91 Bible Verses About Knowledge
Bib Sen An (BSA)
-
1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,
e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
2 e fè zòrèy ou atantif a sajès;
e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
3 wi, si ou leve vwa w pou sajès;
e leve vwa ou vè bon konprann;
4 si ou chache li kon ajan,
e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;
5 nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a,
e dekouvri konesans Bondye a.
6 Paske, SENYÈ a bay sajès.
Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.
7 Li mete sajès nan depo pou moun dwat la.
Li se boukliye pou sila ki mache ak entegrite yo,
8 K ap veye chemen lajistis yo,
e pwoteje chemen a fidèl Li yo.
9 Konsa, ou va dekouvri ladwati ak jistis,
e menm egalite avèk tout bon chemen yo.
10 Paske, sajès va antre nan kè ou,
e konesans va fè ou alèz jis rive nan nanm ou.
11 Bon konprann va pwoteje ou,
konesans va veye sou ou,
12 pou pwoteje ou kont chemen mal la,
kont lòm ki pale bagay pèvès yo.
-
1 Pwovèb Salomon yo, fis a David la, wa Israël la:
2 pou konnen sajès avèk enstriksyon,
Pou dekouvri pawòl bon konprann yo,
3 Pou resevwa enstriksyon nan jan pou aji ak sajès,
ladwati, jistis, menm jan pou tout moun;
4 Pou avèti san konprann yo e bay konesans ak pridans a jenn yo.
5 Yon nonm saj va tande, va grandi nan konesans li
e yon nonm bon konprann va twouve konsèy ki saj,
6 Pou konprann yon pwovèb ak mo kache, pawòl a saj yo avèk devinèt yo.
7 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès la;
sila ki plen foli, meprize sajès ak lenstriksyon.
-
1 Alò, konsènan bagay ki te bay kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke nou tout gen konesans. Konesans fè moun awogan, men lanmou bay bon konprann. 2 Si yon moun sipoze ke li konnen yon bagay, li poko konnen jan li dwe konnen an. 3 Men si yon moun renmen Bondye, Bondye konnen li.
-
13 Kilès pami nou ki saj e ki gen bon konprann? Ke li montre sa pa bon kondwit li, zèv li nan dousè a sajès la.
14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a. 15 Kalite sajès sa a pa sòti anwo a, men nan mond lan. Li chanèl e dyabolik. 16 Paske kote jalouzi ak anbisyon pèsonèl egziste, gen dezòd ak tout kalite move bagay.
17 Men sajès ki sòti anwo a, dabò, li pafè, answit, li pezib, dous, rezonab, plen ak mizerikòd ak bon fwi, fèm e san ipokrizi. 18 Konsa, grenn ki bay fwi ladwati a simen nan lapè pa sila ki fè lapè yo.
-
1 Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo,
paske SENYÈ a gen yon pwosè kont pèp peyi a:
Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.
2 Gen joure ak madichon, vyole konfyans,
asasine moun, vòlè, fè adiltè.
Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san,
e vèse san fè san vèse plis.
3 Akoz sa, peyi a va fè dèy.
Tout moun ki rete ladann ap megri
menm ak tout sa ki viv.
Menm bèt chan yo ak zwazo syèl yo,
epi pwason lanmè yo va mouri.
-
5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. 6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an. 7 Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a, 8 tankou yon moun ak doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.
-
8 Pa repwoche yon mokè, sinon li va rayi ou;
repwoche yon nonm saj e li va renmen ou.
9 Bay konsèy a yon nonm saj e li va vin pi saj,
enstwi yon nonm dwat e li va ogmante konesans li.
10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman a sajès
e konesans a Sila Ki Sen an se bon konprann.
-
3 Avèk sajès, kay la bati
e avèk bon konprann, li vin etabli.
4 Pa konesans, chanm yon moun vin
ranpli avèk tout bèl kalite richès.
5 Yon nonm saj byen fò,
e yon nonm ak konesans ogmante pouvwa li.
6 Paske ak konsèy saj ou va fè lagè,
e ak konseye an abondans, gen viktwa.
7 Sajès twò wo pou moun ensanse a;
li pa ouvri bouch li nan pòtay la.
-
2 Ke lagras ak lapè vin miltipliye a nou menm nan konesans a Bondye ak Jésus, Senyè nou an, 3 akoz nou wè ke pwisans diven Li an bannou tout bagay ki apatyen a lavi ak sentete, atravè vre konesans a Li, ki te rele nou pa pwòp glwa ak ekselans Li. 4 Paske pa sila yo, Li te bannou pwomès presye e manyifik Li, pouke nan yo, nou ta kapab vin patisipan nan nati sen an, e chape de koripsyon ki nan mond lan pa konvwatiz lachè a.
