44 Bible Verses About Baptism

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Baptism
  1. 38 Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”

    40 Avèk anpil lòt pawòl li te temwaye solanèlman e te kontinye egzòte ak ankouraje yo, e te di: “Sove nou de jenerasyon moun mechan sila a!”

    41 Alò, sa yo ki te resevwa pawòl li yo te batize. E konsa, te vin ogmante nan menm jou a, a anviwon twa mil nanm.

  2. 18 Jésus te vin pale avèk yo, e te di: “Mwen fin resevwa tout pouvwa nan syèl la ak sou latè. 19 Konsa, ale fè disip a tout nasyon yo, epi batize yo nan non Papa a, Fis la, avèk Lespri Sen an. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”

  3. 13 Nan lè sa a, Jésus te rive soti Galilée toupre larivyè Jourdain an. Li te vin kote Jean pou L ta kapab batize. 14 Men Jean te eseye anpeche Li. Li te di: “Mwen bezwen batize pa Ou menm, men Ou vin kote mwen?”

    15 Men Jésus te reponn li. Li te di l: “Kite sa fèt nan moman sa a; paske se konsa li dwe fèt pou nou kapab akonpli tout ladwati.” Konsa li te kite sa fèt.

    16 Aprè Jésus te batize, Li te soti tou dwat nan dlo a, e lapoula syèl yo te vin louvri. Li te wè Lespri Bondye a desann kon yon toutrèl e vin poze sou Li. 17 Epi yon vwa ki te soti nan syèl yo te di: “Sa se Fis byeneme Mwen an, e nan Li menm, Mwen pran plezi.”

  4. 1 Konsa, Kisa nou kapab di? Èske n ap kontinye nan peche pou lagras kapab vin plis? 2 Ke sa pa janm fèt! Kijan nou menm ki te mouri a peche nou kapab kontinye viv nan li? 3 Oubyen èske nou pa konnen ke nou tout ki batize nan Kris Jésus a, gen tan batize nan lanmò li? 4 Konsa, nou gen tan antere avèk Li pa batèm nan lanmò Li a, pouke menm jan Kris te leve soti vivan nan lanmò a pa laglwa a Papa a, nou osi kapab mache nan nouvèl vi a.

    5 Paske si nou vin sanble avèk Li nan lanmò Li, n ap vin sanble avèk Li nan rezirèksyon Li tou. 6 Byen rekonesan ke ansyen moun nou an te krisifye avèk Li, pouke kò peche nou an ta kapab vin disparèt pou nou kab pa esklav a peche ankò. 7 Paske sila ki gen tan mouri an, libere de peche.

  5. 1 Li te rive pandan ke Apollos te Corinthe, Paul te travèse peyi pi wo a e te vini Éphèse pou twouve kèk disip. 2 Li te mande yo: “Èske nou te resevwa Lespri Sen an lè nou te kwè a?”

    Yo te reponn li: “Non, nou pa menm konn tande si gen yon Lespri Sen.”

    3 Li te di: “Ebyen, nan kisa konsa nou te batize?”

    Yo te reponn: “Nan batèm a Jean an”.

    4 Konsa, Paul te di: “Jean te batize avèk batèm a repantans lan, e te di pèp la pou kwè nan Sila ki t ap vini apre li a, sa vle di, nan Jésus.” 5 Lè yo te tande sa, yo te batize nan non Senyè a Jésus Kri.

  6. 35 Alò, Philippe te louvri bouch li e te kòmanse soti nan lekriti sen sila a, li te preche Jésus a li menm.

    36 Pandan yo t ap prale nan wout la, yo te vin toupre yon dlo. Konsa, lenik lan te di: “Men gade, dlo! Kisa ki anpeche m ta batize.” 37 Philippe te reponn: “Si ou kwè avèk tout kè ou, ou kapab.” Li te reponn e te di: “Mwen kwè ke Jésus Kris se Fis Bondye a.” 38 Li te kòmande cha a rete. Yo tou de te desann nan dlo a, Philippe avèk lenik lan, e li te batize li.

    39 Lè yo te sòti nan dlo a, Lespri Senyè a te vin pran Philippe, e lenik lan pa t wè l ankò, men te kontinye wout li ak rejwisans.

