81 Bible Verses About Joy
Bib Sen An (BSA)
-
22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.
-
Yon chan pou monte vè tanp lan
1 Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo,
nou te tankou sila ki fè rèv yo.
2 Nan lè sa a, bouch nou te plen
ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa.
Konsa, yo te di pami nasyon yo:
“SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.”
3 SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou.
Nou kontan.
4 Fè retounen kaptif nou yo, O SENYÈ,
kon rivyè nan dezè a.
5 Sila ki simen ak dlo nan zye yo
Va rekòlte avèk gwo kri lajwa.
6 Sila ki soti ap kriye akoz chaj makout semans lan.
Men l ap retounen ankò ak kri lajwa,
akoz chaj pakèt rekòlt l ap pote a.
-
7 Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou. 8 Konsa, Papa M ap resevwa glwa, lè nou pote anpil fwi. E konsa, nou fè prèv ke nou se disip Mwen yo.
9 “Menm jan ke Papa a renmen M, Mwen renmen nou tou. Rete nan lanmou Mwen. 10 Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan lanmou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan lanmou pa Li a.
11 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou jwa M kapab nan nou, e ke jwa nou kapab konplete.
-
20 “Anverite, anverite, Mwen di nou, ke nou va kriye avèk lamantasyon, men lemonn va rejwi. Nou va ranpli avèk tristès, men tristès la va vin chanje an jwa. 21 Lè yon fanm gen doulè nesans, li gen tristès, paske lè li rive, men lè l fin bay nesans a pitit la, li pa sonje soufrans lan ankò, akoz jwa ke yon pitit gen tan fèt nan lemonn.
22 “Konsa, nou menm tou gen tristès koulye a. Men Mwen va wè nou ankò, e kè nou ap rejwi, e pèsòn p ap retire jwa nou ankò.
23 “E nan jou sa a nou p ap menm poze M kesyon sou okenn choz. Anverite, anverite, Mwen di nou, si nou mande Papa a pou nenpòt bagay, L ap bay nou Li nan non Mwen.
24 “Jis rive koulye a nou pa mande pou anyen nan non Mwen. Mande e nou va resevwa, pou jwa nou kapab vin ranpli.
-
3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an. 6 Nan sa, nou rejwi anpil, malgre koulye a pandan yon ti tan, si l nesesè, nou te twouble pa plizyè eprèv, 7 pou prèv lafwa nou an, ki pi presye ke lò, ki malgre eprèv dife a toujou rete perisab, pou nou kapab twouve kòm rezilta, lwanj, laglwa ak lonè a revelasyon Jésus Kri a. 8 Epi malgre nou poko wè Li, nou renmen Li, e malgre nou poko wè Li koulye a, men nou kwè nan Li, e rejwi anpil avèk yon jwa ki pa kab eksprime e ki plen ak laglwa 9 ki fè kon rezilta lafwa nou an, sali de nanm nou.
-
8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.
Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.
9 Pou sa, kè m kontan e glwa mwen fè rejwisans.
Anplis, chè m va toujou pwoteje.
10 Paske Ou p ap abandone nanm mwen
nan sejou mò yo;
ni Ou p ap pèmèt Sila Ki Sen Ou an vin tonbe an pouriti.
11 Ou va fè m rekonèt chemen lavi a.
Nan prezans Ou, se lajwa ki an abondans nèt.
Nan men dwat Ou, se plezi ki dire jis pou tout tan.
-
2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.
-
13 Koulye a, ke Bondye esperans lan kapab ranpli nou avèk lajwa ak lapè nan lafwa pouke nou kapab plen avèk esperans pa pwisans a Lespri Sen an.
-
4 Toujou rejwi nou nan Senyè a! E ankò mwen va di l, rejwi nou! 5 Kite lespri jantiyès nou an byen koni a tout moun. Senyè a toupre. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
-
3 Donk Li te di yo parabòl sila a. Li te di: 4 “Ki moun pami nou, si li gen yon santèn mouton e li vin pèdi youn, li p ap kite Katreven-diznèf la nan chan patiraj la, pou ale dèyè sila ki pèdi a, jiskaske li twouve l? 5 E lè l twouve li, l ap mete l sou zepòl li, e l ap rejwi. 6 Lè l rive lakay li, l ap rele ansanm tout zanmi avèk vwazen li yo, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve mouton m ki te pèdi a!’
