36 Bible Verses About Hell
Bib Sen An (BSA)
-
10 Epi dyab la ki te twonpe yo a te jete nan lak dife ak souf la, kote bèt la ak fo pwofèt la ye tou. Yo va toumante lajounen kon lannwit, pou tout tan e pou tout tan.
11 Konsa, mwen te wè yon gwo twòn blan, ak Sila ki te chita sou li a. De prezans Li, tè a ak syèl la te sove ale. Pa t gen plas pou yo.
12 Mwen te wè mò yo, gran kon piti, vin kanpe devan twòn nan. Yo te ouvri liv yo. Epi yon lòt liv te ouvri, ki se liv lavi a, e mò yo te jije selon bagay ki te ekri nan liv yo, selon zèv yo. 13 Lanmè a te bay mò ki te ladann yo. Lanmò ak sejou lanmò yo te bay mò ki te ladann yo. Yo te vin jije, yo chak selon zèv pa yo.
14 Answit, lanmò ak sejou lanmò yo te jete nan lak dife a. Sa se dezyèm lanmò a, lak dife a.
15 Si non a nenpòt moun pa t twouve ekri nan liv lavi a, li te jete nan lak dife a.
-
14 Pechè Sion yo vin sezi ak laperèz;
tranbleman fin sezi enkwayan yo.
Se kilès pami nou ki ka viv ak yon dife ki manje tout bagay?
“Se kilès nan nou ki ka viv ak dife k ap brile tout tan an?”
-
41 “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. 42 Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè. 43 Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.
44 “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’
45 “Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’ 46 Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”
-
22 “Epi li rive ke nonm malere a te mouri, e li te vin pote pa zanj yo pou rive nan senAbraham nan. Konsa, mesye rich la te mouri tou, e li te antere. 23 Nanplas sejou mò yo, li te nan toumant. Li te leve zye li, e te wè Abraham byen lwen, ak Lazare nan sen li. 24 Li te kriye fò, e te di: ‘Papa Abraham, fè m gras, voye Lazare pou li kapab mete dwèt li nan dlo pou rafrechi lang mwen! Paske mwen nan doulè ekstrèm nan flanm sa a.
25 “Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè. 26 Anplis de sa, antre nou avèk ou menm, gen yon gran vid byen etabli pou anpeche sila isit yo ki vle travèse kote ou a, e ke pèsòn pa kapab travèse soti la a pou rive kote nou menm nan.’
27 “Pou sa li te di: ‘Alò, mwen sipliye ou Papa, pou ou voye li lakay papa m— 28 Pwiske mwen gen senk frè—pou li kapab avèti yo, pou ke yo menm tou pa vini nan plas toumant sa a.’
29 “Men Abraham te di: ‘Yo gen Moïse avèk pwofèt yo. Kite yo tande yo.’
30 “Men li te di: ‘Non. Papa Abraham, men si yon moun ta sòti nan mò a, ale kote yo, yo va repanti!’
-
28 Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.
-
29 “Konsa, si zye dwat ou fè ou tonbe, rache li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou pèdi yon manm nan kò ou, pase pou kite tout kò ou jete nan lanfè. 30 Si men dwat ou fè ou tonbe, koupe li e jete li lwen ou. Paske li pi bon pou yon pati nan kò ou ta pèdi olye pou tout kò ou ta ale nan lanfè.”
-
41 Fis a Lòm nan ap voye zanj li yo pou ranmase fè sòti nan wayòm Li an, tout obstak ki fè moun tonbe, avèk tout sila k ap fè mechanste. 42 L ap jete yo nan founo dife a e nan plas sa a, y ap kriye e y ap manje dan yo. 43 Konsa, sila ki gen ladwati yo ap fè klè tankou solèy la nan wayòm Papa yo a. Sila ki gen zòrèy la, kite l tande.
-
6 Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.
7 “Malè a mond sa a akoz wòch chite li yo! Wòch chite sa yo pa kapab pa vini, men malè a moun sila a ki fè yo parèt.
