125 Bible Verses About God's Word
Bib Sen An (BSA)
-
14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.
16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.
-
7 Lalwa SENYÈ a pafè
Li rekonfòte nanm.
Temwayaj SENYÈ a vrè,
k ap fè saj yo senp.
8 Prensip a SENYÈ yo dwat,
ki fè kè rejwi.
Kòmandman SENYÈ a san tach.
Li fè zye yo limen.
9 Lakrent SENYÈ a pi;
Li dire jis pou tout tan.
Jijman SENYÈ yo vrè;
Yo jis san manke.
10 Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen.
Yo pi dous pase myèl, pase siwo a
ki tonbe nan gato myèl la.
11 Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a
resevwa avètisman pou fè atansyon.
Pou sila ki kenbe yo, gen gran rekonpans.
12 Se kilès ki kab rekonèt fot li?
Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.
13 Anplis, pwoteje sèvitè ou a kont peche ògèy yo.
Pa kite yo vin domine m.
Konsa, mwen kab rete san fot,
epi va inosan a gran peche.
-
11 Konsa, annou fè dilijans pou antre nan repo sila a, pou okenn moun pa tonbe, nan swiv menm egzanp dezobeyisans lan.
12 Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo. 13 Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije rannkont.
14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a. 15 Paske nou pa gen yon wo prèt ki pa gen senpati ak feblès nou yo, men youn ki te tante nan tout bagay tankou nou menm, men san peche.
16 Konsa, annou rapwoche nou ak konfyans a twòn lagras la, pou nou kapab resevwa mizerikòd e twouve gras pou ede nou nan moman bezwen nou yo.
-
20 Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21 ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.
22 Akoz ke obeyisans a verite a te vin pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè, 23 paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.
24 Paske:
“Tout chè tankou zèb,
e tout laglwa li tankou flè zèb la.
Zèb la fennen, e flè a vin tonbe,
25 men pawòl Senyè a dire pou tout tan.”
E sa se pawòl ki te preche a nou menm nan.
-
21 Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.
22 Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo. 23 Paske si yon moun ap tande pawòl la, e li pa aji selon li, li tankou yon moun ki gade figi natirèl li nan yon miwa.
-
1 Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.
2 Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. 3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.
Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a. 4 Kòmsi li te devni bokou pi bon ke zanj yo, akoz Li eritye yon non pi ekselan ke yo menm.
5 Paske a kilès nan zanj yo, Li te janm di:
“Ou se Fis Mwen.
Jodi a Mwen fè Ou”?
E ankò:
“Mwen va yon Papa pou Li e
Li va yon Fis pou Mwen,”
6 E ankò, lè Li te pote premye ne a nan mond lan, Li di: “Kite tout zanj Bondye yo adore Li,”
-
4 Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.
-
20 Men konnen sa davans, ke nanpwen pwofesi nan lekriti sen an ki sijè a pwòp entèpretasyon prive. 21 Paske okenn pwofesi pa t janm fèt pa volonte a moun, men lèzòm, dirije pa Lespri Sen an te pale pawòl yo ki te soti nan Bondye.
-
13 Pou rezon sa a, nou, tout tan, bay Bondye remèsiman ke lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te tande de nou an, nou te aksepte li pa kòm yon pawòl a lòm, men pou sa li vrèman ye a, pawòl Bondye a, ki anplis fè travay li nan nou menm ki kwè yo.
14 Paske nou menm, frè m yo, nou te devni imitatè a legliz Bondye nan Kris Jésus ki an Judée yo. Konsa, nou te andire menm soufrans sa yo nan men a pwòp moun peyi parèy a nou yo, jan yo menm te andire l nan men a Jwif yo.
15 Sila ki te touye Senyè a Jésus ak pwofèt yo, e ki te fòse nou sòti yo. Yo p ap fè Bondye plezi, men yo se lènmi a tout moun. 16 Yo anpeche nou pale avèk etranje yo pou yo kapab sove. Kon rezilta yo toujou ranpli mezi peche pa yo. Men lakòlè gen tan vini sou yo pi rèd.
-
11 Alò, Jwif sila yo te pi nòb pase sila nan Thessalonique yo, paske yo te resevwa pawòl la avèk yon gwo anvi. Yo te egzamine Ekriti yo chak jou pou wè si bagay sa yo se te konsa.
-
4 Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa.
-
104 Soti nan òdonans Ou yo, mwen jwenn bon konprann.
Pou sa, mwen rayi tout fo chemen yo.
NUN
105 Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e
yon limyè nan pa pye mwen.
-
5 “Tout pawòl Bondye pase a leprèv;
Li se yon boukliye pou sila ki kache nan Li yo.
6 Pa ogmante sou pawòl Li yo,
oswa Li va repwoche ou
e ou va fè prèv ke se yon mantè ou ye.
-
28 Men Li te di: “Okontrè, beni se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki swiv li.”
-
17 Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.
-
Liv I
1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy
mechan yo
ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.
Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
3 Li va tankou yon pyebwa ki plante
bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.
Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.
-
6 Yon vwa pale: “Rele fò.”
Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?”
“Tout chè se zèb,
e tout bèlte li se tankou flè nan chan.
