109 Bible Verses About Lies
Bib Sen An (BSA)
-
43 “Poukisa nou pa konprann sa ke M ap di a? Se paske nou pa kapab tande pawòl Mwen.
44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.
45 “Men akoz ke Mwen pale laverite, nou pa kwè M. 46 Kilès nan nou ki gen prèv ke M peche? Si Mwen pale laverite, poukisa nou pa kwè M?
47 “Sila ki se pou Bondye, tande pawòl a Bondye. Men nou pa tande, paske nou pa pou Bondye.”
-
17 Sila ki pale verite a pale sa ki dwat;
men yon fo temwen twonpe.
18 Genyen yon moun ki pale san pridans
tankou sila k ap goumen ak nepe yo;
men lang a saj la pote gerizon.
19 Lèv verite yo va etabli pou tout tan;
men lang ki bay manti a rete pou yon moman.
20 Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo;
men konseye lapè yo gen jwa.
21 Nanpwen mal ki rive moun dwat yo;
men mechan yo plen ak twoub.
22 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;
men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.
-
8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou. 9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li.
-
17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, 18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di. 19 Konsa yo menm, ki te vin ensansib, te livre tèt yo a tout sansyalite, pou pratike tout kalite salte, e yo te vin voras. 20 Men nou pa t aprann Kris nan fason sa a, 21 si vrèman nou te menm tande Li e te enstwi nan Li, jis nou konnen verite a se nan Jésus. 22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, 23 epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, 24 pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.
25 Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt.
-
7 Sila ki venkè a va eritye bagay sa yo. Mwen va Bondye Li e li va fis Mwen.
8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”
-
16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;
wi sèt menm ki abominab devan l:
17 Zye ògeye, yon lang k ap bay manti,
avèk men ki vèse san inosan,
18 Yon kè ki divize plan mechan yo,
pye ki kouri vit pou jwenn mal,
19 Yon fo temwen ki bay manti,
ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.
20 Fis mwen an, swiv lòd a papa ou
e pa abandone enstriksyon manman ou.
-
16 Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.
-
1 Men yon sèten mesye ke yo te rele Ananias ak Saphira, madanm li, te vann yon mòso tè. 2 Men li te kenbe yon pati nan pri a pou li menm, avèk konesans madanm li. Konsa, li te pote yon sèten pati, e te mete l nan pye apòt yo.
3 Men Pierre, te di: “Ananias, poukisa Satan ranpli kè ou pou bay manti a Lespri Sen an e pou kenbe yon pati nan pri tè a an kachèt. 4 Pandan li te rete pa t vann nan, èske li pa t nan men ou? E lè li te fin vann nan, èske li pa t toujou sou kontwòl pa w? Poukisa ou kalkile bagay sa a nan kè ou? Se pa a moun ke ou bay manti a, men a Bondye.”
5 Ananias, lè l te tande bagay sa yo, te tonbe atè e te respire dènye souf li. Yon gwo laperèz te vini sou tout sila ki te tande bagay sa yo.
-
11 “‘Nou pa pou vòlè, ni twonpe, ni manti youn ak lòt.
12 “‘Nou pa pou fè fo sèman nan non Mwen pou degrade non a Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.
-
13 Mwen se Alfa a ak Omega a, premye a ak dènye a, kòmansman an ak lafen an.”
14 Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.
15 Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.
-
23 Tankou veso ki fèt ak tè ki kouvri ak yon kouch ajan,
se konsa lèv ki brile ak yon kè ki mechan.
24 Yon nonm malonèt, kache sa pou l pa parèt sou lèv li;
men nan kè l, li fè depo desepsyon.
25 Lè l pale byen dous, pa kwè l;
paske, gen sèt abominasyon nan kè l.
26 Malgre rayisman kouvri kò l ak riz,
mechanste li va devwale devan asanble a.
27 Sila ki fouye fòs la va tonbe ladann,
e sila ki woule wòch la, sou li menm l ap retounen.
28 Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo,
e zèv a lang flatè a se dega.
-
6 Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m.
Sila ki mache nan chemen san fot la, se li menm
ki va sèvitè mwen.
7 Sila ki pratike manti p ap rete lakay mwen.
Sila ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m.
8 Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo,
Pou m kab koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.
-
1 Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”
2 Fanm nan te di a sèpan an: “Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo; 3 men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.”
4 Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!” 5 Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.
6 Lè fanm nan te wè ke pyebwa a te bon pou manje, ke li te yon plezi devan zye li, ke li te byen itil pou vin saj, alò li te pran nan fwi a pou li te manje; epi li te bay osi a mari li ansanm avèk li, pou li te manje. 7 Zye a toude te vin louvri, e yo te vin konnen ke yo te toutouni. Pou sa, yo te koud fèy pyebwa ansanm e yo te fè pou yo menm yon tabliye.
