45 Bible Verses About Being a Child of God
Bib Sen An (BSA)
-
12 Konsa, frè m yo, nou pa anba obligasyon lachè a, pou viv selon lachè. 13 Paske si nou ap viv selon lachè, nou ap mouri, men si se selon Lespri a, n ap mete tout zèv lachè yo a lanmò, e n ap viv. 14 Paske, tout moun ki ap dirije pa Lespri Sen Bondye a, se fis Li yo ye. 15 Paske nou pa t resevwa yon Lespri esklavaj, pou fè nou retounen viv nan laperèz, men nou te resevwa yon Lespri adopsyon kon fis. Pa lespri sila nou rele “Abba! Papa a.
16 Lespri a Li menm temwaye a lespri pa nou ke nou se pitit Bondye. 17 Si se pitit li nou ye, n ap eritye tou. N ap eritye de Bondye e eritye ansanm avèk Kris, si vrèman nou soufri avè l pou nou kapab vin gen glwa ansanm avè l.
18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo.
-
9 Te gen vrè Limyè a ke, lè l vini nan mond lan, klere tout moun. 10 Li te nan lemond, e lemond te fèt pa Li, men lemond pa t rekonèt Li. 11 Li te vini a moun pa Li yo, e moun pa L yo pa t resevwa Li. 12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, 13 ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.
-
1 Gade ki gran amou Papa a te bay nou ke nou ta vin rele timoun a Bondye! Konsa, se sa nou ye. Pou rezon sa lemonn pa rekonèt nou, paske li pa t rekonèt Li.
2 Alò, chè zanmi yo, nou se timoun a Bondye, epi li poko fin devwale ki sa n ap ye. Nou konnen ke lè Li parèt nou va tankou Li, paske nou va wè Li menm jan ke Li ye a. 3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
-
4 Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa 5 pou Li ta kapab delivre sila ki te anba Lalwa yo, pou nou ta kapab resevwa adopsyon kòm fis. 6 Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!” 7 Konsa, nou pa yon esklav ankò, men yon fis; epi si yon fis, alò, yon eritye atravè Bondye.
-
26 Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus. 27 Paske nou tout ki te batize nan Kris la te abiye tèt nou avèk Kris. 28 Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus. 29 Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.
-
7 Timoun yo, pa kite pèsòn twonpe nou. Sila ki pratike ladwati a jis, menm jan ke Li jis la. 8 Men sila ki pratike peche a se dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman an. Fis a Bondye a te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.
9 Nanpwen pèsòn ki ne de Bondye ki pratike peche paske jèm Li tou rete nan li, epi li pa kapab peche, paske li ne a Bondye. 10 Konsa, konnen ke pitit a Bondye yo, ak pitit a dyab yo byen klè. Nenpòt moun ki pa pratike ladwati a pa de Bondye, ni sila ki pa renmen frè li a.
-
12 Konsa, byeneme mwen yo, menm jan ke nou te toujou obeyi, pa sèlman nan prezans mwen, menm koulye a plis toujou nan absans mwen fè travay sali nou an avèk lakrent ak tranbleman. 13 Paske se Bondye k ap travay nan nou, pou fòme volonte ak zèv nou yo, selon bon plezi Li.
14 Fè tout bagay san plenyen ni diskite. 15 Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, 16 k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t kouri anven, ni travay anven.
-
1 Nenpòt mounki kwè ke Jésus se Kris la, li ne a Bondye. Nenpòt moun ki renmen Papa a, renmen sila ki ne de Li a.
2 Men konsa nou konnen ke nou renmen pitit a Bondye yo, lè nou renmen Bondye, epi obeyi kòmandman Li yo. 3 Paske se sa ki lanmou pou Bondye, ke nou kenbe kòmandman Li yo. Kòmandman Li yo pa di.
4 Paske nenpòt moun ki ne de Bondye ap venk lemonn. Men viktwa ki venk lemonn nan—-lafwa nou. 5 Kilès sila ki venk lemonn nan, sòf ke li ki kwè ke Jésus se Fis a Bondye a?
-
26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.
27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo.
-
17 Konsa,
“‘Soti nan mitan yo,
e separe de yo’, di Senyè a.
‘Pa touche sa ki enpi.
Mwen va akeyi nou.
18 Mwen va yon Papa pou nou,
e nou va fis ak fi pou Mwen,’
di Senyè Tou Pwisan an.”
-
9 Beni se sila yo ki fè lapè;
yo va rele yo fis Bondye.
-
1 Te genyen yon mesye pami Farizyen yo ke yo te rele Nicodème, yon chèf a Jwif yo. 2 Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”
3 Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”
4 Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”
5 Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la. 6 Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri. 7 Pa etone ke Mwen te di ou: ‘Fòk ou ne tounèf.’ 8 Van an soufle kote li vle, epi ou tande son li, men ou pa konnen kote li soti, ni kote li prale. Se konsa li ye avèk tout sa yo ki ne nan Lespri.”