7 Zèb la fennen,
flè a pèdi koulè l,
depi souf SENYÈ a soufle sou li.
Anverite, pèp la se zèb.
8 Zèb la fennen,
flè a pèdi koulè l,
men pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.”
-
16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.
-
7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.
8 “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.
9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”
-
130 Lè pawòl Ou antre, li bay limyè.
Li bay bon konprann a sila ki senp yo.
-
1 Nan kòmansman, te gen Pawòl la, e Pawòl la te avèk Bondye, e Pawòl la te Bondye. 2 Li te nan kòmansman avèk Bondye. 3 Tout bagay ki te fèt te fèt pa Li, epi san Li, anyen ki te fèt pa t vin fèt. 4 Nan Li se te lavi, epi lavi se te limyè a lòm. 5 Limyè fè klè nan tenèb la, epi tenèb la pa t ka venk li.
-
10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,
e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,
pou fè l donnen e boujonnen,
pou fè l bay semans pou kiltivatè,
ak pen pou sila k ap manje a;
11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.
Li p ap retounen kote Mwen vid,
san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,
san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.
-
36 “Men temwayaj ke Mwen genyen an pi gwo ke temwayaj Jean an. Paske zèv ke Papa a te ban M pou acheve yo, menm zèv ke Mwen fè yo, temwaye de Mwen menm, ke Papa a te voye M. 37 E Papa a ki te voye M nan, Li pote temwayaj de Mwen. Nou menm pa janm tande vwa Li nan okenn tan, ni nou pa janm wè fòm Li.
38 “E nou pa gen pawòl Li nan nou, pwiske nou pa kwè Sila ke Li te voye a. 39 Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.
40 “Malgre, nou pa dakò pou vin kote M pou nou ta kapab gen lavi.
-
2 “Nou va sonje tout jan ke SENYÈ a, Bondye nou an, te mennen nou nan dezè a pandan karantan sila yo, pou Li te kapab fè nou vin enb e pase nou a leprèv, pou konnen kisa ki te nan kè nou, pou wè si nou pa t ap kenbe kòmandman Li yo.
3 “Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a.
-
18 Mwen temwaye a tout sila ki tande pawòl a pwofesi liv sila a: si yon moun ajoute nan yo, Bondye va ajoute a li menm tout fleyo ki ekri nan liv sila a. 19 Epi si yon moun retire nan pawòl a liv pwofesi sila a, Bondye va retire pati pa l nan pyebwa lavi ak vil sen an ki ekri nan liv sila a.
-
LAMEDH
89 Jis pou tout tan, O SENYÈ, pawòl Ou fin
etabli nan syèl la.
90 Fidelite Ou pandan tout jenerasyon yo.
Ou te etabli tè a e li vin kanpe nèt.
91 Yo kanpe nan jou sa a selon lòd Ou.
Paske tout bagay se sèvitè Ou.
-
17 Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a. 18 Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo.
-
11 Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m,
pou m pa t peche kont Ou.
-
34 “Anverite, Mwen di nou: Jenerasyon sila a p ap disparèt jouk lè ke tout bagay sa yo fin pase. 35 Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt. 36 Men konsènan jou sa a, avèk lè sa a, pèsòn pa konnen, pa menm zanj nan syèl yo, ni Fis la, men sèl Papa a.
37 “Paske vini a Fis a Lòm nan va menm jan avèk jou a Noé yo.
-
32 Jésus te reponn yo: “Mwen te montre nou anpil bon zèv ki te sòti nan Papa a. Pou kilès ladan yo n ap lapide M nan?”
33 Jwif yo te reponn: “Pou bon zèv, nou pa lapide Ou, men pou blasfèm nan. Paske Ou menm ki se yon nonm, pran poz ke se Bondye ou ye.”
34 Jésus te reponn yo: “Èske li pa te ekri nan Lalwa pa w la ke: ‘Mwen di ke se dye yo nou ye’?
35 “Si Li te rele yo dye yo, sila ki te resevwa pawòl Bondye yo (epi Ekriti Sen yo p ap kapab chanje), 36 èske ou di a Li menm, Sila a ke Papa a te fè sen, epi voye nan lemonn nan: ‘W ap blasfeme’ akoz Mwen di ke Mwen menm se Fis Bondye a?
37 “Si Mwen pa fè zèv a Papa M, pa kwè M. 38 Men si M fè yo, malgre ou pa kwè M, kwè zèv yo pou ou kapab konnen epi konprann ke Papa a nan Mwen, e Mwen nan Papa a.”
-
1 Konsa mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang 2 epi tankou tibebe ki fenk ne, se pou nou gen lanvi pou lèt pi a pawòl la, pouke pa li menm, nou kapab grandi vè sali, 3 si vrèman nou te goute dousè a Senyè a.
-
15 Konsidere pasyans a Senyè a kòm sali nou. Menmjan an osi ak frè byeneme nou an, Paul, te ekri nou, selon sajès ke li te resevwa a, 16 kòm osi nan tout lèt li yo, li te pale ak yo de bagay sa yo. Ladan yo, gen kèk bagay ki difisil pou konprann, ke sila ki san konprann e ki pa stab yo defòme, jan yo te fè osi ak tout lòt Ekriti sen yo, ki va gen kòm rezilta, pwòp destriksyon pa yo.
