75 Bible Verses About Vanity

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Vanity
  1. 1 Pawòl predikatè a, fis a David la, Wa Jérusalem. 2 “Vanite sou vanite”, predikatè la di: “Vanite sou vanite! Tout se vanite.” 3 Ki avantaj yon nonm gen nan tout travay ke li fè anba solèy la? 4 Yon jenerasyon ale e yon jenerasyon vini; men tè a rete pou tout tan. 5 Anplis, solèy la leve e solèy la kouche; konsa li kouri al jwenn plas li pou li leve la ankò. 6 Van an soufle vè sid, vire kote nò e kontinye vire fè wonn li. Sou menm kous vire won an, li retounen ankò. 7 Tout rivyè yo desann vè lanmè a; sepandan li pa vin plen. Nan plas kote rivyè yo koule a, se la yo koule ankò. 8 Tout bagay sa yo fatigan; lòm pa kapab menm eksplike sa. Zye pa satisfè ak wè, ni zòrèy ak tande. 9 Sa ki te ye, se sa ki va ye e sa ki te konn fèt, se sa k ap fèt. Konsa, nanpwen anyen ki nèf anba syèl la. 10 Èske gen yon bagay sou sila a nou ta kab di: “Men sa a nèf”? Deja, li te la depi syèk ki te ekoule avan nou yo. 11 Nanpwen memwa a ansyen bagay yo, ni anplis a sila k ap vini pita, pami sila ki vini apre yo.

  2. 12 Mwen menm, predikatè a, te sèvi kon wa sou Israël nan Jérusalem. 13 Mwen te konsantre tout refleksyon mwen pou chache e egzamine sou sajès tout sa ki te konn fèt anba syèl la. Sa se yon gwo tach lou ke Bondye te bay fis a lòm yo pou l ta aflije yo. 14 Mwen te wè tout zèv ki te fèt anba solèy la e, men vwala, tout se vanite e chache kouri dèyè van. 15 Sa ki kwochi p ap ka drese e sa ki manke p ap ka konte. 16 Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Men gade, mwen te fè sajès vin grandi e ogmante plis pase tout lòt wa ki te sou Jérusalem avan mwen yo. Wi, panse mwen te obsève anpil richès ak sajès avèk konesans.” 17 Mwen te dirije panse mwen pou konnen sajès e pou konnen sa ki ensanse ak sa ki foli nèt. Konsa, mwen te vin wè ke sa osi se chache kouri dèyè van. 18 Paske nan anpil sajès gen anpil tristès, e nan anpil konesans gen anpil doulè.

  3. 1 Mwen te di nan tèt mwen: “Vini koulye a, mwen va teste ou ak plezi. Pou sa, fè kè ou kontan.” Epi sa osi se te vanite. 2 Mwen te di de afè ri, “Sa se foli,” e de plezi, “Kisa l ap akonpli?”

    3 Mwen te fè ankèt ak panse m kòman pou eksite kò m ak diven pandan panse m ap gide m ak sajès ak jan pou kenbe foli, jiskaske mwen ta kapab wè sa ki bon ki genyen pou fis a lòm yo fè anba syèl la pandan ti kras ane ke y ap viv yo. 4 Mwen te agrandi zèv mwen yo. Mwen te bati kay pou mwen; mwen te plante chan rezen pou mwen. 5 Mwen te fè jaden ak bèl plas pou tèt mwen e mwen te plante ladann yo tout kalite pye fwi. 6 Mwen te fè gwo basen dlo pou tèt mwen pou awoze yon forè bwa ki t ap grandi. 7 Mwen te achte esklav, ni mal ni femèl e mwen te genyen ki te fèt lakay mwen. Anplis mwen te genyen bann mouton avèk twoupo pi gran pase tout wa ki te Jérusalem avan m yo. 8 Anplis, mwen te ranmase ajan ak lò pou pwòp tèt mwen ansanm ak trezò a wa yo ak pwovens pa yo. Mwen te founi pou pwòp tèt mwen chantè, ni mal, ni femèl, e tout plezi a lòm yo—anpil konkibin. 9 Epi mwen te vin gran, pi gran pase tout wa ki te avan m Jérusalem yo. Konsa, sajès mwen te kanpe avè m. 10 Tout sa ke zye m te anvi, mwen pa t refize yo. Mwen pa t refize kè m okenn plezi li te vle, paske kè m te kontan akoz tout zèv mwen yo, e sa se te rekonpans pou tout travay mwen yo. 11 Konsa, mwen te konsidere tout zèv men m te konn fè yo, avèk travay ke m te fòse fè yo, men gade byen, tout te vanite ak kouri dèyè van, e pa t gen okenn avantaj anba solèy la.

  4. 12 Konsa mwen te vire konsidere sajès, afè moun ensanse menm ak foli; paske se kisa yon nonm ki swiv wa sila a ka fè, sinon sa ki te konn fèt deja? 13 Epi mwen te wè ke sajès toujou genyen sou vanite, tankou limyè genyen sou tenèb. 14 Zye a mesye saj la anndan tèt li; men moun ensanse a mache nan tenèb. Sepandan, mwen konnen ke se menm desten ki va rive yo tou de. 15 Konsa, mwen rive di tèt mwen: “Kon desten a moun ensanse a, se konsa l ap rive m. Alò, poukisa mwen te fòse fè anpil sajès?” Alò, pou sa mwen te di tèt mwen: “Sa, anplis, se vanite.” 16 Paske nanpwen okenn memwa k ap sonje nonm saj la, menm jan pou ensanse a, akoz nan tout jou k ap vini yo, tout moun va bliye yo nèt. Epi konsa, nonm saj la ak ensanse a mouri tou de!

