74 Bible Verses About Repentance

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Repentance
  1. 36 “Donk, kite tout lakay Israël la konnen san dout ke Bondye fè Li ni Senyè, ni Kris la —Jésus sila a ke nou te krisifye a.”

    37 Alò, lè yo te tande sa, yo te vin santi doulè jis nan kè yo, e te di a Pierre ak lòt apòt yo: “Frè yo kisa pou nou ta fè?”

    38 Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”

    40 Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”

    41 Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm.

  2. 18 Men bagay ke Bondye te anonse oparavan yo, pa bouch a tout pwofèt yo, ke Kris Li a ta soufri; konsa, Li gen tan fin akonpli.

    19 “Donk repanti e retounen, pou peche nou yo kapab efase e pou tan rafrechisman yo kapab sòti nan prezans Senyè a; 20 epi pou Li kapab voye Jésus, Kris la ki te deziye pou nou avan lè, 21 Li menm ke syèl la oblije resevwa jiskaske tan restorasyon tout bagay ke Bondye te pale pa bouch a pwofèt sen Li yo depi nan tan ansyen an.

  3. 17 “Men lè li te vin reflechi byen, li te di: ‘Konbyen nan ouvriye papa m yo ki gen kont pen, men mwen ap mouri isit la avèk grangou. 18 Mwen va leve ale vè papa m’, e mwen va di l: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. 19 Mwen pa ankò dign pou rele fis ou. Fè m tankou youn nan anplwaye ou yo.’ 20 Donk, li te leve, e te ale kote papa l.

    “Men pandan l te toujou byen lwen, papa li te wè li. Li te gen konpasyon pou li. Li te kourianbrase l e te bo li. 21 Epi fis la te di li: ‘Papa, mwen peche kont syèl la, e nan zye ou. Mwen pa ankò dign pou m kapab rele fis ou.

  4. 8 Paske malgre ke m te koze tristès pa lèt mwen an, mwen pa regrèt sa; sepandan mwen te regrèt li. Paske mwen wè ke lèt sa a te koze tristès nou, malgre sèlman pou yon ti tan. 9 Koulye a, mwen rejwi, pa paske mwen te fè nou tris, men ke nou te vin tris jis pou mennen nou a larepantans. Paske mwen te fè nou tris selon volonte Bondye, jis pou nou pa ta soufri pèt nan okenn bagay akoz nou menm. 10 Paske tristès ki selon volonte Bondye a prodwi yon repantans ki san regrè, ki mennen nan sali; men tristès a mond lan prodwi lanmò. 11 Paske gade byen avèk ki senserite menm bagay sa a, tristès sa ki sòti nan Bondye a, te vin prodwi nan nou. Kèl jistifikasyon pou nou menm, kèl endiyasyon, kèl krent, kèl dezi, kèl zèl, kèl retribisyon kont lemal. Nan tout bagay nou te montre a tèt nou, nou inosan nan zafè sila a. 12 Donk, malgre m te ekri nou, se pa t pou koz a sila ki te fè ofans lan, ni pou koz a sila ki te donmaje a, men pou Bondye ta kapab konfime nan ou senserite ou anvè nou menm.

  5. 27 Ankò, lè yon nonm mechan vire kite mechanste ke li te komèt pou pratike lajistis ak ladwati, li va sove nanm li vivan. 28 Akoz li te konsidere, e te vire kite tout transgresyon ke li te konn komèt yo, li va anverite viv. Li p ap mouri. 29 Men lakay Israël ap di: ‘Wout Senyè a pa dwat.’ Èske wout Mwen yo pa dwat, O lakay Israël? Èske se pa wout pa ou yo ki pa dwat?

    30 “Akoz sa a, Mwen va jije nou, O lakay Israël, chak moun selon kondwit li,” deklare Senyè BONDYE a. “Repanti e vire kite tout transgresyon nou yo, pou inikite sa a pa devni yon wòch chite ki pou fè nou tonbe. 31 Jete lwen nou tout transgresyon ke nou konn komèt yo, epi fè pou tèt nou yon kè tounèf avèk yon lespri tounèf! Paske poukisa ou ta mouri, O lakay Israël? 32 Paske Mwen pa pran plezi nan lanmò a okenn moun ki mouri,” deklare Senyè BONDYE a. “Akoz sa, repanti pou viv.”

  6. 1 Alò, nan menm lè sa a, te gen kèk moun prezan ki te bay Li yon rapò sou Galileyen sila yo, ke Pilate te mele san yo avèk sakrifis pa yo.

    2 Jésus te reponn yo: “Èske nou sipoze ke Galileyen sa yo te pi gwo pechè pase tout lòt Galileyen yo akoz yo te soufri sò sa a? 3 Mwen di nou: ‘Non’, men amwenske nou repanti, nou tout ap peri konsa. 4 Oubyen èske nou sipoze ke lè tou nan Siloé a te tonbe sou diz-uit yo, e te touye yo, ke yo te koupab pase tout lòt moun ki t ap viv Jérusalem yo?