    40 Men Philippe te twouve li menm nan Azot. Pandan li t ap travèse, li te kontinye preche bòn nouvèl la nan tout vil yo jiskaske li te rive Césarée.

  7. 44 Pandan Pierre te toujou ap pale pawòl sa yo, Lespri Sen an te tonbe sou tout sila yo ki t ap koute mesaj la.

    45 Tout kwayan sikonsi ki te vini avèk Pierre yo te etone paske don Lespri Sen an te vèse sou etranje yo tou. 46 Paske yo te tande yo pale an lang, e egzalte Bondye.

    Alò, Pierre te reponn: 47 “Èske pèsòn kapab refize dlo pou sa yo ta kapab batize, sila ki te resevwa Lespri Sen an, menm jan ak nou?” 48 Epi li te kòmande yo pou batize nan non Jésus Kri.

    Alò, yo te mande li pou rete la avèk yo pandan kèk jou.

  8. 18 Paske Kris osi te mouri pou peche yo yon fwa pou tout, Li menm ki te jis pou enjis yo, pou Li ta kapab mennen nou kote Bondye, deja mò nan lachè, men fèt vivan nan lespri a. 19 Ladann, Li te osi ale fè pwoklamasyon a lespri nan prizon yo. 20 Se yo menm ki avan te dezobeyisan yo, lè pasyans a Bondye te toujou ap tann nan jou a Noe yo, lè lach la t ap konstwi a. Se ladann kèk moun (sa vle di uit moun) te mennen rive sof nan dlo a.

    21 Sa se yon modèl parèy ak batèm, ki koulye a ap sove nou—pa akoz li retire salte sou kò a, men akoz yon angajman anvè Bondye pou gen yon bon konsyans pa rezirèksyon a Jésus Kri a. 22 Li menm ki, sou men dwat Bondye, te ale nan syèl, kote tout zanj, otorite, ak pouvwa yo te fin soumèt a Li menm.

  9. 11 Konsa, nan Li menm nou te sikonsi avèk yon sikonsizyon ki fèt san men, ki retire kò lachè a pa sikonsizyon a Kris la. 12 Nou te antere avèk Li nan batèm nan. Nan li menm, nou te anplis resisite avèk Li pa lafwa kon yon zèv Bondye, ki te leve Li sòti nan lanmò a. 13 Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo.

  10. 26 Paske nou tout se fis a Bondye pa lafwa nan Kris Jésus. 27 Paske nou tout ki te batize nan Kris la te abiye tèt nou avèk Kris. 28 Pa gen ni Grèk, ni Jwif, ni esklav, ni lib, pa gen ni mal ni femèl; paske nou tout se youn nan Kris Jésus. 29 Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.

  11. 12 Men lè yo te kwè Philippe ki t ap preche bòn nouvèl wayòm Bondye a nan non Jésus Kris la, yo t ap batize; fanm, kou gason menm jan an. 13 Menm Simon te vin kwè, epi apre li te batize li te kontinye avèk Philippe. Akoz li te wè anpil sign ak mirak ki t ap fèt, li te etone tout tan.

    14 Alò, lè apòt nan Jérusalem yo te tande ke Samarie te resevwa pawòl Bondye a, yo te voye Pierre avèk Jean bay yo. 15 Lè yo te vin desann, yo te priye pou yo ta kapab resevwa Lespri Sen an. 16 Paske Li potko tonbe sou okenn nan yo. Yo te sèlman batize nan non Senyè a Jésus. 17 Alò, yo te mete men sou yo, epi yo te resevwa Lespri Sen an.

  12. 29 Jandam nan te rele pou limyè, e te kouri antre ap tranble avèk laperèz. Konsa, li te tonbe devan Paul ak Silas, 30 te mennen yo deyò, e li te mande yo: “Mesye yo kisa mwen dwe fè pou m ta sove?”

    31 Yo te reponn: “Kwè nan Senyè a Jésus, e ou va sove, ou menm avèk lakay ou.” 32 Yo te pale li pawòl Senyè a, ansanm ak tout sila ki te lakay li yo.