-
4 Paske Ou se pa yon Bondye ki gen plezi nan mechanste.
Nanpwen mal ki rete avèk Ou.
5 Sila ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou.
Ou rayi tout sila ki fè inikite yo.
6 Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo.
SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san,
ki twonpe moun.
-
9 Yon fo temwen pa prale san pinisyon;
epi sila ki bay manti a, va peri.
-
8 Men nou konnen ke Lalwa bon, si yon moun itilize li nan yon fason lejitim. 9 Reyalize ke Lalwa pa fèt pou yon nonm ki dwat, men pou sila ki san prensip e ki rebèl yo, pou sila ki san Bondye ak pechè yo, pou sila ki pa sen ak mechan yo, pou sila ki touye papa oswa manman yo, pou asasen yo, 10 epi pou moun imoral ak moun k ap mennen vi gason ak gason, fanm ak fanm yo, e sila ki fè komès esklav ak mantè yo, e sila ki bay fo temwayaj ak tout lòt kalite bagay ki kontrè a bon doktrin yo, 11 selon levanjil laglwa Bondye ki beni an, li menm ke yo te konfye m nan.
-
1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho;
-
27 P ap gen anyen ki pa pwòp. Moun ki pratike abominasyon ak manti p ap janm antre ladann, men sèlman sila ke non yoekri nan liv lavi a Jèn Mouton an.
-
5 Yon nonm dwat rayi sa ki fo;
men zak mechan yo degoutan e fè gwo wont.
-
19 Michée te di: “Pou sa, tande pawòl SENYÈ a. Mwen te wè SENYÈ a te chita sou twòn Li e tout lame syèl la te kanpe akote Li adwat Li e agoch Li. 20 SENYÈ a te di: ‘Kilès k ap sedwi Achab pou ale monte e tonbe Ramoth-Galaad?’ Epi youn te di sesi e youn te di sela.”
21 Alò, yon lespri te parèt devan SENYÈ a e te di: “Mwen va sedwi li.”
22 SENYÈ a te di li: “Kijan?”
Epi li te reponn: “Mwen va sòti deyò pou devni yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt li yo.”
Epi Li te di: “Ou gen non sèlman pou sedwi li, men pou vin genyen li nèt. Ale fè sa.” 23 “Alò, pou sa, gade byen, SENYÈ a te mete yon lespri twonpè nan bouch a tout pwofèt pa ou yo; epi SENYÈ a te pwoklame dega nèt kont ou.”
-
1 O ke tèt mwen te dlo,
e ke zye m yo te yon fontèn dlo,
pou m ta ka kriye lajounen kon lannwit
pou lanmò a fi a pèp mwen an!
2 O ke m ta gen nan dezè a,
yon plas pou moun k ap vwayaje rete,
pou m ta ka sòti nan mitan pèp mwen an.
Pou m kite yo nèt!
Paske yo tout se adiltè, yon bann moun trèt.
3 “Yo koube lang yo konsi se banza pou tire ak fo prensip.
Yo fò nan peyi a, men pa pou verite a.
Yo kite yon kalite mal pou antre nan yon lòt,
e yo pa rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
4 “Fòk chak byen veye kont vwazen li,
pou l pa mete konfyans nan okenn frè;
akoz tout frè yo aji nan koken,
e tout vwazen yo ap voye kout lang.
5 Yo tout pase vwazen parèy yo nan rizib.
Yo refize pale verite.
Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti;
yo vin fatige nèt nan fè inikite.
6 Abitasyon ou se nan mitan desepsyon.
Nan desepsyon yo refize rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.
-
5 Yon temwen fidèl p ap bay manti;
men yon fo temwen pale manti.
-
6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.
-
10 Paske:
“Sila ki dezire lavi a,
pou renmen e wè anpil jou ki bon,
dwe gade lang li kont sa ki mal
e lèv li kont bay manti.
11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;
kite li chache lapè e pouswiv li.
12 Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo,
e zòrèy Li atantif a lapriyè yo;
men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”
-
3 Mechan yo pèvès depi nan vant.
Sila ki bay manti yo fè move wout depi nesans yo.
-
4 Yon malfektè koute lèv mechan yo;
yon mantè prete atansyon a yon lang k ap detwi.
-
1 Gade byen, men SENYÈ a pa tèlman kout
pou l pa ka sove;
ni zòrèy Li pa di pou l pa ka tande.
2 Men se inikite nou yo ki fè nou separe ak Bondye nou an,
e se peche nou yo
ki te kache figi Li de nou menm, pou Li pa tande.