5 Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete konesans. 6 Sou konesans nou, mete bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete. 7 Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.
8 Paske si kalite sa yo nan nou e ap ogmante, yo p ap rann nou ni initil, ni san fwi nan vre konesans Senyè nou an, Jésus Kri.
-
9 Pou rezon sa a tou, depi jou nou te tande de li a nou pa t sispann priye pou nou e mande pou nou ta kapab ranpli avèk konesans a volonte Li, nan tout sajès lespri a ak bon konprann, 10 pou nou kapab mache nan yon fason dign de Senyè a, pou fè Li plezi nan tout bagay, pote fwi nan tout bon zèv e grandi nan konesans a Bondye, 11 ki ranfòse ak tout pouvwa, selon pwisans laglwa Li a, pou vin genyen pèseverans ak pasyans; avèk lajwa, 12 pou bay remèsiman a Papa a, ki te kalifye nou pou pataje nan eritaj a fidèl yo nan Limyè a.
-
13 A la beni nonm ki twouve sajès,
e nonm ki vin genyen bon konprann nan beni!
14 Paske avantaj li pi bon ke avantaj ajan,
e pwofi li pi bon ke lò fen.
15 Li pi presye pase bijou;
e okenn lòt bagay ke ou ta dezire pa kab konpare avèk li.
16 Lavi ki long va trouve nan men dwat li.
Nan men goch li se richès ak lonè.
17 Chemen li yo byen dous,
e tout pa li yo se lapè.
18 Li se yon pyebwa lavi a sila ki pran l yo,
e byen kontan se tout sila ki kenbe l fèm yo.
19 SENYÈ a ak sajès te fonde latè a;
ak bon konprann Li te etabli syèl yo.
20 Ak konesans Li, fon yo te vin ouvri,
e syèl yo te vin degoute lawouze.
21 Fis mwen an, pa kite yo vin disparèt devan zye ou;
kenbe bon sajès ak bon konprann.
22 Konsa yo va lavi pou nanm ou
ak dekorasyon pou kou ou.
23 Konsa, ou va mache nan chemen ou ak sekirite,
e pye ou p ap chape.
-
14 Lespri a moun entèlijan an chache konesans;
men bouch a moun sòt la, manje foli.
-
7 Men chak kwayan resevwa don Lespri a, pou lavantaj a tout moun. 8 Paske a yon moun pawòl sajès la bay selon Lespri a, e a yon lòt pawòl konesans lan selon menm Lespri a. 9 A yon lòt lafwa pa menm Lespri a, e a yon lòt don gerizon pa Lespri a, 10 epi a yon lòt don pou fè mirak, e a yon lòt, pwofesi, e a yon lòt kapasite pou distenge pami lespri yo, a yon lòt plizyè kalite langaj, e a yon lòt, pou entèprete lang yo. 11 Men youn e menm Lespri a travay nan tout bagay sa yo, e Li distribiye yo a chak grenn moun selon volonte Li.
12 Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò konsa tou Kris la ye.
-
66 Enstwi mwen pou m sèvi bon jijman ak konesans,
Paske mwen kwè nan kòmandman Ou yo.
-
15 Panse a sila ki gen bon konprann nan, ranmase konesans;
anplis, zòrèy a saj la chache konesans.
-
1 Jésus te pale bagay sa yo. Epi ak zye Li leve pou gade vè syèl la, Li te di. “Papa, lè a rive. Bay glwa a pitit Ou, pou pitit Ou kab bay glwa a Ou menm. 2 Menm jan ke Ou te bay Li otorite sou tout chè, a tout sa ke Ou te bay Li yo, pou Li ta kapab bay lavi etènèl.
3 “E sa se lavi etènèl, pou yo kapab konnen Ou, sèl vre Dye a, ak Jésus Kri ke Ou voye a.
-
1 Paske mwen vle fè nou konnen jan lit la gran pou nou menm ansanm ak sila ki Laodicée yo, e menm pou tout sila ki pa t, pèsonèlman, wè figi mwen yo; 2 pou kè pa yo kapab ankouraje, akoz ke yo vin trese ansanm nan lanmou an. Se konsa yo atenn tout richès ki sòti nan asirans konplè a bon konprann nan, ki pwodwi kòm rezilta, vre konesans mistè Bondye a, ki se Kris la, Li menm. 3 Nan Li menm kache tout trezò sajès ak konesans yo.
