79 Bible Verses About Trust

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Trust
  1. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

    7 Pa vin saj nan pwòp zye pa ou;

    krent SENYÈ a e vire kite mal.

    8 Li va sèvi kon yon gerizon pou kò ou,

    ak rafrechisman a zo ou.

  2. 3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,

    Ou va kenbe nan lapè pafè,

    akoz li gen konfyans nan Ou.

    4 Mete konfyans nan SENYÈ a jis pou tout tan,

    paske nan BONDYE SENYÈ a,

    nou gen yon Wòch etènèl.

  3. 15 “Veye nou ak fo pwofèt yo, ki vin kote nou ak vètman brebi; men anndan se lou visye yo ye. 16 Nou ap konnen yo pa fwi yo. Rezen pa janm soti nan raje pikan, ni fig frans nan move zèb. 17 Menm jan an, chak bon ab ap bay bon fwi, men yon move ab ap bay move fwi. 18 Yon bon ab p ap kapab bay move fwi, ni yon move ab p ap pwodwi bon fwi. 19 Chak ab ki pa bay bon fwi ap koupe jete nan lanfè. 20 Konsa, nou ap konnen yo pa fwi yo.

  4. 5 Konsa pale SENYÈ a:

    “Modi se moun ki mete konfyans nan lòm,

    ki fè lachè vin fòs li,

    ak kè a sila ki tounen lwen SENYÈ a.

    6 Paske li va tankou bwa raje nan dezè;

    li p ap janm wè lè bonè rive,

    men li va viv pami wòch savann nan dezè a,

    nan yon peyi sale, san moun ki rete ladann.

    7 “Beni se nonm ki konfye nan SENYÈ a,

    ak sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.

    8 Paske li va tankou yon ab ki plante kote dlo,

    ki lonje rasin li akote yon sous dlo.

    Li p ap pè lè chalè a rive, men fèy li yo va vèt.

    Li p ap twouble nan ane sechrès la,

    ni sispann bay fwi.

  5. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  6. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou. 13 Nou va chache Mwen e nou va jwenn Mwen lè nou chache M ak tout kè nou. 14 Mwen va vin twouve pa nou menm” deklare SENYÈ a: “Epi Mwen va restore bonte nou e ranmase nou soti nan tout nasyon yo ak plas kote Mwen te chase fè nou rive yo,” deklare SENYÈ a. “Epi Mwen va mennen nou fè nou retounen rive nan plas ke Mwen te fè nou pòte ale kon kaptif yo.”

  7. 3 Mete konfyans ou nan SENYÈ a, e fè sa ki bon.

    Demere nan peyi a e kiltive nan bon tè.

    4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.

    Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.

    5 Dedye chemen ou a SENYÈ a.

    Mete konfyans nan Li, e sa L ap fè:

    6 Li va mennen fè parèt ladwati ou kon limyè,

    Ak jijman ou klere kon midi.

    7 Pran repo nan SENYÈ a, e tann Li ak pasyans;

    Pa twouble ou akoz sila ki reyisi nan chemen li an,

    Akoz nonm nan ki reyisi fè manèv mechan li yo.

  8. 9 SENYÈ a va osi yon sitadèl pou sila ki oprime yo;

    yon sitadèl nan tan twoub la.

    10 Sila ki konnen non Ou yo, va mete konfyans yo nan Ou,

    paske Ou menm, SENYÈ, pa janm abandone

    sila ki mete konfyans nan Ou yo.

  9. 18 Veye byen, zye SENYÈ a sou sila ki krent Li yo,

    sou sila ki mete espwa yo nan lanmou dous Li a,

    19 pou delivre nanm pa yo devan lanmò,

    e kenbe yo vivan nan gwo grangou.

    20 Nanm nou ap tann SENYÈ a.

    Se Li menm ki sekou nou ak boukliye nou.

    21 Paske kè nou rejwi nan Li, akoz

    nou mete konfyans nou nan sen non Li.

    22 Kite lanmou dous Ou, O SENYÈ, vin poze sou nou,

    selon esperans ke nou te mete nan Ou a.

  10. 1 Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo. 2 Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo. 3 Men èske ou sipoze sa o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a? 4 Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans? 5 Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. 6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. 7 Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; 8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye.

  11. 1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.

    2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou.

