97 Bible Verses About Deceit

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Deceit
  1. 23 Tankou veso ki fèt ak tè ki kouvri ak yon kouch ajan,

    se konsa lèv ki brile ak yon kè ki mechan.

    24 Yon nonm malonèt, kache sa pou l pa parèt sou lèv li;

    men nan kè l, li fè depo desepsyon.

    25 Lè l pale byen dous, pa kwè l;

    paske, gen sèt abominasyon nan kè l.

    26 Malgre rayisman kouvri kò l ak riz,

    mechanste li va devwale devan asanble a.

    27 Sila ki fouye fòs la va tonbe ladann,

    e sila ki woule wòch la, sou li menm l ap retounen.

    28 Yon lang ki bay manti, rayi sila li kraze yo,

    e zèv a lang flatè a se dega.

  2. 4 “Fòk chak byen veye kont vwazen li,

    pou l pa mete konfyans nan okenn frè;

    akoz tout frè yo aji nan koken,

    e tout vwazen yo ap voye kout lang.

    5 Yo tout pase vwazen parèy yo nan rizib.

    Yo refize pale verite.

    Yo fin enstwi pwòp lang yo pou pale manti;

    yo vin fatige nèt nan fè inikite.

    6 Abitasyon ou se nan mitan desepsyon.

    Nan desepsyon yo refize rekonèt Mwen”, deklare SENYÈ a.

    7 Pou sa, konsa pale SENYÈ dèzame yo:

    “Gade byen, Mwen va fann yo nèt, e fè yo pase a leprèv;

    paske se kisa anplis ke M ka fè, akoz fi a pèp Mwen an?

    8 Lang pa yo se yon flèch mòtèl;

    li pale manti.

    Avèk bouch li, li pale lapè ak vwazen li,

    men anndan li fè plan anbiskad pou pran l.

    9 Èske mwen p ap pini yo pou bagay sa yo?” deklare SENYÈ a.

    “Sou yon nasyon konsa, èske Mwen p ap pran vanjans?

  3. 9 Kè lòm plen manti plis ke tout lòt yo.

    Nanpwen lasante ladann.

    Se kilès ki ka konprann li?

  4. 4 Paske Ou se pa yon Bondye ki gen plezi nan mechanste.

    Nanpwen mal ki rete avèk Ou.

    5 Sila ki plen ògèy p ap kab kanpe devan zye Ou.

    Ou rayi tout sila ki fè inikite yo.

    6 Ou detwi sila ki pale sa ki fo yo.

    SENYÈ a rayi yon nonm ki vèse san,

    ki twonpe moun.

  5. 42 Jésus te di yo: “Si Bondye te Papa nou, nou ta renmen M, paske Mwen sòti nan Li, e se nan Li ke M vini. Mwen pa vini pou kont Mwen, men se Li ki voye M.

    43 “Poukisa nou pa konprann sa ke M ap di a? Se paske nou pa kapab tande pawòl Mwen.

    44 “Nou se pitit a papa nou, dyab la. Epi nou vle fè volonte a papa nou. Li te yon asasen depi nan kòmansman, e li pa kanpe nan verite a, paske nanpwen verite nan li. Lè li manti, li manti pou kont li, paske se yon mantè li ye, epi papa a tout manti.

    45 “Men akoz ke Mwen pale laverite, nou pa kwè M. 46 Kilès nan nou ki gen prèv ke M peche? Si Mwen pale laverite, poukisa nou pa kwè M?

    47 “Sila ki se pou Bondye, tande pawòl a Bondye. Men nou pa tande, paske nou pa pou Bondye.”

  6. 5 Konsa, konsidere manm kò tèrès nou yo kòm mouri de imoralite, salte, pasyon, move dezi, ak renmen lajan, ki vin menm jan avèk idolatri. 6 Paske se akoz bagay sa yo ke lakòlè Bondye va vini sou fis a dezobeyisans yo. 7 Konsa, nan yo, nou tou te konn mache, lè nou t ap viv nan yo. 8 Men koulye a, nou menm tou mete yo tout sou kote; Move san, kòlè, mechanste, kout lang, ak move jouman ki sòti nan bouch nou. 9 Pa bay manti a youn lòt, akoz ke nou te mete sou kote ansyen moun nan avèk abitid mechan li yo, 10 epi te mete sou nou nouvo moun nan k ap renouvle a yon vre konesans selon imaj a Kreyatè, li.

