70 Bible Verses About The Sabbath

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About The Sabbath
  1. 8 Sonje jou Saba a pou kenbe l sen.

    9 Si jou nou va travay e nou va fè tout travay nou yo, 10 men setyèm jou a se yon jou Saba a SENYÈ a Bondye nou an. Ladan l ou pa pou fè okenn travay; ni ou menm, ni fis ou, ni fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèf ou, ni etranje ki demere avèk ou.

    11 Paske nan si jou, SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, lanmè a, ak tout sa ki gen ladann, e Li te repoze nan setyèm jou a. Konsa, SENYÈ a te beni jou Saba a, e te fè l sen.

  2. 1 Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lame yo.

    2 Nan setyèm jou a, Bondye te fin fè travay ke Li te fè yo. Konsa, Li te repoze nan setyèm jou a sou tout travay ke Li te fè yo. 3 Epi Bondye te beni setyèm jou a. Li te fè li sen, akoz nan li, Li te repoze de tout travay kreyasyon an, ke Li te fè a.

  3. 12 SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 13 “Men pou ou menm, pale a fis Israël yo. Di yo: ‘Nou va vrèman obsève Saba Mwen yo. Paske sa se yon sign antre Mwen ak nou pandan tout jenerasyon pa nou yo, pou nou kapab konnen ke Mwen se SENYÈ ki fè nou sen an.

    14 “‘Pou sa, nou gen pou obsève Saba a, paske li sen pou nou. Tout sila ki vyole li yo va vrèman vin mete a lanmò. Paske nenpòt moun ki fè okenn travay nan li, moun sa a va koupe retire de pèp li a.

    15 “‘Pandan sis jou nou kapab travay, men nan setyèm jou a, gen yon Saba repo konplè, ki sen a SENYÈ a. Nenpòt moun ki fè okenn travay nan jou sa a va vrèman vin mete a lanmò. 16 Konsa, fis Israël yo va obsève Saba a, pou selebre Saba a pandan tout jenerasyon pa yo kòm yon akò ki p ap janm sispann. 17 Li se yon sign antre Mwen avèk fis Israël yo pou tout tan. Paske nan sis jou SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, men nan setyèm jou a Li te pran repo, e Li te vin rafrechi Li.’”

  4. 6 Konsa, menm jan nou te resevwa Kris Jésus Senyè a, se konsa pou nou mache nan Li. 7 Menm jan ke nou te byen anrasine e kounye a, nou byen bati nan Li, e etabli nan lafwa nou, menm jan nou te enstwi a, plen avèk remèsiman an.

    8 Veye ke pèsòn pa fè nou prizonye atravè filosofi ak fo manèv, pa tradisyon a lòm yo, nan prensip de baz mond lan, olye de pa Kris. 9 Paske nan Li menm tout aspè konplè a Bondye a egziste nan fòm a yon kò fizik. 10 Epi nan Li menm nou vin konplè nèt, paske se Li menm ki chèf an tèt sou tout wayòm ak otorite yo. 11 Konsa, nan Li menm nou te sikonsi avèk yon sikonsizyon ki fèt san men, ki retire kò lachè a pa sikonsizyon a Kris la. 12 Nou te antere avèk Li nan batèm nan. Nan li menm, nou te anplis resisite avèk Li pa lafwa kon yon zèv Bondye, ki te leve Li sòti nan lanmò a. 13 Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo. 14 Konsa Li te anile sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a. 15 Lè Li te fin dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.

    16 Konsa, pa kite pèsòn aji kòm jij nou konsènan manje oubyen bwason, ni respè a yon jou fèt oubyen yon lalin tounèf oubyen yon jou Saba. 17 Bagay sila yo se lonbraj a sila ki dwe vini an; men vre sibstans lan apatyen a Kris. 18 Pa kite pèsòn kontinye prive nou de prim nou an pa riz fo imilite ak adorasyon zanj yo, ki baze pozisyon li sou vizyon yo li te fè, ki anfle san rezon ak ògèy pa panse chanèl li, 19 ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.

    20 Si nou te mouri avèk Kris a prensip de baz mond yo, poukisa, kòmsi nou t ap viv nan mond lan, nou soumèt nou a kalite dekrè konsa, kòm 21 “Pa manyen, pa goute, pa touche!” 22 (Ki tout fè referans a bagay ki fèt pou peri pandan y ap sèvi yo)—an akò avèk kòmandman ak enstriksyon a lòm yo? 23 Bagay sa yo ki gen, asireman, aparans a sajès nan kwayans relijye ki fèt pou kont li, avèk imilyasyon de li menm, ak move tretman kò a, men ki pa gen okenn valè kont plezi lachè a.

  5. 15 Nan jou sa yo, mwen te wè nan Juda kèk moun ki t ap bat rezen nan Saba a, ki t ap fè antre sak sereyal yo, chaje yo sou bourik yo, ansanm avèk diven an, rezen yo, fig yo ak tout kalite chaj yo pou yo te pote yo antre Jérusalem nan jou Saba a. Pou sa, mwen te fè temwen kont yo nan jou ke yo t ap vann manje a. 16 Anplis, mesye Tyre yo te rete la e te enpòte pwason avèk tout kalite machandiz, ki te vann a fis Juda yo nan Saba a, menm nan Jérusalem. 17 Pou sa a mwen te bay repwòch a moun prensipal Juda yo epi te di yo: “Ki kalite mal nou ap fè la a, lè nou vin degrade jou Saba a? 18  Èske papa nou yo pa t fè menm bagay la, jiskaske Bondye nou an te fè rive nou avèk tout vil sa a tout twoub sa yo? Sepandan, nou ap ogmante kòlè sou Israël lè nou vin desann jou Saba a konsa.”

    19 Li te vin rive ke lè l te fenk ap fènwa nan pòtay Jérusalem yo avan Saba a, mwen te pase lòd pou pòt yo ta fèmen e pou yo pa ta ouvri yo jiskaske Saba a te fini. Mwen te estasyone kèk nan sèvitè mwen yo nan pòtay yo pou okenn chaj pa t antre nan Saba a. 20 Youn oswa de fwa, machann a tout kalite machandiz te oblije pase nwit lan deyò Jérusalem. 21 Konsa mwen te avèti yo, epi te di yo: “Poukisa nou pase nwit lan devan miray la? Si nou fè sa ankò, m ap sèvi ak fòs kont nou.” Depi lè sa a jis ale nèt, yo pa t vini nan Saba a. 22 Mwen te pase lòd a Levit yo ke yo ta dwe pirifye tèt yo e vini tankou gadyen pòtay yo pou sanktifye jou Saba a. Pou sa, anplis, sonje mwen, O Bondye mwen e fè mwen mizerikòd, selon grandè lanmou dous Ou.