3 Paske men nou souye ak san vèse,
e dwèt nou ak inikite.
Lèv nou fin pale sa ki fo,
e lang nou plenyen mechanste.
4 Nanpwen moun ki fè pwosè ak dwati,
ni ki fè plent ak entegrite.
Yo mete konfyans nan vanite,
e yo pale manti.
Yo simen mal e yo rekòlte mechanste.
-
4 Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li. 5 Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li: 6 Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.
-
31 Konsa, Jésus t ap pale avèk Jwif yo ki te kwè nan Li, “Si nou kontinye nan Pawòl Mwen, anverite, nou se disip Mwen. 32 E nou va konnen laverite a, e verite a va fè nou lib.”
-
12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen
jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?
13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal,
e lèv ou pou pa bay manti.
-
163 Mwen rayi tankou bagay abominab, tout sa ki fo.
Men lalwa Ou a, mwen renmen l nèt.
-
18 Sila ki kache rayisman an gen lèv k ap bay manti;
e sila ki gaye difamasyon an se yon moun fou.
19 Lè gen anpil pawòl, transgresyon pa kab evite;
men sila ki frennen lèv li gen sajès.
-
5 Yon fo temwen pa prale san pinisyon;
e sila ki fè manti a, p ap chape.
-
8 Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan. 9 Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, sign, ak fo mirak, 10 epi avèk tout desepsyon mechanste pou sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou a verite a, jis pou yo ta kapab sove.
11 Pou rezon sa a, Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, 12 pou yo tout ki pa t kwè nan verite a, men ki te pran plezi nan mechanste, kapab jije.
-
7 Bèl diskou pa byen koresponn ak yon moun ki ensanse,
bokou mwens lèv k ap manti sou yon prens.
-
6 Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti
se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.
-
Pou direktè koral la; sou enstriman ak fil yo; yon sòm David
1 Reponn mwen lè m rele Ou, O Bondye ladwati mwen;
Ou te fè m pran souf nan gran twoub mwen an.
Fè m gras e tande lapriyè mwen.
2 O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch?
Jiskilè ou va renmen sa ki san valè
e tante twonpe moun? Tan
3 Men konnen ke SENYÈ a te mete nonm Bondye a apa pou Li menm.
SENYÈ a tande lè m fè apèl Li.
4 Tranble, men pa fè peche.
Reflechi nan kè ou sou kabann ou, e rete kalm. Tan
-
2 Lang ou envante destriksyon,
tankou yon razwa ki file, plen desepsyon.
3 Ou renmen mechanste plis pase sa ki bon.
Fo bagay plis pase pale verite a.
4 Ou renmen tout pawòl ki devore,
yon lang mantè.
5 Men Bondye va kase fè ou desann nèt;
Li va kenbe ou byen vit e chire fè ou
sòti nan tant ou an,
Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo. Tan
-
1 Koute pawòl SENYÈ a, O fis a Israël yo,
paske SENYÈ a gen yon pwosè kont pèp peyi a:
Anverite, nanpwen fidelite, ni dousè, ni konesans Bondye nan peyi a.
2 Gen joure ak madichon, vyole konfyans,
asasine moun, vòlè, fè adiltè.
Yo aji ak vyolans jiskaske yo vèse san,
e vèse san fè san vèse plis.
-
16 Sa yo se bagay ke nou va fè yo: pale verite a youn lòt, egzekite jijman pou laverite ak lapè nan pòtay nou yo. 17 Anplis, ke pèsòn nan nou pa fè plan mal nan kè li kont pwochen li, ni pa renmen fo sèman nan jijman. Paske tout sa yo se bagay ke M rayi,” deklare SENYÈ a.
-
17 Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman. 18 Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an.
-
9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.
19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.
20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt. 21 Men sila ki aji nan verite a, ap vini vè limyè a, pou zèv li yo kapab parèt kon zèv ki te fèt pa Bondye.”
-
3 Pou jiskilè, nou va atake yon nonm?
Alò, èske nou ta touye li, nou tout,
tankou yon miray k ap panche?
Tankou yon kloti k ap kraze?
4 Yo plen entansyòn pou pouse li soti nan wo pozisyon li.
Yo pran plezi nan tout sa ki fo.
Yo beni avèk bouch yo, men anndan yo bay madichon.
-
29 Retire sou mwen fo chemen an e
ban mwen gras nan lalwa Ou a.
30 Mwen te chwazi chemen fidèl Ou a.
Mwen te mete òdonans Ou yo devan m.
-
8 Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen.
Pa ban m richès ni povrete.
