90 Bible Verses About Drinking
Bib Sen An (BSA)
-
1 Diven se yon mokè, e bwason fò fè goumen rive nan tenten;
nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.
-
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye. 18 Epi pinga nou vin sou avèk diven, paske sa se banbòch, men se pou nou ranpli avèk Lespri a. 19 Pale avèk youn lòt avèk Sòm, avèk chan, e avèk kantik Lespri Bondye yo. Chante e fè mizik avèk kè nou a Senyè a. 20 Toujou bay remèsiman a Bondye, Papa a, pou tout bagay nan non a Senyè nou an, Jésus Kri, Papa a menm,
-
19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa. 24 Alò, sila ki pou Kris Jésus yo gen tan krisifye lachè avèk tout pasyon ak dezi li yo.
25 Si nou viv pa Lespri a, annou osi mache pa Lespri a.
-
4 Se pa pou wa yo, O Lemuel,
se pa pou wa yo bwè diven, ni pou chèf yo ta bwè diven,
5 Paske y ap bwè epi vin bliye dekrè ki te fèt la,
e tòde dwa a sila ki aflije yo.
6 Bay bwason fò a sila k ap peri a,
ak diven a sila ki gen lavi anmè a.
7 Kite li bwè pou bliye mizè li
e pa sonje pwoblèm li ankò.
8 Ouvri bouch ou pou bèbè a;
pou dwa yo a tout sila ki san sekou.
9 Ouvri bouch ou, fè jijman ak dwati,
e defann dwa a aflije yo ak endijan an.”
-
29 Se kilès ki gen gwo pwoblèm?
Se kilès ki gen tristès?
Se kilès ki gen konfli?
Se kilès k ap plenyen?
Se kilès ki blese san rezon?
Se kilès ki gen zye wouj?
30 Sila ki mize sou diven an,
sila ki ale goute diven mele an.
31 Pa gade diven an lè l wouj,
lè l fè klè nan tas la,
lè l desann byen dous.
32 Nan dènye moman an, li mòde tankou sèpan;
li brile tankou bouch koulèv.
33 Zye ou va wè bagay ki dwòl,
e panse ou va twouble anpil.
34 Ou va tankou yon moun ki kouche nan mitan lanmè,
oswa tankou yon moun ki kouche sou ma batiman.
35 “Yo te frape m, men mwen pa t santi anyen!
Yo te bat mwen, men mwen pa t konnen sa!
Lè m leve, m ap chache pou m kab bwè ankò.”
-
11 Malè a sila ki leve granmaten yo
pou yo ka kouri dèyè bwason fò,
sila ki rete kanpe tan lannwit pou diven an ka anflame yo.
12 Gwo fèt pa yo akonpanye ak jwe gita ak ap, tanbouren, flit ak diven;
men yo pa okipe zèv SENYÈ yo,
ni yo pa konsidere zèv men Li yo.
13 Pou sa, pèp Mwen an antre an egzil akoz mank konesans yo;
epi mesye ki gen onè yo
rete grangou e foul moun yo rete sèch ak swaf.
14 Pou sa, Sejou mò yo vin fè gòj li pi gwo
e louvri bouch li jiskaske li pa ka kontwole;
epi bèlte a Jérusalem, tout pèp li a,
ak gwo kri kè kontan yo, vin desann ladann.
-
23 Pa bwè dlo sèl ankò, men pran yon ti diven pou koz a vant ou ak maladi yo k ap boulvèse ou.
-
8 “Alò, SENYÈ a te pale avèk Aaron. Li te di: 9 Pa bwè diven oubyen gwòg, ni ou menm, ni fis ki avèk ou yo, lè nou ap antre nan tant asanble a, pou nou pa mouri—-sa se yon lòd pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. 10 Fòk nou fè yon distenksyon antre sa ki sen ak sa ki pa sen; antre sa ki pa pwòp ak sa ki pwòp. 11 Enstwi fis Israël yo nan tout lòd ke SENYÈ a te pale atravè Moïse yo.”
-
19 Koute, fis mwen an, vin saj
pou dirije kè ou nan chemen an.
20 Pa bwè twòp diven,
ni fè voras nan manje vyann;
21 paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;
e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.
-
9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.
-
11 Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a. 12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout zèv tenèb yo, e abiye nou ak pwotèj limyè a. 13 Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi. 14 Men abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.
-
14 Li fè zèb grandi pou bèt yo e vèdi
pou zèv a lòm nan,
pou li kab fè manje sòti nan tè a,
15 e diven ki fè kè a lòm kontan an,
pou li kab fè figi li klere ak lwil,
ak manje ki bay soutyen a kè lòm nan.
-
8 Dyak yo, menm jan an, dwe se moun ki gen dignite, ki pa ipokrit, oubyen renmen bwè diven ak twòp eksè, oubyen renmen lajan twòp 9 men ki kenbe a mistè lafwa a avèk yon konsyans ki pwòp. 10 Mesye sa yo dwe, osi, pase tès avan; answit, kite yo sèvi kòm dyak si yo pa gen repwòch.
