75 Bible Verses About Strength and Courage
Bib Sen An (BSA)
-
5 Nanpwen moun ki kapab kanpe devan ou pandan tout jou lavi ou. Menm jan ke Mwen te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Mwen p ap fè bak ni abandone ou. 6 Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va bay pèp sa a posesyon a peyi ke Mwen te sèmante a zansèt yo pou M ba yo a.
7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.
8 “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.
9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”
-
6 Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou. 7 Konsa, Moïse te rele Josué e te di li devan tout Israël: “Kenbe fò, pran kouraj, paske ou va ale avèk pèp sa a pou antre nan peyi ke SENYÈ a te sèmante a zansèt pa yo pou ba yo a; epi ou va ba yo li kòm eritaj. 8 Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”
-
8 Men ou menm, O Israël, sèvitè Mwen an,
Jacob ke M te chwazi a,
desandan Abraham nan, zanmi Mwen an;
9 ou menm, ke M te pran soti nan tout ekstremite latè yo,
e te rele soti nan kote pi izole yo pou te di ou:
‘Ou se sèvitè Mwen. Mwen te chwazi ou
e Mwen pa t rejte ou.’
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
11 Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo
va vin wont e dezonore.
Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi
se pa anyen e yo va peri.
12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo,
men ou p ap jwenn yo.
Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi
se pa anyen e yo p ap egziste ankò.
13 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,
ki soutni men dwat Ou,
ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.
14 “Pinga ou pè, ou menm, vètè Jacob la,
nou menm mesye Israël yo.
Mwen va ede nou”, deklare SENYÈ a.
“Redanmtè ou a se Sila Ki Sen an Israël la.
-
28 Èske nou pa konnen?
Èske nou pa tande?
Ke Bondye Etènèl la, SENYÈ a,
Kreyatè a dènye pwent latè a,
pa konn fatige, ni bouke.
Konprann pa Li depase tout bon konprann.
29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,
e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,
e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;
31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.
-
10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm.
-
7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.
-
5 Paske nan jou twoub la,
Li va kache mwen nan tabènak Li.
Nan plas sekrè kote tant Li an ye a,
se la Li va fè m kache.
Li va leve mwen sou yon wòch.
6 Epi koulye a, tèt mwen va vin leve wo
sou lènmi m ki antoure m yo.
Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa.
Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a.
7 Tande, O SENYÈ, lè m kriye avèk vwa m.
Fè m gras e reponn mwen.
8 Lè Ou te di m: “Chache wè figi Mwen”,
kè m te di Ou: “Figi Ou menm, O SENYÈ,
se li mwen va chache.”
9 Pa kache figi Ou de mwen.
Pa detounen sèvitè Ou a pa deyò nan kòlè Ou.
Se Ou ki konn sekou mwen.
Pa abandone mwen, ni kite m sèl,
O Bondye delivrans mwen an.
10 Paske papa m ak manman m te abandone mwen,
Men SENYÈ a va ranmase mwen.
11 Enstwi mwen nan chemen Ou, O SENYÈ.
Mennen m nan yon wout ki a nivo, akoz lènmi mwen yo.
12 Pa livre mwen de dezi lènmi mwen yo,
paske fo temwen yo vin leve kont mwen,
sila k ap respire vyolans yo.
13 Mwen toujou gen konfyans sa a:
ke m va wè bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo.
14 Tann SENYÈ a.
Kenbe fòs Ou e kite kè Ou pran kouraj.
Wi, tann SENYÈ a.
-
13 Rete vijilan, kanpe fèm nan lafwa, pran kouraj, mete nou dyanm. 14 Ke tout sa ke nou fè, fèt ak lanmou.
-
11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
-
7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.
-
Yon sòm David
1 SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen.
Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se
defans lavi mwen.
Se kilès k ap fè m gen laperèz?
2 Lè malfektè yo te rive sou mwen
pou yo ta devore chè m,
advèsè mwen yo ak lènmi m yo
te chape tonbe.
3 Malgre yon lame ta fè kan kont mwen, kè m p ap pè.
Malgre lagè leve kont mwen,
malgre sa, m ap gen konfyans.
-
24 Kenbe fèm e kite kè ou pran kouraj,
nou tout ki mete espwa nan SENYÈ a.