    5 “Mwen di nou non, men amwenske nou repanti, nou tout va peri menm jan an.”

  7. 1 Alò, nan jou sa yo, Jean Baptiste te vin parèt. Li t ap preche nan gran savann Judée a, e li t ap di: 2 “Repanti paske Wayòm Syèl la gen tan parèt.” 3 Paske sila a se de li menm ke pwofèt Esaïe te pale a lè l te di:

    “Men vwa a youn k ap kriye nan savann nan,

    Prepare chemen Bondye a!

    Fè chemen Li yo dwat”!

  8. 14 Alò, apre Jean te fin arete, Jésus te vini Galilée. Li t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a. 15 Li te di: “Lè a gen tan rive, epi wayòm Bondye a pwòch; repanti e kwè nan Bòn Nouvèl la.”

  9. 29 Konsa, akoz ke nou se pitit a Bondye, nou pa dwe panse ke lanati diven an se tankou lò, lajan, oswa wòch; yon imaj ki fòme pa travay atis ak refleksyon a lòm.

    30 “Bondye pa t konte tan inyorans sa yo, men koulye a Li deklare ke lòm toupatou dwe repanti, 31 paske Li deja fikse yon jou ladann ke Li va jije lemonn nan ladwati atravè yon nonm ke Li nome, e te founi prèv a tout moun lè L te fè L leve, sòti nan lanmò a.”

  10. 9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.

  11. 46 Li te di yo: “Se konsa li ekri ke Kris la va soufri, e leve ankò soti nan lanmò nan twazyèm jou a. 47 Epi ke repantans pou padon peche yo ta pwoklame nan non Li a tout nasyon yo, kòmanse depi Jérusalem. 48 Nou menm se temwen a bagay sa yo.

  12. 19 “Konsa, Wa Agrippa, mwen pa t dezobeyisan a vizyon selès la, 20 men mwen te kontinye deklare premyèman a moun Damas yo, e osi ak moun Jérusalem yo, e answit moun tout rejyon Judée a, e menm ak pèp etranje yo, pou yo ta dwe repanti, vire vè Bondye, e fè zèv ki apatyen ak repantans lan.

  13. 15 “Epi lè mwen te kòmanse pale Lespri Sen an te vin tonbe sou yo menm jan ke li te fè sou nou nan kòmansman an. 16 Konsa, mwen te sonje pawòl Senyè a, jan Li te konn di a: ‘Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an.’

    17 “Donk, si Bondye te bay yo menm don ak nou, lè nou te vin kwè nan Senyè Jésus Kri a, kilès mwen te ye pou m ta kab anpeche Bondye?”

    18 Lè yo te tande sa a, yo te vin kalme, e te bay Bondye glwa. Yo te di: “Ebyen konsa, Bondye akòde a lòt nasyon yo tou, repantans ki mennen a lavi a.”

  14. 4 Ou te di: ‘Koute Mwen, e Mwen va pale;

    Mwen va mande Ou, e Ou va enstwi Mwen.’

    5 “ Konsa, Mwen te konn tande de Ou nan zòrèy mwen yo,

    men koulye a, zye m wè Ou.

    6 Pou tout sa a, mwen rayi pwòp tèt mwen,

    e mwen repanti nan pousyè ak sann yo.”

  15. 7 Konsa, li te kòmanse pale avèk foul la ki te sòti avè l pou batèm nan: “Nou menm, nich vipè! Kilès ki te avèti nou sove kite kòlè k ap vini an? 8 Pou sa, pote fwi ki an akò avèk repantans yo, e pa kòmanse di a nou menm: ‘Nou gen Abraham pou papa nou’, paske mwen di nou ke menm nan wòch sa yo, Bondye kapab fè leve pitit a Abraham yo. 9 Anverite, rach la deja poze sou rasin a bwa yo. Konsa, chak bwa ki pa donnen bon fwi va koupe e jete nan dife.”

    10 Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: “Alò, kisa pou nou ta fè?”

    11 Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”

    12 Anplis, ajan kolektè kontribisyon yo te vini pou batize. Yo t ap mande l: “Mèt, kisa nou dwe fè?”

    13 Li te di yo: “Pa kolekte plis ke yo mande nou pran.”

    14 Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”?

    Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”

  16. 30 Farizyen yo avèk Skrib yo te kòmanse plenyen bay disip Li yo. Yo t ap di: “Poukisa nou manje e bwè avèk kolektè kontribisyon ak pechè yo?”

    31 Jésus te reponn e te di yo: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo.” 32 Mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo a larepantans.

  17. 4 “Ki moun pami nou, si li gen yon santèn mouton e li vin pèdi youn, li p ap kite Katreven-diznèf la nan chan patiraj la, pou ale dèyè sila ki pèdi a, jiskaske li twouve l? 5 E lè l twouve li, l ap mete l sou zepòl li, e l ap rejwi. 6 Lè l rive lakay li, l ap rele ansanm tout zanmi avèk vwazen li yo, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve mouton m ki te pèdi a!’