    17 Pou sa, mwen te rayi lavi, paske travay ki te fèt anba syèl la te yon doulè pou mwen; paske tout bagay se kòve ak kouri dèyè van. 18 Konsa, mwen te rayi tout fwi a travay mwen yo, pou sila mwen te fè efò anba solèy la; paske mwen ap oblije kite li bay nonm nan k ap swiv mwen an. 19 Epi se kilès ki konnen si li va saj, oswa moun fou? Malgre li va gen kontwòl sou tout fwi travay mwen. Pou sila mwen te fòse fè ak sajès yo, anba solèy la. Sa, anplis, se vanite.

    20 Pou sa, mwen te pèdi espwa nèt a tout fwi a zèv mwen pou sila mwen te travay anba solèy la. 21 Kote ki genyen yon nonm ki te travay ak sajès, konesans ak kapasite, alò, li va kite eritaj li a yon moun ki pa t travay pou yo. Sa osi se vanite ak yon gwo mal. 22 Paske se kisa ke yon nonm jwenn pou tout travay li, nan efò ke li te fòse fè anba solèy la? 23 Paske tout jou li yo, travay li plen ak doulè ak chagren; menm nan lannwit tèt li pa jwenn repo. Sa tou, se vanite. 24 Nanpwen anyen pi bon pou yon nonm, ke manje, bwè, e di tèt li, ke travay li a bon. Sa a mwen konn wè tou, ke li sòti nan men Bondye. 25 Paske se kilès ki ka manje, e kilès ki ka jwenn plezi li plis pase m? 26 Paske a yon nonm ki bon nan zye Bondye, Li te bay sajès, konesans ak lajwa; men a pechè a, Li te bay tach ranmase ak rasanble pou li kab bay a sila ki bon nan zye Bondye a. Sa anplis se vanite ak kouri dèyè van.

  5. 1 Konsa, mwen te gade ankò sou tout zèv k ap oprime moun anba solèy la. Epi gade byen, mwen te wè dlo nan zye a oprime yo, e yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman. Sou kote a sila ki t ap oprime yo, te gen gwo pouvwa; men, yo pa t jwenn pèsòn pou bay yo soulajman. 2 Pou sa, mwen te felisite tout sila ki fin mouri deja yo, olye sila k ap viv yo. 3 Men pi beni pase tou de nan yo se sila ki pa t janm egziste a, ki pa t wè tout mechanste ki konn fèt anba solèy la. 4 Mwen konn wè tout zèv ak tout metye ki konn fèt, fèt akoz lanvi antre yon nonm ak vwazen li. Sa anplis se vanite ak fè lachas dèyè van.

    5 Moun ensanse a pliye men l e manje pwòp chè li. 6 Yon men plen repo se miyò ke de ponyèt plen travay k ap fè kòve dèyè van an.

    7 Konsa mwen te gade ankò sou vanite anba solèy la. 8 Te gen yon sèten mesye san fanmi ki pa t genyen ni fis, ni frè. Sepandan, nan travay li, pa t gen repo menm. Anverite, zye li pa t janm satisfè ak richès, men li pa t janm konn mande: “Epi pou ki moun m ap travay e prive tèt mwen de plezi konsa?” Sa, anplis se vanite, e sa se yon kòve ki plen doulè.

  6. 7 Limyè a byen bèl,

    e li bon pou zye wè solèy la.

    8 Anverite, si yon nonm ta viv anpil ane,

    kite li rejwi li nan yo tout;

    men pa kite l bliye jou tenèb yo, paske yo va anpil.

    Tout sa ki gen pou vini se vanite.

    9 Rejwi jennonm, pandan jenès ou,

    e kite kè ou rete kontan

    pandan ane de laj jenès ou yo.

    Swiv sa ki atire kè ou ak dezi a zye ou,

    men konnen byen ke Bondye

    va rele ou nan jijman pou tout bagay sa yo.

    10 Pou sa, retire gwo doulè ak mechanste

    pou l pa nan kè ou,

    e fè mal rete lwen chè ou;

    paske jenès ak ane jenès yo va disparèt vit.

  7. 4 SENYÈ, fè m konnen longè a jou mwen yo.

    Fè m konnen ke m fèb anpil.

    5 Gade byen, Ou te fè jou mwen yo kontwole

    tankou lajè a men m ki louvri.

    Lavi mwen konsi li pa anyen devan zye Ou.

    Anverite, lavi chak moun, se yon sèl grenn souf.

    6 Anverite, tout moun mache toupatou tankou yon lonbraj.

    Anverite, yo fè gwo zen pou ryen.

    Li ranmase byen yo, men l pa konnen kilès k ap rasanble yo.

