32 Bible Verses About Fasting
Bib Sen An (BSA)
-
16 “Konsa, lè nou ap fè jèn, pa mete yon figi tris jan ipokrit yo konn fè a. Paske yo neglije aparans yo pou moun kapab wè ke y ap fè jèn. Anverite, yo deja twouve tout rekonpans pa yo.
17 “Men nou menm, lè nou ap fè jèn, onksyone tèt nou avèk lwil e lave figi nou, 18 pou moun pa wè ke nou ap fè jèn, men se Papa nou ki nan sekrè a k ap wè. Konsa, Papa nou ki wè nan sekrè a ap bannou rekonpans.
-
1 Alò te gen nan Antioche, nan legliz ki te la a, pwofèt ak mèt yo; Barnabas ak Simon ki te rele Niger, ak Lucius de Cyrène, ak Manaen ki te grandi avèk Hérode, tetrak la (youn nan kat wa yo), ak Saul.
2 Pandan yo t ap fè sèvis pou Senyè a, e t ap jene, Lespri Sen an te di: “Mete apa pou Mwen Barnabas ak Saul, pou travay ke mwen rele yo a.”
3 Alò, lè yo te fin fè jèn nan ak lapriyè, yo te poze men sou yo e te voye yo ale.
4 Konsa, ranvwaye pa Lespri Sen an, yo te desann Séleucie. Depi la yo te pran yon bato pou Chypre.
-
3 ‘Poukisa nou fè jèn e Ou pa wè?
Èske nou imilye nou e Ou pa wè?’
“Gade byen, nan jou jèn lan, ou satisfè tout dezi nou yo
e nou kòmande byen di tout ouvriye nou yo.
4 Gade byen, nou fè jèn pou konfli ak kont;
pou nou frape ak ponyèt mechan an.
Kalite jèn nou fè la jodi a p ap fè vwa ou tande anwo a.
5 Èske se jèn sa a ki fè kè M kontan?
Yon jou pou yon nonm ta imilye li menm?
Pou bese tèt li kon wozo,
e gaye twal sak ak sann kon kabann anba l?
Èske se yon jèn ke ou rele sa;
menm yon jou k ap akseptab a SENYÈ a?
6 “Se pa jèn sila a ke M pito;
pou lache lyann mechanste yo,
pou demare kòd jouk la,
pou lese oprime yo pran libète
e kase tout jouk yo?
7 Èske se pa pou divize pen ou ak moun grangou yo,
e mennen endijan yo antre nan kay?
Lè ou wè toutouni an, pou kouvri l;
epi pou ou pa kache tèt ou de pwòp chè ou?
8 Konsa, limyè ou va pete kon granmmaten,
e gerizon ou va vòltije vit devan ou.
Ladwati ou va ale devan ou,
e laglwa SENYÈ a va fè gad ou an aryè.
9 Nan lè sa a, ou va rele, e SENYÈ a va reponn.
Ou va kriye e Li va di: ‘Men Mwen isit la’.
“Si ou retire jouk la nan mitan nou,
sispann pwente dwat sou lòt
e sispann pale mechanste;
10 si ou vide nanm ou a sila ki grangou,
e satisfè dezi a aflije a;
nan lè sa a, limyè ou va leve nan fènwa,
e tristès ou va klere kon gran lajounen.
11 Epi SENYÈ a va gide ou tout tan,
satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo,
e bay fòs a zo ou yo.
Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze
e tankou yon sous dlo ki p ap janm seche.
12 Sila ki pami ou yo va rebati ansyen mazi yo.
Ou va fè releve ansyen fondasyon yo.
Konsa yo va rele ou Sila Ki Te Repare Brèch la,
Sila Ki Te Restore Lari Yo Ak Kay Yo.
-
21 Epi mwen te pwoklame yon jèn, akote rivyè Ahava a, pou nou ta kab imilye nou devan Bondye nou an pou chache soti nan Li, yon vwayaj sof pou nou, pitit nou yo ak tout byen nou yo. 22 Paske mwen te wont mande a wa a, sòlda yo avèk chevalye yo pou pwoteje nou kont lènmi sou chemen an, akoz nou te di a wa a: “Men Bondye nou an byen dispoze sou sila ki chache Li yo, men ak pwisans Li avèk lakòlè Li kont tout sila ki abandone Li yo.” 23 Konsa, nou te fè jèn nan, e te chache Bondye nou konsa, e Li te koute sa nou te mande a.
