

    mwen p ap janm manke anyen.

    2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.

    Li mennen m akote dlo pezib yo.

  29. 15 Bwè dlo nan pwòp sitèn pa ou e dlo fre nan pwi pa ou.

    16 Èske sous ou yo dwe dispèse nan peyi etranje,

    kon vwa dlo k ap kouri nan lari yo?

    17 Kite yo pou ou sèl, e pa pou etranje yo avèk ou yo.

    18 Kite fontèn dlo ou a rete beni,

    e rejwi ou nan madanm a jenès ou a.

    19 Tankou yon sèf amourez ak yon bich elegan,

    kite tete li yo satisfè ou tout tan.

    Rete debòde nèt ak lanmou li.

    20 Paske poukisa fis mwen an,

    ou ta dwe renmen ak yon fanm adiltè,

    e anbrase lestonmak a yon etranje?

  30. 4 Pawòl yo ki sòti nan bouch a yon nonm se yon dlo byen fon;

    dlo sajès se yon dlo fre k ap koule tout tan.

  31. 15 David te gen yon anvi, e li te di: “Men kijan mwen ta kontan si yon moun ta ban m dlo pou bwè ki sòti nan pwi Bethléhem akote pòtay la!” 16 Konsa, twa mesye vanyan sa yo te pete antre nan kan Filisten yo. Yo te rale dlo nan pwi Bethléhem ki te akote pòtay la, e yo te pote li bay David. Malgre sa, li te refize bwè l, men li te vide li bay SENYÈ a.

  32. 18 Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf.

    Nan kolin yo, se lèt ki va koule;

    tout ravin nan Juda va gen dlo,

    epi yon sous va sòti lakay SENYÈ a

    pou awoze vale a Sittim nan.

  33. 40 Sila ki resevwa nou menm, resevwa M; e si la ki resevwa Mwen, resevwa Sila ki te voye Mwen an. 41 Sila ki resevwa yon pwofèt nan non a yon pwofèt ap resevwa rekonpans a yon pwofèt. Epi li ki resevwa yon nonm ladwati nan non a yon nonm ladwati, va resevwa rekonpans a yon nonm dwat. 42 Nenpòt moun ki nan non a yon disip, bay youn nan pitit sa yo menm yon tas dlo frèt pou bwè; anverite, Mwen di nou li p ap pèdi rekonpans li.

  34. 5 Paske manman yo te fè pwostitisyon.

    Li ki te fè yo aji san wont, paske li te di:

    ‘Mwen va swiv moun ki renmen mwen yo,

    ki ban m pen ak dlo mwen, lenn ak len mwen,

    lwil ak bwason mwen.’

  35. 25 Nan katriyèm vèy nwit lan, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a. 26 Lè disip Li yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te krent, e yo te di: “Sa se yon fantom” epi yo te kriye fò avèk laperèz. 27 Men imedyatman, Jésus te pale avèk yo e te di: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”

    28 Konsa, Pierre te reponn Li: “Senyè, si se Ou menm, kòmande m vin kote Ou sou dlo a.”

    29 Li te reponn: “Vini!” Pierre te sòti nan kannòt la, e te mache sou dlo a vè Jésus.

  36. 11 Èske yon sous kapab koule dlo fre avèk dlo anmè nan menm bouch la? 12 Èske yon pye fig frans, frè m yo, pwodwi oliv, oubyen yon pye rezen pwodwi fig? Ni dlo sale pa kapab pwodwi dlo fre.

  37. 1 Konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan tanp lan ki t ap di a sèt zanj yo: “Ale vide sèt gode kòlè Bondye yo sou tè a.”

    2 Donk, premye zanj lan te ale vide gode li a sou tè a. Konsa, li te devni yon maleng rayisab sou moun ki te pote mak a bèt la e ki te adore imaj li a.

    3 Dezyèm zanj lan te vide gode li a nan lanmè a, e li te devni san tankou san a yon moun mouri. Konsa, tout bagay vivan nan lanmè a te mouri.

    4 Answit, twazyèm zanj lan te vide gode li a nan rivyè ak sous dlo yo, e yo te tounen san. 5 Mwen te tande zanj a dlo yo k ap di: “Jis se Ou menm ki la e ki te la a, O Sila Ki Sen an, paske Ou te jije bagay sa yo. 6 Paske sila yo te vèse san a sen ak pwofèt yo, e Ou te bay yo san pou yo bwè. Yo merite sa.”

