27 Bible Verses About Eating Animals

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Eating Animals
  1. 24 Alò, Bondye te di, “Ke tè a vin pwodwi kreyati vivan dapre espès pa yo; bèt domestik, reptil, avèk bèt latè selon espès yo”. Se konsa li te fèt. 25 Bondye te fè bèt latè yo selon espès yo, ak bèt gade yo dapre espès yo, tout bèt ki trennen atè dapre espès yo; epi Bondye te wè ke sa te bon.

    26 Alò Bondye te di, “Annou fè lòm nan limaj Nou, menm jan ke Nou sanble a, e ke yo vin mèt sou tout pwason nan lanmè, sou zwazo yo nan syèl yo, sou bèt domestik nan chan yo, ak sou tout bèt reptil ki ranpe atè”.

    27 Bondye te kreye lòm, nan pwòp imaj pa Li, nan imaj Bondye Li te kreye li; mal avèk femèl Li te kreye yo. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.

    29 Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; 30 Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl la, chak bagay k ap fè mouvman sou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.

    31 Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.

  2. 1 Konsa, Bondye te beni Noé avèk fis li yo. Li te di yo: “Se pou nou vin fekon, miltipliye, e ranpli latè. 2 Lakrent nou, ak laperèz nou va vini sou chak bèt latè, ak chak zwazo syèl la. Tout bagay ki kouri atè, ak tout pwason lanmè, tout livre nan men nou. 3 Chak bagay ki fè mouvman e ki vivan va sèvi kòm manje pou nou. Mwen bannou tout, jan Mwen te bay plant vèt la.

    4 “Sèlman, nou pa pou manje chè avèk lavi li, sa vle di san li. 5 Anverite, Mwen va egzije san lavi a paske se pa m. Menm soti nan chak bèt Mwen va egzije li. Epi sou chak òm, sou frè a chak òm, Mwen va egzije lavi a yon moun.

    6 “Nenpòt moun ki vèse san lòm, pa lòm san pa l va vèse, paske nan imaj a Bondye, Li te fè lòm.

  3. 1 Men Lespri a di byen klè ke nan dènye tan yo, kèk moun va tonbe kite lafwa pou prete atansyon a Lespri twonpè ak doktrin a dyab yo, 2 epi pa mwayen ipokrizi a mantè yo, vin make nan pwòp konsyans pa yo, kòmsi li brile avèk fè etanp ki cho; 3 moun ki entèdi maryaj, e k ap rekòmande evite manje, ke Bondye te kreye pou pataje avèk remèsiman pa sila ki kwè e ki konnen verite yo. 4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman, 5 paske li sanktifye pa mwayen pawòl Bondye a ak lapriyè.

  4. 18 Epi Li te di yo: “Èske nou si tèlman manke konprann tou? Èske nou pa konprann ke sa ki sòti deyò yon nonm pou antre ladann pa kapab souye l, 19 paske sa pa antre nan kè l, men nan vant li epi li vin elimine?” (Konsa Li te deklare ke tout kalite manje pwòp.)

    20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”

  5. 1 Alò aksepte sila ki fèb nan lafwa a, men pa pou diskisyon sou tout opinyon yo. 2 Yon moun gen lafwa pou li kab manje tout bagay, men sila ki fèb la manje sèlman legim. 3 Sila ki manje a pa dwe meprize sila ki pa manje a, e sila ki pa manje a pa dwe jije sila ki manje a, paske Bondye aksepte li. 4 Ki moun nou ye pou jije sèvitè a yon lòt? Devan pwòp mèt pa li l ap kanpe oubyen l ap tonbe. E l ap kanpe menm, paske Bondye kapab fè l kanpe.

    5 Yon moun gade yon jou kòm pi enpòtan ke yon lòt, yon lòt menm gade ke tout jou yo menm. Kite chak moun vin byen konvenk nan konsyans pa li. 6 Sila ki kenbe enpòtans a yon jou, li fè l pou Senyè a, e sila ki pa kenbe l, se a Senyè a li pa fè l. Epi sila ki manje, se pou Senyè a ke li manje, paske li bay remèsiman a Bondye. Epi li ki pa manje, pa manje a Senyè a, paske li bay Bondye remèsiman.

  6. 10 “‘Epi nenpòt moun lakay Israël la, oswa etranje ki rete pami yo, ki bwè nenpòt san, Mwen va mete figi Mwen kont moun sa a ki bwè san an, e li va koupe retire de pèp li a.’ 11 Paske vi a chè a se nan san an, e Mwen te bannou li sou lotèl la pou fè ekspiyasyon pou nanm nou; paske se san li ye, akoz lavi ki fè ekspiyasyon an. 12 Pou sa, Mwen te di a fis Israël yo: ‘Pèsòn pami nou pa pou bwè san, ni okenn etranje ki rete pami nou p ap kab bwè san.’