7 “Mwen di nou ke menm jan an, va gen plis jwa nan syèl la sou yon pechè ki repanti, ke sou katreven-diznèf moun ki pa bezwen repanti.
8 “Oubyen, ki fanm, si li gen dis pyès lajan, e vin pèdi youn nan yo, li p ap limen yon lanp, e bale kay la pou l chache avèk atansyon jiskaske li twouve l? 9 Lè l twouve l, l ap rele tout zanmi li yo ansanm, e l ap di yo: ‘Rejwi avè m, paske mwen twouve pyès lajan ke m te pèdi a!’
10 “Menm jan an konsa, Mwen di nou, gen lajwanan prezans zanj Bondye yo, sou yon sèl pechè ki repanti.”
-
44 “Wayòm syèl la tankou yon trezò ki te sere nan yon chan. Yon nonm te twouve li e te sere l ankò. Ranpli ak lajwa, li te kouri ale vann tout sa li te posede, e te achte chan sa a.
-
16 Se pou nou rejwi nou tout tan. 17 Priye san rete. 18 Nan tout bagay bay remèsiman, paske sa se volonte Bondye pou nou nan Kris Jésus a.
-
17 Paske wayòm Bondye a se pa manje ak bwè, men se ladwati lapè, ak lajwa nan Lespri Sen an. 18 Sila ki sèvi Kris konsa a akseptab a Bondye, e apwouve pa lèzòm.
-
17 Swasann-dis yo te retounen avèk jwa. Yo te di: “Senyè, menm dyab yo soumèt a nou menm nan non Ou”.
18 Li te di yo: “Mwen t ap gade Satan k ap tonbe soti nan syèl la tankou yon kout loraj. 19 Veye byen, Mwen bannou otorite poumache sou sèpan avèk eskòpyon anba pye nou, sou tout pouvwa a lènmi an, e anyen p ap fè nou mal.
20 “Malgre sa, pa rejwi nan sa, ke lespri yo soumèt a nou menm, men rejwi paske non nou ekri nan syèl la.”
21 Nan menm moman an, Li te rejwi anpil nan Lespri Sen an. Li te di: “Mwen louwe Ou, o Papa, Senyè a syèl la avèk tè a, Ke Ou kache bagay sa yo devan saj yo ak entèlijan yo pou revele yo a zanfan yo. Wi, Papa, paske konsa sa te fè plezi nan zye Ou.”
22 Tout bagay te livre a Mwen menm pa Papa M, epèsòn pa konnen ki moun Fis la ye, sof ke Papa a, e ki moun Papa a ye, sof ke Fis la, ak Nenpòt moun ke Fis la revele L.
-
8 Nan menm andwa a, te gen bèje deyò nan chan an ki t ap okipe bann mouton yo pandan nwit lan.
9 Konsa yon zanj Bondye te vin kanpe sibitman devan yo, epi glwa a Bondye te klere toutotou de yo; e yo te vin ranpli avèk laperèz. 10 Men zanj yo te di yo: “Pa pè, paske gade, mwen pote bòn nouvèl a gwo lajwa ki va pou tout pèp la. 11 Paske jodi a nan vil David la, te vin ne pou nou menm, yon Sovè, ki se Kris la, Senyè a.
-
6 Nou osi te devni imitatè a nou menm e a Senyè a. Konsa, nou te resevwa pawòl la nan anpil tribilasyon, avèk lajwa Lespri Sen an. 7 Konsa, nou te devni yon egzanp pou tout kwayan nan Macédoine ak nan Achaïe yo.
-
1 Konsa, akoz ke nou jistifye pa lafwa, nou gen lapè avèk Bondye atravè Senyè nou an Jésus Kri. 2 Selon Li menm tou pa lafwa, nou te twouve aksè a gras sa a ki fè nou kanpe fèm. Epi nou rejwi nan esperans laglwa Bondye a. 3 Pa sèlman sa, men nou rejwi nan tribilasyon nou yo, paske nou konnen ke tribilasyon sa a pote pèseverans. 4 E pèseverans fè bon karaktè, e bon karaktè, esperans. 5 Epi esperans p ap janm fè nou desi, paske lanmou Bondye gen tan vide nan kè nou atravè Lespri Sen an ki te bay a nou menm nan.
