28 Bible Verses About Talents
Bib Sen An (BSA)
-
14 “Konsa, li menm jan avèk yon nonm ki fenk pare pou fè yon vwayaj. Li rele esklav li yo, e konfye tout sa li posede nan men yo menm. 15 A youn li te bay senk talan (yon gwo sòm dajan) a yon lòt de, e a yon lòt, youn, selon kapasite ke chak te genyen. Epi li te sòti pou fè vwayaj la. 16 Imedyatman, sila ki te resevwa senk talan yo te fè afè avèk yo, e te ranmase yon lòt senk talan anplis. 17 “Menm jan an, sila ki te resevwa de talan yo te vin jwenn de lòt. 18 Men sila ki te resevwa yon sèl talan an te ale fouye yon twou nan tè pou te sere lajan mèt li.
19 “Apre anpil tan, mèt a esklav sa yo te vini pou te regle kont avèk yo. 20 Sila ki te resevwa senk talan yo te vin pote li avèk yon lòt senk talan ankò, epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak senk talan. Ou wè, mwen fè l rapòte senk talan anplis.’
21 “Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon e fidèl sèvitè. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
22 “Sila ki te resevwa de talan yo te vini epi te di: ‘Mèt, ou te fè m konfyans ak de talan. Ou wè, mwen fè l rapòte de talan anplis.’
23 “Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon sèvitè fidèl la. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
24 “Konsa, sila osi ki te resevwa yon sèl talan an te vini e te di: ‘Mèt, mwen te byen konprann ke ou menm se te yon mèt ki di; ke ou rekòlte kote ou pa plante, e ranmase kote ou pa simen. 25 Epi mwen te krent, e te ale sere talan an nan tè. Gade byen, ou twouve sa ki pou ou a.’
26 “Men mèt li te reponn li e te di: ‘Esklav malveyan e parese! Ou te konnen ke mwen rekòlte kote mwen pa plante, e ranmase kote mwen pa simen. 27 Pou sa, ou te dwe mete kòb mwen an labank pou lè m rive mwen ta kapab resevwa l avèk enterè.
28 “Konsa, retire talan an nan men li, epi bay li a sila a ki gen dis talan yo. 29 Paske a sila a ki genyen an, l ap resevwa plis e l ap gen an abondans, men pou sila a ki pa genyen an, menm sa li genyen an ap retire nan men l. 30 Voye esklav initil sila a nan fon tenèb, nan plas kote ap genyen kriye ak manje dan.’
-
10 Akoz chak moun gen tan resevwa yon don espesyal, anplwaye li nan sèvi youn lòt kòm bon jeran ak tout gras ke Bondye te bay la.
-
1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
3 Paske selon gras ke mwen resevwa a, mwen di a chak moun pami nou pou pa panse pi wo de tèt li pase sa li ta dwe panse a; men panse avèk yon jijman rezonab, konsi, Bondye te bay chak moun yon mezi lafwa. 4 Paske menm jan ke kò nou gen anpil manm e tout manm sa yo pa gen menm fonksyon, 5 konsa nou menm tou ki anpil, nou fè yon sèl kò nan Kris la, e nou chak manm youn ak lòt. 6 Akoz nou gen don ki pa menm, selon gras ke nou resevwa a, annou chak sèvi yo konsa; si se pwofetize, sèvi l selon mezi lafwa ke Bondye bannou; 7 si se fè sèvis, nan sèvi moun, si se enstwi, nan enstwi, 8 si se egzòte moun, nan egzòtasyon; si se bay, bay avèk jenewozite; si se dirije, dirije avèk dilijans, si se bay mizerikòd, bay li avèk kè kontan.
-
4 Alò, gen plizyè kalitie don, men se menm Lespri a. 5 Gen plizyè kalite ministè, e menm Senyè a. 6 Gen plizyè kalite fonksyon, men menm Bondye a ki fè tout bagay fonksyone nan tout moun. 7 Men chak kwayan resevwa don Lespri a, pou lavantaj a tout moun. 8 Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a. 9 A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a, 10 epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo. 11 Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.
