38 Bible Verses About Immigration

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Immigration
  1. 33 “‘Lè yon etranje rete avèk nou nan peyi nou, nou pa pou fè l tò. 34 Etranje ki rete avèk nou an va, pou nou, tankou pwòp moun peyi nou. Nou va renmen li tankou tèt nou, paske nou te etranje nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

  2. 17 “Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab. 18 Li fè jistis pou òfelen ak vèv la, e Li montre amou Li pou etranje a lè Li ba li manje avèk rad. 19 Pou sa, montre amou pa nou vè etranje a, paske nou te etranje nan peyi Égypte la.

  3. 22 Alò, li te vin rive nan tan sa a ke Abimélec avèk Picol, chèf lame li, te pale avèk Abraham. Li te di l: “Bondye avèk ou nan tout sa ou fè 23 Pou sa, fè sèman ban mwen menm isit la devan Bondye ke ou p ap twonpe ni mwen, ni pitit mwen yo, ni posterite mwen yo, men selon tout gras ke m te montre ou, ou va montre m tou, nan peyi kote ou te demere kon yon etranje a.”

    24 Abraham te di: “Mwen fè sèman sa a.”

    25 Men Abraham te plenyen bay Abimélec akoz pwi dlo ke sèvitè Abimélec yo te sezi a.

    26 Abimélec te reponn: “Mwen pa konnen kilès ki te fè ou bagay sa a. Ou pa t di m sa, ni mwen pa t tande sa, jis rive jodi a.”

    27 Abraham te pran mouton avèk bèf, e li te bay yo a Abimélec. Konsa, yo de a te fè yon akò. 28 Abraham te mete sèt jèn mouton femèl ki sòti nan bann mouton apa pou kont yo. 29 Abimélec te di a Abraham: “Kisa sa vle di; sèt jèn mouton femèl ke ou te mete apa pou kont yo?”

    30 Li te di: “Ou va pran sèt jèn mouton femèl sa yo nan men m pou yo kapab devni yon temwen pou mwen ke mwen te fouye pwi sa a.”

    31 Pou sa, li te rele plas sila a Beer-Schéba, paske se la ke yo de a te fè sèman an.

    32 Alò, yo te fè yon akò nan Beer-Schéba. Konsa, Abimélec avèk Picol, kòmandan lame a, te leve retounen nan peyi Filisten yo.

    33 Abraham te plante la yon pyebwa tamaris nan Beer-Schéba, e la li te rele sou non SENYÈ a, Bondye Letènèl la. 34 Epi Abraham te demere nan peyi Filistyen yo pandan anpil jou.

  4. 17 “Nou pa pou tòde lajistis la ki se dwa a yon etranje, oswa yon òfelen, ni pran rad a yon vèv kòm garanti. 18 Men nou va sonje ke nou te esklav an Égypte, e ke SENYÈ a, Bondye nou an, te peye ranson nou soti la. Akoz sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a.

    19 “Lè nou fè rekòlt nou nan chan nou, men nou bliye yon pakèt nan chan an, nou pa pou retounen pran l. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la, pou SENYÈ a, Bondye nou an, kapab beni nou nan tout travay men nou yo. 20 Lè nou keyi pye doliv la, nou pa pou pase sou branch yo yon dezyèm fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la. 21 Lè nou rekòlte rezen nan chan rezen an, nou p ap pase sou li yon lòt fwa. Li va pou etranje a, pou òfelen an ak pou vèv la.

    22 “Nou va sonje ke nou te yon esklav nan peyi Égypte la. Pou sa, mwen ap kòmande nou pou fè bagay sa a.

  5. 5 Paske si, anverite, nou korije chemen nou yo, ak zèv nou yo; si, anverite, nou pratike jistis antre yon nonm ak vwazen li, 6 si nou pa oprime etranje a, òfelen an, oswa vèv la e pa vèse san inosan a nan plas sa, ni mache dèyè lòt dye anvè pwòp destriksyon nou, 7 alò, Mwen va kite nou rete nan plas sa a, nan peyi ke M te bay a papa zansèt nou yo jis pou tout tan.

  6. 31 “Men lè Fis a Lòm nan vini nan tout glwa Li avèk tout zanj Li yo, Li va chita sou twòn glwa pa Li a. 32 Tout nasyon yo va rasanble devan Li. E Li va separe yo youn de lòt, kon yon gadyen patiraj separe mouton avèk kabrit. 33 Konsa, l ap mete mouton yo adwat li, e kabrit yo agoch Li.

