67 Bible Verses About Time
Bib Sen An (BSA)
-
14 Pou rezon sa a Li di:
“Leve, sila k ap dòmi an,
Leve sòti nan lanmò
E Kris va klere sou ou.”
15 Konsa, fè atansyon sou jan nou mache, pa tankou yon moun ki pa saj, men tankou yon moun ki saj. 16 Fè plis ke posib avèk tan nou, paske jou yo move. 17 Konsa, pinga nou vin moun ensanse, men konprann byen kisa volonte Bondye a ye.
-
9 Paske tout jou nou yo pase nan gran kòlè Ou.
Ane nou yo ap fini kon souf.
10 Pou jou lavi nou yo, yo gen swasann-dizan,
oswa akoz gwo fòs, katre-ventan.
Men ògèy a jou sa yo se sèlman kòve ak tristès.
Paske byen vit li prale, e nou vole ale.
11 Se kilès ki konprann fòs a kòlè Ou a?
Avèk gwo kòlè Ou, selon krent ke Ou merite a?
12 Pou sa, montre nou jan pou konte jou nou yo,
pou nou kab ofri Ou yon kè ki plen sajès.
-
LIV 4
Yon priyè Moïse; Moun Bondye a.
1 Senyè, se te kote Ou, lakay nou te ye
pandan tout jenerasyon yo.
2 Avan mòn yo te vin parèt,
oswa Ou te bay nesans a mond lan avèk tè a,
menm pou tout tan e pou tout tan, Ou se Bondye.
3 Ou fè lòm retounen nan pousyè a, epi di:
“Retounen, O pitit a lòm yo.”
4 Paske mil ane devan zye Ou
se tankou ayè lè l fenk pase, oswa tankou yon veye lannwit lan.
-
13 Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15 Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”
-
4 SENYÈ, fè m konnen longè a jou mwen yo.
Fè m konnen ke m fèb anpil.
5 Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole
tankou lajè a men m ki louvri.
Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou.
Anverite, lavi chak moun, se yon sèl grenn souf.
6 Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj.
Anverite, yo fè gwo zen pou ryen.
Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.
-
5 Kondwi tèt nou avèk sajès anvè moun deyò yo, pou fè plis ke posib avèk tan an. 6 Ke pawòl nou yo toujou ranpli ak gras, kòmsi yo te asizonnen avèk sèl, pou nou kapab konnen jan pou nou reponn a chak moun.
-
8 Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou mil ane, e mil ane se tankou yon jou. 9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.
10 Men jou a Senyè a va vini kòm yon vòlè. Konsa syèl la va disparèt avèk yon gwo bwi, eleman yo va detwi avèk yon gwo chalè, e latè ak zèv li yo va vin brile nèt.
11 Akoz ke tout bagay sa yo dwe detwi nan jan sa a, ki kalite moun nou ta dwe ye selon kondwit ki sen e fidèl? 12 Moun k ap chache toujou pou avanse jou a Bondye, k ap fè syèl yo detwi avèk dife, e tout eleman yo fann avèk gwo chalè a! 13 Men selon pwomès Li, n ap chache syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.
-
1 Gen yon lè apwente pou tout bagay. Epi gen yon tan pou chak sa ki rive anba syèl la—
2 Yon tan pou ne,
yon tan pou mouri;
yon tan pou plante,
ak yon tan pou dechouke
sa ki plante a.
3 Yon tan pou touye
e yon tan pou geri;
yon tan pou demoli
e yon tan pou bati.
4 Yon tan pou kriye
e yon tan pou ri;
yon tan pou fè dèy
e yon tan pou danse.
5 Yon tan pou voye wòch
e yon tan pou ranmase wòch;
yon tan pou anbrase
e yon tan pou evite anbrase.
6 Yon tan pou chache
e yon tan pou pèdi.
Yon tan pou konsève,
e yon tan pou jete.
7 Yon tan pou chire
e yon tan pou koude;
yon tan pou rete an silans
e yon tan pou pale.
8 Yon tan pou fè lanmou
e yon tan pou rayisman;
yon tan pou fè lagè
e yon tan pou fè lapè.
-
1 Men mwen di nou, toutotan ke eritye a se yon timoun, li pa distenge ditou de yon esklav, malgre ke li se mèt a tout bagay, 2 men li anba gadyen ak sipèvizè yo jiska dat fikse pa papa a. 3 Menm jan an nou menm tou, lè nou te timoun, nou te kenbe an esklavaj anba prensip de baz a mond lan. 4 Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa 5 pou Li ta kapab delivre sila ki te anba Lalwa yo, pou nou ta kapab resevwa adopsyon kòm fis. 6 Akoz ke nou se fis, Bondye te voye Lespri a Fis Li a nan kè nou pandan L ap kriye: “Abba! Papa!” 7 Konsa, nou pa yon esklav ankò, men yon fis; epi si yon fis, alò, yon eritye atravè Bondye.