-
1 Konsa, se pou nou vin imitatè a Bondye, kòm zanfan byeneme. 2 Mache nan lanmou, jan Kris osi te renmen nou, e te bay tèt Li pou nou, kòm yon ofrann ak yon sakrifis a Bondye, kon yon pafen ki santi bon.
-
1 Alò, li te rive ke lè lèzòm te kòmanse miltipliye sou sifas tè a, e yo te fè pitit fi, 2 ke fis Bondye yo te wè ke fi lèzòm yo te bèl. Konsa, yo te pran kòm madanm pou yo menm, nenpòt ke yo te chwazi.
3 Alò SENYÈ a te di: “Lespri Mwen p ap lite avèk lòm pou janmè, paske li menm osi se chè. Konsa, jou li yo va san-ven-ane.”
4 Jeyan yo te sou latè nan jou sa yo, e menm aprè, lè fis Bondye yo te antre nan pitit fi a lòm yo, e te fè pitit avèk yo. Sila yo se te lòm pwisan de tan ansyen yo, lòm gran repitasyon yo.
-
5 Nou gen tan bliye egzòtasyon ki te adrese a nou menm kòm fis yo:
“Fis mwen, pa gade a la lejè disiplin Bondye a,
ni vin febli lè nou korije pa Li;
6 Paske sila ke Bondye renmen yo, Li disipline yo,
e Li fwete tout fis ke L resevwa.”
7 Se pou disiplin ke nou andire. Bondye aji avèk nou kòm fis, paske ki fis ki genyen ke papa l pa ba l disiplin? 8 Men si nou san disiplin kon sila nou tout gen tan patisipe a, alò, nou se pitit ilejitim, e pa vre fis.
9 Anplis ke sa, nou te gen papa sou latè pou disipline nou, e nou te respekte yo. Èske nou pa ta bokou pito vin soumèt a Papa a tout lespri yo, e viv? 10 Paske yo te disipline nou pou yon ti tan ki, selon yo, te sanble pi bon, men Li menm, Li disipline nou pou byen nou pou nou kapab pataje sentete Li a.
11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.
-
43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.
46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?
48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”
-
35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.
36 “Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.
-
1 Nan lè sa a, disip yo te vin jwenn Jésus pou mande L: “Kilès konsa ki pi gran nan wayòm syèl la?”
2 Jésus te rele yon timoun vin kote Li, e te plase l nan mitan yo. 3 Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, anmwenske nou konvèti pou vini tankou timoun yo, nou p ap antre nan wayòm syèl la. 4 Nenpòt moun ki vin enb tankou timoun sa a, se li menm ki pi gran nan wayòm syèl la.
5 “Epi nenpòt moun ki resevwa yon pitit tankou sa a nan non Mwen, li resevwa Mwen. 6 Men nenpòt moun ki lakoz pou fè youn nan timoun sa yo ki kwè nan Mwen an vin chape tonbe, li ta mye pou li menm si yon gwo wòch moulen ta mare nan kou li, e li ta vin mouri nan fon lanmè.
-
6 Leve yon timoun nan chemen li ta dwe ale,
e lè li vin gran, li p ap kite li;
menm lè l granmoun, li p ap kite li.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an.
-
39 Yo te reponn Li e te di: “Abraham se Papa nou”.
Jésus te di yo: “Si nou se pitit Abraham, fè zèv Abraham yo. 40 Men jan li ye a, nou ap chache pou touye M, yon nonm ki di nou laverite ke M te tande depi nan Bondye.
“Sila a, Abraham pa t janm fè. 41 Nou ap fè pwòp zèv papa nou.”
Yo te di Li: “Nou pa t fèt kon pitit deyò. Nou gen yon sèl papa, Bondye.”
42 Jésus te di yo: “Si Bondye te Papa nou, nou ta renmen M, paske Mwen sòti nan Li, e se nan Li ke M vini. Mwen pa vini pou kont Mwen, men se Li ki voye M.
43 “Poukisa nou pa konprann sa ke M ap di a? Se paske nou pa kapab tande pawòl Mwen.
44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.
45 “Men akoz ke Mwen pale laverite, nou pa kwè M.
-
22 Ou va di a Farawon: ‘Men kijan SENYÈ a pale: Israël se fis Mwen, premye ne Mwen an. 23 Epi Mwen te di ou: Kite fis Mwen an ale pou l kapab sèvi M, men ou te refize kite l ale. Gade byen, Mwen va touye fis ou a, premye ne pa w la.’”
-
7 Anverite, Mwen va pale selon deklarasyon SENYÈ a;
SENYÈ a te di Mwen: “Ou se Fis Mwen.
Se jodi a, Mwen te fè Ou.
-
8 Tande byen, fis mwen an, lenstriksyon papa ou,
e pa abandone leson a manman ou yo;
9 Anverite, yo fè yon kouwòn byen bèl sou tèt ou,
ak yon bèl dekorasyon nan kou ou.