  6. 23 Konsa, li te vin rive ke pandan Li t ap pase nan chan sereyal yo nan Saba a, pandan disip Li yo t ap ale, yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal.

    24 Farizyen yo t ap di Li: “Gade la, poukisa y ap fè sa ki pa pèmi nan Saba”?

    25 Li te di yo: “Èske nou pa janm li sa ke David te fè lè li te nan bezwen e te vin grangou, li menm avèk moun pa l yo? 26 Kijan li te antre menm nan kay Bondye a nan tan wo prèt la Abiathar? Jan li te manje pen konsakre a ki pa pèmi pou pèsòn manje sof ke prèt yo, e li te bay li osi a sila ki te avè l yo?”

    27 Jésus te di yo: “Saba a te fèt pou lòm, e pa lòm pou Saba a. 28 Konsa, Fis a Lòm nan se Mèt la, menm a Saba a.”

  7. 1 Nan lè sa a, Jésus te pase nan chan sereyal yo nan jou Saba a e disip Li yo te vin grangou. Yo te kòmanse keyi tèt grenn sereyal pou manje yo. 2 Men lè Farizyen yo te wè sa, yo te di Li: “Gade, disip Ou yo fè sa ki pa pèmi nan yon jou Saba.”

    3 Men Li te di yo: “Èske nou pa li sa ke David te fè lè li te vin grangou; li menm avèk lòt moun ki te avè l yo? 4 Jan li te antre nan kay Bondye a, e te manje pen ki te konsakre ki pa t pèmi pou li ta manje, ni pou sa yo ki te avè l yo, men te sèlman pou prèt yo? 5 Oubyen èske nou pa t li nan Lalwa a ke nan jou Saba a, prèt yo nan tanp lan te konn vyole Saba a men rete inosan? 6 Men Mwen di nou ke yon choz pi gran pase tanp lan isit la. 7 Men si nou te konnen kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd olye sakrifis’, nou pa t ap kondane inosan yo. 8 Paske Fis a Lòm nan se Senyè Saba a.”

    9 Konsa, Li te kite la e te ale nan sinagòg yo. 10 Epi vwala, te gen yon mesye avèk yon men ki sèch. Farizyen yo te mande L: “Èske li pèmi pou geri nan jou Saba a?” Yo te mande sa a pou yo ta kapab akize Li.

    11 Li te reponn yo: “Ki moun nan sila ki pami nou yo, si li te gen yon mouton ki tonbe nan yon twou nan Saba a, pa t ap lonje pran l e fè l sòti nan twou a? 12 Konbyen plis valè a yon moun pase yon mouton? Ebyen, li pèmi pou fè sa ki bon nan Saba a.” 13 Konsa, Li di mesye a: “Lonje men ou!” Li te lonje li, e li te retounen nòmal tankou lòt la. 14 Men Farizyen yo te soti deyò, pou fè konplo ansanm kont Li, sou kijan yo ta kapab detwi L.

  8. 18 Lè yo te mezire li avèk yon omè, sa ki te pran anpil yo pa t gen twòp, ni sa ki te pran piti yo pa t manke. Chak moun te ranmase sa ke li te dwe manje.

    19 Moïse te di yo: “Pa kite pèsòn konsève anyen ladann pou rive demen.”

    20 Men yo pa t koute Moïse. Kèk nan yo te kite yon pati pou maten. Konsa, li te kale vè, e te vin rans. Moïse te fache avèk yo.

    21 Yo te ranmase li chak jou, chak moun selon sa li ta dwe manje. Men lè solèy la te vin cho, li te vin fann. 22 Alò nan sizyèm jou a, yo te pran doub fòs pen, de omè pou chak moun. Tout dirijan asanble yo te fè rapò sa, bay Moïse.

    23 Alo, konsa li te reponn yo: “Men sa ke SENYÈ a vle: ‘Demen se yon jou Saba, yon Saba sen a SENYÈ a. Kwit sa ke nou va kwit, bouyi sa ke nou va bouyi, e tout sa ki rete, mete l akote pou konsève jis rive nan maten.’”

    24 Alò, yo te mete li akote jis rive nan maten, jan Moïse te kòmande a, e li pa t vin kanni, ni li pa t gen okenn vè ladann. 25 Moïse te di: “Manje li jodi a, paske jodi a se yon Saba a SENYÈ a. Jodi a nou p ap twouve li nan chan an. 26 Sis jou nou va pran li, men nan setyèm jou a, jou Saba a, p ap genyen okenn.”

    27 Li te rive nan setyèm jou a, ke kèk nan moun yo te ale pran, men yo pa t twouve menm.

    28 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pou konbyen de tan nou va refize kenbe kòmandman Mwen yo, ak enstriksyon Mwen yo? 29 Gade, SENYÈ a te bannou Saba a. Pou sa, Li bannou pen pou de jou nan sizyèm jou a. Kite chak moun rete nan plas li. Pa kite pèsòn sòti nan plas li nan setyèm jou a.” 30 Pou sa, pèp Israël la te poze nan setyèm jou a.

  9. 13 “Si, nan Saba a, ou vire pye ou,

    pou sispann fè pwòp plezi pa ou nan jou sen Mwen an,

    e rele Saba a yon gwo plezi,

    epi jou sen a SENYÈ a onorab,

    e bay li onè,

    olye chache chemen pa ou,

    olye pwòp plezi pa ou,

    ak pale pwòp pawòl pa w,

    14 konsa ou va pran plezi nan SENYÈ a,

    e Mwen va fè ou monte sou wotè latè yo.

    Mwen va bay ou manje,

    e Mwen va ba ou eritaj a Jacob, papa ou a,

    paske bouch SENYÈ a pale sa a.”