    34 “Epi Wa a va di a sila ki adwat li yo: ‘Vini, nou menm ki beni pa Papa m; eritye wayòm nan ki te prepare pou nou depi fondasyon mond lan. 35 Paske Mwen te grangou, e nou te ban M bagay pou M manje. Mwen te swaf, e nou te ban M bwè. Mwen te yon etranje, e nou te envite M antre, 36 Mwen te touni, e nou te ban M rad. Mwen te malad e nou te vizite M. Mwen te nan prizon e nou te vin kote M.

    37 “Epi jis yo ap di Li: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou e te bay Ou manje, ni swaf pou te bay Ou bwè? 38 Epi kilè nou te wè Ou yon etranje, epi envite Ou antre, oubyen touni pou te bay Ou rad? 39 Epi kilè nou te wè Ou malad, e te vizite Ou; oubyen nan prizon pou te vizite Ou?’

    40 “Konsa, wa a va reponn yo: ‘Anverite, Mwen di nou menm jan ke nou te fè li a youn nan frè Mwen yo, nou te fè l a Mwen menm tou.’

    41 “Apre Li va di a sila ki agoch Li yo: ‘Sòti sou Mwen, nou menm ki modi, pou ale nan dife etènèl ki te prepare pou Satan avèk zanj li yo a. 42 Paske Mwen te grangou, men nou te refize ban M manje. Mwen te swaf, e nou pa t ban M bwè. 43 Mwen te yon etranje, e nou pa t envite M antre, touni, e nou pa t ban M rad, nan prizon e nou pa t vizite M.

    44 “Alò yo menm va reponn: ‘Senyè, kilè nou te wè Ou grangou, oswa swaf, oswa yon etranje, touni, malad oubyen nan prizon, e nou pa t okipe Ou?’

    45 “Konsa L ap reponn yo: ‘Anverite Mwen di nou, menm jan ke nou pa t fè li pou youn nan pi piti nan sa yo, nou pa t fè l pou Mwen tou.’ 46 Epi sila yo va ale nan pinisyon etènèl, men jis yo nan lavi etènèl.”

  7. 1 Kite lanmou pou frè yo kontinye.

    2 Pa neglije byen resevwa etranje yo, paske pa fason sa a, kèk nan nou bay lojman menm a zanj, san nou pa konnen.

    3 Sonje prizonye yo, kòmsi nou ta nan prizon avèk yo, e sila ki maltrete yo, akoz ke nou menm, nou osi nan kò a.

  8. 21 Ou pa pou fè mal a yon etranje, ni oprime li, paske se te etranje nou te ye nan peyi Égypte la.

    22 Ou pa pou oprime okenn vèv, ni òfelen. 23 Si ou oprime li, e li kriye ban Mwen, Mwen va anverite tande kri li; 24 epi kòlè Mwen va vin ogmante. Mwen va touye ou avèk nepe, e madanm ou yo va vin vèv, e pitit ou yo va vin san papa.

  9. 9 “Konsa pale SENYÈ dèzame yo: ‘Ekzekite vre jijman, e pratike ladousè ak konpasyon, chak moun anvè frè li. 10 Pa oprime ni vèv, ni òfelen, ni etranje, ni malere. Ni pa kite pèsòn nan nou panse mal nan kè li, youn kont lòt.’

  10. 5 “Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.

  11. 9 Men, nou se yon ras chwazi, yon lòd prèt wayal, yon nasyon sen, yon pèp pou pwòp posesyon Bondye, pou nou kapab pwoklame ekselans a Li menm ki te rele nou sòti nan tenèb la pou vini nan limyè glwa Li a. 10 Paske, avan, nou pa t yon pèp, men koulye a, nou se Pèp Bondye a; nou pa t resevwa mizerikòd, men koulye a, nou resevwa mizerikòd.

    11 Byeneme, mwen ankouraje nou kòm vwayajè ak etranje yo, pou nou rete lwen lanvi lachè k ap fè lagè kont nanm nan. 12 Kenbe kondwit nou pwòp pami pèp etranje yo, pouke nan bagay ke yo pale mal sou nou kòm malfektè yo, yo kapab akoz bon zèv nou, bay Bondye glwa, lè yo wè yo nan jou gran vizitasyon selès la.