  12. Pou direktè koral la. Yon powèm David lè Filisten yo te sezi li Gath.

    Chante pa melodi “Toutrèl San Chanson Nan Peyi Lwen An”

    1 Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye;

    Nan goumen tout lajounen, li vin oprime mwen.

    2 Lènmi m yo vle vale m tout lajounen.

    Yo anpil! Tout sila ki goumen ak ògèy kont mwen yo.

    3 Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.

    4 Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li!

    Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.

    Mwen p ap pè.

    Kisa lòm ka fè m?

  13. 19 Alò, nou konnen ke nenpòt sa ke Lalwa a di, li pale ak sila ki anba Lalwa yo, pou tout bouch kapab fèmen e pou tout mond lan kapab vin responsab devan Bondye. 20 Paske pa zèv Lalwa a, pa gen chè k ap jistifye nan zye Li; paske selon Lalwa a, vini konesans peche.

  14. 8 Finalman, frè m yo nenpòt sa ki vrè, nenpòt sa ki onorab, nenpòt sa ki dwat, nenpòt sa ki san tach, nenpòt sa ki emab, nenpòt sa ki gen bon repitasyon, si gen yon bagay ki ekselan e si gen yon bagay ki vo lwanj, se pou nou demere nan bagay sa yo. 9 Bagay nou te aprann, nou te resevwa, nou te tande e te wè nan mwen yo, pratike bagay sa yo; epi Bondye lapè a va avèk nou.

  15. 17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf. 18 Konsa, tout bagay sa yo sòti nan Bondye ki te rekonsilye nou a Li menm pa Kris la, e ki te bannou ministè rekonsilyasyon an. 19 Kòmsi ke Bondye te nan Kris ki t ap rekonsilye mond lan a Li menm, san konte ofans pa yo kont yo menm, e Li te livre bannou, pawòl a rekonsilyasyon an.

    20 Konsa, nou se ambasadè pou Kris, tankou si Bondye t ap sèvi nou pou sipliye lòt. Pou sa a, nou priye nou nan non a Kris la pou nou vin rekonsilye ak Bondye.

  16. 6 Mwen sezi ke nou ase vit ap abandone Sila ki te rele nou pa lagras a Kris la, pou yon lòt levanjil; 7 ki pa vrèman yon lòt, men sèlman gen kèk moun k ap twouble nou e ki vle defòme levanjil a Kris la. 8 Men menmsi nou menm, oubyen yon zanj ki soti nan syèl la, ta preche a nou yon levanjil ki apa de sila nou te preche a nou menm nan, li ta dwe madichonnen. 9 Jan nou te di nou avan an, donk mwen di nou koulye a ankò, si yon moun ap preche nou yon levanjil ki kontrè de sila nou te resevwa a, li dwe madichonnen.

  17. 1 Jacques, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, ak Senyè a, Jésus Kris, a douz tribi ki gaye a letranje yo, salitasyon.

    2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.

    5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li.

  18. 1 Malè a sila ki desann Égypte pou sekou yo,

    ki depann de cheval yo,

    ki fè konfyans a cha yo paske yo anpil,

    ak nan chevalye yo paske yo tèlman fò;

    men yo pa gade sou Sila Ki Sen an Israël la,

    ni chache SENYÈ a!

    2 Men anplis, Li saj;

    Li va mennen dezas;

    Li p ap retire pawòl Li menm;

    men Li va leve kont kay malfektè yo,

    ak kont sekou a sila ki fè mechanste yo.

    3 Alò, Ejipsyen yo se moun.

    Se pa Bondye.

    Cheval yo se chè; se pa lespri.

    Pou sa, SENYÈ la va lonje men L;

    sila k ap bay sekou a va glise tonbe.

    Sila ki resevwa sekou a va tonbe,

    e yo tout va rive fini ansanm.

  19. 12 Alò, nou pa resevwa, lespri mond lan, men Lespri ki sòti nan Bondye a, pou nou kapab konnen bagay ke Bondye bannou gratis yo. 13 Sou bagay sa yo nou pa pale ak pawòl sajès de moun ki soti nan lòm, men pito ak pawòl Lespri Sen an, ki konpare bagay lespri yo ak bagay lespri yo. 14 Men yon nonm nan eta natirèl li, pa aksepte bagay a Lespri Bondye yo, paske se foli yo ye pou li. Li pa kapab konprann yo, paske yo ka jije sèlman pa yon lespri k ap viv nan Bondye. 15 Men sila ki reflechi ak yon lespri ki soti nan Bondye a, jije tout bagay, men li menm p ap jije pa okenn moun.

