101 Bible Verses About Hatred

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Hatred
  1. 18 “Si lemonn rayi nou, byen konnen ke li te rayi M avan nou. 19 Si nou te apatyen a lemonn, lemonn ta renmen pa li, men akoz ke nou pa apatyen a lemonn, e ke Mwen te chwazi rachte nou nan mond sa a, akoz sa yo rayi nou.

    20 “Sonje pawòl ke Mwen te di nou an: ‘Yon esklav pa pi gran pase mèt li’. Si yo te pèsekite Mwen, y ap pèsekite nou tou. Si yo te kenbe pawòl Mwen, yo va kenbe pawòl pa nou osi. 21 Men tout bagay sa yo, yo va fè nou pou koz a Non pa M, paske yo pa konnen Sila a ki te voye M nan.

    22 “Si Mwen pa t vini pou pale avèk yo, yo pa t ap gen peche, men koulye a yo pa gen eskiz pou peche yo.

    23 “Moun ki rayi M, rayi Papa M tou. 24 Si Mwen pa t fè pami yo zèv ke okenn lòt pa t janm fè, yo pa t ap gen peche, men koulye a, yo wè, e yo rayi M, e Papa M tou.

    25 “Men yo te fè sa pou pawòl la ta kapab akonpli ki te ekri nan Lalwa pa yo: ‘Yo te rayi Mwen san koz.’

  2. 43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

    46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?

    48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”

  3. 27 “Men Mwen di nou menm k ap tande: renmen lènmi nou yo, e fè byen a sila ki rayi nou yo. 28 Beni sila ki bannou madichon yo. “Priye pou sila ki maltrete nou yo.

    29 “Nenpòt moun ki frape nou sou yon bò figi, ofri li lòt la tou; epi sila ki pran manto nou, pa refize li chemiz lan tou.

    30 “Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li.

  4. 8 Men sila ki pratike peche a se dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman an. Fis a Bondye a te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.

    9 Nanpwen pèsòn ki ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. 10 Konsa, konnen ke pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo byen klè. Nenpòt moun ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen frè li a.

    11 Paske sa se mesaj la ke nou te tande depi kòmansman an ke nou dwe renmen youn lòt. 12 Pa kon Caïn, ki te apatyen a mechan an, epi te asasinen frè l. Men poukisa li te asasinen li? Paske zèv li te mal, epi sa a frè l yo te jis.

    13 Pa etone, frè yo, si lemonn rayi nou.

    14 Nou konnen ke nou kite lanmò, epi antre nan lavi akoz ke nou renmen frè nou yo. Sila ki pa renmen, rete nan lanmò.

    15 Nenpòt moun ki rayi frè l se yon asasen. Epi nou konnen ke nanpwen asasen ki gen lavi etènèl la anndan li.

    16 Men konsa nou rekonèt lanmou; ke Li te bay vi Li pou nou. Epi konsa, nou ta dwe bay vi nou yo pou frè nou yo. 17 Men nenpòt moun ki gen byen a lemonn sa, pou l wè frè l nan bezwen, epi sere kè l kont li, ki jan lanmou Bondye kapab rete nan li? 18 Timoun yo, pa kite nou renmen avèk pawòl, ni avèk lang, men nan zèv ak nan verite.

  5. 7 Byeneme yo, mwen p ap ekri yon kòmandman nèf a nou, men yon ansyen kòmandman ke nou te gen depi kòmansman an. Lansyen kòmandman an se pawòl ke nou te tande depi kòmansman an. 8 Sou lòt men, m ap ekri nou yon kòmandman nèf, ki vrè nan Li, epi nan nou, paske tenèb la ap pase, epi vrè limyè a ap briye deja. 9 Sila ki di ke li nan limyè a, men rayi frè l, li nan tenèb la jiska prezan. 10 Sila ki renmen frè l la, li nan limyè a, epi pa gen kòz pou chite tonbe nan li. 11 Men sila ki rayi frè l la, li nan tenèb la, epi mache nan tenèb la. Li pa konnen kote l ap prale, paske tenèb la fin fè l avèg.