  7. 1 Alò, sèpan an te pi koken pase nenpòt bèt chan ke Bondye te fè. Li te di fanm nan: “Vrèman èske Bondye te di: ‘Pinga nou manje nan okenn ab nan jaden an?’”

    2 Fanm nan te di a sèpan an: “Fwi ki sòti nan ab nan jaden yo, nou kapab manje yo; 3 men nan fwi ki sòti nan ab ki nan mitan jaden an, Bondye te di: Nou pa pou manje nan li, ni touche li, sinon, nou va mouri.”

    4 Sèpan an te di fanm nan: “Vrèman, nou p ap mouri!” 5 Paske Bondye konnen ke nan jou nou manje nan li, zye nou va vin louvri, e nou va vin tankou Bondye, avèk konesans de sa ki bon ak sa ki mal.

  8. 10 Èske toujou gen trezò mechanste

    lakay mechan an, ak yon mezi ki manke?

    Ki se madichonnen?

    11 Èske Mwen kapab tolere yon fo balans

    ak yon sachè fo pèz?

    12 Paske moun rich li yo plen vyolans.

    Rezidan li yo fè manti,

    e lang yo twonpe soti nan bouch yo.

    13 Konsa tou, Mwen te frape ou ak yon blesi grav.

    Mwen te fè ou vin dezole akoz peche ou yo.

  9. 22 Sa vle di ke nan referans a jan nou te konn viv la, nou mete sou kote ansyen moun nan, ki konwonpi an akò avèk pasyon twonpri yo, 23 epi pou nou vin tounèf nan lespri a panse nou, 24 pou nou kapab mete sou nou nouvo moun nan, ki fèt nan limaj Bondye, e ki te kreye nan ladwati, ak sentete de verite a.

    25 Pou sa, mete akote sa ki fo, e “pale verite a, nou chak avèk vwazen nou”, paske nou se manm a youn lòt.

  10. 12 Fè atansyon, frè m yo, pou pa ta gen pami nou okenn mechan, kè enkredil ki tonbe lwen Bondye vivan an. 13 Men ankouraje youn lòt jou aprè jou, toutotan li rele “jodi a”, pouke okenn nan nou pa vin fè tèt di pa sediksyon peche a.

  11. 20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”

  12. 13 “Nou pa pou pote nan sak nou plizyè kalite pwa balans, yon gwo avèk yon piti. 14 Nou pa pou genyen lakay nou plizyè kalite mezi, yon gwo avèk yon piti. 15 Nou va gen yon pwa balans ki bon e ki jis. Nou va gen yon mezi ki bon e ki jis, jis pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an. 16 Paske tout moun ki fè bagay sa yo, tout moun ki aji avèk enjistis abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.

  13. 10 Paske:

    “Sila ki dezire lavi a,

    pou renmen e wè anpil jou ki bon,

    dwe gade lang li kont sa ki mal

    e lèv li kont bay manti.

    11 Li dwe vire kite sa ki mal pou fè sa ki bon;

    kite li chache lapè e pouswiv li.

    12 Paske zye a Senyè a sou moun ladwati yo,

    e zòrèy Li atantif a lapriyè yo;

    men lafas Bondye kont sila ki fè mal yo.”

  14. 5 Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.

    6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a. 7 Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.

  15. 11 “‘Nou pa pou vòlè, ni twonpe, ni manti youn ak lòt.

    12 “‘Nou pa pou fè fo sèman nan non Mwen pou degrade non a Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.

  16. 16 Gen sis bagay ke SENYÈ a rayi;

    wi sèt menm ki abominab devan l:

    17 Zye ògeye, yon lang k ap bay manti,

    avèk men ki vèse san inosan,

    18 Yon kè ki divize plan mechan yo,

    pye ki kouri vit pou jwenn mal,

    19 Yon fo temwen ki bay manti,

    ak yon moun ki gaye konfli pami frè yo.

  17. 22 Lèv ki manti a abominab a SENYÈ a;

    men sila ki aji nan fidelite, se plezi Li.

  18. 13 Paske moun konsa yo se fo apot yo ye, ouvriye twonpè k ap degize tèt yo tankou apot a Kris yo. 14 Sa pa yon gwo sipriz, paske menm Satan degize tèt li tankou yon zanj limyè. 15 Konsa, se pa yon sipriz si sèvitè li yo degize tèt yo tankou sèvitè ladwati Bondye yo, ki va tèmine menm jan kon pwòp zèv pa yo.

