116 Bible Verses About Angels

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Angels
  1. 13 Men a kilès nan zanj yo, Li janm di:

    “Chita sou men dwat Mwen,

    jiskaske Mwen fè lènmi Ou yo vin

    yon ti ban pou pye Ou”?

    14 Èske tout zanj yo se pa lespri sèvitè, ki te voye eksprè pou rann sèvis pou koz a sila ki va eritye sali yo?

  2. 19 SENYÈ a te etabli twòn li nan syèl la

    e souverènte li regne sou tout bagay.

    20 Beni SENYÈ a, nou menm, zanj Li yo,

    pwisan nan fòs, ki akonpli pawòl Li,

    ki obeyisan a vwa pawòl Li!

    21 Beni SENYÈ a, nou tout, lame Li yo,

    nou menm ki sèvi Li nan fè volonte Li.

    22 Beni SENYÈ a, nou tout, zèv Li yo,

    nan tout kote nan wayòm Li an.

    Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

  3. 7 Epi te gen lagè nan syèl la. Michel avèk zanj li yo t ap fè lagè avèk dragon an. Dragon an avèk zanj pa li yo t ap fè lagè. 8 Men yo pa t reyisi genyen. Konsa, yo pa t jwenn plas ankò nan syèl la. 9 Gran dragon an te jete anba; sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.

    10 Answit mwen te tande yon gwo vwa nan syèl la ki t ap di: “Koulye a delivrans lan, pwisans lan, wayòm Bondye nou an, ak otorite Kris Li a te vini an. Paske akizatè a frè nou yo jete anba; Sila ki te konn akize yo devan Bondye nou an lajounen kon lannwit lan. 11 Yo te venk li akoz san Jèn Mouton an e akoz pawòl temwayaj yo. Konsa, yo pa t renmen lavi yo, menm fas a lanmò.

    12 “Pou rezon sa a, rejwi nou o syèl, ak nou menm ki demere ladann yo. Malè a tè a ak lanmè a paske dyab la gen tan desann sou nou avèk gwo kòlè, akoz li konnen tan li an vrèman kout.”

  4. 9 Paske ou te fè SENYÈ a, vin sekou ou,

    menm Pi Wo a, kote pou ou rete.

    10  Nanpwen mal k ap rive ou,

    Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.

    11 Paske Li va bay zanj Li yo lòd konsènan ou menm,

    pou veye ou nan tout chemen ou yo.

    12 Yo va leve ou byen wo nan men yo,

    pou ou pa frape pye ou kont wòch.

  5. 1 Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.

    2 Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. 3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.

    Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a. 4 Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon non pi ekselan ke yo menm.

    5 Paske a kilès nan zanj yo, Li te janm di:

    “Ou se Fis Mwen.

    Jodi a Mwen fè Ou”?

    E ankò:

    “Mwen va yon Papa pou Li e

    Li va yon Fis pou Mwen,”

    6 E ankò, lè Li te pote premye ne a nan mond lan, Li di: “Kite tout zanj Bondye yo adore Li,” 7 A zanj yo Li di:

    “Li fè zanj Li yo tounen van, e

    sèvitè Li yo yon flanm dife”

  6. 5 Paske Li pa t bay zanj yo kontwòl sou monn k ap vini an, sou sa n ap pale a, 6 men youn te temwaye yon kote, pou di:

    “Kisa lòm ye, pou ou sonje li?

    Oubyen, fis a lòm, pou ou sousye de li?

    7 Ou fè li pou yon ti tan yon ti jan pi

    piti pase zanj yo.

    Ou kouwone li avèk glwa ak lonè.

    Ou ba li pouvwa sou tout zèv men Ou yo;

    8 e Ou mete tout bagay anba pye li.”

    Paske nan bay li kontwòl sou tout bagay, Li pa kite anyen ki pa t kontwole pa li. Men koulye a malgre sa, nan moman sa a, nou poko wè tout bagay anba kontwòl li.

  7. 8 Lè L te pran liv la, kat kreyati vivan yo ak venn-kat ansyen yo te tonbe devan Jèn Mouton an, yo chak kenbe yon ap ak yon bòl fèt an lò ranpli avèk lansan, ki se te priyè a sen yo. 9 Epi yo te chante yon chan tounèf. Yo te di:

    “Dign se Ou menm pou pran liv la,

    e kase so li yo.

    Paske Ou te touye,

    e Ou te achte pou Bondye avèk

    san Ou;

    lèzòm de tout tribi, lang, pèp, ak nasyon.

    10 Ou te fè nou vin wa ak prèt yo

    a Bondye nou an;

    epi nou va renye sou tè a.”

    11 Alò, mwen te gade, e mwen te tande vwa a anpil zanj ki te antoure twòn nan, kreyati vivan yo ak ansyen yo. An kantite yo a te dè miryad e dè miryad, epi dè milye e dè milye, 12 k ap pale avèk yon vwa fò: “Dign se Jèn Mouton ki te touye a, pou resevwa pwisans, richès, sajès, pouvwa, lonè, laglwa, ak benediksyon.”

    13 Epi tout bagay ki kreye nan syèl la, sou tè a, anba tè a, ak sou lanmè a, e tout bagay ladann yo, mwen te tande yo t ap di: “A Sila ki chita sou twòn nan, e a Jèn Mouton an, benediksyon, lonè, glwa, ak lafòs, pou tout tan e pou tout tan! Amen!”

    14 Epi kat kreyati vivan yo te kontinye ap di “Amen.” Epi lansyen yo te vin tonbe ba pou adore.

  8. 1 Konsa, Bondye te reponn Job nan van toubiyon an:

    2 Se kilès sa a ki twouble konsèy Mwen an

    ak pawòl san konesans yo?

    3 Alò, mare senti ou tankou gason,

    M ap mande ou e ou va enstwi M!

    4 “Kote ou te ye lè M te poze fondasyon mond lan?

    Pale si ou gen bon konprann,

    5 Se kilès ki te etabli mezi li? Konsi ou konnen?

    Oswa se kilès ki te lonje lign sou li?

    6 Sou kilès baz li yo te fonse?

    Oswa se kilès ki te poze ang prensipal li a,

    7 lè zetwal maten yo te chante ansanm,

    e tout fis Bondye yo te rele fò ak gran jwa?

  9. 1 Nan ane Wa Ozias te mouri an, mwen te wè SENYÈ a ki te chita sou yon twòn, byen wo e egzalte, avèk ke wòb Li ki te ranpli tanp lan. 2 Serafen yo te kanpe pi wo Li, yo chak ak sis zèl: ak de, li te kouvri figi li; ak de, li te kouvri pye li e ak de, li te vole.

    3 Youn te rele a yon lòt epi te di:

    “Sen, Sen, Sen, se SENYÈ dèzame yo;

    tout latè plen ak glwa Li.”

    4 Fondasyon a papòt yo te tranble ak vwa a sila ki te rele fò a pandan tanp lan te plen ak lafimen. 5 Konsa, mwen te di: “Malè a mwen, paske mwen fin detwi nèt! Akoz mwen se yon nonm ak lèv ki pa pwòp, e mwen viv pami yon pèp ak lèv ki pa pwòp; paske zye m te wè Wa a, SENYÈ dèzame yo.”

    6 Epi youn nan serafen yo te vole kote m ak yon mòso chabon tou limen nan men l, ke li te pran sou lotèl la ak pensèt. 7 Li te touche bouch mwen ak li, epi te di: “Men vwala, sa fin touche lèv ou; epi inikite pa ou retire e peche ou vin padone.”

  10. 15 Li se imaj a Bondye envizib la premye ne a tout kreyasyon an. 16 Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. 17 Li avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm. 18 Li se osi tèt a kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay.