  6. 19 Alò, zèv lachè yo klè: Imoralite, salte, sansyalite 20 idolatri, fè maji, fè lènmi konfli, jalouzi, fè kòlè, dispite youn kont lòt, divizyon 21 lanvi, bwè tafya, banbochè, e tout bagay konsa yo, ke m avèti nou, menm jan ke m te avèti nou an, ke sila ki pratike bagay sa yo p ap eritye wayòm Syèl la.

    22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

  7. 10  Nou menm ki renmen SENYÈ a, rayi mal la!

    Li pwoteje nanm a fidèl Li yo.

    Li delivre yo nan men a mechan yo.

  8. 12 Rayisman pwovoke konfli;

    men lanmou kouvri tout fot.

  9. 17 Anplis, SENYÈ, a la presye se panse Ou yo pou mwen!

    A la gran, yo gran anpil!

    18 Si m te konte yo, yo t ap an kantite depase sab.

    Lè m leve nan dòmi, mwen toujou avèk Ou.

    19 O ke Ou ta touye mechan yo, O Bondye.

    Soti sou mwen, O moun ki vèse san.

    20 Paske yo pale kont Ou ak mechanste,

    e lènmi Ou yo pran non Ou an ven.

    21 Èske m pa rayi sila ki rayi Ou yo, O SENYÈ?

    Epi èske mwen pa t blese menm de sila ki leve kont Ou yo?

    22 Mwen rayi yo ak yon rayisman ale nèt.

    Yo devni lènmi m.

    23 Sonde mwen, O Bondye e konnen kè mwen.

    Mete mwen a leprèv e konnen panse mwen yo.

    24 Konsa, wè si gen okenn move chemen nan mwen e

    mennen mwen nan chemen etènèl la.

  10. 19 Nou renmen, paske premyèman Li te renmen nou.

    20 Si yon moun di ke li renmen Bondye, men li rayi frè l, li se yon mantè; paske yon moun ki pa renmen frè l ke li kapab wè, pa kapab renmen Bondye ke li pa janm wè. 21 Kòmandman sa a nou gen de Li, ke sila ki renmen Bondye a, dwe renmen frè li a tou.

  11. 13 Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,

    ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pèvès.

  12. 22 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila ki reziste jiska lafen an ap sove.

  13. 4 Paske Ou se pa yon Bondye ki gen plezi nan mechanste.

    Nanpwen mal ki rete avèk Ou.

    5 Sila ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou.

    Ou rayi tout sila ki fè inikite yo.

    6 Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo.

    SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san,

    ki twonpe moun.

  14. 24 Yon nonm malonèt, kache sa pou l pa parèt sou lèv li;

    men nan kè l, li fè depo desepsyon.

    25 Lè l pale byen dous, pa kwè l;

    paske, gen sèt abominasyon nan kè l.

    26 Malgre rayisman kouvri kò l ak riz,

    mechanste li va devwale devan asanble a.

  15. 16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;

    wi sèt menm ki abominab devan l:

    17 Zye ògeye, yon lang k ap bay manti,

    avèk men ki vèse san inosan,

    18 Yon kè ki divize plan mechan yo,

    pye ki kouri vit pou jwenn mal,

    19 Yon fo temwen ki bay manti,

    ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.

  16. 9 “Epi konsa yo va livre nou nan touman, e yo va touye nou. Nou va rayi pa tout nasyon yo pou koz a non Mwen.

    10 “Konsa, nan tan sa a, anpil moun ap chite. Youn ap denonse lòt, e youn ap rayi lòt. 11 Epi anpil fo pwofèt ap leve, e y ap mennen anpil moun nan erè. 12 Epi akoz inikite ogmante, lanmou a pi fò moun ap vin fwèt. 13 Men sila ki kenbe fèm jiska lafen an ap sove.

  17. 26 “Si Nenpòt moun vini a Mwen, e li pa rayi pwòp papa li, avèk manman li, ak madanm, ak pitit, frè, sè, wi, e menm pwòp vi li, li pa kapab disip Mwen. 27 Nenpòt moun kipa pote pwòp kwa li pou swiv Mwen, li pa kapab disip Mwen.

  18. 17 “‘Nou pa pou rayi pwochen peyi nou nan kè nou. Nou mèt toujou korije vwazen nou, pou nou pa pote peche akoz li.

    18 “‘Nou pa pou pran vanjans ni pote lahèn nan kè nou kont fis pèp nou an; men nou va renmen pwochen nou tankou tèt nou. Mwen se SENYÈ a.