  20. 14 Chèche lapè avèk tout moun, avèk sanktifikasyon. San sa a, pèsòn p ap wè Senyè a. 15 Fè si ke pèsòn pa manke rive nan gras Bondye a; pou okenn rasin anmè pa vin monte pou fè twoub, e pa li menm, anpil moun ta vin konwonpi.

  21. 3 Se konsa nou konnen ke nou gen tan konnen Li, si nou kenbe kòmandman Li yo. 4 Sila ki di “Mwen gen tan konnen Li,” men pa kenbe kòmandman Li yo, se yon mantè, epi laverite a pa nan li. 5 Men nenpòt ki kenbe pawòl Li, nan li lamou Bondye a vrèman gen tan vin konplete. Men ki jan nou konnen ke nou se nan li: 6 Sila ki di ke l ap reste nan Li ta dwe, li menm, mache menm jan ke Li te mache.

  22. 5 Ofri sakrifis ladwati yo.

    Mete konfyans nan SENYÈ a.

  23. Yon sòm David

    1 A Ou menm, O SENYÈ, mwen leve nanm mwen.

    2 O Bondye mwen, nan Ou, mwen mete konfyans mwen.

    Pa kite mwen vin wont;

    pa kite lènmi m yo fè fèt sou mwen.

    3 Anverite, nanpwen nan sila ki tann Ou yo ki va wont;

    sila ki fè konplo kont Ou san koz yo, va wont.

    4 Fè m konnen pa Ou yo, O SENYÈ;

    enstwi m nan chemen Ou yo.

    5 Mennen mwen nan verite Ou e enstwi mwen,

    Paske se Ou menm ki Bondye delivrans mwen;

    se Ou m ap tann tout lajounen.

  24. 7 SENYÈ a se fòs mwen ak boukliye mwen.

    Kè m mete konfyans nan Li, e mwen

    jwenn sekou.

    Pou sa, kè m leve wo nèt.

    Avèk chanson mwen, mwen va di Li mèsi.

  25. 4 Zidòl yo se ajan ak lò, zèv men a lòm.

    5 Yo gen bouch, men yo pa kab pale.

    Yo gen zye, men yo pa kab wè.

    6 Yo gen zòrèy, men yo pa kab tande.

    Yo gen nen, men yo pa kab santi anyen.

    7 Yo gen men, men yo pa kab manyen.

    Yo gen pye, men yo pa kab mache.

    Nanpwen okenn bri ki sòti nan gòj yo.

    8 Sila ki mete konfyans nan yo va tankou yo.

    Wi, tankou tout moun ki fè yo konfyans yo.

    9 O Israël, mete konfyans ou nan SENYÈ a!

    Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.

    10 O lakay Aaron, mete konfyans ou nan SENYÈ a;

    Se Li menm ki sekou ak boukliye yo.

    11 Nou menm ki gen lakrent SENYÈ a,

    mete konfyans nou nan SENYÈ a.

    Se Li menm ki sekou yo ak boukliye yo.

  26. 16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

  27. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.

  28. 1 Alò, lafwa se asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.

  29. 5 Nou va renmen SENYÈ a, Bondye nou an, avèk tout kè nou, avèk tout nanm nou, e avèk tout fòs nou. 6 Pawòl sa yo ke mwen ap kòmande nou jodi a, va sou kè nou. 7 Nou va enstwi yo avèk dilijans a fis nou yo, e nou va pale sou yo lè nou chita lakay nou, lè nou mache nan chemen, lè nou kouche, ak lè nou leve.

  30. 5 Men mwen va mete konfyans mwen nan lanmou dous Ou a;

    Kè m va rejwi nan delivrans ou

    6 Mwen va chante a SENYÈ a,

    paske Li te aji ak bon kè avè m.

  31. 6 Paske li p ap janm ebranle.

    Moun dwat la va sonje jis pou tout tan.

    7 Li p ap krent move nouvèl.

    Kè Li fèm ak konfyans nan SENYÈ a.

  32. 7 Reponn mwen vit, O SENYÈ, lespri m vin febli;

    Pa kache figi Ou sou mwen, oswa mwen va vini kon sila ki desann nan fòs yo.