  10. 22 Answit li te sanble bon pou disip ak ansyen yo, avèk tout legliz la, pou chwazi moun pami yo pou voye Antioche avèk Paul ak Barnabas: Jude ki rele Barsabas, ak Silas, mesye ki te konn dirije pami frè yo. 23 Yo te voye lèt sa a avèk yo:

    “Apòt ak frè yo ki se ansyen yo, a frè yo nan Antioche ak Syrie, ak Cilicie, ki sòti nan pèp etranje yo, salitasyon.

    24 “Akoz ke nou tande ke kèk nan nou ki pa t resevwa enstriksyon de nou menm, ap twouble nou avèk pawòl k ap boulvèse nanm nou, 25 li te sanble bon pou nou, akoz nou tout te vin dakò ansanm, pou chwazi kèk mesye pou voye kote nou avèk byeneme nou yo, Barnabas ak Paul. 26 Se mesye yo ki riske lavi yo pou non a Senyè nou an, Jésus Kri.

    27 “Konsa, nou voye Jude ak Silas ki yo menm va osi bay rapò a menm bagay sila yo pa pawòl nan bouch yo.

    28 “Paske li te parèt bon pou Lespri Sen an ak nou menm pa mete sou nou okenn fado ke lesansyèl sa yo: 29 pou nou evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, san, bagay ki toufe, ak imoralite seksyèl. Si nou kenbe tèt nou lib de bagay sila yo, nou va fè byen. Orevwa.”

    30 Donk, lè yo te voye yo ale, yo te desann Antioche. Yo te rasanble tout asanble a ansanm pou te livre lèt la. 31 Lè yo te li li, yo te rejwi yo akoz ankourajman li te bay. 32 Jude ak Silas, ki te pwofèt yo menm osi, te ankouraje e ranfòse frè yo avèk yon mesaj byen long.

    33 Apre yo fin pase tan la a, frè yo te voye yo anpè, pou retounen kote sila ki te voye yo. 34 Men li te sanble bon pou Silas pou l te rete la.

    35 Konsa, Paul ak Barnabas te rete Antioche ansanm ak anpil lòt, pou preche e enstwi pawòl Senyè a.

  11. 12 ‘Obsève jou Saba a pou kenbe l sen, jan SENYÈ a Bondye nou an te kòmande nou an. 13 ‘Pandan sis jou, nou va travay pou fè tout zèv nou yo, 14 men setyèm jou a, se yon Saba a SENYÈ Bondye nou an. Nou pa pou fè okenn travay, ni nou menm ni fis nou, ni fi nou, ni sèvitè nou, ni sèvant nou, ni bèf kabwèt nou, ni bourik nou, ni okenn nan bèf nou yo, ni etranje ki vin demere pami nou, pou sèvitè avèk sèvant lan kapab pran repo menm jan ak nou. 15 Nou va sonje ke nou te esklav nan peyi Égypte la, e ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou sòti la avèk yon men pwisan, e ak bra Li ki lonje. Pou sa, SENYÈ a, Bondye nou an, te kòmande nou pou obsève jou Saba a.

  12. 20 Pale yo konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, wa Juda yo, e tout Juda ak tout sila k ap viv Jérusalem yo, k ap fè antre sòti nan pòtay yo: 21 Konsa pale SENYÈ a: “Veye afè nou e pa pote okenn chaj nan jou Saba a, ni pa mennen anyen antre nan pòtay Jérusalem nan. 22 Nou p ap fè okenn chaj sòti lakay nou nan jou Saba a. Ni pa fè okenn travay, men kenbe jou Saba a sen, jan Mwen te kòmande papa zansèt nou yo. 23 Men yo pa t koute, ni panche zòrèy yo, men yo te fè tèt di pou yo pa ta koute, ni vin korije. 24 Men li va vin rive ke si ou koute M byen pre,” deklare SENYÈ a, “pou pa fè chaj antre nan pòtay lavil sa a nan jou Saba a, men ou kenbe Saba a sen e pa fè travay sou li, 25 alò, va genyen moun ki antre nan pòtay lavil sa a, wa ak prens ki chita sou twòn a David yo, monte sou cha yo ak sou cheval yo, yo menm ak prens pa yo, moun Juda ak sila ki rete Jérusalem yo e vil sa a va abite jis pou tout tan. 26 Yo va antre ladann soti nan vil a Juda yo ak tout andwa ki antoure Jérusalem yo; soti nan peyi Benjamin, soti nan ba plèn nan, nan peyi kolin yo ak nan dezè a, k ap pote ofrann brile, sakrifis, ofrann sereyal, ak lansan e yo va mennen sakrifis a remèsiman lakay SENYÈ a. 27 Men si nou pa koute Mwen e pa kenbe jou Saba a sen ak sispann pote chaj e antre nan pòtay Jérusalem nan jou Saba a; alò, Mwen va limen yon dife nan pòtay li yo. Konsa, li va devore palè Jérusalem yo, e li p ap etenn menm.”’”

  13. 2 A la beni nonm ki fè sa a beni,

    e fis a mesye a ki kenbe sa a fèm;

    ki pa janm derespekte Saba a,

    e ki anpeche men l fè mal la.”

    3 Pa kite etranje a ki te vin jwenn ak SENYÈ a di:

    “Anverite, SENYÈ a va fè m separe de pèp li a.”

    Ni pa kite enik lan di:

    “Gade byen, mwen se yon bwa sèch”.

    4 Paske konsa pale SENYÈ a:

    “A enik yo ki kenbe Saba Mwen yo,

    ki chwazi sa ki fè M plezi,

    e ki kenbe fèm nan akò Mwen an,

    5 a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an;

    anndan miray Mwen yo, yon memoryal

    e yon non ki meyè a fis yo oswa fi yo.

    Mwen va bay yo yon non

    k ap dire nèt jis pou letènite,

    ki p ap janm disparèt.”

    6 “Anplis, etranje ki vin atache yo menm a SENYÈ a,

    pou sèvi Li,

    pou renmen non a SENYÈ a,

    pou vin sèvitè Li,

    yo tout ki pa derespekte Saba a,

    e ki kenbe fèm sou akò Mwen an;

    7 menm sila yo Mwen va mennen sou mòn sen Mwen an,

    e fè yo plenn lajwa andedan kay priyè Mwen an.

    Ofrann brile yo ak sakrifis yo va akseptab sou lotèl Mwen an;

    paske kay Mwen an va rele yon kay lapriyè pou tout pèp yo.”