11 Fanm yo dwe menm jan an, dign pa nan fè medizans, men tanpere, fidèl nan tout bagay.
12 Dyak yo dwe mari a yon sèl fanm, bon dirijan a pitit yo ak pwòp lakay yo. 13 Paske sila ki sèvi byen kòm dyak yo resevwa pou tèt yo, yon wo pozisyon ak gwo konfyans nan lafwa ki nan Kris Jésus a.
-
34 Veye nou, swa kè nou va vin lou nan banbòch ak bwason avèk enkyetid lavi yo, paske jou sa a va vini sou nou sibitman.
-
19 Donk konsa, nou pouswiv bagay k ap fè nou gen lapè yo, e k ap soutni nou youn lòt. 20 Pa dechire travay Bondye a pou afè manje. Anfèt tout bagay pwòp, men yo mal pou moun ki manje e ki ofanse lòt moun. 21 Se bon pou pa manje vyann ni bwè diven oubyen fè nenpòt bagay k ap fè frè ou a chite. 22 Lafwa ke ou genyen an, genyen li kòm pwòp konviksyon pa w devan Bondye. Beni se sila a ki pa kondane pwòp tèt li nan sa ke li apwouve. 23 Men sila ki doute a gen tan fin kondane si li manje, paske manje li a pa fèt ak lafwa; e nenpòt bagay ki pa fèt ak lafwa, se peche.
-
2 Te gen yon sèten nonm nan Tsorea nan fanmi Danit yo, ki te rele Manoach. Madanm li te esteril e li pa t janm fè pitit. 3 Konsa, zanj SENYÈ a te parèt a fanm nan e te di li: “Gade byen, koulye a, ou esteril e ou pa janm fè pitit, men ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. 4 Konsa, fè atansyon pou pa bwè diven, oswa okenn bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp. 5 Paske, gade byen, ou va vin ansent e bay nesans a yon fis. Nanpwen razwa k ap vini sou tèt li. Paske gason an va yon Nazareyen pou Bondye depi nan vant. Li va kòmanse delivre Israël soti nan men a Filisten yo.”
6 Epi fanm nan te vin pale mari li. Li te di: “Yon nonm Bondye te vin kote m; aparans li te tankou aparans a yon zanj Bondye, byen mèvèye. Epi mwen pa t mande li kote li te sòti, ni li pa t di mwen non li. 7 Men li te di mwen: ‘Gade byen, ou va vin ansent pou bay nesans a yon fis. Soti koulye a, ou p ap bwè diven ni bwason fò, ni manje anyen ki pa pwòp, paske gason an va yon Nazareyen a Bondye soti nan vant jis rive jou ke li mouri an.’”
-
7 Anplis yo vin toudi akoz bwason fò yo: prèt la ak pwofèt la vin toudi ak bwason fò. Yo vin konfonn akoz diven an, e yo vin toudi akoz bwason fò a. Yo kilbite pandan y ap fè vizyon, e yo manke tonbe lè y ap rann jijman. 8 Paske tout tab yo plen ak salte vomisman an; pa menm gen yon kote ki pwòp.
-
1 Men pou ou menm, pale bagay ki apwopriye a bon doktrin nan.
2 Mesye nan laj avanse yo dwe tanpere, dign, rezonab solid nan lafwa, nan lanmou, ak nan pèseverans.
3 Fanm nan laj avanse yo, menm jan an, yo dwe sen nan konpòtman yo pa nan fè medizans, ni vin esklav a anpil diven, e yo dwe ap enstwi sa ki bon 4 pou yo kapab ankouraje jèn fanm yo pou renmen mari yo, e pou renmen pitit yo, 5 pou yo kapab reflechi kon moun serye, rete san tach, fè travay lakay yo, janti, soumèt a pwòp mari yo, pou yo pa dezonore pawòl Bondye a.
-
1 Konsa, paske Kris te soufri nan lachè a, ranfòse tèt nou osi avèk menm bi a; paske moun ki deja soufri nan lachè yo, gen tan sispann fè peche, 2 pou nou pa viv rès tan an konsa, nan lachè ak dezi a lòm, men viv pou volonte a Bondye.
3 Paske tan ki pase deja a, sifi pou nou te akonpli tout dezi a payen yo. Nou te konn pouswiv yon kous sansyèl, dezi chanèl, vin sou, banbòch, gwo fèt bwason, ak idolatri ki abominab.
4 Nan tout sa, yo etone ke nou pa kouri avèk yo nan menm eksè ki fè yo dejenere konsa a, e yo pale mal sou nou.
-
16 “Men a kisa Mwen kapab konpare jenerasyon sila a? Li tankou timoun ki chita nan mache a, k ap rele lòt timoun 17 pou di: ‘Nou te jwe flit pou nou, e nou pa t danse. Nou te chante yon antèman, e nou pa t kriye’. 18 Paske Jean te vini san manje ni bwè, e yo di: ‘Li gen yon move lespri’! 19 Men Fis a Lòm nan te vini avèk manje e avèk bwè, e yo di: ‘Gade, li manje twòp, li bwè twòp, e li fè zanmi avèk moun biwo kontribisyon an, ak pechè yo!’ Men sajès la toujou jistifye pa zanfan li yo.”