    33 Li te pran yo nan menm lè nwit sa a, li te lave blesi yo, e imedyatman, li te batize, li menm avèk tout lakay li. 34 Li te mennen yo lakay li e te mete manje devan yo. Li te rejwi anpil, akoz li te kwè nan Bondye avèk tout lakay li.

  13. 12 Alò, men kisa m ap di. Nou chak ap di: “Mwen se moun Paul”, “Mwen se moun Apollos”, “Mwen se moun Céphas”, e “Mwen se moun Kris la”. 13 Èske Kris la vin divize? Èske Paul te krisifye pou nou? Oswa èske nou te vin batize nan non Paul? 14 Mwen remèsye Bondye ke m pa t batize okenn nan nou sof ke Crispus ak Gaïus, 15 pou okenn moun pa ka di ke nou te batize nan non mwen. 16 Alò, mwen te batize tout fanmi Stéphanas la; anplis de sa, mwen pa konnen si m te batize okenn lòt moun. 17 Paske Kris pa t voye m pou batize, men pou preche bòn nouvèl la pa avèk bèl pawòl moun save yo, pou ke kwa Kris la pa ta vin anile.

  14. 12 Paske menm jan ke kò a se yon sèl, men gen anpil manm, e tout manm kò yo, malgre ke yo anpil, yo se yon sèl kò konsa tou Kris la ye. 13 Paske pa yon sèl Lespri, nou tout te batize nan yon sèl kò, kit Jwif, kit Grèk, kit esklav, kit lib, e nou tout te fèt pou bwè nan yon sèl Lespri.

    14 Paske kò a se pa yon sèl manm, men anpil manm.

  15. 15 Li te di yo: “Ale nan tout lemonn e preche bòn nouvèl la a tout kreyasyon an. 16 Sila ki kwè e vin batize yo, va sove; men sila ki pa kwè yo, va kondane.

  16. 8 Mwen batize nou avèk dlo, men Li va batize nou avèk Lespri Sen an.”

    9 Nan jou sa yo, Jésus te sòti Nazareth nan Galilée, e te batize pa Jean nan Jourdain an. 10 Nan menm moman ke Li te sòti nan dlo a, Li te wè syèl la vin louvri, e Lespri a kon yon toutrèl te vin desann sou Li. 11 Yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”

  17. 5 Jérusalem avèk tout Judée t ap vin kote l, avèk tout zòn ozanviwon Jourdain an. 6 Yo t ap batize pa li menm nan lariviyè Jourdain an pandan yo t ap konfese peche yo.

    7 Men lè li te wè anpil Farizyen avèk Sadiseyen ki t ap vini pou batèm nan, li te di yo: “Men yon bann vipè; kilès ki te di nou chape anba kòlè k ap vini an? 8 Pou sa, pote yon fwi ki dign de repantans lan. 9 Pa sipoze ke nou kapab di pwòp tèt nou: ‘Nou gen Abraham kòm papa’. Paske m ap di nou ke Bondye kapab fè leve soti nan wòch sa yo, pitit Abraham yo.

  18. 3 Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”

    4 Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”

    5 Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la. 6 Sa ki ne nan lachè se lachè, men sa ki ne nan Lespri, se Lespri.

  19. 1 Konsa, mwen menm, prizonye a Senyè a, mwen priye nou pou nou mache nan yon manyè dign de apèl avèk sila yo te rele nou an, 2 avèk tout imilite ak dousè, avèk pasyans, nan montre tolerans pou youn lòt nan lanmou, 3 nan rete dilijan pou konsève linite Lespri a, e nan lyen lapè. 4 Gen yon kò ak yon Lespri, menm jan ke nou te rele nan yon sèl espwa de apèl nou an; 5 yon sèl Senyè, yon sèl lafwa, yon sèl batèm, 6 yon sèl Bondye e Papa tout moun ki, sou tout bagay, pami tout bagay e nan tout bagay.

  20. 1 Pou sa, lè Senyè a te konnen Farizyen yo te tande Jésus t ap batize plis disip pase Jean 2 (men Jésus Li menm pa t ap batize, men disip Li yo t ap fè l),

  21. 8 Crispus, dirijan sinagòg la, te vin kwè nan Senyè a avèk tout lakay li, e anpil nan Korentyen yo, lè yo te tande sa, yo te vin kwè, e yo te batize.