-
13 Konsa yo t ap pote timoun bay li pou L ta kapab touche yo, e disip yo te reprimande yo.
14 Men lè Jésus te wè sa, Li te mekontan e te di yo: “Kite timoun yo vini kote Mwen; pa anpeche yo, paske wayòm Bondye a se pou sila ki tankou sa yo. 15 Anverite Mwen di nou: nenpòt moun ki pa resevwa wayòm Bondye a kon yon timoun, li p ap antre li menm.”
16 Epi li te pran yo nan bra Li, te beni yo, e te poze men L sou yo.
-
34 Jésus te reponn yo “Anverite, anverite, Mwen di nou, tout moun ki fè peche se esklav a peche a.
35 “Epi esklav la p ap toujou rete nan kay la, men Fis la ap toujou la. 36 Se pou sa, si Fis la fè nou lib, nou ap vrèman lib.
-
25 Jan Li di osi nan Osée a:
“Mwen va rele sila ki pa te pèp mwen yo, ‘pèp mwen’,
e sila ki pa t byeneme Mwen yo, ‘byeneme’”
26 “Epi li va rive ke nan plas kote Li te di yo a: ‘Nou pa pèp mwen’,
la menm, yo va rele yo fis a Bondye Vivan an.’”
-
3 Beni se Bondye, Papa Senyè nou an Jésus Kri, ki te beni nou avèk tout benediksyon Lespri a nan lye selès an Kris yo. 4 Jis jan Li te chwazi nou nan Li, menm avan fondasyon mond lan, pou nou ta kapab sen e san fot devan Li. Nan lanmou Li, 5 li te chwazi nou oparavan pou adopsyon kòm fis Li, atravè Jésus Kri, selon dous entansyon a volonte Li. 6 Pou lwanj a glwa a gras Li a, ke Li te bannou ak liberalite nan Li menm Ki Byeneme a.
-
30 SENYÈ a, li menm, ki ale devan nou an, va, Li menm, goumen pou nou, jis jan ke Li te fè pou nou an Égypte la devan zye nou, 31 epi nan dezè a kote nou te wè kijan SENYÈ a, Bondye nou an, te pote nou, jis jan ke yon nonm ta pote fis li, nan tout chemen kote nou te mache jis nou vin rive kote sa a.’”
-
1 “Nou se fis a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou p ap blese kò nou, ni pase razwa sou fwon nou pou koz lanmò. 2 Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a te chwazi ou kòm yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, sòti nan tout pèp ki sou sifas tè a.
-
6 Mwen te di: “Se dye ke nou ye,
e nou tout se fis a Pi Wo a.
-
13 Menm jan ke yon papa gen konpasyon pou pitit li yo,
se konsa ke SENYÈ a gen konpasyon pou sila ki krent Li yo.
-
11 Fis mwen an, pa rejte disiplin SENYÈ a,
ni rayi repwòch Li,
12 Paske sila ke SENYÈ a renmen an, Li korije li,
jis tankou yon papa konn korije
fis nan sila li pran plezi a.
-
17 Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”
-
9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.
-
36 Pandan nou gen limyè a, kwè nan limyè a pou nou kapab vini fis a limyè a.” Bagay sa yo Jésus te pale, epi Li ale kache kò Li pou yo pa jwenn Li.
-
8 Sa vle di, se pa zanfan lachè yo ki se pitit Bondye, men zanfan a pwomès la ki konsidere kòm eritye yo.
-
1 Lansyen an k ap ekri a byeneme a, Gaïus, ke mwen renmen an verite.
2 Byeneme a, mwen priye nan tout aspè ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bòn sante, menm jan ke nanm ou an bòn sante a. 3 Paske mwen te tèlman kontan lè frè yo te vin pote temwayaj a verite ou, ki jan ou mache nan laverite a. 4 Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.
-
7 Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.
-
26 Li va kriye a Mwen: ‘Ou se papa m,
Bondye m Wòch a sali mwen an.
27 Anplis, Mwen va fè li premye ne Mwen,
pi wo pami tout wa latè yo.’
-
4 Alò, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen e te di:
5 Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,
e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.
Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.
-
10 Malgre sa, fis Israël yo va tankou sab lanmè, ki p ap ka mezire, ni konte. Men nan plas kote sa te pale a yo menm nan, ‘Nou pa pèp Mwen an’, sa va pale a yo menm ‘Yo va rele fis a Bondye vivan an.’
-
36 Li te pran yon timoun, e te fè l chita devan yo. Epi lè L pran li nan bra Li, Li te di yo: 37 “Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou sila a nan non pa M, resevwa M; e nenpòt moun ki resevwa M, li pa resevwa Mwen, men Sila ki voye Mwen an.”
-
5 Paske a kilès nan zanj yo, Li te janm di:
“Ou se Fis Mwen.
Jodi a Mwen fè Ou”?
E ankò:
“Mwen va yon Papa pou Li e
Li va yon Fis pou Mwen,”
Shows Read in context, Share and Copy.