-
22 Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la
e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a,
23 sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab
e ki rachte dwa a sila ki gen rezon yo!
-
1 Ankò, SENYÈ a te pale avè Moïse. Li te di: 2 “Pale avèk fis Israël yo e di yo: ‘Lè yon nonm oswa yon fanm fè yon ve, ve a yon Nazareyen, pou dedye tèt li bay SENYÈ a, 3 li va refize diven avèk bwason fò. Li pa pou bwè vinèg, kit li fèt avèk diven kit bwason fò, ni li p ap bwè ji rezen, ni manje rezen, ni fre, ni sèch. 4 Tout jou apa sa yo, li pa pou manje anyen ki pwodwi pa pye rezen, soti nan grenn li yo, jis rive nan po li.
-
20 Alò, Noé te kòmanse kiltive tè a. Li te plante yon chan rezen. 21 Li te bwè diven, e li te vin sou. Konsa li te dekouvri kò li anndan tant li an.
22 Cham, papa Canaan nan, te wè papa li toutouni, e li te pale sa a frè l yo deyò a.
23 Men Sem avèk Japhet te pran yon abiman, yo te mete li sou chak zepòl li, e yo te mache an aryè pou kouvri nidite papa yo. Figi yo te vire akote pou yo pa wè nidite li.
-
1 Sa se yon vre pawòl: Si yon nonm ta vle devni yon pastè, se yon bon zèv li dezire fè a. 2 Yon pastè, alò, dwe san repwòch, mari a yon madanm, tanpere, pridan, respektab, emab, avèk yon kapasite pou enstwi. 3 Li pa dwe bwè diven ak eksè, oswa agresif, men janti, pezib, e lib de lanmou lajan. 4 Li dwe yon moun ki jere pwòp kay li byen, e ki kenbe pitit li yo anba bon kontwòl avèk tout dignite; 5 (men si yon moun pa konnen kijan pou l jere pwòp kay li, kijan li va pran swen legliz Bondye a?) 6 Fòk li pa yon nouvo konvèti, pou li kab pa vin ògeye, e tonbe nan kondanasyon ki fèt pa pèlen Dyab la. 7 Li dwe gen bon repitasyon avèk sila ki deyò legliz yo, pou li pa tonbe nan repwòch ak pèlen Satan.
-
15 “Malè a ou menm k ap fòse vwazen ou bwè, k ap mele gwòg pa w ladann, menm pou fè yo sou, pou gade toutouni yo! 16 Ou plen ak wont san onè. Konsa, ou va bwè ou menm e dekouvri pwòp toutouni pa ou. Tas nan men dwat SENYÈ a va vire tou won pou rive kote ou, e wont total va ranplase laglwa ou.
-
13 Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean. 14 Ou va gen lajwa avèk kè kontan, e anpil moun va rejwi nan nesans li.
15 “Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant.
-
4 Men nou menm, frè m yo, nou pa nan tenèb, pou jou a ta siprann nou tankou yon vòlè. 5 Paske nou tout se fis a limyè e fis lajounen an. Nou pa apatyen a lannwit ni a tenèb. 6 Konsa, annou pa dòmi tankou lòt yo konn fè a, men annou rete vijilan e rezoli. 7 Paske sila ki dòmi yo, fè dòmi yo a nan lannwit; e sila kap vin sou yo vin sou yo nan lannwit. 8 Men paske nou apatyen a lajounen, annou rete rezoli. Annou fin mete sou nou pwotèj lestomak lafwa ak lanmou an, e kòm kas, lesperans sali a.
9 Paske Bondye pa t destine nou a lakòlè, men pou nou vin gen Sali atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 10 Li te mouri pou nou pou kit nou vivan kit nou mouri, nou va viv ansanm avèk Li.
-
17 Sila ki renmen plezi, va vin pòv;
sila ki renmen diven ak lwil, p ap janm rich.
-
11 Men an reyalite, mwen te ekri nou pou nou pa asosye nou avèk nenpòt moun ke nou konn rele “frè” si li se yon moun imoral, oubyen ranpli ak lanvi, oubyen yon moun idolat, yon medizan, yon tafyatè, oubyen yon moun ki nan fwod——pou nou pa ta menm manje avèk yon moun konsa.
-
7 Ale manje pen ou ak kè kontan e bwè diven ak kè plen ak jwa; paske Bondye deja pran plezi nan sa ou fè a.
-
26 Pandan yo t ap manje, Jésus te pran kèk pen. Li te beni li, kase l epi separe bay disip Li yo. Li te di: “Pran, manje; sa se kò Mwen.”
27 Li te pran tas la e te bay remèsiman. Li te bay yo e Li te di: “Bwè ladann, nou tout; 28 paske sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun, pou padon peche yo. 29 Men Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen sila a ankò depi koulye a, jouk rive lè Mwen bwè l de nouvo avèk nou nan wayòm Papa Mwen an.”