  8. 18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit. 23 Epi se pa sèlman sa, men nou menm osi ki gen premye fwi Lespri yo, menm nou menm, nou plenyen menm jan an anndan nou, pandan n ap tann adopsyon nou kòm fis, ak redanmsyon a kò mòtèl nou an.

  9. 1 Anplis, sonje Kreyatè ou a nan jou jenès ou yo,

    avan move jou yo rive e ane yo pwoche lè ou va di:

    “Mwen pa pran plezi nan yo;”

    2 Avan solèy la ak limyè a, lalin nan ak zetwal yo vin tounwa,

    e nwaj yo retounen apre lapli yo;

    3 nan jou ke gadyen kay la tranble a,

    e mesye pwisan yo vin koube a.

    Lè sila k ap moulen yo rete san travay

    akoz anpil nan yo ki manke,

    e sila k ap gade nan fenèt yo vin mal pou wè.

    4 Lè pòt vè lari yo vin fèmen akoz bri moulen an vin ba,

    e yon moun va leve ak son zwazo a,

    epi tout fi chanson yo va rete ba.

    5 Anplis mesye yo va vin pè yon wo plas

    ak gwo danje k ap vini a.

    Lè pye zanmann nan fleri, krikèt volan rale kò l olon wout la,

    e dezi gason an pa ka.

    Paske lòm nan ap prale nan kay etènèl li a,

    pandan sila k ap fè dèy yo vire toupatou nan wout la.

    6 Sonje Li avan kòd ajan an kase,

    e bòl an lò a kraze kivèt dlo la kote pwi a vin fann,

    e wou sitèn nan vin kraze.

    7 Paske konsa pousyè la va retounen nan tè a jan li te ye a,

    e lespri a va retounen kote Bondye ki te bay li a.

    8 “Vanite sou vanite”, predikatè a di: “tout se vanite!”

    9 Anplis akoz li te yon nonm saj, predikatè a te enstwi pèp la ak konesans. Wi, li te reflechi, chache twouve, e te aranje anpil pwovèb. 10 Predikatè a te chache jwenn bèl mo pou ekri pawòl verite yo byen kòrèk. 11 Pawòl a moun saj yo tankou pwent pike bèt yo ye; tankou klou ki kloure nèt, se konsa ansanm a pawòl sila yo ye. Se yon sèl Bèje ki bay yo tout.

    12 Men anplis ke sa, fis mwen, veye byen: ekri anpil liv se yon bagay san rete, e anpil devosyon a liv yo va fatige kò ou. 13 Konklizyon lè tout bagay fin tande se: Gen lakrent Bondye e kenbe kòmandman li yo, akoz se sa ki aplike a tout moun. 14 Paske Bondye va pote tout zèv nan jijman; tout sa ki kache, kit li bon kit li mal.

  10. 1 Gen yon mal ke m konn wè anba syèl la e ki gaye patou pami lòm— 2 Yon nonm ke Bondye fin bay richès, byen ak lonè, jiskaske nanm li pa manke anyen nan tout sa ke li dezire. Men Bondye pa kite li manje ladann, paske yon etranje ap jwi benefis yo. Sa se vanite ak gwo malè.

    3 Si yon nonm fè yon santèn timoun e viv anpil ane, malgre fòs kantite ke yo kapab ye, men nanm li pa janm satisfè ak bon bagay, e li pa menm ka fè yon bon antèman; alò, mwen di: “Pito li te sòti kon foskouch nan vant li.” 4 Paske li parèt an ven e non li vin kouvri nan fènwa. 5 Li pa janm wè solèy la, e li p ap janm konnen anyen; li pi bon pase lòt la. 6 Menm si lòt la viv pandan mil ane de fwa e pa rejwi de bon bagay—èske se pa tout moun ki ale menm kote a? 7 Tout travay a lòm se pou satisfè bouch li; malgre sa, apeti li pa janm satisfè. 8 Paske, se ki lavantaj yon nonm saj genyen sou yon moun san konprann? Ki lavantaj malere a genyen nan konnen jan pou mache devan sila ki vivan yo? 9 Sa ke zye wè pi bon pase sa ke nanm dezire. Sa tou, se san rezon ak kouri dèyè van. 10 Tout sa ki egziste te gen non deja, e yo tout konnen sa ke lòm nan ye; paske li pa ka goumen ak sila ki pi fò pase l. 11 Paske, gen anpil pawòl ki ogmante vanite. Alò, se ki lavantaj pou yon nonm? 12 Paske kilès ki konnen sa ki bon pou yon nonm pandan lavi li, pandan ti kras ane lavi li ki san rezon an? Li va pase yo tankou lonbraj. Paske se kilès ki ka di sa k ap rive apre li anba solèy la?

  11. 10 Sila ki renmen lajan an p ap satisfè ak lajan; ni sila ki renmen richès la ak sa li reyisi. Sa anplis se vanite.

  12. 11 Avèk repwòch, Ou fè chatiman

    a yon nonm pou inikite li.

    Ou manje tankou mit nan rad sa ki konsidere

    pi chè pou li menm nan.

    Anverite, tout moun se sèlman yon souf.

  13. 30 Cham konn twonpe e bèlte konn vanite;

    men se fanm nan ki krent SENYÈ a

    k ap resevwa lwanj.