-
14 Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ.
Mwen di: “Se Ou menm ki Bondye mwen”.
15 Moman mwen yo nan men Ou.
Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo,
avèk sila ki pèsekite mwen yo.
-
1 Pa vin ògeye sou bagay demen,
paske ou pa konnen kisa yon jou ka pote.
-
1 Epi nan travay ansanm avèk Li menm, nou osi ankouraje ou pou nou pa resevwa lagras Bondye a anven. 2 Paske Li di:
“Nan tan akseptab la Mwen te koute nou,
e nan jou sali a Mwen te ede nou”.
Gade byen, koulye a se “tan akseptab la”. Gade byen, koulye a se “jou sali a”.
-
11 Li te fè tout bagay bon nan tan li. Anplis, Li te mete letènite nan kè yo, pou ke lòm pa ka fin konprann travay Bondye te fè a soti nan kòmansman jis rive nan lafen.
-
11 Fè sa, paske nou konnen lè a. Lè a rive pou nou leve nan dòmi, paske delivrans nou pi prè pase lè nou te kwè a. 12 Nwit lan prèske fini; jounen an prè. Konsa, annou mete sou kote tout zèv tenèb yo, e abiye nou ak pwotèj limyè a. 13 Annou gen bon kondwit tankou nan lajounen. Pa antre nan banbòch ak eksè bwè, ni nan tout zak imoral, sansyèl, goumen, ak jalouzi. 14 Men abiye nou ak Senyè Jésus Kri a e pa fè pwovizyon pou lachè ak tout dezi li yo.
-
7 Nan Li nou gen redanmsyon pa san Li, padon pou transgresyon nou yo selon richès a gras Li, 8 ke Li te vide sou nou. Nan tout sajès ak konesans, 9 li te fè nou konnen mistè a volonte Li, selon dous entansyon Li; sa ke li te deja planifye nan Li menm nan, 10 avèk yon plan pou fè sa dewoule lè tan an fin akonpli, pou reyini tout bagay nan Kris la, bagay nan syèl yo ak bagay sou latè yo. Nan Li menm
-
1 Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a.
-
14 Alò, apre Jean te fin arete, Jésus te vini Galilée. Li t ap preche Bòn Nouvèl Bondye a. 15 Li te di: “Lè a gen tan rive, epi wayòm Bondye a pwòch; repanti e kwè nan Bòn Nouvèl la.”
-
32 “Men de jou sa a, oubyen lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj ki nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a. 33 Fè atansyon, rete vijilan, paske nou pa konnen lè a.
-
6 Ale kote foumi, o parese.
Veye abitid li yo e vin saj!
7 Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,
8 konn prepare manje li nan gran sezon an
e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.
9 Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese?
Se kilè ou va leve soti nan dòmi?
10 Yon ti dòmi, yon ti somèy,
yon ti pliye men ou yo pou repoze;
11 mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon,
e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.
-
14 Alò Bondye te di: “Ke vin gen limyè nan gran espas syèl yo pou separe jou avèk nwit lan, e ke yo vin kòm sign pou sezon yo, pou jou avèk lane yo; 15 ke yo vin sèvi pou limyè nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè”. Konsa, sa te vin fèt. 16 Bondye te fè de gran limyè, pi gran an pou gouvène lajounen, e pi piti a pou gouvène lannwit. Anplis, Li te fè zetwal yo. 17 Bondye te plase yo nan gran espas syèl yo pou bay limyè sou latè, 18 epi pou gouvène lajounen avèk lannwit, e pou separe limyè a avèk tenèb la. Bondye te wè ke sa te bon. 19 Te gen aswè, e te gen maten, yon katriyèm jou.
-
9 Panse a lòm fè plan pou wout li;
men SENYÈ a dirije pa li yo.
-
4 Fòk nou fè zèv a Li menm ki te voye M nan pandan li fè jou. Lannwit lan ap vini lè pèsòn p ap kab travay. 5 Pandan Mwen nan lemonn, Mwen se limyè lemonn.”
-
9 Jésus te reponn yo: “Èske pa gen douz è de tan nan yon jounen? Si yon moun mache nan lajounen, li p ap chape tonbe, paske li wè limyè a mond sila a. 10 Men si yon moun mache lannwit, l ap tonbe, paske limyè a pa nan li.”
