77 Bible Verses About Business

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About Business
  1. 11 Veye pou nou pa bliye SENYÈ a, Bondye nou an, epi pa kenbe kòmandman Li yo, lwa Li yo avèk règleman Li yo ke Mwen ap kòmande nou jodi a. 12 Otreman, lè nou te manje e satisfè, e fin bati bon kay pou nou viv nan yo, 13 epi lè twoupo nou avèk bann mouton nou yo vin miltipliye, ajan avèk lò nou yo vin anpil, e tout sa nou posede vin miltipliye, 14 alò, kè nou va vin plen ak ògèy, e nou va bliye SENYÈ a, Bondye nou an, ki te mennen nou sòti nan peyi Égypte la, andeyò kay esklavaj la. 15 Li te mennen nou nan gran dezè tèrib sa a, avèk sèpan pwazon ak eskòpyon, ak tè swaf kote ki pa t gen dlo. Li te fè dlo sòti pou nou nan wòch silèks la. 16 Nan dezè a, Li te bannou lamàn ke zansèt nou yo pa t konnen, pou Li te kapab fè nou vin enb, e pou Li te kapab fè nou pase a leprèv, pouke alafen, sa te kab ale byen pou nou. 17 Otreman, nou ta di nan kè nou: “Se fòs nou avèk kouraj nou ki te bannou tout richès sa a.” 18 Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a.

  2. 9 Alò, jan pou lanmou pou frè nou yo, nou pa bezwen pèsòn ekri nou, paske nou menm, nou te enstwi pa Bondye pou nou renmen youn lòt. 10 Paske, vrèman nou pratike sa anvè tout frè ki an Macédoine yo. Men nou egzòte nou, frè yo, pou nou fè plis pwogrè toujou, 11 epi pou nou fè l dezi nou pou mennen yon vi kalm, pou nou okipe nou de pwòp zafè pa nou, e travay avèk men nou, jis jan nou te rekòmande nou an. 12 Konsa nou kapab konpòte nou byen anvè moun deyò legliz yo, e pou nou pa manke anyen.

  3. 29 Èske ou wè yon nonm byen abil nan travay li?

    Li va kanpe devan wa yo;

    li p ap oblije kanpe devan nenpòt kalite vye moun.

  4. 10 Se pou nou angaje nou youn ak lòt nan lanmou fratènèl; bay preferans youn pou lòt avèk lonè. 11 Pa fè bak nan dilijans, rete zele nan lespri nou, ak nan sèvis Senyè a, 12 rejwi nou nan esperans, rete pasyan nan tribilasyon pèsevere nan lapriyè. 13 Kontribye pou bezwen a sen yo, e toujou pratike ospitalite.

  5. 23 Nenpòt sa nou fè, fè travay nou avèk tout kè nou kòmsi se pou Senyè a, olye se pou lòm. 24 Konnen byen ke nan Senyè a nou va resevwa yon eritaj kòm rekonpans. Se Senyè Kris la ke nou sèvi.

  6. 13 “‘Nou pa pou oprime vwazen nou, ni vòlè li. Salè a yon ouvriye jounalye pa pou rete nan men nou tout lannwit pou rive nan maten.

  7. 4 Malere se sila ki travay ak men lach;

    men lamen moun dilijan an, anrichi.

  8. 3 Konsakre tout zèv ou yo a SENYÈ a,

    e plan ou yo va etabli.

    4 SENYÈ a te fè tout bagay pou pwòp sèvis li;

    menm mechan yo pou jou jijman an.

  9. 11 Pandan yo t ap koute bagay sa yo, Li te kontinye bay yon parabòl, akoz ke Li te toupre Jérusalem, e yo te sipoze ke wayòm a Bondye a t ap parèt imedyatman. 12 Akoz sa a, Li te di: “Yon sèten prens te vwayaje nan yon peyi byen lwen pou resevwa yon wayòm pou li menm, e answit, pou li retounen. 13 Konsa, li te rele dis nan esklav li yo, e te bay yo dis min, e te di yo: “Fè biznis avèk sa jiskaske Mwen retounen.

    14 “Men sitwayen li yo te rayi li, e yo te voye yon delegasyon dèyè l pou di: ‘Nou pa vle nonm sa renye sou nou.’

    15 “Lè l te retounen, apre li te resevwa wayòm nan, li te kòmande ke esklav sa yo ke li te bay kòb la, vin kote l pou li ta kapab konnen ki biznis yo te reyisi fè.

    16 “Premye a te parèt e te di: Mèt, min ou an fè dis min anplis.”

    17 “Li te di li: ‘Trè byen fèt, bon esklav! Akoz ke ou fidèl nan yon ti bagay tou piti, vin pran otorite sou dis vil.’