-
1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 “Gade, Mwen te rele Betsaléel pa non li, fis Uri a, nan tribi Juda. 3 Mwen te ranpli li avèk Lespri Bondye nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo, 4 pou fè desen pou travay avèk lò, avèk ajan, e avèk bwonz, 5 epi nan koupe pyè bijou pou monti, ak nan fè desen sou bwa, pou li kapab fè tout kalite mendèv.
-
10 Lakrent SENYÈ a se kòmansman sajès.
Tout sila ki fè kòmandman Li yo gen bon konprann.
Lwanj Li dire jis pou tout tan!
-
16 Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Men gade, mwen te fè sajès vin grandi e ogmante plis pase tout lòt wa ki te sou Jérusalem avan mwen yo. Wi, panse mwen te obsève anpil richès ak sajès avèk konesans.” 17 Mwen te dirije panse mwen pou konnen sajès e pou konnen sa ki ensanse ak sa ki foli nèt. Konsa, mwen te vin wè ke sa osi se chache kouri dèyè van. 18 Paske nan anpil sajès gen anpil tristès, e nan anpil konesans gen anpil doulè.
-
16 Senyè Bondye a te kòmande lòm nan. Li te di l: “Nan nenpòt sa nan jaden an, ou kapab manje, 17 men sou ab konesans bon avèk mal la, ou pa pou manje li, paske nan jou ke ou manje li, ou va mouri.”
-
22 Alò, SENYÈ Bondye a te di: “Gade byen, lòm nan gen tan vini tankou youn nan Nou, avèk konesans sa ki bon avèk sa ki mal. Koulye a, pou li pa lonje men l, pou pran osi nan ab lavi a, manje l e viv jis pou tout tan—” 23 Pou sa, SENYÈ Bondye a te voye l deyò jaden Eden nan, pou kiltive tè a, nan sila li te sòti a.
24 Alò, Li te pouse lòm nan deyò; epi nan lès jaden Eden nan, Li te estasyone cheriben an avèk nepe ak flanm ki te vire nan tout direksyon pou veye chemen vè ab lavi a.
-
7 Koulye a, O SENYÈ, Bondye mwen an, Ou te fè sèvitè ou wa nan plas a papa m, David, malgre mwen pa plis ke yon timoun. Mwen pa menm konnen kijan pou m antre ni kijan pou m sòti. 8 Sèvitè Ou a nan mitan a pèp ke Ou te chwazi a; yon gran pèp ki twòp menm pou kontwole ni konte. 9 Pou sa, bay sèvitè Ou yon kè ki konprann pou li kab jije pèp Ou a, e distenge byen antre sa ki bon ak sa ki mal. Paske pou gran pèp Ou a, se kilès ki kab jije yo?”
10 Sa te fè plezi nan zye SENYÈ a ke Salomon te mande bagay sa a. 11 Bondye te di li: “Akoz ou te mande bagay sa a, e ou pa t mande pou ou menm lavi ki long, ni richès pou ou menm, ni ou pa t mande pou pran lavi lènmi ou yo, men te mande pou ou menm ta gen kapasite pou konprann lajistis, 12 vwala, Mwen te fè selon pawòl ou yo. Veye byen, Mwen te ba ou yon kè avèk konprann ak sajès, jiskaske nanpwen moun tankou ou ni avan ou, ni p ap genyen yon moun tankou ou k ap vini apre ou.
-
Pou direktè koral la; Yon Sòm David
1 O SENYÈ, Ou te sonde mwen e te konnen mwen.
2 Ou konnen lè m chita ak lè m leve.
Ou konprann panse mwen yo de lwen.
3 Ou konn egzamine chemen mwen fè avèk
kouche mwen, e rekonèt bagay pi entim nan chemen mwen yo.
4 Menm avan mwen gen yon pawòl sou bouch mwen,
Men gade, O SENYÈ, Ou konnen tout li menm.
5 Ou fin antoure mwen ni devan, ni dèyè e
Ou te poze men Ou sou mwen.
6 Konesans konsa twò mèvèye pou mwen.
Li twò wo.
Mwen pa kab rive kote l.
-
6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen. 7 Si nou te konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou. Depi koulye a, nou konnen Li, e wè Li.”
8 Philippe te di Li: “Senyè, montre nou Papa a, epi l ap sifi pou nou.”
9 Jésus te di Li: “Èske Mwen gen tout tan sa a avèk nou, e ou poko vin rekonèt Mwen, Philippe? Sila ki gen tan wè M, gen tan wè Papa a. Kijan ou di: ‘Montre m Papa a?’ 10 Èske ou pa kwè ke Mwen nan Papa a, e Papa a nan Mwen?