    7 “Mwen di nou ke menm jan an, va gen plis jwa nan syèl la sou yon pechè ki repanti, ke sou katreven-diznèf moun ki pa bezwen repanti.

    8 “Oubyen, ki fanm, si li gen dis pyès lajan, e vin pèdi youn nan yo, li p ap limen yon lanp, e bale kay la pou l chache avèk atansyon jiskaske li twouve l? 9 Lè l twouve l, l ap rele tout zanmi li yo ansanm, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve pyès lajan ke m te pèdi a!’

    10 “Menm jan an konsa, Mwen di nou, gen lajwanan prezans zanj Bondye yo, sou yon sèl pechè ki repanti.”

  18. Yon Sòm David lè pwofèt la, Nathan te rive kote li lè l te fin ale kote Bath-Schéba.

    1 Fè m gras, O Bondye, selon lanmou dous Ou a.

    Selon grandè a mizerikòd ou,

    efase transgresyon mwen yo.

    2 Lave m nèt de inikite mwen yo e

    netwaye m de peche mwen an.

    3 Paske mwen konnen transgresyon mwen yo.

    Peche mwen yo devan m tout tan.

    4 Kont Ou, Ou menm sèlman, mwen te peche,

    e te fè mal devan zye Ou.

    Akoz sa, Ou jis lè Ou pale, e san tò lè Ou jije.

  19. 13 “Si Mwen vin fèmen syèl yo pou pa gen lapli, oswa si Mwen kòmande krikèt yo pou devore latè, oswa si Mwen voye toumant pami pèp Mwen an, 14 epi pèp Mwen ki rele pa non Mwen an vin imilye yo, priye, chache fas Mwen e vire kite abitid mechan yo; nan moman sa a, Mwen va tande yo soti nan syèl la. Mwen va padone peche pa yo, e Mwen va geri peyi yo.

  20. 3 Men èske ou sipoze sa o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a? 4 Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans? 5 Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. 6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. 7 Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; 8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. 9 Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.

    10 Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. 11 Paske avèk Bondye pa gen patipri.

  21. 12 “Koulye a menm”, deklare SENYÈ a,

    “retounen kote Mwen ak tout kè nou;

    avèk jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon.”

    13 Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.”

    Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,

    paske Li plen gras ak mizerikòd,

    lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,

    e konn ralanti nan fè malè.

  22. 1 “A zanj nan legliz Éphèse la, ekri: Sila ki kenbe sèt zetwal yo nan men dwat Li a, Sila ki mache pami sèt chandelye fèt an lò yo, di sa a:

    2 “Mwen konnen zèv nou yo, travay di nou an, ak pèseverans nou, ke nou pa kapab tolere moun mechan, e nou te pase an eprèv sa yo ki rele tèt yo apòt, lè l pa t vrè, epi te twouve yo fo. 3 Nou gen pèseverans ak andirans pou koz a non Mwen, e nou pa t bouke.

    4 “Men Mwen gen sa kont nou, ke nou kite premye lanmou nou an. 5 Alò, sonje kote nou te tonbe a, epi repanti e fè zèv ke nou te fè avan yo; sinon Mwen ap vini kote nou pou retire chandelye nou an nan plas li, amwenske nou repanti.

  23. 5 Answit, pèp Ninive lan te kwè Bondye. Yo te deklare yon jèn e yo te mete twal sak soti nan pi gran pou rive nan pi piti pami yo. 6 Lè pawòl la te rive kote wa Ninive lan, li te leve soti sou twòn li, e te mete manto wayal li sou kote. Li te kouvri tèt li ak twal sak e li te chita nan mitan sann. 7 Li te pibliye yon pwoklamasyon. Li te di: “Nan Ninive, pa dekrè wa a, ak prens li yo: Pa kite ni lòm, ni bèt, ni bann mouton, ni twoupo goute anyen. Pa kite yo ni manje ni bwè dlo. 8 Men ni lòm ni bèt dwe vin kouvri ak twal sak. Konsa, kite yo rele Bondye avèk tout kè yo, pou tout moun kapab vire kite chemen mechan yo a, e vire kite vyolans ki nan men yo. 9 Kilès ki konnen, petèt Bondye va repanti, e ralanti sou gwo kòlè Li a pou nou pa peri.”

    10 Lè Bondye te wè zèv yo, ke yo te vire kite chemen mechan yo a, alò Bondye te repanti de gwo malè ke Li te deklare pou fè rive sou yo a. Epi Li pa t fè sa ankò.

  24. 23 Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.

    24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, 25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a, 26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.

  25. 30 Bondye a zansèt nou yo te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a. 31 Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo.

  26. 4 Jean Baptiste te parèt nan savann nan pou preche batèm repantans lan pou padon peche yo.

    5 Tout peyi Judée a t ap prale bò kote li avèk tout pèp Jérusalem lan. Konsa, yo t ap batize pa li menm nan larivyè Jourdain an. Yo t ap konfese peche yo.