    13 Soumèt tèt nou pou koz a Senyè a, a tout otorite ki etabli pami lòm, kit se yon wa kit se yon moun an otorite 14 oubyen a gouvènè ki voye pa Li menm yo pou pini malfektè yo e louwe sila ki fè byen yo. 15 Paske se volonte Bondye, pou lè nou fè sa ki bon, pou sa fè inyoran yo ak san konprann yo rete an silans.

    16 Se pou nou tankou moun lib, e pa itilize libète nou an kòm yon kouvèti pou fè sa ki mal, men pito sèvi li kòm sèvitè a Bondye. 17 Onore tout moun. Renmen frè nou yo. Gen lakrent Bondye, onore wa a.

  12. 19 ‘Modi se sila ki tòde lajistis pou yon etranje, òfelen, oswa vèv.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.

  13. 9 Ou pa pou oprime yon etranje, paske nou konnen pozisyon a yon etranje, konsi, nou osi te etranje nan peyi Égypte la.

  14. 9 SENYÈ a pwoteje etranje yo.

    Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la,

    men Li jennen wout mechan an.

  15. 48 “Men si yon etranje rete avèk nou, li selebre fèt Pak la bay SENYÈ a, ke tout mal gason li yo vin sikonsi, e kite li pwoche pou selebre li. Konsa, li va devni yon natif peyi a. Men okenn moun san sikonsisyon pa pou manje li. 49 Menm règ sa a va aplike a natif la tankou etranje ki demere pami nou yo.”

  16. 14 Nou pa pou oprime yon sèvitè k ap travay pou nou ki malere e ki nan nesesite, kit se yon sitwayen parèy nou, oswa youn nan etranje nou yo ki rete nan peyi nou nan vil nou yo. 15 Nou va ba li salè li nan jou li avan solèy la kouche. Paske li se malere, e espwa kè li sou sa; jis pou li pa kriye kont nou vè SENYÈ a, pou sa devni yon peche nan nou.

  17. 9 “‘Alò, lè nou fè rekòlt nan tè nou, nou p ap rekòlte rive jis nan kwen chan an, ni nou p ap ranmase ti rès ki tonbe a. 10 Ni nou p ap ranmase ti rès fwi nan chan rezen nou yo. Nou va kite yo pou malere yo ak etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

  18. 22 “‘Lè nou fè rekòlt la nan peyi nou, anplis, nou pa pou rekòlte jis nan kwen chan nou yo, ni ranmase ti retay nan rekòlt la. Se pou nou kite yo pou malere avèk etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”

  19. 1 Alò, SENYÈ a te di a Abram: “Sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou ale vè yon peyi ke Mwen va montre nou. 2 Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon. 3 Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”

    4 Alò, Abram te sòti jan SENYÈ a te pale l la. Lot te ale avè l. Abram te gen laj swasann-kenz ane lè li te kite Haran.

  20. 2 Di l konsa: ‘Koute pawòl SENYÈ a, O wa Juda, ki chita sou twòn David la, ou menm, sèvitè ou yo ak pèp ou a ki antre nan pòtay sila yo. 3 Konsa pale SENYÈ a: “Fè jistis ak ladwati e delivre sila ki te vòlè devan pouvwa sila ki te oprime l la. Anplis pa maltrete ni fè vyolans a yon etranje, òfelen an ak vèv la. Ni pa vèse san inosan nan plas sa a. 4 Paske si nou menm mesye yo va, anverite, fè bagay sa a, alò, wa yo va antre nan pòtay kay sa a, e va chita nan plas David sou twòn li an. Yo va monte sou cha yo ak sou cheval yo—yo menm, sèvitè yo ak pèp li a. 5 Men si nou pa obeyi pawòl sa yo, Mwen sèmante pa Mwen menm,” deklare SENYÈ a: “ke kay sila a va vin dezole.”’”

  21. 21 “Konsa nou va pataje peyi sa pami nou menm selon tribi Israël yo. 22 Ou va divize li pa tiraj osò kon eritaj pami nou menm e pami letranje ki rete nan mitan nou yo, ki fè fis nan mitan nou yo. Epi yo va pou nou tankou moun peyi natal, pami fis Israël yo; yo va resevwa yon eritaj avèk nou pami tribi Israël yo. 23 Epi nan tribi kote etranje a rete a, se la ou va bay li eritaj li,” deklare Senyè BONDYE a.