“Pawòl ke Mwen pale ou yo, Mwen pa pale pa volonte pa M, men Papa a, ki rete nan Mwen fè travay Li. 11 Kwè Mwen, ke Mwen nan Papa a, e ke Papa a nan Mwen. Oubyen apa de sa, kwè menm akoz zèv mwen yo.
-
28 Konsa, a lòm Li te di:
‘Gade byen, lakrent Senyè a, se sa ki sajès;
epi kite mal, se sa ki bon konprann.’”
-
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;
krent SENYÈ a e vire kite mal.
-
6 Yon mokè chache sajès, e li pa jwenn anyen;
men konesans fasil pou sila ki gen bon konprann nan.
7 Kite prezans a yon moun ensanse,
sinon ou p ap rekonèt pawòl a saj yo.
8 Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li;
men betiz a moun ensanse a se desepsyon.
-
25 Nan lè sa a, Jésus te reponn. Li te di: “Mwen bay Ou glwa, O Papa, Senyè syèl la ak tè a, ke Ou kache bagay sa yo pou saj avèk entèlijan yo pa wè, e Ou te montre yo menm a zanfan yo. 26 Wi Papa, konsa sa te fè plezi nan zye Ou. 27 Papa M fin lonje ban Mwen tout bagay. Pèsòn pa konnen Fis la, sof Papa a; ni pèsòn pa konnen Papa a, sof ke Fis La, ak nenpòt moun ke Fis La vle revele Li menm.
-
19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.
22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo.
-
33 O, pwofondè richès a sajès ak konesans Bondye! A la ensondab Jijman Li ensondab! A la chemen Li yo depase konprann!
34 Paske “Kilès ki konnen panse a Senyè a?”
Oubyen “Kilès ki kapab bay Li konsèy?”
35 Oswa “Kilès ki konn bay Li yon bagay
pou Li kapab repeye li ankò?”
36 Paske soti nan Li, atravè Li, e akoz Li se tout bagay. A Li menm laglwa jis pou tout tan, Amen.
-
20 Kote nonm saj la? Kote skrib la? Kote moun deba a laj sila a? Èske Bondye pa fè sajès a mond lan vin foli? 21 Paske akoz nan sajès Bondye, lemond ak sajès pa li pa t vin konnen Bondye. Konsa, Bondye te byen kontan selon foli a mesaj ki te preche a, pou sove sila ki kwè yo. 22 Paske anverite Jwif yo mande pou sign, e Grèk yo chache sajès; 23 men nou preche Kris krisifye a, pou Jwif yo, yon wòch k ap fè moun bite, e pou pèp etranje yo, yon foli. 24 Men pou sila ki aple yo, ni Jwif, ni Grèk, Kris la se pwisans a Bondye, ak sajès Bondye. 25 Paske foli Bondye a pi saj ke lòm, e feblès Bondye a pi fò ke lòm.
-
28 Nan lè sa a, yo va rele m, men mwen p ap reponn.
Yo va chache mwen avèk dilijans, men yo p ap twouve m,
29 akoz yo te rayi konesans
e pa t chwazi gen lakrent SENYÈ a.
30 Yo te refize konsèy mwen.
Yo te rejte tout repwòch mwen yo.
31 Pou sa, yo va manje fwi a pwòp chemen yo,
e vant yo va vin plen ak pwòp manèv yo.
32 Paske chemen kwochi a moun
san konprann yo va touye yo.
Kè kontan a sila ki plen foli va detwi yo.
33 Men sila ki koute mwen an
va viv ansekirite,
e li va rete alèz san pè malè.”
-
17 Apiye zòrèy ou pou tande pawòl a saj yo;
epi aplike ou a konesans mwen.
18 Paske sa va byen agreyab pou ou
si ou kenbe yo anndan ou, pou yo toujou prè sou lèv ou.
19 Pou konfyans ou kapab nan SENYÈ a,
mwen te enstwi ou jodi a, menm ou menm nan.
20 Èske mwen pa t ekri ou trant bèl bagay,
de konsèy ak konesans yo?
21 Pou fè ou konnen vre pawòl verite yo,
pou ou kab byen reponn sila ki te voye ou a?
-
20 Daniel te di:
“Kite non Bondye vin beni jis pou tout tan,
paske sajès ak pouvwa se pou Li.
21 Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo.
Li retire wa e Li etabli wa.
Li bay sajès a moun saj yo,
e konesans a moun ki gen bon konprann.
22 Se Li menm ki revele sekrè pwofon yo.
Li fè parèt sa ki nan tenèb yo,
e se limyè a ki rete avè L.