  11. 10 “Veye pou nou pa meprize youn nan timoun sa yo, paske Mwen di nou ke zanj yo nan syèl la toujou wè figi a Papa M ki nan syèl la.

  12. 2 Lapoula, te gen yon gwo tranbleman de tè, e yon zanj Bondye te desann soti nan syèl la. Li te vin woule wòch akote a, e li te chita sou li. 3 Li te parèt tankou kout eklè, e vètman li te blanch tankou lanèj.

    4 Gad yo te vin tranble avèk lakrent, e yo te tounen tankou moun mouri.

    5 Konsa zanj lan te reponn e te di a fanm yo: “Pa pè, paske mwen konnen ke nou ap chèche Jésus ki te krisifye a. 6 Li pa la, paske Li leve, menm jan Li te di a. Vin wè plas kote Li te kouche a.” 7 “Epi ale vit pou di disip Li yo ke Li leve soti nan lanmò. Epi gade byen, l ap prale devan nou nanGalilée. La nou va wè Li. Gade byen, mwen gen tan di nou sa.”

  13. 5 Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè. 6 Epi zanj yo ki pa t kenbe pwòp wòl yo, men te abandone pwòp plas yo, Li te kenbe byen anchennen anba tenèb la, pou jijman nan gran jou a. 7 Menm jan ke Sodome ak Gomorrhe ansanm ak vil yo ki te antoure yo, akoz ke yo fè menm bagay, epi te antre nan imoralite a byen lèd, epi t ap chache vis lachè yo ki pa t menm twouve nan nati, te prezante kon yon egzanp, e te pase nan pinisyon dife etènèl la.

  14. 5 mwen te leve zye m gade e vwala, te gen yon sèten nonm abiye an len, ak senti l mare ak yon sentiwon lò pi, ki sòti Uphaz. 6 Anplis, kò li te tankou krizolit, figi li kon aparans ak loray, zye li kon tòch flanm dife, bra li ak pye li tankou bwonz byen poli, e son a pawòl li yo, kon son a yon gran foul.

    7 Alò, mwen menm, Daniel, mwen tou sèl te wè vizyon an, pandan mesye ki te avè m yo pa t wè vizyon an, men yon gwo laperèz te vin tonbe sou yo, e yo te kouri ale kache kò yo. 8 Konsa, mwen te rete sèl, e mwen te wè gran vizyon sila a. Konsa, pa t gen fòs ki te rete nan mwen, paske koulè po m te vin pal tankou moun ki mouri, e mwen te pèdi tout fòs mwen nèt. 9 Men mwen te tande son a pawòl li yo. Depi mwen te tande son pawòl li yo, mwen te tonbe nan yon gwo somèy sou figi mwen, figi m atè nèt.

    10 Konsa, gade byen, yon men te touche mwen ki te plase m sou men ak jenou m yo. 11 Li te di mwen: “O Daniel, nonm ki trè byeneme a, konprann pawòl ke mwen va pale ou yo. Kanpe dwat! Paske mwen te voye kote ou koulye a.” Lè li te pale pawòl sa a, mwen menm, mwen te kanpe. Mwen t ap tranble.

    12 Alò, li te di mwen: “Pa pè, Daniel, paske depi premye jou ke ou te dedye kè ou pou konprann sa a, lè ou te imilye ou devan Bondye ou a, pawòl ou yo te vin tande. Konsa, mwen te vini akoz pawòl ou yo. 13 Men prens a wayòm Perse la te kanpe kont mwen pandan venteyen jou; epi gade byen Micaël, youn nan chèf a prens yo, te vin ede m, paske mwen te rete la sèl ak wa a Perse yo. 14 Koulye a, mwen gen tan vini pou bay ou konprann de sa ki va rive a pèp ou a nan dènye jou yo, paske vizyon an apatyen a anpil jou ki poko rive.”

  15. 9 Men lakanj Michel, lè li te defye dyab la, epi te dispite sou kò Moise la, pa t menm tante pwononse yon jijman cho, men te di “Ke Bondye bay ou repwòch.”

  16. 5 Apre sa, Satan te mennen Li antre nan vil sen, Jérusalem nan. Li te fè L kanpe sou pi wo pwent tanp lan. 6 Konsa, li te di Li: “Si Ou menm se Fis Bondye a, jete kò Ou anba, paske sa ekri:

    ‘L ap bay zanj Li yo lòd de Ou menm, e

    ‘ak men yo, y ap bay Ou soutyen

    pou ke Ou pa ta menm frape

    pye Ou kont yon wòch’”.

    7 Jésus te di l: “Anplis sa ekri: ‘Ou pa pou tante Senyè a, Bondye Ou a’”.

    8 Ankò dyab la te mennen Li nan yon mòn wo e te montre Li tout wayòm nan mond lan, avèk tout glwa yo. 9 Li te di Li: “Tout bagay sa yo, mwen va bay Ou yo si Ou pwostène pou adore mwen.”

    10 Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: ‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.

    11 Konsa, dyab la te kite Li, e lapoula, zanj yo te vini sèvi Li.

  17. 18 Pa kite pèsòn kontinye prive nou de prim nou an pa riz fo imilite ak adorasyon zanj yo, ki baze pozisyon li sou vizyon yo li te fè, ki anfle san rezon ak ògèy pa panse chanèl li, 19 ki pa kenbe fèm a Tèt la. Paske se nan Li menm tout kò a ye a, ki vin founi e kenbe ansanm pa jwenti ak ligaman yo, ki grandi avèk yon kwasans ki sòti nan Bondye.

  18. 6 Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li,

    epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.

    7 Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo,

    epi li sove yo nan gwo twoub.

  19. 10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm.

  20. 1 Kite lanmou pou frè yo kontinye.

    2 Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen.

  21. 10 Selon sali sila a, pwofèt yo ki te pwofetize lagras ki te gen pou vini a nou menm nan, te fè rechèch ak ankèt pa yo, 11 pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.

    12 Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.

  22. 12 Epi sa va yon sign pou nou; nou va twouve yon anfan vlope nan twal, e kouche nan yon manjwa.”

    13 Lapoula te parèt avèk zanj lan yon foul lame syèl la ki t ap fè lwanj Bondye, e ap di:

    14 “Glwa a Bondye nan pi wo a,

    e sou latè a, lapè pami lèzòm

    ki fè L kontan yo.”

  23. 18 Paske Kris osi te mouri pou peche yo yon fwa pou tout, Li menm ki te jis pou enjis yo, pou Li ta kapab mennen nou kote Bondye, deja mò nan lachè, men fèt vivan nan lespri a. 19 Ladann, Li te osi ale fè pwoklamasyon a lespri nan prizon yo. 20 Se yo menm ki avan te dezobeyisan yo, lè pasyans a Bondye te toujou ap tann nan jou a Noe yo, lè lach la t ap konstwi a. Se ladann kèk moun (sa vle di uit moun) te mennen rive sof nan dlo a.

    21 Sa se yon modèl parèy ak batèm, ki koulye a ap sove nou—pa akoz li retire salte sou kò a, men akoz yon angajman anvè Bondye pou gen yon bon konsyans pa rezirèksyon a Jésus Kri a. 22 Li menm ki, sou men dwat Bondye, te ale nan syèl, kote tout zanj, otorite, ak pouvwa yo te fin soumèt a Li menm.

  24. 41 “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a.

  25. 2 Oubyen èske nou pa konnen ke se sen yo ki va jije mond lan? Si lemonn jije pa nou menm, èske nou pa konpetan pou regle ti bagay piti konsa yo? 3 Èske nou pa konnen ke nou va jije zanj yo? Konbyen anplis pou afè lavi sa a?

  26. 1 Louwe SENYÈ a!

    Louwe SENYÈ a soti nan syèl yo!

    Louwe Li kote ki wo yo!

