46 Bible Verses About Bribery
Bib Sen An (BSA)
-
6 Ou pa pou konwonpi lajistis ki se dwa a yon malere nan pwosè li.
7 Rete lwen yon fo pwosè, e pa touye inosan an oswa moun ki dwat la, paske Mwen p ap jistifye koupab la.
8 Ou pa pou pran lajan anba tab, paske kòb anba tab ap avegle sila ki wè klè yo, e konwonpi kòz sila ki jis yo.
-
19 Nou p ap tòde jistis la. Nou p ap fè patipri, e nou p ap pran anyen anba tab; paske afè anba tab avegle zye a saj yo, e pèvèti pawòl a sila ki dwat yo.
-
1 Li te vin rive ke lè Samuel te vin granmoun ke li te apwente fis li yo kòm jij sou Israël. 2 Alò, non a premye ne a se te Joël e dezyèm nan, Abija. Yo t ap jije nan Beer-Schéba. 3 Malgre sa, fis li yo pa t mache nan tras pa li yo, men yo te vire akote pou reyisi avantaj malonèt, e yo te nan patipri.
-
9 Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo,
ni lavi m avèk mesye ki vèse san yo,
10 nan men a sila ki gen manèv mechan yo,
ki nan mechanste pote kado vèse anba tab yo.
-
23 Yon nonm mechan an resevwa kòb anba tab an sekrè;
pou l tòde chemen lajistis.
24 Sajès se devan fas a sila ki gen bon konprann nan;
men zye a moun ensanse yo chache jis rive nan tout pwent latè.
-
22 Malè a sila ki vanyan nan bwè gwòg la
e gen gwo kouraj nan mele bwason fò a,
23 sila ki jistifye mechan yo pou kòb glise anba tab
e ki rachte dwa a sila ki gen rezon yo!
24 Akoz sa, tankou lang dife a manje pay sèch yo
e konsonmen zèb sèch nan flanm nan,
konsa rasin yo va vin tankou pouriti,
e flè yo va vannen ale tankou pousyè;
paske yo fin rejte lalwa SENYÈ dèzame yo,
e te rayi pawòl a Sila Ki Sen An Israël la.
-
12 Nan ou, yo te touche anba tab pou yo ta vèse san. Ou te pran enterè ak pwofi, ou te fè donmaj a vwazen ou yo pou ou kab vin genyen pa opresyon, e ou te bliye Mwen,” deklare Senyè BONDYE a.
13 “‘“Alò, gade byen, Mwen frape men M kont pwofi malonèt ou, ke ou te vin genyen nan vèse san moun pami ou.
-
11 Pandan yo te nan wout la, konsa kèk nan gad yo te antre lavil la pou te bay rapò a chèf prèt yo sou tout sa ki te rive yo a. 12 Konsa, lè yo te rasanble avèk tout lansyen yo e te pran konsèy ansanm, yo te bay yon gwo sòm lajan a sòlda yo. 13 Yo te di yo: “Nou gen pou di: ‘Disip Li yo te vini nan lannwit e te vòlè L pote ale pandan nou t ap dòmi. 14 Si sa ta gen tan rive nan zòrèy Gouvènè a, n ap pale avè l pou pwoteje nou pou nou pa gen pwoblèm’”.
15 Alò, yo te pran kòb la, e te fè jan yo te enstwi yo. Listwa sila a te gaye pami Jwif yo e kontinye jouk jou sila a.
-
8 Vèse kòb anba tab se tankou wanga pou mèt li;
nenpòt kote li vire, li byen reyisi.
-
7 Paske chantay ka fè yon nonm saj vin fou, e lajan anba tab fè kè vin konwonpi.
-
15 Sila ki mache nan ladwati a e ki pale ak kè sensè a?
Sila ki refize benefis lajan ki sòti nan enjistis la,
e ki souke men l pou sa ki vèse anba tab pa rete nan yo;
sila ki bouche zòrèy li pou l pa menm tande afè vèse san,
e ki fèmen zye l pou l pa gade mal.
16 Li va demere nan wotè yo;
pwotèj pa li va nan wòch solid ke lènmi yo pa ka pwoche.
Pen li va vèse bay li, e dlo li va asire.
-
23 Chèf ou yo se rebèl yo ye
k ap fè zanmi parèy ak vòlè.
Se yo tout ki renmen resevwa
anba tab ak kouri dèyè benefis.