  14. 17 Donk, mwen di sa e konfime ansanm avèk Senyè a pou nou pa mache ankò kòm pèp etranje yo mache, nan vanite a panse yo, 18 avèk yon konprann ki byen fonse andeyò de lavi Bondye a, akoz de inyorans ki nan yo, akoz kè yo ki di.

  15. 3 O SENYÈ, se kisa lòm nan ye pou Ou panse a li?

    Oswa fis a lòm nan pou Ou panse a Li?

    4 Lòm se tankou yon sèl souf.

    Jou li yo se tankou yon lonbraj k ap pase.

  16. 15 Yo te rejte règleman pa Li yo avèk akò ke Li te fè avèk zansèt pa yo avèk avètisman sa yo, avèk sila li te avèti yo. Epi yo te swiv foli yo, e yo te vin plen ògèy. Yo te kouri apre nasyon ki te antoure yo, selon sila SENYÈ a te kòmande yo pa fè tankou yo.

  17. 37 Vire zye m pou yo pa gade vanite e

    fè m reprann mwen nan chemen Ou yo.

  18. 11 Richès ki sòti nan manti koule ale;

    men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.

    12 Lespwa jennen fè kè a malad;

    men dezi acheve a se yon pyebwa lavi.

  19. 5 Konsa pale SENYÈ a:

    “Ki enjistis papa zansèt nou yo

    te jwenn nan Mwen,

    pou yo te ale lwen Mwen,

    pou yo te mache dèyè sa ki vid

    pou te vin vid yo menm?

  20. 17 Sa yo se sous san dlo e nyaj ki pouse pa yon van tanpèt pou sila tenèb fènwa fin rezève nèt la. 18 Paske nan pale fò avèk awogans ak vanite, yo sedwi pa dezi lachè yo, pa sansyalite, atake sila ki prèske pa gen fòs yo pou chape devan sila ki viv nan erè yo, 19 k ap pwomèt yo libète, pandan yo menm se esklav a koripsyon; paske sa ki domine yon moun, fè l vin esklav.

    20 Paske si, apre yo fin chape de tout bagay sal mond sa a pa konesans Senyè ak Sovè a Jésus Kri, yo bwouye ladan yo ankò e vin simonte dènye eta yo a vin pi mal pase premye a. 21 Paske li ta pi bon pou yo pa t konnen chemen ladwati a, olye yo vin konnen l, pou vire kite kòmandman sen ki te livre a yo menm nan. 22 Men sa ki vin rive a yo menm selon vre pwovèb la: “Yon chen retounen a pwòp vomisman l” epi “gwo manman kochon an, lè l fin benyen, li retounen woule kò l nan labou a.”

  21. 2 O fis a lòm yo, jiskilè laglwa Mwen va devni yon repwòch?

    Jiskilè ou va renmen sa ki san valè

    e tante twonpe moun? Tan

  22. 8 Veye sa a, nou menm ki ensansib pami pèp la;

    Kilè n ap konprann, nou menm ki bèt?

    9 Sila ki te plante zòrèy la, èske Li pa tande?

    Sila ke te fòme zye a, èske Li pa wè.

    10 Sila ki fè chatiman nasyon yo,

    èske Li p ap fè repwòch?

    Sila ki enstwi lòm; Li konnen!

    11 SENYÈ a konnen panse a lòm,

    ke se sèlman yon souf ke yo ye.

  23. 8 Fè desepsyon ak manti rete lwen mwen.

    Pa ban m richès ni povrete.

    Nouri mwen ak manje ki se pòsyon pa m nan,

  24. 19 O SENYÈ, fòs mwen an, sitadèl mwen an

    e sekou mwen an nan jou gwo malè a,

    vè Ou menm, nasyon yo va vini soti nan dènye pwent latè.

    Yo va di:

    “Papa zansèt nou yo pa t gen okenn eritaj sof ke manti

    sa ki pouryen, san enpòtans e san benefis.”

  25. 16 Mwen fin epwize nèt;

    mwen p ap viv tout tan.

    Kite mwen sèl, paske jou mwen yo pa plis ke yon souf.

  26. 7 Bouch li plen ak malediksyon, avèk

    twonpe moun avèk oprime moun.

    Anba lang li, se twonpe moun avèk mechanste.

  27. 6 Mwen rayi sila ki fè rega a fo zidòl yo,

    men nan Bondye, mwen mete konfyans mwen.

  28. 16 Pèp la p ap janm fini; tout moun ki te avan yo, ni sila k ap vini pita yo p ap kontan avèk li. Anverite, sa osi se vanite ak kouri dèyè van.

  29. 9 Sila ki fè yon imaj taye yo, tout se pou ryen.

    Sa ke yo bay enpòtans yo, pa gen benefis.

    Menm pwòp temwen pa yo pa wè ni konnen.

    Yo pa ka menm vin wont.

    10 Se kilès ki te fòme yon dye,

    oswa te fè yon zidòl fonn ki san benefis?

    11 Gade byen, tout zanmi l yo va vin wont,

    paske bòs atizan yo menm se sèlman lòm.

    Kite yo rasanble yo menm,

    kite yo kanpe,

    kite yo tranble,

    kite yo tout ansanm vin wont.

  30. 6 Si li vin wè m, li bay manti.