-
20 Konsa, David te di a fis li, Salomon: “Kenbe fèm, pran kouraj e aji pran desizyon. Pa pè, ni dekouraje, paske SENYÈ a, Bondye a, avèk ou. Li p ap fè fayit, ni Li p ap abandone ou jiskaske tout lèv pou lakay SENYÈ a fini.
-
11 Koulye a, fis mwen an, ke SENYÈ a kapab avèk ou, pou ou kapab byen reyisi, e bati lakay SENYÈ a, Bondye pa w la, jis jan ke li te pale selon ou menm nan. 12 Sèlman ke SENYÈ a ta kapab bay ou sajès avèk konprann pou fè ou renye sou Israël, pou ou kapab kenbe lalwa a SENYÈ a, Bondye ou a. 13 Konsa, ou va byen reyisi, si ou fè atansyon pou swiv règleman avèk lòd ke SENYÈ a te kòmande Moïse selon Israël yo. Kenbe fèm e pran kouraj. Pa dekouraje, ni pa krent anyen.
-
6 Li te chwazi chèf militè sou pèp la, e te rasanble yo kote li nan plas kote pòtay vil la. Li te pale pawòl ki pou ankouraje yo. Li te di: 7 “Rete fò e pran kouraj, pa pè ni dekouraje akoz wa Assyrie a, ni tout gran foul la ki avè l yo; paske sila ki avèk nou an pi gran ke sila ki avè l yo. 8 Avèk li menm, se yon bra fèt an chè; men avèk nou, se SENYÈ Bondye pa nou an, pou ede nou goumen nan batay nou yo.” Konsa, pèp la te konte sou pawòl a Ézéchias yo, wa Juda a.
-
Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson
1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,
yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.
2 Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè
ta chanje e malgre mòn yo
ta chape antre nan fon lanmè.
3 Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,
malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan
-
1 Alò Moïse avèk fis Israël yo te chante chan sila a a SENYÈ a. Yo te di:
“Mwen va chante a SENYÈ a paske viktwa Li etonan.
Cheval la avèk moun ki monte l la,
Li te voye yo nan lanmè.
2 “SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen
epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen.
Sa se Bondye pa m,
e mwen va louwe Li;
Bondye a papa m nan,
e mwen va leve Li wo.
3 SENYÈ a se yon gèrye;
Se SENYÈ yo rele L.
-
2 Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.”
-
33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”
-
26 Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.
27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.
28 “Nou te tande ke Mwen te di nou: ‘M ap prale, e Mwen va vin kote nou’. Si nou te renmen M nou ta rejwi, paske M ap prale kote Papa a. Paske Papa a pi gran pase M. 29 E koulye a Mwen gen tan di nou avan li rive, pou lè l rive, nou kapab kwè.
30 “Mwen p ap pale anpil anplis avèk nou, paske mèt a mond sa a ap vini, e li pa gen anyen nan Mwen. 31 Men pou lemonn kapab konnen ke Mwen renmen Papa a; jan Papa a kòmande M, konsa ojis, Mwen fè l.
“Leve, annou kite isit la.”
-
26 Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
-
5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:
“Senyè a se soutyen mwen.
Mwen p ap pè.
Sa lòm ka fè m?”
-
14 Pou rezon sila a, mwen koube jenou m devan Papa de Senyè nou, Jésus Kris. 15 Nan Li menm, tout fanmi nan syèl la ak sou tè a jwenn non yo, 16 pou Li kapab bannou, selon richès laglwa Li, ke nou kapab ranfòse avèk pouvwa, atravè Lespri Li a ki fonse nan enteryè lòm nan. 17 Pou Kris kapab demere nan kè nou pa lafwa, pou nou kapab, byen fonde e rasine nan lanmou, 18 pou nou kapab konprann avèk tout sen yo sa ki se lajè, longè, wotè, ak pwofondè a, 19 epi pou nou konnen lanmou a Kris la ki depase konesans, pou nou ta kapab vin ranpli nèt ak tout sa ki nan Bondye yo.
20 Koulye a, a Li menm ki kapab fè bokou, bokou plis, de tout sa ke nou mande oubyen panse, selon pouvwa ki travay anndan nou an, 21 a Li menm laglwa nan legliz la ak nan Kris Jésus a, a tout jenerasyon yo pou tout tan e pou tout tan. Amèn.