  19. 16 Ou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen ou.

  20. 3 Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m.

    Mwen rayi zèv a sila ki chite yo.

    Sa p ap tache men l sou mwen.

    4 Yon kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen.

    Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.

    5 Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè,

    li menm, mwen va detwi.

    Nenpòt moun ak rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.

    6 Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m.

    Sila ki mache nan chemen san fot la, se li menm

    ki va sèvitè mwen.

    7 Sila ki pratike manti p ap rete lakay mwen.

    Sila ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m.

    8 Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo,

    Pou m kab koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.

  21. 1 Konsa mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang 2 epi tankou tibebe ki fenk ne, se pou nou gen lanvi pou lèt pi a pawòl la, pouke pa li menm, nou kapab grandi vè sali, 3 si vrèman nou te goute dousè a Senyè a.

  22. 9 Yon fo temwen pa prale san pinisyon;

    epi sila ki bay manti a, va peri.

  23. 8 Veye ke pèsòn pa fè nou prizonye atravè filosofi ak fo manèv, pa tradisyon a lòm yo, nan prensip de baz mond lan, olye de pa Kris.

  24. 8 Nan moman sa a, nonm a peche a va vin parèt; sila ke Bondye va touye avèk souf ki soti nan bouch li a, e fè sa fini ak aparisyon retou a Li menm nan. 9 Sa se, sila kap vini an akò avèk aktivite Satan, avèk tout pouvwa, sign, ak fo mirak, 10 epi avèk tout desepsyon mechanste pou sila ki peri yo, paske yo pa t resevwa lanmou a verite a, jis pou yo ta kapab sove.

    11 Pou rezon sa a, Bondye va voye sou yo yon lespri twonpè pou yo kapab kwè sa ki fo a, 12 pou yo tout ki pa t kwè nan verite a, men ki te pran plezi nan mechanste, kapab jije.

  25. 2 Kon Bondye viv la, ki te retire dwa m,

    Toupwisanki te fè m gen nanm anmè a,

    3 paske tan lavi toujou nan mwen.

    Souf Bondye la nan nen m.

    4 Lèv mwen, anverite, p ap pale sa ki pa dwat,

    ni lang mwen pa p pale manti.

    5 Fòk se lwen m pou m ta bay ou rezon.

    Jiskaske m mouri, mwen p ap lage entegrite m.

  26. 22 Sila ki pa t fè okenn peche ni okenn desepsyon pa t twouve nan bouch Li a.

  27. 8 Men pou kapon yo, enkredil yo, abominab ak asasen yo, moun imoral yo, majisyen yo, idolat ak tout mantè yo, pati pa yo va nan lak ki brile avèk dife ak souf la, ki se dezyèm lanmò a.”

  28. 7 Bouch li plen ak malediksyon, avèk

    twonpe moun avèk oprime moun.

    Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.

  29. 5 Panse a moun dwat yo jis;

    men konsèy a mechan yo se desepsyon.

  30. 12 Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus va pèsekite.

    13 Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal nan twonpe moun ak vin twonpe.

    14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

  31. 14 Konsa, SENYÈ a te di Mwen: “Pwofèt yo ap pwofetize sa ki fo nan non Mwen. Mwen pa t voye yo, ni kòmande yo, ni pale avèk yo. Y ap pwofetize yon vizyon ki fo, prediksyon, sa ki san enpòtans, ak manti k ap sòti nan pwòp panse pa yo. 15 Pou sa, pale SENYÈ a, selon pwofèt ki pwofetize nan non Mwen, malgre se pa Mwen ki te voye yo—men yo kontinye ap di: ‘P ap gen nepe ni gwo grangou nan peyi sa a’, ak nepe e gwo grangou, pwofèt sa yo ap rankontre fen yo!

  32. 28 Menm jan yo pa t trouve l bon ankò pou rekonèt Bondye, Bondye te livre yo a yon panse tòde pou fè bagay ki pa pwòp sa yo. 29 Yo te vin ranpli avèk tout kalite enjistis, mechanste, konvwatiz, ak mal. Yo te plen ak anvi, touye moun, konfli, desepsyon, malis, tripotay. 30 Yo vin Medizan, lènmi a Bondye, ensolan, awogan, ògeye, envantè a mechanste dezobeyisan a paran yo, 31 san konprann, san entegrite san lanmou, e san mizerikòd. 32 Malgre yo konnen òdonans Bondye a, ke sila ki pratike bagay sa yo merite lanmò, yo non sèlman fè yo, men yo vin konplètman dakò avèk sila ki pratike yo tou.