    13 “Pou sa, lè yon moun pami fis Israël yo oswa nan etranje ki rete pami yo, ki nan fè lachas kenbe yon bèt oswa yon zwazo ki kapab manje, li va vide san li e kouvri li avèk tè. 14 Paske lavi tout chè, se san li ki lavi li. Pou sa, Mwen te di a fis Israël yo: “Nou pa pou bwè san de okenn nan chè yo, paske lavi tout chè se san li. Nenpòt moun ki bwè li, va koupe retire.

  7. 14 Mwen konnen e mwen byen konvenk nan Senyè a Jésus ke pa gen anyen ki pa pwòp nan li menm; men pou sila a ki panse ke yon bagay pa pwòp, pou li menm li pa pwòp la. 15 Paske si se pou afè manje nou ke frè nou an vin blese a, nou p ap mache nan lanmou ankò. Pa detwi pou afè manje nou an, sila pou kilès Kris te mouri an. 16 Konsa pa kite sa ki bon bagay pou ou a, vin pale pa lòt yo kòm yon mal. 17 Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an. 18 Sila ki sèvi Kris konsa a akseptab a Bondye, e apwouve pa lèzòm.

  8. 11 Konsa, li te wè syèl la louvri, epi yon bagay tankou yon gwo dra te lonje desann bò kat kwen li yo jiska atè. 12 Ladann l te gen tout kalite bèt kat pye ak kreyati ki rale atè ak zwazo syèl yo. 13 Yon vwa te vini sou li: “Leve, Pierre, touye e manje!”

    14 Men Pierre te di: “Sa p ap janm fèt, Senyè, paske Mwen pa janm manje anyen ki pa sen e pwòp.”

    15 Ankò yon vwa te vini a li menm, pou dezyèm fwa: “Sa ke Bondye gen tan fè pwòp, pa konsidere l ankò pa sen.”

  9. 20 Pa dechire travay Bondye a pou afè manje. Anfèt tout bagay pwòp, men yo mal pou moun ki manje e ki ofanse lòt moun. 21 Se bon pou pa manje vyann ni bwè diven oubyen fè nenpòt bagay k ap fè frè ou a chite.

  10. 1 Konsa, SENYÈ a te di a Noé: “Antre nan lach la, ou avèk tout lakay ou, paske se ou sèl mwen te wè ki dwat devan mwen nan jenerasyon sila a. 2 Ou va pran avèk ou sèt nan chak bèt ki pwòp, yon mal avèk yon femèl parèy li. Nan bèt ki pa pwòp yo, yon mal avèk yon femèl parèy li. 3 Anplis, nan zwazo nan syèl la pa sèt, mal avèk femèl, pou kenbe pòtre yo vivan sou tout sifas tè a.

  11. 19 “‘Osi, chè ki touche yon bagay ki pa pwòp p ap manje. Li va brile avèk dife. Pou lòt chè, nenpòt moun ki pwòp kapab manje chè sa a. 20 Men moun ki manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a lè l pa pwòp, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a. 21 Lè yon moun touche yon bagay ki pa pwòp, kit se bagay sal ki sòti nan moun, kit se yon bèt ki pa pwòp, kit se yon vye bagay sal, e manje chè sakrifis ofrann lapè ki apatyen a SENYÈ a, moun sa a va vin koupe retire de pèp li a.’”

    22 Answit, SENYÈ a te pale a Moïse. Li te di: 23 “Pale avèk fis Israël yo e di: ‘Nou pa pou manje okenn grès a yon bèf, yon mouton, oswa yon kabrit. 24 Osi, grès a yon bèt ki mouri e grès a yon bèt ki dechire pa bèt parèy li kapab mete a nenpòt lòt sèvis, men anverite, nou pa pou manje li. 25 Paske nenpòt moun ki manje nan grès animal ki soti nan yon ofrann pa dife ki ofri bay SENYÈ a, menm moun ki manje l, va koupe retire de pèp li a. 26 Nou pa pou bwè okenn san, ni san zwazo, ni san bèt, ni okenn san nan abitasyon nou yo. 27 Nenpòt moun ki bwè nenpòt san, menm moun sa a va koupe retire de pèp li a.’”

  12. 19 “Konsa, se jijman pa m pou nou pa twouble sila k ap tounen vè Bondye yo ki soti pami pèp etranje yo, 20 men pou nou ekri yo pou yo evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, ak imoralite seksyèl, ak vyann sa ki toufe, ak san. 21 Paske Moïse, depi nan ansyen jenerasyon yo gen kwayan nan chak vil sa yo ki preche li, paske li konn li nan sinagòg yo chak Saba.”

  13. 4 “‘Sepandan, nou pa pou manje nan sa yo, pami sila ki remoute manje e ki gen zago ki fann yo: chamo, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou. 5 Menm jan an, daman an, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago, li pa pwòp pou nou; 6 Lapèn tou, paske malgre li remoute manje, li pa divize zago; li pa pwòp pou nou. 7 Epi kochon an, paske malgre li divize zago, ki fè l yon zago fann, li pa remoute manje li; li pa pwòp pou nou. 8 Nou pa pou manje chè yo, ni touche kadav yo; yo pa pwòp pou nou.