-
Pou direktè koral la. Yon powèm David lè Filisten yo te sezi li Gath.
Chante pa melodi “Toutrèl San Chanson Nan Peyi Lwen An”
1 Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye;
Nan goumen tout lajounen, li vin oprime mwen.
2 Lènmi m yo vle vale m tout lajounen.
Yo anpil! Tout sila ki goumen ak ògèy kont mwen yo.
3 Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.
4 Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li!
Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.
Mwen p ap pè.
Kisa lòm ka fè m?
-
18 Epi sila a ki te sanble ak fis a lòm nan, te touche mwen ankò e te ban m fòs. 19 Li te di mwen: “O nonm trè byeneme a, pa pè. Lapè avèk ou. Pran kouraj! Wi, se pou ou vin vanyan!”
Alò, depi lè li te fin pale ak mwen an, mwen te resevwa fòs, e mwen te di: “Kite senyè mwen an pale, paske ou te ban m fòs.”
20 Konsa, li te di: “Èske ou pa konprann poukisa mwen te vin kote ou a? Men mwen va retounen koulye a, pou goumen kont prens a Perse la. Lè mwen ale, gade byen prens a Grèce la va vini. 21 Men mwen va di ou sa ki enskri nan pawòl verite a. Nanpwen okenn moun k ap kanpe avè m kont sila yo, sòf ke Micaël, prens ou an.
-
6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a, 7 paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè. 8 Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a.
-
24 Lè yo te mennen wa sa yo sòti kote Josué, Josué te rele tout mesye Israël yo. Li te di a chèf gèrye yo ki te ale avè l, “Vin mete pye nou sou kou a wa sa yo.” Epi yo te vini e te mete pye yo sou kou yo.
25 Epi Josué te di yo: “Pa pè, ni dekouraje! Kenbe fèm e pran kouraj, paske konsa SENYÈ a va fè a tout lènmi nou yo lè yo goumen avèk nou.”
-
8 O bay remèsiman a SENYÈ a.
Rele non Li.
Fè zèv li yo rekonèt pami pèp yo.
9 Chante a Li menm.
Chante lwanj a Li menm.
Pale tout mèvèy Li yo.
10 Bay glwa a sen non Li.
Kite kè a sila k ap chache SENYÈ a
vin ranpli ak jwa.
11 Chache SENYÈ a avèk fòs Li.
Chache figi Li san rete.
12 Sonje zèv mèvèy ke Li te fè yo,
mèvèy Li yo ak jijman,
ki sòti depi nan bouch Li,
13 O desandan Israël, sèvitè Li yo,
fis a Jacob yo, sila Li te chwazi yo!
-
Pou direktè koral la. Yon sòm David, sèvitè SENYÈ a, ki te pale a SENYÈ a, pawòl a chan ke li te adrese bay SENYÈ a apre Li te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo, e soti nan men a Saül. Konsa li te di:
1 Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.
2 SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen;
Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.
-
7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.
Kè m mete konfyans nan Li, e mwen
jwenn sekou.
Pou sa, kè m leve wo nèt.
Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.
8 SENYÈ a se fòs yo.
Li se yon defans pou sove onksyone Li yo.
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.
31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou?
-
10 Konsa, li te di yo: “Ale manje grès, bwè sa ki dous e voye bay pòsyon a sila ki pa t prepare yo; paske jou sa a sen a SENYÈ nou an. Pa fè lapèn ak soufrans, paske lajwa SENYÈ a se fòs nou.”
-
Yon sòm David
1 Bondye se bèje mwen;
mwen p ap janm manke anyen.
2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.
Li mennen m akote dlo pezib yo.
3 Li restore nanm mwen.
Li gide mwen nan chemen ladwati yo,
akoz non sen Li an.
4 Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.
Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
-
19 Paske mwen konnen ke sa va sèvi pou delivrans mwen atravè lapriyè nou yo, ak pwovizyon Lespri Jésus Kri a. 20 Selon volonte sensè ak esperans mwen, pou m pa vin wont nan anyen, men ke avèk tout kouraj, Kris la va menm koulye a, kon toujou egzalte nan kò m kit se nan lavi kit se nan lanmò. 21 Paske pou mwen menm viv se Kris e mouri se avantaj.