  33. 2 Lang ou envante destriksyon,

    tankou yon razwa ki file, plen desepsyon.

    3 Ou renmen mechanste plis pase sa ki bon.

    Fo bagay plis pase pale verite a.

    4 Ou renmen tout pawòl ki devore,

    yon lang mantè.

    5 Men Bondye va kase fè ou desann nèt;

    Li va kenbe ou byen vit e chire fè ou

    sòti nan tant ou an,

    Epi dechouke fè ou sòti nan peyi vivan yo. Tan

  34. 3 Men mwen pè pou menm jan ke Eve te twonpe pa riz sèpan an, pou panse nou ta de yon fason oubyen yon lòt detounen de devosyon sensè e san tach de Kris la.

  35. 20 Nou pa pou fè fo temwayaj kont vwazen nou.

  36. 35 Yo plante mal la, e yo rekòlte inikite;

    epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo.”

  37. 3 Se kilès ki kab monte sou kolin SENYÈ a?

    Epi kilès ki kab kanpe nan lye sen pa Li an?

    4 Sila ki gen men pwòp avèk yon kè ki san tach,

    ki pa leve nanm li vè sa ki fo,

    ni ki pa fè fo temwayaj.

    5 Li va resevwa yon benediksyon soti nan SENYÈ a,

    ak ladwati soti nan Bondye delivrans li an.

  38. 12 Se ki moun ki dezire lavi, e renmen

    jou li yo pou li kapab wè sa ki bon?

    13 Kenbe lang ou apa de sa ki mal,

    e lèv ou pou pa bay manti.

  39. 3 Pawòl a bouch li se mechanste avèk manti.

    Li fè yon chemen ki pa bon.

  40. 7 Alò konsa, sa se deja yon defèt pou nou, pou n ap fè pwosè avèk youn lòt. Poukisa nou pa pito soufri lenjistis? Poukisa nou pa pito aksepte sibi fwod? 8 Okontrè, nou menm, nou fè lenjistis ak fwod la. Nou fè sa menm kont frè nou yo.

    9 Oubyen èske nou pa konnen ke moun enjis yo p ap eritye wayòm syèl la? Pa twonpe tèt nou; ni moun imoral yo, ni moun idolat yo, ni efemine yo, ni omoseksyèl yo 10 ni vòlè yo, ni moun ki gen lanvi yo, ni tafyatè yo, ni medizan yo, ni sila ki nan fwod yo, p ap eritye wayòm Bondye a. 11 Se konsa kèk nan nou te ye, men nou te vin lave, nou te vin sanktifye, nou te jistifye nan non Senyè a, Jésus Kri ak nan Lespri a Bondye nou an.

  41. 11 Konsa, Li te bay kèk kòm apot, kèk kòm pwofèt, kèk kòm evanjelis, e kèk kòm pastè ak enstriktè, 12 pou preparasyon a fidèl yo pou zèv sèvis la, pou l ranfòse kò a Kris la, 13 jiskaske nou tout vin rive nan linite lafwa a, ak konesans a Fis Bondye a, yon moun ki gen matirite, jiska mezi a wotè ki apatyen a Kris la. 14 Kòm rezilta, nou pa dwe timoun ankò, ki vannen toupatou pa chak vag lanmè a, e ki vin pote pa chak van doktrin ki fèt pa twonpri a lòm, avèk tout koken ak manèv desepsyon;

  42. 2 Delivre nanm mwen, O SENYÈ, de lèv k ap bay desepsyon,

    de lang ki plen manti yo.

  43. 1 Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a;

    men yon pwa ki jis se plezi Li.

  44. 17 Sila ki pale verite a pale sa ki dwat;

    men yon fo temwen twonpe.

  45. 23 “Nan lè sa a, si yon moun di nou: ‘Gade, men Kris la isit la’, oubyen ‘Men Li la’, pa kwè li. 24 Paske fo Kris yo ak fo pwofèt yo ap prezante e montre gwo sign avèk mirak pou yo ta kab, si li te posib, redwi nan erè menm sila ki eli yo. 25 Veye, Mwen avèti nou davans.

    26 “Si yo di nou ‘Men Li nan dezè a’ pa ale la; oubyen ‘Gade la, Li la nan chanm pa anndan an, pa kwè yo.