-
3 Alò Moïse te vin rakonte a pèp la tout pawòl a SENYÈ a yo, avèk tout òdonans yo; epi tout pèp la te reponn avèk yon sèl vwa. Yo te di: “Tout pawòl sa yo ke SENYÈ a pale, nou va fè yo!” 4 Moïse te ekri tout pawòl SENYÈ a yo.
Konsa, li te leve granmmaten e li te bati yon lotèl nan pye mòn nan avèk douz pilye pou douz tribi Israël yo. 5 Li te voye jèn mesye nan fis Israël yo, yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis jèn towo kòm ofrann lapè bay SENYÈ a.
6 Moïse te pran mwatye nan san an. Li te mete li nan basen yo, e lòt mwatye san an li te aspèje li sou lotèl la. 7 Epi li te pran liv akò a, e li te li li nan zòrèy a tout pèp la. Epi yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a pale, nou va fè yo, e nou va obeyi yo.”
8 Alò, Moïse te pran san an. Li te aspèje li sou pèp la. Li te di: “Gade byen san akò a, ke SENYÈ a te fè avèk nou selon tout pawòl sa yo.”
-
28 Pwofèt ki fè rèv la, kite li repete rèv li a. Epi sila ki gen pawòl pa M, kite l pale pawòl pa M nan ak verite. Kisa gen nan pay ki sanble ak sereyal? 29 Èske pawòl Mwen pa tankou yon dife?” deklare SENYÈ a: “Èske li pa tankou yon mato ki kraze fann wòch?”
30 Pou sa, gade byen, “Mwen kont pwofèt yo,” deklare SENYÈ a: “Ki vòlè pawòl Mwen yo soti nan youn lòt.”
-
17 “Pa panse ke Mwen te vini pou aboli Lalwa ak pwofèt yo. Mwen pa te vini pou aboli, men pou akonpli. 18 Paske vrèman Mwen di nou jiskaske syèl la avèk tè a disparèt, ni yon ti lèt, ni yon ti mak p ap disparèt nan Lalwa a, jiskaske tout bagay fin acheve. 19 Pou sa, nenpòt moun ki anile menm youn ki pi piti nan kòmandman sa yo, e bay enstriksyon a lòt pou fè sa, l ap rele pi piti nan wayòm syèl la. Men sila ki kenbe yo e enstwi lòt pou fè yo tou, li va rele pi gran nan wayòm syèl la.
-
12 “Mwen gen anpil bagay anplis pou M ta di nou, men nou p ap kab sipòte yo koulye a. 13 Men lè Li, Lespri verite a vini, Li va dirije nou nan tout verite. Paske Li p ap pale pou kont Li, men sa Li tande, L ap pale. Li va montre nou tout sa ki va vini. 14 Li va fè M resevwa glwa Mwen, paske l ap pran sa ki pou Mwen, e fè nou konprann li.
-
12 Mwen pa t kite kòmand a lèv Li yo.
Mwen te kenbe pawòl a bouch Li
kon pi presye pase manje ki fè m gen fòs la.
-
45 Answit Li te ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo.
-
47 “Si nenpòt moun tande pawòl Mwen yo, e pa kenbe yo, Mwen pa jije li. Paske Mwen pa t vini nan lemonn pou jije lemonn, men pou sove lemonn.
48 “Sila a ki rejte Mwen, epi pa resevwa pawòl Mwen yo, gen youn k ap jije li. Pawòl ke Mwen te pale a se li k ap jije li nan dènye jou a.
49 “Paske Mwen pa t pale pou kont Mwen, men Papa a, Li menm, ki te voye M te kòmande Mwen kisa pou M pale, e kisa pou M di. 50 E Mwen konnen ke kòmandman Li se lavi etènèl. Pou sa, se konsa Mwen pale; menm sa ke Papa a di Mwen yo, konsa Mwen pale.”
-
MEM
97 O! A la mwen renmen lalwa Ou a!
Se sou li ke m reflechi tout lajounen.
98 Kòmandman Ou yo fè m pi saj pase ènmi m yo,
Paske yo toujou pou mwen.
99 Mwen vin gen plis konprann pase tout pwofesè mwen yo,
Paske temwayaj Ou yo se meditasyon mwen.
100 Mwen gen konprann plis pase granmoun yo,
akoz mwen te swiv òdonans Ou yo.
-
103 A la pawòl Ou yo dous nan gou mwen!
Wi, pi dous pase siwo myèl nan bouch mwen!
-
29 Men Jésus te reponn yo: “Nou twonpe nou. Nou pa konprann Ekriti Sen yo, ni pouvwa Bondye a.
-
25 Konsa, Li te reponn yo: “O moun ki manke konprann, e ki gen kè lan pou kwè nan tout sa ke pwofèt yo te pale yo; 26 Èske li pa t nesesè pou Kris la te soufri bagay sa yo, pou antre nan glwa Li?” 27 Answit, Li te kòmanse avèk Moïse, ak tout pwofèt yo, e Li te eksplike yo bagay konsènan Li menm nan tout Ekriti Sen yo.