-
13 “Men koulye a, Mwen ap vini kote Ou. Konsa, bagay sa yo Mwen pale nan lemonn pou yo kapab gen lajwa Mwen tou ranpli nèt nan yo menm.
14 “Mwen te bay yo pawòl Ou. E lemonn rayi yo. Paske yo pa nan lemonn, menm jan ke Mwen pa nan lemonn. 15 Mwen pa mande Ou pou retire yo nan lemonn, men pou kenbe yo kont sila ki mechan an. 16 Yo pa nan lemonn menm jan ke Mwen pa nan lemonn.
-
12 rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè.
-
1 Konsa, si gen ankourajman nan Kris, si gen konsolasyon nan lanmou, si gen amitye nan Lespri a, si gen afeksyon ak konpasyon, 2 fè lajwa mwen vin konplè. Rete nan menm panse a, kenbe menm lanmou an, ak menm linite nan lespri a, byen deside sou yon sèl bi.
-
17 Menmsi pye fig la pa ta fleri,
ni pa gen fwi sou branch rezen yo,
menmsi donn oliv la vin sispann,
e chan yo pa pwodwi manje,
menmsi bann mouton an ta koupe
separe de pak la,
e pa gen bèf nan pak la,
18 mwen va toujou egzalte nan SENYÈ a.
Mwen va rejwi nan Bondye, sali mwen an.
Mwen va ranpli ak jwa akoz delivrans mwen an.
19 Senyè BONDYE mwen an se fòs mwen.
Li te fè pye mwen vin tankou pye sèf;
Li te ban m fòs pou mache sou wo plas yo.
Pou direktè koral la, sou enstriman a kòd mwen yo.
-
11 “Beni se nou menm lè moun ensilte nou, pèsekite nou e pale san verite tout kalite mal kont nou pou koz a Non Mwen. 12 Rejwi e fè kè nou kontan. Rekonpans nou nan syèl la gran; paske se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te avan nou yo.
-
52 Epi disip yo te kontinye ranpli avèk jwa, e avèk Lespri Sen an.
-
4 Konfyans mwen gen nan nou an gran. Fyète m lè m nonmen non nou an gran. Mwen ranpli avèk rekonfò. M ap debòde avèk lajwa nan tout afliksyon nou yo.
-
1 Finalman, frè m yo rejwi nou nan Senyè a! Pou m ekri menm bagay yo ankò pa yon pwoblèm pou mwen, e se yon pwotèj pou nou menm.
2 Veye chen yo, veye ouvriye mechan yo, veye fo sikonsizyon an. 3 Paske nou menm se vre sikonsizyon an, ki adore nan Lespri Bondye a, e bay glwa nan Kris Jésus, e ki pa mete konfyans nan lachè.
-
12 Byeneme yo, pa vin etone de eprèv cho kap brile nan mitan nou an, ki parèt sou nou kòm yon eprèv, kòmsi se kèk bagay etranj k ap rive nou. 13 Men nan menm degre ke nou pataje soufrans Kris la, kontinye rejwi nou, anfen ke nan revelasyon laglwa Li, nou kapab rejwi nou avèk gwo lajwa. 14 Si yo pale mal de nou pou non a Kris la nou beni, paske Lespri laglwa a, ak Lespri Bondye a rete sou nou. De pati de sa yo, non L blasfeme, men sou pati pa w Li resevwa glwa.
-
11 Men kite tout sila ki pran refij nan Ou yo, fè kè kontan.
Kite yo toujou chante ak kè kontan,
akoz Ou fè abri pou yo.
Kite sila ki renmen non Ou yo kapab
fè kè kontan nan Ou.
