51 Bible Verses About Reading the Bible

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Reading the Bible
  1. 12 Vrèman, tout moun ki dezire viv yon vi sentete nan Kris Jésus va pèsekite.

    13 Men moun mechan ak moun twonpè yo va avanse soti nan mal pou rive nan pi mal nan twonpe moun ak vin twonpe.

    14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

    16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  2. BETH

    9 Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot?

    Nan kenbe li selon pawòl Ou.

    10 Ak tout kè mwen, mwen te chache Ou.

    Pa kite mwen vin egare e kite lòd Ou yo.

    11 Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m,

    pou m pa t peche kont Ou.

    12 Beni se Ou menm SENYÈ a.

    Enstwi mwen nan règleman Ou yo.

    13 Avèk lèv mwen, mwen te pale selon

    tout òdonans bouch Ou yo.

    14 Mwen te rejwi nan chemen temwayaj Ou yo,

    konsi se nan tout richès yo.

    15 Mwen va reflechi sou règleman Ou yo,

    e okipe chemen Ou yo.

    16 Mwen va rejwi nan lòd Ou yo.

    Mwen p ap bliye pawòl Ou.

  3. 7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.

    8 “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.

    9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

  4. 1 Apre sa, Lespri Sen an te mennen Jésus nan savann nan pou L ta kapab tante pa Satan. 2 Lè Li te fin fè jèn karant jou avèk karant nwit lan, Li te grangou. 3 Konsa, Tantatè a te parèt, e te di Li: “Si Ou se Fis Bondye a, kòmande wòch sa yo vin pen.”

    4 Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.

  5. 13 Pou rezon sa a, nou, tout tan, bay Bondye remèsiman ke lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te tande de nou an, nou te aksepte li pa kòm yon pawòl a lòm, men pou sa li vrèman ye a, pawòl Bondye a, ki anplis fè travay li nan nou menm ki kwè yo.

  6. 1 Konsa, tout pèp la te rasanble kon yon sèl moun nan plas ki te devan Pòtay Dlo a. E yo te pale ak Esdras, skrib la, pou mennen liv lalwa Moïse la ke SENYÈ a te bay a Israël la. 2 Epi Esdras, prèt la, te pote lalwa a devan asanble a mesye yo avèk fanm yo, tout moun te kab koute avèk bon konprann, nan premye jou nan setyèm mwa a. 3  Li te li nan liv la devan plas ki te devan Pòtay Dlo a soti granmaten jis rive midi, nan prezans a mesye ak fanm ki te atantif a liv lalwa a.

  7. 10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,

    e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,

    pou fè l donnen e boujonnen,

    pou fè l bay semans pou kiltivatè,

    ak pen pou sila k ap manje a;

    11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.

    Li p ap retounen kote Mwen vid,

    san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,

    san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.

  8. 4 Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa.

  9. 14 M ap ekri bagay sa yo bannou, avèk esperans ke m ap vin kote nou avan lontan, 15 men an ka ke mwen pran reta, mwen ekri yo pou nou kab konnen kijan yon moun ta dwe kondwi tèt li nan kay Bondye a, ki se legliz a Bondye vivan an, ki se pilye ak soutyen verite a.

    16 San gen diskisyon, gran se mistè lavi sentete a:

    Sila ki

    Te revele nan lachè a,

    Te jistifye nan Lespri a

    Te wè pa zanj yo,

    Te pwoklame pami nasyon yo,

    Te resevwa kwayans mond lan,

    Te leve wo nan laglwa a.

  10. Liv I

    1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy

    mechan yo

    ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,

    2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.

    Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.

    3 Li va tankou yon pyebwa ki plante

    bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.

    Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.

  11. NUN

    105 Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e

    yon limyè nan pa pye mwen.

  12. 3 “Li te fè nou vin enb e grangou. Epi konsa, Li te bannou manje lamàn ke nou pa t janm konnen, ni zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou konprann ke lòm pa viv sèlman pa pen, men lòm viv pa tout bagay ki sòti nan bouch SENYÈ a.

  13. 1 Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.

    2 Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan. 3 Anplis, Li menm se refleksyon laglwa Li, ak reprezantasyon egzakt de nati Li. Se Li ki bay soutyen a tout bagay pa pawòl a pouvwa Li a.

    Lè li te fin pirifye tout peche yo, Li te monte chita sou bò dwat a Majeste anwo a.

  14. 12 Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo. 13 Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije rannkont.