  22. 29 Nan jou aprè li te wè Jésus ki t ap vin kote l e te di: “Men gade Jenn Mouton Bondye a k ap retire peche mond lan. 30 Se te anfavè Li ke mwen te pale a lè mwen te di: ‘Sila ki vini aprè mwen an pi wo pase m, paske li te egziste avan m.’ 31 Epi mwen pa t rekonèt Li, men se pou Li ta kapab fè parèt a Israël, ke m te vini pou batize moun avèk dlo.”

    32 Jean te fè temwayaj epi te di: “Mwen wè Lespri a vin desann kon yon toutrèl ki soti nan syèl la epi Li te rete sou Li. 33 Mwen pa t rekonèt Li, men sila a ki te voye m pou batize avèk dlo te di mwen, ‘Li menm sou kilès ou wè Lespri a desann epi rete sou Li a, se Li menm k ap batize avèk Lespri Sen an.’

  23. 12 “Yon sèten Ananias, yon mesye fidèl pa règ Lalwa a, e byen pale pa tout Jwif ki te rete la yo 13 te vin kote mwen, te kanpe toupre m, e te di mwen: ‘Frè Saul, resevwa vizyon ou! Epi nan menm moman an, mwen te gade anlè e te wè li.

    14 “Li te di: ‘Bondye a zansèt nou yo te nome ou pou konnen volonte l, pou wè Sila Ki Jis la, e pou tande yon pawòl ki sòti nan bouch Li. 15 Paske ou va yon temwen pou Li a tout moun de sila ou wè ak tande yo. 16 Koulye a poukisa ou fè reta? Leve, batize e lave peche ou yo, pandan w ap rele non Li.

  24. 10 Foul la ki t ap kesyone li, t ap di: “Alò, kisa pou nou ta fè?”

    11 Li te reponn yo, e te di: “Ke moun ki gen de tinik lan pataje avèk sila ki pa genyen an, e ke sila ki gen manje a fè menm jan an.”

    12 Anplis, ajan kolektè kontribisyon yo te vini pou batize. Yo t ap mande l: “Mèt, kisa nou dwe fè?”

    13 Li te di yo: “Pa kolekte plis ke yo mande nou pran.”

    14 Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”?

    Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”

    15 Alò, pandan pèp la t ap antisipe, e t ap reflechi nan kè yo sou Jean, pou konprann si se Kris la ke li te ye, 16 Jean te reponn. Li te di yo tout: “Kanta mwen menm, mwen ap batize nou avèk dlo. Men gen Youn k ap vini ki pi pwisan pase m; menm lasèt sandal Li, mwen pa dign pou demare. Li va batize nou avèk Lespri Sen an, e avèk dife. 17 Laye vannen an deja nan men L, pou netwaye glasi a nèt, e ranmase tout ble antre nan depo Li; men l ap brile pay yo avèk dife ki pa kapab etenn.”

  25. 4 Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: “Pa kite Jérusalem, men tann sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan. 5 Paske Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an pa a anpil jou de kounye a.”

  26. 1 Paske mwen pa vle ke nou san konprann, frè m yo, ke tout zansèt nou yo te anba nyaj la, e yo tout te pase nan lanmè a. 2 Epi yo tout te batize nan Moïse nan nyaj la ak nan lanmè a; 3 e yo tout te manje menm manje lespri a. 4 Yo tout te bwè menm bwason lespri a, paske yo te bwè nan yon wòch lespri ki te swiv yo; e wòch la se te Kris la.

  27. 4 Jean Baptiste te parèt nan savann nan pou preche batèm repantans lan pou padon peche yo.

    5 Tout peyi Judée a t ap prale bò kote li avèk tout pèp Jérusalem lan. Konsa, yo t ap batize pa li menm nan larivyè Jourdain an. Yo t ap konfese peche yo.

  28. 14 Yon sèten fanm yo te rele Lydie, ki te sòti nan vil Thyatire, yon machann twal mov, yon adoratris Bondye, te tande nou. Senyè a te louvri kè l pou reponn a bagay ke Paul t ap pale yo. 15 Lè li menm ak tout lakay li te batize, li te ankouraje nou e te di: “Si nou jije mwen fidèl a Senyè a, vin lakay mwen pou rete.” E li te konvenk nou de sa.