Nouri mwen ak manje ki se pòsyon pa m nan,
9 pou m pa vin plen e refize rekonèt Ou
pou di: ‘Se kilès ki SENYÈ a?’
oswa, pou m ta manke, vin vòlè
e fè yon gwo wont sou non Bondye mwen an.
-
13 Retay Israël la p ap fè okenn inikite, ni yo p ap bay manti, ni yon lang twonpe moun p ap twouve nan bouch yo. Paske yo va manje, e kouche, e pèsòn moun p ap fè yo pè.”
-
20 Nou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen nou.
-
22 Li te di: “Tout bagay byen. Mèt mwen an voye mwen. Li te di: ‘Gade byen, soti koulye a, de jenn mesye ki pami fis a pwofèt yo te vin kote mwen soti nan peyi ti mòn Ephraïm yo. Souple, ba yo yon talan ajan ak de echanj konplè nan vètman yo.’”
23 Naaman te di: “Avèk plezi, pran de talan yo.” Epi li te ankouraje li. Li te mare de talan ajan yo nan de sak avèk de echanj konplè nan rad yo, e li te bay yo a de sèvitè li yo, epi yo te pote yo devan li. 24 Lè li te rive kote ti mòn nan, li te pran yo soti nan men yo, li te mete yo nan kay la, li te voye mesye yo ale e yo te pati. 25 Men li te antre ladann e te kanpe devan mèt li. Konsa, Elisée te di li: “Kote ou te ye Guéhazi?”
Li te reponn: “Sèvitè ou a pa t ale okenn kote non.” 26 Epi li te di l: “Èske kè m pa t sòti lè mesye a te vire kite cha li pou vin rankontre ou a? Èske sa se lè pou resevwa lajan, pou resevwa rad, chan doliv avèk chan rezen, avèk mouton ak bèf ak sèvitè avèk sèvant? 27 Pou sa, lalèp Naaman an ap kole sou ou avèk desandan ou yo jis pou tout tan.”
Konsa, li te kite prezans li kon yon lèp blan tankou lanèj.
-
Yon sòm David
1 O SENYÈ, se kilès ki kab rete nan tant Ou?
Kilès ki kab demere sou mòn sen Ou an?
2 Sila ki mache nan entegrite a e ki fè zèv ladwati yo;
li ki pale verite a nan kè li a;
3 ki pa fè kout lang sou lòt,
ni fè vwazen li mal,
ni patisipe nan fè repwòch kont zanmi li;
-
22 Sa ki dezirab nan yon nonm se yon kè ki dous.
Pito yon nonm ta malere pase li ta yon mantè.
23 Lakrent SENYÈ a dirije a lavi pou fè moun dòmi
ak kè satisfè, san kontamine ak mal.
-
22 Kilès k ap manti, sòf ke li menm ki demanti ke Jésus se Kris la. Sila se antikris la, sila ki refize Papa a ansanm ak Fis la. 23 Sila ki demanti Fis la pa gen Papa a. Sila ki konfese Fis la, anplis, gen Papa a.
-
11 Li te rive ke lè li te rive toupre Égypte, li te di a Saraï, madanm li: “Gade, mwen konnen ke ou se yon fanm ki tèlman bèl! 12 Lè Ejipsyen yo wè ou, yo va di: ‘Sa se madanm li.’ Konsa, yo va touye mwen, men yo va kite ou viv. 13 Souple, di ke se sè mwen ou ye, pou sa ale byen pou mwen, e pou mwen kapab viv akoz ou menm.”
14 Li te vin rive ke lè Abram te antre Égypte, ke Ejipsyen yo te wè ke fanm nan te byen bèl. 15 Ofisyèl Farawon yo te wè li e te pote lwanj li bay Farawon. Konsa, yo te pran fanm nan fè l antre lakay Farawon an.
-
15 Alò wa Égypte la te pale avèk fanm saj Ebre yo. Youn nan yo te rele Schiparaavèk, e lòt la yo te rele Pua. 16 Li te di yo: “Lè nou ap ede fanm Ebre yo akouche, e wè yo sou chèz doulè a, si se yon gason, nou va mete l a lanmò; men si se fi, li va viv.”
17 Men fanm saj yo te pè Bondye, yo pa t fè jan wa Égypte la te kòmande yo a, men yo te kite gason yo viv.
18 Epi wa Égypte la te rele fanm saj yo. Li te di yo: “Poukisa nou te fè bagay sa a, e kite gason yo viv la?”
19 Fanm saj yo te di a Farawon: “Akoz fanm Ebre yo pa tankou fanm Ejipsyen yo. Yo gen anpil fòs, e yo akouche pitit yo avan ke fanm saj la rive kote yo.”
