68 Bible Verses About Struggles

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Struggles
  1. 2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.

    5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. 6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an. 7 Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a, 8 tankou yon moun ak doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.

  2. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.

  3. 26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.

    28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.

  4. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  5. 6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

    8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.

  6. 21 Donk, mwen twouve kòmprensip ke mal toujou prezan nan mwen, mwen menm ki vle fè sa ki bon an. 22 Paske, plen ak lajwa, mwen vin dakò avèk Lalwa Bondye ki aji andedan an, 23 men nan manm kò mwen, mwen wè yon lòt lwa k ap goumen kont Lalwa volonte lespri mwen an e k ap fè m prizonye lwa peche ki nan manm mwen yo. 24 Moun mizerab ke mwen ye! Ki moun k ap libere m soti nan kò lanmò sa a? 25 Mèsi a Bondye atravè Jésus Kri Senyè nou an! Konsa, yon kote, nan panse m, m ap sèvi Lalwa Bondye a. Men yon lòt kote, avèk chè mwen, m ap sèvi lalwa peche a.

  7. 14 Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. 15 Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.

    16 Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.

    18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan.

  8. 9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

  9. 39 Li te sòti, e te kontinye kòm abitid Li, vè Mòn Olivye a. Disip Li yo osi te swiv Li. 40 Lè L te rive la, Li te di yo: “Priye pou nou pa antre nan tantasyon.”

    41 Konsa, Li te kite yo pou rive vè distans ke yon moun kab voye yon wòch, e Li te mete L sou jenou pou priye. 42 Li t ap di: “Papa, si se volonte Ou, retire tas sa a sou Mwen; malgre pa selon volonte M, men ke pa W la kapab fèt.”

    43 Alò, yon zanj syèl la te parèt a Li menm pou bay Li fòs. 44 Ak gwo toumant, Li t ap priye avèk entansite. Swè Li te vin tankou gwo gout san ki t ap tonbe atè.

    45 Lè L te leve soti nan lapriyè, Li te vin kote disip yo e te twouve yo nan dòmi akoz tristès yo. 46 Li te di yo: “Poukisa nou ap dòmi? Leve e priye pou nou pa antre nan tantasyon.”

  10. 7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

    10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.

  11. 12  Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.

  12. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  13. Yon sòm David

    1 SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen.

    Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se

    defans lavi mwen.

    Se kilès k ap fè m gen laperèz?

    2 Lè malfektè yo te rive sou mwen

    pou yo ta devore chè m,

    advèsè mwen yo ak lènmi m yo

    te chape tonbe.

    3 Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè.

    Malgre lagè leve kont mwen,

    malgre sa, m ap gen konfyans.

  14. Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson

    1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,

    yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.

    2 Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè

    ta chanje e malgre mòn yo

    ta chape antre nan fon lanmè.

    3 Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,

    malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan

  15. 13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

  16. 33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”

  17. 24 Alò, mwen rejwi nan soufrans mwen yo pou koz a nou, e nan lachè m mwen fè pati pa m pou benefis kò Li a, ki se legliz la, pou ranpli sa ki manke nan soufrans lafliksyon a Kris yo. 25 Sou legliz sila a mwen te fèt kòm yon sèvitè selon jesyon Bondye a, ki te plase sou mwen pou benefis pa nou, pou m ta kapab vin akonpli predikasyon pawòl Bondye a, 26 ki se mistè ki te kache depi laj ak jenerasyon pase yo, men ki koulye a, manifeste a fidèl Li yo. 27 A yo menm Bondye te gen volonte pou fè konnen kisa ki se richès laglwa a mistè sila a pami pèp etranje yo, ki se Kris nan nou, esperans laglwa a. 28 Konsa nou pwoklame Li ak egzòtasyon chak moun, e enstwi chak moun ak tout sajès, pou nou kapab prezante chak moun konplè an Kris Jésus. 29 Pou rezon sila a osi, mwen travay, e mwen lite pa ajans Bondye, k ap travay avèk pwisans nan mwen an.

  18. 4 Timoun yo, nou a Bondye, epi nou te venk lespri sa ki fo a, paske pi gran an se Li ki nan nou an, pase li ki nan lemonn nan.

  19. 8 Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”

  20. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.

  21. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

  22. 6 Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou.

  23. 7 Li p ap krent move nouvèl.

    Kè Li fèm ak konfyans nan SENYÈ a.