30 Apre yo chante yon kantik, yo te ale nan Mòn Oliv la.
-
12 Tout bagay pèmèt pou mwen, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men mwen p ap kite m domine pa anyen.
-
31 Alò, konsa si nou manje oswa si nou bwè, nan nenpòt sa ke nou fè, fè yo tout a laglwa Bondye.
-
12 Alò, David te di a Urie: “Rete isit la jodi a tou e demen mwen va kite ou ale.” Konsa, Urie te rete Jérusalem nan jou sa a ak pwochen jou a. 13 Alò David te rele li, li te manje bwè devan li e li te fè li sou. Epi nan aswè, li te sòti pou kouche sou kabann li avèk sèvitè a mèt li yo, men li pa t desann lakay li.
-
48 “Men si esklav mechan sa a di nan kè li, ‘Mèt mwen p ap vini pandan anpil jou’, 49 epi li kòmanse bat esklav parèy li yo, manje e bwè avèk moun sou yo, 50 mèt a esklav sa a ap vini nan yon jou ke li pa t panse, e nan yon lè ke li pa t konnen, 51 epi li va koupe li an mòso e bay li yon plas avèk ipokrit yo. Se la, y ap gen kriye avèk manje dan.”
-
19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.
-
9 Pran reta epi tann! Avegle tèt nou pou nou avèg! Yo vin sou, men pa avèk diven; yo kilbite, men pa akoz bwason fò.
-
9 Nou tout, bèt a chan yo,
vin manje,
ak tout bèt a forè yo.
10 Gadyen Li yo avèg.
Tout nan yo san konprann.
Se chen bèbè ki pa ka jape;
moun k ap kouche fè rèv,
ki renmen somèy.
11 Wi, chen yo voras.
Yo pa janm jwenn ase.
Se bèje yo ye san konprann.
Yo tout vire tounen nan pwòp chemen pa yo,
yo chak nan ranmase byen de tout katye.
12 “Vini”, yo di: “Annou twouve diven;
annou bwè anpil bwason fò.
Epi demen n ap fè menm jan ak jodi a!
Plis menm!”
-
7 Jésus te di yo: “Ranpli po yo avèk dlo.” Konsa, yo te plen yo ra bouch.
8 Epi Li di yo: “Retire kèk pou pote bay chèf sèvitè tab yo.” Konsa yo te pote bay li.
9 Lè chèf sèvitè a te goute dlo a ki te tounen diven, li pa t konnen kote li te soti. Men sevitè ki te rale l yo te konnen. Konsa, Chèf sèvitè a te rele jennonm ki t ap marye a, 10 epi te di l: “Tout moun sèvi bon diven an avan, e lè moun yo bwè kont yo, yo bay sa ki enferyè a, men ou kenbe bon diven an jis koulye a.”
-
8 Men se pamanje k ap rekòmande nou a Bondye. Nou p ap ni pi mal si nou pa manje, ni pi bon si nou manje. 9 Men fè atansyon ke libète sa a pa vini, nan yon jan o yon lòt, yon wòch pou fè sila ki fèb yo chite. 10 Paske si yon moun wè ou menm, ki gen konesans, k ap manje nan yon tanp zidòl, si konsyans li fèb, l ap ankouraje manje bagay ki sakrifye a zidòl yo? 11 Alò, akoz konesans pa ou, sila ki fèb vin pèdi, frè pou sila Kris la te mouri an. 12 Konsa, nan peche kont frè nou yo k ap blese konsyans a sila ki fèb yo, nou peche kont Kris la. 13 Pou sa a, si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.
-
7 Paske pastè an tèt la dwe san repwòch, kòm jeran zafè a Bondye, pa awogan, pa fache souvan, pa bwè diven twòp, pa agresif kont lòt, ni renmen lajan twòp; 8 men emab, renmen sa ki bon, rezonab, jis, devwe, gen kontwòl tèt li, 9 ki kenbe fèm a pawòl lafwa a ki gen akò avèk ansèyman an, pou li kapab egzòte nan bon doktrin nan, e demanti sila ki kontredi l yo.
-
13 Li va renmen nou, beni nou, e fè nou vin miltipliye. Li va, osi, beni fwi a vant nou, fwi a tè nou, e diven nèf ak lwil nou, kwasans a twoupo nou, avèk jenn bann mouton nou, nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou.
-
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;
krent SENYÈ a e vire kite mal.
8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,
ak rafrechisman a zo ou.
9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;
ak premye pati nan tout prodwi ou,
10 pou depo ou yo kab vin plen ak abondans,
e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
-
11 Lavi pwostitisyon, diven,
ak diven nèf retire bon konprann.
-
1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa.
-
13 Selon Anne, li t ap priye nan kè l, men se sèl lèv li ki t ap mache, e vwa li pa t fè bwi. Konsa, Éli te sipoze ke li te sou. 14 Alò Éli te di li: “Pou konbyen de tan ou va rete sou konsa? Mete diven sa a lwen ou.”
15 Men Anne te reponn: “Non, mèt mwen! Mwen se yon fanm oprime nan lespri. Mwen pa t bwè diven, ni bwason fò, men mwen t ap debarase nanm mwen devan SENYÈ a.