    Kè li ranmase mechanste pou kont li.

    Lè l sòti deyò, li pale sa.

  31. 9 Moun nan pozisyon ba yo se sèl yon souf nan van.

    Moun ki plase wo yo se manti.

    Nan pèz balans yo, se monte, yap monte.

    Ansanm menm, yo pi fay ke yon souf.

  32. 33 Akoz sa, Li te fè jou yo fini mal,

    e ane yo nan laperèz sibit.

  33. 6 Ranmase anpil byen ak lang k ap bay manti

    se yon vapè k ap sove ale, k ap kouri dèyè lanmò.

  34. 13 Lè ou vin kriye fò, kite zidòl ou yo delivre ou.

    Men van an va pote yo ale.

    Yon souf va rale yo monte.

    Men sila ki kache nan Mwen an va eritye peyi a.

    Li va posede mòn sen Mwen an.”

  35. 6 Paske kèk moun, nan egare kite bagay sa yo pou vin detounen nan diskou ki pa pote fwi, 7 ki ta vle mèt k ap enstwi lalwa, menmsi yo pa menm konprann ni sa y ap di a, ni sijè ke yo pale avèk plen konfyans lan.

  36. 31 Pa kite li mete konfyans nan gwo vid la.

    Sa a ta yon desepsyon;

    paske gwo vid la va sèvi kon rekonpans li.

  37. 1 Poukisa nasyon yo ap boulvèse konsa,

    e pèp yo fòmante yon vye bagay?

  38. 7 Ale manje pen ou ak kè kontan e bwè diven ak kè plen ak jwa; paske Bondye deja pran plezi nan sa ou fè a. 8 Kite tout vètman ou yo rete blan tout tan, e pa kite lwil la manke sou tèt ou. 9 Fè rejwisans lavi ou ak fanm ke ou renmen pandan tout jou kout lavi ou ke Li te bay ou anba solèy la. Paske sa se rekonpans ou nan lavi ak nan travay di ou konn fè anba solèy la. 10 Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.

  39. 29 Gade byen, yo tout fo. Zèv yo san valè.

    Imaj fonn yo se van ak konfizyon.

  40. 18 Paske lakòlè Bondye parèt soti nan syèl la kont tout enkwayans ak tout enjistis a lòm ki kache verite a ak enjistis. 19 Paske sa ke tout moun konnen de Bondye a, byen klè pou yo, paske Bondye te fè l parèt a klè. 20 Paske depi nan kreyasyon mond lan tout aspè envizib Li yo, pouvwa etènèl Li ak nati diven Li an te parèt byen a klè. Sa byen konprann menm selon sa Li te kreye. Konsa, yo rete san eskiz. 21 Paske malgre yo te konnen Bondye, yo pa t bay Li lonè kòm Bondye, ni bay Li remèsiman, men yo te vin egare nan panse yo. Yo te vin ranpli avèk foli, e kè yo te vin fonse tounwa.

    22 Nan pretann ke yo te saj, yo te vin fou, 23 epi te ranplase laglwa a Bondye enkonwonpi a pou yon imaj ki sanblab a lòm konwonpi ak zwazo, bèt kat pye, ak bèt k ap rale sou vant yo.

  41. 8 Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.

  42. 2 Se an ven pou ou leve bonè e ale dòmi ta,

    pou manje pen a travay di yo,

    paske se domi Li bay a moun li renmen.

  43. 19 Sila ki laboure tè a va gen anpil manje;

    men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.

  44. 13 Konsidere zèv Bondye yo, paske se kilès ki ka drese sa ke Li menm te koube? 14 Nan jou bonè yo fè kè kontan; men nan jou malè yo, reflechi—Bondye te fè tou de pou lòm pa dekouvri anyen nan sa k ap swiv li.

    15 Mwen te wè tout bagay pandan tout jou vanite mwen yo; gen yon nonm dwat ki mouri nan ladwati, ak yon nonm mechan ki fè vi li long ak mechanste li a.

  45. 10 Konsa, mwen konn wè mechan yo antere, menm sila ki te konn antre sòti nan lye sen yo, e ase vit yo vin bliye nèt nan menm vil kote yo te aji konsa a. Sa tou, se vanite. 11 Akoz jijman kont yon zak mechan pa rive ase vit; akoz sa, kè fis a lòm nan ki rete pami yo vin dedye nèt pou fè mal. 12 Malgre yon pechè fè mal san fwa e mennen yon vi ki long, mwen toujou konnen ke sa prale byen pou sila ki gen lakrent Bondye yo, ki gen lakrent devan L yo. 13 Men, sa pa prale byen pou moun mechan an, e li p ap pwolonje jou li yo tankou yon lonbraj, paske li pa gen lakrent Bondye.

    14 Gen yon vanite ki fèt sou latè, sa vle di, gen moun dwat ki vin viktim a mechan yo. Yon lòt kote, gen moun mechan an ki vin tonbe akoz zèv moun dwat yo. Mwen di sa anplis se vanite. 15 Pou sa, mwen te rekòmande plezi; paske, pa gen anyen pou yon nonm anba solèy la fè sof ke manje, bwè, e fè plezi; epi sa va fè l kanpe nan travay di li diran tout jou lavi, ke Bondye te bay li anba solèy la.