    18 “Dezyèm nan te vini, e te di: ‘Min ou an Mèt, li fè senk min anplis.’ 19 Li te di li osi: ‘E w ap vin responsab senk vil.’

    20 “Yon lòt te vini e te di: ‘Mèt, men min ou an ke m te konsève nan yon mouchwa; 21 paske mwen te pè ou, akoz ke ou menm se yon moun trè egzijan. Ou ranmase sa ke ou pa t depoze, e rekòlte sa ke ou pa t simen.’

    22 “Li te di li: “Esklav mechan, pa pwòp pawòl ou, mwen va jije ou. Èske ou pa t konnen ke m se yon moun egzijan, ke m ranmase sa ke m pa t depoze, e rekòlte sa ke m pa t simen? 23 ‘Alò, poukisa ou pa t mete kòb la labank, e lè m te vini, mwen ta twouve li avèk enterè?’

    24 “Answit li te di a sila ki te kanpe la yo, ‘Tou pran min li an, e bay li a sila ki gen dis la.’

    25 “Men yo te di li: ‘Mèt, li gen dis deja.’

    26 “Mwen di nou ke a tout moun ki gen, plis y ap resevwa, men a sila a ki pa genyen an, menm sa ke li genyen an va pran nan men l.

    27 “Men lènmi M sa yo ki pa t vle M renye sou yo a, mennen yo isit la, e touye yo nan prezans mwen.”

  10. 33 “‘Lè yon etranje rete avèk nou nan peyi nou, nou pa pou fè l tò. 34 Etranje ki rete avèk nou an va, pou nou, tankou pwòp moun peyi nou. Nou va renmen li tankou tèt nou, paske nou te etranje nan peyi Égypte la. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an. 35 Nou pa pou fè move jijman, ni nan mezire longè, pwa, oubyen kapasite. 36 Fòk balans nou yo jis, e pèz pwa nou yo jis; yon efa (22 lit) ki jis, e yon in (36 lit) ki jis. Mwen se SENYÈ nou an, ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la.

  11. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa.

  12. 1 Konsa, frè m yo, mwen egzòte nou pa tout mizerikòd Bondye yo, pou prezante kò nou kon yon sakrifis vivan e sen, ki se sèvis fidèl ke nou rann pou adore Bondye. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  13. 5 Plan a dilijan an mennen byen si, vè avantaj;

    men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.

  14. 11 Richès ki sòti nan manti koule ale;

    men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.

  15. 1 Lè ou chita sou tab ak yon moun ki gouvènè,

    konsidere byen sa ki devan ou.

    2 Konsa, mete yon kouto sou gòj ou

    si ou se yon nonm ak gwo lanvi.

    3 Pa dezire bon manje sa yo,

    paske se yon repa desepsyon.

    4 Pa fatige kò ou pou jwenn richès;

    sispann reflechi sou sa.

    5 Depi ou mete zye ou sou li, l ale.

    Paske, anverite, li gen zèl kon yon èg

    k ap vole vè syèl yo.

    6 Pa manje pen a yon mesye ki chich,

    ni anvi bèl bagay li;

    7 paske jan li panse nan tèt li a, se konsa li ye.

    Li di ou: “Manje e bwè!” Men kè li pa avè w.

    8 Ou va vomi mòso ke ou te manje a

    e gaspiye tout bèl pawòl ou yo.

  16. 30  Alò, Moïse te di a fis Israël yo: “Ou wè sa, SENYÈ a te rele Betsaléel, fis a Uri, fis a Hur, nan tribi Juda a. 31 Epi li te ranpli li avèk lespri Bondye a, nan sajès, nan konprann, nan konesans, ak nan tout kapasite mendèv yo; 32 pou fè desen pou travay an lò ak ajan ak bwonz, 33 anplis nan koupe pyè bijou yo pou monti yo, e pou desen ki fèt an bwa ak tout kalite èv lespri moun.

    34 “Li te osi dedye kè l pou enstwi ni li menm, ni Oholiab, fis a Ahisamac la nan tribi Dan nan. 35 Li te ranpli yo avèk kapasite pou fè tout èv a yon gravè, yon desinatè, e yon moun ki fè bwodri avèk twal an ble an mov, an wouj, an twal fen blan, e yon tiseran, kòm atizan nan tout zèv ak fèzè desen.”

  17. 1 Yon fo balans se abominasyon a SENYÈ a;

    men yon pwa ki jis se plezi Li.

    2 Lè ògèy vin monte, dezonè vin swiv;

    men avèk moun enb lan, se sajès.

    3 Entegrite a moun dwat la va gide yo;

    men koripsyon a sila ki fè konplo a va detwi yo.