  15. 1 Nan jou sa a, yo te li soti nan liv Moïse la, nan tande a pèp la, epi li te twouve ekri ladann ke ni Amonit ni Moabit pa ta janm dwe antre nan asanble Bondye a, 2 paske yo pa t rankontre fis Israël yo avèk pen avèk dlo, men te anplwaye Balaam kont yo pou bay yo madichon. Men Bondye nou an te vire madichon an fè l vin benediksyon. 3 Pou sa, lè yo te tande lalwa a, yo te mete tout etranje yo deyò Israël.

  16. 34 Epi apre, li te li tout pawòl lalwa yo, benediksyon yo avèk malediksyon yo, selon tout sa ki ekri nan liv lalwa a. 35 Pa t gen menm yon mo nan tout sa ke Moïse te kòmande yo ke Josué pa t li devan tout asanble Israël la, avèk fanm ak pitit yo ak etranje ki te rete pami yo.

  17. 10 Èske nou pa t menm li Ekriti sila a?:

    ‘Wòch ke moun ki t ap bati yo te refize a;

    sila a te devni wòch ang prensipal la.

    11 Sa te vin rive soti nan Bondye,

    e se yon mèvèy nan zye nou.’?”

  18. 11 “Alò, parabòl la se sa: Semans lan se pawòl Bondye a.

    12 “Sila yo akote wout la se sila yo ki te tande; epi dyab la vin rache pawòl la nan kè yo, pou yo pa kwè e vin sove.

    13 “Sila yo nan tè plen wòch la se sila yo ke lè yo tande, resevwa pawòl la avèk jwa, men yo pa gen rasin. Yo kwè pou yon tan, epi nan tan tantasyon, yo lage tonbe.

    14 “Semans ki te tonbe pami pikan yo se sila yo ki te tande, epi pandan yo ap fè wout yo, yo vin trangle avèk pwoblèm pa yo ak richès a vi sa a. Konsa yo pa pote fwi ki vin mi.

    15 “Semans nan bon tè a se sila yo ki te tande pawòl la avèk yon kè onèt e bon, e ki kenbe fèm, k ap pote fwi avèk pèseverans.

  19. 7 Epi li te pran liv akò a, e li te li li nan zòrèy a tout pèp la. Epi yo te di: “Tout sa ke SENYÈ a pale, nou va fè yo, e nou va obeyi yo.”

  20. 19 Lè nenpòt moun tande pawòl wayòm nan e li pa konprann li, mechan an (Satan) vini rache sa ki te plante nan kè li a. Sa se grenn ki te simen akote wout la. 20 Sa ki te simen nan wòch yo se moun ki tande pawòl la e imedyatman li resevwa l avèk jwa; 21 men li pa gen rasin pou kont li, e li dire sèlman pou yon moman. Lè gen afliksyon avèk pèsekisyon akoz pawòl la, byen vit li chite. 22 Epi sila ki te simen pami pikan yo se moun ki tande pawòl la, men tout pwoblèm mond sa a, avèk sediksyon richès yo toufe pawòl la, e li pa donnen fwi. 23 Konsa, sila ki te gen grenn ki tonbe nan bon tè a, se moun ki tande pawòl la e ki konprann li. Li vrèman pote fwi ki pwodwi pafwa, san fwa, pafwa swasant fwa, e pafwa trant fwa sa li te simen an.”

  21. 4 Jésus te reponn li: “Li ekri. ‘Lòm pa viv sèlman sou pen.’”

  22. 26  Èske li pa t nesesè pou Kris la te soufri bagay sa yo, pou antre nan glwa Li?” 27 Answit, Li te kòmanse avèk Moïse, ak tout pwofèt yo, e Li te eksplike yo bagay konsènan Li menm nan tout Ekriti Sen yo.

  23. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

    17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  24. 13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.

  25. 2 Preche pawòl la; pa neglije fè l ni nan sezon favorab ak nan lè l pa favorab; reprimande, repwoche, egzòte, avèk anpil pasyans ak enstriksyon.

  26. 10 Moïse te kòmande yo e te di: “Nan fen chak sèt ane, nan sezon ane remisyon dèt nan Fèt Tonèl Yo, 11 lè tout Israël vini pou parèt devan SENYÈ a, Bondye nou an, kote ke Li va chwazi a, nou va li lwa sila a devan tout Israël pou yo tout tande l.

  27. 29 Men Jésus te reponn yo: “Nou twonpe nou. Nou pa konprann Ekriti Sen yo, ni pouvwa Bondye a.

  28. 11 Alò, Jwif sila yo te pi nòb pase sila nan Thessalonique yo, paske yo te resevwa pawòl la avèk yon gwo anvi. Yo te egzamine Ekriti yo chak jou pou wè si bagay sa yo se te konsa.