  19. 3 Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m.

    Mwen rayi zèv a sila ki chite yo.

    Sa p ap tache men l sou mwen.

  20. 104 Soti nan òdonans Ou yo, mwen jwenn bon konprann.

    Pou sa, mwen rayi tout fo chemen yo.

  21. 19 Gade sou tout lènmi mwen yo, paske yo anpil.

    Epi yo rayi mwen avèk yon rayisman ki vyolan.

  22. 163 Mwen rayi tankou bagay abominab, tout sa ki fo.

    Men lalwa Ou a, mwen renmen l nèt.

  23. 17 Pi bon se yon plato legim avèk lanmou,

    pase yon bèf gra ak rayisman.

  24. 14 Chache sa ki bon e pa sa ki mal,

    pou nou ka viv;

    epi konsa, SENYÈ dèzame yo kapab avèk nou,

    jis jan nou te pale a!

    15 Rayi mal e renmen sa ki bon,

    e etabli jistis nan pòtay la!

    Petèt SENYÈ Bondye dèzame yo

    ka fè gras a retay Joseph la.”

  25. 6 Men se pa kòmsi pawòl Bondye a fè fayit. Paske se pa yo tout ki Izrayelit ki sòti nan ras Israël, 7 ni se pa tout pitit ki sòti nan Abraham ki se pitit li. Men: “Selon Isaac desandan ou yo va nonmen”. 8 Sa vle di, se pa zanfan lachè yo ki se pitit Bondye, men zanfan a pwomès la ki konsidere kòm eritye yo. 9 Paske men pawòl a pwomès la: “Nan moman apwente a, m ap vini e Sarah va gen yon fis.” 10 Epi se pa sèlman sa, men te genRebecca osi, lè li te fè jimo yo pou yon sèl moun, Isaac, papa nou. 11 Paske malgre jimo yo potko fèt e potko fè anyen ni byen ni mal, pou volonte Bondye selon chwa li ta kanpe, pa akoz zèv yo, men akoz Li menm, Bondye, ki fè apèl la, 12 Li te di a Rebecca: “Pi gran an va sèvi pi piti a”. 13 Jan sa ekri a: “Jacob Mwen te renmen an, men Ésaü mwen te rayi a”.

    14 Ki sa nou kapab di konsa? Èske gen lenjistis avèk Bondye? Fòk nou konprann sa pa janm fèt! 15 Paske Li di a Moïse: “Mwen va bay mizerikòd a sila ke m vle bay mizerikòd, e konpasyon pou sa ke m vle gen konpasyon.”

  26. 3 Paske nou menm tou, yon fwa nou te ensanse, dezobeyisan twonpè, esklav a tout kalite move dezi ak plezi, e nou t ap pase lavi nou nan mechanste, lanvi, rayisman, nan rayi youn lòt.

  27. 7 “Lemonn pa kapab rayi nou. Men Li rayi Mwen, paske Mwen temwaye sou li ke zèv li yo mechan.

  28. 6 Poutan nou genyen sa a, ke nou rayi zèv Nikolayityen yo, ke Mwen menm, Mwen rayi tou.

  29. 3 Alò, Israël te renmen Joseph plis ke tout lòt fis li yo, akoz ke li te fèt nan vyeyès li; epi li te fè pou li yon vètman plen tout koulè. 4 Frè li yo te wè ke papa yo te renmen li plis ke tout frè li yo. Konsa, yo te vin rayi li, e yo pa t kapab pale avèk li an amitye.

    5 Alò, Joseph te fè yon rèv, e lè l te repete l bay frè l yo, konsa, yo te vin rayi li plis. 6 Li te di yo: “Souple, koute rèv sa a ke m te fè a. 7 Gade byen, nou t ap mare pakèt rekòlt yo nan chan an, e gade byen, pakèt pa nou yo te vin antoure pa m nan e yo te vin bese devan pakèt pa mwen yo.”

    8 Alò, frè li yo te di li: “Èske vrèman ou ap vin renye sou nou? Oswa èske ou ap vin gouvène sou nou?” Epi yo te vin rayi li plis pou rèv li yo, ak pawòl li yo.

  30. 19 Pa kite sila ki lènmi m san koz yo, rejwi sou mwen.

