25 Bible Verses About Fall

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Fall
  1. 12 Moun sa yo se resif yo k ap kache nan fèt lanmou sen nou yo, lè yo vin fete avèk nou san fè lakrent, men konsène sèlman ak pwòp tèt pa yo. Yo se nwaj yo ki san dlo, pote pa van, bwa sezon fredi, san fwi, de fwa mò, dechouke menm; 13 volas lanmè sovaj yo, k ap kimen nan pwòp wont yo tout kalite enpirite; zetwal eran pou kilès tenèb nwa a te rezève jis pou janmen.

  2. 24 Yo pa di nan kè yo: ‘Alò koulye a, annou gen lakrent SENYÈ a, Bondye nou an, ki bay lapli nan sezon li, ni lapli sezon otòn ak lapli sezon prentan, Sila ki kenbe pou nou semèn rekòlt nou yo.’

    25 “Inikite nou yo fin detounen bagay sa yo, e peche nou yo te retire tout sa ki bon pou nou.

  3. 1 Gen yon lè apwente pou tout bagay. Epi gen yon tan pou chak sa ki rive anba syèl la—

    2 Yon tan pou ne,

    yon tan pou mouri;

    yon tan pou plante,

    ak yon tan pou dechouke

    sa ki plante a.

  4. 5 A la beni nonm ki gen fòs li nan Ou,

    Nan kè a sila lide fè wout nan gran chemen vè Sion an ye.

    6 Lè yo pase nan vale Baca a, yo fè l fè yon sous;

    Premye lapli a kouvri li avèk benediksyon.

  5. 13 “Li va vin rive ke si nou koute avèk obeyisans a kòmandman mwen yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e sèvi Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, 14 ke Mwen va bay lapli pou peyi nou nan sezon li, lapli premye sezon ak lapli dènye sezon, pou nou kapab fè antre sereyal avèk diven nèf, avèk lwil. 15 Mwen va bannou zèb nan chan nou yo pou bèt nou yo, e nou va manje e va satisfè.

  6. 22 “Pandan tè a la a, lè semans avèk rekòlt, fredi avèk chalè, sezon chalè ak livè, lajounen avèk lannwit p ap janm sispann.”

  7. 1 “‘Alò, nan setyèm mwa nan premye jou nan mwa a, nou va osi fè yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay ki di. Li va pou nou yon jou pou soufle twonpèt.

  8. 19 Li te fè lalin nan pou sezon yo.

    Solèy la konnen plas kote pou l vin kouche a.

  9. 4 Parese a pa laboure tè nan sezon otòn;

    akoz sa li mande charite pandan rekòlt la, e li p ap gen anyen.

  10. 27 Nan dizyèm jou nan setyèm mwa sa a, se jou ekspiyasyon an. Li va yon konvokasyon sen pou nou. Nou va imilye nanm nou pou prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a.

  11. 34 “Pale avèk fis Israël yo pou di: ‘Nan kenzyèm jou nan mwa sa a ki se setyèm mwa a, se Fèt Ti Tonèl Yo pandan sèt jou anvè SENYÈ a.

  12. 7 “‘Epi nan dizyèm jou nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen, e nou va imilye nou. Nou p ap fè okenn travay.

  13. 12 “‘Nan kenzyèm jou a nan setyèm mwa a, nou va fè yon konvokasyon sen. Nou va obsève yon fèt a SENYÈ a pandan sèt jou.

  14. 7 Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan jiskaske Senyè a vini. Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo. 8 Nou menm tou, se pou nou pasyan. Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè.

  15. 23 Konsa, se pou nou fè kè kontan,

    O fis a Sion yo!

    Rejwi nou nan SENYÈ a, Bondye nou an;

    paske Li te bay nou lapli bonè nan kantite ki jis,

    li te fè vide sou nou lapli,

    premye ak dènye lapli a tankou avan an.

  16. 37 Konsa Li di a disip Li yo: “Rekòlt la anpil, men ouvriye yo manke. 38 Pou sa, sipliye Senyè rekòlt la pou voye ouvriye nan rekòlt Li a.”

  17. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.

  18. 14 Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo;

  19. 26 Mwen va fè yo menm ak tout kote ki antoure kolin Mwen yo vin yon benediksyon. Epi Mwen va fè bèl lapli tonbe, e lapli sa a va yon lapli ki pote benediksyon.

  20. 21 Ou va travay pandan sis jou, men nan setyèm jou a ou va repoze. Menm pandan sezon laboure tè ak rekòlt la ou va repoze.

  21. 37 Nan katriyèm ane a, nan mwa Ziv la, fondasyon kay SENYÈ a te fin poze. 38 Nan onzyèm ane a, nan mwa Bul la, ki se uityèm mwa a, kay la te fini nan tout pati li e selon plan pa li a. Konsa, li te bati pandan sèt ane.

  22. 9 Men sòti nan sid, tanpèt la parèt

    e nan nò, fredi a.

  23. 17 Men malgre sa Li pa t kite tèt Li menm san temwayaj. Li te fè sa ki bon e te bay nou lapli ki te sòti nan syèl la. Anplis Li te bay sezon ak fwi yo, ki te satisfè kè nou avèk manje, ak kè kontan.”

  24. 6 Kite tout sa ki gen souf louwe SENYÈ a!

    Louwe SENYÈ a!

  25. 5 Sila ki fè rekòlt nan gran sezon an,

    se yon fis ki aji ak sajès;

    men sila ki dòmi nan lè rekòlt la,

    fè gwo wont.