  27. 6 “Pou sa, di a tout lakay Israël la, ‘Konsa pale Senyè BONDYE a: “Repanti, vire kite zidòl nou yo, e vire figi nou lwen de tout abominasyon nou yo.”’”

  28. 6 Chache SENYÈ a pandan Li kapab twouve;

    rele Li pandan Li toupre a.

    7 Kite mechan an abandone chemen li an,

    ak pechè a, panse li yo.

    Kite li retounen kote SENYÈ a

    e Li va gen mizerikòd sou li;

    anvè Bondye nou an, ki pa janm manke mizerikòd.

  29. 28 “Men kisa nou panse? Yon nonm te gen de fis. Li te vini a premye a, e te di l: ‘Fis mwen, ale travay pou mwen jodi a nan chan rezen an.’”

    29 “Li te reponn: ‘M p ap prale’. Men, apre li te regrèt sa, e li te ale.

    30 “Nonm nan te rive kote dezyèm nan, e te di menm bagay la. Men li menm te reponn, e te di: Avozòd! Men li pa t ale. 31 Kilès nan de fis sa yo ki te fè volonte a papa l?”

    Yo te reponn: “Premye a”.

    Jésus te di yo: “Anverite, Mwen di nou ke kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo va antre nan wayòm syèl la avan nou menm. 32 Paske Jean te vini a nou menm nan chemen ladwati, men nou pa t kwè li; men kolektè kontribisyon yo avèk fanm movèz vi yo te kwè li.. Men nou menm ki te wè sa, nou pa t menm repanti lè l fin fèt pou nou ta kwè li.

  30. 22 Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, si posib, entansyon kè ou kapab vin padone.

  31. 19 “Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.

  32. 9 Moun yo te chode avèk yon chalè. Konsa, yo te blasfeme non Bondye ki gen pouvwa sou fleyo sa yo, men yo pa t repanti pou ta ba Li glwa.

    10 Answit, senkyèm zanj lan te vide gode li sou twòn a bèt la, epi wayòm li an te vin tounwa. Konsa, yo te manje pwòp lang yo akoz de doulè a. 11 Yo te blasfeme Bondye syèl la, akoz de doulè ak maleng yo. Malgre sa a, yo pa t repanti de zèv yo.

  33. 3 “Fè atansyon! Si frè nou peche, reprimande l; e si li repanti, padone l. 4 Epi si li peche kont nousèt fwa pa jou, e retounen vè nou sèt fwa pou di ‘Mwen repanti’, padone l.”

  34. 8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.

    10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.

  35. 21 Mwen te ba li tan pou repanti, e li pa vle repanti de imoralite li yo.

    22 “Gade byen, Mwen va jete li sou yon kabann plen maladi, e sila ki fè adiltè yo avèk li nan gran tribilasyon an, amwenske yo repanti de zèv li yo. 23 Konsa, Mwen va touye pitit li yo avèk gwo maladi lapès, e tout legliz yo va konnen ke Mwen menm se Sila ki sonde panse ak kè yo. Mwen va bay nou chak selon zèv nou.

  36. 13 Sila ki kache transgresyon li yo, p ap fè pwogrè;

    men sila ki konfese yo e kite yo, va jwenn konpasyon.

  37. 20 Li te kòmanse repwoche vil kote pi fò mirak yo te fèt yo, paske yo pa t repanti. 21 Malè a ou menm, Chorazin! Malè a ou menm, Bethsaïda! Si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Tyr ak Sidon, yo t ap gen tan repanti lontan avèk rad sak ak sann. 22 Malgre sa Mwen di nou, l ap pi tolerab pou Tir ak Sidon nan jou jijman an pase pou nou menm. 23 Epi nou menm, Capernaüm; nou p ap monte nan syèl la! Nou konnen sa? Nou ap desann nan Lanfè. Paske si mirak ki te fèt nan nou yo, te fèt nan Sodome; yo ta toujou la jodi a. 24 Malgre sa, Mwen di nou ke li va pi tolerab pou peyi Sodome nan jou jijman an pase pou nou menm.

  38. 1 Alò, lè maten vin rive, tout chèf prèt yo avèk lansyen a pèp la te pran diskite kont Jésus pou mete Li a lanmò. 2 Yo te mare Li, mennen L ale pou te livre Li a Pilate, gouvènè peyi a.

    3 Konsa, lè Judas ki te trayi Li a te wè ke Li te kondane, Li te sanse regrèt. Li te retounen bay trant pyès ajan yo bay chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo. 4 Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.”

    Men yo te reponn li: “Kisa sa ye pou nou? Okipe sa ou menm!”

    5 Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan sanktyè tanp lan. Li te sòti, e te ale pann tèt li.

  39. 11 Lè Farizyen yo te wè sa, yo te di a disip Li yo: “Poukisa Mèt nou ap manje avèk moun kontribisyon ak pechè sa yo?”

    12 Men, lè Jésus tande sa, Li te di: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. 13 Men ale konprann kisa sa vle di: ‘Mwen dezire mizerikòd, pa sakrifis’, paske mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo.”