  18. 4 Nanm a parese a anvi, e li pa jwenn;

    men nanm a moun dilijan an vin gra.

  19. 1 Alò nan lè sa a pandan disip yo t ap vin ogmante plis, yon plenyen te vin leve nan pati a Jwif Grèk yo kont Jwif natal yo, paske vèv pa yo te neglije nan separasyon manje chak jou a.

    2 Donk, douz yo te rele rasanble ak disip yo e te di: “Li pa bon pou nou neglije pawòl Bondye a pou nou sèvi tab yo. 3 Konsa, frè yo, chwazi pami nou sèt mesye ak bon jan repitasyon ranpli ak Lespri a e ak sajès, pou nou kapab mete an chaj tach sila a. 4 Men nou menm nou va dedye nou a lapriyè ak ministè a pawòl Bondye a.”

    5 Pawòl sila a te fè plezi a tout asanble a, e yo te chwazi Étienne, yon nonm ranpli ak lafwa e ak Lespri Sen an, ak Philippe, Prochore, Nicanor, Timon, Parménas, epi Nicolas, yon konvèti nan relijyon a Jwif yo ki sòti Antioche. 6 Epi sila yo te mennen devan apòt yo, e lè yo te fin fè lapriyè, yo te poze men sou yo.

    7 Pawòl Bondye a te kontinye gaye, e kantite disip yo te kontinye ogmante anpil nan Jérusalem, e yon gran nonb pami prèt yo t ap vin obeyisan a lafwa a.

  20. 23 Anviwon lè sa a, te vin pase yon gwo tapaj konsènan Chemen an.

    24 Paske te gen yon sèten nonm ki te rele Démétris, yon òfèv ki te konn fè imaj an ajan pou tanp Artimis la, e afè kòb ke li t ap ranmase pa t yon ti kras bagay pou moun ak metye sila a. 25 Li te vin rasanble moun sa yo, avèk tout ouvriye ki te gen metye parèy a sa a, e te di: “Mesye yo, nou konnen ke lavi nou depann de biznis sila a. 26 Nou wè ak tande ke non sèlman an Éphèse, men nan prèske tout Asie a, Paul sila a gen tan fè kwè e detounen yon kantite konsiderab nan pèp la. L ap di ke dye ki fèt pa men yo se pa dye yo ye menm. 27 Se pa sèlman yon gwo danje ke metye sa va tonbe nan malgade, men osi ke tanp gwo deyès la, Artimis va vin san valè, e ke li menm ke tout Asie a ak lemonn adore, va menm rache sou twòn li, e pèdi mayifisans li.”

    28 Lè yo te tande sa, yo te vin ranpli ak raj. Yo te kòmanse kriye fò e t ap di: “Gran se Artimis Efezyen yo!” 29 Vil la te ranpli avèk boulvèsman sa a. Yo te kouri avèk yon sèl panse antre nan teyat la, e te trennen Gaïus ak Aristarque, vwayajè parèy ak Paul ki sòti Macédoine yo.

  21. 1 Fis mwen an, si ou devni garanti dèt pou vwazen ou,

    ou te fè pwomès pou yon lòt ki pa pa w.

    2 Ou te tonbe nan pèlen akoz pawòl a bouch ou,

    ou te kenbe menm, akoz pawòl bouch ou yo.

    3 Alò fè sa, fis mwen an, pou delivre tèt ou.

    Akoz ou te vin antre nan men a vwazen ou an,

    ale desann pou jennen vwazen ou an.

    4 Pa kite dòmi tonbe nan zye ou,

    ni somèy rive sou pòpyè zye ou.

    5 Chape tèt ou kon yon antilòp nan men a chasè,

    oswa zwazo a nan pèlen moun lachas la.

    6 Ale kote foumi, o parese.

    Veye abitid li yo e vin saj!

    7 Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,

    8 konn prepare manje li nan gran sezon an

    e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.

    9 Pou konbyen de tan ou va kouche konsa O parese?

    Se kilè ou va leve soti nan dòmi?

    10 Yon ti dòmi, yon ti somèy,

    yon ti pliye men ou yo pou repoze;

    11 mizè ou va vin parèt sou ou tankou yon vagabon,

    e nesesite ou tankou yon nonm k ap pote zam.

  22. 10 Nenpòt sa ke men ou jwenn pou fè, fè l ak tout kouraj ou. Paske pa gen aktivite, ni plan, ni konesans, ni sajès nan Sejou mò kote ou prale a.