  29. 21 Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.

  30. 22 Akoz ke obeyisans a verite a te vin pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè, 23 paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.

    24 Paske:

    “Tout chè tankou zèb,

    e tout laglwa li tankou flè zèb la.

    Zèb la fennen, e flè a vin tonbe,

    25 men pawòl Senyè a dire pou tout tan.”

    E sa se pawòl ki te preche a nou menm nan.

  31. 16 Paske nou pa t swiv vye listwa koken lè nou te fè nou konnen pwisans ak retou a Senyè nou an, Jésus Kri, men zye nou te temwen majeste Li. 17 Paske, lè Li te resevwa laglwa ak lonè Bondye, Papa a, yon pawòl konsa te fèt a Li pa Laglwa Majeste a: “Sa se Fis byeneme Mwen an; avèk Li, Mwen byen kontan.” 18 Epi nou menm te tande pawòl sa yo, fèt depi nan syèl la, lè nou te avèk Li sou mòn sen an.

    19 Konsa, nou gen pawòl pwofesi yo fèt pi asire. A sila nou dwe prete atansyon an tankou se yon lanp k ap klere yon kote ki fènwa, jiskaske bajou kase e zetwal granmmaten an leve nan kè nou.

    20 Men konnen sa davans, ke nanpwen pwofesi nan lekriti sen an ki sijè a pwòp entèpretasyon prive. 21 Paske okenn pwofesi pa t janm fèt pa volonte a moun, men lèzòm, dirije pa Lespri Sen an te pale pawòl yo ki te soti nan Bondye.

  32. 2 Wa a te monte kote kay SENYÈ a ak tout mesye Juda yo, tout moun ki te rete Jérusalem avèk li yo, prèt yo ak pwofèt yo ak tout pèp la, ni gran, ni piti; epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl a liv akò a ki te twouve lakay SENYÈ a. 3 Wa a te kanpe akote pilye a pou te fè yon akò devan SENYÈ a, pou mache apre SENYÈ a, pou kenbe kòmandman avèk temwayaj li yo avèk règleman li yo avèk tout kè li ak tout nanm li, pou akonpli pawòl akò a ki te ekri nan liv sa a. Epi tout pèp la te antre nan akò a.

  33. 8 Zèb la fennen,

    flè a pèdi koulè l,

    men pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.”

  34. 34 “Anverite, Mwen di nou: Jenerasyon sila a p ap disparèt jouk lè ke tout bagay sa yo fin pase. 35 Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt.

  35. 17 Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la.

  36. 14 Men tèt yo te vin di; paske jis rive nan jou sa a, nan lekti ansyen akò a, menm vwal la rete toujou san leve, paske se jis nan Kris li vin leve. 15 Men jis rive nan jou sa a, lè ekriti Moïse la vin li, yon vwal kouvri kè yo.

  37. 15 Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.

  38. 8 Alò, Hilkija, wo prèt la, te di a Schaphan, skrib la: “Mwen te twouve liv lalwa a lakay SENYÈ a.” Konsa, Hilkija te bay liv la a Schaphan ki te li li. 9 Schaphan, skrib la, te rive kote wa a. Li te pote pawòl la kote wa a, e li te di: “Sèvitè ou yo te vide lajan ki te twouve nan kay la e yo te livre li nan men a ouvriye k ap dirije lakay SENYÈ a.” 10 Anplis, Schaphan, skrib la, te pale wa a e te di: “Hilkija, prèt la, te ban mwen yon liv.” Epi Schaphan te li li nan prezans a wa a.

    11 Lè wa a te tande pawòl a liv lalwa a, li te chire rad li. 12 Epi wa a te kòmande Hilkija, prèt la, Achikam fis a Schaphanb la, Acbor, fis a Michée a, a Schaphan, skrib la e a Asaja, sèvitè wa a: 13 “Ale mande a SENYÈ a pou mwen avèk pèp la ak tout Juda selon pawòl a liv sa a ki te twouve a. Paske gran se kòlè SENYÈ a ki brile kont nou, akoz zansèt papa nou yo pa t koute pawòl a liv sa a, pou fè selon tout sa ki ekri konsènan nou.”

  39. 30 Wa a te monte vè lakay SENYÈ a, e tout mesye Juda yo, pèp Jérusalem nan, prèt yo, Levit yo, e tout moun soti nan pi gran jis rive nan pi piti yo—epi li te li nan zòrèy yo, tout pawòl liv akò ki te twouve lakay SENYÈ a.

  40. 8 Yo te li nan liv la, soti nan lalwa Bondye a, e te tradwi pou fè yo konprann, pou yo ta kab byen sezi sa ki te li a.