  40. 5 Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal. 6 Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a, e sa te blese Li nan kè L.

    7 SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan tout bèt yo, ak a zwazo anlè yo. Paske mwen regrèt ke m te fè yo.”

  41. 18 “Anverite, Mwen te tande Éphraïm ap kriye ak doulè:

    ‘Ou te fè m sibi chatiman.

    Mwen te sibi chatiman

    tankou yon jenn bèf ki poko fin donte.

    Mennen m pou m ka restore,

    paske se Ou menm ki SENYÈ a, Bondye mwen an.

    19 Paske lè m te retounen, mwen te repanti.

    Epi apre mwen te enstwi.

    Mwen te frape pwòp kwis mwen.

    Mwen te vin wont e twouble menm;

    paske mwen te pote repwòch jenès mwen.’

    20 Èske Éphraïm se fis Mwen?

    Èske li se yon pitit ki fè M anpil plezi?

    Anverite, Mwen te pale kont li souvan, men M sonje l toujou;

    konsa kè M gen gwo dezi pou li.

    Anverite, Mwen va fè gras pou li”, deklare SENYÈ a.

  42. 21 “Men si moun mechan an vire kite tout peche ke li te konn komèt yo pou vin swiv tout règleman Mwen yo, e pratike lajistis ak ladwati, anverite, li va viv, li p ap mouri. 22 Tout transgresyon ke li te konn komèt yo, p ap sonje ankò kont li. Akoz ladwati ke li te vin pratike a, li va viv. 23 Èske Mwen pran plezi nan lanmò a mechan yo?” deklare Senyè BONDYE a: “pou M pa pito ke li ta vire kite chemen li an pou viv?”

  43. 9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.

    11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

    14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”

  44. 6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”

    7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse. 9 Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. 10 Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.

  45. 16 “Konsa, repanti; sinon, Mwen va vini kote nou vit, e Mwen va fè lagè kont yo avèk nepe a bouch Mwen an.

  46. 2 Reveye nou, e ranfòse bagay ki rete yo, ke ou te prèt pou jete deyò; paske Mwen pa twouve zèv nou yo konplè nan zye Bondye. 3 Donk, sonje sa nou te resevwa e tande a. Kenbe l e repanti. Konsa, si nou pa reveye nou, Mwen va vini tankou yon vòlè, e nou p ap konnen a kilè Mwen va vini sou nou an.

    4 “Men nou gen kèk moun nan Sardes ki pa t sal vètman yo. Yo va mache avèk Mwen abiye an blan, paske yo dign de sa.

  47. 20 Rès limanite a ki pa t touye pa fleyo sa yo, pa t repanti de zèv a men yo, pou yo pa adore demon, ak zidòl an lò, an ajan, an bwonz, an wòch, ak bwa, ki pa kapab ni wè, ni tande, ni mache yo. 21 Ni yo pa t repanti nan asasine moun, ni nan fè wanga, ni imoralite, ni vòl yo te fè yo.

  48. 2 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Kanpe nan lakou lakay SENYÈ a pou pale ak tout vil Juda a ki te vin adore lakay SENYÈ a'. Bay yo tout pawòl ke M te kòmande ou pou pale avèk yo. Pa manke menm yon mo! 3 Petèt yo va koute e tout moun va vire kite pwòp wout mechan pa yo, pou M ta kapab repanti de malè ke M planifye pou fè rive yo, akoz mechanste a zak yo.’” 4 Men sa ou va di yo: “Konsa pale SENYÈ a: ‘Si nou refize koute Mwen, pou mache nan lalwa ke M te mete devan nou an, 5 pou koute pawòl a sèvitè Mwen yo, pwofèt ke M te voye a nou menm tout tan, tout tan yo,—men nou pa t koute— 6 konsa, Mwen va fè kay sila kon Silo e vil sa a, Mwen va fè li vin yon madichon pou tout nasyon sou latè yo.’”

  49. 10 Rach la tou parèt nan rasin bwa yo; konsa, tout ab ki pa pote bon fwi va koupe pou jete nan lanfè.”

    11 “Pou mwen menm, m ap batize nou avèk dlo pou repantans, men sila a k ap vini aprè mwen an pi fò pase m. Mwen pa menm dign pou m retire sandal Li yo. Li menm L ap batize nou avèk Lespri Sen an, epi avèk dife. 12 Fouch vannen an deja nan men Li. L ap netwaye glasi a nèt e mete tout ble yo nan depo, men L ap brile tout pay la avèk yon dife ki p ap kapab etenn.”

  50. 12 Yo te sòti deyò e yo t ap preche ke moun dwe repanti.

  51. 7 “Alò, pou ou menm, fis a lòm, Mwen te chwazi ou kon gadyen pou lakay Israël. Konsa, ou va tande yon mesaj soti nan bouch Mwen pou avèti yo pou Mwen. 8 Lè M di a mechan an: ‘O nonm mechan anverite ou va mouri’, men ou pa pale pou avèti e detounen mechan an pou l ka kite chemen mechan li an, nonm mechan sa a va mouri nan inikite li, men san li, Mwen va egzije sa nan men ou. 9 Men si ou, bò kote pa ou, ou avèti yon nonm mechan pou vire kite chemen li, e li pa vire kite chemen li an, li va mouri nan inikite li, men ou delivre lavi ou.