    2 Louwe Li, tout zanj Li yo.

    Louwe Li tout lame Li yo!

    3 Louwe Li, solèy ak lalin nan.

    Louwe Li, tout zetwal ki limen yo!

    4 Louwe Li, pi wo syèl yo,

    ak dlo ki anwo syèl yo.

    5 Kite yo louwe non SENYÈ a,

    paske Li te pase lòd, e sa te fèt.

  27. 31 epi Li va voye zanj Li avèk yon gwo twonpèt, e yo va rasanble ansanm ak sila ki eli yo, ki sòti nan kat van yo, sòti nan yon pwent syèl la ale nan lòt pwent lan.

    32 “Koulye a, vin konprann parabòl a pye fig frans lan: lè branch li vin vèt, e prezante fèy, nou konnen ke gran sezon chalè a rive sou nou. 33 Ou menm tou, lè nou wè tout bagay sa yo, rekonèt ke Li pwòch, Li parèt menm nan pòt la.

    34 “Anverite, Mwen di nou: Jenerasyon sila a p ap disparèt jouk lè ke tout bagay sa yo fin pase. 35 Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt.

  28. 10 “Menm jan an konsa, Mwen di nou, gen lajwanan prezans zanj Bondye yo, sou yon sèl pechè ki repanti.”

  29. 22 Men nou menm, nou te vini sou Mòn Sion ak vil a Bondye vivan an, Jérusalem selès la, e avèk kantite zanj ki pa t kab menm kontwole, 23 anvè gran asanble a, ak legliz premye ne yo ki anrejistre nan syèl la, anvè Bondye, jij a tout moun nan, e anvè lespri a moun ladwati ki te fèt pafè yo, 24 epi anvè Jésus medyatè yon akò tounèf la, e anvè san vèse a, ki pale pi klè pase san Abel la. 25 Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la.

  30. 8 Alò, Mwen, Jean, se sila ki te tande e wè bagay sa yo. Konsa, lè m te tande e wè yo, mwen te tonbe nan pye a zanj ki te montre m bagay sa yo pou adore l.

    9 Men, li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy a ou menm, frè ou ki te pwofèt yo, ak sila ki prete atansyon a pawòl de liv sa a. Olye sa, adore Bondye.”

  31. 6 Se Ou sèl ki SENYÈ a. Ou te fè syèl yo, syèl dè syèl yo avèk tout lame pa yo, latè a avèk tout sa ki sou li, lanmè ak tout sa ki ladann. Se Ou ki bay yo tout lavi. Menm lame syèl la bese ba devan Ou.

  32. 34 Jésus te di yo: “Fis a laj sila yo marye e bay moun nan maryaj. 35 Men sila yo ki konsidere dign pou rive nan laj sila a, e rezirèksyon a mò yo, pa marye, ni yo pa bay moun nan maryaj. 36 Ni, yo pa kapab mouri ankò, paske yo tankou zanj, e se fis a Bondye, fis a rezirèksyon an. 37 Men ke mò yo leve, te montre menm pa Moïse nan pasaj sou touf bwa ki t ap boule a, kote li rele Senyè a Bondye Abraham nan, Bondye Isaac la ak Bondye a Jacob la. Alò, Li pa Bondye a mò yo, men Bondye a vivan an, pou tout sila ki 38 viv de Li yo.”

  33. 37 Li te di: “Sila a ki simen bon semans lan se Fis a Lòm nan. 38 Chan an se lemonn, e bon semans lan, se sila yo ki fis a wayòm nan. Zèb pikan yo se sila yo ki fis a mechan an. 39 Epi lènmi ki te simen move grenn nan se Satan. Rekòlt la se fen tan yo, epi ouvriye yo se zanj yo. 40 Pou sa, menm jan ke zèb pikan yo ranmase e brile avèk dife, konsa sa ap ye nan fen tan yo. 41 Fis a Lòm nan ap voye zanj li yo pou ranmase fè sòti nan wayòm Li an, tout obstak ki fè moun tonbe, avèk tout sila k ap fè mechanste. 42 L ap jete yo nan founo dife a e nan plas sa a, y ap kriye e y ap manje dan yo.

  34. 5 Yo te kenbe Pierre nan prizon an, men legliz Bondye a t ap priye fò pou li.

    6 Nan menm nwit lan lè Hérode te prèt pou mennen l devan l, Pierre t ap dòmi antre de sòlda. Li te byen anchene avèk de chenn, e jandam yo devan pòt la t ap veye prizon an.

    7 Epi vwala yon zanj Senyè a te parèt sibitman, e yon limyè te briye nan kacho a. Li te frape bò kote Pierre. Li fè l leve, e te di l: “Leve vit!”

    Konsa, chenn yo te tonbe kite men l.

    8 Zanj lan te di l: “Mare senti ou e mete sapat ou”. Li te fè sa, epi li te di li: “Vlope ou ak manto a e swiv mwen.”

    9 Konsa, li te ale deyò e te kontinye swiv li. Li pa t fin konnen si sa ki t ap fèt pa zanj lan te vrè, men te sipoze ke se te yon vizyon ke li t ap fè. 10 Lè yo te fin pase premye ak dezyèm gad yo, yo te rive a yon pòtay an fè ki te mennen nan lantre vil la. Li te ouvri pou yo pou kont li. Yo te pase ale deyò, e te desann nan yon ri. Imedyatman zanj lan te kite li.

    11 Lè Pierre te vin reflechi klè, li te di: “Koulye a mwen konnen san dout ke Senyè a te voye zanj Li pou te delivre m nan men Hérode, ak tout sa ke pèp Jwif la t ap atann.”

  35. 18 M priye pou zye a kè nou kapab klere, pou nou kapab konnen kisa ki esperans apèl Li a, ak sa ki richès laglwa eritaj Li a pami sen yo. 19 Epi sa ki se grandè san parèy a pouvwa Li anvè nou menm ki kwè yo, selon travay de fòs pouvwa Li a. 20 Se travay sa a ke Li te fè rive an Kris la lè Li te leve li soti nan lanmò a pou te fè L chita sou bò dwat Li nan lye selès yo, 21 pi wo anpil pase tout gouvènans yo, tout otorite, tout pouvwa, tout wayòm, ak tout non ki nonmen, non sèlman nan tan sila a, men nan tan k ap vini an. 22 Epi Li te mete tout bagay an soumisyon anba pye Jésus, e te fè Li tèt sou tout bagay a legliz la,

  36. 8 A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo. 9 Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo. 10 Pou tout sajès a Bondye a ta kapab vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout pouvwa ak otorite nan lye selès yo. 11 Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  37. 6 Epi devan twòn nan, te gen yon bagay tankou yon lanmè glas kristal. Nan mitan e ozanviwon de twòn lan, kat kreyati vivan ranpli avèk zye pa devan kou pa dèyè. 7 Premye kreyati a te tankou yon lyon, dezyèm kreyati a te tankou yon ti towo bèf, twazyèm kreyati a te gen yon figi tankou yon moun, e katriyèm kreyati a te tankou yon èg k ap vole anlè. 8 Epi kat kreyati vivan yo, yo chak avèk sis zèl, ranpli avèk zye toutotou e anndan. San repo, lajounen kon lannwit, yo pa t sispann di: “Sen, sen, sen, se Senyè a, Bondye a, Toupwisan an, ki te la, ki la, e ki va vini an.”

    9 Lè kreyati vivan yo fin bay glwa, lonè ak remèsiman a Sila ki chita sou twòn lan, a Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, 10 venn-kat ansyen yo tonbe devan Sila ki chita sou twòn lan pou adore Sila ki viv pou tout tan e pou tout tan an, e yo jete kouwòn yo devan twòn lan, pandan y ap di: 11 “Dign se Ou Menm, Senyè nou, e Bondye nou an, pou resevwa glwa, lonè ak pwisans; paske Ou te kreye tout bagay, e akoz volonte Ou, yo te egziste e te kreye.”