  46. 13 Gòj pa yo se yon tonm tou louvri.

    Avèk lang pa yo, yo miltipliye desepsyon.

    Pwazon sèpan aspik rete anba lèv yo.

  47. 6 Pa kite pèsòn twonpe nou avèk pawòl vid yo, paske akoz de bagay sa yo lakòlè Bondye vini sou fis ki pa obeyisan yo. 7 Konsa, pa vin yon pati ak yo.

  48. 14 Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo. 15 Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè peche a fin akonpli, li pote lanmò.

    16 Pinga nou vin twonpe, frè byeneme mwen yo.

    17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.

  49. 1 Men fo pwofèt yo te osi leve pami pèp la. Menmjan an, va gen fo enstriktè pami nou tou, ki va entwodwi an sekrè fo doktrin destriktif yo, ki menm nye Mèt la ki te ransonnen yo a, e yo pote destriksyon rapid sou tèt yo. 2 Anpil va swiv vi sansyèl yo, e akoz de yo, chemen laverite a va meprize. 3 Epi nan vorasite yo, yo va eksplwate nou avèk fo pawòl, men jijman a yo menm ki te prepare depi nan tan lontan an p ap mize, e destriksyon yo p ap dòmi.

  50. 10 Alò te gen yon gwo grangou nan peyi a, ki fè Abram desann an Égypte pou pase yon tan, akoz gwo grangou a te tèlman di nan peyi a.

    11 Li te rive ke lè li te rive toupre Égypte, li te di a Saraï, madanm li: “Gade, mwen konnen ke ou se yon fanm ki tèlman bèl! 12 Lè Ejipsyen yo wè ou, yo va di: ‘Sa se madanm li.’ Konsa, yo va touye mwen, men yo va kite ou viv. 13 Souple, di ke se sè mwen ou ye, pou sa ale byen pou mwen, e pou mwen kapab viv akoz ou menm.”

  51. 20 Paske yo pa pale lapè,

    men yo divize pawòl nan twonpe sila ki kalm nan peyi yo.

  52. 1 Deklare m inosan, O Bondye mwen!

    Plede ka mwen kont yon nasyon enfidèl.

    O delivre mwen soti nan men

    a lèzòm mantè e enjis yo!

  53. 28 Pa vin yon temwen kont vwazen ou san koz,

    e pa bay manti ak lèv ou.

  54. 6 Yo wè tout sa ki fo, ak divinò k ap bay manti yo, k ap di: ‘Pawòl SENYÈ a deklare’, lè se pa SENYÈ a ki te voye yo. Malgre sa, yo gen espwa ke pawòl yo va vin akonpli. 7 Èske nou pa t fè yon fo vizyon, e pale ak lang ki t ap bay manti lè nou te di: ‘SENYÈ a deklare’, men se pa Mwen ki te pale a?”’”

    8 Akoz sa, pale Senyè BONDYE a: “Akoz nou te pale sa ki fo, e te wè yon manti; akoz sa, gade byen, Mwen kont nou,” deklare Senyè BONDYE a. 9 “Konsa, men Mwen va kont pwofèt yo ki fè fo vizyon yo; ki pale divinasyon ki manti yo. Yo p ap gen plas nan konsèy a pèp Mwen an ni yo p ap ekri nan rejis lakay Israël yo. Ni yo p ap antre nan peyi Israël la. Konsa, nou ka konnen ke Mwen se Senyè BONDYE a.”

  55. 2 Men nou renonse a bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye.

  56. 11 Yon fanm dwe resevwa enstriksyon an silans ak tout soumisyon. 12 Men mwen pa pèmèt yon fanm enstwi oubyen ekzèse otorite sou yon gason, men li rete an silans. 13 Paske se te Adam ki te kreye avan, e answit, Eve. 14 Epi se pa t Adam ki te twonpe a, men fanm nan te twonpe, e yo te tonbe nan transgresyon.

  57. 10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.

  58. 11 Answit, mwen te wè yon lòt bèt ki t ap vin sòti anba tè a. Li te gen de kòn tankou yon jenn mouton, e li te pale tankou yon dragon.