    8 Kite mwen tande lanmou dous Ou a nan granmmaten,

    paske mwen mete konfyans mwen nan Ou.

    Enstwi mwen nan chemen ke m ta dwe mache a,

    paske se a Ou ke mwen leve nanm mwen.

  33. 29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,

    e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

    30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,

    e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;

    31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  34. 19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.

  35. 14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

    16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  36. 14 Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè san tach e san fot. 15 Konsidere pasyans a Senyè a kòm sali nou. Menmjan an osi ak frè byeneme nou an, Paul, te ekri nou, selon sajès ke li te resevwa a, 16 kòm osi nan tout lèt li yo, li te pale ak yo de bagay sa yo. Ladan yo, gen kèk bagay ki difisil pou konprann, ke sila ki san konprann e ki pa stab yo defòme, jan yo te fè osi ak tout lòt Ekriti sen yo, ki va gen kòm rezilta, pwòp destriksyon pa yo.

    17 Konsa, nou menm, byeneme yo, ki konnen sa davans, rete vijilan pou nou pa pote ale pa erè a moun san prensip yo, e tonbe kite pwòp fidelite nou.

  37. 5 Men mesaj la ke nou te tande a Li, epi te anonse a nou menm, ke Bondye se limyè, epi nan Li nanpwen tenèb ditou.

    6 Si nou di ke nou gen kominyon avè Li, men nou mache nan tenèb la, nou manti epi pa pratike laverite a. 7 Men si nou mache nan limyè a, menm jan ke Li menm se nan limyè a, nou gen kominyon youn avèk lòt, epi san a Jésus, Fis Li, netwaye nou de tout peche.

    8 Si nou di ke nou pa gen peche, n ap pase pwòp tèt nou nan desepsyon, epi laverite a pa nan nou. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.

    10 Epi si nou di ke nou pa peche, nou fè Li menm yon mantè, epi pawòl Li pa nan nou.

  38. 15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa.

  39. 14 Men pou mwen, mwen mete konfyans nan Ou, O SENYÈ.

    Mwen di: “Se Ou menm ki Bondye mwen”.

    15 Moman mwen yo nan men Ou.

    Delivre mwen nan men a lènmi mwen yo,

    avèk sila ki pèsekite mwen yo.

  40. 10 Anpil se tristès a mechan yo,

    men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a,

    se lanmou dous ki va antoure li.

    11 Fè kè kontan nan SENYÈ a e rejwi, nou menm ki jis!

    Rele avèk jwa, nou tout ki dwat nan kè nou yo.

  41. 8 Men pou mwen menm, mwen tankou yon pye doliv vèt lakay Bondye.

    Mwen mete konfyans mwen nan lanmou dous Bondye a

    pou tout tan e pou tout tan.

  42. 25 Lakrent a lòm mennen yon pèlen;

    men sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a va leve wo.

  43. 2 Gade byen, Bondye se delivrans mwen. Mwen va fè Li konfyans e mwen pa pè, paske SENYÈ BONDYE a se fòs mwen ak chan mwen; se Sila ki te devni sali mwen an.”

  44. 13 Men nou pa vle nou manke konnen, frè m yo, de sila ki mouri yo, pou nou pa atriste menm jan ak lòt ki pa gen okenn espwa yo. 14 Paske si nou kwè ke Jésus te mouri e te leve ankò, menm jan an, Bondye va pote avèk Li menm sila ki gen tan mouri nan Jésus yo.

    15 Paske nou di nou sa selon pawòl Senyè a, pou nou menm ki vivan yo, e ki rete jiska vini Senyè a, nou p ap rive avan sila ki gen tan mouri yo.

    16 Paske Senyè a Li menm va desann soti nan syèl la avèk yon gwo kri, avèk vwa akanj lan e avèk twonpèt Bondye a. Konsa, mò an Kris yo va leve premyèman. 17 Epi nou menm ki vivan, e ki rete yo, va jwenn nou ansanm avèk yo nan nyaj yo pou rankontre Senyè a anlè. Se konsa, nou va avèk Senyè a jis pou tout tan.

    18 Pou sa a, rekonfòte youn lòt avèk pawòl sa yo.

  45. 28 Sila ki mete konfyans nan richès li va vin tonbe;

    men moun dwat la va grandi tankou fèy vèt sou pyebwa.