-
1 “Koulye a, O Israël, koute règleman avèk jijman ke mwen ap enstwi nou pou nou fè, pou nou kapab viv. Antre ladann e pran posesyon a peyi a ke SENYÈ a, Bondye a zansèt nou yo, ap bannou. 2 Nou p ap mete yon mo sou sa ke mwen ap kòmande nou an ni retire nan li; pou nou kapab kenbe kòmandman a SENYÈ a, Bondye nou an, ke mwen te kòmande nou yo.
-
BETH
9 Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot?
Nan kenbe li selon pawòl Ou.
-
16 Pawòl Ou yo te vin twouve;
mwen te manje yo.
Pawòl Ou yo te vin pou mwen yon gwo jwa
ki fè kè m rejwi;
paske mwen te rele pa non Ou, O SENYÈ Bondye Dèzame yo.
-
1 Paul, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, aple kòm apot mete apa pou bòn nouvèl Bondye a, 2 ke Li te pwomèt oparavan atravè pwofèt Li yo nan Ekriti Sen Yo, 3 konsènan Fis Li a ki te ne de yon desandan David selon lachè, 4 ki te deklare Fis Bondye a avèk pouvwa akoz rezirèksyon Li, ki te fè L sòti nan lanmò, atravè Lespri sentete a, Jésus Kri, Senyè nou an.
-
17 Paske nou pa tankou anpil moun, k ap vann pawòl Bondye a. Men nan senserite, devan zye Bondye, nou pale nan Kris.
-
15 Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.
-
30 Pou Bondye, chemen Li san fot.
Pawòl SENYÈ a pase a leprèv.
Li se yon boukliye pou tout moun
k ap pran sekou nan Li.
31 Paske se kilès ke Bondye ye, sof ke SENYÈ a?
Epi se kilès ki wòch la, sof ke Bondye nou an.
32 Bondye ki mare senti m ak fòs,
epi fè chemen mwen san fot la?
-
4 Paske pawòl SENYÈ a dwat.
Tout zèv Li yo fèt avèk fidelite.
-
2 Anpil nan tout aspè. Premyèman Jwif yo te konfye avèk tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye yo.
-
1 Mwen anchaje ou solanèlman, nan prezans Bondye ak Kris Jésus a, ki dwe jije vivan ak mò yo, pa aparans ak wayòm Li an: 2 Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.
3 Paske tan an va vini lè yo pa sipòte doktrin ki sen yo, men akoz yo vle sa ki fè zòrèy yo plezi, yo va ranmase pou kont yo, pwofesè ki dakò avèk pwòp dezi pa yo. 4 Konsa, yo va vire zòrèy yo kite verite a akote pou fo istwa yo.
5 Men ou menm, rete tanpere nan tout bagay, sipòte difikilte yo, fè travay a yon evanjelis, akonpli ministè ou la.
-
6 Pou sa, Kenbe fèm! Sonje e fè tout sa ki ekri nan liv lalwa Moïse la, pou nou pa vire akote li, ni adwat, ni agoch.
-
1 Nan jou sa a, yo te li soti nan liv Moïse la, nan tande a pèp la, epi li te twouve ekri ladann ke ni Amonit ni Moabit pa ta janm dwe antre nan asanble Bondye a, 2 paske yo pa t rankontre fis Israël yo avèk pen avèk dlo, men te anplwaye Balaam kont yo pou bay yo madichon. Men Bondye nou an te vire madichon an fè l vin benediksyon. 3 Pou sa, lè yo te tande lalwa a, yo te mete tout etranje yo deyò Israël.
-
1 Fis mwen an, si ou resevwa pawòl mwen yo,
e gade kòmandman mwen yo nan kè ou,
2 e fè zòrèy ou atantif a sajès;
e enkline zòrèy ou vè bon konprann,
3 wi, si ou leve vwa w pou sajès;
e leve vwa ou vè bon konprann;
4 si ou chache li kon ajan,
e fè rechèch dèyè li kon trezò ki kache;
5 nan lè sa a, ou va dekouvri lakrent SENYÈ a,
e dekouvri konesans Bondye a.
6 Paske, SENYÈ a bay sajès.
Nan bouch Li, soti konesans ak bon konprann.
-
11 “Alò, parabòl la se sa: Semans lan se pawòl Bondye a.
12 “Sila yo akote wout la se sila yo ki te tande; epi dyab la vin rache pawòl la nan kè yo, pou yo pa kwè e vin sove.
13 “Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.
14 “Semans ki te tonbe pami pikan yo se sila yo ki te tande, epi pandan yo ap fè wout yo, yo vin trangle avèk pwoblèm pa yo ak richès a vi sa a. Konsa yo pa pote fwi ki vin mi.
15 “Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.
-
14 E pawòl la te vin lachè, e te viv pami nou. Nou te wè glwa Li, kon glwa a sèl Fis inik a Papa a, ranpli avèk gras ak verite.
-
3 Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo, 4 ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a selon Ekriti yo. 5 Epi ke Li te parèt a Céphas, e answit, a douz yo.
-
11 Preskri e enstwi bagay sa yo.
12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.