20 Alò Bondye te bay gras a fanm saj yo. Konsa, pèp Ebre a te vin miltipliye e te vin trè fò. 21 Akoz fanm saj yo te krent Bondye, Li te bay yo gran fanmi yo.
-
19 Bondye se pa yon nonm ke li ye
pou L ta bay manti,
ni fis a yon nonm pou L ta repanti.
Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vre?
-
9 Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo.
Nanpwen lasante ladann.
Se kilès ki ka konprann li?
10 “Mwen, SENYÈ a, Mwen sonde kè;
Mwen pase panse a leprèv,
pou M ka menm bay a chak moun selon chemen pa li,
selon fwi a zèv li yo.”
-
14 Osi, pami pwofèt Jérusalem yo, Mwen te wè yon move bagay:
Zak adiltè, e yo mache nan sa ki fo.
Yo ranfòse men a malfektè yo,
pou okenn moun pa vire kite mechanste li.
Yo tout vin pou Mwen tankou Sodome
e abitan li yo kon Gomorrhe.
-
4 A la beni se nonm ki mete konfyans li nan SENYÈ a,
e ki pa t vire vè moun ògèy yo,
ni a sila ki vin vire nan sa ki fo yo.
-
2 Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon,
de lang ki plen manti yo.
-
32 Gade byen, Mwen kont sila ki te fè pwofesi fo rèv” deklare SENYÈ a: “E ki te repete yo pou egare pèp Mwen yo ak manti yo, ak ògèy san kontwòl yo, malgre se pa Mwen ki te voye yo, ni kòmande yo. Ni yo pa founi okenn benefis pou pèp sa a,” deklare SENYÈ a.
-
18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.
19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay. 20 Se bagay sa yo ki kontamine yon moun, men manje san lave men pa kapab kontamine yon moun.”
-
14 Men si nou gen jalouzi, fache ak anbisyon pèsonèl nan kè nou, pa vin awogan, epi bay manti kont verite a.
-
9 Alò, SENYÈ a te di a Cain: “Kote frè ou a, Abel?” Epi li te di: “Mwen pa konnen. Èske mwen se gadyen frè m nan?”
-
18 Konsa, li te vini kote papa l, e te di: “Papa m.”
Epi li te di: “Men mwen. Kilès ou ye, fis mwen?”
19 Jacob te di a papa l: “Mwen menm se Ésaü, premye ne ou a. Mwen te fè sa ou te mande m nan. Leve, souple, e chita pou manje nan jibye mwen an, pou nanm ou kapab beni mwen.”
-
25 Yon vre temwen sove lavi a moun;
men sila ki pale manti pase moun nan betiz.
-
1 Malè a vil sanglan an! Li plen nèt ak manti ak piyaj. Viktim li yo san fen.
-
3 Answit kisa? Si kèk pa t kwè, enkwayans pa yo p ap chanje fidelite Bondye anvè yo. Se pa sa? 4 Ke sa pa janm fèt! Olye de sa, annou ensiste ke Bondye toujou vrè, malgre tout moun se mantè, jan sa ekri a: “Ke Ou kapab jistifye nan pawòl Ou yo, e Ou kapab gen rezon lè Ou jije.”
-
12 Sarah te ri a tèt li, e te di: “Lè m gen tan fin vye a, èske m ap gen plezi, e mari mwen ki vye tou?”
13 Epi SENYÈ a te di Abraham: “Poukisa Sara te ri, e t ap di: ‘Èske vrèman mwen va fè yon pitit lè mwen fin vye a?’
14 “Èske gen anyen ki twò difisil pou SENYÈ a? Nan lè chwazi a, mwen va retounen a nou menm, nan lè sa a, lane pwochèn, e Sarah va gen yon fis.”
15 Sarah te demanti sa, e te di: “Mwen pa t ri non”; paske li te pè. Epi Li te di: “Non, men ou te ri.”
-
6 Konsa, Isaac te viv Guérar.
7 Lè mesye yo nan plas la te mande li de madanm li, li te di: “Li se sè mwen,” paske li te pè pou di “madanm mwen” akoz li te panse: “mesye yo nan zòn sa a ta kapab touye mwen pou Rebecca, paske li bèl.”
8 Li te rive lè li te rete la pandan anpil tan, ke Abimélec, wa Filisten yo t ap gade nan yon fenèt, e gade, li te wè Isaac ki t ap karese madanm li, Rebecca. 9 Alò, Abimélec te rele Isaac e te di: “Gade sa, vrèman li se madanm ou! Kòman ou te fè di mwen: ‘Li se sè mwen’”?
Isaac te di li: “Akoz ke mwen te di: ‘Mwen ta kapab mouri akoz li.’”