-
11 A Ou menm, O SENYÈ a, grandè, avèk pouvwa, avèk glwa, ak viktwa, ak majeste! Paske anverite, tout sa ki nan syèl la ak sou tè a se a Ou menm. Tout règn se pa W, O SENYÈ, e Ou egzalte kon tèt sou tout . 12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs.
-
15 Epi frè fidèl yo, lè yo te tande de nou, te vini la soti nan distans pou rive nan Mache Appuis la avèk Twa Tavernes pou rankontre nou. Lè Paul te wè yo, li te remèsye Bondye e te pran kouraj.
-
13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
-
6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
-
25 Yo te sòti retounen nan espyonaj peyi a, nan fen karant jou yo. 26 Yo te vini vè Moïse avèk Aaron ak tout kongregasyon a fis Israël yo nan dezè Paran an, vè Kadès; epi yo te pote nouvèl la pou di a tout kongregasyon an, e pou te montre yo fwi peyi a. 27 Konsa, yo te pale li. Yo te di: “Nou te antre nan peyi kote nou te voye nou an. Vrèman, li koule avèk lèt ak siwo myèl, e sa a se fwi li.
28 “Sepandan, pèp ki rete la yo, gen fòs, vil yo byen fòtifye, byen gwo. Anplis, nou te wè desandan Anak yo la. 29 Desandan a Amalek yo ap viv nan peyi Negev la, Etyen yo, Jebizyen yo, Amoreyen yo ap viv nan mòn yo, e Kananeyen yo ap viv bò kote lanmè ak bò kote rivyè Jourdain an.”
30 Men Caleb te kalme pèp la devan Moïse e te di: “Sètènman, nou dwe monte pran posesyon a peyi a, paske nou va, anverite, konkeri li.”
31 Men mesye ki te monte avè l yo te di: “Nou pa kapab monte kont pèp la, paske yo twò fò pou nou.” 32 Konsa, yo te livre yon move rapò a fis Israël yo sou peyi kote yo te fè ankèt la. Yo te di: “Peyi kote nou te ale a, nan ankèt sa a, se yon peyi ki devore moun li ye, e tout pèp ke nou te wè ladann yo, se moun ki byen gran. 33 La, osi, nou te wè jeyan, fis a Anak yo ki soti nan jeyan yo. Konsa, nou te vin tankou krikèt nan pwòp zye nou ak nan zye pa yo.”
-
22 Konsa, Moïse te ekri chan sa a nan menm jou a e te montre fis Israël yo li. 23 Epi li te bay Josué, fis a Nun nan, komisyon li, e te di: “Kenbe fèm e pran kouraj, paske ou va mennen fis Israël yo antre nan peyi ke mwen te sèmante a yo menm nan, epi mwen va avèk ou.”
-
16 Yo te reponn Josué e te di: “Tout sa ke ou te kòmande nou, nou va fè l, epi nenpòt kote ke ou voye nou, nou va ale. 17 Jis jan ke nou te obeyi Moïse nan tout bagay la, konsa nou va obeyi ou. Sèlman ke SENYÈ a, Bondye nou an, kapab avèk ou tankou Li te avèk Moïse la. 18 Nenpòt moun ki fè rebèl kont lòd ou, e ki pa obeyi pawòl ou yo nan tout sa ou kòmande li fè yo, li va vin mete a lanmò. Sèlman, kenbe fèm e pran kouraj.”
-
19 Senyè BONDYE mwen an se fòs mwen.
Li te fè pye mwen vin tankou pye sèf;
Li te ban m fòs pou mache sou wo plas yo.
Pou direktè koral la, sou enstriman a kòd mwen yo.
-
27 Sèlman, kondwi tèt nou nan yon fason ki dign de levanjil a Jésus Kri a, pou si mwen vini wè nou oubyen rete absan, mwen kapab tande ke nou kanpe fèm nan yon sèl espri, avèk yon sèl panse, nan lite ansanm pou lafwa a levanjil la, 28 san okenn perèz a lènmi nou yo, ki se yon sign destriksyon pou yo menm, men sali pou nou menm, e sa anplis, soti nan Bondye.