    Ni pa kite sila ki rayi mwen san koz yo, fè kout zye sou mwen.

  31. 18 Sila ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti;

    e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.

  32. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.

  33. 9 Se pou nou renmen san ipokrizi. Rayi sa ki mal e kenbe fèm a sa ki bon.

  34. 3 Anplis, yo te antoure mwen avèk pawòl ki plen rayisman

    E yo te goumen kont mwen san koz.

    4 An echanj pou lanmou m, yo te aji kon akizatè mwen;

    men mwen toujou ap priye.

    5 Konsa, yo te rekonpanse mwen mal pou byen ak rayisman pou lanmou m.

  35. 16 Youn ki rayi epidivòse”, pale SENYÈ a, Bondye Israël la, “kouvri vètman li ak vyolans lan,” pale SENYÈ a. “Pou sa, veye lespri nou byen, pou nou pa enfidèl.

  36. 14 “Mwen te bay yo pawòl Ou. E lemonn rayi yo. Paske yo pa nan lemonn, menm jan ke Mwen pa nan lemonn.

  37. 7 Ou te renmen ladwati e te rayi mechanste.

    Pou sa, Bondye, Bondye pa Ou a,

    te onksyone Ou avèk lwil lajwa plis ke moun parèy Ou yo.

  38. 128 Pou sa, mwen konsidere byen tout

    òdonans Ou yo selon tout bagay.

    Mwen rayi tout sa ki fo.

  39. 16 Kenbe menm panse a youn anvè lòt. Pa kite ògèy antre nan lespri nou, men toujou asosye nou avèk sa ki enb yo. Pa konprann ke se nou menm ki saj. 17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.

    20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;

    e si li swaf, bay li bwè.

    Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”

    21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.

  40. 2 “Mwen te renmen nou,” pale SENYÈ a.

    Men ou di: “Nan kisa ou te renmen nou an?”

    “Se pa Ésaü ki te frè Jacob?” deklare SENYÈ a. “Men se Jacob Mwen te renmen; 3 men Mwen te rayi Ésaü. Mwen te fè mòn li yo vin yon kote dezole, e Mwen te livre eritaj li bay chen mawon dezè yo.” 4 Tandiske Edom di: “Yo fin bat nou nèt, men nou va retounen vin bati sou ranblè yo;” konsa pale SENYÈ Dèzame yo: “Yo va bati, men mwen va jete; konsa, moun va rele yo peyi mechan an, e pèp sou sila SENYÈ a fache pou tout tan an.”

    5 Zye nou va wè sa e nou va di: “SENYÈ a gran, menm pi lwen lizyè Israël la!”

  41. 5 “Ou pa pou adore yo ni sèvi yo. Paske Mwen, SENYÈ a, Bondye pa w la. Mwen se yon Bondye jalou, k ap vizite inikite a papa yo sou pitit yo, jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon a sila ki rayi Mwen yo,

  42. 4 SENYÈ a nan sen tanp Li an.

    SENYÈ a sou twon Li nan syèl la.

    Zye Li veye.

    Pòpyè zye Li sonde fis a lòm yo.

    5 SENYÈ a sonde sila ki jis yo avèk sila ki mechan yo;

    men sila ki renmen vyolans, Li rayi nan kè L.

    6 Sou mechan yo, Li va voye chabon cho tankou lapli;

    dife avèk souf avèk chabon brile va mele nan bwason yo.

    7 Paske Bondye dwat.

    Li renmen ladwati.

    Sila ki kanpe dwat yo va wè figi Li.

  43. 10 Moun k ap vèse san rayi inosan an;

    men moun dwat yo pwoteje lavi li.

  44. 16 Sa yo se bagay ke nou va fè yo: pale verite a youn lòt, egzekite jijman pou laverite ak lapè nan pòtay nou yo. 17 Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.

  45. 19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.

    20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21 Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”

  46. 9 Ou renmen ladwati e

    ou rayi linikite;

    konsa, Bondye, Bondye pa w la

    te onksyone ou avèk lwil lajwa a

    pi plis ke parèy Ou yo.”

  47. 41 Epi Ésaü te pote yon rayisman kont Jacob akoz benediksyon an ke papa l te beni li. Konsa, Ésaü te di nan kè l: “Jou doulè pou mò papa m prèt pou fini, alò, mwen va touye frè m, Jacob.”