10 Abimélec te di: “Kisa ke ou te fè nou la a? Yon moun nan pèp la ta kapab fasilman vin kouche avèk madanm ou, e ou t ap fè nou vin koupab pou peche sa a.”
11 Konsa, Abimélec te bay tout pèp la lòd, e te di: “Moun ki touche mesye sa a, oswa madanm li, asireman va mete a lanmò.”
-
12 Si gouvènè a prete atansyon a manti,
tout minis li yo va vin mechan.
-
33 “Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: ‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’. 34 Men Mwen di nou: Pa sèmante menm, ni pa syèl la, paske se twòn Bondye li ye; 35 ni pa tè a, paske se kote Li mete pye Li, ni pa Jérusalem, paske se Gran Vil a Gran Wa a. 36 Ni nou pa pou sèmante sou tèt nou paske nou pa kapab fè menm yon grenn cheve vin blan, ni nwa. 37 Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.
-
17 Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.
-
2 “Mwen konnen zèv nou yo, travay di nou an, ak pèseverans nou, ke nou pa kapab tolere moun mechan, e nou te pase an eprèv sa yo ki rele tèt yo apòt, lè l pa t vrè, epi te twouve yo fo.
-
1 Ou pa pou pote yon fo rapò. Pa jwenn men ou avèk yon moun mechan pou devni yon move temwen.
2 Ou pa pou swiv foul la nan fè mechanste, ni ou pa pou fè temwen nan yon pwosè k ap vire pou swiv foul la pou ou kapab fè lajistis vin konwonpi.
-
6 Men vwala, Ou vle verite a menm nan pati anndan m nèt.
Nan pati kache anndan m, Ou va fè m konnen sajès.
-
23 Men Ou menm, O Bondye, va rale yo desann nan fòs destriksyon an.
Moun ki vèse san e ki bay manti
p ap rive fè mwatye nan jou yo.
Men mwen menm va mete konfyans nan Ou.
-
28 Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz,
e pa bay manti ak lèv ou.
-
6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a.
-
21 Mwen pa t ekri nou akoz nou pa konnen verite a, men paske nou konnen li, epi akoz ke okenn manti pa janm sòti nan laverite a.
-
31 Konsa, yo te pran vètman Joseph la, yo te kòche yon mal kabrit, e yo te tranpe vètman an nan san an. 32 Yo te voye vètman anpil koulè a pote li bay papa yo e yo te di: “Nou te twouve sa a. Souple, gade l byen e wè si se vètman a fis ou a oswa non.”
33 Li te egzamine li e te di: “Se vètman fis mwen an. Yon bèt sovaj gen tan devore li. Joseph vrèman gen tan chire an mòso!”
34 Alò, Jacob te chire rad li, li te mete twal sak nan ren li, e li te pase anpil jou ap lamante pou fis li a. 35 Alò, tout fis li yo, ak tout fi li yo te leve pou konsole li, men li te refize konsole. Epi li te di: “Vrèman mwen va desann kote fis mwen an, kote sejou mò yo ak lamante pou fis mwen an.” Epi papa li te kriye pou li.
-
2 Kon Bondye viv la, ki te retire dwa m,
Toupwisanki te fè m gen nanm anmè a,
3 paske tan lavi toujou nan mwen.
Souf Bondye la nan nen m.
4 Lèv mwen, anverite, p ap pale sa ki pa dwat,
ni lang mwen pa p pale manti.
5 Fòk se lwen m pou m ta bay ou rezon.
Jiskaske m mouri, mwen p ap lage entegrite m.
-
3 Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?
Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an?
4 Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,
ki pa leve nanm li vè sa ki fo,
ni ki pa fè fo temwayaj.
5 Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a,
ak ladwati soti nan Bondye delivrans li an.
-
11 Mwen te di nan mitan gwo twoub mwen yo:
“Tout moun se mantè”.
-
5 “Tout pawòl Bondye pase a leprèv;
Li se yon boukliye pou sila ki kache nan Li yo.
6 Pa ogmante sou pawòl Li yo,
oswa Li va repwoche ou
e ou va fè prèv ke se yon mantè ou ye.
-
22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo. 24 Konsa Bondye te livre yo a konvwatiz kè yo ak tout sa ki pa pwòp, pou kò yo te kapab dezonore pami yo menm. 25 Paske yo te ranplase verite Bondye a ak yon bann manti, yo te adore e sèvi kreyati a olye de Kreyatè a, ki beni pou tout tan an. Amen.
-
12 Men m ap kontinye fè sa ke m ap fè a pou m kapab rachte okazyon de sila yo ki vle twouve yon okazyon pou moun konsidere yo egal avèk nou nan bagay ke y ap vante tèt yo. 13 Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo. 14 Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè. 15 Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.