    16 Lè mwen te bay kè m pou aprann sajès ak pou m wè tach ki te konn fèt sou tè a, (malgre sa ta fè yon moun pa janm dòmi ni lajounen, ni lannwit), 17 konsa, lè mwen te wè tout zèv Bondye te fè, mwen te vin aprann ke lòm p ap kapab dekouvri travay ki te konn fèt anba syèl la. Malgre lòm ta chache ak tout dilijans, li p ap twouve li. Malgre yon nonm saj ta di: “Mwen konnen”, li p ap ka dekouvri li.

  46. 13 Se ble yo te simen e yo rekòlte pikan.

    Yo te fè gwo efò, san ke yo pa reyisi anyen.

    Men se pou nou vin wont rekòlt nou an akoz gwo kòlè SENYÈ a.”

  47. 20 Epi ankò: “Senyè a konnen panse a saj yo, ke yo initil.”

  48. 3 Si mwen bay tout sa ke m posede pou bay manje a pòv yo, e si mwen livre kò m pou brile, men mwen pa gen lanmou, sa p ap rapòte m anyen.

  49. 20 O Timothée, gade byen sa ki konfye a ou menm nan, e evite pale pawòl mond lan, pawòl vid e san sans, ak tout diskou fo pawòl yo rele “konesans” lan, 21 ke kèk moun te pwofese, e konsa yo te vin egare kite lafwa.

    Ke lagras avèk nou. Amen.

  50. 14 Fè yo sonje bagay sa yo, eanchaje yo solanèlman nan prezans a Bondye pou yo pa goumen sou pawòl yo, ki initil e ki mennen nan destriksyon sila k ap tande yo. 15 Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.

    16 Men evite pale pawòl anven a mond sa a, paske l ap fè nou soti lwen lafwa Bondye a.

    17 Epi pawòl sa yo va gaye tankou pwazon nan san. Pami yo, Hyménée ak Philète: 18 Moun ki te egare kite verite yo nan di ke rezirèksyon an gen tan fèt deja a, e konsa yo te boulvèse lafwa a kèk moun.

    19 Malgre fondasyon Bondye a kanpe byen fèm, e li gen so sila a sou li: “Senyè a konnen sila ki pou Li yo”, epi: “Ke tout moun ki nonmen non Senyè a rete lwen mechanste.”

    20 Alò, nan yon gran mezon, pa gen sèlman veso an lò ak lajan, men osi veso an bwa ak kanari. Yon pati pou onore e yon pati pou dezonore. 21 Konsa, si yon nonm netwaye tèt li de bagay sa yo, li va yon veso lonè, sanktifye, itil pou Mèt la, prepare pou tout bon zèv.

    22 Alò, sove kite move dezi a jenès yo; men pouswiv ladwati, lafwa, lanmou ak lapè, avèk sila ki rele non Senyè yo avèk yon kè ki san tach. 23 Men refize diskisyon ki sòt e san bon rezon yo, paske ou konnen ke y ap prodwi konfli.

    24 Yon sèvitè-atache nèt a Senyè a pa dwe renmen fè kont, men se pou li janti ak tout moun, avèk yon kapasite pou l enstwi e pasyan lè yo fè li lenjistis, 25 avèk dousè, korije sila ki nan opozisyon yo, pou si petèt Bondye kapab bay yo repantans k ap mennen yo a konesans verite a, 26 pou yo kapab twouve bon sans pa yo, pou chape anba pèlen a Dyab la, ki kenbe yo kaptif pou fè volonte l.

  51. 9 Men evite konfli ak jeneyaloji ki ranpli ak foli, avèk diskisyon sou Lalwa yo, paske yo san pwofi, e san valè.

    10 Apre yon premye ak yon dezyèm avètisman rejte yon nonm k ap mete divizyon. 11 Byen konnen ke yon moun konsa pèvèti. Li nan peche, e ap kondane pwòp tèt li.

  52. 13 Konsa prepare panse nou pou nou kab aji; rete vijilan. Fikse esperans nou nèt sou lagras ki te pote a nou menm nan revelasyon a Jésus Kri a— 14 Kòm timoun obeyisan pa vin konfòme nou a dezi lachè ke nou te genyen oparavan lè nou te nan inyorans lan, 15 men tankou Sila Ki Sen ki te rele nou an se pou nou vin sen, osi nan tout konpòtman nou. 16 Paske sa ekri: “Nou dwe sen, paske Mwen Sen.”

    17 Si nou adrese kòm “Papa”, Sila ki jije san patipri a, selon zèv a chak moun, nou gen pou kondwi tèt nou nan lakrent pandan tan ki rete nou sou tè a.

    18 Epi konsa, konnen ke nou pa t rachte avèk bagay perisab tankou lajan ak lò ki soti nan mod de vi san enpòtans, tankou eritaj de zansèt nou yo, 19 men avèk san presye, tankou sa ki sòti nan yon jenn mouton san defo, san tach, ki se san a Kris la menm. 20 Paske Li te deja rekonèt avan fondasyon mond lan, men Li te vin parèt nan dènye tan sa yo pou koz a nou menm 21 ki pa Li menm kwè nan Bondye ki te leve Li nan lanmò e te bay Li glwa, pou lafwa ak esperans nou ta kapab nan Bondye.