  38. 16 Lè zanj lan te lonje men li vè Jérusalem pou detwi li, SENYÈ a te repanti de gwo malè a. Li te di a zanj ki te detwi pèp la: “Sa ase! Koulye a, lache men ou!” Epi zanj SENYÈ a te akote glasi a Aravna a, Jebizyen an.

    17 Konsa, David te pale a SENYÈ a lè li te wè zanj ki t ap frape pèp la. Li te di: “Gade byen, se mwen ki te peche a, se mwen ki te fè mal la. Men mouton sila yo, kisa yo te fè? Souple, kite men Ou vin kont mwen, ak kont lakay papa m.”

  39. 20 Men pandan li t ap anvizaje sa, konsa, yon zanj Bondye te parèt devan li nan yon rèv epi te di l konsa:

    “Joseph, fis a David la, ou pa bezwen pè pran Marie kon madanm ou; pwiske sa ki gen tan plase nan vant li an, soti nan Lespri Sen an. 21 Li va fè yon fis, epi ou va rele li Jésus paske se Li menm ki va sove pèp li a de peche yo.”

    22 Tout sa te fèt pou akonpli sa ki te pale pa Senyè a, atravè pwofèt yo;

    23 “Koute byen, vyèj la va vin ansent

    e l ap fè yon gason.

    Y ap nonmen li Emmanuel”,

    ki tradwi vle di “Bondye Avèk Nou”.

    24 Konsa, Joseph te leve nan dòmi. Li te fè sa ke zanj Senyè a te mande l fè a, e te pran li pou madanm li. 25 Li te kenbe l kon yon vyèj jiskaske li te fin fè gason an, epi li te rele li Jésus.

  40. 27 “Paske Fis a Lòm nan ap vini nan tout glwa Papa Li, avèk zanj Li yo, e y ap rekonpanse tout moun selon zak yo.

  41. 31 “Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a.

  42. 1 Apre sa, mwen te wè kat zanj ki te kanpe nan kat kwen latè, ki t ap kenbe kat van latè yo, pou van pa soufle sou tè a, sou lanmè a, ni sou okenn pyebwa.

    2 Mwen te wè yon lòt zanj ki t ap monte soti kote solèy la leve a, avèk so a Bondye vivan an. Li te kriye fò avèk yon gwo vwa a kat zanj ki te gen pèmisyon pou fè mal a tè a ak lanmè a. 3 Li te di: “Pa fè tè a, lanmè a, oubyen pyebwa yo mal jiskaske nou fin sele sèvitè-atache Bondye nou yo sou fon yo.”

  43. 21 pandan mwen te toujou ap pale nan lapriyè a— alò, nonm nan Gabriel, ke m te wè nan vizyon oparavan an, te vole rive byen vit kote mwen, e te touche mwen vè lè pou ofrann nan aswè a. 22 Li te ban mwen enstriksyon. Li te pale ak mwen e te di: “O Daniel, koulye a, mwen vin parèt pou bay sajès ak bon konprann. 23 Nan kòmansman siplikasyon ou yo, lòd la te fin pase, e mwen vini pou di Ou, paske ou se byeneme. Konsa, prete atansyon a mesaj la pou vin konprann vizyon an.

  44. 53 Men èske nou panse ke Mwen pa kapab fè apèl a Papa M, e l ap voye ban Mwen plis ke douz lejyon (sa vle di 72,000) zanj?

  45. 10 Pandan yo t ap toujou gade byen fikse nan syèl la, pandan Li t ap prale, epi vwala de mesye ak vètman blan te kanpe akote L; 11 E yo menm osi te di: “Moun Galilée yo, poukisa nou kanpe ap gade nan syèl la? Jésus sila a, ki leve kite nou, pou ale nan syèl la, va vini menm jan ke nou wè L ale nan syèl la”.

  46. 17 Men wo prèt la te vin leve, ak tout sila ki te avèk li yo (sa vle di Sadiseyen yo), e yo te jalou anpil. 18 Yo te mete men sou apòt yo, e te mete yo nan yon prizon piblik.

    19 Men yon zanj Bondye te ouvri pòt prizon an pandan lannwit, e te fè yo sòti, e te di: 20 “Ale, kanpe pale ak pèp la nan tanp lan tout pawòl lavi a.”

    21 Lè yo te tande sa, yo te antre nan tanp lan granmmaten, e yo te kòmanse enstwi.

    Men lèwo prèt la te vini, ansanm ak sila ki te avèk li yo, yo te reyini yon gran konsèy avèk tout ansyen Israël yo. Konsa yo te voye kote prizon an pou fè yo vini.

  47. 10 Answit, mwen te tonbe nan pye li pou adore li. Men li te di mwen: “Pa fè sa! Mwen se yon sèvitè parèy ak ou, e frè ou ki kenbe temwayaj a Jésus a. Adore Bondye, paske temwayaj a Jésus a se lespri pwofesi a.”

  48. 16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.

  49. 8 Alò, wa Syrie a te fè lagè kont Israël, epi li te konsilte avèk sèvitè li yo. Li te di: “Antre tèl kote ak tèl kote, ki kote nou va fè kan an.”

    9 Nonm Bondye a te voye kote wa Israël la. Li te di: “Veye pou ou pa pase nan kote sila a, paske Siryen yo ap desann la.” 10 Wa Israël la te voye nan plas kote nonm Bondye a te pale li a pou avèti l. Konsa, plis ke yon fwa oswa de fwa, li te sove li plizyè fwa. 11 Alò, kè a wa Syrie a te anraje sou afè sa a. Li te rele sèvitè li yo e te di yo: “Èske ou va di mwen kilès nan nou ki pou wa Israël la?”

    12 Youn nan sèvitè li yo te di: “Non, mèt mwen, O wa a; men Élisée, pwofèt ki an Israël la ap pale wa Israël la pawòl ke ou pale menm nan chanm dòmi ou.”

    13 Konsa, li te di: “Ale wè kote li ye a pou m kab voye pran l.”

    Epi yo te pale li, e te di: “Gade, li Dothan.”

    14 Li te voye cheval avèk cha avèk yon gwo lame la. Yo te vini pandan lannwit e te antoure vil la. 15 Alò, lè sèvitè a nonm Bondye a te leve bonè pou te sòti deyò, vwala, yon lame avèk cheval ak cha te antoure vil la. Epi sèvitè li a te di li: “Anmwey, mèt mwen! Kisa n ap fè?”

    16 Konsa, li te reponn: “Pa pè, paske sila ki avèk nou yo plis pase sila ki avèk yo a.” 17 Epi Élisée te priye e te di: “O SENYÈ, Mwen priye, ouvri zye li pou li kapab wè.” Epi SENYÈ a te ouvri zye a sèvitè li pou li te wè. Men vwala, tout mòn nan te ranpli avèk cheval avèk cha dife toupatou te antoure Élisée.

  50. 12 Kòman ou te tonbe soti nan syèl la, O zetwal granmmaten an! Ou te koupe ra tè; ou menm ki te detwi tout nasyon yo! 13 Men nan kè ou, ou te di: “Mwen va monte jis rive nan syèl la! Mwen va fè leve twòn mwen piwo zetwal Bondye yo! Mwen va chita sou mòn asanble a nan fon nò yo! 14 Mwen va monte piwo nwaj yo! Mwen va fè mwen menm tankou Pi Wo a!” 15 Sepandan, ou va pouse desann nan Sejou mò yo, kote fon a gwo fòs la ye a.