-
3 Konsa,Nou p ap bay kòz pou ofans nan anyen, pou ministè a pa vin pèdi valè li. 4 Men nan tout bagay pou n ap rekòmande tèt nou kòm sèvitè a Bondye: nananpil andirans, nan afliksyon, difikilte, ak detrès 5 nan pran kou, nan pran prizon, nan twoub, nan travay di, nan san dòmi nan grangou 6 nan lavi dwat, nan konesans, nan pasyans, nan bonte, nan Lespri Sen an, nan vre lanmou an 7 nan pawòl verite a, nan pwisans Bondye a; ak zam ladwati pou men dwat ak men goch yo, 8 pa laglwa ak wont, pa move rapò ak bon rapò, gade kòm mantè yo, malgre sa nan verite a; 9 kòm enkoni malgre byen koni, kòm moun k ap mouri men gade, nou byen vivan; kon sila ke y ap pini, men poko mete a lanmò, 10 kòm plen ak tristès men toujou ap rejwi, kòm pòv, men ap fè anpil moun rich, kòm yon moun ki pa genyen anyen men ki posede tout bagay.
-
5 Paske kòlè Li se sèlman pou yon moman,
men Bonte Li se pou tout tan.
Kriye a kapab dire pou nwit lan,
men kri lajwa a vin parèt nan maten.
-
3 Mwen remèsye Bondye mwen an nan tout fwa ke m sonje nou. 4 Mwen toujou ap ofri lapriyè avèk jwa nan kè m nan tout priyè mwen pou nou tout, 5 akoz de patisipasyon nou nan levanjil la depi premye jou a jiska koulye a. 6 Paske mwen gen konfyans menm nan bagay sa a; ke Sila ki te kòmanse fè yon bon zèv nan nou an, va byen konplete li jiska jou a Kris Jésus a.
-
6 Anpil ap di: “Kilès ki kab montre nou yon bagay ki bon?”
SENYÈ, leve wo limyè a vizaj Ou devan nou!
7 Ou te mete lajwa nan kè m plis pase
lè gwo rekòlt sereyal mi ak diven nèf vin parèt.
8 Anpè, mwen va kouche pou dòmi,
paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.
-
18 Si mwen ta di: “Pye m glise,”
Lanmou dous Ou a, O SENYÈ, va kenbe m.
19 Lè panse twoub mwen yo vin ogmante anndan m,
konsolasyon Ou yo fè kè m kontan.
-
25 ‘Paske David te di sou Li:
‘Mwen te toujou wè Senyè a devan fas mwen an;
paske Li sou men dwat mwen, pou m pa janm ebranle”.
26 Donk, kè m te kontan, e lang mwen te bay lwanj.
Anplis de sa, chè mwen va repoze nan espwa,
27 paske Ou p ap abandone nanm mwen nan sejou mò yo,
ni kite Sen Ou an sibi dekonpozisyon an.
28 Ou fè m konnen chemen lavi yo;
Ou va ranpli m ak kè kontan avèk Prezans Ou.’
-
15 Rejwi avèk sila ki rejwi yo, e kriye avèk sila ki kriye yo.
-
12 Restore nan mwen lajwa sali Ou a.
Ranfòse m avèk yon lespri bòn volonte.
13 Konsa, mwen va enstwi transgresè yo chemen Ou yo,
e pechè yo va konvèti a Ou menm.
-
15 Ou menm ki konnen, O SENYÈ,
sonje mwen e pran vanjans sou pèsekitè mwen yo.
Nan pasyans Ou, O SENYÈ, pa retire m nèt;
rekonèt ke pou non Ou, mwen te sipòte repwòch.
16 Pawòl Ou yo te vin twouve;
mwen te manje yo.
Pawòl Ou yo te vin pou mwen yon gwo jwa
ki fè kè m rejwi;
paske mwen te rele pa non Ou, O SENYÈ Bondye Dèzame yo.
-
24 Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fot avèk gran jwa, 25 a sèl Bondye Sovè nou an, atravè Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.
-
11 Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis!
Rele avèk jwa, nou tout ki dwat nan kè nou yo.
-
Yon Sòm Remèsiman an
1 Rele fò a SENYÈ tout latè a!
2 Sèvi SENYÈ a avèk kè kontan!
Vini devan Li avèk chan lajwa.
-
7 Paske nou gen tan twouve anpil lajwa ak rekonfò nan lanmou ou, paske kè a fidèl yo vin rafrechi atravè ou menm, frè.
-
10 Mwen va rejwi anpil nan SENYÈ a;
nanm mwen va rejwi anpil nan Bondye mwen an,
paske Li te abiye mwen ak vètman sali yo.