-
13 Men te gen lòt ki t ap moke yo, e t ap di: “Yo plen avèk diven dous”.
14 Men Pierre, ki te kanpe fèm avèk onz yo, te leve vwa li e te deklare a yo menm: “Moun a Judée yo, ak nou tout ki rete Jérusalem yo, kite sa byen konnen pami nou, e prete atansyon a pawòl mwen. 15 Paske moun sa yo pa sou, tankou nou ta kwè a paske se sèlman twazyèm è nan jounen an.
-
8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore.
-
30 Lot te kite Tsoar e monte. Li te rete nan mòn yo avèk de fi li yo avè l, paske li te pè rete Tsoar. Li te rete nan yon kav, li menm avèk de fis li yo. 31 Alò premye ne a te vin di a pi Jèn nan: “Papa nou vin vye, e nou pa gen gason sou latè pou vin antre nan nou apre sistèm sou tè a. 32 Vini, annou fè papa nou bwè diven, e annou kouche avè l pou nou kapab prezève fanmi nou an pa papa nou.” 33 Pou sa, yo te fè papa yo bwè diven menm nwit lan, e premye ne a te antre kouche avèk papa li. Li pa t konnen ni lè li te kouche a, ni lè li te leve a.
34 Jou swivan an, premye ne a te di a pi Jèn nan, “Gade byen, yè swa mwen te kouche avèk papa m. Annou fè li bwè diven aswè a tou, epi ou menm antre kouche avè l, pou nou prezève fanmi nou an ak papa nou.” 35 Alò, yo te fè papa yo bwè diven nan nwit lan tou, epi pi Jèn nan te leve e kouche avè l. Epi li pa t konnen ni lè li te kouche a, ni lè li te leve a.
36 Konsa tou de fi a Lot yo te vin ansent pa papa yo. 37 Premye ne a te fè yon fis, e li te rele non li Moab. Li se papa a Moabit yo jis rive jodi a. 38 Epi pou pi Jèn nan, li te fè yon fis tou, e li te rele li Ben-Ammi. Li se papa a tout fis Ammon yo jis rive jodi a.
-
1 Belschatsar, wa a te fè yon gran fèt pou yon milye nan gwo chèf li yo, e li t ap bwè diven nan prezans a milye a gwo chèf yo. 2 Lè Belschatsar te goute diven an, li te pase lòd pou pote veso fèt an lò ak ajan ke Nebucadnetsar, papa li, te retire nan tanp ki te Jérusalem yo, pou wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo ta kapab bwè nan yo. 3 Konsa, yo te mennen veso fèt an lò ki te sòti nan tanp lan, lakay Bondye ki te Jérusalem nan. Epi wa a ak prens li yo, madanm li yo ak ti mennaj li yo te bwè nan yo. 4 Yo te bwè diven an e te louwe dye a lò, ak ajan, bwonz, fè, bwa ak wòch yo.
-
17 Men lè mwen bay nou kòmand sila a, mwen pa fè nou konpliman, paske nou pa reyini ansanm pou sa ki pi bon men pou sa ki pi mal. 18 Paske premyèman, lè nou reyini ansanm kòm yon legliz, mwen tande ke gen divizyon pami nou, e mwen kwè yon pati nan sa gen verite. 19 Paske toujou oblije gen divizyon pami nou jis pou sila ki apwouve yo kapab vin parèt klè pami nou. 20 Konsa, lè nou reyini ansanm, nou pa fè l pou nou manje manje Senyè a. 21 Olye sa, nan manje a, chak moun pran pwòp manje pa l avan. Yon moun grangou, e yon lòt sou. 22 Kisa! Nou pa gen kay kote nou kapab manje ak bwè? Oubyen èske nou meprize legliz Bondye a, e fè sila ki manke yo wont? Kisa m kapab di nou? Èske m dwe fè nou konpliman? Nan sa, mwen p ap fè nou konpliman.
-
8 Paske gen yon tas nan men SENYÈ a,
e diven an ap kimen.
Li byen mele e Bondye vide fè l sòti ladann.
Anverite, tout mechan yo oblije bwè l jis rive nan dènye ti gout li.
-
6 SENYÈ dèzame yo va prepare yon gwo bankè pou tout pèp sou mòn sa a; yon bankè diven rasi, mòso chwazi ak mwèl zo, diven byen rafine. 7 Sou mòn sa a, Li va vale nèt kouvèti pwotèj ki sou tout pèp yo, menm vwal la ki tann sou tout nasyon yo. 8 Li te vale lanmò jis pou tout tan! Senyè BONDYE a va siye tout dlo nan zye a tout moun e li va retire repwòch a pèp Li a sou tout latè. Paske SENYÈ a te pale.
9 Konsa, li va pale nan jou sa a, “Gade byen, sa se Bondye nou an! Sila nou te tann pou L te ka sove nou an! Sa se SENYÈ a! Sila nou t ap tann nan! Annou rejwi e fè kè kontan nan sali Li a!”
-
5 Moun sou yo, leve pou nou ka kriye!
Rele fò, nou tout k ap bwè diven an,
akoz diven dous lan,
paske li deja retire pou l kite bouch nou.
6 Paske yon nasyon deja anvayi peyi mwen an,
ak gwo pwisans, fòs kantite moun depase kontwòl.