Yo pa defann òfelen an,
ni ka a vèv la pa rive devan yo.
24 Pou sa, Senyè BONDYE dèzame yo,
Toupwisan Israël la, deklare:
“Ah, M ap jwenn soulajman de advèsè Mwen yo;
M ap pran vanjans mwen sou lènmi Mwen yo.
-
34 Paske konpanyen a enkwayan yo va byen esteril,
epi se dife kap brile tant anba pwès yo.
35 Yo plante mal la, e yo rekòlte inikite;
epi se desepsyon k ap jèmen nan panse yo.”
-
14 Yon kado vèse an sekrè kalme fachez,
e yon anba tab ki glise rive, bese gwo kòlè.
-
12 Paske Mwen konnen transgresyon nou yo
vin anpil e peche nou yo vin gran;
nou menm ki boulvèse moun dwat yo,
ki aksepte tout sa ki glise anba tab yo,
e ki detounen malere a nan pòtay la.
-
25 ‘Modi se sila ki aksepte lajan pou asasine yon moun inosan.’ Epi tout pèp la va di: ‘Amen’.
-
1 Samuel te di a tout Israël: “Gade byen, mwen te koute vwa nou nan tout sa ke nou te di m yo e mwen te chwazi yon wa sou nou. 2 Alò, men wa a k ap mache devan nou. Men mwen fin granmoun, cheve m blanch e gade byen fis mwen yo avèk nou. Mwen te mache devan nou soti nan jenès mwen jis rive jodi a. 3 Men mwen! Temwaye kont mwen devan SENYÈ a avèk moun onksyone pa Li yo. Se bèf a ki moun mwen konn vòlè, oswa bourik a kilès mwen te konn pran, oswa se kilès mwen te konn twonpe? Ki moun mwen te konn oprime, oswa nan men a kilès mwen te touche anba tab pou zye m pa wè? Si mwen te fè bagay sa yo, M ap repare sa.”
4 Yo te di: “Ou pa janm te twonpe nou, ni oprime nou ni pran anyen nan men a pèsòn.”
5 Li te di yo: “SENYÈ a se temwen kont nou e onksyone pa Li yo se temwen nan jou sa a ke nou pa t twouve anyen nan men m nan.”
Epi yo te di: “Li se temwen.”
-
17 “Paske SENYÈ a, Bondye nou an, se Bondye a dye yo e SENYÈ a senyè yo. Li se Bondye ki gran an, pwisan e etonan an, ki pa montre favè a pèsòn, ni pa vann favè Li anba tab. 18 Li fè jistis pou òfelen ak vèv la, e Li montre amou Li pou etranje a lè Li ba li manje avèk rad.
-
7 Pou sa, kite lakrent SENYÈ a rete sou nou. Fè anpil atansyon nan sa n ap fè a, paske SENYÈ a, Bondye nou an, p ap patisipe nan sa ki pa dwat, nan patipri, ni nan lajan ki pase anba tab.”
-
4 Avèk jistis, wa a fè tout peyi a vin estab;
men yon nonm ki aksepte kòb anba tab boulvèse li.
-
18 Asa te pran tout ajan avèk lò ki te rete nan trezò lakay SENYÈ a ak trezò lakay wa a e li te livre yo nan men a sèvitè li yo. Epi Wa Asa te voye yo bay Ben-Hadad, fis Thabrimmon an, fis a Hezjon an, wa Syrie a, ki te rete Damas la. Li te di: 19 “Kite yon akò fèt antre ou menm avèk mwen, tankou antre papa ou avèk papa m. Gade byen, mwen voye ba ou yon kado ajan avèk lò. Ale kraze akò ou avèk Baescha, wa Israël la, pou li retire lame li a sou mwen.”
-
6 Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. 7 Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.
8 Si nou genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.
9 Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.
11 Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès.
-
27 Sila ki fè pwofi ak movèz fwa a, twouble pwòp lakay li;
men sila ki rayi afè anba tab la, va viv.
-
5 Prens Filisten yo te ale kote li e te di fanm nan: “Mennen li ak dousè e twouve kote gran fòs li a sòti, e kijan nou kapab vin genyen l pou nou kapab mare li pou aflije li. Epi nou chak va ba ou onz-san pyès ajan.”
-
9 Si se plezi a wa a, kite yon dekrè pibliye pou yo ta detwi, e mwen va peye di-mil talan ajan nan men a sila ki akonpli afè wa a, pou mete li nan kès a wa a.”
