33 Bible Verses About Mourning
Bib Sen An (BSA)
-
1 Lè Jésus te wè foul la, Li te monte sou mòn nan. Lè Li fin chita, disip Li yo te vin kote L. 2 Li te louvri bouch Li e te kòmanse enstwi yo konsa:
3 “Beni se sila yo ki malere an espri;
paske wayòm syèl la se pou yo.
4 Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt;
yo va konsole.
5 Beni se sila yo ki enb;
yo va resevwa tout latè kòm eritaj.
-
13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.
15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.
16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.
-
31 Alò, David te di a Joab avèk tout moun ki te avèk li yo: “Chire rad nou e abiye nou an sak pou fè lamantasyon devan Abner.” Epi Wa David te mache dèyè sèkèy la. 32 Konsa, yo te antere Abner Hébron. Wa a te leve vwa li pou te kriye akote tonm Abner a, e tout moun te kriye. 33 Wa a te chante yon lamantasyon pou Abner, e te di: “Èske Abner ta dwe mouri tankou yon moun fou ta mouri? 34 Men ou pa t mare, ni pye ou pa t anchene. Tankou yon moun ki tonbe devan mechan yo, ou te tonbe.”
Epi tout moun te kriye ankò sou li. 35 Alò, tout pèp la te vini pou konvenk David manje pen pandan li te toujou nan lajounen, men David te fè ve e te di: “Ke Bondye fè m sa e menm plis, si mwen goute pen oswa nenpòt lòt bagay avan solèy la vin kouche.”
-
34 Alò, Jacob te chire rad li, li te mete twal sak nan ren li, e li te pase anpil jou ap lamante pou fis li a. 35 Alò, tout fis li yo, ak tout fi li yo te leve pou konsole li, men li te refize konsole. Epi li te di: “Vrèman mwen va desann kote fis mwen an, kote sejou mò yo ak lamante pou fis mwen an.” Epi papa li te kriye pou li.
36 Antretan, Madyanit yo te vann li an Égypte a Potiphar, ofisye Farawon an, chèf nan kò gad la.
-
20 Men alò, Kris te vrèman leve soti nan lanmò, kon premye fwi de sila ki mouri yo. 21 Paske si se pa yon sèl moun, lanmò te vini, pa yon moun osi, rezirèksyon mò yo te vini. 22 Paske tankou nan Adam tout moun te mouri an, menm jan an tou nan Kris tout moun va gen lavi.
23 Men chak moun nan pwòp lòd li: Kris, kon premye fwi yo, apre sa sila ki nan Kris yo lè L vini. 24 Answit va vini lafen, lè Li livre wayòm nan a Bondye, Papa a, lè Li fin aboli tout wayòm yo, tout otorite yo, avèk tout pwisans yo. 25 Paske fòk li renye jiskaske Li mete tout lènmi Li yo anba pye Li. 26 Dènye lènmi ki va aboli a se lanmò.
-
1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.
2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.
3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”
5 Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”
-
6 Ni gran, ni piti va mouri nan peyi sa a. Yo p ap antere, yo p ap fè dèy pou yo, ni p ap gen moun ki blese kò l oswa pase razwa nan tèt li pou yo. 7 Pèsòn p ap kase pen doulè a pou yo, pou konsole okenn moun pou lanmò, ni bay yo yon tas konsolasyon pou bwè pou papa yo, oswa manman yo.
8 “Anplis, ou pa prale nan yon kay ki gen fèt pou chita ak yo pou manje ak bwè.”
-
20 Konsa Job te leve. Li te chire vètman li, te pase razwa nan tèt li e te tonbe atè pou l te adore.
-
1 Joseph te tonbe sou figi a papa li. Li te kriye sou li, e li te bo li. 2 Joseph te kòmande sèvitè li yo avèk doktè yo pou anbome kò papa l. Donk, doktè yo te anbome Israël. 3 Alò, karant jou te nesesè pou sa, paske se tan sa a li te pran pou anbome. Epi Ejipsyen yo te kriye pou li pandan swasanndi jou.
-
29 Lè tout kongregasyon an te wè ke Aaron te mouri, tout lakay Israël te kriye pou Aaron pandan trantjou.
-
18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,
epi sove sila ki kraze nan lespri yo.