-
28 “Konsa, retire talan an nan men li, epi bay li a sila a ki gen dis talan yo. 29 Paske a sila a ki genyen an, l ap resevwa plis e l ap gen an abondans, men pou sila a ki pa genyen an, menm sa li genyen an ap retire nan men l. 30 Voye esklav initil sila a nan fon tenèb, nan plas kote ap genyen kriye ak manje dan.’
-
6 Paske se byen jis pou Bondye rann afliksyon a sila ki aflije nou yo, 7 epi pou bay repo a nou menm ki aflije ak nou yo lè Senyè a Jésus va vin parèt nan syèl la avèk zanj pwisan Li yo nan flanm dife yo. 8 Konsa L a bay chatiman a sila ki pa konnen Bondye yo, e a sila ki pa obeyisan a levanjil Senyè Jésus nou an.
9 Sila yo va peye pinisyon destriksyon etènèl la, lwen prezans Senyè a ak laglwa a pouvwa Li a. 10 Lè Li vini pou L kapab glorifye nan sen Li yo nan jou sa a, e pou L kapab admire pami tout moun ki kwè yo—paske nou te kwè temwayaj pa nou an.
-
47 “Ankò, wayòm syèl la se yon filè ki voye nan lanmè pou ranmase tout kalite pwason. 48 Lè l fin ranpli, yo rale li atè. Yo te chita pou mete bon pwason nan yon veso, e te jete move yo. 49 Konsa sa ap ye nan fen tan yo. Zanj yo ap tou parèt e y ap fè triyaj mechan yo pami jis yo. 50 Epi y ap jete mechan yo nan founo dife a, kote y ap kriye e manje dan yo.
-
9 Answit, yon lòt zanj, yon twazyèm, te swiv yo e t ap di avèk yon vwa ki fò: “Si yon moun adore bèt la avèk limaj li a, e resevwa yon mak sou fon li oubyen sou men l, 10 li osi va bwè nan diven kòlè Bondye a, ki melanje nèt nan tas kòlè Li a. Konsa, li va toumante avèk dife ak souf nan prezans a zanj sen yo, ak nan prezans a Jèn Mouton an. 11 Lafimen toumant yo ap monte pou tout tan e pou tout tan. Yo p ap gen repo ni lajounen ni lannwit, sila yo ki adore bèt la avèk imaj li a, ak nenpòt moun ki resevwa mak non li an.
-
7 Menm jan ke Sodome ak Gomorrhe ansanm ak vil yo ki te antoure yo, akoz ke yo fè menm bagay, epi te antre nan imoralite a byen lèd, epi t ap chache vis lachè yo ki pa t menm twouve nan nati, te prezante kon yon egzanp, e te pase nan pinisyon dife etènèl la.
-
22 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.
-
11 Konsa, Mwen di nou ke anpil moun va vin soti nan lès ak lwès pou chita sou tab avèk Abraham, Isaac ak Jacob nan wayòm syèl la; 12 men fis a wayòm yo ap jete deyò nan fon tenèb. E nan plas sa a, yo va rele anmwey e yo va manje dan yo.”
-
8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”
-
13 “Konsa, wa a te di a sèvitè yo: Mare men li avèk pye li, e jete li deyò nan fon tenèb. Nan plas sa a, va genyen gwo kriye avèk manje dan.
-
33 Bann sèpan, nich ranpli ak koulèv; kijan pou nou ta kapab chape de chatiman lanfè a?
-
4 Paske si Bondye pa t epagne zanj yo lè yo te peche a, men te voye yo nan labim tenèb ki te rezève pou jijman an;
-
26 Paske si nou kontinye nan peche volontèman aprè nou resevwa konesans verite a, p ap gen yon sakrifis pou peche ki rete ankò, 27 men n ap tann ak laperèz yon jijman ki asire, ak yon dife anraje, ranpli lakòlè ki va konsome tout advèsè yo.
28 Nenpòt moun ki te konn mete sou kote Lalwa Moïse la te gen pou mouri san mizerikòd avèk temwayaj de de oubyen twa temwen. 29 Ki pinisyon pi rèd ou panse li va merite, sila ki foule anba pye li Fis a Bondye a, e gade san akò pa sila li te vin sanktifye a, kòm pa pwòp, e ki ensilte Lespri lagras la?