-
11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon; 15 men pandan n ap pale verite a nan lanmou, nou dwe grandi nan tout aspè nan Sila, ki se tèt la, Kris la menm. 16 Nan Li menm tout kò a, ki fòme e ki kenbe ansanm pa sa ke chak jwenn founi, selon pwòp fonksyon a chak grenn pati, ki fè kò a grandi pou l byen bati pou kont li nan lanmou.
-
10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.
-
7 Paske kilès ki kwè ke ou pi bon? Kisa nou genyen ke nou pa t resevwa? E si Nou te resevwa li, poukisa nou vante tèt nou kòmsi nou pa t resevwa l.
-
8 A mwen menm, pi piti pami tout sen yo, gras sa a te bay, pou preche a pèp etranje yo, tout richès ensondab a Kris yo. 9 Epi pou fè tout moun wè, sa ki se jerans a mistè a ki te kache pandan tan yo nan Bondye, ki te kreye tout bagay yo. 10 Pou tout sajès a Bondye a ta kapab vin konnen koulye a atravè legliz la, a tout pouvwa ak otorite nan lye selès yo. 11 Sa te an akò avèk plan etènèl la ke Li te reyalize nan Kris Jésus, Senyè nou an.
-
3 Mwen te ranpli li avèk Lespri Bondye nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo, 4 pou fè desen pou travay avèk lò, avèk ajan, e avèk bwonz, 5 epi nan koupe pyè bijou pou monti, ak nan fè desen sou bwa, pou li kapab fè tout kalite mendèv.
6 “Epi gade byen, Mwen menm te nonmen ansanm avèk li Oholiab, fis Ahisamach la, nan tribi Dan lan; epi osi nan kè tout moun ki ranpli avèk kapasite, Mwen te mete kapasite sa a, pou yo ta kapab fè tout sa ke M te kòmande ou yo:
-
48 Men sila ki pa t konnen, men te fè zak ki te merite kou, p ap resevwa plis ke kèk.
“Pou tout sila yo ki te resevwa anpil konprann, anpil ap egzije de yo; e a sila ki te konfye anpil, a li menm y ap mande menm plis.
-
11 Preskri e enstwi bagay sa yo.
12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.
13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.
14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.
-
6 Pou rezon sa a, mwen fè ou sonje pou rechofe don Bondye ki nan ou depi mwen te poze menm sou ou a.
7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
-
13 “Nou se sèl latè; men si sèl la pèdi gou li, kijan pou l fè l rekouvri gou sèl ankò? Li p ap bon ankò sof pou voye jete e pile anba pye moun.
14 “Nou se limyè lemonn; yon vil ki plase sou tèt yon mòn pa kapab kache. 15 Ni moun p ap limen yon lanp pou mete li anba yon panyen; men sou yon tab kote li va bay limyè pou tout sila yo ki nan kay la. 16 Kite limyè nou an klere devan tout moun pou yo kapab wè bon zèv nou, e bay glwa a Papa nou ki nan syèl la.
-
12 Alò, nou menm osi, paske nou gen zèl pou don Lespri yo, toujou chèche ranpli ak yo pou edifikasyon legliz la.
-
2 “Ou va fè vètman sen pou Aaron, frè ou a, pou onore li, e pou l byen parèt. 3 Ou va pale avèk tout moun ki kapab yo, sa yo ke M te bay yon lespri sajès, pou fè vètman Aaron yo pou konsakre li, pou li kapab sèvi Mwen kòm prèt.
4 “Sa yo se vètman ke yo va fè: yon pyès pou kouvri lestomak yo, yon efòd, avèk yon gwo manto, yon tinik avèk yon modèl kare, yon tiban pou tèt la, yon sentiwon ki fèt an twal. Yo va fè vètman sen yo pou Aaron, frè ou a ak fis li yo, pou li kapab sèvi kòm prèt pou Mwen.
-
12 Akoz sa a, Li te di: “Yon sèten prens te vwayaje nan yon peyi byen lwen pou resevwa yon wayòm pou li menm, e answit, pou li retounen. 13 Konsa, li te rele dis nan esklav li yo, e te bay yo dis min, e te di yo: “Fè biznis avèk sa jiskaske Mwen retounen.