    8 Kè li kanpe dyanm.

    Li pa pè anyen, jiskaske dènye moman an lè

    li gade ak kè kontan advèsè li yo.

  24. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

  25. 13 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    ki soutni men dwat Ou,

    ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.

  26. 27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.

  27. 19 Oubyen èske nou pa konnen ke kò nou se yon tanp pou Lespri Sen an, ki soti nan Bondye, ki rete nan nou, e ke nou pa mèt pwòp tèt nou? 20 Paske nou te achte a yon pri; Konsa, bay glwa a Bondye avèk kò nou.

  28. 6 Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, 7 pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a. 8 Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa 9 ki fè kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.

  29. 28 Èske nou pa konnen?

    Èske nou pa tande?

    Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,

    Kreyatè a dènye pwent latè a,

    pa konn fatige, ni bouke.

    Konprann pa Li depase tout bon konprann.

    29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,

    e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

    30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,

    e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;

    31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  30. 14 Paske nou konnen ke Lalwa a baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche. 15 Paske sa ke m ap fè yo, mwen pa konprann yo. Mwen p ap pratike sa ke m ta renmen fè, men m ap fè bagay ke m rayi.

  31. 8 Nou aflije nan tout fason, men nou pa kraze; nou nan konfizyon, men nou pa nan dezespwa, 9 pèsekite, men nou pa abandone. Nou pran so, men nou pa detwi. 10 Nou toujou ap pote nan kò a, lanmò Jésus, pou lavi Jésus kapab vin parèt nan kò nou. 11 Paske nou menm ki vivan yo toujou ap livre a lanmò pou kòz a Jésus, pou lavi Jésus kapab osi manifeste nan chè mòtèl nou an. 12 Konsa, lanmò travay nan nou, men lavi nan nou.

  32. 7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.

  33. 19 Alò, sa yo se achiv jenerasyon ki swiv Isaac yo, fis Abraham nan: Abraham te vin papa Isaac.

    20 Lè Isaac te gen laj karant ane, li te pran Rebecca, fi Bethuel la, Araméen an nan kote Paddan-Aram, sè Laban an, Araméen an, pou vin madanm li. 21 Isaac te priye a SENYÈ a anfavè madanm li, akoz li te esteril. Konsa, SENYÈ a te reponn li, e Rebecca, madanm li an te vin ansent.

    22 Men pitit yo te an konfli anndan vant li. Li te di: “Si se sa, poukisa mwen viv?” Li te ale mande a SENYÈ a.

    23 SENYÈ a te di li:

    “Gen de nasyon nan vant ou.

    De pèp va vin separe sòti nan vant ou.

    Yon pèp va pi pwisan ke lòt la.

    Pi gran an va sèvi pi jèn nan.”

    24 Lè jou li yo pou akouche te rive, gade, te gen jimo nan vant li. 25 Premye a te vin parèt byen wouj. Li te kouvri toupatou tankou yon rad ki plen plim sou li. Yo te nonmen li Ésaü. 26 Apre, frè li a te vin parèt avèk men li ki t ap kenbe talon pye a Ésaü. Akoz sa yo te rele li Jacob. Isaac te gen swasant ane lè madanm li te bay nesans a yo.

  34. 4 Malgre mwen ta mache nan vale

    lonbraj lanmò a,

    mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.

    Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

  35. 17 Moun dwat kriye.

    SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.

    18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,

    epi sove sila ki kraze nan lespri yo.

  36. 19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la,

    men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.

  37. 36 Li t ap di: “Abba! Papa! Tout bagay posib pou Ou; retire tas sa a sou Mwen. Malgre pa kon Mwen vle a, men kon Ou vle a.”

  38. 24 “Fè efò pou antre pa pòt etwat la; paske anpil, Mwen di nou, va eseye antre, e yo p ap kapab.

  39. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  40. 56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.

    57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.

  41. 10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo.

  42. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo. 3 Paske nou te mouri, e lavi nou vin kache avèk Kris nan Bondye.

  43. 3 Men Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an.

  44. 12 Mennen bon konba lafwa a. Kenbe fèm a lavi etènèl la pou sila ou te rele a, e te fè bon konfesyon nan prezans a anpil temwen yo.

  45. 14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.

    16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.

