60 Bible Verses About Grief
Bib Sen An (BSA)
-
13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.
15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.
16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.
18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.
-
1 Lè Jésus te wè foul la, Li te monte sou mòn nan. Lè Li fin chita, disip Li yo te vin kote L. 2 Li te louvri bouch Li e te kòmanse enstwi yo konsa:
3 “Beni se sila yo ki malere an espri;
paske wayòm syèl la se pou yo.
4 Beni se sila yo ki soufri doulè akoz gwo pèt;
yo va konsole.
-
1 Epi mwen te wè yon syèl tounèf ak yon tè tounèf. Paske premye syèl la ak premye tè a te pase, e nanpwen lanmè ankò.
2 Mwen te wè vil sen an, Jérusalem tounèf la, desann sòti nan syèl la kote Bondye. Li te prepare tankou yon lamarye ki abiye pou mari li.
3 Epi konsa, mwen te tande yon gwo vwa sòti nan twòn nan ki t ap di: “Gade, tabènak Bondye a pami lèzòm, e Li va rete pami yo. Yo va pèp Li, e Li va Bondye yo. Li menm, va pami yo tankou Bondye yo. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”
5 Epi Sila ki te chita sou twòn nan te di: “Gade, m ap fè tout bagay vin tounèf.” Epi Li te di: “Ekri, paske pawòl sa yo fidèl e vrè.”
-
3 Beni se Bondye ak Papa a Senyè nou an Jésus Kri, Papa a mizerikòd yo, e Bondye a tout rekonfò yo; 4 ki rekonfòte nou nan tout afliksyon nou yo pou nou kapab rekonfòte sila ki nan nenpòt afliksyon avèk menm rekonfò ke nou menm te rekonfòte pa Bondye a. 5 Paske menm jan ke soufrans a Kris yo se pou nou an abondans, konsa tou rekonfò nou an abondans atravè Kris la.
-
18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,
epi sove sila ki kraze nan lespri yo.
-
31 Alò, David te di a Joab avèk tout moun ki te avèk li yo: “Chire rad nou e abiye nou an sak pou fè lamantasyon devan Abner.” Epi Wa David te mache dèyè sèkèy la. 32 Konsa, yo te antere Abner Hébron. Wa a te leve vwa li pou te kriye akote tonm Abner a, e tout moun te kriye. 33 Wa a te chante yon lamantasyon pou Abner, e te di: “Èske Abner ta dwe mouri tankou yon moun fou ta mouri? 34 Men ou pa t mare, ni pye ou pa t anchene. Tankou yon moun ki tonbe devan mechan yo, ou te tonbe.”
Epi tout moun te kriye ankò sou li. 35 Alò, tout pèp la te vini pou konvenk David manje pen pandan li te toujou nan lajounen, men David te fè ve e te di: “Ke Bondye fè m sa e menm plis, si mwen goute pen oswa nenpòt lòt bagay avan solèy la vin kouche.”
-
3 Li geri sila ak kè kase yo e mete pansman sou blesi yo.
-
26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.
-
52 nan yon moman, nan yon ti bat zye, nan dènye twonpèt la. Paske twonpèt la va sone, mò yo va vin leve enperisab, e nou tout va vin chanje. 53 Paske perisab la dwe abiye avèk enperisab la, e mòtèl sa a dwe abiye avèk imòtalite. 54 Men lè perisab sila a fin abiye avèk enperisab la, e mòtèl sila a fin abiye avèk imòtalite a, alò va vin akonpli pawòl ki ekri a: “Lanmò vin vale nèt pa viktwa.”
55 “O lanmò, kote viktwa ou? O lanmò, kote doulè pikan an?”
56 Doulè pikan lanmò a se peche, e pouvwa a peche a se Lalwa a.
57 Men gras a Bondye, ki bannou viktwa atravè Senyè nou an, Jésus Kri. 58 Pou sa, byeneme frè m yo, rete fidèl, san varye, toujou ranpli avèk bon zèv Senyè a, avèk konesans ke travay nou nan Senyè a pa anven.
-
9 Fè m gras, O SENYÈ, paske mwen nan gwo twoub.
Zye m ak kò m ak nanm mwen;
tout fin gate nèt akoz doulè m.
10 Paske lavi m fin pase nèt ak gwo doulè m,
ane mwen yo avèk soupi.
Fòs mwen fin ale akoz inikite m.
Kò mwen fin epwize.
-
1 Gen yon lè apwente pou tout bagay. Epi gen yon tan pou chak sa ki rive anba syèl la—
2 Yon tan pou ne,
yon tan pou mouri;
yon tan pou plante,
ak yon tan pou dechouke
sa ki plante a.
3 Yon tan pou touye
e yon tan pou geri;
yon tan pou demoli
e yon tan pou bati.
4 Yon tan pou kriye
e yon tan pou ri;
yon tan pou fè dèy
e yon tan pou danse.