-
41 Alò, Filisten an te kontinye vin pwoche David avèk potè zam nan devan l. 42 Lè Filisten an te gade wè David, li te meprize li, paske li te sèlman yon jennonm figi wouj, avèk yon bèl aparans. 43 Filisten an te di a David: “Èske mwen se yon chen pou ou ta vin kote mwen avèk bout bwa?” Epi Filisten an te anmède David pa dye pa li yo. 44 Filisten an te di a David osi: “Vin kote mwen e mwen va bay chè ou a a zwazo syèl yo avèk bèt chan yo.”
45 Alò, David te di a Filisten an: “Ou vin kote mwen avèk yon nepe avèk yon frenn, avèk yon lans; men, mwen vin kote ou nan non a SENYÈ dèzame a, Bondye a lame Israël yo, ke ou sot vekse a. 46 Nan jou sa a menm, SENYÈ a va livre ou nan menm m. Mwen va frape ou desann, e koupe tèt ou. Epi mwen va bay kadav a lame Filisten yo, nan jou sa a, a zwazo syèl yo, e a bèt sovaj latè a, pou tout latè a kab konnen ke gen yon Bondye an Israël, 47 epi pou tout asanble sila a kapab konnen ke SENYÈ a pa konn delivre pa nepe, ni pa frenn; paske batay la se pou SENYÈ a e Li va livre ou nan men nou.”
-
1 Mechan yo sove ale lè pa gen k ap kouri dèyè yo;
men moun dwat yo gen kouraj kon lyon.
-
18 Yo te rele yo, e te kòmande yo pou yo pa pale ni enstwi menm nan non Jésus a.
19 Men Pierre avèk Jean te reponn yo e te di: “Si li bon devan Bondye pou obeyi a nou menm olye a Bondye, nou mèt jije. 20 Paske nou menm, nou pa kapab sispann pale sa ke nou te wè ak tande.”
-
9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.
10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm.
-
12 O Bondye nou, èske Ou p ap jije yo? Paske nou san pouvwa devan gran foul sila a k ap vini kont nou an. Ni nou pa konnen kisa pou nou fè, men zye nou ap gade sou Ou.”
13 Tout Juda te kanpe devan SENYÈ a avèk ti bebe yo, madanm yo ak zanfan yo.
14 Alò, nan mitan asanble a, Lespri SENYÈ a te vini sou Jachaziel, fis a Zacharie a, fis a Benaja a, fis a Jeïel la, fis a Matthania a, Levit la ak fis a Asaph yo. 15 Epi li te di: “Koute, tout Juda avèk pèp Jérusalem nan ak Wa Josaphat: konsa pale SENYÈ a a nou menm: ‘Pa pè, ni pa pèdi kouraj akoz gran foul sila a, paske batay la pa pou nou, men se pou Bondye li ye. 16 Demen, desann kont yo. Tande byen, yo va vin monte kote pant ti mòn Tsits la, e nou va jwenn yo nan dènye pwent vale a devan dezè Jeruel la. 17 Nou pa bezwen goumen nan batay sila a. Pran pozisyon nou e kanpe gade delivrans SENYÈ a anfavè nou, O Juda, avèk Jérusalem. Pa pè, ni pa pèdi kouraj. Demen sòti pou parèt devan yo, paske SENYÈ a avèk nou.’”
-
3 Nan jou ke m te rele Ou a, Ou te reponn mwen.
Ou te fè m plen ak kouraj ak fòs nan nanm mwen.
4 Tout wa sou latè yo va ba Ou remèsiman, O SENYÈ,
lè yo fin tande pawòl a bouch Ou.
-
16 Schadrac, Méschac ak Abed-Nego te reponn a wa a: “O Nebucadnetsar, nou pa oblije bay ou yon repons a kesyon sa a. 17 Si se konsa, Bondye nou an, Sila ke nou sèvi a, kapab delivre nou soti nan founo dife byen cho a; epi Li va delivre nou sòti nan men ou, O wa. 18 Men menm si li pa fè sa, kite sa vin konnen a ou menm, O wa, ke nou p ap sèvi dye pa ou yo ni adore imaj fèt an lò ke ou te fè monte a.”