13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.
14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.
15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.
16 Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.
-
160 Fòs Kantite tout pawòl Ou yo se verite, e
tout règleman dwat Ou yo la jis pou tout tan.
-
63 “Se Lespri a ki bay lavi. Chè a pa gen okenn benefis. Pawòl ke Mwen te pale a nou yo se Lespri, epi se lavi.
-
2 Men nou renonse a bagay ki fèt an kachèt ki fè wont yo. Nou pa mache nan riz, ni nan kase fòs pawòl Bondye a ak desepsyon, men ak demonstrasyon verite a, nou rekòmande tèt nou a konsyans tout moun devan zye Bondye.
-
18 Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.
-
11 Mwen te wè syèl la ouvri, e vwala, yon cheval blan, e Sila ki te chita sou li a, rele Fidèl e Veritab. Avèk ladwati Li jije e fè lagè.
12 Zye Li se flanm dife, e sou tèt li se anpil kouwòn. Li gen non yo ki ekri, ak yon non ekri sou Li ke pèsòn pa konnen, eksepte Li menm. 13 Li abiye avèk yon vètman ki tranpe nan san. Non Li rele a, se “Pawòl Bondye a”.
14 Lame ki nan syèl yo, ki abiye an len fen blan, ki pi nèt, t ap swiv li sou cheval blan yo.
15 Nan bouch Li, te sòti yon nepe file. E avèk li, Li kapab frape nasyon yo. Li va gouvène yo avèk yon baton an fè. Li va foule pèz diven ak gwo kòlè Bondye Toupwisan an.
-
31 Nou p ap aji konsa anvè SENYÈ a, Bondye nou an, paske se tout zèv abominab ke SENYÈ a rayi yo, ke yo kon fè pou dye pa yo. Paske yo konn menm brile pwòp fis ak fi pa yo nan dife dye pa yo.
32 “Nenpòt sa ke m kòmande nou , se sa a pou nou fè. Nou p ap ni mete sou li, ni retire ladan l.
-
7 Konsa, nan twazyèm ane règn li a, li te voye reprezantan li yo, chèf Ben-Haïl yo, Abdias, Zacharie, Nethaneel, avèk Michée pou enstwi nan vil a Juda yo; 8 epi avèk yo Levit yo, Schemaeja, Nethania, Zebadia, Adonija, Tobija ak Tob-Adonija; epi avèk yo, prèt yo, Élischama avèk Joram. 9 Yo te enstwi Juda avèk liv lalwa SENYÈ a ke yo te genyen avèk yo. Konsa, yo te ale toupatou nan tout vil Juda yo pou te enstwi pami pèp la.
10 Alò, lakrent SENYÈ a te sou tout wayòm ki te antoure Juda yo, jiskaske yo pa t fè lagè kont Josaphat.
-
2 Epi Esdras, prèt la, te pote lalwa a devan asanble a mesye yo avèk fanm yo, tout moun te kab koute avèk bon konprann, nan premye jou nan setyèm mwa a. 3 Li te li nan liv la devan plas ki te devan Pòtay Dlo a soti granmaten jis rive midi, nan prezans a mesye ak fanm ki te atantif a liv lalwa a.
-
5 Esdras te ouvri liv la devan zye tout pèp la, paske li te kanpe pi wo ke tout pèp la. Lè li te ouvri li, tout pèp la te kanpe. 6 Epi Esdras te beni SENYÈ a, gran Bondye a.
Tout pèp la te reponn: “Amen, Amen,” pandan yo te leve men yo. Yo te bese ba pou te adore SENYÈ a avèk figi yo jis atè. 7 Anplis, Josué, Bani, Schérébia, Jamin, Akkub, Schabbethaï, Hodija, Maaséja, Kelitha, Azaria, Jozabad, Hanan, Pelaja, avèk Levit yo te eksplike lalwa a pèp la pandan pèp la te rete an plas. 8 Yo te li nan liv la, soti nan lalwa Bondye a, e te tradwi pou fè yo konprann, pou yo ta kab byen sezi sa ki te li a.
-
16 Chache nan liv SENYÈ a, epi li:
Nanpwen youn nan sila yo ki p ap la;
okenn p ap manke parèy yo.
Paske bouch Mwen te pase lòd,
e Lespri Li te ranmase yo.
-
1 “Gade! Tout sa ki swaf yo, vin nan dlo!
Nou menm ki pa gen kòb yo, vin achte pou manje.
Vin achte diven ak lèt san lajan, e san frè.
2 Poukisa nou depanse lajan pou sa ki pa pen,
ak kouraj travay nou pou sa ki pa ka satisfè?
Koute Mwen avèk atansyon, manje sa ki bon
e pran plezi nou an abondans.
3 Prete zòrèy nou e vin kote Mwen.
Koute pou nou ka viv.
Mwen va fè yon akò avè w k ap dire pou tout tan,
selon mizerikòd fidèl ki te montre a David la.
