50 Bible Verses About Health

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Health
  1. 22 Yon kè kontan se bon remèd;

    men yon lespri brize seche tout zo.

    23 Yon nonm mechan an resevwa kòb anba tab an sekrè;

    pou l tòde chemen lajistis.

  2. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

    7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

    krent SENYÈ a e vire kite mal.

    8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,

    ak rafrechisman a zo ou.

  3. 12 “Souple, teste sèvitè ou yo pandan di jou. Kite nou resevwa sèlman kèk legim pou manje ak dlo pou bwè. 13 Epi konsa, kite aparans nou vin konpare ak aparans a jennonm k ap manje meyè manje a wa a; epi aji ak sèvitè ou yo selon sa ou wè a.”

  4. 20 Fis mwen an, prete atansyon a pawòl mwen yo;

    panche zòrèy ou vè diskou mwen yo.

    21 Pa kite yo vin disparèt devan zye ou;

    kenbe yo nan fon kè ou.

    22 Paske yo se lavi a sila ki jwenn yo,

    ak lasante a tout kò yo.

    23 Veye sou kè ou ak tout dilijans;

    paske de li, sous lavi yo koule.

    24 Mete lwen de ou yon bouch manti

    e mete tout pawòl foub byen lwen ou.

  5. 7 Men pa okipe vye listwa mond yo ki fèt pou vye fanm yo.

    Sou lòt kote, disipline tèt ou pou vi sentete a. 8 Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.

  6. 26 Li te di: “Si nou okipe byen vwa a SENYÈ a, Bondye nou an, si nou fè sa ki bon nan zye Li, si nou bay zòrèy nou a kòmandman Li yo, e kenbe lwa Li yo, Mwen p ap mete sou nou, okenn nan maladi ke M te mete sou Ejipsyen yo; paske se Mwen, SENYÈ ki geri nou an.”

  7. Yon Sòm David

    1 Beni SENYÈ a, O nanm mwen!

    Tout sa ki nan mwen, beni sen non Li!

    2 Beni SENYÈ a, O nanm mwen,

    e pa janm bliye benefis Li yo,

    3 ki padone tout inikite ou yo,

    ki geri tout maladi ou yo,

    4 ki rachte lavi ou soti nan fòs la,

    ki kouwone ou avèk lanmou dous avèk

    mizerikòd;

    5 ki satisfè ane ou yo avèk bon bagay,

    Pou jenès ou vin renouvle tankou èg la.

    6 SENYÈ a fè zèv ladwati pou tout sila ki oprime yo.

  8. 25 Men nou va sèvi SENYÈ a Bondye nou an, e Li va beni pen nou, ak dlo nou; epi Mwen va retire maladi pami nou. 26 P ap gen foskouch oswa moun esteril nan peyi nou. Mwen va fin akonpli fòs kantite jou ke n ap viv yo.

  9. 6 ‘gade byen, Mwen va mennen kote li lasante ak gerizon, e Mwen va geri yo. Epi Mwen va montre yo lapè ak verite an abondans.

  10. 17 Paske M ap fè ou reprann lasante,

    e Mwen va geri ou de tout blesi ou yo,” deklare SENYÈ a:

    “Akoz yo te rele ou yon rejte e yo te di:

    ‘Se Sion; nanpwen moun ki bezwen anyen ladann.’”

  11. 8 Sonje jou Saba a pou kenbe l sen.

    9 Si jou nou va travay e nou va fè tout travay nou yo, 10 men setyèm jou a se yon jou Saba a SENYÈ a Bondye nou an. Ladan l ou pa pou fè okenn travay; ni ou menm, ni fis ou, ni fi ou, ni sèvitè ou, ni sèvant ou, ni bèf ou, ni etranje ki demere avèk ou.

    11 Paske nan si jou, SENYÈ a te fè syèl la avèk tè a, lanmè a, ak tout sa ki gen ladann, e Li te repoze nan setyèm jou a. Konsa, SENYÈ a te beni jou Saba a, e te fè l sen.

  12. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  13. 23 Kè moun saj la enstwi bouch li;

    li ogmante pouvwa l pou konvenk moun ak lèv li.

    24 Pawòl agreyab se yon nich gato siwo myèl;

    dous pou nanm nan, ak gerizon pou zo.

  14. 29 Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou;

  15. 5 Men mwen va mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a;

    Kè m va rejwi nan delivrans ou

    6 Mwen va chante a SENYÈ a,

    paske Li te aji ak bon kè avè m.

  16. 2 O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen te kriye a Ou menm,

    e Ou te geri mwen.