  51. 22 “Epi li rive ke nonm malere a te mouri, e li te vin pote pa zanj yo pou rive nan senAbraham nan. Konsa, mesye rich la te mouri tou, e li te antere. 23 Nanplas sejou mò yo, li te nan toumant. Li te leve zye li, e te wè Abraham byen lwen, ak Lazare nan sen li.

  52. 53 Nou menm ki te resevwa Lalwa kòm yon òdonans pa zanj yo, te vyole li.”

  53. 26 Men yon zanj Senyè a te pale ak Philippe e te di: “Leve, ale nan sid nan wout ki desann soti Jérusalem vè Gaza a.” (Sa se yon wout nan dezè.)

  54. 23 Paske nan menm nwit sa a, yon zanj a Bondye a Sila ke m apatyen an, e Sila ke m sèvi a, te kanpe devan mwen. 24 Konsa li te di: ‘Pa pè anyen Paul. Ou dwe kanpe devan César. Gade byen, Bondye gen tan ba ou tout sila ki ap vwayaje avèk ou yo.’ 25 Akoz sa, mesye yo pran kouraj. Paske mwen gen konfyans nan Bondye ke sa va fini menm jan ke Li te di mwen an.

  55. 4 Paske si Bondye pa t epagne zanj yo lè yo te peche a, men te voye yo nan labim tenèb ki te rezève pou jijman an; 5 epi pa t epagne ansyen mond lan, men te prezève Noé, yon predikatè ladwati, avèk sèt lòt, lè Li te voye yon delij sou mond konwonpi a, 6 epi si Li te kondane vil Sodome ak Gomorrhe pou destriksyon e te redwi yo an sann, epi te fè yo yon egzanp pou sila ki ta vin mennen yon vi san Bondye pi devan yo;

  56. 6 Epi mwen te wè yon lòt zanj ki t ap vole nan mitan syèl la, avèk yon levanjil etènèl pou preche a sila ki viv sou latè yo, a tout nasyon, tribi, langaj, ak pèp.

    7 Konsa, li te di avèk yon vwa fò: “Gen lakrent pou Bondye, e ba Li glwa, paske lè jijman Li an gen tan vini. Adore Sila ki te fè syèl la, tè a, lanmè a, ak sous dlo yo.”

    8 Yon lòt zanj, yon dezyèm, te swiv, e t ap di: “Tonbe, tonbe, gran Babylone nan, Sila ki te fè tout nasyon yo bwè diven pasyon imoralite li a.”

    9 Answit, yon lòt zanj, yon twazyèm, te swiv yo e t ap di avèk yon vwa ki fò: “Si yon moun adore bèt la avèk limaj li a, e resevwa yon mak sou fon li oubyen sou men l, 10 li osi va bwè nan diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an. 11 Lafimen toumant yo ap monte pou tout tan e pou tout tan. Yo p ap gen repo ni lajounen ni lannwit, sila yo ki adore bèt la avèk imaj li a, ak nenpòt moun ki resevwa mak non li an.

    12 Men isit, pèseverans a sen ki kenbe kòmandman Bondye yo avèk lafwa yo nan Jésus.

    13 “Mwen te tande yon vwa ki sòti nan syèl la ki t ap di: “Ekri, ‘Beni se mò ki mouri nan Senyè a depi koulye a!’”:

    “Wi”, di Lespri a, “pou yo kapab repoze de travay yo, paske zèv pa yo ap swiv yo.”

  57. 17 Cha Bondye yo anpil sou milye dè milye.

    Senyè a pami yo sòti Sinaï, nan sentete Li.

  58. 15 Lè mwen menm, Daniel, te fè vizyon an, mwen te chache konprann li. Epi gade byen, kanpe devan mwen se te yon bagay ki te sanble ak yon moun. 16 Mwen te tande vwa a yon moun antre de rebò kanal Ulaï la. Li te rele fò e li te di: “Gabriel, fè nonm sa a konprann vizyon an.”

    17 Konsa, li te vin toupre kote mwen te kanpe a. Lè l te parèt, mwen te gen gwo laperèz, e mwen te tonbe sou figi m. Men li te di mwen: “Fis a lòm, konprann vizyon an; paske vizyon an apatyen a bagay a dènye tan yo.”

  59. 21 Mwen solanèlman chaje ou nan prezans a Bondye, a Kris Jésus e a zanj chwazi Li yo, pou kenbe prensip sa yo san favorize pèsòn, e pa fè anyen nan yon lespri patipri.

    22 Pa poze men sou okenn moun twò vit, e konsa vin pataje nan peche a lòt yo. Kenbe tèt ou lib de peche.

  60. 13 Lè yo fin pati, lapoula yon zanj Bondye te vin parèt a Joseph nan yon rèv. Li te di l: “Leve pran Pitit la avèk manman L epi kouri ale an Égypte. Rete la jiskaske mwen di ou, paske Hérode ap chèche Zanfan sila a pou l ka detwi L.”

    14 Joseph te leve pran Pitit la avèk manman L pandan nwit lan pou te ale an Égypte. 15 Li te rete la jiskaske Hérode te mouri. Sa te fèt pou akonpli sa Senyè a te pale pa pwofèt la pou li ta kapab akonpli lè l te di: “Pou soti an Égypte, Mwen te rele Fis Mwen an”.

  61. 28 Konsa nan rezirèksyon an, se madanm a kilès l ap ye? Paske yo tout te genyen l.”

    29 Men Jésus te reponn yo: “Nou twonpe nou. Nou pa konprann Ekriti Sen yo, ni pouvwa Bondye a. 30 Paske nan rezirèksyon an, yo pa marye, ni bay moun nan maryaj, men se kon zanj nan syèl yo. 31 Men konsènan rezirèksyon mò yo, nou pa t li sa ki te pale a nou pa Bondye lè Li di nou: 32 ‘Mwen menm se Bondye Abraham, Bondye Isaac, Bondye Jacob la’? Li menm pa Bondye a mò yo, men a sila ki vivan yo.”

  62. 38 “Paske nenpòt moun ki wont de Mwen menm avèk pawòl Mwen, nan jenerasyon adiltè e konwonpi sila a, Fis a Lòm nan ap wont de li menm tou lè Li vini nan glwa a Papa Li avèk zanj sen yo.”

  63. 26 Alò, nan sizyèm mwa ansent Elizabeth la, zanj Gabriel la te voye sòti nan Bondye a yon vil nan Galilée ki te rele Nazareth, 27 a yon vyèj ki te fiyanse a yon nonm ki te rele Joseph, ki te sòti nan desandan David yo. Vyèj la te rele Marie. 28 Lè l te antre, li te di li: “Sali a ou menm ki twouve favè! Bondye avèk ou. Ou beni pami fanm yo!”

  64. 12 Men m ap kontinye fè sa ke m ap fè a pou m kapab rachte okazyon de sila yo ki vle twouve yon okazyon pou moun konsidere yo egal avèk nou nan bagay ke y ap vante tèt yo. 13 Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo. 14 Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè. 15 Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.

  65. 35 Epi li te vin rive menm nwit sa a ke zanj SENYÈ a te sòti e te frape san-katre-ven-senk-mil moun nan kan Asiryen yo. Lè moun yo te leve granmmaten, men vwala, yo tout te mouri.

  66. 4 Kisa lòm nan ye, pou Ou reflechi sou li?

    Oswa fis a lòm nan, pou Ou pran swen li?

    5 Malgre, Ou te fè li yon ti kras pi ba pase Bondye,

    e te kouwone li ak glwa avèk lonè!

    6 Ou fè li regne sou zèv men Ou yo.

    Ou te mete tout bagay anba pye li:

  67. 1 “Alò, nan lè sa a, Micaël, gran prens ki te kanpe pou fis a pèp ou yo, va leve. Epi va gen yon tan gwo twoub jan sa pa t janm te konn fèt soti lè te gen yon nasyon jis rive nan lè sa a. Epi nan lè sa a, pèp ou a va vin delivre, tout moun ki gen non ekri nan liv la.