14 “Men sitwayen li yo te rayi li, e yo te voye yon delegasyon dèyè l pou di: ‘Nou pa vle nonm sa renye sou nou.’
15 “Lè l te retounen, apre li te resevwa wayòm nan, li te kòmande ke esklav sa yo ke li te bay kòb la, vin kote l pou li ta kapab konnen ki biznis yo te reyisi fè.
16 “Premye a te parèt e te di: Mèt, min ou an fè dis min anplis.”
17 “Li te di li: ‘Trè byen fèt, bon esklav! Akoz ke ou fidèl nan yon ti bagay tou piti, vin pran otorite sou dis vil.’
18 “Dezyèm nan te vini, e te di: ‘Min ou an Mèt, li fè senk min anplis.’ 19 Li te di li osi: ‘E w ap vin responsab senk vil.’
20 “Yon lòt te vini e te di: ‘Mèt, men min ou an ke m te konsève nan yon mouchwa; 21 paske mwen te pè ou, akoz ke ou menm se yon moun trè egzijan. Ou ranmase sa ke ou pa t depoze, e rekòlte sa ke ou pa t simen.’
22 “Li te di li: “Esklav mechan, pa pwòp pawòl ou, mwen va jije ou. Èske ou pa t konnen ke m se yon moun egzijan, ke m ranmase sa ke m pa t depoze, e rekòlte sa ke m pa t simen? 23 ‘Alò, poukisa ou pa t mete kòb la labank, e lè m te vini, mwen ta twouve li avèk enterè?’
24 “Answit li te di a sila ki te kanpe la yo, ‘Tou pran min li an, e bay li a sila ki gen dis la.’
25 “Men yo te di li: ‘Mèt, li gen dis deja.’
26 “Mwen di nou ke a tout moun ki gen, plis y ap resevwa, men a sila a ki pa genyen an, menm sa ke li genyen an va pran nan men l.
27 “Men lènmi M sa yo ki pa t vle M renye sou yo a, mennen yo isit la, e touye yo nan prezans mwen.”
-
7 Sepandan, mwen ta pito ke tout moun te menm rete tankou mwen menm. Men chak moun gen pwòp don li ki sòti nan Bondye; pou youn se yon jan, e pou yon lòt, se yon lòt jan.
-
17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon. 18 Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.
-
1 Simon Pierre, yon sèvitè-atache nèt, e apòt a Jésus Kri, a sila ki te resevwa yon lafwa menm jan ak nou yo, pa ladwati Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri: 2 Ke lagras ak lapè vin miltipliye a nou menm nan konesans a Bondye ak Jésus, Senyè nou an, 3 akoz nou wè ke pwisans diven Li an bannou tout bagay ki apatyen a lavi ak sentete, atravè vre konesans a Li, ki te rele nou pa pwòp glwa ak ekselans Li. 4 Paske pa sila yo, Li te bannou pwomès presye e manyifik Li, pouke nan yo, nou ta kapab vin patisipan nan nati sen an, e chape de koripsyon ki nan mond lan pa konvwatiz lachè a.
5 Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete konesans. 6 Sou konesans nou, mete bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete. 7 Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.
8 Paske si kalite sa yo nan nou e ap ogmante, yo p ap rann nou ni initil, ni san fwi nan vre konesans Senyè nou an, Jésus Kri. 9 Paske, sila ki manke kalite sa yo avèg oswa pa wè klè, akoz li bliye ke li te netwaye de ansyen peche li yo.
-
25 Tout fanm ki te abil, te file fil pou twal avèk men yo, e te pote sa ke yo te file yo, materyo ble avèk mov, wouj, ak len byen fen.
-
18 Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a.
-
13 “Alò, mwen ap voye Huramabi, yon nonm abil avèk anpil bon konprann, 14 fis a yon fanm a Dan avèk yon papa a Tyriens, ki konnen jan pou travay an lò, ajan, bwonz, fè, wòch ak bwa; anplis, avèk twal mov, vyolèt, materyo wouj, pou fè tout kalite bagay grave yo, pou swiv nenpòt plan ke li resevwa, pou travay avèk mesye a kapasite pa w yo, avèk sila a mèt mwen, ak papa ou, David.