    42 Alò, lè pawòl pi gran fis la te rive a Rebecca, li te voye rele pi jèn fis li a, Jacob, e te di li: “Gade byen, frè ou a, Ésaü ap plenyen li menm de ou menm avèk entansyon pou touye ou. 43 Pou sa, fis mwen, obeyi vwa m, e leve sove ale Charan, vè frè mwen, Laban! 44 Rete avè l pandan kèk jou jiskaske kòlè frè ou a vin bese, 45 jiskaske kòlè frè ou a vin bese, e bliye sa ou te fè li a. Alò, mwen va voye chache ou la. Poukisa mwen ta oblije pèdi nou toude nan yon sèl jou?”

  48. 8 Wa Israël la te di a Josaphat: “Genyen toujou yon nonm pa sila nou kapab fè demann SENYÈ a, men mwen rayi li, akoz li pa pwofetize sa ki bon pou mwen, men sa ki mal. Michée, fis a Jimla a.”

    Men Josaphat te di: “Pa kite wa a di sa.”

  49. 6 Mwen rayi sila ki fè rega a fo zidòl yo,

    men nan Bondye, mwen mete konfyans mwen.

  50. 1 Gen yon lè apwente pou tout bagay. Epi gen yon tan pou chak sa ki rive anba syèl la—

    2 Yon tan pou ne,

    yon tan pou mouri;

    yon tan pou plante,

    ak yon tan pou dechouke

    sa ki plante a.

    3 Yon tan pou touye

    e yon tan pou geri;

    yon tan pou demoli

    e yon tan pou bati.

    4 Yon tan pou kriye

    e yon tan pou ri;

    yon tan pou fè dèy

    e yon tan pou danse.

    5 Yon tan pou voye wòch

    e yon tan pou ranmase wòch;

    yon tan pou anbrase

    e yon tan pou evite anbrase.

    6 Yon tan pou chache

    e yon tan pou pèdi.

    Yon tan pou konsève,

    e yon tan pou jete.

    7 Yon tan pou chire

    e yon tan pou koude;

    yon tan pou rete an silans

    e yon tan pou pale.

    8 Yon tan pou fè lanmou

    e yon tan pou rayisman;

    yon tan pou fè lagè

    e yon tan pou fè lapè.

  51. 4 Mwen pa chita avèk mesye k ap twonpe moun yo.

    Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran pòz yo.

    5 Mwen rayi asanble malfektè yo, e

    mwen pa chita avèk mechan yo.

  52. 21 Mwen rayi, Mwen va refize aksepte fèt nou yo,

    ni Mwen p ap pran plezi nan asanble solanèl nou yo.

    22 Menmsi nou ofri ban Mwen ofrann brile ak ofrann sereyal,

    Mwen p ap aksepte yo;

    ni Mwen p ap menm gade ofrann lapè a

    bèt gra nou yo.

    23 Retire sou Mwen bri a chanson nou yo;

    Mwen p ap menm koute son a ap nou yo.

    24 Men kite jistis koule desann tankou dlo,

    e ladwati tankou yon gwo larivyè,

    25 Èske nou te pote ban Mwen ofrann sakrifis ak ofrann sereyal nan dezè a pandan karant ane yo, O lakay Israël? 26 Anplis nou te pote Sikkuth, wa nou an, ak Kiyyun, imaj nou yo, ak zetwal dye nou, ke nou te fè pou nou menm yo. 27 “Pou sa, Mwen va fè nou antre an egzil pi lwen Damas,” di SENYÈ a, ki gen non Li ki se Bondye dèzame yo.

  53. 68 Beni se Senyè a, Bondye Israël la,

    paske li vizite nou,

    Li te acheve redanmsyon pou pèp Li a.

    69 Li te leve yon kòn sali pou nou

    lakay David la, sèvitè Li a.

    70 Jan Li te pale pa bouch a pwofèt Li yo depi nan ansyen tan an,

    71 Delivrans sou lènmi nou yo,

    ak nan men a tout sila ki rayi nou yo;

  54. 7 Jephthé te reponn a ansyen Galaad yo: “Èske nou pa t rayi mwen e chase mwen lwen lakay papa m? Poukisa, koulye a, nou vin devan m lè nou nan pwoblèm nan?”