  14. 1 SENYÈ a te pale ankò avèk Moïse. Li te di: 2 “Pale avèk fis Israël yo pou di yo: ‘Fèt chwazi SENYÈ a, ke nou va pwoklame kòm konvokasyon sen yo—fèt chwazi Mwen yo se sa yo.

    3 “‘Pandan sis jou, travay kapab fèt, men sou setyèm jou a, va gen yon repo Saba konplè, yon konvokasyon sen. Nou pa pou fè okenn travay. Se yon Saba a SENYÈ a nan tout domisil nou yo.

  15. 11 Mwen te bay yo lalwa Mwen yo, e te fè yo rekonèt règleman Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv nan yo. 12 Anplis, Mwen te bay yo Saba Mwen yo pou vin yon sign antre Mwen menm ak yo, pou yo ta ka konnen ke Mwen se SENYÈ ki sanktifye yo a.

    13 “‘“Men lakay Israël te fè rebèl kont Mwen, nan dezè a. Yo pa t mache nan lalwa Mwen yo, e yo te refize règleman Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv nan yo. Epi Saba Mwen yo, yo te vin pwofane nèt. Konsa, Mwen te pran desizyon pou vide chalè kòlè Mwen sou yo nan dezè a, pou manje yo nèt. 14 Men Mwen te aji pou koz non Mwen, pou li pa ta degrade nan zye a nasyon yo, devan zye a sila Mwen te fè yo sòti yo.

  16. 32 Alò, pandan fis Israël yo te nan dezè a, yo te twouve yon nonm ki t ap ranmase bwa nan jou Saba a. 33 Sila ki te twouve li yo nan ranmase bwa a te mennen li vè Moïse avèk Aaron, ak tout asanble a. 34 Konsa, yo te arete li, akoz ke li potko deside kisa pou fè avèk li. 35 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Nonm nan va vrèman vin mete a lanmò. Tout kongregasyon an va lapide li avèk kout wòch deyò kan an.”

    36 Konsa, tout kongregasyon an te mennen li deyò kan an, e yo te lapide li jiska lanmò avèk kout wòch, jis jan ke SENYÈ a te kòmande Moïse la.

  17. 1 Alò, Moïse te reyini tout kongregasyon a fis Israël yo. Li te di yo: “Se bagay sa yo ke SENYÈ a te kòmande nou fè: 2 Pandan sis jou nou mèt travay, men nan setyèm jou a, nou va gen yon jou sen, yon repo Saba konplè a SENYÈ a. Nenpòt moun ki fè travay nan li va vin mete a lanmò. 3 Nou pa pou limen dife nan okenn lojman nou nan jou Saba a.”

  18. 16 Li te vini Nazareth, kote Li te elve a, e kon koutim Li, Li te antre nan sinagòg la nan Saba a. Li te kanpe pou li. 17 Yo te lonje bay Li liv a pwofèt Ésaïe a. Li te ouvri l e te twouve plas kote sa te ekri:

    18 “Lespri Senyè a sou Mwen,

    paske Li te onksyone M pou preche

    bòn nouvèl la a malere yo.

    Li te voye M pou pwoklame libète a prizonye yo,

    pou fè avèg yo vin wè, pou libere sila ki oprime yo.

    19 Pou pwoklame ane favorab a Senyè a.”

    20 Li te fèmen liv la. Li te remèt li bay atandan an, e Li te chita. Zye a tout sinagòg la te fikse sou Li. 21 Li te di yo: “Jodi a menm, Ekriti sila a akonpli nan zòrèy nou.”

  19. 50 Yon mesye ki te rele Joseph, yon manm Konsèy la, te yon nonm ki te bon e jis. 51 Li pa t dakò avèk plan yo a. Se te yon mesye ki te soti Arimathée, yon vil a Jwif yo, e li t ap tann vini wayòm Bondye a. 52 Mesye sila a te ale kote Pilate, e te mande kò Jésus. 53 Konsa, li te desann kò li, li te vlope li nan yon twal lèn, e li te depoze li nan yon tonbo ki te fouye nan wòch, kote pèsòn pa t janm te depoze. 54 Se te Jou Preparasyon an, e Saba te prèt pou kòmanse. 55 Alò fanm ki te vini avèk Li yo depi Galilée te swiv, e te wè tonm nan ak jan kò L te depoze a. 56 Answit yo te retounen pou prepare epis avèk pafen. Epi nan Saba a, yo te repoze selon Lalwa a.

  20. 1 Alò, li vin rive ke nan yon dezyèm Saba apre premye a, Li t ap pase nan yon chan ble. Konsa, disip Li yo t ap ranmase e manje tèt ble yo, lè yo fin fwote yo nan men yo. 2 Men kèk nan Farizyen yo te di: “Poukisa nou fè sa ki pa pèmi nan Saba a?”

    3 Jésus te reponn yo e te di: “Èske nou pa janm lisa ke David te fè lè li te grangou; li menm avèk sila ki te avèk li yo? 4 Kijan li te antre nan kay Bondye a, li te pran manjepen konsakre a, ki pa t pèmi pou pèsonn manje sof ke prèt yo sèl, e li te bay a sila ki te avè l yo?” 5 Li te di yo: “Fis a Lòm nan se Senyè a Saba a.”

    6 Nan yon lòt Saba, Li te antre nan sinagòg la. Li t ap enstwi. Te gen yon mesye la avèk yon men dwat ki te sèch.

    7 Konsa, skrib yo avèk Farizyen yo t ap veye L byen pre, pou wè si Li ta geri nan Saba a, pou yo ta kapab twouve yon rezon pou akize L.

    8 Men Li te konnen panse yo. Li te di a mesye avèk men sèch la: “Leve vin devan.”

    Konsa, li te leve vin devan.

    9 Jésus te di yo: “Mwen mande nou, èske se pèmi nan Saba a, pou fè byen, oubyen pou fè mal? Pou sove yon vi, oubyen pou detwi li?” 10 Lè Lfin gade yo tout, Li te di li: “Lonje men ou!”

    Konsa, li te fè l. Epi men l te restore.