-
2 Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita.
Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.
3 Chante a Li menm yon chan tounèf.
Jwe ak kapasite e fò avèk yon gwo kri lajwa.
-
21 Konsa Li t ap di yo: “Èske yon lanp pote pou mete anba yon panyen oubyen anba yon kabann? Èske yo pa pote li pou mete li sou yon chandelye? 22 Paske anyen pa kache, sof ke pou revele, ni anyen pa an sekrè, sof ke pou parèt nan limyè. 23 Si yon moun gen zòrèy pou tande, kite l tande.”
24 E Li t ap di yo: “Fè atansyon a sa nou koute. Menm jan ke nou mezire bay, li va mezire remèt a nou menm; e menm plis, y ap bannou ki tande. 25 Paske a nenpòt moun ki genyen, l ap resevwa anplis, e a nenpòt moun ki pa genyen, menm sa li genyen an ap retire nan men li.”
26 E Li t ap di: “Wayòm syèl la se tankou yon mesye k ap voye semans sou latè. 27 Konsa, l ale sou kabann li nan aswè, li leve lajounen, e semans lan pouse e grandi; kijan sa fè fèt, li menm pa konnen. 28 Tè a pwodwi rekòlt pou kont li; premyèman flèch, answit tèt la, e apre sa, grenn mi yo nan tèt la. 29 Men depi rekòlt la vin prè, byen vit l ap bay li kouto, paske lè rekòlt la rive.”
30 Li te di: “Kijan n ap imajine wayòm Bondye a, oubyen selon ki parabòl nou kapab reprezante li? 31 Li tankou yon grenn moutad ke lè l simen nan tè, li pi piti pase tout grenn ki sou latè. 32 Malgre sa, lè l fin simen, li grandi e vin pi gwo pase tout lòt plant nan jaden yo, epi fè gwo branch, pou zwazo anlè yo kab vin fè nich anba lonbraj li.”
33 Ak anpil parabòl konsa, Li te pale pawòl la avèk yo nan limit yo ta kapab tande l pou konprann. 34 Li pa t pale avèk yo san parabòl; men Li t ap eksplike tout bagay an prive a disip Li yo.
-
10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. 14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a. 15 Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, 16 e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an.
-
1 Pou sa mwen egzòte ansyen legliz yo pami nou, mwen kòm yon ansyen parèy, yon temwen nan soufrans Kris la, e yon patisipan nan laglwa ki va vin revele a, 2 se pou nou vin bèje a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi. 3 Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an. 4 Epi lè Chèf Bèje a vin parèt, nou va resevwa kouwòn laglwa ki p ap janm gate a.
5 Nou menm, jènjan yo, vin soumèt nou a lansyen yo. Ke nou tout, abiye nou avèk imilite youn anvè lòt, paske: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li bay gras a moun enb yo”.
6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.
10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm. 11 A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
45 “Kilès, konsa, ki se esklav fidèl e rezonab ke mèt la te mete responsab tout lakay li, pou bay yo manje nan lè ke yo bezwen? 46 Beni se esklav k ap fè sa lè mèt li vini an. 47 Anverite Mwen di nou ke l ap mete li kòm chèf sou tout byen li yo.
48 “Men si esklav mechan sa a di nan kè li, ‘Mèt mwen p ap vini pandan anpil jou’, 49 epi li kòmanse bat esklav parèy li yo, manje e bwè avèk moun sou yo, 50 mèt a esklav sa a ap vini nan yon jou ke li pa t panse, e nan yon lè ke li pa t konnen, 51 epi li va koupe li an mòso e bay li yon plas avèk ipokrit yo. Se la, y ap gen kriye avèk manje dan.”
-
20 Koulye a, ke Bondye lapè a, ki te fè leve nan lanmò a gran Pastè a brebi yo pa san akò etènèl la, menm Jésus, Senyè nou an, 21 ekipe nou nan tout bon zèv, pou fè volonte Li, nan travay nan nou sa k ap fè plezi devan zye Li, nan Jésus Kri, a Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.
Shows Read in context, Share and Copy.