-
26 Pou sa, pa pè yo; paske pa gen anyen ki kouvri ki p ap dekouvri, e kache ki p ap revele. 27 Sa ke Mwen di nou nan tenèb, pale li nan plen limyè, e sa ke nou tande yo chikote nan zòrèy nou, pwoklame li sou twati kay la. 28 Epi pa pè sa ki kapab touye kò a men ki pa ka touye nanm nan. Men pito pè sila ki kapab detwi ni nanm nan, ni kò a nan lanfè.
29 Èske yo pa vann de zwazo pou yon santim? Malgre sa, pa gen youn nan yo k ap tonbe atè san ke Papa nou pa konnen. 30 Men menm chak ti grenn cheve nan tèt nou gen tan kontwole. 31 Konsa, nou pa bezwen pè. Nou gen bokou plis valè pase anpil zwazo.
-
5 Nan landemen, chèf yo, avèk ansyen ak skrib yo te reyini ansanm nan Jérusalem. 6 Anne, wo prèt la te la, avèk Caïphe, Jean, Alexandre, ak tout sila ki te desandan wo prèt yo. 7 Lè yo te kanpe yo nan mitan yo, yo te kòmanse mande yo: “Pa ki pouvwa, oswa nan ki non nou te fè sa a?”
8 Alò, Pierre ranpli avèk Lespri Sen an, te di yo: “Chèf ak ansyen a pèp la, 9 Si nou parèt devan tribinal jodi a pou benefis ki fèt a yon moun malad, kòmsi, kijan nonm sa a te fè geri, 10 kite li byen konnen pami nou tout, ak tout Israël, ke pa non a Jésus Kri, Nazareyen ke nou te krisifye a, ke Bondye te fè leve soti nan lanmò a, pa non de sila a menm, mesye sa a a kanpe devan nou an bòn sante. 11 ‘Se Li menm ki wòch ki te rejte pa nou menm ki t ap bati yo, men ki vin fè wòch ang prensipal la.’
12 “Konsa, pa gen sali nan okenn lòt. Paske nanpwen lòt non anba syèl la ki bay pami lòm pa kilès nou dwe sove.”
-
11 Men nan nwit swivan an, Senyè a te kanpe akote l e te di: “Pran kouraj, paske menm jan ke ou temwaye seryezman e konplètman pou kòz mwen Jérusalem nan, menm jan an ou oblije temwaye nan Rome osi.”
-
1 Lè tan pou David mouri an t ap pwoche, li te bay lòd a Salomon. Li te di: 2 “Mwen prale nan chemen a tout tè a. Pou sa, rete dyanm e montre ke se gason ou ye. 3 Kenbe lòd SENYÈ a, Bondye ou a, pou mache nan tout vwa li yo, pou kenbe règleman Li yo, kòmandman Li yo, òdonans Li yo, avèk temwayaj Li yo, selon sa ki ekri nan Lalwa Moïse la, pou ou kapab vin genyen nan tout sa ke ou antreprann ak nenpòt kote ke ou vire.
-
11 SENYÈ a va bay fòs a pèp Li a.
SENYÈ a va beni pèp li a avèk lapè.
-
17 ‘A, SENYÈ Bondye! Gade byen, Ou te fè syèl yo ak tè a ak gran pouvwa Ou, e ak men Ou lonje! Nanpwen anyen ki twò difisil pou Ou, 18 Ou menm ki montre lanmou dous a dè milye, men rekonpanse inikite a papa yo nan sen a jenerasyon k ap swiv yo. Gran e pwisan Bondye, SENYÈ dèzame yo se non Li. 19 Gran an konsèy e pwisan an zèv, ki gen zye ki ouvri nan tout chemen a fis a lòm yo, ki rekonpanse tout moun selon chemen li, e selon fwi a zèv li; 20 ki te opere sign ak mèvèy nan peyi Égypte la, jis rive nan jou sa a, an Israël e pami tout imanite; epi Ou te fè yon non pou Ou menm, jan sa ye jodi a. 21 Ou te mennen pèp Ou a, Israël sòti nan peyi Égypte ak sign ak mèvèy, avèk yon men pwisan, yon bra lonje e avèk gwo laperèz. 22 Epi Ou te bay yo peyi sa a, ke Ou te sèmante a papa zansèt yo pou bay yo, yon peyi k ap koule ak lèt ak siwo myèl.