    11 Men yo menm te anraje. Yo te diskite ansanm sou sa yo ta kapab fè a Jésus.

  21. 9 “‘Epi nan jou Saba a, de jenn mouton mal san defo, ak de dizyèm a yon efa farin fen, kon yon ofrann sereyal, mele avèk lwil, avèk ofrann bwason li an: 10 Sila a se ofrann brile a chak Saba, anplis ke ofrann brile tout tan ki fèt kontinyèlman, ak ofrann bwason an.

  22. 1 Koulye a konsènan ofrann pou sen yo; jan mwen te dirije legliz Galatie yo, konsa mwen fè nou konnen tou. 2 Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ofrann pa fèt lè m vini.

  23. 19 Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. Mache nan règleman Mwen yo e swiv òdonans Mwen yo pou fè yo. 20 Sanktifye Saba Mwen yo. Konsa, yo va vin yon sign antre Mwen menm ak nou, pou nou ka konnen ke Mwen se SENYÈ Bondye nou an.’

    21 “‘“Men pitit yo te fè rebèl kont Mwen. Yo pa t mache nan règleman Mwen yo, ni yo pa t fè atansyon pou swiv òdonans Mwen yo, pa sila, si yon nonm swiv yo, li va viv la. Yo te pwofane Saba Mwen yo. Konsa, mwen te pran desizyon pou vide chalè kòlè Mwen sou yo, pou akonpli kòlè Mwen kont yo nan dezè a.

  24. 8 Paske si Josué te bay yo repo, Li pa t ap pale de yon lòt jou apre sa.

    9 Konsa, gen yon repo Saba ki rete pou pèp Bondye a. 10 Paske sila ki te antre nan repo Li a, li menm tou, te repoze de zèv li yo, jan Bondye te fè pou zèv pa Li yo. 11 Konsa, annou fè dilijans pou antre nan repo sila a, pou okenn moun pa tonbe, nan swiv menm egzanp dezobeyisans lan.

  25. 42 Pandan Paul ak Barnabas t ap sòti, pèp la te kontinye mande pou yo ta kapab pale yo bagay sa yo ankò nan pwochen Saba a. 43 Alò, lè sinagòg la te lage, anpil nan Jwif yo ak pèp etranje ki te vin krent Bondye yo, te swiv Paul ak Barnabas. Yo te pale avèk yo pou ankouraje yo kontinye nan gras Bondye a.

    44 Nan pwochen Saba a, prèske tout vil la te vin rasanble pou koute pawòl Bondye a.

  26. 1 Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo. 2 Yon moun gen lafwa pou li kab manje tout bagay, men sila ki fèb la manje sèlman legim. 3 Sila ki manje a pa dwe meprize sila ki pa manje a, e sila ki pa manje a pa dwe jije sila ki manje a, paske Bondye aksepte li. 4 Ki moun nou ye pou jije sèvitè a yon lòt? Devan pwòp mèt pa li l ap kanpe oubyen l ap tonbe. E l ap kanpe menm, paske Bondye kapab fè l kanpe.

    5 Yon moun gade yon jou kòm pi enpòtan ke yon lòt, yon lòt menm gade ke tout jou yo menm. Kite chak moun vin byen konvenk nan konsyans pa li. 6 Sila ki kenbe enpòtans a yon jou, li fè l pou Senyè a, e sila ki pa kenbe l, se a Senyè a li pa fè l. Epi sila ki manje, se pou Senyè a ke li manje, paske li bay remèsiman a Bondye. Epi li ki pa manje, pa manje a Senyè a, paske li bay Bondye remèsiman. 7 Paske pa gen youn nan nou ki viv pou tèt li, ni pa gen youn ki mouri pou tèt li. 8 Si nou viv, nou viv pou Senyè a, oubyen si nou mouri, nou mouri pou Senyè a. Donk kit nou viv, oswa kit nou mouri, se a Senyè a.

  27. 1 Li te rive ke lè L te antre lakay a youn nan dirijan Farizyen yo, nan Saba a pou manje pen, yo t ap veye L de prè.

    2 Epi la devan li, te gen yon nonm ki t ap soufri avèk maladi kò anfle.

    3 Konsa, Jésus te reponn e te pale avèk avoka ak Farizyen yo. Li te mande: “Èske se pèmi pou geri nan Saba a oubyen non?”

    4 Men yo te rete san pale. Li te kenbe li, geri li, e te voye l ale.

    5 Li te di yo: “Kilès nan nou k ap gen yon fis, oswa yon bèf tonbe nan yon pwi, ki p ap imedyatman rale l sòti nan yon jou Saba?”

    6 Epi yo pa t kapab reponn sa menm.

  28. 14 Men kontinye soti Perge yo te rive Antioche Pisidie a. Nan jou Saba a yo te antre nan sinagòg la, e yo te chita. 15 Aprè Lalwa ak Pwofèt yo te fin li, ofisye yo te voye kote yo e te di: “Frè yo, si nou gen nenpòt pawòl pou egzòte pèp la, pale.”

  29. 13 Nan jou Saba a, nou te ale deyò pòtay la bò kote yon rivyè kote nou te sipoze ta genyen yon kote pou lapriyè. Nou te chita e te kòmanse pale ak fanm ki te vin rasanble la yo.

    14 Yon sèten fanm yo te rele Lydie, ki te sòti nan vil Thyatire, yon machann twal mov, yon adoratris Bondye, te tande nou. Senyè a te louvri kè l pou reponn a bagay ke Paul t ap pale yo.

  30. 4 Li t ap rezone nan sinagòg la chak Saba pou l konvenk Jwif yo ak Grèk yo pou kwè.

    5 Men lè Silas ak Timothée te desann soti Macédoine, Paul te kòmanse dedye tèt li nèt a pawòl la, pou temwaye solanèlman a Jwif yo ke se te Jésus ki te Kris la. 6 Men lè yo te reziste, e te fè blasfèm, li te souke rad li, e te di yo: “Ke san nou vini sou pwòp tèt nou! Mwen inosan. Depi koulye a mwen va ale kote pèp etranje yo.”

  31. 5 Li te kòmande yo e te di: “Men bagay ke ou oblije fè: yon tyè nan nou, ki vin antre nan Saba a, veye sou lakay wa a; 6 yon tyè tou, nan Pòtay ki rele Sur a, ak yon tyè nan pòtay dèyè gad yo, ki va veye sou kay la kòm defans. 7 De pati ladann nan, tout moun ki sòti nan Saba a, va osi veye sou lakay SENYÈ a pou wa a. 8 Epi nou va antoure wa a, chak moun avèk zam li nan men l; epi nenpòt moun ki antre nan ran pa nou, yo va mete a lanmò. Epi rete avèk wa a lè l sòti ak lè l lantre.”