Li te vlope m nan yon manto ladwati,
tankou yon jennonm fenk marye dekore kò l ak yon kouwòn;
e tankou yon jenn fi maryaj abiye kò l ak bijou.
-
13 Men zanj lan te di l: “Ou pa bezwen pè, Zacharie, paske sa ou te mande a, tande nan syèl la, e madanm ou, Elizabeth, va fè yon fis pou ou, e ou va nonmen li Jean. 14 Ou va gen lajwa avèk kè kontan, e anpil moun va rejwi nan nesans li.
15 “Paske li va gran nan zye Bondye. Li p ap bwè ni diven, ni gwòg; e li va ranpli avèk Lespri Sen an menm lè l toujou nan vant.
-
22 “Beni se nou menm lè lèzòm rayi nou, izole nou, ensilte nou, e bafwe non nou kon mechan pou koz Fis a Lòm nan.
23 “Fè kè kontan nan jou sa a, e sote ponpe avèk jwa, paske, gade byen, rekonpans nou gran nan syèl la. Paske semenm jan an, zansèt pa yo te konn maltrete pwofèt yo.
-
52 Yo menm, lè yo te fin adore Li, yo te retounen Jérusalem avèk gran jwa. 53 Yo te rete nan tanp lan tout tan e yo t ap bay lwanj a Bondye.
-
41 Donk yo te kite konsèy la; yo te al fè wout yo, e t ap rejwi ke yo te konsidere dign pou soufri mepri pou non Li.
42 Epi chak jou nan tanp lan, sòti nan yon kay a yon lòt, yo te kontinye enstwi ak preche Jésus kòm Kris la.
-
1 Konsa, frè byeneme mwen yo, ke mwen trè anvi wè, nou menm ki lajwa m ak kouwòn mwen yo, se konsa pou nou kanpe fèm nan Senyè a, byeneme mwen yo.
-
17 Obeyi lidè nou yo e soumèt nou a yo. Paske yo kontinye ap gade sou nanm nou, kòm sila ki oblije rann kont. Kite yo fè sa avèk jwa, olye chagren, paske sa pa t ap gen pwofi pou nou.
-
7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.
Kè m mete konfyans nan Li, e mwen
jwenn sekou.
Pou sa, kè m leve wo nèt.
Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.
-
23 Yon nonm jwenn kè kontan nan yon repons ki jis,
e a la bèl yon mo livre nan pwòp lè li bèl!
-
2 Pèp ki mache nan tenèb la va wè yon gwo limyè;
sila ki rete nan peyi lonbraj lamò a,
limyè va fonse briye sou yo;
3 Ou te fè pèp la grandi anpil;
Ou ogmante kè kontan yo.
Yo kontan prezans Ou. Menm jan moun yo gen kè kontan an nan rekòlt la lè y ap divize piyaj la. 4 Paske Ou va kraze fado ki peze sou do yo a ak baton sou zepòl yo; baton a sila ki oprime yo, tankou nan batay Madian an. 5 Paske tout pwotèj gèrye a ak bwi gwo batay, ak manto ki woule nan san va sèvi pou brile, yon lwil pou dife a. 6 Paske yon pitit va ne a nou menm, yon fis va bay a nou menm; epi gouvènman an va rete sou zepòl Li. Non Li va rele Konseye Mèvèye, Bondye Pwisan an, Papa Etènèl la, Prens Lapè a. 7 P ap gen fen nan gouvènman Li an ni p ap manke gen lapè sou twòn David la ak sou wayòm li an, pou etabli li e soutni l ak jistis avèk ladwati soti nan moman sa a jis rive pou tout tan. Zèl a SENYÈ dèzame yo va akonpli sa a.
-
10 Rachte a SENYÈ yo va retounen.
Ya vini ak gwo kri lajwa lantre nan Sion;
lajwa ki p ap janm fini ap sou tèt yo.
Yo va twouve kè kontan ak lajwa;
tristès ak soupi va sove ale.