  29. 15 “Epi lè mwen te kòmanse pale Lespri Sen an te vin tonbe sou yo menm jan ke li te fè sou nou nan kòmansman an. 16 Konsa, mwen te sonje pawòl Senyè a, jan Li te konn di a: ‘Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an.’

    17 “Donk, si Bondye te bay yo menm don ak nou, lè nou te vin kwè nan Senyè Jésus Kri a, kilès mwen te ye pou m ta kab anpeche Bondye?”

  30. 24 “‘“Paske Mwen va retire nou soti nan nasyon yo, rasanble nou soti nan tout peyi yo pou mennen nou antre nan pwòp peyi pa nou an. 25 Epi Mwen va flite yon dlo pwòp sou nou e nou va vin pwòp. Mwen va netwaye nou de tout sa ki malpwòp nan nou, e de tout zidòl nou yo. 26 Anplis, Mwen va bay nou yon kè tounèf e Mwen va mete yon lespri tounèf anndan nou. Epi Mwen va retire kè wòch la soti nan chè nou pou bay nou yon kè ki fèt ak chè. 27 Mwen va mete Lespri M anndan nou, fè nou mache nan règleman Mwen yo e nou va fè atansyon pou swiv tout lwa Mwen yo.

  31. 17 Konsa, Ananias te sòti. Li te antre nan kay la, e lè l fin poze men l sou li, li te di: “Frè Saul, Senyè Jésus a ki te parèt devan ou nan wout la lè ou t ap vini an, Li voye m pou ou kapab wè ankò e pou ou kapab ranpli avèk Lespri Sen an.”

    18 Imedyatman bagay tankou kal te sòti tonbe nan zye li, e li vin wè ankò. Li te leve e te batize.

  32. 24 Alò, yon sèten Jwif ki te rele Apollos, ki te ne nan Alexandrie, yon nonm ki te konn pale byen, e ki te fò nan Ekriti Sen yo te vini Éphèse. 25 Mesye sa te enstwi nan chemen Bondye a. E avèk fevè Lespri a, li t ap pale e t ap enstwi byen klè tout bagay konsènan Jésus, men te konnen sèlman batèm a Jean an. 26 Li te kòmanse pale avèk gwo kouraj nan sinagòg la. Men lè Priscille ak Aquilas te tande l, yo te rale l akote pou te eksplike li chemen Bondye a pi klè.

    27 Lè Apollos te vle travèse a Achaïe, frè yo te ankouraje li, e te ekri a disip yo pou ankouraje li. Lè l te rive, li te anpil èd pou sila ki te kwè pa gras yo. 28 Paske avèk pouvwa li te demanti Jwif yo an piblik, e li te montre atravè Ekriti Sen yo ke Jésus se te Kris la.

  33. 22 Apre bagay sa yo, Jésus avèk disip Li yo te vini nan peyi Judée, e la Li t ap pase tan avèk yo epi t ap batize.

    23 Konsa, Jean osi t ap batize nan Enon, toupre Salim, paske te gen anpil dlo la. E yo t ap vini e t ap batize.

  34. 29 Otreman, kisa sila yo ki batize pou mò yo va fè? Si mò yo pa leve menm, alò poukisa yo batize pou yo?

  35. 38 Men Jésus te di yo: “Nou pa konnen sa n ap mande a. Èske nou kapab bwè tas ke M ap bwè a, oubyen batize avèk batèm ke Mwen ap batize a?”

    39 Yo te di L: “Nou kapab”. Jésus te reponn yo: “Tas ke M ap bwè a, nou ap bwè. Epi nou ap batize avèk menm batèm ke M ap batize a.

  36. 21 Konsa, li te vin rive ke lè tout pèp la t ap batize, Jésus te batize tou. Epi pandan Li t ap priye, syèl la te vin ouvri, 22 e Lespri Sen an te desann sou Li nan fòm tankou yon toutrèl. E yon vwa te sòti nan syèl la: “Ou menm se Fis byeneme Mwen an; nan Ou menm, Mwen byen kontan.”