-
22 Imedyatman, Li te fè disip yo antre nan kannòt la pou ale lòtbò a, pandan Li menm te voye foul la ale. 23 Apre li te voye foul la ale, Li te monte mòn nan Li sèl Li, pou L ta kapab priye. Lè lannwit vin rive, Li te la pou kont Li. 24 Men kannòt la te deja byen lwen tè a, byen bat pa vag lanmè yo, paske van an te byen move. 25 Nan katriyèm vèy nwit lan, Li te vin kote yo ap mache sou lanmè a. 26 Lè disip Li yo te wè L ap mache sou lanmè a, yo te krent, e yo te di: “Sa se yon fantom” epi yo te kriye fò avèk laperèz. 27 Men imedyatman, Jésus te pale avèk yo e te di: “Pran kouraj! Se Mwen menm! Pa pè.”
-
11 Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
28 Nanm mwen ap kriye akoz doulè.
Ban m fòs selon pawòl Ou a.
-
10 Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò;
moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.
-
43 Joseph Arimathée te vini. Li te yon manm enpòtan nan Konsèy la, e li osi t ap tann wayòm Bondye a. Li te ranmase kouraj li pou ale devan Pilate, e li te mande kò Jésus a.
-
17 Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.
-
6 Pou sa, Kenbe fèm! Sonje e fè tout sa ki ekri nan liv lalwa Moïse la, pou nou pa vire akote li, ni adwat, ni agoch. 7 Ke nou pa asosye avèk nasyon sila yo, sila ki toujou rete pami nou yo, ni nonmen non a dye pa yo, ni fè pèsòn sèmante pa yo, ni sèvi yo, ni bese devan yo. 8 Men nou dwe kenbe fèm a SENYÈ a, Bondye nou an, jis jan ke nou te fè jis Jodi a.
-
14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.
16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
-
13 Kenbe fèm e annou montre kouraj nou pou koz pèp nou ak pou vil Bondye pa nou yo. Epi ke SENYÈ a va fè sa ki bon nan zye li.”
-
17 Moun dwat kriye.
SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.
18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,
epi sove sila ki kraze nan lespri yo.
19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la,
men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.
20 Li konsève tout zo li yo.
Pa menm youn nan yo va kase.
21 Se mechanste ki va touye mechan an.
Sila ki rayi moun ladwati yo va kondane.
22 SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo.
P ap gen nan sila ki kache nan Li yo
k ap kondane.
-
14 SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen.
Li te vin sali mwen.
-
14 Èske kè ou kapab sipòte, oswa èske men ou kapab gen fòs nan jou ke Mwen va regle ou a? Mwen menm, SENYÈ a, te pale e Mwen va aji.
-
25 “Li va pwovoke pwisans ak kouraj li kont wa a Sid la ak yon gwo lame. Konsa, wa Sid la va fòme yon vrèman gwo lame pou fè lagè, men li p ap ka kanpe, paske yo va fòme yon plan kont li.
-
35 O Bondye, Ou etonan nan sanktyè Ou yo.
Bondye Israël la ki bay fòs ak pouvwa a pèp Li yo.
Beni se Bondye!
-
6 SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè.
Kisa lòm kab fè m?
-
10 Si ou lach nan jou gran pwoblèm nan, fòs ou pa fò.
-
22 Men koulye a mwen ankouraje nou pou pran kouraj, paske p ap gen pèt lavi pami nou, men sèlman chaj bato a. 23 Paske nan menm nwit sa a, yon zanj a Bondye a Sila ke m apatyen an, e Sila ke m sèvi a, te kanpe devan mwen. 24 Konsa li te di: ‘Pa pè anyen Paul. Ou dwe kanpe devan César. Gade byen, Bondye gen tan ba ou tout sila ki ap vwayaje avèk ou yo.’ 25 Akoz sa, mesye yo pran kouraj. Paske mwen gen konfyans nan Bondye ke sa va fini menm jan ke Li te di mwen an. 26 Men fòk nou echwe sou yon sèten lil.”
-
16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.
-
9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.
Shows Read in context, Share and Copy.