-
28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”
-
10 Pandan karantan, Mwen te rayi jenerasyon sila a e te di:
“Yo se yon pèp ki egare nan kè yo.
Yo pa rekonèt chemen Mwen yo.”
-
6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
-
5 Alò SENYÈ a te wè ke mechanste lòm te gran sou latè, epi ke chak entansyon ak panse nan kè li te toujou vè lemal. 6 Epi SENYÈ a te regrèt ke Li te fè lòm sou latè a, e sa te blese Li nan kè L.
7 SENYÈ a te di: “Mwen va efase lòm ke mwen te kreye sou fas tè a, soti nan lòm jis nan tout bèt yo, ak a zwazo anlè yo. Paske mwen regrèt ke m te fè yo.”
8 Men Noé te twouve favè nan zye SENYÈ a.
-
34 Alò, Jacob te chire rad li, li te mete twal sak nan ren li, e li te pase anpil jou ap lamante pou fis li a. 35 Alò, tout fis li yo, ak tout fi li yo te leve pou konsole li, men li te refize konsole. Epi li te di: “Vrèman mwen va desann kote fis mwen an, kote sejou mò yo ak lamante pou fis mwen an.” Epi papa li te kriye pou li.
36 Antretan, Madyanit yo te vann li an Égypte a Potiphar, ofisye Farawon an, chèf nan kò gad la.
-
8 Ou te byen konte tout egare mwen fè.
Mete tout gout dlo ki sòti nan zye m yo nan boutèy Ou.
Èske yo tout pa ekri nan liv Ou a?
-
1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”
5 Thomas te di Li: “Senyè, nou pa konnen kote W ap prale a. Kijan nou kapab konnen chemen an?”
6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.
-
4 Malgre mwen ta mache nan vale
lonbraj lanmò a,
mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.
Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.
-
35 Jésus te kriye.
-
10 Konsa, Mwen te fache avèk jenerasyon sila a,
e M te di:
‘Yo toujou vin egare nan kè yo;
e yo pa t konnen chemen Mwen yo’.
-
19 Paske sa jwenn favè, si yon nonm, pou koz a konsyans anvè Bondye, sipòte afliksyon ki enjis.
-
2 Sarah te mouri nan Kirjath-Arba (sa vle di Hébron) nan peyi Canaan an. Abraham te vini pou fè dèy pou li, e kriye pou li.
-
5 Alò, pinga nou tris ni fache avèk pwòp tèt nou, akoz ke nou te vann mwen isit la, paske Bondye te voye m avan nou pou prezève lavi nou.
-
26 Chè mwen avèk kè mwen kab fè fayit,
men Bondye se fòs kè mwen ak pòsyon mwen jis pou tout tan.
-
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
-
15 Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo.
-
17 Epi avèk kilès Li te fache pandan karant ane yo? Èske se pa avèk sila ki te peche yo ke kò yo te tonbe nan dezè a?
-
10 Nou va ba li avèk jenewozite, san fè kè tris lè nou ba li. Paske pou bagay sa a, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou ak tout sa ke nou antreprann.
-
20 Konsa Job te leve. Li te chire vètman li, te pase razwa nan tèt li e te tonbe atè pou l te adore. 21 Li te di: “Toutouni mwen te sòti nan vant manman m e toutouni mwen va retounen la. SENYÈ a te bay, e SENYÈ a pran. Beni se non SENYÈ a.” 22 Pandan tout sa, Job pa t fè peche, ni li pa t bay repwòch a Bondye.
-
13 Konsa, yo te chita atè avèk li pandan sèt jou ak sèt nwit san pèsòn pa t pale yon mo ak li, paske yo te wè ke doulè li te tèlman gran.
-
7 Zye m pouri nèt ak gwo doulè.
Yo vin vye nèt akoz tout advèsè mwen yo.
-
5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman,
men Bonte Li se pou tout tan.
Kriye a kapab dire pou nwit lan,
men kri lajwa a vin parèt nan maten.
-
4 Anverite, se doulè nou yo Li te pote
ak soufrans nou yo Li te chaje sou do L;
men nou te rekonèt Li kon moun pini,
frape pa Bondye e aflije.
5 Men Li te frennen, pèse nèt pou peche nou yo.
Li te kraze pou inikite nou yo.
Chatiman ki fè nou gen lapè a te tonbe sou Li,
e se pa blesi Li yo, nou te jwenn gerizon.
6 Nou tout kon mouton, te pèdi chemen nou yo.
Nou chak te antre nan pwòp chemen pa nou,
men SENYÈ a te fè inikite a nou tout tonbe sou Li.
-
17 Li te di li yon twazyèm fwa: “Simon, fis a Jean, èske ou renmen M?”
Pierre te vin tris akoz ke Li di li yon twazyèm fwa: “Èske ou renmen M?”
E li te di Li: “Senyè, Ou konnen tout bagay. Ou konnen ke Mwen renmen Ou.”
Jésus te di Li: “Okipe mouton Mwen yo.