  38. 19 Men lè sèvitè Isaac yo te fouye nan vale a, e te twouve la yon pwi dlo ki t ap boujonnen, 20 bèje Guérar yo te goumen avèk bèje Isaac yo e te di: “Dlo a se pa nou!” Alò, li te nonmen pwi a Ések akoz ke yo te fè kont ak li. 21 Yo te fouye yon lòt pwi, yo te goumen sou sila a tou e li te nonmen li Sitna. 22 Li te deplase la, li te fouye yon lòt pwi, e yo pa t goumen sou li. Li te bay li non a Rehoboth, paske li te di: “Koulye a, Bondye vin bannou plas, e nou va rekòlte anpil fwi nan peyi a.”

  39. 21 Alò Moïse te lonje men l sou lanmè a; epi SENYÈ a te bale lanmè a pa yon van lès byen fò tout lannwit. Li te fè lanmè a vin tounen tè sèch, e dlo a te vin fann. 22 Fis Israël yo te pase nan mitan lanmè a sou tè sèch, e dlo a te vin tankou yon miray pou yo sou men dwat yo ak sou men goch yo.

  40. 7 Paske SENYÈ a, Bondye nou an, ap mennen nou antre nan yon bon peyi, yon peyi ki gen anpil ti rivyè ak sous dlo; sous k ap koule, k ap kouri nan vale ak ti mòn yo; 8 yon peyi avèk ble ak lòj, avèk pye rezen, pye fig, avèk grenad, yon peyi avèk lwil doliv ak siwo myèl; 9 yon peyi kote nou va manje manje san manke. Ladan l nou p ap manke anyen; yon peyi kote wòch se fè; epi kote nan ti mòn yo, nou kab fouye kwiv.

    10 “Lè nou fin manje e satisfè, nou va beni SENYÈ a, Bondye nou an, pou bon peyi ke Li te bannou an.

  41. 7 A moun fatige yo, ou pa t bay dlo pou bwè

    e a grangou yo, ou te refize yo pen.

  42. 10 Alò, yon rivyè te sòti nan Eden pou wouze jaden an. Epi soti la, li te divize ou fè kat rivyè. 11 Premye rivyè a rele Pischon; li pase antoure tout peyi Havila, kote ki gen lò a. 12 Lò peyi sa a bon; wòch bdelyèm avèk onyx konn twouve la. 13 Dezyèm rivyè a rele Guihon; li kouri antoure peyi Cush la. 14 Yo rele twazyèm rivyè Tigrès; li koule nan lès Assyrie. Epi katriyèm rivyè a se Euphrate.

  43. 11 Nan sis-santyèm ane nan lavi Noé, nan dezyèm mwa, nan di-setyèm jou nan mwa a, nan menm jou a, tout sous nan gran fon an te vin pete, e pòt delij yo nan syèl la te vin louvri. 12 Lapli te tonbe sou latè pandan karant jou, ak karant nwit.

  44. 22 Alò, Moïse te mennen Israël soti kite Lanmè Wouj la. Yo te ale nan dezè Schur a, epi yo te vwayaje twa jou nan dezè a. Men yo pa t jwenn dlo. 23 Lè yo rive nan Mara, yo pa t kab bwè dlo Mara a, paske li te anmè. Se pou sa yo te rele l Mara. 24 Alò, pèp la te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Kisa n ap bwè?”

    25 Konsa, li te kriye a SENYÈ a, epi SENYÈ a te montre li yon pyebwa. Lè li te jete li nan dlo a, e dlo a te vin dous.

    La menm, Li te fè pou yo yon lòd avèk yon règleman, epi la, Li te fè yo pase a leprèv. 26 Li te di: “Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”

    27 Alò, yo te rive nan Élim kote ki te gen douz sous dlo ak swasann-dis palmye dat yo, e yo te fè kan akote dlo a.

  45. 19 Konsa, mesye lavil yo te di a Élisée: “Gade byen koulye a, sikonstans vil sa a byen bon, jan mèt mwen konn wè a; men dlo a pa bon e tè a pa pwodwi anyen.”

    20 Li te di: “Mennen ban m yon veso nèf e mete sèl ladann.” Konsa, yo te mennen ba li. 21 Li te ale nan sous dlo a. Li te jete sèl la ladann e te di: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Mwen te pirifye dlo sa yo! P ap gen lanmò ni move tè a ankò.’” 22 Konsa, dlo yo rete bon jis jodi a, selon pawòl Élisée te pale a.