-
14 Chante, O fi a Sion an! Rele fò, O Israël! Se pou ou kontan e rejwi ak tout kè ou, O fi Jérusalem nan! 15 SENYÈ a te retire jijman ou yo. Li te chase tout ènmi ou yo. Wa Israël la, SENYÈ a, la nan mitan nou. Ou pa gen pou pè gwo dega ankò. 16 Nan jou sa a, sa va di a Jérusalem: Pa pè anyen, O Sion! Pa kite men ou vin fèb. 17 SENYÈ a, Bondye ou a nan mitan ou; yon gerye plen pwisans ki va sove a. Li va rejwi sou ou avèk jwa. Li va fè ou vin kalm ak lanmou Li. Li va chante fè fèt lajwa sou ou.
-
10 Lè yo te wè zetwal la, yo te rejwi anpil avèk anpil jwa. 11 Yo te ale nan kay la e te wè Pitit la avèk Marie, manman Li. Yo te pwostène devan Li pou te adore L. Yo te ouvri trezò yo e te prezante L kòm kado, lò, lansan, ak lami.
-
21 “Mèt li te di li: ‘Byen fèt, bon e fidèl sèvitè. Ou te fidèl avèk yon ti kras bagay. M ap fè ou responsab anpil bagay. Antre nan lajwa a mèt ou.’
-
27 Jean te reponn e te di: “Yon nonm pa kapab resevwa anyen anmwenske li sòti nan syèl la. 28 Nou menm se temwen m lè mwen te di: ‘Mwen menm se pa Kris la, men m te voye devan Li.’
29 “Sa ki genyen madanm maryaj la se jennonm k ap marye a. Zanmi li an ki kanpe epi tande l, rejwi anpil paske li tande vwa li. Konsa jwa pa m fin ranpli. 30 Li menm oblije vin plis, men mwen oblije vin mwens.”
-
34 Paske nou te montre konpasyon pou prizonye yo e te aksepte l avèk jwa lè yo te sezi byen nou yo, nan konnen ke nou te gen yon pi bon posesyon k ap dire nèt.
-
3 Paske mwen te tèlman kontan lè frè yo te vin pote temwayaj a verite ou, ki jan ou mache nan laverite a. 4 Mwen pa gen pi gran jwa ke sa, pou tande koze a pitit mwen yo k ap mache nan laverite a.
-
1 O vini, annou chante a SENYÈ a!
Annou rele fò avèk jwa a wòch ki sove nou an;
2 Annou vini devan prezans Li avèk remèsiman,
Annou rele fò a Li menm avèk sòm.
-
28 Lespwa a moun dwat la se kè kontan;
men entansyon mechan an va peri.
-
24 Papa a sila ki dwat la va rejwi anpil,
e sila ki fè yon fis ki saj la va gen kè kontan nan li.
25 Kite papa ou ak manman ou fè kè kontan;
kite fanm ki te fè ou a, rejwi.
-
12 Paske ou va sòti ak kè kontan
e mennen sòti ak lapè.
Mòn yo ak kolin yo va eklate
nan gwo kri lajwa devan ou,
e tout bwa nan chan yo va bat men yo.
13 Olye de bwa pikan, bwa siprè va leve;
olye machacha, bwa jasmen va leve.
Sa va sèvi kon yon memoryal a SENYÈ a,
kon yon sign k ap dire nèt, ki p ap janm disparèt.
-
46 De jou an jou yo t ap kontinye nan tanp lan avèk inite nan panse yo. Yo t ap kase pen de kay an kay, e te pran repa yo ansanm avèk lajwa ak senserite de kè. 47 Yo t ap bay Bondye lwanj, e te gen bon relasyon avèk tout moun yo.
Bondye te ogmante de jou an jou sila ki t ap sove yo.
-
6 Li te vin rive ke pandan yo t ap vini, lè David te retounen soti touye Filisten an, ke fanm yo te sòti nan tout vil an Israël yo. Yo t ap chante ak danse pou rankontre Wa Saül, avèk tanbouren, kè kontan ak enstriman mizik. 7 Fanm yo te chante pandan yo t ap jwe. Yo t ap di:
“Saül te touye dè milye pa li menm
e David dè di-milye pa li menm.”
-
6 Epi koulye a, tèt mwen va vin leve wo
sou lènmi m ki antoure m yo.
Konsa, mwen va ofri nan tant Li sakrifis avèk gwo kri lajwa.
Mwen va chante, wi, mwen va chante lwanj a SENYÈ a.