Dan l se dan a yon lyon;
gwo dan l yo se tankou dan a yon manman lyon.
-
9 Yo pa bwè diven ak chanson; bwason fò yo vin anmè pou sila ki bwè l yo.
-
14 “Pawòl a Jonadab, fis a Récab la, ke li te kòmande fis li yo pou pa bwè diven yo, byen obsève. Pou sa, yo pa bwè diven jis rive jou sa a, paske yo te obeyi lòd papa yo. Men Mwen te pale ak nou ankò e ankò, e nou pa t koute Mwen.
-
31 Ou te mache nan chemen a sè ou a. Pou sa, Mwen va mete tas pa li a nan men ou.’
32 “Konsa pale Senyè BONDYE a:
“Ou va bwè tas a sè ou a ki fon e ki laj.
Yo va ri sou ou e fè rizib sou ou.
Li byen gwo.
33 Ou va vin plen ak soulay ak tristès,
tas a gwo laperèz ak dezolasyon,
tas a sè ou a, Samarie.
34 Ou va bwè li e vide li nèt.
Epi ou va manje sou ti mòso chire yo
e dechire tete ou;
paske Mwen te pale sa a”, deklare Senyè BONDYE a.
-
22 Men Jésus te reponn: “Nou pa konnen kisa n ap mande a. Èske nou kapab bwè tas ke Mwen prè pou M bwè a?”
Yo te di Li: “Nou kapab”.
23 Li te di yo: “Tas Mwen an nou ap bwè, men pou chita adwat Mwen, oubyen agoch Mwen, se pa Mwen ki pou bay li, men se pou sila papa M te prepare li yo.”
-
23 Li te pran yon tas, te bay gras, e Li te bay yo li. Yo tout te bwè ladann. 24 Konsa Li te di yo: “Sa se san akò Mwen ki vèse pou anpil moun. 25 Anverite Mwen di nou, Mwen p ap janm bwè fwi rezen ankò jouk jou ke M bwè l de nouvo nan wayòm Bondye a.”
-
17 Lè l te fin pran yon tas, e te beni li, Li te di: “Pran sa a, e pataje li pami nou menm. 18 Paske Mwen di nou, Mwen p ap bwè fwi rezen an depi kounye a jiskaske wayòm Bondye a vini.”
-
9 Answit, yon lòt zanj, yon twazyèm, te swiv yo e t ap di avèk yon vwa ki fò: “Si yon moun adore bèt la avèk limaj li a, e resevwa yon mak sou fon li oubyen sou men l, 10 li osi va bwè nan diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an. 11 Lafimen toumant yo ap monte pou tout tan e pou tout tan. Yo p ap gen repo ni lajounen ni lannwit, sila yo ki adore bèt la avèk imaj li a, ak nenpòt moun ki resevwa mak non li an.
-
18 “Si yon nonm vin gen yon fis tèt di k ap fè rebelyon, epi li refize obeyi papa li oswa manman li, epi lè l resevwa chatiman, li pa menm koute yo, 19 alò, papa li avèk manman li va sezi li, e mennen li deyò vè ansyen vil yo nan pòtay vil pa li a. 20 Yo va di a ansyen vil yo: ‘Fis pa nou sa a tèt di e rebèl, li refize obeyi nou, li voras, e li bwè anpil gwòg.’ 21 Alò, tout mesye lavil yo va lapide li ak kout wòch jiska lanmò. Konsa, nou va retire mal sa a nan mitan nou. Tout Israël va tande bagay sa a e yo va vin gen krentif.
-
28 Absalom te kòmande sèvitè li yo. Li te di: “Gade koulye a, lè kè Amnon kontan avèk diven an, lè mwen di nou: ‘Frape Amnon’, alò, mete li a lanmò. Pa pè! Èske se pa mwen menm ki kòmande nou? Pran kouraj e rete brav.”
29 Sèvitè a Absalom yo te fè Amnon jis jan ke Absalom te kòmande a. Epi tout fis a wa yo te leve monte milèt pa yo e te sove ale.
-
8 SENYÈ a te sèmante pa men dwat Li
e pa men pwisan Li:
“Mwen p ap janm bay sereyal pa ou ankò
kon manje pou lènmi ou yo;
ni etranje yo p ap janm bwè diven nèf
pou sila ou te depanse fòs ou a.”
9 Men sila ki ranmase li,
se yo k ap manje li e louwe SENYÈ a.
Sila ki rekòlte li yo va bwè li nan lakou
sanktyè pa Mwen an.
-
15 Paske SENYÈ a, Bondye Israël la di mwen: “Pran tas diven kòlè sa a soti nan men Mwen, e fè tout nasyon kote Mwen voye ou yo bwè l. 16 Yo va bwè, kilbite e vin fou akoz nepe ke Mwen va voye pami yo.”
17 Konsa, mwen te pran tas la nan men SENYÈ a, e mwen te fè tout nasyon sou sila SENYÈ a te voye mwen yo, bwè l:
-
18 Konsa, SENYÈ a te vin jalou pou peyi Li a,
e Li te fè mizerikòd a pèp Li a.