-
18 “Pou sa, tande parabòl moun ki t ap simen an. 19 Lè nenpòt moun tande pawòl wayòm nan e li pa konprann li, mechan an (Satan) vini rache sa ki te plante nan kè li a. Sa se grenn ki te simen akote wout la. 20 Sa ki te simen nan wòch yo se moun ki tande pawòl la e imedyatman li resevwa l avèk jwa; 21 men li pa gen rasin pou kont li, e li dire sèlman pou yon moman. Lè gen afliksyon avèk pèsekisyon akoz pawòl la, byen vit li chite. 22 Epi sila ki te simen pami pikan yo se moun ki tande pawòl la, men tout pwoblèm mond sa a, avèk sediksyon richès yo toufe pawòl la, e li pa donnen fwi. 23 Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
-
27 Lè Apollos te vle travèse a Achaïe, frè yo te ankouraje li, e te ekri a disip yo pou ankouraje li. Lè l te rive, li te anpil èd pou sila ki te kwè pa gras yo. 28 Paske avèk pouvwa li te demanti Jwif yo an piblik, e li te montre atravè Ekriti Sen yo ke Jésus se te Kris la.
-
32 “Epi koulye a, mwen rekòmande nou a Bondye ak pawòl lagras Li, ki kapab ranfòse nou, e bannou eritaj pami tout sila ki sen yo.
-
11 Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.
-
19 Konsa, nou gen pawòl pwofesi yo fèt pi asire. A sila nou dwe prete atansyon an tankou se yon lanp k ap klere yon kote ki fènwa, jiskaske bajou kase e zetwal granmmaten an leve nan kè nou.
-
1 Nan kòmansman an Bondye te kreye syèl yo ak tè a. 2 Latè te san fòm e vid, epi tenèb la te sou tout sifas fon an, e Lespri Bondye t ap ajite sou fas dlo a.
3 Alò Bondye te di: “Ke li gen limyè”. Epi te gen limyè. 4 Bondye te wè ke limyè a te bon. Bondye te separe limyè a avèk tenèb la. 5 Bondye te rele limyè a jou, e tenèb la, Li te rele li lannwit. Konsa, te gen aswè, ak maten, yon jou.
-
6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve. 8 Nou va mare yo kòm yon sign sou men nou, e yo va tankou yon ransèyman sou fwon nou. 9 Nou va ekri yo sou chanbrann pòt lakay nou ak sou pòtay yo.
-
33 Tout Israël avèk ansyen yo ak ofisye yo ak jij yo te kanpe sou toude kote lach la devan prèt Levit ki te pote lach akò SENYÈ a, etranje kon natif. Mwatye nan yo te kanpe devan Mòn Garizim e mwatye nan yo devan Mòn Ébal, jis jan ke Moïse, sèvitè SENYÈ a, te bay kòmand nan oparavan an, pou beni pèp Israël la. 34 Epi apre, li te li tout pawòl lalwa yo, benediksyon yo avèk malediksyon yo, selon tout sa ki ekri nan liv lalwa a. 35 Pa t gen menm yon mo nan tout sa ke Moïse te kòmande yo ke Josué pa t li devan tout asanble Israël la, avèk fanm ak pitit yo ak etranje ki te rete pami yo.
-
56 “Beni se SENYÈ a ki te bay repo a pèp Li a, Israël, selon tout sa ke Li te pwomèt yo. Pa menm yon mo pa t fè fayit nan tout bonte ke Li te pwomèt nou pa Moïse yo, sèvitè li a.
-
24 Konsa, fanm nan te di a Élie: “Koulye a, mwen konnen ke ou se yon nonm Bondye, e ke pawòl SENYÈ a nan bouch ou se verite.”
-
2 Wa a te monte kote kay SENYÈ a ak tout mesye Juda yo, tout moun ki te rete Jérusalem avèk li yo, prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la, ni gran, ni piti; epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl a liv akò a ki te twouve lakay SENYÈ a. 3 Wa a te kanpe akote pilye a pou te fè yon akò devan SENYÈ a, pou mache apre SENYÈ a, pou kenbe kòmandman avèk temwayaj li yo avèk règleman li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou akonpli pawòl akò a ki te ekri nan liv sa a. Epi tout pèp la te antre nan akò a.
-
6 Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach;
tankou ajan ki teste nan founo,
rafine nan tè sèt fwa.
-
15 Mwen va reflechi sou règleman Ou yo,
e okipe chemen Ou yo.
-
140 Pawòl Ou san tach; akoz sa, sèvitè Ou a renmen yo anpil.
-
2 “Konsa pale SENYÈ a: ‘Kanpe nan lakou lakay SENYÈ a pou pale ak tout vil Juda a ki te vin adore lakay SENYÈ a'. Bay yo tout pawòl ke M te kòmande ou pou pale avèk yo. Pa manke menm yon mo!
-
24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch.
-
9 Li t ap di yo anplis: “ Ak konesans nou mete kòmandman Bondye a akote, pou kenbe tradisyon pa nou yo. 10 Paske Moïse te di: ‘Onore papa ou avèk manman ou’; epi ‘sila ki pale mal a papa li oswa manman li, fòk li mete a lanmò.’