  22. 10 Alò te gen yon gwo grangou nan peyi a, ki fè Abram desann an Égypte pou pase yon tan, akoz gwo grangou a te tèlman di nan peyi a.

  23. 22 Va gen yon sèl règleman pou nou. Li va pou etranje kòm pou moun peyi a, paske Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.’”

  24. 35 “Alò, nan ka ke yon moun peyi nou an vin pòv e zafè li vin gate, alò, nou gen pou bay li soutyen. Li va viv tankou etranje, oswa yon moun k ap demere, pou li kapab toujou rete pami nou. 36 Pa pran enterè ni avantaj sou li, men onore Bondye ou a pou li kapab viv avèk ou. 37 Ou pa pou bay li lajan ou avèk enterè, ni manje ou pou fè pwofi.

  25. 17 Frè m yo vin swiv egzanp mwen an, e swiv sila ki mache selon modèl ke nou gen nan nou an. 18 Paske anpil moun mache, de sila mwen te souvan di nou yo, e koulye a mwen di nou ankò menm avèk dlo nan zye m, ke yo se lènmi lakwa a Kris la, 19 ki gen pou fen, destriksyon, ki gen pou dye pa yo apeti yo, e ki gen pou glwa yo, wont yo, ki fikse panse yo sou bagay tèrès yo. 20 Paske pou nou menm sitwayènte nou se nan syèl la. E soti nan li menm, n ap tann ak enpasyans yon Sovè, Senyè a, Jésus Kri, 21 ki va transfòme move kò sila a, pou l vin konfòme ak kò laglwa pa Li a. Li va fè sa pa egzèsis a pouvwa ke Li genyen pou soumèt tout bagay anba otorite pa L.

  26. 26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo; 27 pou yo ta chèche Bondye, si petèt yo ta lonje men yo e twouve L, malgre ke Li pa lwen de chak en de nou.

    28 “‘Paske nan Li nou viv, nou fè mouvman, e nou egziste menm, jan kèk nan powèt nou yo konn di: paske nou menm tou se pitit Li.’

  27. 27 Paske nou tout ki te batize nan Kris la te abiye tèt nou avèk Kris. 28 Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus. 29 Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.

  28. 28 “Nan fen chak twazyèm ane, nou va pote tout dim a sila nou pwodwi pou ane sa a, e nou va depoze li nan pwòp vil pa nou an. 29 Levit la, akoz li pa gen pati oswa eritaj pami nou, e etranje, òfelen, ak vèv ki nan vil nou yo, yo va manje e satisfè, jis pou SENYÈ a, Bondye nou an, beni nou nan tout travay ke men nou fè.

  29. 15 Epi pou asanble a, va genyen yon sèl règleman pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an, yon règleman pou tout tan pandan tout jenerasyon nou yo. Jan nou menm ye a, se konsa etranje a va ye devan SENYÈ a. 16 Va genyen yon sèl lwa, ak yon sèl òdonans pou nou ak pou etranje ki demere pami nou an.’”

  30. 27 Lè yo te mennen yo, yo te fè yo kanpe devan konsèy la pou wo prèt la kesyone yo. 28 Li te di yo konsa: “Èske nou pa t bay nou yon lòd byen klè pou nou pa kontinye enstwi nan non sila a? E malgre sa a, nou fin ranpli tout Jérusalem avèk enstriksyon nou yo, e nou gen entansyon voye san mesye sa a sou nou”.

    29 Alò Pierre avèk apòt yo te reponn e te di: “Nou oblije obeyi a Bondye olye a lòm. 30 Bondye a zansèt nou yo te fè leve Jésus, ke nou te touye pann sou yon kwa a. 31 Se Li menm Bondye te fè leve wo kote men dwat Li, tankou yon Prens, e yon Sovè, pou bay a Israël repantans, ak padon pou peche yo. 32 Nou te temwen a bagay sa yo; e anplis Lespri Sen an ke Bondye bay a sila ki obeyi Li yo.”

  31. 1 Konsa, Joseph te antre pou pale ak Farawon. Li te di: “Papa m avèk frè m yo, bann mouton yo, twoupo yo, avèk tout sa yo posede, te sòti nan peyi Canaan an. Epi gade byen, yo nan peyi Gosen.” 2 Li te pran senk mesye pami frè li yo, e li te prezante yo bay Farawon.