-
6 Donk, lè yo te reyini ansanm, yo t ap poze Li kesyon, e t ap di: “Senyè èske se nan lè sa a ke W ap restore Wayòm lan an Israël?”
7 Li te di yo: “Se pa nou menm ki pou konnen ni lè ni tan ke Papa a gen tan fikse pa otorite pa L.
-
1 Alò, konsènan tan ak epòk yo, frè m yo, nou pa bezwen ekri nou anyen. 2 Paske nou menm, nou konnen trè byen ke jou a Senyè a va vini sou nou tankou yon vòlè lannwit. 3 Pandan y ap di “Lapè ak sekirite”, alò destriksyon va vini sou yo sibitman, tankou doulè a yon fanm k ap fè pitit. E yo p ap chape.
-
27 Epi konsa, jan sa apwente pou moun mouri yon sèl fwa a, e apre sa jijman an vini an, 28 konsa Kris tou, ki te ofri yon sèl fwa pou pote peche a anpil moun nan, va vin parèt yon dezyèm fwa pou pote sali, san referans a peche, pou sila k ap vrèman tann Li yo.
-
8 Konsa pale SENYÈ a, se nan yon tan konvenab,
ke M te reponn Ou.
Nan jou sali a, Mwen te bay Ou sekou.
Mwen va kenbe Ou e bay Ou kon yon akò pou pèp la,
pou restore peyi a, e pou fè yo posede eritaj dezole yo.
-
33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
-
26 “Se Li menm ki te fè sòti nan yon sèl òm, tout nasyon a lòm yo, pou viv sou tout sifas tè a, e ki te deja detèmine fòs tan yo ta pase ladann, ak lizyè pou kote yo ta viv yo;
-
5 Paske gen yon Bondye, yon medyatè osi antre Bondye ak lòm, ki se nonm nan, Jésus Kri, 6 ki te bay tèt li kòm ranson pou tout moun, temwayaj ke Li te bay nan pwòp lè li a.
-
1 Alò, li te vin rive nan kat-san-katreven ane apre fis Israël yo te sòti nan peyi Égypte la, nan katriyèm ane règn Salomon sou Israël la, nan mwa Ziv la, sa se dezyèm mwa a, ke li te kòmanse bati lakay SENYÈ a.
-
36 Men konsènan jou sa a, avèk lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a.
37 “Paske vini a Fis a Lòm nan va menm jan avèk jou a Noé yo. 38 Paske menm jan ke jou yo te ye avan gwo delij la, yo t ap manje e bwè; yo t ap marye, e t ap bay moun nan maryaj, jouk jou ke Noé te antre nan lach la. 39 Epi yo pa t konprann jiskaske delij la te vini e pote yo tout ale; konsa l ap ye avèk vini a Fis a Lòm nan.
40 “Nan moman sa a, ap gen de mesye nan yon chan; youn ap prale; lòt la ap rete. 41 De fanm k ap moulen nan moulen an; youn ap prale, lòt la ap rete.
42 “Pou sa, 43 men konnen byen yon bagay; si mèt kay la te konnen a kilè nan nwit lan vòlè a t ap parèt, li t ap veye plis, e pa t ap kite kay la kase. 44 Pou rezon sa a, fòk nou menm, nou byen prepare tou. Paske Fis a Lòm nan ap vini nan yon lè ke nou pa sipoze.
45 “Kilès, konsa, ki se esklav fidèl e rezonab ke mèt la te mete responsab tout lakay li, pou bay yo manje nan lè ke yo bezwen? 46 Beni se esklav k ap fè sa lè mèt li vini an. 47 Anverite Mwen di nou ke l ap mete li kòm chèf sou tout byen li yo.
48 “Men si esklav mechan sa a di nan kè li, ‘Mèt mwen p ap vini pandan anpil jou’, 49 epi li kòmanse bat esklav parèy li yo, manje e bwè avèk moun sou yo, 50 mèt a esklav sa a ap vini nan yon jou ke li pa t panse, e nan yon lè ke li pa t konnen, 51 epi li va koupe li an mòso e bay li yon plas avèk ipokrit yo. Se la, y ap gen kriye avèk manje dan.”
-
29 Men mwen di sa, frè m yo, tan an ap vin kout. Depi koulye a, sila ki gen madanm yo ta dwe tankou yo pa t genyen; 30 epi sila ki kriye yo, tankou yo pa t kriye; sila ki rejwi yo, tankou yo pa t rejwi, e sila ki achte yo, tankou yo pa t posede anyen; 31 epi sila ki itilize mond lan, tankou yo pa t itilize li anpil. Paske fòm mond sa a ap disparèt.