19 SENYÈ a te reponn pou di a pèp Li a:
“Gade byen, Mwen va voye bannou sereyal, diven nèf ak lwil.
Nou va vin satisfè nèt ak yo.
Mwen p ap fè nou ankò vin yon repwòch pami nasyon yo.
-
18 Epi nan jou sa a, mòn yo va degoute diven nèf.
Nan kolin yo, se lèt ki va koule;
tout ravin nan Juda va gen dlo,
epi yon sous va sòti lakay SENYÈ a
pou awoze vale a Sittim nan.
-
1 Sajès bati kay li a;
li taye sèt gwo pilye li yo.
2 Li te prepare manje li,
li te mele diven li; anplis, li fin ranje tab li.
3 Li voye demwazèl li yo deyò,
li rele soti nan anlè wotè pwent vil yo:
4 “Pou sila ki ensanse a, kite li antre isit la!”
Pou sila ki manke bon konprann nan, li di:
5 “Vin manje manje mwen an,
e bwè diven ke m te melanje a.
-
27 “Ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo, Bondye Israël la, “Bwè, vin sou, vomi, tonbe e pa leve ankò akoz nepe ke Mwen va voye pami nou an.”’
28 Epi li va vin rive ke si yo refize pran tas la nan men ou pou bwè, alò ou va di yo: ‘Konsa pale SENYÈ dèzame yo: “Anverite, nou va bwè! 29 Paske gade byen, Mwen ap kòmanse fè yon zèv k ap yon kalamite nan vil sa a, ki rele pa non Mwen an. Èske nou dwe konplètman chape anba pinisyon? Nou p ap chape anba pinisyon, paske Mwen ap fè apèl nepe a kont tout sila ki rete sou latè yo”, deklare SENYÈ dèzame yo.”’
-
8 Men Daniel te pran desizyon nan panse li pou li pa t souye tèt li ak meyè manje a wa a, ni ak diven li te konn bwè a. Konsa, li te chache pèmisyon a chèf nan linik yo pou li pa ta souye tèt li.
-
3 Mwen pa t manje okenn bon manje; ni vyann, ni diven an pa t antre nan bouch mwen. Ni mwen pa t sèvi okenn pomad pou onksyone jiskaske tout twa semèn sila yo te fin akonpli.
-
22 Pa pè, nou menm bèt chan yo;
paske patiraj yo nan dezè a deja vin vèt,
paske pyebwa a vin bay fwi li.
Pye fig la ak pye rezen an bay tout fòs yo.
23 Konsa, se pou nou fè kè kontan,
O fis a Sion yo!
Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an;
paske Li te bay nou lapli bonè nan kantite ki jis,
li te fè vide sou nou lapli,
premye ak dènye lapli a tankou avan an.
24 Glasi vannen yo va plen ak sereyal,
e chodyè yo va debòde ak diven nèf ak lwil.
-
42 Li te kite yo yon dezyèm fwa e te priye konsa: “Papa M, si tas sa a p ap kab retire anmwens ke M bwè l, ke volonte Ou fèt.”
-
34 yo te bay Li diven pou bwè mele avèk fyèl. Men lè L te goute l, Li pa t dakò bwè l.
-
13 Jésus te reponn e te di li: “Tout moun ki bwè dlo sila a ap swaf ankò: 14 Men nenpòt moun ki bwè dlo ke Mwen bay li a, p ap janm swaf. Men dlo ke Mwen bay li a ap vini nan li tankou yon pwi k ap bay dlo jiska lavi etènèl.”
-
53 Pou sa, Jésus te di yo: “Anverite, anverite Mwen di nou, anmwenske nou manje chè Fis a Lòm nan, epi bwè san Li, nou pa gen lavi nan nou menm.
54 “Moun ki manje chè M, epi bwè san Mwen, genyen lavi etènèl, epi M ap fè l leve nan dènye jou a. 55 Paske chè M se vre manje a, e san Mwen se vre bwason an.
56 “Moun ki manje chè M epi bwè san Mwen, rete avè M, epi Mwen menm avèk li.
-
11 Konsa, Jésus te di Pierre: “Mete nepe a nan fouwo a. Tas ke Papa a ban Mwen an, èske M pa pou bwè l?”
-
19 Paske malgre ke m lib de tout moun, mwen fè tèt mwen esklav a tout moun, pou m kapab konvenk plis moun toujou.
20 Pou Jwif yo mwen te vin Jwif, pou mwen te kapab konvenk Jwif yo. Pou sila ki anba Lalwa yo, kòmsi m te anba Lalwa, malgre ke mwen menm pa t anba Lalwa, pou m te kapab konvenk sila ki anba Lalwa yo.
21 Pou sila ki san lalwa yo, kòmsi m te san lalwa, malgre m pa t san lalwa a Bondye a, men anba lalwa a Kris la, pou m te kapab konvenk sila ki san lalwa yo.
22 Pou fèb yo mwen te vin fèb, pou m te kapab konvenk fèb yo. Mwen te vini tout bagay pou tout moun pou m ta kapab pa tout mwayen sove kèk.