-
11 Ou te chanje doulè mwen, e
sa te fè m vin danse ak lajwa;
Ou te demare rad twal sak mwen an,
e te mare senti m avèk kè kontan.
12 Konsa, pou kè m kab chante lwanj Ou, e pa rete an silans.
O SENYÈ, Bondye mwen an, mwen va
bay Ou glwa pou tout tan, nèt.
-
10 Tout sa ke zye m te anvi, mwen pa t refize yo. Mwen pa t refize kè m okenn plezi li te vle, paske kè m te kontan akoz tout zèv mwen yo, e sa se te rekonpans pou tout travay mwen yo. 11 Konsa, mwen te konsidere tout zèv men m te konn fè yo, avèk travay ke m te fòse fè yo, men gade byen, tout te vanite ak kouri dèyè van, e pa t gen okenn avantaj anba solèy la.
-
9 Epi pèp la te rejwi paske yo te ofri sa tèlman ak bòn volonte, paske yo te fè ofrann a SENYÈ a avèk tout kè yo, epi Wa David osi te rejwi anpil.
-
111 Mwen te eritye temwayaj Ou yo pou tout tan,
paske se yo ki lajwa kè m.
-
46 Marie te di:
“Nanm mwen egzalte Senyè a,
47 Lespri mwen gen tan rejwi nan Bondye, Sovè mwen an.
48 Paske li te gade eta ba sèvant Li an;
paske gade byen, soti nan moman sa a
jiska tout jenerasyon yo, yo va rele m beni.
49 Paske Toupwisan an
te fè gwo bagay pou mwen.
Non Li sen.
-
33 “Bagay sa yo Mwen pale nou, pou nan Mwen, nou kapab gen lapè. Nan lemonn nou gen tribilasyon, men pran kouraj. Mwen venk lemonn.”
-
28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.
-
17 Men menm si mwen vin vide nèt tankou yon bwason k ap ofri kòm sakrifis ak sèvis lafwa nou, mwen rejwi e mwen pataje lajwa m avèk nou tout.
18 Nou menm tou, mwen egzòte nou, rejwi menm jan an, e pataje lajwa nou avè m.
-
8 Men a Fis la, Li di:
“Twòn pa Ou a, O Bondye, se pou
Tout tan e pou tout tan.
E otorite san patipri a
se otorite wayòm Li an.
9 Ou renmen ladwati e
ou rayi linikite;
konsa, Bondye, Bondye pa w la
te onksyone ou avèk lwil lajwa a
pi plis ke parèy Ou yo.”
-
Pou direktè koral la; Yon sòm David
1 O SENYÈ, nan fòs Ou, Wa a va fè kè kontan.
Nan delivrans Ou, ki gran rejwisans li va gen!
-
1 Rejwi ak lajwa nan SENYÈ a, O moun ladwati yo!
Lwanj bèl lè l sòti nan moun ki dwat.
2 Bay remèsiman a SENYÈ avèk gita.
Chante lwanj a Li menm avèk ap dis kòd.
3 Chante a Li menm yon chan tounèf.
Jwe ak kapasite e fò avèk yon gwo kri lajwa.
-
8 Fè m tande lajwa avèk kè kontan,
pou zo ke Ou te kase yo, vin rejwi.
-
23 Lèv mwen va rele ak jwa lè mwen chante lwanj a Ou menm
pou nanm mwen ke Ou te rachte a.
-
22 Wòch ke sila ki t ap bati yo te refize a,
gen tan vini wòch ang prensipal la.
23 Sa fèt pa SENYÈ a.
Li se yon mèvèy nan zye nou.
24 Sa se jou ke SENYÈ a te fè.
Annou rejwi nou e fè kè kontan ladann.
-
8 Anverite, si yon nonm ta viv anpil ane,
kite li rejwi li nan yo tout;
men pa kite l bliye jou tenèb yo, paske yo va anpil.
Tout sa ki gen pou vini se vanite.
9 Rejwi jennonm, pandan jenès ou,
e kite kè ou rete kontan
pandan ane de laj jenès ou yo.
Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou,
men konnen byen ke Bondye
va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.
-
7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.
10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.
-
13 Èske gen moun pami nou k ap soufri? Fòk li priye. Èske gen moun ak kè kontan? Fòk li chante louwanj.
Shows Read in context, Share and Copy.