    12 Li egzèse tout otorite a premye bèt la nan prezans li. Epi li fè tè a avèk sila ki rete ladann yo adore premye bèt, ki te gen blese fatal ki te geri a. 13 Li fè gwo sign, jis pou fè dife sòti nan syèl la rive sou tè a devan prezans a moun yo. 14 E li twonpe sila ki viv sou latè yo, akoz gwo sign ki te bay a li menm pou fè nan prezans a bèt la. Li pale ak sila ki viv sou latè yo pou yo fè yon imaj a bèt ki te gen blese nepe a, e ki te viv.

    15 Konsa, pouvwa a te bay a li menm pou bay souf a imaj bèt la, pou imaj a bèt la ta kapab menm pale e fè tout sila ki refize adore bèt la touye.

  59. 27 P ap gen anyen ki pa pwòp. Moun ki pratike abominasyon ak manti p ap janm antre ladann, men sèlman sila ke non yoekri nan liv lavi a Jèn Mouton an.

  60. 14 Beni se sila ki lave vètman yo, pou yo kapab gen dwa nan pyebwa lavi a, e kapab, pa pòtay yo, antre nan vil la.

    15 Deyò se chen yo, majisyen yo, moun imoral yo, asasen yo, idolat ak tout sila ki renmen e ki gen pratik bay manti.

  61. 6 Nou konnen ke mwen te sèvi papa nou avèk tout fòs mwen. 7 Malgre sa, papa nou te twonpe mwen, e li te chanje salè mwen dis fwa, men Bondye pa t kite li fè m donmaj. 8 Si li te pale konsa: ‘Takte yo se salè ou’, alò, tout bann mouton yo te bay pitit takte. Epi si li te pale konsa ke trase yo te salè ou, alò tout bann mouton yo te bay pitit trase. 9 Konsa Bondye te retire bèt yo nan men papa ou, e Li te ban mwen yo.

  62. 35 Nou pa pou fè move jijman, ni nan mezire longè, pwa, oubyen kapasite. 36 Fòk balans nou yo jis, e pèz pwa nou yo jis; yon efa (22 lit) ki jis, e yon in (36 lit) ki jis. Mwen se SENYÈ nou an, ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la.

  63. 22 Li te di: “Tout bagay byen. Mèt mwen an voye mwen. Li te di: ‘Gade byen, soti koulye a, de jenn mesye ki pami fis a pwofèt yo te vin kote mwen soti nan peyi ti mòn Ephraïm yo. Souple, ba yo yon talan ajan ak de echanj konplè nan vètman yo.’”

    23 Naaman te di: “Avèk plezi, pran de talan yo.” Epi li te ankouraje li. Li te mare de talan ajan yo nan de sak avèk de echanj konplè nan rad yo, e li te bay yo a de sèvitè li yo, epi yo te pote yo devan li. 24 Lè li te rive kote ti mòn nan, li te pran yo soti nan men yo, li te mete yo nan kay la, li te voye mesye yo ale e yo te pati. 25 Men li te antre ladann e te kanpe devan mèt li. Konsa, Elisée te di li: “Kote ou te ye Guéhazi?”

    Li te reponn: “Sèvitè ou a pa t ale okenn kote non.” 26 Epi li te di l: “Èske kè m pa t sòti lè mesye a te vire kite cha li pou vin rankontre ou a? Èske sa se lè pou resevwa lajan, pou resevwa rad, chan doliv avèk chan rezen, avèk mouton ak bèf ak sèvitè avèk sèvant? 27 Pou sa, lalèp Naaman an ap kole sou ou avèk desandan ou yo jis pou tout tan.”

    Konsa, li te kite prezans li kon yon lèp blan tankou lanèj.

  64. 2 A la nonm beni se sila SENYÈ a pa jije kon koupab la,

    e nan lespri a sila ki pa gen manti a.

  65. 5 Yon temwen fidèl p ap bay manti;

    men yon fo temwen pale manti.

  66. 25 Yon vre temwen sove lavi a moun;

    men sila ki pale manti pase moun nan betiz.

  67. 9 Tonbo pa L te pataje pami moun mechan yo,

    men se avèk yon nonm rich Li te ye nan lanmò Li,

    malgre Li pa t fè okenn vyolans,

    ni pa t gen okenn desepsyon nan bouch Li.

  68. 13 “Malè a sila ki bati kay li san ladwati,

    chanm anlè yo san jistis,

    ki itilize sèvis vwazen li san peye

    e ki pa bay li salè li,

  69. 12 Éphraïm antoure Mwen ak manti,

    e lakay Israël ak desepsyon.