  55. 2 Jéhu, fis a Hanani a, konseye a, te sòti pou rankontre li, e te di a Wa Josaphat: “Èske ou ta dwe ede mechan yo, e renmen sila ki rayi SENYÈ yo, e konsa, kite lakòlè SENYÈ a vini sou ou? 3 Men gen kèk bagay ki bon nan ou tou, paske ou te retire Astarté a soti nan peyi ou a e ou te bay kè ou pou chache Bondye.”

  56. 21 Se mechanste ki va touye mechan an.

    Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.

  57. 21 Nou konn tande ke tout ansyen yo te di: ‘Nou pa pou touye moun’ e ‘Nenpòt moun ki touye moun ap rann kont devan tribinal’. 22 Men Mwen di nou ke nenpòt moun ki fache avèk frè li, ap koupab devan tribinal. Epi nenpòt moun ki di: ‘Raka’ (pou ryen) ap koupab devan tribinal pi wo a, epi sila ki di: ‘enbesil’ ap koupab pou l antre nan lanfè.

    23 “Pou sa, lè ou ap prezante ofrann ou sou lotèl la, e pandan ou la, ou sonje ke frè ou a gen yon bagay kont ou, 24 kite ofrann ou an la devan lotèl la e ale fè wout ou. Premyeman, rekonsilye avèk frè ou, e apre vin prezante ofrann ou an.

    25 “Fè zanmi depi nan wout avèk lènmi k ap mennen ou tribinal la, pou li pa livre ou devan jij la, e jij la va livre ou bay otorite pou jete ou nan prizon. 26 Anverite Mwen di nou, nou p ap soti la jiskaske nou peye dènye santim nan.”

  58. 12 Lè jounen an te rive Jwif yo te fòme yon konplo. Yo te vin mare ansanm anba yon sèman, pou yo pa ta ni manje, ni bwè jiskaske yo te touye Paul. 13 Te gen plis ke karant moun ki te fòme konplo sila a. 14 Yo te vini a chèf prèt ak ansyen yo, e te di: “Nou vin mare ansanm anba yon sèman serye e konplè pou pa goute anyen jiskaske nou touye Paul. 15 Alò, konsa, ou menm avèk konsèy la avèti kòmandan an pou l mennen l desann kote nou, kòmsi nou t ap pral detèmine ka li a pi pre. E pou pati pa nou, nou prè pou touye l avan li rive pre kote a.”

  59. 41 si Mwen file nepe briyan Mwen an,

    se men M ki kenbe lajistis.

    Mwen va rann vanjans sou advèsè Mwen yo,

    epi Mwen va rekonpanse sila ki rayi Mwen yo.

  60. 22 Men Absalom pa t pale ak Amnon anyen, ni bon, ni mal; paske Absalom te rayi Amnon akoz li te vyole sè li a, Tamar.

  61. 5 Yon nonm dwat rayi sa ki fo;

    men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.

  62. 13 Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò;

    lansan vin abominab devan M.

    Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo—

    Mwen pa ka sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la.

    14 Mwen rayi fèt nouvèl lin yo ak fèt apwente nou yo.

    Yo vin yon gwo fado pou mwen.

    Mwen fatige sipòte yo.

  63. 8 Paske Mwen, SENYÈ a, renmen lajistis;

    Mwen rayi vòl ak malfezans.

    Ak fidelite Mwen va bay yo rekonpans yo,

    e Mwen va fè yon akò k ap dire pou tout tan avèk yo.

  64. 24 “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.

  65. 3 Nan moman sa a, chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo te reyini ansanm nan lakou tribinal wo prèt ke yo te rele Caïphe la. 4 Epi yo te fè konplo ansanm pou sezi Jésus an sekrè e touye Li.

  66. 13 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen, men sila a ki pèsevere jiska lafen an, va sove.

  67. 16 Men Nou va trayi menm pa paran nou, frè, manm fanmi nou avèk zanmi nou. Yo va mete kèk nan nou a lanmò. 17 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen. 18 Men pa menm yon cheve nan tèt nou p ap peri.