-
18 Tankou gwo baton, nepe, oswa flèch file,
se konsa yon nonm ki pote fo temwen kont vwazen li.
-
28 Pwofèt li yo blanchi tout bagay ak lacho pou yo, nan fè fo vizyon ak divinasyon manti pou yo; divinasyon k ap di: ‘Konsa pale Senyè BONDYE a’, lè SENYÈ a pa t pale.
-
55 “Nou poko vin rekonèt Li, men Mwen menm, mwen konnen Li. Si Mwen di ke M pa konnen L, Mwen ta yon mantè tankou nou menm, men Mwen vrèman konnen Li, e kenbe pawòl Li.
-
10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. 14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a. 15 Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, 16 e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an.
-
9 Gran dragon an te jete anba; sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.
-
24 Li te di: “Èske vrèman ou se fis mwen an, Ésaü?”
Epi li te reponn: “Se Mwen.”
-
1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 “Lè yon moun peche e aji avèk movèz fwa kont SENYÈ a, epi twonpe pwochen li an sou yon depo lajan oswa yon sekirite ke li te konfye bay li, oswa pa vòl, oubyen li te fè li pa vyòl konfyans, 3 oubyen, si l te twouve sa ki te pèdi a, te fè manti sou sa ak fo sèman, pouke li peche nan nenpòt nan bagay ke yon moun kapab fè yo; 4 alò li va rive, ke lè li peche e vin koupab, li va remèt sa ke li te pran pa vòl la, oubyen sa ke li te vin gen pa vyòl konfyans lan, oubyen depo ki te plase nan men li an, oubyen sa ki te pèdi ke li te twouve a, 5 oubyen, nenpòt de sa li te fè fo sèman an. Li va fè remèt li nèt e mete sou li yon senkyèm anplis. Li va bay li a sila li apatyen an, nan menm jou li prezante ofrann koupabilite li a.
-
1 Epi Josué, fis a Nun nan, te voye de mesye kòm espyon an sekrè soti Sittim. Li te di: “Ale gade peyi a, sitou Jéricho.” Epi yo te ale e te antre lakay a yon pwostitiye ki te rele Rahab. Yo te dòmi la.
2 Sa te pale a wa Jéricho a. Yo te di: “Gade byen, de mesye ki sòti nan fis Israël yo te vini isit la lannwit lan pou fè espyon nan peyi a.” 3 Epi wa Jéricho a te voye vè Rahab e te di: “Mete deyò mesye ki te vin kote ou yo, paske yo te vin fè espyon nan peyi a.”
4 Men fanm nan ki te deja pran mesye yo pou kache yo, te di: “Wi, mesye sa yo te vini kote mwen, men mwen pa t konnen kote yo te sòti. 5 Li te vin rive nan lè pou fèmen pòtay yo lè l te fènwa, ke mesye yo sòti deyò. Men mwen pa konnen kote mesye yo te ale. Kouri dèyè yo byen vit! Konsa, ou ka gen tan pran yo.”
6 Men li te vrèman mennen yo anwo galri twati kay la, pou l te kache yo nan pakèt len ke li te mete an lòd sou twati kay la.
-
2 Yo pale sa ki fo a youn lòt.
Lèv flatè yo ak kè doub yo pale.
3 Ke SENYÈ a vin koupe tout lèv flatè yo,
ak lang ki pale gwo bagay yo;
4 ki te di: “Avèk lang nou, nou va reyisi.
Lèv nou se pou nou.
Se kilès ki kab mèt sou nou?”
5 “Akoz dega a aflije yo, akoz kri a malere yo,
koulye a, Mwen va leve”, pale SENYÈ a;
“Mwen va mete li ansekirite de sila ki maltrete l la.”
6 Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach;
tankou ajan ki teste nan founo,
rafine nan tè sèt fwa.
-
18 Kite lèv ki manti yo sispann,
sila yo k ap pale ak awogans kont moun dwat yo,
k ap fè ògèy pou desann moun.
-
12 Akoz peche a bouch yo avèk pawòl lèv yo,
Kite yo sezi pran nan pwòp ògèy yo.
Paske se malediksyon avèk manti yo bay.
-
14 Konsa, SENYÈ a va koupe retire ni tèt ni ke sou Israël,
ni branch palmis ak wozo nan yon sèl jou.
15 Tèt la se ansyen ki byen respekte a
e ke a se pwofèt ki ansegne manti a.
16 Paske sila k ap gide pèp sa yo, egare yo.
Epi sila ki gide pa yo ap mennen yo antre nan gwo konfizyon.