  68. 24 Jésus te di yo: “Èske se pa pou rezon sa a ke nou twonpe nou an; paske nou pa konprann ni Ekriti yo ni pouvwa Bondye? 25 Paske lè yo leve soti nan lanmò, yo p ap marye, ni bay moun nan maryaj, men yo ap tankou zanj nan syèl yo. 26 Men konsènan fè ke mò yo leve ankò a, èske nou pa t li nan pasaj liv Moïse la, devan ti bwa brile a, ke Bondye te pale l e te di l: ‘Mwen menm se Bondye Abraham nan, Bondye Isaac ak Bondye Jacob la’?

    27 “Li pa Bondye a mò yo, men a vivan yo. Nou menm nou byen twonpe nou.”

  69. 11 Konsa, yon zanj Bondye te parèt kote li, e te kanpe adwat lotèl lansan an. 12 Zacharie te twouble lè l te wè li, elakrent te sezi li.

    13 Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean.

  70. 10 Konsa, disip yo te kite la pou retounen nan pwòp kay pa yo.

    11 Men Marie te kanpe deyò tonm nan. Li t ap kriye, epi konsa, pandan li t ap kriye, li te bese pou gade nan tonm nan. 12 E li te wè de zanj abiye an blan ki chita, youn bò kote tèt la, e youn bò kote pye yo, kote kò Jésus te konn kouche a.

    13 Yo te di li: “Fanm poukisa w ap kriye?” Li te di yo, “Akoz yo te pran Senyè m nan, e mwen pa konnen kote yo mete L.” 14 Lè li te fin di sa, li te vire, e te wè Jésus te kanpe la, men li pa t konnen ke se te Jésus.

  71. 1 Answit, mwen te wè yon zanj ki t ap desann sòti nan syèl la, ki te gen kle abim nan ak yon gwo chèn nan men l.

    2 Li te pran dragon an, sèpan ansyen an, ki se dyab la, Satan, e li te mare li pou mil ane. 3 Li te jete li nan labim. Li te fèmen li e te mete so li sou li, pou li pa t kab twonpe nasyon yo ankò, jiskaske mil ane yo fini. Apre bagay sa yo, li oblije vin lage pou yon ti tan.

  72. 1 Alò, de zanj te vini Sodome nan aswè lè Lot te chita nan pòtay Sodome nan.

    Lè Lot te wè yo, li te leve pou rankontre yo. Li te bese ba avèk figi li atè.

  73. 15 Lè maten an te rive, zanj yo te bourade Lot. Yo te di l: “Leve, pran madanm ou avèk de fis ou yo ki isit la, oswa ou va vin disparèt nan pinisyon vil la.” 16 Men li te fè reta. Pou sa, mesye sa yo te sezi men l avèk men madanm li avèk men a de fi li yo, paske konpasyon SENYÈ a te sou li. Yo te mennen li deyò, e yo te mete l deyò vil la.

    17 Lè yo te mennen yo deyò, youn nan yo te di: “Sove ale pou lavi ou! Pa gade dèyè, e pa rete nan okenn kote nan vale a. Sove ale nan mòn yo, oswa ou va detwi nèt.”

  74. 1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

    O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou tèlman gran.

    Ou abiye avèk bèlte ak majeste.

    2 Li kouvri Li menm ak limyè kon yon manto.

    Ki ouvri syèl la tankou yon rido tant.

    3 Li poze gran travès wo chanm nan nan dlo.

    Li fè nwaj yo sèvi kon cha Li.

    Li mache sou zèl van an.

    4 Li fè van yo vin mesaje Li.

    Flanm dife yo se minis Li.

  75. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  76. 2 Paske si pawòl ki te pale pa zanj yo pa t kapab vyole, e si tout transgresyon ak dezobeyisans te gen yon pinisyon ki jis,

  77. 1 Mwen te wè yon lòt zanj byen fò ki t ap desann sòti nan syèl la, abiye avèk yon nwaj. Yon lakansyèl la te sou tèt li. Figi li te tankou solèy la, e pye li yo tankou kolòn dife.

    2 Li te gen nan men l, yon ti liv ki te louvri. Li te plase pye dwat li sou lanmè a e pye goch li sou tè a. 3 Konsa, li te kriye avèk yon gwo vwa, tankou lè yon lyon gwonde. Epi lè l fin kriye fò, sèt kout tonnè yo te reponn ak vwa yo.

    4 Lè sèt kout tonnè yo te fin sonnen, mwen te prè pou ekri. Men mwen te tande yon vwa soti nan syèl la ki t ap di: “Sele bagay ke sèt kout tonnè yo te pale a. Pa ekri yo.”

    5 Answit, zanj ke m te wè kanpe sou lanmè ak sou tè a, te leve men dwat li vè syèl la, 6 e li te sèmante pa Sila ki vivan pou tout tan e pou tout tan an. Sila ki te kreye syèl la ak bagay ladann yo, tè a ak bagay ladann yo, e lanmè a ak bagay ladann yo, ke p ap gen reta ankò, 7 men nan jou vwa setyèm zanj lan, lè li prè pou sone, alò, mistè a Bondye fini, jan Li te anonse a sèvitè Li yo, menm pwofèt yo.

    8 Answit, vwa ke m te tande nan syèl la, mwen te tande li te pale avè m ankò, e t ap di: “Ale pran liv ki ouvri a nan men a zanj ki kanpe sou lanmè a ak sou tè a”.

    9 Donk, mwen te ale kote zanj lan, pou di l ban mwen ti liv la. Li te di mwen: “Pran l, e manje l. L ap fè vant ou anmè, men nan bouch ou, l ap dous tankou siwo myèl.”

    10 Mwen te pran ti liv la nan men zanj lan, e mwen te manje l. Konsa, nan bouch mwen, li te dous tankou siwo myèl. Lè m te fin manje l, vant mwen te vin anmè.

    11 Konsa, yo te di mwen: “Ou oblije pwofetize ankò konsènan anpil pèp, nasyon, lang, ak wa.”

  78. 1 Alò, SENYÈ a te parèt a li nan bwadchenn Marmré yo pandan li te chita akote pòt tant lan nan chalè jounen an. 2 Lè li te leve zye li pou te gade, men twa mesye ki te kanpe anfas li. Lè li te wè yo li te kouri sòti nan pòt tant lan pou rankontre yo, e li te bese tèt li atè. 3 Li te di: “SENYÈ mwen, si koulye a mwen vin twouve favè nan zye nou, souple, pa pase lwen sèvitè nou an.

  79. 5 Li te kouche dòmi anba bwa pikan an. Epi vwala, te gen yon zanj ki touche li. Li te di: “Leve, manje!”

    6 Li te gade, e vwala, te gen bò tèt li yon gato pen wòch cho, ak yon veso dlo. Konsa, li te manje, bwè e te kouche ankò. 7 Zanj Bondye a te vini ankò yon dezyèm fwa, li te touche li e te di: “Leve, manje, paske vwayaj la twò gran pou ou.”

  80. 6 Alò, te rive yon jou lè fis a Bondye yo te vin prezante yo menm devan Bondye, e Satan osi, te rive pami yo. 7 SENYÈ a te di a Satan: “Depi kibò ou sòti?”

    Konsa, Satan te reponn SENYÈ a epi te di: “Soti pwomennen sou latè a, e mache toupatou sou li.”

    8 SENYÈ a te di a Satan: “Èske ou remake sèvitè mwen an, Job? Paske nanpwen okenn tankou li sou latè, yon nonm san repwòch ki gen lakrent Bondye, e ki vire kite mal.”