  46. 7 Nan jou lachè Li yo, Li te ofri priyè, siplikasyon avèk gwo kriye ak dlo nan zye a Sila sèl ki ta kapab sove Li soti nan lanmò a, e Li, Bondye, te tande akoz de sentete Li. 8 Malgre Li te yon Fis, Li te aprann obeyisans nan bagay ke Li te soufri yo.

  47. 32 Men sonje jou nan tan pase yo, lè apre nou te fin eklere, nou te andire yon gwo konfli soufrans 33 nan yon jan, nou te devni yon spektak piblik, repwòch ak tribilasyon, men osi nou te pataje soufrans ak sila ki te maltrete konsa yo.

  48. 1 Konsa, akoz ke nou gen yon si tèlman gran nwaj temwen ki antoure nou, annou osi mete sou kote tout anpèchman ak peche ki trè fasil vin vlope nou, e annou kouri avèk andirans kous la ki mete devan nou an, 2 ak zye nou byen fikse sou Jésus fondatè e nonm pafè lafwa a, ki pou lajwa ki te mete devan Li an, te sipòte lakwa a, te meprize wont lan, e te vin chita sou men dwat twòn Bondye a.

    3 Paske konsidere Li menm ki te andire tèl opozisyon pa pechè yo kont Li menm, pou nou menm pa t ap vin fatige e dekouraje.

    4 Nou poko reziste jis rive pou rann san nan lit nou kont peche.

  49. 14 SENYÈ a va goumen pou nou pandan nou rete an silans.”

  50. 8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.

    Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.

  51. 3 Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.

  52. 23 Sepandan, mwen avè W tout tan.

    Ou te kenbe men dwat mwen.

    24 Avèk konsèy Ou, Ou va gide mwen,

    e apre, resevwa mwen nan laglwa.

    25  Se kilès mwen gen nan syèl la sof ke Ou?

    Epi anplis ke Ou, mwen pa vle anyen sou latè.

    26  Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,

    men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.

    27 Paske gade byen, sila ki lwen yo va peri.

    Ou te detwi tout sila ki pa t fidèl a Ou menm yo.

    28 Men pou mwen, rete pre Bondye se bonte mwen.

    Mwen te fè Senyè a, BONDYE a, refij mwen,

    Pou m kab pale tout zèv Ou yo.

  53. 25 Gwo pwoblèm nan kè a yon moun peze li desann;

    men yon bon pawòl fè l leve.

  54. 9 Panse a lòm fè plan pou wout li;

    men SENYÈ a dirije pa li yo.

  55. 1 Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob,

    e Sila ki te fòme ou a, O Israël:

    “Pa pè, paske Mwen te rachte ou.

    Mwen te rele ou pa non ou.

    Se pa M ou ye!

    2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,

    Mwen va la avèk ou;

    epi nan rivyè yo,

    yo p ap debòde sou ou.

    Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,

    ni flanm nan p ap brile ou.

    3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    Sila Ki Sen An Israël la, Sovè ou a.

    Mwen te bay Égypte kon ranson ou

    Cush ak Saba nan plas ou.

  56. 17 Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi;

    epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo.

    Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo.

    Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a.

  57. 1 Pawòl SENYÈ a te vini a Jonas, fis a Amitthaï a. Li te di: 2 “Leve, ale Ninive, gran vil la, e kriye kont li, paske mechanste yo monte devan Mwen.”

    3 Men Jonas te leve al kacheTarsis pou evite prezans SENYÈ a. Konsa, li te desann Joppa, e li te jwenn yon bato ki t ap prale Tarsis. Li te peye frè a, e te desann ladann pou ale avèk yo Tarsis pou l evite prezans SENYÈ a.

    4 Men SENYÈ a te lanse yon gwo van sou lanmè a. Te gen yon gwo tanpèt sou lanmè a jiskaske bato a te prèt pou kraze nèt.

  58. 25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? 26 Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?

    27 “Epi kilès nan nou ki avèk enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras?

  59. 34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”

  60. 38 Pandan yo t ap vwayaje, Li te antre nan yon sèten vil. Konsa, yon fanm yo rele Marthe te resevwa Li lakay li.

    39 Li te gen yon sè yo te rele Marie, ki anplis t ap koute pawòl Senyè a, byen chita nan pye Li. 40 Men Marthe te gen tèt chaje akoz tout sèvis lakay yo. Li te pwoche Jésus, e te di: “Senyè, èske sa pa fè Ou anyen ke sè m nan kite m ap fè tout sèvis la pou kont mwen? Alò, di l vin ede m.”