23 A Ou menm, O Bondye de papa zansèt mwen yo,
mwen remèsye Ou.
Mwen bay Ou lwanj,
paske Ou te ban mwen sajès ak pouvwa.
Menm koulye a, Ou te fè m konnen sa
ke nou te mande Ou a,
Paske Ou te revele a nou menm pwoblèm a wa a.”
-
1 Nenpòt moun ki renmen disiplin, renmen konesans,
men sila ki rayi korije a, se bèt.
-
6 Paske, Mwen pito mizerikòd olye sakrifis,
epi konesans Bondye a plis ke ofrann brile.
-
31 Konsa, Jésus t ap pale avèk Jwif yo ki te kwè nan Li, “Si nou kontinye nan Pawòl Mwen, anverite, nou se disip Mwen. 32 E nou va konnen laverite a, e verite a va fè nou lib.”
-
9 Men jan sa ekri a:
“Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande,
ki pa janm antre nan kè a lòm;
tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”
10 Paske a nou menm Bondye te revele yo pa Lespri a. Paske Lespri a toujou sonde tout bagay, menm jis nan pwofondè Bondye a. 11 Paske kilès pami lòm ki konnen panse a lòm eksepte lespri a lòm ki anndan li menm nan? Menm jan an, panse a Bondye yo; pèsòn pa konnen yo eksepte Lespri Bondye a. 12 Alò, nou pa resevwa, lespri mond lan, men Lespri ki sòti nan Bondye a, pou nou kapab konnen bagay ke Bondye bannou gratis yo. 13 Sou bagay sa yo nou pa pale ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo. 14 Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye.
-
18 Pa kite pèsòn twonpe tèt li si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.
19 Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: “Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.” 20 Epi ankò: “Senyè a konnen panse a saj yo, ke yo initil.”
-
29 Alò, Bondye te bay Salomon sajès avèk gran kapasite pou fè bon jijman, avèk entèlijans ki te vast tankou sab arebò lanmè. 30 Sajès a Salomon te depase sajès a tout fis a lès yo ak tout sajès an Égypte la. 31 Paske li te pi saj pase tout moun, pase Éthan, Ezrachit la, Héman, Calcol, avèk Darda, fis a Machol yo; epi repitasyon li te nan tout nasyon ki te antoure li yo. 32 Li te osi pale plis ke twa-mil pwovèb e chanson li yo te yon mil senk. 33 Li te pale konsènan pyebwa yo soti nan sèd ki Liban an, jis rive nan izòp ki grandi sou mi an. Li te pale osi de bèt ak zwazo avèk reptil ak pwason. 34 Moun te vini soti nan tout pèp yo pou tande sajès a Salomon, soti nan tout wa sou latè ki te tande afè sajès li a.
-
5 Vin ranmase sajès!
Ranmase bon konprann!
Pa bliye, ni pa vire kite pawòl a bouch mwen yo.
6 Pa abandone li e li va pwoteje ou;
renmen li e li va veye sou ou.
-
31 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda, 32 pa tankou akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a,” deklare SENYÈ a. 33 “Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a:
“Mwen va mete lalwa M anndan yo
e sou kè yo Mwen va ekri l;
epi Mwen va Bondye yo,
e yo va pèp Mwen.
34 “Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li,
e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’
paske yo tout va konnen Mwen,
soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,”
deklare SENYÈ a,
“paske Mwen va padone inikite yo,
e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
-
17 Konsènan kat jennonm sila yo Bondye te bay yo konesans ak entèlijans nan tout pati etid ak sajès yo. Epi Daniel te gen konprann nan tout kalite vizyon ak rèv.
-
3 Sila ki gen bon konprann yo va briye klè tankou ekla a tout syèl la. Epi sila ki mennen anpil moun vè ladwati yo, va brile tankou zetwal jis pou tout tan, e pou tout tan. 4 Men ou menm, Daniel, kache pawòl sila yo, e sele liv la nèt, jis rive nan fen tan yo. Anpil moun va kouri fè ale vini, e konesans va ogmante.”
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.
19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.
20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt.
-
15 “Nou menm nou jije pa lachè, men Mwen p ap jije pèsòn. 16 Men menmsi Mwen jije, jijman Mwen vrè, paske Mwen pa sèl, men Mwen avèk Li menm ki te voye M nan.
17 “Menm nan lalwa pa w la Li te ekri ke temwayaj a de moun vrè. 18 Mwen se Sila ki pote temwayaj pou pwòp tèt Mwen menm, e anplis, Papa a ki te voye M nan pote temwayaj sou Mwen.”