    9 Satan te reponn SENYÈ a: “Èske Job gen lakrent Bondye pou granmesi? 10 Èske Ou pa t fè yon kloti antoure li avèk lakay li avèk tout sa li genyen sou chak kote? Ou te beni zèv men li yo, e byen li grandi anpil nan peyi a. 11 Men lonje men Ou depi koulye a, touche tout sa li posede. Anverite li va modi Ou menm devan figi Ou.”

  81. 1 “Konsole, O konsole pèp Mwen an,”

    pale Bondye ou an.

    2 “Pale ak dousè ak Jérusalem.

    Rele a li menm, ke konfli li fini an,

    ke inikite li retire a,

    ke li te resevwa nan men SENYÈ a

    doub pou tout peche li yo.”

    3 Yon vwa k ap rele fò,

    “Debleye chemen an pou SENYÈ a nan dezè a!

    Fè vin swa nan dezè a yon gran chemen pou Bondye nou an.

    4 Kite tout vale yo vin leve wo,

    e tout mòn ak kolin yo vin ba.

    Kite move tèren an vin pla,

    e tèren difisil yo vin yon vale ki swa.

    5 Glwa a SENYÈ a va vin parèt,

    e tout chè va wè sa ansanm;

    paske bouch a SENYÈ a fin pale.”

    6 Yon vwa pale: “Rele fò.”

    Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?”

    “Tout chè se zèb,

    e tout bèlte li se tankou flè nan chan.

    7 Zèb la fennen,

    flè a pèdi koulè l,

    depi souf SENYÈ a soufle sou li.

    Anverite, pèp la se zèb.

    8 Zèb la fennen,

    flè a pèdi koulè l,

    men pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.”

  82. 11 Ankò pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 12 “Fis a lòm, reprann lamantasyon sou wa Tyr la e di l: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a:

    “Ou te genyen so pèfeksyon an,

    plen sajès e pafè an bèlte.

    13 Ou te nan Éden, jaden Bondye a.

    Tout pyè presye yo te sèvi pou kouvri ou:

    Ribi, topaz, dyaman; krizolit, oniks, ak jasp,

    Safi, malachi, emwòd,

    epi lò. Baz kalite travay

    pou tout prezantasyon te nan ou.

    Nan jou ou te kreye a, yo te prepare.

    14 Ou te cheriben onksyone ki kouvri a

    e Mwen te plase ou la.

    Ou te sou mòn sen Bondye a.

    Ou te mache nan mitan a pyè dife yo.

    15 Ou te san fot nan tout chemen

    ou yo depi jou ou te kreye a,

    jis rive nan lè inikite te vin twouve nan ou a.

  83. 36 Men konsènan jou sa a, avèk lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a.

  84. 9 Konsa yon zanj Bondye te vin kanpe sibitman devan yo, epi glwa a Bondye te klere toutotou de yo; e yo te vin ranpli avèk laperèz. 10 Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la.

  85. 3 Anviwon nevyèm è nan jounen an, li te wè byen klè nan yon vizyon, yon zanj Bondye ki te vin kote li e te di l: “Corneille!”

    4 Ak zye l fikse sou li, e gwo laperèz, e te di: “Kisa li ye, Senyè?”

    Zanj la te di li: “Priyè ou avèk charite ou kon yon rekèt, gen tan monte devan Bondye. 5 Koulye a, voye kèk moun Joppé e mande pou yon mesye yo rele Simon, ki rele osi Pierre. 6 Li rete lakay a yon bòs tanè yo rele Simon ki rete bò lanmè a.”

    7 Lè zanj ki t ap pale avè l la te ale, li te rele de nan sèvitè li yo, avèk yon sòlda fidèl nan lafwa ki te sèvi li tout tan. 8 Lè l te fin eksplike yo tout bagay, li te voye yo Joppé.

  86. 16 San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a:

    Sila ki

    Te revele nan lachè a,

    Te jistifye nan Lespri a

    Te wè pa zanj yo,

    Te pwoklame pami nasyon yo,

    Te resevwa kwayans mond lan,

    Te leve wo nan laglwa a.

  87. 15 Konsa, yon lòt zanj te vini sòti nan tanp lan, e t ap kriye nan yon vwa fò a Sila ki te chita sou nwaj la: “Mete kouto digo a ladann pou rekòlte, paske lè rekòlt la rive. Mwason latè a mi.”

    16 Answit, Sila ki te chita sou nwaj la te voye kouto digo a sou sifas tè a, epi tè a te rekòlte.

    17 Yon lòt zanj te sòti nan tanp ki nan syèl la, e li menm tou te gen yon kouto digo byen file.

    18 Konsa, yon lòt zanj ankò, sila ki gen pouvwa sou dife a, te sòti nan lotèl la. Li te rele avèk yon vwa fò a sila ki te gen kouto digo file a. Li te di: “Mete kouto digo file ou a ladann. Ranmase grap sou pye rezen latè yo, paske fwi li yo mi.”

    19 Zanj lan te voye kouto digo li a sou tè a. Li te ranmase grap sou pye rezen tè yo, e te jete yo nan gwo pèz diven kòlè Bondye a.

  88. 1 Se te konsa syèl yo avèk tè a te fin fèt, avèk tout lame yo.

  89. 24 Alò, Li te pouse lòm nan deyò; epi nan lès jaden Eden nan, Li te estasyone cheriben an avèk nepe ak flanm ki te vire nan tout direksyon pou veye chemen vè ab lavi a.

  90. 20 pou l te kab chanje aparans a bagay yo, sèvitè Joab la te fè bagay sa a. Men mèt mwen an saj, tankou sajès a zanj Bondye a, pou konnen tout sa ki sou tè a.”

  91. 21 Konsa, SENYÈ a te voye yon zanj ki te detwi tout gwo gèrye, kòmandan ak chèf nan kan wa Assyrie a. Pou sa, li te retounen nan wont li ale nan pwòp peyi li. Epi lè li te antre nan tanp dye pa li a, kèk nan pwòp pitit pa li yo te touye li la avèk nepe.

  92. 23 Men Li te kòmande nwaj anlè yo, e te louvri pòt syèl yo.

    24 Li te fè lamàn vin tonbe tankou lapli sou yo,

    pou yo manje e te bay yo manje soti nan syèl la.

    25 Lòm te manje manje a zanj yo.

    Li te voye manje ba yo an abondans.

  93. 49 Li te voye sou yo chalè kòlè Li,

    gwo kòlè avèk endiyasyon ak twoub,

    ak yon bann zanj ki pou detwi yo.

  94. 19 Zanj lan te reponn li e te di: “Mwen se Gabriel, ki kanpe nan prezans Bondye a. Mwen te voye pou pale ak ou, e pou pote bòn nouvèl sila a. 20 Konsa, gade. Ou va rete an silans nèt, e ou p ap kapab pale jiskaske bagay sa yo rive, paske ou pa t kwè pawòl mwen, ki va akonpli nan pwòp lè pa l la.”

  95. 4 Pandan yo te twouble akoz sa, vwala sibitman, de mesye te kanpe toupre yo a ak yon abiman briyan. 5 Fanm yo te sezi avèk laperèz, e te bese figi yo jis atè.

    Mesye yo te di yo: “Poukisa nou ap chache Sila ki vivan an pami mò yo? 6 Li pa la, men Li gen tan leve. Sonje jan Li te pale avèk nou pandan Li te toujou Galilée a? 7 Li t ap di ke fòk Fis a Lòm nan livre nan men a moun pechè yo, pou krisifye, e leve ankò nan twazyèm jou a.”

  96. 6 Men byen konprann ke yon pati se te Sadiseyen yo, e lòt la, Farizyen yo, Paul te kòmanse kriye fò nan konsèy la: “Frè m yo, mwen menm se yon Fariziyen, yon fis a Farizyen. Mwen ap jije devan tribinal a pou esperans nan rezirèksyon a mò yo!”