  37. 50 “Men Mwen gen yon batèm pou M pase, e kijan sa twouble M jiskaske li fin acheve!

  38. 3 Konsa, li te vini nan tout distri ki te antoure Jourdain yo, e li t ap preche yon batèm repantans pou padon peche yo.

  39. 19 E sa se temwayaj a Jean, lè Jwif yo te voye prèt yo avèk Levit yo pou mande l “Ki moun ou ye?”

    20 Li te konfese, li pa t nye, men li te konfese:

    “Mwen menm se pa Kris la.”

    21 Konsa yo mande li: “E byen, kisa?” Èske ou menm se Elie?

    Li te di: “Non mwen pa Li.”

    “Èske ou menm se Pwofèt la?” Li te reponn: “Non.”

    22 Konsa yo di l: “Kilès ou ye, pou nou kapab bay yon repons a sa ki te voye nou yo? Kisa ou di selon ou menm?”

    23 Li te di: “Mwen menm se yon vwa k ap kriye nan savann nan, ‘Fè chemen Bondye a dwat’, kon pwofèt la, Ésaïe te di.”

    24 Alò, se te Farizyen yo ki te voye yo. 25 E yo te mande l, e te di l: “Ebyen poukisa w ap batize si se pa Kris la, ni Elie, ni Pwofèt la ou ye?”

    26 Jean te reponn yo konsa: “Mwen batize nou avèk dlo, men pami nou, kanpe youn ke nou pa konnen.

  40. 25 Batèm a Jean an, kibò li sòti? Èske sous li se syèl la, oubyen lòm?”

    Konsa, yo te kòmanse rezone pami yo menm. Yo te di: “Si nou di ‘syèl la’, L ap di nou ‘ebyen poukisa nou pa t kwè l?’

  41. 29 Lè tout pèp la avèk kolektè kontribisyon yo te tande sa, yo te rekonèt jistis Bondye; akoz yo te batize avèk batèm Jean an. 30 Men Farizyen yo avèk avoka yo te rejte volonte a Bondye pou yo menm, akoz ke yo pa t batize avèk batèm a Jean an.

  42. 1 Konsa, nan kite enstriksyon elemantè sou Kris la, annou pouse de lavan vè matirite. Nou p ap poze ankò yon fondasyon repantans ki soti nan zèv mò yo, ak lafwa anvè Bondye, 2 lenstriksyon sou lave ak poze men yo, rezirèksyon a mò yo ak jijman etènèl la.

  43. 4 Moïse te ekri tout pawòl SENYÈ a yo.

    Konsa, li te leve granmmaten e li te bati yon lotèl nan pye mòn nan avèk douz pilye pou douz tribi Israël yo. 5 Li te voye jèn mesye nan fis Israël yo, yo te ofri ofrann brile e yo te fè sakrifis jèn towo kòm ofrann lapè bay SENYÈ a.

    6 Moïse te pran mwatye nan san an. Li te mete li nan basen yo, e lòt mwatye san an li te aspèje li sou lotèl la. 7 Epi li te pran liv akò a, e li te li li nan zòrèy a tout pèp la. Epi yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a pale, nou va fè yo, e nou va obeyi yo.”

    8 Alò, Moïse te pran san an. Li te aspèje li sou pèp la. Li te di: “Gade byen san akò a, ke SENYÈ a te fè avèk nou selon tout pawòl sa yo.”

  44. 17 “SENYÈ a te pale a Moïse Li te di l: 18 Ou va osi fè yon basen lave an bwonz, avèk yon baz an bwonz, pou lave. Ou va mete li antre tant reyinyon an avèk lotèl la, e ou va mete dlo ladann. 19 Aaron avèk fis li yo va lave men yo ak pye yo ladann. 20 Lè yo antre nan tant reyinyon an, yo va lave avèk dlo, jis pou yo pa mouri; oswa lè yo pwoche lotèl la pou fè sèvis, pou ofri anlè nan lafimen, yon ofrann dife vè SENYÈ a. 21 Epi yo va lave men yo ak pye yo pou yo pa mouri. Konsa, li va yon règleman k ap la pou toujou, pou Aaron avèk desandan li yo pami tout jenerasyon yo.”