-
9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.
11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.
14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”
-
14 Aprè sa, disip a Jean yo te vini mande L: “Poukisa nou menm avèk Farizyen yo fè jèn, men disip Ou yo pa fè l?”
15 Jésus di yo konsa: “Èske moun k ap fete avèk mesye maryaj la kapab tris pandan mesye a toujou la? Men jou yo ap vini lè mesye a p ap la ankò e nan tan sa a, yo va fè jèn. 16 Men pèsòn pa pyese yon vye rad avèk yon twal nèf dekwa ke twal nèf la pa vin chire lè l ap ratresi pou chire rad la pi mal. 17 Ni moun pa mete diven nèf nan po kwi ansyen, sinon po a ap fann, diven an va tonbe, e ansyen po a va gate. Men yo mete diven nèf nan po nèf pou tou de kapab konsève.”
-
13 Men pou mwen menm, lè yo te malad,
rad mwen te vin twal sak;
Mwen te imilye nanm mwen nan fè jèn,
epi lapriyè m te kontinye retounen
nan kè m.
14 Mwen te ale toupatou konsi se te zanmi mwen, oswa frè mwen.
Mwen te koube ak gwo tristès,
tankou yon moun ta fè dèy pou manman li.
-
12 “Koulye a menm”, deklare SENYÈ a,
“retounen kote Mwen ak tout kè nou;
avèk jèn, avèk gwo kri, e avèk gwo lamantasyon.”
13 Konsa, rann kè nou, olye vètman nou.”
Retounen kote SENYÈ a, Bondye nou an,
paske Li plen gras ak mizerikòd,
lan nan kòlè, plen ak lanmou dous,
e konn ralanti nan fè malè.
14 Kilès ki ka konnen si Li p ap repanti kite sa a,
pou L kite dèyè Li yon benediksyon,
menm yon ofrann sereyal
ak yon ofrann bwason pou SENYÈ a, Bondye nou an.
15 Soufle yon twonpèt nan Sion!
Konsakre yon jèn.
Pwoklame yon asanble solanèl.
16 Rasanble moun yo.
Fè yon asanble ki sen.
Reyini ansyen yo.
Rasanble timoun ak sila pran tete yo.
Kite mesye marye a sòti nan chanm li,
e lamarye a sòti nan chanm maryaj la.
-
1 Apre sa, Lespri Sen an te mennen Jésus nan savann nan pou L ta kapab tante pa Satan. 2 Lè Li te fin fè jèn karant jou avèk karant nwit lan, Li te grangou. 3 Konsa, Tantatè a te parèt, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, kòmande wòch sa yo vin pen.”
4 Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.
-
1 Nan premye ane Darius, fis a Assuérus, Mèd la, ki te vin wa sou wayòm a Kaldeyen yo— 2 nan premye ane a règn pa li a, mwen menm, Daniel, mwen te konprann selon liv yo, nonb dèzane selon pawòl SENYÈ a te vini a Jérémie, pwofèt la, pou ta fè akonplisman dezolasyon a Jérusalem yo, menm swasann-dis ane yo. 3 Konsa, mwen te chache fas Senyè Bondye a, pou jwenn Li nan lapriyè ak siplikasyon, fè jèn ak twal sak ak sann.
4 Mwen te priye a SENYÈ a, Bondye mwen an. Mwen te konfese e mwen te di:
“O SENYÈ, Gran Bondye ki etonan an, ki kenbe akò ak mizerikòd li pou sila ki renmen Li, e ki swiv kòmandman Li yo, 5 nou te peche; nou te komèt inikite. Nou te aji ak mechanste e nou te fè rebèl, jiskaske nou vire kite kòmandman Ou yo ak règleman Ou yo. 6 Anplis, nou pa t koute sèvitè Ou yo, pwofèt yo, ki te pale nan non Ou, a wa nou yo, prens nou yo, papa zansèt nou yo, ak tout moun peyi a.
-
1 Nan twazyèm ane Cyrus, wa Perse la, yon mesaj te revele a Daniel, ki te rele Belschatsar. Mesaj la te vrè; menm yon gran gè. Li te konprann mesaj la, e te gen konprann vizyon an.