23 Mwen fè tout bagay pou koz a levanjil la, pou m kapab vin gen dwa patisipe ladann.
-
23 Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki itil. Tout bagay pèmèt, men se pa tout bagay ki edifye. 24 Pa kite nou chache pwòp enterè pa nou, men sa ki bon pou vwazen nou.
-
28 Koulye a, ke Bondye kapab ba ou
lawouze syèl la, ak grès tè a,
anpil sereyal chan avèk diven nèf.
-
13 Konsa, nonm Bondye a te di a Manoach: “Kite fanm nan byen okipe tout sa ke m te di li yo. 14 Li pa dwe manje anyen ki sòti nan chan rezen, ni bwè diven, ni bwason fò, ni manje okenn bagay ki pa pwòp. Kite li swiv tout sa ke m te kòmande yo.”
-
8 Nan venn-sizyèm ane Asa a, wa a Juda a, Éla, fis a Baescha a, te vin wa sou Israël nan Thirtsa e li te renye pandan dezan. 9 Sèvitè li, Zimri, chèf a mwatye cha li yo, te fè konplo kont li. Alò, li te lakay Thirtsa, e li t ap bwè jiskaske li te vin sou lakay Artsa, ki te chèf sou tout kay Thirtsa a. 10 Alò, Zimri te antre frape li e te mete l a lanmò nan venn-setyèm ane Asa a, wa a Juda a e li te devni wa nan plas li.
-
20 Kite pwòp zye pa li wè lè l pouri gate.
Kite li bwè lakòlè Bondye.
-
1 Malè a kouwòn ògèy a moun sou ak diven Éphraïm yo, ak flè fane li ki pèdi bèlte ak glwa li. Li menm ki sou tèt vale fètil a sila ki fin sou ak diven yo! 2 Veye byen, SENYÈ a gen yon asistan ase fò e pwisan. Tankou tanpèt lagrèl, yon tanpèt destriksyon, yon tanpèt pwisan k ap debòde dlo, Li va vin jete yo atè ak men Li. 3 Kouwòn ògèy a moun sou Éphraïm yo va vin foule anba pye.
-
17 “Pou ou menm, fis a lòm, konsa pale Senyè BONDYE a: ‘Pale a tout kalite zwazo, ak tout bèt nan chan: “Rasanble nou e vini. Rasanble soti tout kote anvè sakrifis Mwen, ke M ap pral fè pou nou an, yon gwo sakrifis sou mòn Israël yo, pou nou ka manje chè ak bwè san. 18 Nou va manje chè a mesye pwisan yo, e bwè san a prens latè yo, konsi se te belye, jenn mouton, kabrit, ak towo, tout bèt gra a Basan yo. 19 Akoz sa, nou va manje grès jiskaske nou vin toufe nèt ak sakrifis Mwen, ke M fin fè pou nou an. 20 Nou va toufe nèt sou tab Mwen an ak cheval yo, ak mesye mèt cha yo, mesye pwisan yo ak tout gwo mesye lagè yo”, deklare Senyè BONDYE a.’
-
4 K ap repoze sou kabann fèt ak livwa yo,
k ap gaye kò yo sou gwo sofa yo,
e k ap manje jenn mouton ki soti nan pak la,
ak jenn bèf ki soti nan mitan tonèl bèt la;
5 sila ki enpwovize ak son ap la,
ki envante lenstriman mizik yo menm jan ak David;
6 Sila k ap bwè diven nan kalbas sakrifis yo pandan yo
onksyone kò yo ak pi bon lwil yo,
malgre sa, yo pa kriye pou Joseph,
ki fin devaste nèt la.
7 Akoz sa, yo va antre an egzil nan tèt a egzile yo.
Banbòch a sanzave yo va sispann.
-
37 Nan dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè!
-
13 Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a— 14 Kòm timoun obeyisan pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan, 15 men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an se pou nou vin sen, osi nan tout konpòtman nou.
-
17 Sa yo se sous san dlo e nyaj ki pouse pa yon van tanpèt pou sila tenèb fènwa fin rezève nèt la. 18 Paske nan pale fò avèk awogans ak vanite, yo sedwi pa dezi lachè yo, pa sansyalite, atake sila ki prèske pa gen fòs yo pou chape devan sila ki viv nan erè yo, 19 k ap pwomèt yo libète, pandan yo menm se esklav a koripsyon; paske sa ki domine yon moun, fè l vin esklav.
20 Paske si, apre yo fin chape de tout bagay sal mond sa a pa konesans Senyè ak Sovè a Jésus Kri, yo bwouye ladan yo ankò e vin simonte dènye eta yo a vin pi mal pase premye a. 21 Paske li ta pi bon pou yo pa t konnen chemen ladwati a, olye yo vin konnen l, pou vire kite kòmandman sen ki te livre a yo menm nan. 22 Men sa ki vin rive a yo menm selon vre pwovèb la: “Yon chen retounen a pwòp vomisman l” epi “gwo manman kochon an, lè l fin benyen, li retounen woule kò l nan labou a.”
-
3 Paske tout nasyon yo te bwè diven a pasyon imoralite li a, wa latè yo te komèt zak imoralite avè l, e machann latè yo te vin rich avèk richès sansyalite li yo.”
Shows Read in context, Share and Copy.