-
19 Li te fè lalin nan pou sezon yo.
Solèy la konnen plas kote pou l vin kouche a.
-
4 Lòm se tankou yon sèl souf.
Jou li yo se tankou yon lonbraj k ap pase.
-
9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.
-
6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
-
16 Pou mwen, mwen va rele Bondye.
SENYÈ a va sove mwen.
17 Nan aswè, nan maten ak midi, mwen va plenyen e bougonnen.
Li va tande vwa m.
-
47 Sonje longè lavi mwen genyen
tèlman kout ke li tankou yon foli!
Se Ou ki te kreye tout fis a lòm yo!
-
21 Se Li menm ki chanje tan ak sikonstans yo.
Li retire wa e Li etabli wa.
Li bay sajès a moun saj yo,
e konesans a moun ki gen bon konprann.
-
6 Li te vin rive ke pandan yo te la, jou yo te vin rive pou l akouche. 7 Li te bay nesans a premye fis li, epi li te vlope Li nan twal pou nouvo ne yo. Li te mete Li nan yon manjwa, akoz ke pa t gen plas pou Li nan otèl la.
-
28 “Paske kilès nan nou lè li vle bati yon tou fòterès, pa chita avan pou kalkile frè yo pou wè si li gen kont mwayen pou fin fè l?
-
1 Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. 2 Li te nan kòmansman avèk Bondye. 3 Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt.
-
2 Jésus ansanm ak disip li yo te envite nan maryaj la.
3 Lè diven an te fini, manman a Jésus te di Li: “Nanpwen diven ankò.”
4 Jésus te di li: “Fanm, kisa mwen gen avèk ou? Lè M poko rive.”
-
16 Donk, nou p ap dekouraje, men malgre ke lòm eksteryè nou ap dekonpoze deja lòm enteryè nou ap renouvle de jou an jou. 17 Paske ti afliksyon pou yon ti tan an ap pwodwi pou nou yon pwa laglwa etènèl ki depase tout konparezon, 18 pandan nou p ap gade bagay ki vizib, men bagay ki pa vizib. Paske bagay vizib yo se pou yon ti moman, men bagay ki pa vizib yo se pou tout letènite.
-
13 Mwen kòmande ou nan prezans Bondye, ki bay lavi a tout bagay yo, e nan Kris Jésus ki te temwaye bon konfesyon devan Ponce Pilate la, 14 pou ou kenbe kòmandman an san tach oubyen repwòch, jiska aparisyon Senyè nou an, Jésus Kri. 15 Li va fè rive nan tan konvenab li—Sila ki beni e ki se sèl Souveren an, Wa a tout wa yo e Senyè tout senyè yo.
-
16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
-
17 Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.
18 Epi konsa, konnen ke nou pa t rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, 19 men avèk san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm. 20 Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21 ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.
-
5 Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Konsa, te gen aswè, ak maten, yon jou.
-
9 Ésaïe te di: “Sa va sign a ou menm soti nan SENYÈ a, ke SENYÈ a va fè bagay ke li te pale a: èske ou pito lonbraj la avanse dis pa, oswa fè bak dis pa?”
-
5 Konsi fòs jou li yo avèk Ou,
fòs mwa li yo avèk Ou.
Ou te etabli limit li ke li p ap kab depase.
-
6 Vini, annou fè adorasyon, e annou pwostène.
Annou mete ajenou devan SENYÈ ki te fè nou an.
7 Paske se Li menm ki Bondye nou an.
Nou se moun patiraj Li ak mouton men Li yo.
Jodi a, si nou ta vle tande vwa L,
8 pa fè kè nou vin di tankou nan Meriba,
tankou nan jou a Massa nan dezè yo,
-
16 Zye Ou te wè matyè san fòm mwen.
Epi nan liv Ou a, te deja ekri tout jou ki te
òdone pou mwen yo, menm lè youn nan yo potko fin rive.
-
3 Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a,
e plan ou yo va etabli.
-
5 Plan a dilijan an mennen byen si, vè avantaj;
men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
-
1 Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo,
avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di:
“Mwen pa pran plezi nan yo;”
2 Avan solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa,
e nwaj yo retounen apre lapli yo;
3 nan jou ke gadyen kay la tranble a,
e mesye pwisan yo vin koube a.
Lè sila k ap moulen yo rete san travay
akoz anpil nan yo ki manke,
e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè.