  46. LIV 2

    Pou direktè koral la. Yon refleksyon pa fis Kore yo.

    1 Jan sèf la rale souf ak swaf pou dlo ravin nan,

    Konsa nanm mwen rale souf pou Ou, O Bondye.

    2 Nanm mwen swaf pou Bondye,

    Pou Bondye vivan an.

    Se kilè mwen kab vini pou parèt devan Bondye?

    3 Se dlo nan zye m ki manje mwen lajounen kon lannwit.

    Pandan y ap di m tout lajounen:

    “Kote Bondye ou a?”

    4 Bagay sa yo mwen sonje e mwen

    vide nanm mwen nèt anndan m.

    Paske mwen te konn ale ansanm ak foul la,

    pou pran devan nan pwosesyon pou rive lakay Bondye,

    avèk yon vwa lajwa, ak remèsiman, yon gran foul k ap fè fèt sakre a.

    5 Poukisa, o nanm mwen, ou nan dezespwa?

    Epi poukisa ou twouble anndan m?

    Mete espwa ou nan Bondye, paske mwen

    va louwe Li ankò akoz sekou a prezans Li an.

  47. 5 Yon plan nan kè moun se tankou dlo fon;

    men yon nonm ak bon konprann rale l fè l sòti.

  48. 6 Pwi a Jacob la te la. Jésus, akoz Li te byen fatige pa vwayaj la, te chita akote pwi a. Se te anviwon sizyèm lè.

  49. 8 Dezyèm zanj lan te sone, e yon bagay tankou yon gwo mòn k ap brile ak dife te jete nan lanmè a. Konsa yon tyè nan lanmè a te tounen san. 9 Yon tyè nan kreyati vivan ki te nan lanmè yo te mouri, e yon tyè nan bato yo te detwi.

    10 Twazyèm zanj lan te sone, epi yon gwo zetwal ki t ap brile tankou yon tòch te tonbe soti nan syèl la. Li te tonbe sou yon tyè nan larivyè ak sous dlo yo. 11 Non a zetwal la se “Absinthe.” Yon tyè nan dlo yo te vin anmè, e anpil moun te vin mouri akoz dlo yo ki te vin anmè a.

  50. 20 Alò Bondye te di: “Ke dlo yo vin ranpli avèk anpil kreyati vivan, e ke zwazo yo vole anwo tè a nan gran espas syèl yo.” 21 Bondye te kreye gwo bèt sovaj lanmè avèk tout kreyati vivan ki fè mouvman. Dlo yo te plen bèt selon espès pa yo, e chak zwazo selon espès pa l. Bondye te wè ke sa te bon.

  51. 14 Konsa, Abraham te leve bonè nan maten. Li te pran pen avèk yon kwi dlo, e li te bay yo a Agar. Li te vin mete yo sou zepòl li, li te ba li jènjan an, e li te voye li ale. Li te pati e li te vwayaje nan dezè Beer-Schéba a.

    15 Lè dlo ki te nan kwi a, te fin sèvi, li te kite jènjan an anba yon ti ab. 16 Alò, li te ale chita nan distans yon flèch kab tire, e li te di: “Pa kite m wè jènjan an k ap mouri.” Konsa, li te chita anfas li; li te leve vwa li, e li te kriye.

    17 Bondye te tande jènjan an t ap kriye, epi zanj Bondye a te rele Agar depi nan Syèl la. Li te di l: “Kisa ou gen, Agar? Pa pè, paske Bondye te tande vwa jènjan an kote li ye a. 18 Leve, ale fè jènjan an leve, e kenbe li nan men, paske Mwen va fè yon gran nasyon ak li.”

    19 Epi Bondye te ouvri zye l, e li te wè yon pwi dlo. Li te ale plen po a avèk dlo, e li te bay jènjan an bwè ladann.

  52. 1 Alò, tout asanble a fis Israël yo te vwayaje pazapa vè dezè Sin nan. Selon kòmand a SENYÈ a, yo te fè kan nan Rephidim, men pa t gen dlo pou moun yo bwè. 2 Akoz sa, pèp la te chache kont avèk Moïse. Yo te di: “Bannou dlo pou nou kab bwè.”

    Konsa, Moïse te di: “Poukisa nou chache kont avè m? Poukisa nou pase SENYÈ a a leprèv?”