19 Pou sa yo te di Li: “Kote Papa ou?” Jésus te reponn yo: “Nou pa konnen ni Mwen, ni Papa M. Si nou te konnen Mwen, nou ta konnen Papa M tou.”
-
18 Men grandi nan lagras ak konesans Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri.
A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen.
-
9 Soti nan tè a, SENYÈ Bondye a te fè grandi chak ab ki bèl pou gade e ki bon pou manje. Avèk yo nan mitan jaden a te gen ab lavi a, ak ab konesans a sa ki bon ak sa ki mal la.
-
31 Epi li te ranpli li avèk lespri Bondye a, nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo; 32 pou fè desen pou travay an lò ak ajan ak bwonz, 33 anplis nan koupe pyè bijou yo pou monti yo, e pou desen ki fèt an bwa ak tout kalite èv lespri moun.
34 “Li te osi dedye kè l pou enstwi ni li menm, ni Oholiab, fis a Ahisamac la nan tribi Dan nan. 35 Li te ranpli yo avèk kapasite pou fè tout èv a yon gravè, yon desinatè, e yon moun ki fè bwodri avèk twal an ble an mov, an wouj, an twal fen blan, e yon tiseran, kòm atizan nan tout zèv ak fèzè desen.”
-
22 “Jiskilè, O moun san bon konprann yo,
nou va renmen rete san konprann anyen?
Pou mokè yo rejwi yo nan moke moun e
moun san konprann yo rayi konesans?
-
10 Pran konsèy mwen olye ajan,
e konesans olye pi chwa nan lò pi.
-
11 Paske, sajès pi bon ke bijou;
epi tout pi bèl bagay yo p ap kab konpare avè l.
12 Mwen se sajès. Mwen rete avèk bon konprann.
Konsa, mwen fè jwenn konesans ak bon sans.
13 Lakrent SENYÈ a se pou rayi mal,
ansanm ak ògèy, awogans, ak yon bouch pèvès.
14 Konsèy ak bon sajès se pou mwen.
Entèlijans se non mwen. Pouvwa se pa m.
-
2 Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv;
men avèk moun enb lan, se sajès.
-
16 A la bon li pi bon pou resevwa sajès pase lò!
Pito nou jwenn bon konprann pase ajan.
-
23 Achte verite e pa vann li!
Ranmase sajès, enstriksyon ak bon konprann.
-
10 Pa di: “Poukisa jou lontan yo te pi bon pase jodi a”? Paske nanpwen sajès nan kesyon sa a.
11 Sajès ansanm ak eritaj bon, e se yon avantaj pou sila ki konn wè solèy yo. 12 Paske sajès se yon pwotèj, menm ke lajan se yon pwotèj la; men avantaj a bon konprann nan se ke sajès va prezève lavi a sila ki genyen l.
-
1 Yon boujon va vòltije soti nan chouk Jessé a
e yon branch ki sòti nan rasin li, va bay anpil fwi.
2 Lespri SENYÈ a va poze sou Li,
lespri a sajès ak bon konprann,
lespri a konsèy ak pwisans lan,
lespri a konesans ak lakrent SENYÈ a.
-
16 Pou sa, Jésus te reponn yo e te di: “Lenstriksyon pa M se pa pa M, men se pou Li menm ki te voye M nan.
17 “Si nenpòt moun dakò pou fè volonte L, l ap konnen enstriksyon an, si Li sòti nan Bondye, oubyen si Mwen pale pou kont Mwen. 18 Sila ki pale pou kont li chache pwòp glwa pa li, men Sila k ap chache glwa a Sila ki te voye L la; Li menm se verite, e pa gen linikite nan Li.
-
1 Si mwen pale avèk lang a lèzòm ak zanj yo, men mwen pa gen lanmou, mwen tankou yon klòch k ap fè gwo bwi oubyen yon senbal k ap sone. 2 Si m gen don pwofesi, e konnen tout mistè ak tout konesans; epi si mwen gen tout lafwa, kòmsi pou m ta kapab deplase mòn yo, men mwen pa gen lanmou, mwen pa anyen.
-
14 Paske Li menm, Li se lapè nou, ki te fè de gwoup sa yo vin yon sèl, e ki te kraze baryè miray divizyon an, 15 lè L te aboli nan lachè Li, rayisman ki se lalwa kòmandman yo ki te nan tout règ yo, pou nan Li menm, Li ta kapab fè ak de pèp sa yo, yon sèl òm tounèf e konsa etabli lapè. 16 Konsa, Li ta kapab rekonsilye yo toulède nan yon sèl kò pou Bondye atravè lakwa a, ki te mete rayisman sa a lanmò. 17 “Epi Li te vin preche lapè a nou ki te byen lwen an, e lapè a sila ki te touprè yo.” 18 Paske atravè Li menm, nou toulède gen aksè nan yon sèl Lespri a Papa a.