4 Lè pòt vè lari yo vin fèmen akoz bri moulen an vin ba,
e yon moun va leve ak son zwazo a,
epi tout fi chanson yo va rete ba.
5 Anplis mesye yo va vin pè yon wo plas
ak gwo danje k ap vini a.
Lè pye zanmann nan fleri, krikèt volan rale kò l olon wout la,
e dezi gason an pa ka.
Paske lòm nan ap prale nan kay etènèl li a,
pandan sila k ap fè dèy yo vire toupatou nan wout la.
6 Sonje Li avan kòd ajan an kase,
e bòl an lò a kraze kivèt dlo la kote pwi a vin fann,
e wou sitèn nan vin kraze.
7 Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a,
e lespri a va retounen kote Bondye ki te bay li a.
8 “Vanite sou vanite”, predikatè a di: “tout se vanite!”
-
7 Mwen te tande nonm abiye an len an, ki te sou dlo rivyè a, lè l te leve men dwat li ak men goch li vè syèl la. Li te jire pa li menm ki viv pou tout tan an, ke li va pou yon tan, tan yo, ak yon mwatye tan. Lè yo fin kraze pouvwa a pèp sen an, tout evenman sila yo va fini.
-
17 ‘Epi li va fèt nan dènye jou yo’, Bondye di:
Ke Mwen va vin vide Lespri Mwen sou tout Limanite.
Fis nou yo ak fi nou yo va pwofetize,
Jenn nonm nou yo va fè vizyon yo,
e granmoun nou yo va fè rèv.
-
2 Oubyen èske nou pa konnen ke se sen yo ki va jije mond lan? Si lemonn jije pa nou menm, èske nou pa konpetan pou regle ti bagay piti konsa yo?
-
51 Gade byen, m ap di nou yon mistè. Se pa nou tout ki va mouri, men nou tout va chanje, 52 nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje. 53 Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite.
-
6 Konsa, toujou avèk bon kouraj, ak konesans ke pandan nou lakay nou nan kò a, nou absan de Senyè a, 7 paske nou mache pa lafwa, e pa selon sa nou wè. 8 Men, mwen di nou, nou gen bon kouraj. Nou prefere pito absan de kò a pou prezan lakay nou avèk Senyè a. 9 Konsa nou gen osi kòm dezi, pou, kit nou lakay, kit nou absan, pou fè Li menm plezi. 10 Paske nou tout dwe parèt devan chèz jijman a Kris la, pou chak moun kapab rekonpanse pou zèv li nan kò a, selon sa li te fè, kit byen kit mal.
11 Konsa, avèk konesans lakrent Senyè a, nou menm ap fè tout moun kwè, men nou vin rekonèt devan Bondye; epi mwen espere ke nou rekonèt nan konsyans pa nou yo tou.
-
1 Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.
2 Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. 3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.
Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a. 4 Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon non pi ekselan ke yo menm.
-
7 Konsa, frè m yo, se pou nou pasyan jiskaske Senyè a vini. Kiltivatè a ap tann pou pwodwi chè a sòti nan tè a. Li pasyan de sa, jiskaske li jwenn premye ak dènye lapli yo. 8 Nou menm tou, se pou nou pasyan. Ranfòse kè nou, paske vini a Senyè a touprè.
9 Pa plenyen, frè m yo, youn kont lòt, pou nou menm tou kapab pa vin jije. Gade Jij la kanpe jis devan pòt la.
-
10 Selon sali sila a, pwofèt yo ki te pwofetize lagras ki te gen pou vini a nou menm nan, te fè rechèch ak ankèt pa yo, 11 pou chèche konnen ki moun, oubyen a kilè Lespri a Kris la anndan yo a, t ap endike lè li te pwofetize soufrans a Kris ak glwa ki t ap swiv yo a.
12 Li te revele a yo ke se pa pwòp tèt yo ke yo t ap sèvi, men ou menm, nan bagay sa yo ke koulye a, gen tan anonse a nou pa sila ki te preche levanjil a nou menm yo pa Lespri Sen ki te sòti nan syèl la—bagay ke menm zanj yo lanvi konprann.
-
17 Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.
-
18 Pitit yo, se dènye lè. Menm jan ke nou te tande ke antikris la ap vini menm koulye a anpil antikris yo gen tan leve. Pou sa, nou konnen ke se dènye lè.
-
14 Men de zèl a gwo èg la te bay a fanm nan pou li ta kapab vole rive nan dezè a nan pwòp plas li, kote li te nouri pandan yon ti tan, tan ak mwatye tan, lib de prezans sèpan an.
Shows Read in context, Share and Copy.