2 Nan jou sila yo, mwen menm, Daniel, mwen t ap fè dèy pandan twa semèn. 3 Mwen pa t manje okenn bon manje; ni vyann, ni diven an pa t antre nan bouch mwen. Ni mwen pa t sèvi okenn pomad pou onksyone jiskaske tout twa semèn sila yo te fin akonpli.
4 Nan venn-katriyèm jou nan premye mwa a, pandan mwen te akote gran rivyè a, ki se Hiddékel, 5 mwen te leve zye m gade e vwala, te gen yon sèten nonm abiye an len, ak senti l mare ak yon sentiwon lò pi, ki sòti Uphaz. 6 Anplis, kò li te tankou krizolit, figi li kon aparans ak loray, zye li kon tòch flanm dife, bra li ak pye li tankou bwonz byen poli, e son a pawòl li yo, kon son a yon gran foul.
-
36 Anplis te gen yon pwofetès, Anne, fi a Phanuel, ki te nan tribi Aser. Li te avanse nan laj, e li te viv avèk mari li pandan sèt ane apre maryaj la, 37 answit, kon vèv jis rive nan laj katre-ven-kat ane. Li pa t janm kite tanp lan e te sèvi lajounen kon lannwit nan jèn ak lapriyè. 38 Nan menm moman sila a, li te monte, e li te bay glwa a Bondye. Li te kontinye pale de Li a tout sila ki t ap chache redanmsyon Jérusalem nan.
-
21 Aprè yo te fin preche levanjil nan vil sa a, e te fè anpil disip, yo te retounen Lystre, Icone ak Antioche. 22 La yo t ap ranfòse nanm a disip yo. Yo t ap ankouraje yo pou kontinye nan lafwa, e te di: “Se ak anpil tribilasyon nou oblije antre nan Wayòm Bondye a.” 23 Lè yo te fin nome ansyen yo nan chak legliz, priye ak jene, yo te plase yo nan men Senyè a, de Li menm ke yo te vin kwè a.
-
33 Yo te di Li: “Disip a Jean yo souvan fè jèn e fè lapriyè; disip a Farizyen yo fè menm jan an. Men pa Ou yo, manje e bwè.”
34 Jésus te di yo: “Nou pa kapab fè zanmi fèt maryaj yo fè jèn pandan jennonm maryaj la toujou avèk yo. Èske se pa vre? 35 Men jou yo ap vini lè jennonm nan ap kite yo. Alò, yo va fè jèn nan jou sa yo.”
36 Li t ap di yo yon parabòl: “Pèsonn pa chire yon mòso twal, fè l sòti nan yon vètman nèf, pou mete l sou yon vètman ki vye. Otreman l ap non sèlman fin chire nèf la, men nèf la p ap parèt menm jan ak vye a. 37 Epi pèsonn pa mete diven nèf nan veso vye kwi, otreman diven nèf la va pete kwi a, gaye tonbe, e vye kwi yo va vin gate. 38 Men diven nèf la oblije vide nan po fèt avèk kwi nèf.
-
1 Alò, nan venn-katriyèm jou nan mwa sa a, fis Israël yo te rasanble fè jèn abiye ak twal sak ak tè yo mete sou yo. 2 Desandan Israël yo te separe yo soti nan tout etranje yo, e te kanpe pou konfese peche pa yo avèk inikite a papa zansèt yo. 3 Pandan yo te kanpe nan plas yo, yo te li soti nan liv lalwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, pou yon ka de jounen an. Pou yon lòt ka, yo te konfese e te adore SENYÈ a, Bondye pa yo a.
-
28 Li te la avèk SENYÈ a pandan karant jou ak karant nwit. Li pa t manje pen, ni bwè dlo. Konsa, li te ekri sou tablo yo avèk pawòl akò yo, dis kòmandman yo.
29 Lè Moïse t ap desann Mòn Sinaï a, avèk de tablo temwayaj yo nan men Moïse lè li t ap desann mòn nan, Moïse pa t konnen ke po figi li te briye akoz li t ap pale avèk Senyè a.