    19 Pa pèseverans nou, nou va reyisi genyen lavi nou.

  68. 6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

    9 Anplis ke sa, akoz ke nou gen tan jistifye pa san li, nou va sove de lakòlè Bondye a atravè Li menm. 10 Paske, si pandan nou te ankò lènmi, nou te rekonsilye a Bondye pa lanmò a Fis Li a, anplis ke sa, akoz nou gen tan rekonsilye, nou va sove pa lavi Li.

  69. 5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. 7 Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo. 8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou. 9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li. 11 Yon renouvèlman konsa pa gen distenksyon antre Grèk ak Jwif, sikonsi ak ensikonsi, ni moun Scythe, esklav, ak moun lib, men Kris se tout bagay, e nan tout bagay.

  70. 21 “Anplis de sa, ou va chwazi pami tout pèp la, mesye ki kapab yo ki gen lakrent Bondye, moun ak verite, ki rayi richès malonèt. Konsa, ou va plase yo sou pèp la kòm chèf sou milye, sou santèn, sou senkantèn, ak sou dis.

  71. 9 “Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo, 10 men ki rekonpanse sila ki rayi Li yo devan figi yo, pou detwi yo. Li p ap fè reta avèk sila ki rayi Li a. Li va rekonpanse li devan figi li.

  72. 31 Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an, paske se tout zèv abominab ke SENYÈ a rayi yo, ke yo kon fè pou dye pa yo. Paske yo konn menm brile pwòp fis ak fi pa yo nan dife dye pa yo.

  73. 16 Men a mechan yo Bondye di:

    “Ki dwa ou genyen pou pale sou règleman Mwen yo,

    pou pran akò Mwen an nan bouch ou?

    17 Paske ou rayi disiplin, e jete pawòl Mwen yo dèyè w.

    18 Lè ou wè yon vòlè, ou vin dakò avè l,

    epi ou asosye ou avèk moun adiltè yo.

    19 Ou lage bouch ou nèt nan mechanste.

    Lang ou fè ankadreman pou manti.

    20 Ou chita pale kont frè ou.

    Ou fè kout lang fò kont pwòp pitit manman ou.

  74. 15  Sila ki rayi SENYÈ yo ta tresayi devan Li menm

    e pinisyon yo ta pou tout tan.

  75. 28 Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo,

    e zèv a lang flatè a se dega.

  76. 3 Li te meprize e abandone pa lòm;

    yon nonm ak gwo tristès

    ki te konnen gwo soufrans,

    ak tout maladi.

    Tankou yon moun de sila moun kache figi yo,

    Li te vin meprize,

    e nou pa t bay Li okenn valè.

  77. 5 Tande pawòl SENYÈ a,

    nou menm ki tranble devan pawòl Li yo:

    “Frè nou ki rayi nou yo, ki rejte nou akoz non Mwen,

    Yo te di:

    ‘Kite SENYÈ a resevwa glwa,

    pou nou ka wè nou fè kè kontan.’

    Men sila yo k ap wont.

  78. 15 Tout mechanste yo se nan Guilgal;

    Anverite se la Mwen te rayi yo!

    Akoz mechanste a zak yo,

    Mwen va chase yo sòti lakay Mwen.

    Mwen p ap renmen yo ankò;

    tout prens yo se rebèl.

  79. 31 Ke tout rankin nan kè, san wo, kòlè, zen, ak kout lang vin retire pami nou, ansanm ak tout malveyans. 32 Sèvi dousè a youn lòt, avèk bon kè, k ap padone youn lòt jis jan ke Bondye nan Kris la te osi padone nou an.

  80. 4 Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.

  81. 30 Alò, Jacob te antre an relasyon ak Rachel osi, e vrèman, li te renmen Rachel plis ke Léa, e li te sèvi avèk Laban pandan yon lòt sèt ane.

    31 Alò, SENYÈ a te wè ke Léa te manke renmen, e Li te ouvri vant li, men Rachel te rete san pitit.

  82. 5 Si ou wè bourik a yon moun ki rayi ou, k ap kouche anba gwo chaj, ou p ap abandone li nan pwoblèm nan, men ou va ede l dechaje li.

  83. 15 “Senyè a va retire pami nou tout maladi; epi Li p ap mete sou nou okenn nan move maladi Égypte ke nou te konnen yo, men Li va mete yo sou tout sila ki rayi nou yo.

  84. 19 Men lènmi m yo plen kouraj e fò.