    10 “Alò, pou ou, fis a lòm, pale ak lakay Israël: ‘Pale konsa e di: “Anverite, transgresyon nou yo ak peche nou yo, sou nou, e nou ap pouri ladan yo. Donk kòman nou ka viv?”’ 11 Pale ak yo: ‘“Jan Mwen viv la,” deklare Senyè BONDYE a: “Mwen pa pran plezi nan lanmò a mechan yo, men pito pou mechan an vire kite chemen li an pou li viv. Retounen, retounen kite chemen mechan nou yo! Poukisa konsa ou ta mouri, O lakay Israël?”’

    12 “Epi ou menm, fis a lòm, di a sitwayen parèy ou yo: ‘Ladwati a yon nonm dwat p ap ka delivre li nan jou transgresyon li. E mechanste a mechan an, li p ap tonbe akoz li, si li vire kite mechanste a. Ni yon nonm dwati p ap ka viv sou ladwati li nan jou ke li vin fè peche a.’

  52. 15 Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi. 16 Pa kite nou gen okenn moun imoral oubyen san Bondye tankou Esaü ki te vann pwòp dwa eritaj li a pou yon sèl repa manje. 17 Paske nou konnen ke menm apre sa, lè li te dezire vin eritye yon benediksyon, li te rejte, paske li pa t twouve yon plas pou repantans, malgre li te chache sa ak dlo nan zye.

  53. 13 Epi David te di a Nathan: “Mwen te peche kont SENYÈ a.”

    Nathan te di a David: “SENYÈ a, anplis, te retire peche ou; ou p ap mouri. 14 Malgre sa, akoz zak sa a, ke ou te bay okazyon a lènmi a SENYÈ yo pou fè blasfèm, pitit la ki va fèt a ou menm nan va anverite, mouri.”

  54. 16 Lave nou pou nou vin pwòp;

    retire zak malonèt nou yo devan zye M.

    Sispann fè mechanste.

    17 Aprann fè sa ki bon;

    chache lajistis,

    fè sekou oprime yo,

    defann òfelen yo,

    plede ka a vèv la.

    18 “Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a:

    “Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj;

    malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.

    19 Si nou vin dakò e obeyi,

    nou va manje pi bon bagay ki gen nan peyi a;

    20 men si nou refize, e fè rebèl,

    nou va devore pa nepe.”

    Anverite, bouch SENYÈ a fin pale.”

  55. 6 Mesaje yo te ale patou nan tout Israël avèk Juda avèk lèt soti nan men a wa a avèk chèf li yo menm, selon lòd a wa a. Yo te di: “O fis Israël yo, retounen kote SENYÈ a, Bondye Abraham nan, Isaac, avèk Israël la, pou Li kapab retounen kote sila nan nou ki fin chape e retire soti nan men a wa Asiryen yo. 7 Pa fè tankou papa zansèt nou yo avèk frè nou yo ki pa t fidèl a SENYÈ a, Bondye a papa zansèt yo, jiskaske li te fè yo parèt tankou yon laperèz etonan, jan nou wè a. 8 Alò, pa fè tèt di tankou papa zansèt nou yo, men bay plas a SENYÈ a. Antre nan sanktyè ke Li te konsakre jis pou tout tan an, e sèvi SENYÈ a, Bondye nou an, pou kòlè Li k ap brile a kapab vire kite nou. 9 Paske si nou retounen kote SENYÈ a, frè nou yo avèk fis nou yo va jwenn mizerikòd devan sila ki te mennen yo an kaptivite yo, e yo va retounen nan peyi sa a. Paske SENYÈ a, Bondye nou an, plen gras avèk konpasyon e Li p ap vire fas Li kite nou si nou retounen kote Li.”

  56. 18 Anpil osi, nan sila ki te kwè yo, yo te kontinye vini pou konfese e devwale tout sa ke yo te konn pratike yo. 19 Anpil nan sila ki te konn pratike maji yo te vin pote liv yo, e te kòmanse boule yo devan zye a tout moun. Yo te kontwole pri a yo e te twouve l kòm senkant mil pyès dajan.

  57. 1 Konsa, nan kite enstriksyon elemantè sou Kris la, annou pouse de lavan vè matirite. Nou p ap poze ankò yon fondasyon repantans ki soti nan zèv mò yo, ak lafwa anvè Bondye, 2 lenstriksyon sou lave ak poze men yo, rezirèksyon a mò yo ak jijman etènèl la. 3 Tout sa nou va fè si Bondye kite l fèt.