    22 Akoz ke obeyisans a verite a te vin pirifye nanm nou pou yon lanmou sensè anvè frè nou yo, renmen youn lòt avèk yon chalè ki sòti nan kè, 23 paske nou te ne ankò, pa de semans ki perisab, men ki enperisab, selon pawòl Bondye a ki viv, e ki rete pou tout tan.

    24 Paske:

    “Tout chè tankou zèb,

    e tout laglwa li tankou flè zèb la.

    Zèb la fennen, e flè a vin tonbe,

    25 men pawòl Senyè a dire pou tout tan.”

    E sa se pawòl ki te preche a nou menm nan.

  53. 15 Pa renmen lemonn, ni bagay yo ki nan lemonn. Si nenpòt moun renmen lemonn, lanmou Papa a pa rete nan li. 16 Paske tout sa ki nan lemonn lanvi lachè a, lanvi nan zye yo, ak lògèy lavi a pa sòti nan Papa a, men nan lemonn sa. 17 Men lemonn ap disparèt avèk tout lanvi li yo, men sila ki fè volonte a Bondye ap viv jis pou janmen.

  54. 11 O bannou sekou kont advèsè a,

    paske delivrans pa lòm se an ven.

  55. 11 Sila ki raboure tè li a va gen anpil pen;

    men sila ki swiv bagay san valè yo manke bon konprann.

  56. 16 Anplis, mwen te wè anba solèy la ke nan plas lajistis gen mechanste; e nan plas ladwati gen mechanste. 17 Mwen te di a pwòp tèt mwen: “Bondye va jije ni sila ki dwat la, ni sila ki mechan an,” paske gen yon tan pou chak zèv ak chak bagay. 18 Mwen te di pwòp tèt mwen selon fis a lòm yo: “Anverite, Bondye te fè yo pase a leprèv pou yo ta wè ke se tankou bèt ke yo ye.” 19 Paske desten a fis a lòm yo ak desten a bèt yo se menm. Tankou youn mouri, konsa lòt la mouri. Anverite, yo tout gen menm souf la, e nanpwen avantaj pou lòm sou bèt yo, paske tout se vanite. 20 Tout ale menm kote. Tout te sòti nan pousyè a, e tout ap retounen nan pousyè a. 21 Se kilès ki ka konnen ke souf a lòm monte anwo e souf a bèt yo desann anba tè?

    22 Mwen te wè ke nanpwen anyen ki pi bon pou lòm ta fè pase fè kè kontan nan tout sa li fè, paske se konsa sò a tonbe pou li. Paske se kilès ki ka fè l wè sa ki va vin rive apre li?

  57. 6 Paske tankou bwa pikan sèch pete nan dife; se konsa lè yon nonm ensanse ap ri; epi sa anplis se vanite.

  58. 13 Pa vin pote ofrann san valè sa yo ankò;

    lansan vin abominab devan M.

    Nouvèl lin ak Saba a, apèl asanble yo—

    Mwen pa ka sipòte inikite ansanm ak asanble solanèl la.

  59. 32 Gade byen, Mwen kont sila ki te fè pwofesi fo rèv” deklare SENYÈ a: “E ki te repete yo pou egare pèp Mwen yo ak manti yo, ak ògèy san kontwòl yo, malgre se pa Mwen ki te voye yo, ni kòmande yo. Ni yo pa founi okenn benefis pou pèp sa a,” deklare SENYÈ a.

  60. 13 “Pawòl nou yo te di kont mwen.” Pale SENYÈ a. “Malgre sa, nou di: ‘Kisa nou te pale kont Ou yo?’ 14 “Nou te di: ‘Se an ven yo sèvi Bondye’; epi ‘Ki avantaj sa gen pou nou kenbe règleman Li yo, e pou nou mache lamante devan SENYÈ Dèzame yo? 15 Koulye a, nou vin rele moun ògeye yo, ‘beni’. Non sèlman malfektè yo vin leve wo, men yo menm tante Bondye, e yo chape.’”

    16 Answit, sila ki te gen lakrent SENYÈ yo te pale a youn lòt; konsa, SENYÈ a te prete zòrèy Li. Li te tande yo, e yon liv souvni te ekri devan Li pou sila ki te gen lakrent SENYÈ yo, e ki te bay gwo respè a non Li yo. 17 “Konsa, yo va vin pou Mwen”, pale SENYÈ Dèzame yo, “nan jou sa a ke M prepare posesyon Mwen an. Epi Mwen va fè yo gras menm jan yon nonm ta fè gras a pwòp fis k ap sèvi li a.” 18 Konsa, nou va retounen pou nou byen konprann diferans lan antre ladwati ak mal, antre sila k ap sèvi Bondye, ak sila ki p ap sèvi Li.

  61. 7 “Lè nou ap priye, pa itilize anpil mo vag, e san sans jan payen yo konn fè a; paske yo sipoze ke lapriyè yo ap tande akoz anpil mo.