    Yo anpil ki rayi mwen san koz.

  85. 7 Men Ou te sove nou kont advèsè nou yo,

    Epi Ou te fè tout sila ki rayi nou yo wont.

  86. 4 Sila ki rayi mwen san koz yo plis pase cheve sou tèt mwen.

    Sila ki ta detwi mwen yo pwisan e san rezon, yo fè lènmi avè m.

    Sa ke m pa t janm vòlè, mwen oblije remèt li.

  87. 23 Men Mwen va kraze advèsè li yo devan l,

    e frape sila ki rayi li yo.

  88. 29 akoz yo te rayi konesans

    e pa t chwazi gen lakrent SENYÈ a.

    30 Yo te refize konsèy mwen.

    Yo te rejte tout repwòch mwen yo.

    31 Pou sa, yo va manje fwi a pwòp chemen yo,

    e vant yo va vin plen ak pwòp manèv yo.

  89. 8 Sakrifis a mechan an abominab a SENYÈ a;

    men lapriyè moun dwat yo se gwo plezi Li.

    9 Chemen mechan an abominab a SENYÈ a;

    men Li renmen sila ki chache ladwati a.

  90. 17 Kite pye ou raman pile lakay vwazen ou,

    sinon li va fatige avè w, e vin rayi ou.

  91. 9 Èske nou va vòlè, touye moun, komèt adiltè, bay fo temwayaj, ofri sakrifis a Baal, e mache dèyè lòt dye ke nou pa t konnen, 10 epi konsa,vin kanpe devan Mwen nan kay sila a, ki rele pa non Mwen an, pou di M: ‘Nou delivre,’ —konsa pou nou ka fè tout bagay abominab sila yo?

  92. 8 Eritaj Mwen an te vini pou Mwen, kon yon lyon

    k ap gwonde nan forè a.

    Li te gwonde kont Mwen.

    Akoz sa, Mwen te vin rayi li.

  93. 10 Yo rayi sila k ap reprimande nan pòtay la

    ni yo pa vle wè sila ki pale ak entegrite a.

  94. 14 “Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm. 15 Men si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.

  95. 22 Fè mizerikòd sou kèk moun k ap doute, 23 sove lòt yo. Rachte yo menm nan dife a ak laperèz, epi sou kèk fè mizerikòd avèk rayisman menm pou rad ki te salè pa lachè.

  96. SAMEKH

    113 Mwen rayi moun ki gen de fas, men mwen renmen lalwa Ou a.

  97. 14 Paske nou konnen ke Lalwa a baze sou lespri Bondye a menm. Men mwen menm se chè. Mwen te vann kòm esklav a peche. 15 Paske sa ke m ap fè yo, mwen pa konprann yo. Mwen p ap pratike sa ke m ta renmen fè, men m ap fè bagay ke m rayi. 16 Men si m fè bagay m pito pa vle fè a, mwen vin dakò avèk Lalwa a, e admèt ke Lalwa a bon. 17 Donk Koulye a se pa mwen k ap fè l la ankò, men se peche ki rete nan mwen an. 18 Paske mwen konnen ke anyen ki bon pa rete nan mwen, sa vle di nan chè mwen. Paske bòn volonte a prezan nan mwen, men pou fè sa ki bon an pa janm fèt. 19 Paske bon bagay ke mwen vle a, mwen pa janm fè li, men mwen pratike menm mal ke m pi pa vle a.

  98. 22 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;

    men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.

  99. 34 Men lè Farizyen yo te tande ke Li gen tan fè Sadiseyen yo sispann pale, yo te reyini ansanm.

    35 Youn nan yo, yon avoka, te kesyone L pou pase l a leprèv. 36 “Mèt, kilès nan kòmandman nan Lalwa a ki pi gran?” 37 Li te reponn li: “‘Ou va renmen Senyè a, Bondye ou avèk tout kè ou, avèk tout nanm ou, e avèk tout lespri ou’.

    38 “Sa se premye e pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan se parèy a li menm: ‘Ou va renmen vwazen ou tankou tèt ou’.

    40 “Sou de kòmandman sa yo depann tout Lalwa, avèk pwofèt yo.”

  100. 2 Fikse panse nou sou bagay anwo yo, pa sou bagay ki sou latè yo.

  101. 3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.