-
11 Alò, David te sezi rad li, te chire yo, menm jan tout mesye ki te avè l yo te fè. 12 Yo te fè dèy e te kriye fè jèn pou Saül avèk fis li a, Jonathan, pou pèp SENYÈ a e pou lakay Israël jis rive nan aswè, akoz yo te tonbe pa nepe.
-
4 Madanm nan pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou mari a, e menm jan an mari a pa gen otorite sou pwòp kò li, men se pou madanm nan. 5 Sispann refize youn lòt, eksepte pa akò pou yon ti tan, pou nou kapab konsakre nou nan lapriyè, e retounen ansanm ankò pou Satan pa tante nou akoz mank kontwòl tèt nou.
-
16 Mwen te pote li bay disip Ou yo, men yo pa t kapab geri li.”
17 Jésus te reponn. Li te di: “O jenerasyon enkredil e pèvès; pandan konbyen de tan M ap avèk nou? Pandan konbyen de tan M ap sipòte nou? Mennen li ban Mwen!” 18 Jésus te reprimande lespri a. Dyab la te sòti sou li, epi jennonm nan te geri lapoula.
19 Konsa, disip yo te vin kote Jésus an prive. Yo te mande L: “Poukisa nou menm pa t kapab chase l?”
20 Li te di yo: “Paske lafwa nou tèlman piti. Paske konsa Mwen di nou: Si nou gen lafwa gwosè yon grenn moutad, nou ap di a mòn sa a: ‘Deplase ou isit la, ale la,’epi l ap prale. Nanpwen anyen k ap enposib pou nou. 21 Men kalite sila a pa sòti sof ke pa lapriyè, avèk jèn.”
-
5 Answit, pèp Ninive lan te kwè Bondye. Yo te deklare yon jèn e yo te mete twal sak soti nan pi gran pou rive nan pi piti pami yo. 6 Lè pawòl la te rive kote wa Ninive lan, li te leve soti sou twòn li, e te mete manto wayal li sou kote. Li te kouvri tèt li ak twal sak e li te chita nan mitan sann. 7 Li te pibliye yon pwoklamasyon. Li te di: “Nan Ninive, pa dekrè wa a, ak prens li yo: Pa kite ni lòm, ni bèt, ni bann mouton, ni twoupo goute anyen. Pa kite yo ni manje ni bwè dlo. 8 Men ni lòm ni bèt dwe vin kouvri ak twal sak. Konsa, kite yo rele Bondye avèk tout kè yo, pou tout moun kapab vire kite chemen mechan yo a, e vire kite vyolans ki nan men yo. 9 Kilès ki konnen, petèt Bondye va repanti, e ralanti sou gwo kòlè Li a pou nou pa peri.”
10 Lè Bondye te wè zèv yo, ke yo te vire kite chemen mechan yo a, alò Bondye te repanti de gwo malè ke Li te deklare pou fè rive sou yo a. Epi Li pa t fè sa ankò.
-
4 Konsa, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Li te di: 5 “Di a tout pèp peyi a, e a prèt yo: ‘Lè nou te fè jèn ak lamantasyon nan senkyèm jou nan setyèm mwa yo, pandan swasann-dis ane sila yo, èske se te vrèman pou Mwen ke nou te fè jèn nan? 6 Lè nou manje ak bwè, èske nou pa manje pou pwòp tèt nou, e èske nou pa bwè pou pwòp tèt nou?
-
15 Konsa, Nathan te ale lakay li.
Epi SENYÈ a te frape pitit ke vèv Urie te fè pou David la, jiskaske li te vin byen malad. 16 Pou sa, David te mande Bondye pou pitit la. Li te fè jèn e li te ale kouche tout nwit lan atè. 17 Ansyen lakay li yo te kanpe akote li pou leve li atè a, men li pa t dakò e li pa t manje avèk yo. 18 Konsa, li te vin rive nan setyèm jou a ke pitit la te vin mouri. Epi sèvitè a David yo te krent pou di l ke pitit la te mouri, paske yo te di: “Gade byen, pandan pitit la te vivan an, nou te pale avèk li e li pa t tande vwa nou. Konsa, kòman nou kab di li ke pitit la mouri, paske li kab fè tèt li mal?”
-
8 Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive Horeb, mòn Bondye a.