    Men anplis, Juda toujou egare,

    kont Bondye, li pa fidèl a Sila Ki Sen an.

  70. 7 Men yon machann, ak fo balans lan nan men l.

    Li renmen twonpe moun.

    8 Éphraïm te di: “Anverite, mwen gen tan vin rich.

    Mwen te twouve richès mwen pou kont mwen;

    Nan tout zèv mwen yo, yo p ap dekouvri

    okenn inikite, ki ta peche.”

  71. 1 Malè a vil sanglan an! Li plen nèt ak manti ak piyaj. Viktim li yo san fen.

  72. 18 Pa kite pèsòn twonpe tèt li si yon moun pami nou panse ke li saj nan tan sila a, li oblije vin fou pou li kapab vin saj.

    19 Paske sajès mond sa a se foli devan Bondye. Paske sa ekri: “Se Li menm ki kenbe saj yo nan pwòp koken pa yo.”

  73. 4 Veye salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.

  74. 13 Alò, Bondye te di a fanm nan: “Kisa ou te fè la a?” Epi fanm nan te di: “Sèpan an te twonpe mwen, e mwen te manje l.”

  75. 6 Konsa, Isaac te viv Guérar.

    7 Lè mesye yo nan plas la te mande li de madanm li, li te di: “Li se sè mwen,” paske li te pè pou di “madanm mwen” akoz li te panse: “mesye yo nan zòn sa a ta kapab touye mwen pou Rebecca, paske li bèl.”

  76. 18 Konsa, li te vini kote papa l, e te di: “Papa m.”

    Epi li te di: “Men mwen. Kilès ou ye, fis mwen?”

    19 Jacob te di a papa l: “Mwen menm se Ésaü, premye ne ou a. Mwen te fè sa ou te mande m nan. Leve, souple, e chita pou manje nan jibye mwen an, pou nanm ou kapab beni mwen.”

  77. 1 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 2 “Lè yon moun peche e aji avèk movèz fwa kont SENYÈ a, epi twonpe pwochen li an sou yon depo lajan oswa yon sekirite ke li te konfye bay li, oswa pa vòl, oubyen li te fè li pa vyòl konfyans, 3 oubyen, si l te twouve sa ki te pèdi a, te fè manti sou sa ak fo sèman, pouke li peche nan nenpòt nan bagay ke yon moun kapab fè yo; 4 alò li va rive, ke lè li peche e vin koupab, li va remèt sa ke li te pran pa vòl la, oubyen sa ke li te vin gen pa vyòl konfyans lan, oubyen depo ki te plase nan men li an, oubyen sa ki te pèdi ke li te twouve a, 5 oubyen, nenpòt de sa li te fè fo sèman an. Li va fè remèt li nèt e mete sou li yon senkyèm anplis. Li va bay li a sila li apatyen an, nan menm jou li prezante ofrann koupabilite li a.

  78. 19 Bondye se pa yon nonm ke li ye

    pou L ta bay manti,

    ni fis a yon nonm pou L ta repanti.

    Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vre?

  79. 12 Sila ki chache lavi m yo, ap prepare pyèj yo pou mwen.

    Sila ki chache fè m donmaj yo ap fè menas destriksyon.

    Y ap manniganse trayizon tout lajounen.

  80. 118 Ou te rejte tout sila ki te egare kite règleman Ou yo,

    paske sediksyon yo a pa reyisi.

  81. 8 Sajès a moun rezonab la se pou l konprann chemen li;

    men betiz a moun ensanse a se desepsyon.

  82. 6 Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti

    se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.

  83. 18 Men bagay ki sòti nan bouch yo, se nan kè yo sòti, e se sa yo ki kontamine yon moun.

    19 “Paske se nan kè move panse yo sòti; touye moun, adiltè, imoralite seksyèl, vòlè, fo temwen, tripotay.

  84. 20 Ou konnen kòmandman yo. ‘Pa fè adiltè, pa touye moun, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, onore papa ou avèk manman ou.’”

  85. 8 Zachée te kanpe e te di a Senyè a: “Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt kat fwa sa.”

  86. 12 Konsa, yo te soulve pèp la, ansyen yo ak skrib yo. Yo te sezi li, e te trennen li pou mennen l devan konsèy la. 13 Yo te mete devan fo temwayaj ki te di: “Nonm sila a tout tan ap pale kont lye sakre sila a, ak Lalwa. 14 Paske nou konn tande li di ke Nazareyen sila a, Jésus, va detwi plas sila a e chanje koutim ke Moïse te bannou yo.”