-
9 Mwen priye konsa, pou lanmou nou kapab ogmante ankò plis toujou nan vrè konesans, avèk tout bon jijman. 10 Pou nou kapab vin dakò avèk bagay ki ekselan, pou nou kapab rete sensè e san fot jiska jou a Kris la;
-
6 Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje. 7 Zye a toude te vin louvri, e yo te vin konnen ke yo te toutouni. Pou sa, yo te koud fèy pyebwa ansanm e yo te fè pou yo menm yon tabliye.
-
12 Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo,
pou nou kab ofri Ou yon kè ki plen sajès.
-
13 Sou lèv a moun ki konn disène, nou twouve sajès;
men gen baton pou do a sila ki manke konprann nan.
14 Moun saj yo ranmase konesans;
men ak bouch moun fou a, destriksyon an toupre.
-
33 Lakrent SENYÈ a se enstriksyon ki bay sajès;
avan onè, fòk imilite.
-
13 Fis mwen, manje siwo myèl, paske li bon;
wi, siwo sòti nan nich lan dous pou goute.
14 Konnen ke sajès se konsa pou nanm ou;
si ou twouve li, va gen yon avni, e espwa ou p ap anile.
-
5 SENYÈ a leve wo, paske se anwo ke Li rete.
Li te ranpli Sion ak jistis ak ladwati.
6 Se Li k ap fè tan pa nou estab, richès a delivrans, sajès ak konesans.
Lakrent SENYÈ a se trezò ou.
-
23 Alò, lè L te nan Jérusalem, nan Pak Jwif la, pandan fèt la, anpil te kwè nan non Li, paske yo te wè sign ke Li t ap fè yo.
24 Men Jésus, pou pati pa L, pa t fè yo konfyans paske Li te konnen tout moun. 25 Konsa, Li pa t bezwen pèsòn pou bay temwayaj sou lòm, paske li te konnen Li menm sa ki te nan lòm.
-
16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
-
3 Sa bon e akseptab nan zye Bondye, Sovè nou an, 4 ki dezire pou tout moun vin sove e vini a konesans a verite a.
-
20 O Timothée, gade byen sa ki konfye a ou menm nan, e evite pale pawòl mond lan, pawòl vid e san sans, ak tout diskou fo pawòl yo rele “konesans” lan, 21 ke kèk moun te pwofese, e konsa yo te vin egare kite lafwa.
Ke lagras avèk nou. Amen.
-
1 Pitit mwen yo, m ap ekri nou bagay sa yo pou nou pa peche. Si nenpòt moun peche nou gen yon avoka avèk Papa a, Jésus Kri sila ki dwat la. 2 Se Li menm ki sakrifis ekspiyatwa a pou peche nou yo, non sèlman pou nou, men pou tout lemonn lan.
3 Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo. 4 Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li. 5 Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li: 6 Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.
-
4 “Tande, O Israël! SENYÈ a se Bondye nou. SENYÈ a se youn! 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.
-
3 “Pa pale kè anfle ankò,
pa kite awogans sòti nan bouch ou.
Paske SENYÈ a se yon Bondye avèk konesans,
e avèk Li, tout zak yo peze nan balans.
-
12 Sajès rete ak granmoun;
yon lavi ki long gen bon konprann.
13 “Avèk Bondye se sajès ak pwisans.
A Li menm se konsèy avèk bon konprann.
-
12 “Men se kibò yo twouve sajès?
Epi kibò yo jwenn sajès la?
13 Lòm pa konnen valè li,
ni valè li pa kab twouve nan peyi
moun vivan yo.
14 Labim nan di: “Li pa nan mwen”.
Lanmè a di: ‘Li pa bò kote m’.
15 Lò pi pa egal ak valè l,
ni ajan pa kab peze kon pri li.
16 Valè li pa kab konpare ak lò Ophir,
oswa oniks presye, oswa safì.
17 Ni lò ni vit pa egal avè l,
ni li pa kab fè echanj pou bagay ki fèt an lò fen.
-
21 “Paske zye Li sou chemen a yon nonm.
Li wè tout pa li fè.
-
7 Men sa ki kòmansman sajès la:
Ranmase sajès!
Epi avèk sa ou rasanble a,
chache bon konprann.
-
10 Ògèy pa pote anyen sof ke konfli;
men sajès rete ak sila ki resevwa konsèy yo.