-
9 Alò, tande sa, chèf lakay Jacob yo,
ak sila k ap gouvène lakay Israël yo,
ki rayi jistis,
e ki vire tòde tout sa ki dwat,
10 Ki bati Sion ak san koule,
e Jérusalem ak vyolans e enjistis.
11 Chèf li yo fè jijman
pou jwenn sa ki glise anba tab,
e prèt li yo enstwi pou kòb,
pandan pwofèt li yo ap pwofetize pou lajan.
Malgre sa, yo apiye sou SENYÈ a.
Yo di: “Se pa SENYÈ a ki nan mitan nou?
Okenn malè p ap rive sou nou.”
12 Konsa, akoz nou menm,
Sion va vin raboure tankou yon chan,
e Jérusalem va vin yon pil mazi,
e mòn tanp lan va devni
tankou wo plas yo nan forè a.
-
24 Men kèk jou pita, Félix te rive avèk Drusille, madanm li ki te yon Jwif, epi te voye rele Paul, pou koute li pale sou lafwa nan Jésus Kri a. 25 Men pandan li t ap diskite sou ladwati, tanperans, ak jijman ki gen pou vini an, Félix te vin pè. Li te di: “Pou moman sa a, ale. Lè m jwenn tan, m a konvoke ou.” 26 Nan menm tan an, tou, li t ap espere ke Paul ta bay li lajan pou lage l. Akoz sa, li te konn voye rele l souvan pou pale avè l.
27 Men apre dezan te pase, Félix te ranplase pa Porcius Festus, e pou te jwenn favè ak Jwif yo, li te kite Paul anprizone.
-
3 Toude men yo sou sa ki mal la pou fè l byen.
Prens lan mande, e jij la prè pou yon glise anba tab.
Yon nonm pwisan prezante tout mechanste
ke nanm li bezwen.
Konsa yo trese l pou fè l vin yon sèl.
-
14 Konsa, youn nan douz yo ki te rele Judas Iscariot te ale kote chèf prèt yo. 15 Li te di yo: “Kisa nou ap ban mwen si mwen livre Li bannou?”
Yo te peze bay li trant pyès ajan. 16 Depi lè sa a, li te kòmanse chache yon bon moman pou trayi li.
-
3 Konsa, lè Judas ki te trayi Li a te wè ke Li te kondane, Li te sanse regrèt. Li te retounen bay trant pyès ajan yo bay chèf prèt yo avèk lansyen a pèp yo. 4 Li te di yo: “Mwen te peche. Mwen te trayi san inosan an.”
Men yo te reponn li: “Kisa sa ye pou nou? Okipe sa ou menm!”
5 Pou sa a, li te jete pyès ajan yo nan sanktyè tanp lan. Li te sòti, e te ale pann tèt li.
6 Chèf prèt yo te pran pyès ajan yo, e te di: “Sa pa pèmèt pou nou mete yo nan kès tanp lan, akoz ke se pri san.” 7 Konsa, yo te mete tèt yo ansanm. Avèk kòb la, yo te achte yon chan yo te rele Chan Kanari a pou yon simityè pou etranje yo. 8 Pou rezon sa a, yo rele chan sa a Chan San an, jiska jodi a.
9 Epi sa ki te pale pa pwofèt Jérémie a te akonpli, sa ki te di:
“Yo te pran trant pyès ajan,
pri sou Sila a ke yo te etabli yon pri;
ke kèk nan fis Israël yo te etabli,
10 epi yo te bay yo pou Chan Kanari a
jan Senyè a te dirije m nan.”
-
10 Lè m te antre lakay Schemaeja, fis a Delaja a, fis a Mehétabeel la, ki pa t kab kite lakay li, li te di: “Annou reyini ansanm lakay Bondye a, anndan tanp lan, annou fèmen pòt tanp yo, paske yo ap vin touye ou. Wi, y ap vini pandan lannwit lan pou touye ou.”
11 Men mwen te di: “Èske yon nonm tankou mwen ta dwe sove ale kache? Epi èske yon moun tankou mwen ta antre nan tanp lan pou sove lavi li? Mwen p ap antre.” 12 Konsa, mwen te vin apèsi ke anverite, Bondye pa t voye li, men li te eksprime pwofesi a kont mwen akoz Tobija avèk Sanballat te anplwaye li. 13 Li te anplwaye li pou rezon sa a; pou m ta kapab vin pè pou aji konsa e peche, pou yo menm ta kab gen yon move rapò kon repwòch kont mwen.