-
2 Kèk moun te vin bay rapò a Josaphat e te di: “Yon gran foul ap pwoche kont ou soti lòtbò lanmè Syrie. Gade byen, yo rive Hatsatson-Thamar” (ki En-Guédi a). 3 Josaphat te byen pè. Li te vire atansyon li pou chache SENYÈ a, e te pwoklame yon jèn toupatou nan Juda. 4 Konsa, Juda te rasanble ansanm pou chache èd SENYÈ a. Yo te sòti menm nan tout vil a Juda yo pou chache SENYÈ a.
-
11 Pou sa, SENYÈ a te di m: “Pa fè lapriyè nan favè a pèp sa a. 12 Lè yo fè jèn, Mwen p ap koute kri yo; epi lè yo ofri ofrann brile ak ofrann sereyal, Mwen p ap aksepte yo. Pito Mwen va fè yo disparèt ak nepe, ak gwo grangou, bèt ak maladi k ap ravaje chan yo.”
-
13 Mare senti nou ak twal sak e kriye fò,
O prèt yo, Rele anmwey!
O sèvitè a lotèl yo,
Vin pase nwit lan ak twal sak,
chèf sèvitè a Bondye mwen yo.
Paske ofrann sereyal la ak ofrann bwason an
p ap antre lakay Bondye nou an.
14 Vin konsakre jèn nan!
Pwoklame asanble solanèl lan!
Rasanble tout ansyen yo
ak tout moun ki rete nan peyi a,
pou yo vini lakay SENYÈ a, Bondye nou an,
pou kriye fò anvè SENYÈ a.
-
8 Saul te leve atè a, e malgre zye li te louvri, li pa t kab wè anyen. Yo te mennen li pa lamen, e te fè l rive Damas. 9 Li pa t kab wè pandan twa jou, ni li pa t manje, ni bwè.
10 Alò, te gen yon disip nan Damas ke yo te rele Ananias. Senyè a te di l nan yon vizyon: “Ananias!”
Li te reponn: “Men mwen, Senyè.”
11 Senyè a te di li: “Leve ale nan ri ke yo rele Dwat la, e mande lakay Judas, pou yon mesye Tarse ke yo rele Saul. Paske, gade byen, l ap priye. 12 Li gen tan wè deja nan yon vizyon yon mesye ke yo rele Ananias antre pou poze men l sou li, pou l wè ankò.”
-
30 Corneille te di: “Kat jou pase jis nan menm lè sa a, mwen t ap fè jèn e priye lakay mwen nan nevyèm è a; epi vwala yon nonm te kanpe devan mwen avèk vètman ki t ap briye. 31 Li te di: ‘Corneille, priyè ou gen tan tande e ofrann ou yo gen tan sonje devan Bondye.
-
18 “Mwen te tonbe ba devan SENYÈ a, yon fwa ankò. Pandan karant jou ak karant nwit mwen pa t manje pen ni bwè dlo akoz tout peche ke nou te fè nan fè sa ki mal nan zye SENYÈ a, pou pwovoke Li a lakòlè.
-
33 Jiskaske joune a te prèt pou pwente, Paul t ap ankouraje yo tout pou pran kèk bagay pou manje, e t ap di: “Jodi a fè katòzyèm jou ke nou ap veye san rete, ale san manje, e pa pran anyen. 34 Konsa, mwen ankouraje nou pou pran kèk manje, paske sa se pou prezève nou; paske pa menm yon cheve nan tèt a okenn nan nou p ap peri.”
-
1 “Veye pou nou pa pratike ladwati nou devan moun pou yo kapab wè nou. Si se konsa, nou p ap twouve okenn rekonpans nan men Papa nou ki nan syèl la.
2 “Pou sa, lè nou ap bay lacharite, pa sonnen yon twonpèt devan nou tankou ipokrit yo konn fè nan sinagòg ak lari yo, pou yo kapab resevwa lonè a lòm. M ap di ou, yo gen tan resevwa tout rekonpans yo. 3 Men lè nou ap bay lacharite, pa kite men goch nou konnen kisa men dwat nou ap fè; 4 ke lacharite nou kapab an sekrè, e Papa nou ki wè an sekrè a, ap bannou rekonpans.
-
24 Jenou m vin fèb nan fè jèn
e chè m vin mèg, san grès.
Shows Read in context, Share and Copy.