    9 Konsa, kapitèn a santèn yo te fè selon tout sa ke Jehojada, prèt la, te kòmande li. Yo chak nan yo te pran mesye pa li yo ki te genyen pou antre nan Saba a, avèk sila ki te gen pou sòti nan Saba yo pou te rive kote Jehojada, prèt la.

  32. 10 Konsa, li t ap enstwi nan youn nan sinagòg yo nan Saba a. 11 Epi vwala, te gen yon fanm ki t ap vèse san pandan diz-uit lane. Li te gen yon maladi ki te fèt pa yon move lespri, ki fè l koube doub, e li pa t kapab drese menm.

    12 Lè Jésus te wè l, Li te rele li vini. Li te di l: “Fanm, ou lib de enfimite ou a”. 13 Li te poze men Li sou li, e imedyatman, li te drese dwat ankò, e te kòmanse bay lwanj a Bondye.

    14 Men ofisye sinagòg la, byen move akoz Jésus te geri nan Saba a, te di foul la kòm repons: “Gen sis jou pou travay kapab fèt. Konsa, vini pandan jou sa yo pou geri, men pa nan jou Saba a.”

    15 Men Senyè a te reponn li: “Nou ipokrit, èske nou chak nan Saba a pa demare bèf li, oswa bourik li sou manjwa a pou l kab mennen l al bwè? 16 Alò, fanm sa a, yon fi Abraham, jan li ye a, mare pa Satan pandan diz-uit ane byen long, èske li pa t dwe lage nan chèn sila a nan jou Saba a?”

    17 Pandan ke Li t ap di sa a, tout advèsè Li yo te imilye, men tout foul la te rejwi yo nan tout mèvèy ke Li t ap fè yo.

  33. 1 Alò, lè yo te fin vwayaje travèse Amphipolis ak Apollonie, yo te rive Thessalonique, kote te gen yon sinagòg Jwif.

    2 Selon abitid Paul, li te ale kote yo. Pandan twa Saba li te rezone avèk yo sou Ekriti Sen yo. 3 Li te bay eksplikasyon ak evidans ke Kris la te oblije soufri e leve ankò soti nan lanmò. Li t ap di: “Jésus sila a, ke mwen ap pwoklame a nou an, se Kris la.”

  34. 1 Li te antre ankò nan sinagòg la, epi yon nonm te la avèk yon men sèch. 2 Yo t ap veye L pou wè si Li t ap geri li nan Saba a pou yo ta kapab akize Li.

    3 Li te di nonm avèk men sèch la: “Leve vin devan!”

    4 Li te di yo: “Èske li pèmi nan Saba a pou fè byen, oubyen pou fè mal, pou sove yon vi, oubyen pou touye”? Men yo te rete an silans.

    5 Lè L fin gade toupatou, byen fache, byen blese akoz kè di yo, Li te di a nonm nan: “Lonje men ou”. Li te lonje l, e men li te geri.

    6 Imedyatman, Farizyen yo te ale deyò pou fè konplo kont Li avèk Ewodyen yo pou wè kijan yo ta kapab detwi Li.

  35. 13 Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò;

    lansan vin abominab devan M.

    Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo—

    Mwen pa ka sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la.

  36. 22 “Paske menm jan ke syèl tounèf la ak tè tounèf ke Mwen va fè a va dire nèt devan Mwen”, deklare SENYÈ a; “se konsa desandan nou yo ak non nou va dire nèt. 23 Epi li va fèt ke soti nan lalin tounèf pou rive nan lalin tounèf la, e soti nan Saba a pou rive nan Saba a, tout limanite va vin pwostène devan Mwen,” SENYÈ a di.

  37. 8 Chak jou Saba, li va mete li an lòd devan SENYÈ a pou tout tan. Se yon akò k ap dire pou tout tan pou fis Israël yo. 9 Li va pou Aaron avèk fis li yo. Yo va manje li nan yon lye ki sen; paske li sen pase tout ofrann ki soti nan ofrann bay SENYÈ yo, ofrann pa dife, pati pa li pou tout tan.

  38. 8 Ou te meprize bagay sen Mwen yo, e ou pwofane Saba Mwen yo.

  39. 12 Pandan sis jou ou va fè travay ou, men nan setyèm jou a, ou va sispann fè travay pou bèf ou avèk bourik ou kapab repoze, ansanm avèk fis esklav femèl ou a, ak etranje ou a tou, kapab repoze.

  40. 21 Ou va travay pandan sis jou, men nan setyèm jou a ou va repoze. Menm pandan sezon laboure tè ak rekòlt la ou va repoze.

  41. 23 Li te di, “Poukisa w ap al kote l jodi a? Lalin pa nèf, ni li pa Saba a.” Li te reponn: “L ap bon.”

  42. 3 Pèp peyi a osi va adore nan papòt pòtay la devan SENYÈ a, nan Saba yo, ak nouvèl lin yo.

  43. 15 “Pou sa, kon pwofèt Daniel te pale a, lè nou wè abominasyon dezolasyon an ki te pale pa Daniel, pwofèt la, k ap kanpe nan lye sen an, (kite moun k ap li a konprann) 16 nan moman sa a kite sila nan Judée yo sove pou ale nan mòn yo. 17 Nenpòt moun ki anwo kay la pa dwe desann pou pran byen li nan kay li, 18 ni nenpòt moun ki nan chan an pa dwe retounen pou pran rad li. 19 Men malè a sila ki ansent yo e a sila k ap bay pitit yo tete nan jou sa yo!

    20 “Men priye pou ou pa oblije sove ale nan livè, ni nan yon jou Saba, 21 paske nan tan sa a, ap gen yon gwo tribilasyon yon jan ki pa janm fèt depi nan kòmansman mond lan, jouk rive koulye a, ni p ap janm genyen ankò. 22 Konsa, si jou sa yo pa t rakousi, pa t ap gen vi ki t ap sove. Men pou lakoz a sila ki chwazi yo, y ap rakousi.