-
6 Yo wè tout sa ki fo, ak divinò k ap bay manti yo, k ap di: ‘Pawòl SENYÈ a deklare’, lè se pa SENYÈ a ki te voye yo. Malgre sa, yo gen espwa ke pawòl yo va vin akonpli. 7 Èske nou pa t fè yon fo vizyon, e pale ak lang ki t ap bay manti lè nou te di: ‘SENYÈ a deklare’, men se pa Mwen ki te pale a?”’”
8 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te pale sa ki fo, e te wè yon manti; akoz sa, gade byen, Mwen kont nou,” deklare Senyè BONDYE a. 9 “Konsa, men Mwen va kont pwofèt yo ki fè fo vizyon yo; ki pale divinasyon ki manti yo. Yo p ap gen plas nan konsèy a pèp Mwen an ni yo p ap ekri nan rejis lakay Israël yo. Ni yo p ap antre nan peyi Israël la. Konsa, nou ka konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”
-
69 Konsa, Pierre te chita deyò a nan lakou a, e yon sèten fi ki t ap sèvi lòt yo te vin kote l. Li te di l: “Ou te osi avèk Jésus, Galileyen an.”
70 Men Li demanti devan tout e te di: “Mwen pa konnen menm de kisa w ap pale a!”
71 Epi lè li fin sòti sou galri a, yon lòt fi ki t ap sèvi te wè l e te di: “Mesye sila a te avèk Jésus, Nazareyen an.”
72 Ankò li te demanti sa avèk yon sèman: “Mwen pa menm konnen mesye sila a!”
73 Epi yon ti jan pita, sila ki te la yo, te vin kote Pierre. Yo te di l: “Asireman ou menm, ou se youn nan yo. Jan ou pale a devwale ou.”
74 Konsa li te kòmanse bay madichon e te sèmante: “Mwen pa menm konnen nonm sila a!”
Imedyatman, kòk la te chante.
-
9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.
-
26 Si yon moun panse nan tèt li ke li swiv Bondye tout tan, e malgre sa, li pa mete yon brid sou lang li, li pase pwòp tèt li nan betiz, e lafwa moun sa a vin san valè.
-
13 Li fè gwo sign, jis pou fè dife sòti nan syèl la rive sou tè a devan prezans a moun yo. 14 E li twonpe sila ki viv sou latè yo, akoz gwo sign ki te bay a li menm pou fè nan prezans a bèt la. Li pale ak sila ki viv sou latè yo pou yo fè yon imaj a bèt ki te gen blese nepe a, e ki te viv.
15 Konsa, pouvwa a te bay a li menm pou bay souf a imaj bèt la, pou imaj a bèt la ta kapab menm pale e fè tout sila ki refize adore bèt la touye.
-
1 Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a;
men yon pwa ki jis se plezi Li.
-
7 Pou vakabon an, zam li se mechanste.
Li fòme plan mechan pou detwi moun aflije a ak kout lang,
malgre sila ki nan bezwen an pale sa ki bon.
-
8 Paske Li te di: “Anverite, yo se pèp Mwen,
fis ki p ap aji nan manti.”
Pou sa, Li te devni Sovè yo.
-
19 Pou yon men ki plen ak lòj ak kèk grenn pen, nou te degrade Mwen a pèp Mwen an, pou fè lantre nan lanmò kèk nanm ki pa ta dwe mouri, e kenbe vivan lòt ki pa ta dwe viv, nan fè manti ou a pèp Mwen an ki koute manti.’”
-
10 Jan sa ekri a:
“Pa gen moun ki jis, pa menm youn.
11 Pa gen moun ki gen konprann.
Pa gen moun ki chache Bondye.
12 Tout detounen, ansanm yo tout vin initil.
Pa gen moun ki fè sa ki bon;
pa menm yon sèl.
13 Gòj pa yo se yon tonm tou louvri.
Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon.
Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo.
14 Bouch yo anmè nèt e plen ak madichon;
-
17 Pa janm remèt mal pou mal a pèsòn. Respekte sa ki bon nan zye a tout moun. 18 Si se posib, otan ke li depann de nou rete anpè avèk tout moun. 19 Pa janm pran pwòp vanjans nou, byeneme mwen yo, men kite plas pou kòlè Bondye a. Paske sa ekri: “Vanjans se pou Mwen; Mwen menm va bay rekonpans”, di Senyè a.
20 “Konsa, si lènmi nou grangou, bay li manje;
e si li swaf, bay li bwè.
Paske lè nou fè l konsa, nou sanble mòso chabon cho sou tèt li.”
21 Pa kite nou venk pa le mal, men venk mal la avèk sa ki bon.
Shows Read in context, Share and Copy.