    7 Pandan li te di sa, te vin rive gen yon gran dezakò antre Farizyen yo ak Sadiseyen yo, epi asanble a te divize. 8 Paske Sadiseyen yo di ke nanpwen rezirèksyon, ni zanj, ni lespri, men Farizyen yo rekonèt yo tout.

  97. 19 Alò, poukisa Lalwa a? Li te ajoute akoz de transgresyon yo, ki te òdone atravè zanj yo pa ajans a yon medyatè, jiskaske semans lan ta kapab rive a Sila pwomès la te fèt la.

  98. 1 Revelasyon a Jésus Kri, ke Bondye te bay Li pou montre a sèvitè Li yo; bagay ki t ap oblije rive avan lontan yo, ke Li te voye kominike pa zanj Li, a sèvitè Li, Jean,

  99. 7 SENYÈ a, Bondye syèl la ki te pran m, fè m sòti lakay papa m, peyi natal mwen, ki te pale avèk mwen; Li te sèmante ak mwen, e Li te di: ‘A desandan ou yo, Mwen va bay tè sa a’. Li va voye zanj Li devan ou, e ou va pran yon madanm pou fis mwen an soti la.

  100. 2  Zanj Bondye a te parèt kote li nan yon flanm dife ki t ap brile nan mitan yon ti bwa. Li te gade, e vwala, ti bwa a t ap fè flanm dife, men brile a pa t fè l disparèt.

    3 Alò, Moïse te di: “Se fò pou m vire akote koulye a pou m al wè bagay etonan sila a, poukisa ti bwa a pa brile nèt.”

    4 Lè SENYÈ a te wè ke li te vire akote pou gade, Bondye te rele li depi nan mitan ti bwa a, e te di: “Moïse, Moïse!”

    Li te di: “Men Mwen.”

    5 Li te di: “Pa vin pre isit la. Retire sapat nan pye ou, paske plas kote ou kanpe a se tè sen.” 6 Li te di anplis: “Mwen se Bondye a zansèt ou yo, Bondye Abraham nan, Bondye a Isaac, e Bondye a Jacob la.”

    Moïse te kache figi li, paske li te pè gade Bondye.

  101. 20 “Gade byen, Mwen ap voye yon zanj devan nou pou pwoteje nou pandan nou nan chemen an, e pou mennen nou antre nan plas ke M te prepare pou nou an.

  102. 15 Epi Bondye te voye yon zanj Jérusalem pou detwi vil la, men lè l te prè pou detwi, SENYÈ a te wè, e te lache de gwo dega a. Li te di a zanj ki t ap detwi a: “Sa kont. Alò, lache men ou.” Zanj SENYÈ a t ap kanpe akote glasi vannen ki pou Ornan an, Jebizyen an. 16 David te leve zye li, e te wè zanj SENYÈ a ki te kanpe antre syèl la avèk tè a, avèk nepe li rale nan men l, lonje sou Jérusalem.

    Konsa, David avèk ansyen yo te kouvri yo avèk twal sak e te tonbe sou figi yo.

  103. 15 Konsa, yon lespri te pase kote figi mwen;

    plim sou chè mwen, te kanpe sou kò m.

    16 Li te kanpe an plas, men mwen pa t kab distenge aparans li.

    Yon fòm te devan zye m.

    Te gen silans, epi mwen te tande yon vwa:

    17 'Èske lòm kapab jis devan Bondye?

    Èske yon nonm kapab san tach devan Sila ki fè l la?

    18 Menm nan sèvitè Li yo, Li pa mete konfyans;

    ak pwòp zanj Li yo, Li jwenn fot.

    19 Konbyen anplis, pou sila ki rete nan kay fèt an ajil yo,

    ki gen pousyè kon fondasyon,

    ki vin kraze devan papiyon!

  104. 36 Epi zanj SENYÈ a te sòti deyò e te frape san-katre-ven-senk-mil lòm nan kan Asiryen yo. Lè moun te leve bonè granmmaten, gade byen, yo tout te mouri.

  105. 22 Bondye mwen an te voye zanj li. Li te fèmen bouch a lyon yo e yo pa t fè m okenn mal, paske, mwen te twouve inosan devan l, e anplis, anvè ou menm, O wa a, mwen pa t fè okenn krim.”

  106. 9 “Mwen te kontinye gade jiskaske twòn yo te vin plase.

    Epi youn ki te Ansyen de Jou Yo te chita.

    Abiman Li te tankou lanèj blan,

    e cheve nan tèt Li te tankou lenn san tach.

    Twòn Li te briyan akoz flanm yo,

    e wou li yo te yon dife ki t ap brile.

    10 Yon rivyè dife t ap koule pou l vin parèt devan L;

    Milye dè milye t ap okipe L.

    Di-mil fwa di-mil te kanpe devan L.

    Jijman an te etabli.

    Liv yo te vin ouvri.

  107. 19 Men lè Hérode te vin mouri, yon zanj te parèt an Égypte pou di Joseph nan yon rèv: 20 “Leve, pran Pitit la avèk manman L pou ale nan peyi Israël, paske sila yo ki t ap chèche touye Pitit la gen tan mouri.”

  108. 10 Ke Wayòm Ou kapab vini,

    ke volonte Ou kapab fèt sou latè

    menm jan ke li fèt nan syèl la.

  109. 49 Konsa sa ap ye nan fen tan yo. Zanj yo ap tou parèt e y ap fè triyaj mechan yo pami jis yo. 50 Epi y ap jete mechan yo nan founo dife a, kote y ap kriye e manje dan yo.

  110. 51 E Li te di li: “Anverite, anverite mwen di ou, w ap wè syèl yo louvri, epi zanj Bondye yo k ap monte desann sou Fis a Lòm nan.”

  111. 9 Akòz tout sa, Bondye te egzalte Li byen wo, e te bay Li non ki pi wo pase tout non yo, 10 pouke nan non a Jésus a tout jenou va bese, sila ki nan syèl, sou latè, ak anba tè yo 11 epi tout lang konfese ke Jésus Kri se Senyè a pou laglwa Bondye Papa a.

  112. 20 Pou mistè a sèt zetwal ke ou te wè nan men dwat Mwen an, ak sèt chandelye yo: Men li: sèt zetwal yo, se zanj a sèt legliz yo, e sèt chandelye yo, se sèt legliz yo.”

  113. 11 Konsa, tout zanj yo te kanpe toutotou de twòn nan, toutotou de lansyen yo, ak kat kreyati vivan yo. Yo te tonbe sou figi yo devan twòn nan pou adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amen! Benediksyon, laglwa, sajès, remèsiman, lonè, pwisans, e pouvwa pou Bondye nou an pou tout tan e pou tout tan! Amen.”

  114. 15 Answit, setyèm zanj lan te sone, epi te gen gwo vwa yo nan syèl la ki t ap di: “Wayòm mond sa a gen tan devni wayòm a Senyè nou an, ak Kris Li a. Li va renye pou tout tan e pou tout tan!”

  115. 2 Epi mwen te wè sèt zanj ki kanpe devan Bondye, e yo te resevwa sèt twonpèt.

  116. 1 Youn nan sèt zanj ki te gen sèt gode yo te vini. Li te pale avè m e te di: “Vini isit la! Mwen va montre ou jijman a gran pwostitiye ki chita sou anpil dlo yo, 2 avèk sila a wa latè yo te vin komèt zak imoralite. Tout sila ki demere sou latè yo te fè vin sou avèk diven imoralite li a.”

    3 Li te pote mwen lwen nan Lespri a nan yon dezè. Mwen te wè yon fanm ki te chita sou yon bèt wouj, plen ak non blasfèm, ki te gen sèt tèt ak dis kòn.