11 “Men nou di: ‘Si yon nonm di a papa l, ni a manman l, nenpòt sa ke m genyen se Kòba’” (sa vle di, “bay a Bondye”), 12 “Nou pa pèmèt moun nan fè anyen ankò ni pou papa l, ni pou manman l. 13 Konsa nou fè pawòl Bondye a vin nil ak tradisyon ke nou transmèt a youn lòt. Nou fè anpil bagay konsa.”
-
4 Jésus te reponn li: “Li ekri. ‘Lòm pa viv sèlman sou pen.’”
-
21 Men Li te reponn yo e te di yo: “Manman M avèk Papa M se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki fè l.”
-
38 Sila ki kwè nan Mwen, tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’”
-
5 “Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen. 6 Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile. 7 Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou. 8 Konsa, Papa M ap resevwa glwa, lè nou pote anpil fwi. E konsa, nou fè prèv ke nou se disip Mwen yo.
9 “Menm jan ke Papa a renmen M, Mwen renmen nou tou. Rete nan lanmou Mwen. 10 Si nou kenbe kòmandman Mwen yo, nou ap rete nan lanmou Mwen. Menm jan ke Mwen te kenbe kòmandman a Papa M yo, e rete nan lanmou pa Li a.
-
15 Nan lè sa a, Pierre te kanpe nan mitan frè yo (yon asanble de anviwon san ven moun ki te la ansanm) e te di: 16 “Frè m yo, Ekriti a te oblije vin akonpli, jan Lespri Sen an te anonse oparavan pa bouch David konsènan Judas ki te vin yon gid a sila ki te arete Jésus yo. 17 Paske li te konte pami nou, e te resevwa pati pa li, nan èv sila a.
-
13 Sou bagay sa yo nou pa pale ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo.
-
10 Paske tout sa ki nan zèv Lalwa yo anba yon madichon. Paske sa ekri: “Modi se tout moun ki pa respekte tout bagay ki ekri nan liv Lalwa a, pou fè yo.”
-
26 pou Li te kapab fè l sen, pandan Li te netwaye li nan lave l avèk dlo e avèk pawòl la.
-
14 M ap ekri bagay sa yo bannou, avèk esperans ke m ap vin kote nou avan lontan, 15 men an ka ke mwen pran reta, mwen ekri yo pou nou kab konnen kijan yon moun ta dwe kondwi tèt li nan kay Bondye a, ki se legliz a Bondye vivan an, ki se pilye ak soutyen verite a.
16 San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a:
Sila ki
Te revele nan lachè a,
Te jistifye nan Lespri a
Te wè pa zanj yo,
Te pwoklame pami nasyon yo,
Te resevwa kwayans mond lan,
Te leve wo nan laglwa a.
-
25 Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va beni nan sa li fè.
-
30 Wa a te monte vè lakay SENYÈ a, e tout mesye Juda yo, pèp Jérusalem nan, prèt yo, Levit yo, e tout moun soti nan pi gran jis rive nan pi piti yo—epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl liv akò ki te twouve lakay SENYÈ a. 31 Wa a te kanpe nan plas li a, e te fè yon akò devan SENYÈ a pou mache nan chemen SENYÈ a, pou kenbe kòmandman Li yo avèk temwayaj Li yo, avèk règleman Li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou reyisi fè tout pawòl a akò ki ekri nan liv sila yo.
-
1 Konsa, tout pèp la te rasanble kon yon sèl moun nan plas ki te devan Pòtay Dlo a. E yo te pale ak Esdras, skrib la, pou mennen liv lalwa Moïse la ke SENYÈ a te bay a Israël la.
-
3 Pandan yo te kanpe nan plas yo, yo te li soti nan liv lalwa SENYÈ a, Bondye pa yo a, pou yon ka de jounen an. Pou yon lòt ka, yo te konfese e te adore SENYÈ a, Bondye pa yo a.
-
30 Malgre sa, Ou te sipòte yo pandan anpil ane, epi te avèti yo pa Lespri Ou, pa pwofèt Ou yo. Sepandan, yo te refize bay zòrèy yo. Akoz sa, Ou te livre yo nan men a pèp nasyon yo.
-
4 Alò, pou zèv a lòm yo, selon pawòl a lèv Ou yo,
Mwen te evite chemen a vyolan yo.
-
50 Se sa ki ban m rekonfò nan mizè mwen an,
paske se pawòl Ou ki fè m rekouvri fòs.
51 Moun awogan yo meprize m nèt,
men mwen pa vire kite lalwa Ou.
-
76 O ke lanmou dous Ou a kapab konsole mwen,
Selon pawòl Ou a sèvitè Ou a.
-
148 Zye m rete ouvè pandan vèy nwit lan,
konsa, pou m kab reflechi san rete sou pawòl Ou.
-
20 Vire kote lalwa ak akò a! Si yo pa pale selon pawòl sa a, se akoz ke yo pa gen granmaten k ap vini.
-
1 Lespri Senyè BONDYE a sou mwen,
akoz SENYÈ a te onksyone mwen pou pote bòn nouvèl a moun aflije yo.