    4 Paske nan ka a sila ki, yon fwa, te eklere yo, ki te goute kado selès la, ki te vin patisipan nan Lespri Sen yo, 5 te goute bon pawòl Bondye a ak pouvwa a tan k ap vini an, 6 e ki answit, te vin tonbe, se enposib pou renouvle yo ankò a repantans, paske yo ankò krisifye pou kont yo Fis Bondye a e ekspoze Li a lawont piblik.

  58. 27 Alò, Farawon te voye kote Moïse avèk Aaron, e te di yo: “Mwen te peche fwa sa a. SENYÈ a se sila ki dwat la, epi mwen avèk pèp mwen an se nou ki mechan. 28 Fè lapriyè bay SENYÈ a, paske te gen kont tonnè avèk lagrèl. Mwen va kite nou ale, e nou p ap rete ankò.”

    29 Moïse te di li: “Depi mwen kite vil la, m ap ouvri men m bay SENYÈ a. Tonnè a va sispann, e p ap gen lagrèl ankò, pou ou kapab konnen ke tè a se pou SENYÈ a. 30 Men pou ou menm, avèk sèvitè ou yo, mwen konnen ke nou poko krent SENYÈ Bondye a.”

    31 Alò pye koton swa yo avèk lòj la te gate, paske lòj la te fè gwo tèt, e koton swa a t ap boujonnen. 32 Men ble a avèk pitimi a pa t gate paske yo te vin mi pita.

    33 Alò, Moïse te kite vil la sòti devan Farawon, e li te lonje men li vè SENYÈ a; epi tonnè avèk lagrèl la te sispann, e lapli pa t tonbe sou latè ankò.

    34 Men lè Farawon te wè ke lapli avèk tonnè a te sispann, li te peche ankò, e li te andisi kè l, li menm avèk sèvitè li yo. 35 Kè Farawon te vin di, e li pa t kite fis Israël yo ale, jan SENYÈ a te pale ak Moïse la.

  59. 14 Konsa, SENYÈ a te chanje ide li sou mal ke Li te di Li t ap fè a pèp Li a.

  60. 5 Poukisa pèp sa a, Jérusalem, te vire akote nan enfidelite san rete a?

    Yo kenbe rèd a desepsyon.

    Yo refize retounen.

    6 Mwen te koute e te tande, men yo pa t pale sa ki dwat;

    okenn moun pa t repanti de mechanste yo pou l ta di:

    ‘Kisa mwen te fè la a?’

    Yo chak vin vire nan pwòp chemen pa yo,

    tankou yon cheval k ap kouri antre nan batay.

    7 Menm zwazo sigòy anlè a konnen sezon li.

    Toutrèl ak iwondèl ak valèt kontwole lè antre sòti pa yo;

    men pèp Mwen an pa konnen règleman SENYÈ a.

  61. 1 Vini, annou retounen kote SENYÈ a;

    paske li te chire nou,

    men Li va geri nou.

    Li te blese nou,

    men Li va panse nou.

    2 Li va fè nou vin refè apre de jou;

    Nan twazyèm jou a Li va fè nou leve.

    Konsa, nou va viv devan Li.

    3 Annou rekonèt SENYÈ a;

    annou refize lage pou nou ka konnen SENYÈ a.

    Aparans Li asire tankou solèy

    k ap leve granmmaten.

    Konsa, Li va vini sou nou tankou lapli,

    tankou lapli prentan k ap wouze latè.

    4 Kisa pou M fè ak ou, O Éphraïm?

    Kisa pou M fè ak ou, O Juda?

    Paske fidelite ou tankou nwaj nan maten,

    tankou farinay ki disparèt bonè.

  62. 3 “Beni se sila yo ki malere an espri;

    paske wayòm syèl la se pou yo.

    4 Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt;

    yo va konsole.

    5 Beni se sila yo ki enb;

    yo va resevwa tout latè kòm eritaj.

    6 Beni se sila yo ki grangou avèk swaf pou ladwati;

    yo va satisfè.

  63. 24 Alò, Saül te di a Samuel: “Mwen te peche; Mwen te vrèman transgrese kòmand SENYÈ a e pawòl a ou menm yo; paske mwen te pè pèp la e mwen te koute vwa pa yo. 25 Alò, pou sa, souple, padone peche mwen e retounen avè m pou m kapab adore SENYÈ a.”

    26 Men Samuel te di a Saül: “Mwen p ap retounen avè w; paske ou te rejte pawòl a SENYÈ a e SENYÈ a te gentan rejte ou kòm wa sou Israël.”

  64. 27 Li te vin rive ke lè Achab te tande pawòl sa yo, li te chire rad li e li te mete twal sak sou li pou te fè jèn. Li te kouche nan twal sak e li te vin mache avèk chagren nèt.

    28 Alò, pawòl SENYÈ a te vini a Élie, Tichbit la, e te di: 29 “Èske ou wè kijan Achab te vin imilye li devan Mwen? Akoz li te imilye li devan mwen, Mwen p ap mennen mal la nan jou li yo; men Mwen va mennen mal la sou lakay li nan jou a fis li yo.”