  41. 7 Lalwa SENYÈ a pafè

    Li rekonfòte nanm.

    Temwayaj SENYÈ a vrè,

    k ap fè saj yo senp.

    8 Prensip a SENYÈ yo dwat,

    ki fè kè rejwi.

    Kòmandman SENYÈ a san tach.

    Li fè zye yo limen.

    9 Lakrent SENYÈ a pi;

    Li dire jis pou tout tan.

    Jijman SENYÈ yo vrè;

    Yo jis san manke.

    10 Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen.

    Yo pi dous pase myèl, pase siwo a

    ki tonbe nan gato myèl la.

    11 Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a

    resevwa avètisman pou fè atansyon.

    Pou sila ki kenbe yo, gen gran rekonpans.

  42. 17 “Pa panse ke Mwen te vini pou aboli Lalwa ak pwofèt yo. Mwen pa te vini pou aboli, men pou akonpli. 18 Paske vrèman Mwen di nou jiskaske syèl la avèk tè a disparèt, ni yon ti lèt, ni yon ti mak p ap disparèt nan Lalwa a, jiskaske tout bagay fin acheve. 19 Pou sa, nenpòt moun ki anile menm youn ki pi piti nan kòmandman sa yo, e bay enstriksyon a lòt pou fè sa, l ap rele pi piti nan wayòm syèl la. Men sila ki kenbe yo e enstwi lòt pou fè yo tou, li va rele pi gran nan wayòm syèl la.

  43. 42 Jésus te di yo:

    “Èske nou pa janm li nan Ekriti Sen yo,

    ‘Wòch ke sila ki t ap bati yo te rejte a,

    te devni wòch ang prensipal la.

    Sa te sòti nan Senyè a, e se te yon mèvèy nan zye nou.’?”

  44. 3 Jésus te reponn yo e te di: “Èske nou pa janm lisa ke David te fè lè li te grangou; li menm avèk sila ki te avèk li yo? 4 Kijan li te antre nan kay Bondye a, li te pran manjepen konsakre a, ki pa t pèmi pou pèsonn manje sof ke prèt yo sèl, e li te bay a sila ki te avè l yo?”

  45. 38 Sila ki kwè nan Mwen, tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’”

  46. 31 Konsa, Jésus t ap pale avèk Jwif yo ki te kwè nan Li, “Si nou kontinye nan Pawòl Mwen, anverite, nou se disip Mwen. 32 E nou va konnen laverite a, e verite a va fè nou lib.”

  47. 34 Jésus te reponn yo: “Èske li pa te ekri nan Lalwa pa w la ke: ‘Mwen di ke se dye yo nou ye’?

    35 “Si Li te rele yo dye yo, sila ki te resevwa pawòl Bondye yo (epi Ekriti Sen yo p ap kapab chanje), 36 èske ou di a Li menm, Sila a ke Papa a te fè sen, epi voye nan lemonn nan: ‘W ap blasfeme’ akoz Mwen di ke Mwen menm se Fis Bondye a?

  48. 17 Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.

  49. 32 “Epi koulye a, mwen rekòmande nou a Bondye ak pawòl lagras Li, ki kapab ranfòse nou, e bannou eritaj pami tout sila ki sen yo.

  50. 13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.” 14 Konsa kòman yo va rele Li si yo pa janm kwè? Kòman yo va kwè nan Li si yo pa janm tande? Epi kòman yo va tande san yon predikatè? 15 Kòman yo va preche yo si yo pa voye ba yo? Jis jan sa ekri a:

    “A la bèl pye a sila ki pote bòn nouvèl

    a bon bagay yo bèl!”

  51. 14 Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè san tach e san fot. 15 Konsidere pasyans a Senyè a kòm sali nou. Menmjan an osi ak frè byeneme nou an, Paul, te ekri nou, selon sajès ke li te resevwa a, 16 kòm osi nan tout lèt li yo, li te pale ak yo de bagay sa yo. Ladan yo, gen kèk bagay ki difisil pou konprann, ke sila ki san konprann e ki pa stab yo defòme, jan yo te fè osi ak tout lòt Ekriti sen yo, ki va gen kòm rezilta, pwòp destriksyon pa yo.

    17 Konsa, nou menm, byeneme yo, ki konnen sa davans, rete vijilan pou nou pa pote ale pa erè a moun san prensip yo, e tonbe kite pwòp fidelite nou. 18 Men grandi nan lagras ak konesans Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri.

    A Li menm, laglwa, menm koulye a, e nan jou letènite a. Amen.