Li te voye mwen pou bay soutyen a sila ak kè brize yo,
pou pwoklame libète a kaptif yo
e delivrans a prizonye yo;
2 pou pwoklame lane gras SENYÈ a
e jou a vanjans Bondye nou an;
pou konsole tout moun ak kè ki tris,
3 pou fè pwovizyon pou sila ak kè tris Sion yo;
pou bay yo yon bèl kouwòn pou ranplase sann yo,
ak lwil kè kontan pou ranplase tristès la,
ak abiman lwanj pou ranplase lespri kraze a.
Konsa, yo va rele pye chenn ladwati,
yon plantasyon SENYÈ a,
pou Li kapab resevwa glwa.
-
9 Mesye saj yo vin wont, yo vin deranje e sezi.
Gade byen, yo te rejte pawòl SENYÈ a.
Ki kalite sajès k ap rete nan yo?
-
3 Depi nan trèzyèm ane Josias, fis a Amon an, wa Juda a, menm rive nan jou sa a, pandan venn-twazan sila yo, pawòl SENYÈ a te vin kote mwen. Konsa, mwen te pale avèk nou; mwen te leve bonè pou pale ak nou, men nou pa t koute, ni nou pa t panche zòrèy nou pou tande.
-
11 “Gade byen, jou yo ap vini,” deklare Senyè BONDYE a,
“lè Mwen va voye gwo grangou sou peyi a,
pa yon grangou pou pen oswa pou dlo,
men pou koute pawòl SENYÈ a.
12 Pèp la va kilbite tou egare
sòti nan yon lanmè pou rive nan lòt lanmè,
e sòti nan nò pou rive menm nan lès;
yo va gaye toupatou pou chache pawòl SENYÈ a,
men yo p ap jwenn li.
13 Nan jou sa a, bèl tifi vyèj yo
ak jennonm yo va vin endispoze akoz swaf la.
14 Menm jan pou sila ki sèmante pa peche Samarie a,
ki di: ‘Jan dye ou a vivan an, O Dan!’
e ‘Jan chemen Beer-Schéba vivan an’;
yo va tonbe e yo p ap leve ankò.”
-
7 Jésus te di l: “Anplis sa ekri: ‘Ou pa pou tante Senyè a, Bondye Ou a’”.
-
10 Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: ‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.
-
10 Èske nou pa t menm li Ekriti sila a?:
‘Wòch ke moun ki t ap bati yo te refize a;
sila a te devni wòch ang prensipal la.
-
30 Anverite Mwen di nou, jenerasyon sila p ap gen tan pase jouk lè ke tout bagay sa yo fèt. 31 Syèl la ak latè ap pase, men pawòl pa M yo p ap pase.
-
21 “Beni se nou menm ki grangou koulye a, paske nou va satisfè. Beni se nou menm ki kriye koulye a, paske nou va ri.
-
31 Konsa, Jésus t ap pale avèk Jwif yo ki te kwè nan Li, “Si nou kontinye nan Pawòl Mwen, anverite, nou se disip Mwen. 32 E nou va konnen laverite a, e verite a va fè nou lib.”
-
23 Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”. 24 Moun ki pa renmen M pa kenbe pawòl Mwen. E pawòl sa a ke nou tande a se pa pa M, men se sa ki nan Papa ki te voye M nan.
25 Bagay sa yo Mwen pale pandan Mwen rete avèk nou an. 26 Men Konseye a, Espri Sen an, ke Papa a va voye nan non Mwen, Li va enstwi nou tout bagay, e fè nou sonje tout sa ke Mwen te di nou.
-
3 “Nou deja pwòp akoz pawòl ke Mwen te pale a nou an.
-
30 Konsa, anpil lòt sign Jésus osi te fè nan prezans disip Li yo, ki pa ekri nan liv sa a. 31 Men sila yo te ekri pou nou kapab kwè ke Jésus se Kris la, Fis a Bondye. Epi ke nan kwè sa a, nou kapab gen lavi etènèl nan non Li.
-
11 Alò, bagay sa yo te rive yo kòm yon egzanp. Yo te ekri pou enstwi nou, sou sila a fen tan yo gen tan fin parèt. 12 Konsa, kite sila ki panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.
-
14 Fè tout bagay san plenyen ni diskite. 15 Konsa nou va san fot e inosan, pitit a Bondye ki san repwòch nan mitan a yon jenerasyon kwochi e pèvèti. Pami yo, nou vin parèt kòm limyè nan mond lan, 16 k ap kenbe fèm a pawòl lavi a, pou nan jou a Kris la, mwen kapab gen rezon pou bay glwa, akoz ke m pa t kouri anven, ni travay anven.
-
15 Li se imaj a Bondye envizib la premye ne a tout kreyasyon an. 16 Paske pa Li menm, tout bagay te kreye, nan syèl la ak sou tè a, vizib e envizib kit se wayòm yo, kit se pouvwa yo, kit se wa yo, kit se otorite yo—tout bagay te kreye pa Li menm e pou Li menm. 17 Li avan tout bagay, e se nan Li tout bagay kenbe ansanm. 18 Li se osi tèt a kò a legliz la. Epi Li se kòmansman an, premye ne ki sòti nan lanmò a, pou Li menm kapab vin gen premye plas nan tout bagay.
-
22 Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach.
Shows Read in context, Share and Copy.