-
7 Alò, fis a Jacob yo te sòti nan chan an lè yo te tande koze sa a. Konsa, mesye yo te blese. Yo te vin byen fache, akoz ke li te fè yon choz meprizab an Israël lè li te kouche avèk fi Jacob la, paske yon bagay konsa pa t dwe fèt.
-
29 Alò, Reuben te retounen nan fòs la, e gade byen, Joseph pa t la nan fòs la; epi li te chire rad li.
-
6 Answit, Moïse te di a Aaron avèk fis li yo, Éléazar ak Ithamar: “Pa dekouvri tèt nou, ni chire rad nou, pou nou pa mouri; pou Li pa vin ranpli avèk kòlè kont tout asanble a. Men kite tout fanmi nou yo, tout lakay Israël la, lamante akoz brile ke SENYÈ a te limen an.
-
19 Tamar te mete sann yo sou tèt li e te chire manch long yo nan rad sou li a. Li te mete men li sou tèt li, li te sòti e t ap kriye fò pandan li prale a.
-
40 Konbyen fwa yo te fè rebèl kont Li nan dezè a,
e te fè L soufri lapèn la nan savann nan!
-
25 Yon fis ki san konprann se yon tèt chaje a papa l,
ak gwo chagren a sila ki te pòte li a.
-
1 Yon bon non pi bon pase yon pomad swa, e jou mouri pi bon pase jou nou te ne a. 2 Li pi bon pou ale nan kay k ap fè dèy pase nan kay k ap fè fèt; paske se konsa ke chak moun va fini, e sila ki vivan an pran sa a kè. 3 Tristès pi bon pase ri; paske lè figi moun nan tris, kè a vin pi bon. 4 Panse a saj la anndan lakay k ap fè dèy; men panse a san konprann nan kay plezi.
-
22 Men avèk pawòl sa yo, li te vin atriste. Li te kite lye sa a, byen dezole, paske li te yon moun ki te gen anpil byen.
-
22 “Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.
-
15 Paske si se pou afè manje nou ke frè nou an vin blese a, nou p ap mache nan lanmou ankò. Pa detwi pou afè manje nou an, sila pou kilès Kris te mouri an.
-
4 Paske se te nan anpil afliksyon ak soufrans nan kè mwen, ke m te ekri nou avèk anpil dlo nan zye; pa pou m ta fè nou tris, men pou nou ta kapab konnen lanmou pwofon ke mwen gen pou nou an.
-
1 Joseph te tonbe sou figi a papa li. Li te kriye sou li, e li te bo li. 2 Joseph te kòmande sèvitè li yo avèk doktè yo pou anbome kò papa l. Donk, doktè yo te anbome Israël. 3 Alò, karant jou te nesesè pou sa, paske se tan sa a li te pran pou anbome. Epi Ejipsyen yo te kriye pou li pandan swasanndi jou.
-
29 Lè tout kongregasyon an te wè ke Aaron te mouri, tout lakay Israël te kriye pou Aaron pandan trantjou.
-
8 Konsa, fis Israël yo te kriye pou Moïse nan plèn Moab yo pandan trant jou jis lè jou kriye avèk doulè pou Moïse te vin fini.
-
26 Alò, tout fis Israël yo ak tout pèp la te monte rive Béthel e te kriye. Konsa, yo te rete la devan SENYÈ a, yo te fè jèn tout jounen an jis rive nan aswè. Epi yo te ofri ofrann brile ak ofrann lapè devan SENYÈ a.
-
8 Epi Elkana te di li: “Anne, poukisa ou kriye konsa? Poukisa ou pa manje e poukisa kè ou tris? Éske mwen pa pi bon pase dis fis?”
-
11 “Mwen regrèt ke M te fè Saül wa, paske li te vire fè bak nan swiv Mwen, e li pa t akonpli lòd Mwen yo.” Konsa, Samuel te vin twouble e li te kriye fò a SENYÈ a pandan tout nwit lan.
-
6 Anplis ke sa David te nan gwo pwoblèm akoz moun yo t ap pale afè lapide li, paske tout moun yo te anmè, yo tout akoz fis yo ak fi yo. Men David te ranfòse li menm nan SENYÈ a, Bondye li a.
-
2 “O ke doulè m ta kab peze pou mete nan balans lan,
ansanm ak gwo dega ki vin sou mwen yo!
-
21 Lè kè m te vin anmè,
e kè m te pike anndan m,
-
3 ‘Ou te di: “Ah! Malè a mwen menm! Paske SENYÈ a te mete tristès nan doulè m; mwen fatige ak plent mwen yo e mwen pa jwenn repo.’”
-
13 Konsa tou, Mwen te frape ou ak yon blesi grav.
Mwen te fè ou vin dezole akoz peche ou yo.
-
20 “Anverite, anverite, Mwen di nou, ke nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men tristès la va vin chanje an jwa.
-
18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan.
-
14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.
16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
Shows Read in context, Share and Copy.