  65. 36 “Lè yo fè peche kont Ou (paske nanpwen lòm ki pa peche), epi Ou fache avèk yo jis Ou livre yo a yon lènmi, e yo pran yo mete an kaptivite nan yon peyi lwen, oswa pre; 37 si yo vin reflechi nan peyi kote yo te mennen an kaptivite a, repanti, e fè siplikasyon a Ou menm nan peyi kaptivite yo a, e di: ‘Nou te peche, nou fè inikite e te aji avèk mechanste;’ 38 si yo retounen a Ou menm avèk tout kè yo, avèk tout nanm yo soti nan peyi kaptivite yo a, kote yo te mennen yo an kaptivite a, e priye vè peyi yo a ke Ou te bay a zansèt yo, ak vil ke Ou te chwazi a, e vè kay ke m te bati pou non Ou a, 39 alò, tande, depi nan syèl la, depi nan abitasyon pa Ou a, lapriyè pa yo, avèk siplikasyon pa yo, e bay soutyen a koz pa yo, epi padone pèp Ou a ki te peche kont Ou.

  66. 18 Konsa, mwen konfese inikite mwen.

    Mwen ranpli avèk regrè akoz peche m.

  67. 12 Ale pwoklame pawòl sa yo vè nò, epi di: ‘Retounen, Israël enfidèl’, deklare SENYÈ a; ‘Mwen p ap gade ou ak kòlè. Paske Mwen gen mizerikòd, deklare SENYÈ a; Mwen p ap rete fache jis pou tout tan. 13 Sèlman rekonèt inikite ou, ke ou te transgrese kont SENYÈ a, Bondye ou a. Ou te gaye favè ou bay etranje yo anba tout bwa vèt e ou pa t obeyi vwa M,’” deklare SENYÈ a. 14 “Retounen, O fis enfidèl,” deklare SENYÈ a, “paske Mwen se yon mèt pou nou. Mwen va retire de nou, youn nan yon vil e de nan yon fanmi, e Mwen va mennen nou Sion.”

  68. 41 Moun Niniv ap kanpe avèk jenerasyon sila a nan jijman e kondane li, paske yo te repanti lè Jonas te preche yo. Epi veye byen, yon bagay pi gran pase Jonas gen tan rive isit la.

  69. 75 Pierre te sonje mo Jésus a, lè Li te di: “Avan kók la chante, ou va nye Mwen twa fwa.” E li te ale deyò pou te kriye yon kriye anmè.

  70. 16 Lè skrib ak Farizyen yo te wè ke Li t ap manje avèk pechè ak ajan kontribisyon yo, yo te kòmanse di a disip Li yo: “Poukisa L ap manje e bwè avèk ajan kontribisyon yo avèk pechè yo?”

    17 Lè L te tande sa, Jésus te di yo: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo. Mwen pa t vini pou rele moun ki jis yo, men pechè yo”.

  71. 25 “Men Abraham te di: ‘Pitit, sonje ke pandan lavi ou, ou te resevwa bon bagay yo. E menm jan an, Lazare te resevwa move bagay yo. Men koulye a, l ap konsole isit la, e ou menm nan gran doulè. 26 Anplis de sa, antre nou avèk ou menm, gen yon gran vid byen etabli pou anpeche sila isit yo ki vle travèse kote ou a, e ke pèsòn pa kapab travèse soti la a pou rive kote nou menm nan.’

    27 “Pou sa li te di: ‘Alò, mwen sipliye ou Papa, pou ou voye li lakay papa m— 28 Pwiske mwen gen senk frè—pou li kapab avèti yo, pou ke yo menm tou pa vini nan plas toumant sa a.’

    29 “Men Abraham te di: ‘Yo gen Moïse avèk pwofèt yo. Kite yo tande yo.’

    30 “Men li te di: ‘Non. Papa Abraham, men si yon moun ta sòti nan mò a, ale kote yo, yo va repanti!’

    31 “Men li te di yo: ‘Si yo pa koute Moïse avèk pwofèt yo, nonpli, yo p ap kwè menm si yon moun leve soti nan lanmò.

  72. 19 Frè m yo si yon moun pami nou vin egare e kite verite a, men yon lòt fè l retounen, 20 fè li konnen ke sila ki detounen yon pechè soti de erè chemen li an, va sove nanm li de lanmò, e va kouvri yon gran kantite peche.

  73. 26 Konsa, li va priye a Bondye,

    e Li va aksepte li, pou l kab wè figi L plen ak jwa.

    Se konsa, Li restore ladwati a lòm.

    27 Li va chante devan lèzòm. Li va di:

    “Mwen te peche, mwen te konwonpi sa ki dwat,

    e li pa t bon pou mwen.

    28 Li te rachte nanm mwen pou l pa rive nan fòs lanmò a,

    e lavi m va wè limyè a.’

  74. 8 Zachée te kanpe e te di a Senyè a: “Gade byen, Senyè, menm mwatye sa ke m posede, m ap bay a malere yo, e si m te twonpe nenpòt moun de nenpòt bagay, mwen va remèt kat fwa sa.”