  14. 4 Konsa, konsènan manje bagay ki te ofri kon sakrifis a zidòl yo, nou konnen ke pa gen anyen vrèman kon zidòl nan mond lan, e ke pa gen okenn Dye sof ke yon sèl, Bondye. 5 Paske, menmsi genyen sa ke yo rele dye yo, swa nan syèl la oubyen sou tè a, kòm anverite gen anpil dye ak anpil senyè, 6 malgre sa, nou pa gen sof ke yon Bondye Papa a. De Li menm tout bagay sòti, e nou pou Li, e yon Senyè, Jésus Kris. Pa Li menm tout bagay ye, e nou egziste pa Li.

    7 Sepandan, se pa tout moun ki gen konesans sa a. Men kèk moun, ki abitye avèk zidòl jiska prezan, manje manje kòmsi li te sakrifye a yon zidòl, e konsyans fèb pa yo a vin souye.

  15. 20 Konsa, Noé te bati yon lotèl pou SENYÈ a. Li te pran chak bèt ki pwòp, ak chak zwazo ki pwòp, e li te ofri sakrifis ki te brile sou lotèl la.

    21 SENYÈ a te pran sant dous la. Konsa, SENYÈ a te di a Li menm: “Mwen p ap janm modi tè a ankò akoz lòm, paske lentansyon kè li se lemal depi li te jèn. Ni mwen p ap janm detwi ankò chak bagay vivan jan Mwen te fè a.

  16. 6 Lou a va demere ak jèn mouton an,

    leyopa va kouche ak jèn kabrit la,

    jèn bèf la ak jèn lyon an ansanm ak bèf gra a;

    epi yon tigason va mennen yo.

    7 Anplis, vach la ak lous la va manje zèb nan patiraj la;

    pitit pa yo va kouche ansanm e lyon an va manje zèb tankou bèf la.

    8 Pitit k ap tete, va jwe bò twou koulèv anpwazone a,

    e pitit sevre a va mete men l sou kav vipè a.

    9 Yo p ap donmaje ni detwi nan tout mòn sen Mwen an,

    paske latè va ranpli ak konesans SENYÈ a,

    tankou dlo kouvri lanmè a.

  17. 3 Li te vin rive pi devan ke Cain te pote yon ofrann bay SENYÈ a, ki sòti nan fwi rekòlt tè a. 4 Abel, osi, sou pati pa l te pote nan premye pòtre twoupo, e nan pòsyon pi gra a nan yo.

    Konsa, SENYÈ a te kontan pou Abel avèk ofrann pa l la,

  18. 17 “‘Li se yon règleman pou tout tan atravè tout jenerasyon nou yo, nan tout abitasyon nou yo: nou pa pou manje okenn grès, ni okenn san.’”

  19. 41 Pandan yo te toujou mal pou kwè akoz lajwa ak sezisman yo, Li te di yo: “Èske nou pa gen anyen isit la pou manje?”

    42 Yo te bay Li yon mòso pwason boukannen. 43 Li te pran l e te manje l devan yo.

  20. 28 “Paske li te parèt bon pou Lespri Sen an ak nou menm pa mete sou nou okenn fado ke lesansyèl sa yo: 29 pou nou evite bagay ki sèvi kon sakrifis pou zidòl, san, bagay ki toufe, ak imoralite seksyèl. Si nou kenbe tèt nou lib de bagay sila yo, nou va fè byen. Orevwa.”

  21. 13 Pou sa a, si manje koze frè mwen an chite, mwen p ap janm manje vyann ankò, pou mwen pa koze frè mwen an chite.

  22. 24 Pa kite nou chache pwòp enterè pa nou, men sa ki bon pou vwazen nou. 25 Manje avèk bon konsyans nenpòt vyann ki vann nan mache, san poze kesyon. 26 “Paske tè a se pou Senyè a avèk tout sa ki ladann.”

  23. 16 Konsa, pa kite pèsòn aji kòm jij nou konsènan manje oubyen bwason, ni respè a yon jou fèt oubyen yon lalin tounèf oubyen yon jou Saba. 17 Bagay sila yo se lonbraj a sila ki dwe vini an; men vre sibstans lan apatyen a Kris.

  24. 2 “Pale avèk fis Israël yo. Di yo: ‘Sa yo se kreyati ke nou kapab manje pami tout bèt ki sou latè yo.

  25. 21 “Nou pa pou manje okenn bagay ki mouri pou kont li. Nou gen dwa bay li a etranje ki rete nan vil nou, pou li kab manje l, oswa nou kapab vann li a yon etranje; paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jenn ti kabrit ki nan lèt manman.

  26. 16 Sepandan, nou pa pou bwè san an; nou dwe vide li atè tankou dlo.

  27. 12 “Souple, teste sèvitè ou yo pandan di jou. Kite nou resevwa sèlman kèk legim pou manje ak dlo pou bwè.