    3 O SENYÈ, Ou te fè nanm mwen monte kite sejou lanmò yo.

    Ou te kenbe m vivan, pou m pa t desann nan gwo fòs la.

  17. 9 Nan lè sa a, ou va rele, e SENYÈ a va reponn.

    Ou va kriye e Li va di: ‘Men Mwen isit la’.

    “Si ou retire jouk la nan mitan nou,

    sispann pwente dwat sou lòt

    e sispann pale mechanste;

    10 si ou vide nanm ou a sila ki grangou,

    e satisfè dezi a aflije a;

    nan lè sa a, limyè ou va leve nan fènwa,

    e tristès ou va klere kon gran lajounen.

    11 Epi SENYÈ a va gide ou tout tan,

    satisfè dezi ou yo kote ki sèch yo,

    e bay fòs a zo ou yo.

    Konsa, ou va kon yon jaden byen awoze

    e tankou yon sous dlo ki p ap janm seche.

  18. 34 Konsa, mwen ankouraje nou pou pran kèk manje, paske sa se pou prezève nou; paske pa menm yon cheve nan tèt a okenn nan nou p ap peri.”

  19. 16 Èske nou pa konnen ke nou se tanp Bondye a, e ke Lespri Bondye a rete nan nou? 17 Si yon moun detwi tanp Bondye a, Bondye va detwi li, paske tanp Bondye a sen, e se sa nou ye.

  20. 24 Èske nou pa konnen ke nan sila yo ki kouri nan yon kous, yo tout kouri, men se yon sèl ki resevwa pri a? Kouri yon jan pou nou kapab genyen.

    25 Tout moun ki patisipe nan gran jwèt yo, egzèse disiplin nan tout bagay. Yo fè sa konsa pou resevwa yon pri k ap peri, men nou menm, pou yon pri ki p ap janm peri.

    26 Konsa, mwen kouri yon jan ki pa manke gwo objektif. Mwen fè bòks yon jan pou m pa pèdi mak la.

    27 Mwen disipline kò mwen pou fè l vin esklav mwen, sof ke petèt lè m fin preche a lòt yo, mwen menm ta vin pa kalifye.

  21. 1 Diven se yon mokè, e bwason fò fè goumen rive nan tenten;

    nenpòt moun ki vin sou pa li, pa saj.

  22. 14 Geri mwen, O SENYÈ e mwen va geri nèt!

    Sove mwen e mwen va sove!

    Paske se Ou menm ki lwanj mwen an.

  23. 1 Lansyen an k ap ekri a byeneme a, Gaïus, ke mwen renmen an verite.

    2 Byeneme a, mwen priye nan tout aspè ke afè ou mache byen, epi ke ou toujou an bòn sante, menm jan ke nanm ou an bòn sante a.

  24. 3 Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.

  25. 24 Epi Li menm te pote peche nou yo nan Kò Li sou kwa a, pou nou ta kapab mouri ak peche pou viv ak ladwati. Paske ak blesi Li yo, nou te geri.

  26. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”

  27. 8 Men Daniel te pran desizyon nan panse li pou li pa t souye tèt li ak meyè manje a wa a, ni ak diven li te konn bwè a. Konsa, li te chache pèmisyon a chèf nan linik yo pou li pa ta souye tèt li.

  28. 31 Jésus te reponn e te di yo: “Se pa sila ki ansante yo ki bezwen yon doktè, men sila ki malad yo.” 32 Mwen pa t vini pou rele jis yo, men pechè yo a larepantans.

  29. 12 “Epi li va vin rive ke akoz nou te koute jijman sa yo, nou te kenbe e te fè yo, ke SENYÈ Bondye nou an, va kenbe nou avèk akò Li ak lanmou dous ke Li te sèmante vè zansèt nou yo. 13 Li va renmen nou, beni nou, e fè nou vin miltipliye. Li va, osi, beni fwi a vant nou, fwi a tè nou, e diven nèf ak lwil nou, kwasans a twoupo nou, avèk jenn bann mouton nou, nan peyi ke Li te sèmante a zansèt nou yo pou bannou. 14 Nou va beni plis ke tout pèp. P ap gen ni mal, ni femèl k ap esteril pami nou ni pami bèt nou yo.

    15 “Senyè a va retire pami nou tout maladi; epi Li p ap mete sou nou okenn nan move maladi Égypte ke nou te konnen yo, men Li va mete yo sou tout sila ki rayi nou yo.

  30. 17 Yo te vin fou nèt nan rebelyon yo

    e akoz inikite yo, yo te aflije.