    23 “Nan lè sa a, si yon moun di nou: ‘Gade, men Kris la isit la’, oubyen ‘Men Li la’, pa kwè li. 24 Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo ap prezante e montre gwo sign avèk mirak pou yo ta kab, si li te posib, redwi nan erè menm sila ki eli yo. 25 Veye, Mwen avèti nou davans.

    26 “Si yo di nou ‘Men Li nan dezè a’ pa ale la; oubyen ‘Gade la, Li la nan chanm pa anndan an, pa kwè yo. 27 Paske menm jan ke kout eklè a sòti nan lès pou klere jouk rive nan lwès, konsa n ap wè vini Fis a Lòm nan.

  44. 34 Epi tè a va rejwi nan Saba li yo pandan tout jou dezolasyon li yo, pandan nou nan peyi lènmi nou yo. Konsa, tè a va repoze e rejwi nan Saba li yo. 35 Tout jou a dezolasyon yo, li va obsève repo ke li pa t obsève nan Saba nou yo pandan nou t ap viv ladann nan.

  45. 11 Anplis, Mwen va mete fen a tout kè kontan l;

    fèt li yo, nouvèl lin li yo, Saba a,

    ak tout Gwo rasanbleman fèt li yo.

  46. 30 “‘Nou va kenbe Saba Mwen yo, e nou va onore sanktyè Mwen an. Mwen se SENYÈ a.

  47. 17 “Pa panse ke Mwen te vini pou aboli Lalwa ak pwofèt yo. Mwen pa te vini pou aboli, men pou akonpli. 18 Paske vrèman Mwen di nou jiskaske syèl la avèk tè a disparèt, ni yon ti lèt, ni yon ti mak p ap disparèt nan Lalwa a, jiskaske tout bagay fin acheve. 19 Pou sa, nenpòt moun ki anile menm youn ki pi piti nan kòmandman sa yo, e bay enstriksyon a lòt pou fè sa, l ap rele pi piti nan wayòm syèl la. Men sila ki kenbe yo e enstwi lòt pou fè yo tou, li va rele pi gran nan wayòm syèl la.

  48. 27 Nan dizyèm jou nan setyèm mwa sa a, se jou ekspiyasyon an. Li va yon konvokasyon sen pou nou. Nou va imilye nanm nou pou prezante yon ofrann pa dife bay SENYÈ a. 28 Nou pa pou fè okenn travay nan menm jou sa a, paske li se yon jou ekspiyasyon, pou fè ekspiyasyon pou nou menm devan SENYÈ a, Bondye nou an. 29 Si gen yon moun ki refize nye li menm nan jou sa a, li va koupe retire de pèp li a. 30 Pou nenpòt moun ki fè yon travay nan menm jou sa a, moun sa a, Mwen va detwi li pami pèp li a. 31 Nou pa pou travay menm. Se yon règleman k ap dire pandan tout jenerasyon nou yo nan tout kay nou yo. 32 Fòk se yon repo Saba konplè pou nou, e nou va imilye nanm nou. Nan nevyèm jou mwa a nan aswè, nou va obsève Saba nou.

  49. 32 Epi kèk nan fanmi a fis Koatit yo te sou pen konsakre a pou prepare li pou chak Saba.

  50. 13 Anplis, Ou te desann sou Mon Sinaï, e te pale avèk yo soti nan syèl la. Ou te bay yo òdonans ki jis avèk lalwa ki te vrè, bon règleman avèk bon kòmandman yo. 14 Konsa, Ou te fè yo rekonèt Saba sen Ou an, epi te byen poze pou yo, kòmandman yo, règleman yo, avèk lalwa yo pa sèvitè Ou, Moïse.

  51. 1 Alò, apre Saba a, lè li te kòmanse fè jou nan premye jou semèn nan, Marie Magdala ak lòt Marie a te vini pou gade tonm nan.

  52. 19 “Èske Moïse pa t bay nou lalwa, men malgre sa, pa gen nan nou ki swiv lalwa? Poukisa nou ap chache touye M?”

    20 Foul la te reponn Li: “Ou gen yon move lespri! Kilès k ap chache touye W la?”

    21 Jésus te reponn yo e te di: “Mwen te fè yon sèl zèv, e nou tout etone.

    22 “Sou kont sila a, Moïse te bay nou sikonsizyon (pa paske li te soti nan Moïse, men nan papa zansèt yo), e nan Saba a, nou sikonsize yon moun. 23 Si yon moun resevwa sikonsizyon nan Saba a, pou anpeche lalwa Moïse la vyole, èske nou fache avè M akoz ke Mwen te fè yon moun geri nèt nan Saba a.

    24 “Pa jije selon aparans, men jije avèk jijman ki jis.”

  53. 2 “Pale a fis Israël yo pou di yo: ‘Lè nou vini nan peyi ke Mwen va bannou an, alò, tè a va gen yon Saba pou SENYÈ a. 3 Pandan sis ane, nou va plante chan nou yo, e pandan sis ane, nou va netwaye chan rezen an e rasanble pou fè rekòlt li, 4 men pandan setyèm ane a, tè a va gen yon repo Saba, yon Saba pou SENYÈ a. Nou p ap ni plante chan an ni netwaye chan rezen an. 5 Donn nan chan ki grandi pa aza konsa a, nou pa pou rekòlte li, e rezen nou yo ki parèt sou branch ki pa t taye yo, nou pa pou ranmase yo. Tè a va gen yon ane Saba. 6 Konsa, nou tout va gen pwodwi Saba nan peyi a kòm manje nou; nou menm, esklav yo, ni mal ni femèl, anplwaye nou yo, etranje ki rezidan pami nou yo, sila ki viv tankou moun lòt nasyon pami nou yo.

  54. 3 “‘Nou chak va onore manman nou ak papa nou, e nou va kenbe Saba Mwen yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

  55. 2 Lè Saba a te vin rive, Li te kòmanse enstwi nan sinagòg la. Anpil moun te tande L. Yo te etone e te di: “Kote nonm sa a twouve bagay sa yo, e se ki sajès sa ke Li resevwa, pou mirak konsa yo ka fèt pa men L?”

  56. 31 Konsa, Li te desann Capernaüm, yon vil nan Galilée. Li t ap enstwi yo nan Saba a. 32 Yo te etone de enstriksyon Li, paske mesaj Li yo te avèk otorite.