  46. 20 Sila ki bay atansyon a pawòl la va jwenn sa ki bon;

    beni se sila ki mete konfyans li nan SENYÈ a.

  47. 25 Yon nonm awogan ap pwovoke konfli;

    men sila ki mete konfyans nan SENYÈ a va pwospere.

  48. 26 Sila ki mete konfyans nan pwòp kè li a se yon moun fou;

    men sila ki mache ak sajès la va delivre.

  49. 16 Pou sa, Senyè BONDYE a di: “Gade byen, Mwen ap poze nan Sion yon wòch, yon wòch eprèv, yon wòch ang prensipal pou fondasyon ki plase byen solid la. Sila ki kwè nan li a, p ap twouble menm.

  50. 1 “Malè a pitit k ap fè rebèl yo”, deklare SENYÈ a: “Sila ki resevwa konsèy, men ki pa pa M; ki fè yon alyans, men pa nan Lespri pa M, pou ogmante peche sou peche; 2 ki fè wout desann an Égypte san konsilte Mwen, pou yo ka fè azil, pou Farawon bay yo sekirite, e pou yo chache pwotèj nan lonbraj Égypte! 3 Akoz sa, sekirite Farawon va vin wont nou, e pwotèj nan lonbraj Égypte la va fè imilyasyon nou.

  51. 19 “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. 20 Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè. 21 Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.

  52. 8 Pèp sa a onore M avèk lèv yo,

    men kè yo byen lwen Mwen.

    9 An ven yo adore M;

    lè yo enstwi kòm doktrin, prensip a lòm.

  53. 17 “Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’

    18 “Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo. 19 Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”

    20 “Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’

  54. 6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.

  55. 37 Barnabas te vle pran Jean Marc pou ale avèk yo tou.

    38 Men Paul te ensiste ke yo pa ta dwe pran li ki te abandone yo nan Pamphylie, e pa t akonpanye yo nan travay la.

    39 Yo te vin tèlman pa dakò ke yo te separe youn de lòt. Barnabas te pran Marc avè l e te pran bato a vwal pou Chypre.

  56. 17 Konsa lafwa soti nan tande, e tande pa pawòl a Kris la.

  57. 17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan.

  58. 7 Paske Bondye pa bannou yon lespri timidite, men pouvwa, lanmou ak disiplin.

  59. 11 Tout disiplin, nan moman an, sanble pa bay lajwa, men tristès. Malgre a sila ki fin antrene pa li yo, li vin bay fwi lapè ladwati a.

  60. 17 Paske li lè pou jijman kòmanse avèk manm lakay Bondye yo. E si li kòmanse avèk nou an premye, kisa ki va rive a sila ki pa obeyi a levanjil a Bondye a?

    18 Epi si se avèk difikilte ke moun jis yo sove, kisa ki va rive nonm ki san Bondye a, ak pechè a?

    19 Konsa, sila yo osi ki soufri selon volonte Bondye a lè yo fè byen, lese yo remèt nanm yo a Li menm kòm yon Kreyatè Fidèl.

  61. 13 Se konsa chemen a tout moun ki bliye Bondye yo.

    Konsa espwa a moun enkwayan yo peri,

    14 sila a ak konfyans frajil la

    kap mete konfyans li nan fil arenye a.

    15 Arenye a mete konfyans sou lakay li,

    men li p ap kanpe.

    Li kenbe rèd sou li, men li p ap dire.

  62. 31 Pa kite li mete konfyans nan gwo vid la.

    Sa a ta yon desepsyon;

    paske gwo vid la va sèvi kon rekonpans li.

  63. 2 SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen;

    Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.

    3 Mwen rele SENYÈ a, ki dign pou bay lwanj;

    epi mwen sove de lènmi mwen yo.

  64. 4 Nan Ou menm, zansèt nou yo te mete konfyans yo.

    Yo te mete konfyans yo nan Ou,

    e Ou te delivre yo.

    5 A Ou menm, yo te kriye, e yo te delivre.

    Nan Ou, yo te mete konfyans yo, epi pa t desi.

  65. 11 Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.

    Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?

  66. 17 “Sila ki mete konfyans yo nan zidòl yo

    e ki di a imaj fonn yo:

    ‘Se nou menm ki dye pa nou’,

    va voye tounen pa dèyè e va vin wont nèt.