-
4 “Mwen di nou, zanmi Mwen yo, pa pè sa yo ki kapab touye kò a, men apre sa pa gen plis ke yo kab fè. 5 “Men Mwen avèti nou kilès pou nou krent; krent Sila a ki lè L fin touye, gen otorite pou jete nan lanfè; wi, Mwen di nou, krent Li!
-
6 Konsa lang lan se yon dife, yon vre mond linikite a. Lang lan plase pami manm kò nou yo, kòm sila ki konwonpi tout kò a nèt. Li mete dife nan kous lavi nou menm, e li limen pa lanfè a.
-
9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.
-
22 Paske yon dife vin limen nan chalè Mwen,
ki brile jis rive nan pati pi fon nan sejou lanmò yo.
Li manje latè a avèk tout don li yo,
e limen dife a nan fondasyon mòn yo.
-
7 Men, pa pawòl Li syèl avèk tè ki la koulye a, ap rezève pou destriksyon avèk dife, yo kenbe pou jou jijman an ak destriksyon moun mechan yo.
-
2 Anpil nan sila ki dòmi nan pousyè latè yo va leve, yon pati pou lavi etènèl, men lòt yo pou gwo wont ak mepriz ki p ap janm fini. 3 Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan.
-
23 Konsa, yon moun te di Li: “Senyè, èske se sèlman kèk moun k ap sove?”
Li te reponn yo: 24 “Fè efò pou antre pa pòt etwat la; paske anpil, Mwen di nou, va eseye antre, e yo p ap kapab. 25 Depi mèt kay la leve efèmen pòt la, epi konsa, n ap kanpe deyò pou di: ‘Senyè, ouvri pou nou’. Alò, li va reponn, e va di nou: ‘Mwen pa konnen nou, ni kote nou sòti’.
26 “Konsa, nouva kòmanse di: ‘Nou te manje bwè nan prezans Ou, e Ou te enstwi nan lari nou yo.’
27 “Epi Li va di: ‘Mwen di nou, Mwen pa konnen kote nou sòti. Kite Mwen, nou tout ki fè inikite.’ 28 Va gen kriye fò, ak manje dannan plas sa a lè nou wè Abraham, Isaac avèk Jacob ak tout pwofèt yo nan wayòm syèl la, men nou menm, k ap jete deyò.
-
23 Epi li va fèt ke soti nan lalin tounèf pou rive nan lalin tounèf la, e soti nan Saba a pou rive nan Saba a, tout limanite va vin pwostène devan Mwen,” SENYÈ a di. 24 “Yo va ale gade sou kadav a moun ki te fè transgresyon kont Mwen yo. Paske vè pa yo p ap mouri e dife pa yo p ap etenn. Konsa yo va vin yon abominasyon pou tout limanite.”
-
21 “Se pa tout moun ki rele ‘Senyè, Senyè’ k ap antre nan wayòm syèl la, men sila yo ki fè volonte a Papa M ki nan syèl la. 22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’
-
38 Men Jacob te di: “Fis mwen an p ap desann avèk nou. Paske frè li a mouri, e se li sèl ki rete. Si malè ta rive li nan vwayaj ke nou ap fè a, alò, nou va mennen tèt cheve blanch sa a vè sejou mò yo avèk tristès.”
-
36 “Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tout lemonn men l pèdi nanm li?
-
15 Pou sa a Kite lanmò rive sibitman sou yo.
Kite yo desann tou vivan kote mò yo ye.
Paske mechanste a nan abitasyon yo, pami yo, kote yo rete a.
-
20 Sejou Lanmò ak labim pa janm satisfè;
ni zye a lòm pa janm satisfè.
-
14 Pou sa, Sejou mò yo vin fè gòj li pi gwo
e louvri bouch li jiskaske li pa ka kontwole;
epi bèlte a Jérusalem, tout pèp li a,
ak gwo kri kè kontan yo, vin desann ladann.
-
33 Paske plas pou brile a te prepare depi lontan. Anverite, li te prepare pou wa a. Li te fè l fon e laj, yon boukan ak anpil bwa. Se souf SENYÈ a, tankou yon tòran souf k ap limen dife sou li.
-
5 Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. 6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li.
Shows Read in context, Share and Copy.