    41 Men Senyè a te reponn li, e te di: “Marthe, Marthe, ou enkyete e twouble pa anpil bagay, 42 men se yon sèl bagay ki nesesè. Marie te chwazi sila ki bon an, e sa p ap retire soti nan men li.”

  61. 1 Alò, Li t ap di yo yon parabòl pou montre ke nan tout tan yo te dwe priye, e pa dekouraje. 2 Li t ap di: “Te gen nan yon sèten vil, yon jij ki pa t pè Bondye, ni pa trespekte moun.

    3 “Alò, Te gen yon vèv nan menm vil sa a, e li te toujou ap vin kote li pou di l: ‘Ban m pwoteksyon kont advèsè mwen an.’

    4 “Nan kòmansman, li pa t dakò, men apre li te vin di tèt li: ‘Malgre ke m pa pè Bondye, nirespekte moun, 5 menakoz ke vèv sa a anmède m, mwen va bay li pwoteksyon legal. Otreman li ap kontinye vin kote mwen tout tan, e l ap fatige m nèt.’”

    6 Epi Senyè a te di: “Koute byen sa ke jij enjis la te vle di. 7 Alò, èske Bondye p ap fè jistis pousila Li chwazi yo, ki kriye a Li lajounen kon lannwit, epi èske Li vafè anpil reta sou yo?

    8 “Mwen di nou ke Li va fè jistis pou yo byen vit. Sepandan lè Fis a Lòm nan vini, èske Li va twouve lafwa sou latè?”

  62. 21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.

  63. 30 Koulye a mwen ankouraje nou, frè m yo, pa Senyè nou an, Jésus Kri e pa lanmou Lespri a, pou fè tout efò ansanm avèk mwen nan lapriyè a Bondye pou mwen menm 31 pou mwen kapab delivre anba sila yo nan Juda ki dezobeyisan, e pou sèvis mwen pou Jérusalem kapab akseptab devan fidèl yo, 32 pou mwen kapab vini a nou menm nan lajwa pa volonte Bondye e pou m twouve yon repo rafrechisan an konpayi de nou menm.

  64. 16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.

  65. 3 Paske malgre ke n ap mache nan lachè, nou pa fè lagè selon lachè, 4 paske zam lagè nou yo pa nan lachè, men ranpli ak pwisans Bondye pou detwi barikad yo. 5 N ap detwi tout sipozisyon avèk tout ògèy ki vin leve kont konesans Bondye a, e nou ap mennen tout panse kaptif yo nan obeyisans a Kris la.

  66. 7 Men nenpòt bagay ki te benefis pou mwen, mwen konte bagay sa yo kòm pèt pou koz a Kris la. 8 Anplis de sa, mwen konte tout bagay kòm pèt an konsiderasyon ak piwo valè ke m konnen Kris Jésus a, Senyè mwen an. Pou Sila mwen te soufri pèt tout bagay yo, e konte yo kòm fatra, pou m kapab genyen Kris. 9 E pou m ta kab twouve nan Li, pa avèk ladwati pa m, ki sòti nan Lalwa a, men ki soti pa lafwa nan Kris la, ladwati ki sòti nan Bondye sou baz lafwa a. 10 Pou mwen kapab konnen Li, ak pouvwa a rezirèksyon Li an, ak lamitye a soufrans li yo, ki fè m konfòme menm a lanmò Li, 11 pou m ta kapab rive menm nan rezirèksyon a lanmò a. 12 Se pa ke m rive la deja oubyen ke m vin pafè deja, men mwen ap pouse pi rèd pou m kapab rive sou pèfeksyon sa a ki te fè Kris Jésus mete men l sou mwen an.

    13 Frè m yo, mwen pa gade tèt mwen kòm youn ki rive sou li deja, men yon sèl bagay ke m fè; se bliye sa ki dèyè e lonje pa devan pou sa k ap vini an, 14 mwen pouse rive vè objektif la, pou m genyen pri wo apèl Bondyenan Kris Jésus a.

  67. 19 Nou konnen sa, frè byeneme m yo. Men tout moun dwe gen vitès nan tande, lan nan pale, e lan nan fè kòlè. 20 Paske kòlè a lòm pa pwodwi ladwati Bondye.

    21 Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.

  68. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.