  62. 23 Lè yo te fin lage yo, yo te ale bò kote moun pa yo, e te rapòte a tout moun sa ke chèf prèt yo avèk ansyen yo te di yo. 24 Lè yo te tande sa, yo te leve vwa yo a Bondye ansanm, e te di: “O Bondye, se te Ou menm ki te fè syèl la ak tè a, lanmè, ak tout sa ki ladann, 25 ki pa Lespri Sen an, selon bouch a Zansèt nou David te di:

    ‘Poukisa nasyon yo anraje konsa;

    e poukisa pèp yo anvizaje yon bagay anven?

    26 Wa sou latè yo ap pran pòz yo

    e gwo chèf yo ap mete tèt yo ansanm kont Senyè a

    ak kont Kris Li a.’

    27 “Paske vrèman, nan vil sa a, yo te rasanble ansanm kont sèvitè sen Ou an, Jésus, ke ou menm te onksyone a; Hérode ak Ponce Pilate ansanm avèk nasyon payen yo ak pèp Israël la, 28 pou fè nenpòt bagay ke men Ou ak volonte Ou te deja planifye, pou fèt. 29 E koulye a, Senyè, byen gade menas ke yo fè, e kite sèvitè ki mare ak Ou yo pale pawòl Ou avèk tout konfyans, 30 pandan W ap lonje men Ou pou fè gerizon sign ak mirak yo k ap fèt nan non a sèvitè Sen Ou an, Jésus.”

    31 Lè yo te fin priye, plas kote yo te reyini an te vin souke. Yo tout te ranpli avèk Lespri Sen an, e yo te pale pawòl Bondye a avèk kouraj.

  63. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  64. 9 Pa vin pote ale pa doktrin varye e dwòl, paske li bon pou kè a ranfòse pa lagras, men pa ak kalite manje ki pa t bay benefis a sila ki te swiv yo.

  65. 14 Kisa sa sèvi, frè m yo, si yon moun di ke li gen lafwa, men li pa gen zèv? Èske lafwa sa a kapab sove li?

  66. 2 Richès ranmase pa mechanste pa reyisi,

    men ladwati delivre soti nan lanmò.

  67. 12 Mwen va deklare ladwati ou ak zèv ou yo,

    men yo p ap nan avantaj ou.

  68. 8 Gade byen, nou ap mete konfyans nan pawòl riz yo. Yo p ap ka fè anyen pou nou.

  69. 14 SENYÈ Bondye a te di a sèpan an: “Akoz ke ou te fè sa, ou modi pase tout bèt domestik yo, e plis ke tout bèt sovaj nan chan an. Sou vant ou ou va mache, e se pousyè ke ou va manje tout jou nan vi ou. 15 Mwen va mete rayisman antre ou menm avèk fanm nan, e antre pitit ou ak pitit li. Li va kraze tèt ou, e ou va kraze talon li.”

    16 A fanm nan Li te di: “Mwen va miltipliye anpil doulè ke ou va gen nan fè pitit; ak doulè ou va gen nan pouse pitit; malgre sa, dezi ou va pou mari ou, e li va domine sou ou.”

    17 Alò a Adam Li te di: “Akoz ou te koute vwa a fanm ou an, ou te manje nan ab ke Mwen te kòmande e te di Ou pa manje ladann nan, tè a ap modi akoz ou menm. Nan redi ou va manje ladann pou tout jou lavi ou. 18 Se pikan, se zepeng li va fè grandi pou ou; epi ou va manje plant chan an. 19 Avèk swè figi ou, ou va manje pen, jiskaske ou retounen nan tè a, paske ladann ou te sòti. Paske se pousyè ou ye, e se nan pousyè ou va retounen.”

  70. 47  Sonje longè lavi mwen genyen

    tèlman kout ke li tankou yon foli!

    Se Ou ki te kreye tout fis a lòm yo!

  71. 3 Paske abitid a pèp yo se afè twonpe moun;

    konsi se bwa ki koupe nan forè,

    zèv men atizan ki koupe ak zouti.

    4 Yo dekore l ak ajan ak lò;

    yo tache li ak klou ak mato, pou l pa deplase.

    5 Yo tankou yon bwa palmis

    ki fòme pa men moun,

    men yo pa ka pale.

    Fòk yo pote yo,

    paske yo pa ka mache!

    Pa krent yo;

    paske yo p ap ka fè okenn mal,

    ni yo p ap ka fè anyen ki bon.”

  72. 15 “Mesye yo, poukisa nou ap fè bagay sa yo? Nou menm tou se lòm, ki fèt menm jan ak nou. Nou pòte bòn nouvèl la a nou menm, pou nou kapab vire kite vye bagay sila yo pou vire vè Bondye vivan an ki te fè syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladann. 16 Nan jenerasyon ki pase yo, Li te pèmèt tout nasyon yo fè pwòp chemen yo.

  73. 10 Men, pa gras Bondye, mwen sa ke mwen ye a, e gras Li anvè mwen pa anven, men mwen te travay menm plis pase yo tout, malgre se pa t mwen, men gras a Bondye ki te avè m nan.

  74. 17 Donk Si yon moun nan Kris, Li se yon kreyati tounèf. Ansyen bagay yo vin pase. Gade byen, tout bagay vin tounèf.

  75. 15 Paske nan Kris Jésus, sikonsi pa anyen, ni pa sikonsi pa anyen, men nou devni yon kreyasyon tounèf.