    18 Nanm yo te rayi tout kalite manje

    e yo te rive toupre pòtay lanmò yo.

    19 Konsa yo te kriye fò a SENYÈ a nan gran mizè yo,

    e Li te sove yo sòti nan gwo pwoblèm yo.

    20 Li te voye pawòl Li pou te geri yo,

    pou te delivre yo sòti nan destriksyon yo.

    21 Kite yo bay remèsiman pou Lanmou dous Li a,

    ak mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!

  31. 16 O Senyè, se pou bagay sa yo ke moun viv,

    e nan sa yo, lespri m jwenn lavi.

    Ou te fè m twouve lasante e te fè m viv!

    17 Alò, mwen te manke gen lapè;

    men Ou menm ki te kenbe nanm mwen,

    pou l pa antre nan fòs gwo abim nan,

    Ou te jete tout peche m yo dèyè do Ou.

  32. 31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  33. 15 Nou te tann lapè, men anyen bon pa t vini;

    yon tan gerizon, men gade byen, gwo laperèz.

  34. 28 Jésus te reponn li: “Men fanm, lafwa ou gran! Ke sa fèt jan ou vle a”. Epi fi li a te geri lapoula.

    29 Lè Li kite la, Jésus te ale bò kote Lanmè Galilée a. Li te monte yon mòn e Li te chita la.

    30 Gran foul la te vin kote Li. Yo t ap mennen avèk yo sila ki te bwete, kokobe, avèg, bèbè ak anpil lòt. Yo te depoze yo bò kote pye Li e Li te geri yo. 31 Konsa, foul la te vin etone lè yo te wè bèbè pale, kokobe restore, bwete mache, avèk avèg yo ki te wè e yo te bay glwa a Bondye Israël la.

  35. 3 Nanpwen anyen ki ansante nan chè m,

    akoz endiyasyon Ou.

    Nanpwen lasante nan zo m yo

    akoz peche mwen.

  36. 18 Genyen yon moun ki pale san pridans

    tankou sila k ap goumen ak nepe yo;

    men lang a saj la pote gerizon.

  37. 20 Pa bwè twòp diven,

    ni fè voras nan manje vyann;

    21 paske sila ki bwè twòp la ak moun voras la va vin pòv;

    e dòmi nan zye a va fè l abiye ak vye twal chire.

  38. 29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,

    e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

  39. 22 Èske pa gen pomad gerizon nan Galaad?

    Èske nanpwen doktè la?

    Alò poukisa lasante fi a pèp mwen an pa t restore?

  40. 1 Lè Jésus te fin desann mòn nan, yon gran foul te swiv Li. 2 Epi yon moun lalèp te vin kote L, te bese devan Li. Li te di: “Senyè, si se volonte Ou, Ou kapab fè m vin pwòp”.

    3 Jésus te lonje men Li e te touche l. Li te di l: “Se volonte Mwen; vin pwòp.” Imedyatman lèp la te vin pwòp.

  41. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  42. 6 Paske panse ki konsantre sou lachè a se lanmò, men panse ki konsantre sou Lespri a se lavi ak lapè. 7 Konsa, panse ki konsantre sou lachè se lènmi a Bondye, paske li pa soumèt tèt li a Lalwa Bondye. Paske li pa posib pou lachè a fè sa.

  43. 2 “SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen

    epi konsa, Li gen tan vin delivrans mwen.

    Sa se Bondye pa m,

    e mwen va louwe Li;

    Bondye a papa m nan,

    e mwen va leve Li wo.

  44. 2 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen

    chagren anpil.

    Geri mwen, O SENYÈ, paske zo m yo rele anmwey,

  45. 14 SENYÈ a se fòs mwen ak chanson mwen.

    Li te vin sali mwen.

  46. 17 Yon mesaje mechan tonbe nan advèsite;

    men sila ki pote pawòl ak bòn fwa a, pote gerizon

  47. 8 Li te vin rive ke papa a Publius te kouche byen malad avèk lafyèv ak dyare. Paul te ale wè li e lè li te fin priye pou li, li te poze men l sou li e te geri li.

    9 Aprè sa te fin fèt, tout lòt moun sou lil la ki te gen maladi t ap vin kote li e t ap geri.

  48. 29 Paske pèsòn pa t janm rayi pwòp chè li, men nouri li e pran swen de li, menm jan ke Kris fè osi pou legliz la.

  49. 19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.

  50. 23 Pa bwè dlo sèl ankò, men pran yon ti diven pou koz a vant ou ak maladi yo k ap boulvèse ou.