    33 Te gen yon mesye nan sinagòg la ki te posede pa lespri a yon dyab enpi, e li t ap kriye avèk yon vwa fò: 34 “Kite nou pou kont nou! Kisa nou gen avè Ou, Jésus de Nazareth? Èske Ou vini pou detwi nou? Mwen konnen ki moun Ou ye, Sila Ki Sen a Bondye a!”

    35 Jésus te reprimande li. Li te di: “Fè silans e sòti sou li!” Lè dyab la te fin jete li atè a nan mitan yo, li te sòti sou li san fè l mal.

  57. 1 Konsa, annou toujou gen lakrent pou si, pandan yon pwomès pou antre nan repo Li a toujou rete, okenn nan nou pa ta sanble vin rate li.

    2 Paske vrèman, bòn nouvèl la te preche a nou menm, menm jan ak yo, men pawòl yo te tande a pa t fè avantaj pou yo, paske li pa t jwenn avèk lafwa nan sila ki te tande yo a. 3 Paske nou menm ki te kwè yo, nou te antre nan repo sa a, jan Li te di a: “Jan Mwen te sèmante nan kòlè Mwen an, yo p ap antre nan repo Mwen”, malgre zèv Li yo fini depi nan fondasyon mond lan.

    4 Paske Li te di, yon kote, konsènan setyèm jou a: “Epi Bondye te repoze nan setyèm jou a de tout zèv Li yo.”

  58. 29 “Sa va yon règleman pou tout tan pou nou: nan setyèm mwa a, nan dizyèm jou nan mwa a, nou va imilye nanm nou. Nou p ap fè okenn travay, ni pou moun peyi a, ni pou etranje ki demere pami nou yo. 30 Paske se nan jou sa a ke ekspiyasyon an va fèt pou nou pou fè nou vin pwòp. Nou va netwaye de tout peche nou yo devan SENYÈ a. 31 Se va yon Saba repo solanèl pou nou, pou nou kapab vin imilye nanm nou. Sa se yon règleman ki pou tout tan.

  59. 2 “Nou va kenbe Saba Mwen yo, e nou va onore sanktyè Mwen an. Mwen se SENYÈ a.

    3 “Si nou mache nan règleman Mwen yo, e kenbe kòmandman Mwen yo pou fè yo, 4 konsa Mwen va bannou lapli yo nan sezon pa yo, pou peyi a donnen pwodwi li yo, e bwa nan chan yo va bay fwi yo.

  60. 6 Ak vyolans, Li te aji sou tanp Li an,

    konsi se yon tonèl jaden.

    Li te detwi kote ke Li menm te deziye

    pou asanble yo.

    SENYÈ a te fè bliye tout jou fèt ak Saba Sion yo,

    e Li te meprize ni wa a, ni prèt la

    nan gwo kòlè Li a.

  61. 4 Ofrann brile ke prens lan va ofri a SENYÈ a nan jou Saba, a va sis jenn mouton san defo, ak yon belye san defo; 5 epi ofrann sereyal la va yon efa ak belye a, ofrann sereyal la ak jenn mouton yo, va kantite ke li kapab bay la e yon mezi lwil ak yon efa.

  62. 12 Alò, yo te retounen Jérusalem sòti nan mòn yo rele Olivier a, ki toupre Jérusalem, a distans mache yon jou Saba.

  63. 27 Paske sila ki rete Jérusalem yo, avèk gouvènè pa yo, pa t rekonèt ni Li menm, ni pawòl a pwofèt yo, malgre, yo konn li toupatou chak Saba a. Men yo te akonpli bagay sa yo lè yo te kondane Li.

  64. 21 Paske Moïse, depi nan ansyen jenerasyon yo gen kwayan nan chak vil sa yo ki preche li, paske li konn li nan sinagòg yo chak Saba.”

  65. 14 Alò, se te nan jou Saba ke Jésus te fè ajil la e te louvri zye li.

    15 Ankò konsa, Farizyen yo t ap mande li kijan li te vin wè, epi li te di yo: “Li aplike ajil sou zye m, e mwen te lave, e mwen wè”.

    16 Pou sa, kèk nan Farizyen yo t ap di: “Nonm sa a pa sòti nan Bondye, paske Li pa kenbe Saba a.”

    Men lòt t ap di: “Kijan yon mesye ki se yon pechè kapab fè tout mirak sa yo?” Epi te gen yon divizyon pami yo.

  66. 8 Sepandan, nan lè sa a, lè nou pa t konnen Bondye, nou te esklav a sila ki pa lanati pa t dye yo menm. 9 Men koulye a, akoz nou vin konnen Bondye, oubyen pito di vin konnen pa Li menm, kòman ke nou vire ankò a vye prensip de baz fèb yo, pou nou ta renmen vin esklav yo ankò? 10 Nou obsève jou yo, mwa yo, sezon ak lane yo. 11 Mwen gen lakrent pou nou pou petèt mwen te travay ak nou anven.

  67. 10 Pandan karantan, Mwen te rayi jenerasyon sila a e te di:

    “Yo se yon pèp ki egare nan kè yo.

    Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.”

    11 Akoz sa, Mwen te sèmante nan kòlè Mwen,

    “Anverite, yo p ap antre nan repo Mwen an.”

  68. Yon sòm David

    1 Bondye se bèje mwen;

    mwen p ap janm manke anyen.

    2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.

    Li mennen m akote dlo pezib yo.

    3 Li restore nanm mwen.

    Li gide mwen nan chemen ladwati yo,

    akoz non sen Li an.

  69. 1 Se te pou libète ke Kris te fè nou lib. Konsa, kenbe fèm pou nou pa vin soumèt nou ankò a yon jouk esklavaj.

    2 Gade, mwen menm, Paul, di nou ke si nou resevwa sikonsizyon, Kris p ap fè nou okenn benefis. 3 Epi mwen temwaye ankò a tout moun ki resevwa sikonsizyon, ke li anba obligasyon pou kenbe tout Lalwa a. 4 Nou gen tan vin sevre de Kris, nou menm k ap chache vin jistifye pa Lalwa. Nou tonbe kite lagras.

  70. 16 Alò pou rezon sa a, Jwif yo t ap pèsekite Jésus, paske Li t ap fè bagay sa yo nan Saba a.

    17 Men Li te reponn yo e te di: “Papa M ap travay jis koulye a, e Mwen menm ap travay tou.”