  67. 9 Li te anplis pale parabòl sila a pou kèk moun ki te kwè nan tèt yo ke yo te jis, ete gade lòt yo kòm piba. 10 “De mesyete monte nan tanp lan pou priye, yon Farizyen, e lòt la yon kolektè kontribisyon.

    11 “Farizyen an tekanpe e t ap priye konsa a li menm: ‘Bondye, mwen remèsye Ou ke mwen pa tankou lòt moun; twonpè yo, enjis yo, adiltè yo, oswa menm tankou kolektè kontribisyon sila a. 12 Mwen fè jèn de fwa chak semèn. Mwenpeye ladim sou tout sa mwen fè.’ 13 Men kolektè kontribisyon an te kanpe a yon distans, epa t menm dakò pou leve zye li vè syèl la, men lit ap bat lestomak li, e t ap di: “Bondye, fè gras a mwen, ki pechè a.

    14 “Mwen di nou ke mesye sa a te desann lakay li jistifye pase lòt la, paskenenpòt moun ki leve tèt li va vin imilye, e sila a ki imilye tèt li a, va vin leve.”

  68. 5 Moïse te ekri ke moun ki pratike ladwati ki baze sou Lalwa a ap viv pa jistis sila a. 6 Men ladwati ki baze sou lafwa a, pale konsa: “Pa di nan kè ou ‘Kilès k ap monte nan syèl la?’ (Sa vle di pou fè Kris desann) 7 Oubyen: ‘Kilès k ap desann nan labim nan’ (sa vle di pou mennen Kris sòti nan lanmò).” 8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”

    12 Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.”

  69. 22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

  70. 12 Pou rezon sa a, mwen osi soufri bagay sa yo, men mwen pa wont; paske mwen konnen nan kilès mwen kwè a, e mwen konvenk ke Li kapab pwoteje sa ke m livre a Li menm nan jiska jou sa a.

  71. 8 Jésus Kri se menm lan ayè, jodi a, e pou tout tan.

  72. 6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

  73. 7  Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye.

    Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.

    8 Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la.

    Vide kè nou devan Li.

    Bondye se yon refij pou nou.

  74. 3 Pa mete konfyans nan prens yo.

    Nan lòm mòtèl, nan sila nanpwen Sali a.

  75. 5 “Tout pawòl Bondye pase a leprèv;

    Li se yon boukliye pou sila ki kache nan Li yo.

  76. 28 Nebucadnetsar te pale. Li te di: “Beni se Bondye a Schadrac, Méschac ak Abed-Nego a, ki te voye zanj Li pou te delivre sèvitè Li yo ki te mete konfyans yo nan Li, ki te chanje lòd a wa a e ki te sede bay kò yo pou yo pa ta sèvi ni adore okenn lòt dye sof ke Bondye pa yo a.

  77. 1 Te genyen yon mesye pami Farizyen yo ke yo te rele Nicodème, yon chèf a Jwif yo. 2 Mesye sila a te vin kote Li pandan lannwit epi te di L: “Rabbi, nou konnen ke ou sòti nan Bondye kon yon Mèt. Paske pèsòn pa kapab fè sign sa yo ke nou wè ou fè yo anmwenske Bondye avè L.”

    3 Jésus te reponn e te di: “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun ne ankò, li p ap kapab wè wayòm syèl la.”

    4 Nicodème te di Li: “Kijan yon moun kapab ne lè li vin vye? Èske li kapab antre yon dezyèm fwa nan vant manman l pou l kapab fèt ankò?”

    5 Jésus te reponn li “Anverite, anverite, Mwen di ou, anmwenske yon moun fèt pa dlo, epi pa Lespri, li p ap kapab antre nan wayòm syèl la.

  78. 1 Kite yon moun gade nou konsa, kòm sèvitè a Kris e jeran a mistè ki pou Kris yo.

    2 Nan ka sila a, anplis, li nesesè pou twouve jeran yo fidèl. 3 Men pou mwen se yon ti bagay tou piti pou mwen ta kab jije pa nou menm, oswa nenpòt lòt tribinal moun. Anverite, mwen pa menm jije pwòp tèt mwen. 4 Mwen pa konsyan de anyen kont tèt mwen. Men se pa sa ki fè m inosan, men ke sila ki jije mwen an se Senyè a.

  79. 12  Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.