    3 Alò, Farawon te di a frè li yo: “Ki metye nou?”

    Epi yo te di a Farawon: “Sèvitè nou se bèje, ni nou menm, ni zansèt nou yo.” 4 Yo te di a Farawon: “Nou te vini pou rete tankou etranje nan peyi a, paske nanpwen patiraj pou bann mouton yo paske gwo grangou a rèd nan peyi Canaan. Alò pou sa, souple, kite sèvitè nou yo viv nan peyi Gosen an.”

    5 Konsa, Farawon te di a Joseph: “Papa ou avèk frè ou yo te vin kote ou. 6 Peyi Égypte la devan ou, plase papa ou avèk frè ou yo nan pi bon pòsyon tè a, kite yo viv nan peyi Gosen an. Epi si ou konnen moun ak kapasite pami yo, alò, fè yo responsab bèt mwen yo.”

  32. 14 “‘Si yon etranje demere pami nou e li obsève Pak SENYÈ a, li gen pou fè l selon règleman a Pak la, ak selon òdonans li. Nou va genyen yon sèl règleman, ni pou etranje, ni pou natif peyi a.’”

  33. 15 Sis vil sila yo va tankou refij pou fis Israël yo, pou etranje a ak pou sila ki demere pami yo, pou nenpòt moun ki touye yon moun san entansyon eksprè kapab sove ale pou rive la.

  34. 21 “Nou pa pou manje okenn bagay ki mouri pou kont li. Nou gen dwa bay li a etranje ki rete nan vil nou, pou li kab manje l, oswa nou kapab vann li a yon etranje; paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. Nou pa pou bouyi yon jenn ti kabrit ki nan lèt manman.

  35. 3 Pa kite etranje a ki te vin jwenn ak SENYÈ a di:

    “Anverite, SENYÈ a va fè m separe de pèp li a.”

    Ni pa kite enik lan di:

    “Gade byen, mwen se yon bwa sèch”.

    4 Paske konsa pale SENYÈ a:

    “A enik yo ki kenbe Saba Mwen yo,

    ki chwazi sa ki fè M plezi,

    e ki kenbe fèm nan akò Mwen an,

    5 a yo menm, Mwen va livre depi andann lakay Mwen an;

    anndan miray Mwen yo, yon memoryal

    e yon non ki meyè a fis yo oswa fi yo.

    Mwen va bay yo yon non

    k ap dire nèt jis pou letènite,

    ki p ap janm disparèt.”

    6 “Anplis, etranje ki vin atache yo menm a SENYÈ a,

    pou sèvi Li,

    pou renmen non a SENYÈ a,

    pou vin sèvitè Li,

    yo tout ki pa derespekte Saba a,

    e ki kenbe fèm sou akò Mwen an;

    7 menm sila yo Mwen va mennen sou mòn sen Mwen an,

    e fè yo plenn lajwa andedan kay priyè Mwen an.

    Ofrann brile yo ak sakrifis yo va akseptab sou lotèl Mwen an;

    paske kay Mwen an va rele yon kay lapriyè pou tout pèp yo.”

  36. 6 Avèk kisa mwen ta dwe vin parèt devan SENYÈ a,

    e bese m ba devan Bondye anlè a?

    Èske mwen ta vini ak ofrann brile,

    ak ti bèf ki gen yon lane?

    7 Èske SENYÈ a pran plezi nan milye de belye yo?

    Oswa nan dè di-milye de rivyè lwil yo?

    Èske se premye ne mwen an mwen dwe bay

    pou zak rebelyon mwen yo?

    Fwi a kò m pou peche nanm mwen an?

    8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

    Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

    Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,

    e mache nan imilite ak Bondye ou a?

  37. 34 Lè l louvri bouch li, Pierre te di: “Vrèman, mwen konprann koulye a, ke Bondye se pa youn ki fè patipri pou pèsòn, 35 men nan tout nasyon yo, sila a ki gen lakrent Li, e ki fè sa ki bon, byen resevwa devan Li menm.

  38. 13 Tout sila yo te mouri nan lafwa san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a. 14 Paske sila ki di bagay sa yo, fè l klè ke y ap chache yon peyi ki pou yo. 15 Si vrèman, yo t ap panse ak peyi sa a ke yo te soti a yo t ap twouve chans pou retounen. 16 Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Li te prepare yon vil pou yo.