    3 Men nan plas sa a pèp la te swaf dlo, epi yo te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Poukisa ou te mennen nou monte isit la kite Égypte, pou touye nou avèk zanfan nou yo, ak bèt nou yo avèk swaf.”

    4 Alò Moïse te kriye a SENYÈ a. Li te di: “Kisa pou m ta fè ak pèp sa a? Yon ti kras ankò e y ap lapide mwen.”

    5 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pase devan pèp la, e pran avè w kèk nan ansyen Israël yo. Epi pran nan men ou baton ou avèk sila ou te frape Nil lan, e ale. Ou va frape wòch la, e dlo va sòti ladann, pou pèp la kapab bwè.” 6 Gade byen, Mwen va kanpe devan ou sou wòch Horeb la. Konsa, Moïse te fè sa devan zye a ansyen Israël yo. 7 Li te nonmen kote a Massa ak Meriba, akoz kont ke fis Israël yo te genyen, e akoz ke yo te pase SENYÈ a a leprèv lè yo te di: “Èske SENYÈ a pami nou, wi oswa non?”

  53. 14 Pou sa, lè pèp la kite tant pa yo pou travèse Jourdain an avèk prèt k ap pote lach akò a devan pèp la, 15 epi lè sila ki te pote lach la te antre nan Jourdain an, epi depi pye a prèt k ap pote lach la te tanmen fonse bò dlo a; (paske Jourdain an toujou depase rivaj li yo pandan tout sezon rekòlt la), 16 dlo ki t ap kouri desann soti anwo yo te kanpe, e te leve wo fè yon pil, a yon gran distans de la, nan Adam, vil ki akote Tsarthan an; epi dlo sa yo ki t ap kouri desann vè lanmè Araba a, ak Lamè Sale a, te vin koupe nèt. Konsa pèp la te travèse anfas Jéricho.

    17 Prèt yo ki t ap pote lach akò SENYÈ a te kanpe fèm sou tè sèk nan mitan Jourdain an pandan tout Israël t ap travèse sou tè sèk, jiskaske tout nasyon an te fin travèse Jourdain an.

  54. Liv I

    1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy

    mechan yo

    ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,

    2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.

    Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.

    3 Li va tankou yon pyebwa ki plante

    bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.

    Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.

  55. 9 Ou vizite tè a e fè li gen abondans.

    Ou anrichi li anpil.

    Flèv Bondye a plen ak dlo.

    Ou prepare sereyal yo, paske se konsa ou òganize l.

    10 Ou wouze tranch li yo an abondans.

    Ou fè do li vin poze.

    Ou fè l vin mou ak lapli an abondans;

    Ou beni kwasans plant li.

    11 Ou te kouwone ane a avèk bonte Ou.

    Kabwa yo plen pwodwi rekòlt la.

    12  Patiraj nan dezè yo gen abondans,

    Epi kolin yo mare senti yo ak jwa.

  56. 17 “Dlo yo vòlè dous

    e pen ki manje an sekrè byen agreyab.”

  57. 3 Annou rekonèt SENYÈ a;

    annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a.

    Aparans Li asire tankou solèy

    k ap leve granmmaten.

    Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli,

    tankou lapli prentan k ap wouze latè.

  58. 11 “Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife.

  59. 13 Nan lè sa a, Jésus te rive soti Galilée toupre larivyè Jourdain an. Li te vin kote Jean pou L ta kapab batize. 14 Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: “Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?”

    15 Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.

    16 Aprè Jésus te batize, Li te soti tou dwat nan dlo a, e lapoula syèl yo te vin louvri. Li te wè Lespri Bondye a desann kon yon toutrèl e vin poze sou Li. 17 Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”

  60. 41 Paske nenpòt moun ki bay nou yon tas dlo pou bwè akoz nou nan Kris yo, anverite Mwen di nou, li p ap pèdi rekonpans li.

  61. 36 Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, lenik lan te di: “Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.” 37 Philippe te reponn: “Si ou kwè avèk tout kè ou, ou kapab.” Li te reponn e te di: “Mwen kwè ke Jésus Kris se Fis Bondye a.” 38 Li te kòmande cha a rete. Yo tou de te desann nan dlo a, Philippe avèk lenik lan, e li te batize li.

    39 Lè yo te sòti nan dlo a, Lespri Senyè a te vin pran Philippe, e lenik lan pa t wè l ankò, men te kontinye wout li ak rejwisans.