-
16 Don a yon nonm fè kont espas pou li,
e mennen li devan moun enpòtan.
-
18 Pa kite richès ou mennen ou nan lakòlè,
ni pa kite gwosè sa a k ap vèse sou tab
fè ou vire akote.
-
18 Koulye a, lè Simon te wè ke Lespri a te bay lè apòt yo te poze men sou moun yo, li menm te ofri yo lajan. 19 Li te di: “Ban mwen otorite sila a osi, pou tout sila ke m poze men m sou yo kapab resevwa Lespri Sen an.”
20 Men Pierre te di li: “Ke lajan ou an peri avè w, paske ou te panse ke ou ta kapab vin genyen don Bondye a avèk lajan. 21 Ou pa gen ni pati ni plas nan bagay sa a, paske kè ou pa dwat devan Bondye. 22 Pou sa, repanti de mechanste ou, e priye Senyè a pou, si posib, entansyon kè ou kapab vin padone. 23 Paske mwen wè ke ou nan fyèl anmè e mare nan inikite.”
24 Men Simon te reponn e te di: “Priye a Senyè a pou mwen, nou menm, pou anyen nan sa nou di yo pa vin rive m.”
-
21 Montre patipri pa bon,
paske yon sèl mòso pen ka fè yon moun transgrese.
-
10 “Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.
11 “Donk, si nou pa fidèl nan sèvisrichès enjis yo, kilès ki va konfye nou vre richès yo. 12 Epi si nou pa fidèl nan sèvis ak sa ki pou yon lòt, kilès ki va bannou sa ki pou nou?
13 “Okenn sèvitè pa kapab sèvi de mèt; paske swa l ap rayi youn, e renmen lòt la, oswa l ap kenbe a youn e meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye, ak richès yo.”
14 Alò, Farizyen yo ki te renmen lajan anpil t ap koute tout bagay sa yo, e yo t ap moke L.
15 Li te di yo: “Nou menm se sila yo ki jistifye pwòp tèt nou nan zye lèzòm, menBondye konnen kè nou. Paske sila ki gen gwo valè pami lèzòm yo, yo abominab nan zye Bondye.
16 “Lalwa avèk pwofèt yo te pwoklame jiska Jean. Depi lè sa a bòn nouvèl a wayòm Bondye a preche, e tout moun ap fòse antre ladann.
-
35 Nou pa pou fè move jijman, ni nan mezire longè, pwa, oubyen kapasite. 36 Fòk balans nou yo jis, e pèz pwa nou yo jis; yon efa (22 lit) ki jis, e yon in (36 lit) ki jis. Mwen se SENYÈ nou an, ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la.
-
23 Pwa ki pa ojis ak mezi ki pa ojis;
tou de abominab a SENYÈ a.
-
33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
-
19 Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”
-
15 Fè si ke okenn nan nou pa soufri kòm asasen, vòlè, oswa yon malfektè, ni yon moun k ap simen latwoublay;
-
8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.
Ki sa SENYÈ a egzije de ou?
Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,
e mache nan imilite ak Bondye ou a?
-
2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.
-
8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl.
-
25 Paske sila ki fè mal la va resevwa konsekans a mal ke li te fè a, epi sa, san patipri.
-
18 “Konsa, mwen konseye nou achte nan men Mwen lò ki rafine nan dife pou nou kapab vin rich, e vètman blan pou mete sou nou pou wont toutouni nou an pa vin parèt; ak pomad zye pou nou pase nan zye nou pou nou kapab vin wè.
19 “Sila ke M renmen yo, Mwen reprimande e disipline yo. Konsa, se pou nou vin plen ak zèl, e repanti.
20 “Gade byen, Mwen kanpe nan pòt la e Mwen frape. Si yon moun tande vwa M, e ouvri pòt la, Mwen va antre kote li, Mwen va dine avè l, e li menm avè M.
21 “Sila ki venkè a, Mwen va lèse l vin chita avè M sou twòn Mwen an, jan Mwen menm tou te vin venkè a, e te vin chita avèk Papa M sou twòn Li an.
22 “Sila ki gen yon zòrèy la, kite li tande sa Lespri a di a legliz yo”.
Shows Read in context, Share and Copy.