-
7 Lèv a moun saj yo gaye konesans;
men se pa konsa ak kè moun ensansib yo.
-
15 Gen lò ak tout kalite bijou;
men lèv plen konesans se pi bèl bagay.
-
24 Nanpwen anyen pi bon pou yon nonm, ke manje, bwè, e di tèt li, ke travay li a bon. Sa a mwen konn wè tou, ke li sòti nan men Bondye. 25 Paske se kilès ki ka manje, e kilès ki ka jwenn plezi li plis pase m? 26 Paske a yon nonm ki bon nan zye Bondye, Li te bay sajès, konesans ak lajwa; men a pechè a, Li te bay tach ranmase ak rasanble pou li kab bay a sila ki bon nan zye Bondye a. Sa anplis se vanite ak kouri dèyè van.
-
13 Sa osi, mwen te vin konprann kon sajès anba solèy la, e li te etone panse m. 14 Te gen yon ti vil ak kèk grenn moun ladann. Yon gran wa te parèt sou li, te antoure li, e te konstwi zam syèj kont li. 15 Men te twouve ladann yon malere byen saj; li te delivre vil la avèk sajès li. Men pa t gen pèsòn ki te sonje moun malere sila a. 16 Konsa mwen te di: “Sajès pi bon pase pwisans.” Men sajès a malere a meprize, e pou pawòl li, pèsòn pa tande yo. 17 Pawòl a saj k ap koute lè tout bagay kalm pi bon pase vwa chèf k ap rele fò nan mitan moun ensanse. 18 Sajès pi bon ke zam lagè; men yon sèl pechè detwi anpil ki bon.
-
9 Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an,
paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a,
tankou dlo kouvri lanmè a.
-
5 Avan Mwen te fòme ou nan vant, Mwen te konnen ou,
e avan ou te fèt mwen te konsakre ou.
Mwen te deziye ou kon yon pwofèt a nasyon yo.
-
23 Konsa pale SENYÈ a:
“Pa kite yon nonm saj vin ògeye nan sajès li.
Pa kite yon nonm pwisan vin ògeye nan fòs li,
ni yon nonm rich vin ògeye nan richès li.
24 Men kite sila ki vin ògeye a, vin ògeye nan sa;
ke li gen konprann, e li rekonèt Mwen,
ke Mwen se SENYÈ a,
ki aji nan lanmou dous, jistis,
ak ladwati sou latè a;
paske Mwen pran gwo plezi nan bagay sa yo,” deklare SENYÈ a.
-
7 “Lè nou ap priye, pa itilize anpil mo vag, e san sans jan payen yo konn fè a; paske yo sipoze ke lapriyè yo ap tande akoz anpil mo. 8 Men pa fè tankou yo; paske Papa nou konnen kisa nou bezwen menm avan nou mande Li.
-
22 Anpil ap di Mwen nan jou sa: ‘Senyè, Senyè, èske nou pa t pwofetize nan non Ou? Èske nan non Ou, nou pa t chase move lespri yo e nan non Ou, nou pa t fè anpil mirak?’ 23 Konsa, nan moman sa a, M ap deklare: ‘Mwen pa t janm konnen nou. Kite Mwen, nou tout ki pratike lenjistis.’
24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch. 25 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la, men li pa t tonbe paske fondasyon li te sou wòch. 26 Tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen pale yo, e ki pa aji sou yo, y ap tankou yon moun sòt. Li te bati kay li sou sab. 27 Lapli te tonbe, inondasyon te vini, van te soufle e te frape kont kay la. Li te tonbe, e tonbe sa a te byen gwo.”
-
17 Men Li te konnen panse yo. Li te di yo: “Nenpòt wayòm ki divize kont tèt li va detwi. E yon kay divize kont tèt li ap tonbe.
-
3 Epi tout moun ki gen espwa sa sou Li, vin pi li menm, menm jan ak Li.
4 Epi tout moun ki pratike peche, transgrese lalwa. Peche a se transgresyon lalwa. 5 Nou konnen ke Li te parèt pou Li ta kapab retire peche yo, epi nan Li pa gen peche. 6 Okenn moun ki rete nan Li pa peche, men okenn moun ki viv nan peche pa t wè Li, ni yo pa konnen Li.
7 Timoun yo, pa kite pèsòn twonpe nou. Sila ki pratike ladwati a jis, menm jan ke Li jis la. 8 Men sila ki pratike peche a se dyab la, paske dyab la te peche depi kòmansman an. Fis a Bondye a te parèt pou rezon sila, ke Li ta kapab detwi zèv a dyab yo.
Shows Read in context, Share and Copy.