  87. 7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl.

  88. 8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou.

  89. 7 Paske anpil sediktè gen tan antre nan mond lan, sa yo ki pa rekonèt ke Jésus Kri te vini nan lachè a. Sila a se sediktè a, ak antikris la.

  90. 31 Konsa, yo te pran vètman Joseph la, yo te kòche yon mal kabrit, e yo te tranpe vètman an nan san an. 32 Yo te voye vètman anpil koulè a pote li bay papa yo e yo te di: “Nou te twouve sa a. Souple, gade l byen e wè si se vètman a fis ou a oswa non.”

    33 Li te egzamine li e te di: “Se vètman fis mwen an. Yon bèt sovaj gen tan devore li. Joseph vrèman gen tan chire an mòso!”

    34 Alò, Jacob te chire rad li, li te mete twal sak nan ren li, e li te pase anpil jou ap lamante pou fis li a. 35 Alò, tout fis li yo, ak tout fi li yo te leve pou konsole li, men li te refize konsole. Epi li te di: “Vrèman mwen va desann kote fis mwen an, kote sejou mò yo ak lamante pou fis mwen an.” Epi papa li te kriye pou li.

  91. 20 Alò, yon lespri te parèt e te kanpe devan SENYÈ a. Li te di: Mwen va sedwi li.’”

    “Epi SENYÈ a te di: ‘Kijan’?

    21 “Li te reponn: ‘Mwen va ale fè l tankou yon lespri manti nan bouch a tout pwofèt li yo.’

    “Epi Li te di: ‘Ou dwe sedwi li e genyen li tou. Ale fè sa.’

    22 “Alò, pou sa, gade byen, SENYÈ a te mete yon lespri manti nan bouch a sila yo, pwofèt ou yo, paske SENYÈ a te pwoklame dega kont ou.”

  92. 18 Mechan an ranmase salè li nan koken;

    men sila ki simen ladwati a, va twouve vre rekonpans lan.

  93. 19 Lèv verite yo va etabli pou tout tan;

    men lang ki bay manti a rete pou yon moman.

    20 Desepsyon se nan kè a sila k ap fè manèv mechanste yo;

    men konseye lapè yo gen jwa.

  94. 27 Kon yon kalòj plen zwazo, se konsa lakay yo plen desepsyon. Akoz sa, yo te vin moun byen enpòtan ak anpil byen. 28 Yo fin gra. Kò yo plen ak grès e yo vin reyisi depase ak zèv fèt ak mechanste yo. Yo pa plede koz òfelen an, pou yo ta reyisi; ni yo pa defann dwa malere yo.

  95. 1 Men yon sèten mesye ke yo te rele Ananias ak Saphira, madanm li, te vann yon mòso tè. 2 Men li te kenbe yon pati nan pri a pou li menm, avèk konesans madanm li. Konsa, li te pote yon sèten pati, e te mete l nan pye apòt yo.

    3 Men Pierre, te di: “Ananias, poukisa Satan ranpli kè ou pou bay manti a Lespri Sen an e pou kenbe yon pati nan pri tè a an kachèt. 4 Pandan li te rete pa t vann nan, èske li pa t nan men ou? E lè li te fin vann nan, èske li pa t toujou sou kontwòl pa w? Poukisa ou kalkile bagay sa a nan kè ou? Se pa a moun ke ou bay manti a, men a Bondye.”

  96. 9 Gran dragon an te jete anba; sèpan ansyen an ki rele dyab la ak Satan, ki twonpe tout mond lan. Li te jete anba sou latè, e zanj li yo te jete anba avèk li.

  97. 7 Lè mil ane yo vin fini, Satan va lage soti nan prizon li an, 8 epi li va soti pou twonpe nasyon ki nan kat kwen latè yo, Gog avèk Magog, pou rasanble yo ansanm pou lagè a. An kantite, yo va tankou sab ki bò lanmè. 9 Yo te monte vini sou gwo sifas latè a, e te antoure kan a sen yo ak vil byeneme a. Konsa, dife te desann sòti nan syèl la, e te devore yo.

    10 Epi dyab la ki te twonpe yo a te jete nan lak dife ak souf la, kote bèt la ak fo pwofèt la ye tou. Yo va toumante lajounen kon lannwit, pou tout tan e pou tout tan.