-
15 Konsa, pawòl SENYÈ a te rive kote mwen e te di: 16 “Fis a lòm, gade byen, Mwen prèt pou retire sou ou dezi zye ou yo ak yon sèl kou; men ou p ap plenyen, ni ou p ap kriye, ni dlo p ap vini nan zye ou. 17 Plenn nan gòj san fè bri. Pa fè dèy pou mò. Mare mòso twal long ou nan tèt ou, mete soulye nan pye ou. Pa kouvri bouch ou e pa manje pen fè dèy la.”
18 Konsa, mwen te pale ak pèp la nan maten an, e nan aswè, madanm mwen te mouri. Konsa, nan maten an, mwen te fè jan yo te kòmande mwen an.
-
10 Epi Mwen va vide sou kay David la, ak sou moun Jérusalem yo, Lespri a gras, ak Lespri lapriyè pou mande mizerikòd. Konsa, yo va gade vè Mwen menm Sila ke yo te pèse a. Yo va soufri gwo doulè pou Li, tankou yon moun k ap fè dèy pou yon sèl fis li genyen, e yo va kriye anpil anpil sou Li jan yon moun ta kriye sou sèl fis inik li. 11 Nan jou sa a, va gen gwo doulè Jérusalem, tankou fè dèy pou Hadadrimmon nan vale Meguiddon an. 12 Peyi a va kriye, chak fanmi apa; fanmi lakay David la, apa, e madanm yo, apa; fanmi lakay Nathan an, apa, e madanm yo apa; 13 fanmi lakay Levi, apa, e madanm yo, apa; fanmi a Schimeï yo, apa, e madanm yo, apa; 14 tout fanmi ki rete yo, chak fanmi apa; e madanm yo, apa.
-
3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a. 5 Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la.
-
8 Konsa, fis Israël yo te kriye pou Moïse nan plèn Moab yo pandan trant jou jis lè jou kriye avèk doulè pou Moïse te vin fini.
-
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
-
3 Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.
-
1 Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,
akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo.
Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo,
pou pwoklame libète a kaptif yo
e delivrans a prizonye yo;
2 pou pwoklame lane gras SENYÈ a
e jou a vanjans Bondye nou an;
pou konsole tout moun ak kè ki tris,
3 pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo;
pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo,
ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la,
ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a.
Konsa, yo va rele pye chenn ladwati,
yon plantasyon SENYÈ a,
pou Li kapab resevwa glwa.
-
35 Jésus te kriye.
36 E Jwif yo t ap di: “Gade kijan Li te renmen l.”
-
26 Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
-
1 Gen yon lè apwente pou tout bagay. Epi gen yon tan pou chak sa ki rive anba syèl la—
2 Yon tan pou ne,
yon tan pou mouri;
yon tan pou plante,
ak yon tan pou dechouke
sa ki plante a.
3 Yon tan pou touye
e yon tan pou geri;
yon tan pou demoli
e yon tan pou bati.
4 Yon tan pou kriye
e yon tan pou ri;
yon tan pou fè dèy
e yon tan pou danse.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl.
-
1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”
-
50 Alò m ap di sa, frè m yo, ke chè ak san pa kapab eritye wayòm Bondye a; ni sa ki perisab la pa kapab eritye sa ki enperisab la.
51 Gade byen, m ap di nou yon mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va chanje, 52 nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje. 53 Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite. 54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”
55 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”
56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.
57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri.
-
4 Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.
Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
-
4 Anverite, se doulè nou yo Li te pote
ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;
men nou te rekonèt Li kon moun pini,
frape pa Bondye e aflije.
5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.
Li te kraze pou inikite nou yo.
Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,
e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.
6 Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo.
Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou,
men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.
-
26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.
-
6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a, 7 paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè. 8 Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a.
-
6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
-
30 Epi David te monte pant a Mòn Oliv la. Li t ap kriye pandan li t ap monte, tèt li te kouvri e li te mache pye atè. Alò, nan tout moun ki te avèk li yo, chak moun te kouvri tèt yo e t ap monte avèk gwo kriye pandan yo t ap prale.
-
16 “Konsa, lè nou ap fè jèn, pa mete yon figi tris jan ipokrit yo konn fè a. Paske yo neglije aparans yo pou moun kapab wè ke y ap fè jèn. Anverite, yo deja twouve tout rekonpans pa yo.
17 “Men nou menm, lè nou ap fè jèn, onksyone tèt nou avèk lwil e lave figi nou, 18 pou moun pa wè ke nou ap fè jèn, men se Papa nou ki nan sekrè a k ap wè. Konsa, Papa nou ki wè nan sekrè a ap bannou rekonpans.
-
28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
-
18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan.
Shows Read in context, Share and Copy.