  23. 13 “Malè a sila ki bati kay li san ladwati,

    chanm anlè yo san jistis,

    ki itilize sèvis vwazen li san peye

    e ki pa bay li salè li,

    14 Ki di: “Mwen va bati pou mwen menm

    yon kay ak anpil espas,

    ak gwo chanm anlè.

    Mwen va koupe fenèt li yo,

    ba li panno bwa sèd

    e pentire l an koulè wouj.’

    15 “Èske ou dwe wa akoz ou pi fò nan afè bwa sèd?

    Èske papa ou pa t manje, bwè

    e fè jistis ak sa ki dwat?

    Epi sa te ale byen pou li.

    16 Li te plede koz a malere ak aflije yo,

    epi sa te ale byen.

    Èske se pa sa ki vle di ou rekonèt Mwen an?” deklare SENYÈ a.

    17 “Men zye ou ak kè ou rete sèlman

    sou richès ki ranmase nan zak malonèt,

    nan vèse san inosan,

    nan opresyon ak vyolans.”

  24. 34 Li te rele foul la avèk disip Li yo. Li te di yo: “Si yon moun vle swiv Mwen, fòk li renonse a pwòp tèt li, pran kwa li, e swiv Mwen. 35 Paske nenpòt moun ki vle sove vi li, va pèdi li; men nenpòt moun ki pèdi vi li akoz Mwen ak levanjil la, ap sove li.

    36 “Paske kisa sa sèvi a yon nonm si l genyen tout lemonn men l pèdi nanm li? 37 Paske kisa yon nonm ap bay an echanj pou nanm Li.

    38 “Paske nenpòt moun ki wont de Mwen menm avèk pawòl Mwen, nan jenerasyon adiltè e konwonpi sila a, Fis a Lòm nan ap wont de li menm tou lè Li vini nan glwa a Papa Li avèk zanj sen yo.”

  25. 10 “Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.

  26. 5 Esklav yo, se pou nou obeyisan a sila ki mèt nou yo selon lachè, avèk lakrent ak tranbleman, nan senserite a kè nou, tankou a Kris la menm, 6 pa sèlman devan zye, kòmsi pou fè moun plezi, men kòm esklav a Kris k ap fè tout volonte Bondye ki soti nan kè a. 7 Avèk bòn volonte, rann sèvis tankou a Senyè a, e pa a lòm 8 nan konesans ke nenpòt bon bagay yon moun fè, li va resevwa sa a soti nan Senyè a, kit li esklav kit li lib.

    9 Epi mèt yo, fè menm bagay yo pou yo. Sispann menase yo, lòske nou konprann ke ni Mèt pa yo a ak pa nou an se nan syèl la, epi devan Li pa gen patipri.

  27. 17 Nenpòt sa nou fè nan pawòl oubyen nan zèv, fè tout bagay nan non Senyè a Jésus, e bay remèsiman atravè Li menm, a Bondye Papa a.

  28. 6 Alò, nou kòmande nou, frè yo, nan non Senyè nou an, Jésus Kris, pou nou rete lwen de tout frè ki mennen yon vi san prensip e ki pa an akò avèk tradisyon ke nou te resevwa de nou menm yo.

    7 Paske nou menm, nou konnen jan nou ta dwe swiv egzanp nou an, paske nou pa t aji nan yon fason dezòd pami nou. 8 Ni nou pa t manje pen a lòt moun san peye pou li, men avèk travay ak difikilte, nou te kontinye travay lajounen kou lannwit pou nou te kab pa vini yon chaj lou pou okenn nan nou. 9 Se pa paske nou pa gen dwa sa a, men pou nou te kab ofri tèt nou kòm yon modèl pou nou, pou nou ta kapab swiv egzanp nou an.

    10 Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis. 11 Paske nou tande ke kèk pami nou ap mennen yon vi dezòd, ke yo pa travay menm, men k ap aji kòm antre bouch yo nan zafè a lòt moun. 12 Alò, moun konsa yo, nou kòmande e egzòte nan Senyè a, Jésus Kri, pou yo travay nan yon jan ki kalm pou manje pwòp pen pa yo. 13 Men pou nou, frè m yo pa fatige nan fè sa ki bon.

  29. 4 Veye salè a ouvriye ki te rekòlte chan nou yo ke nou te refize vèse bay, vin kriye kont nou; epi kri a ouvriye mwason sa yo gen tan rive nan zòrèy a Senyè Sabaot la.

  30. 9 “‘Alò, lè nou fè rekòlt nan tè nou, nou p ap rekòlte rive jis nan kwen chan an, ni nou p ap ranmase ti rès ki tonbe a. 10 Ni nou p ap ranmase ti rès fwi nan chan rezen nou yo. Nou va kite yo pou malere yo ak etranje yo. Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an.

  31. 13 “Nou pa pou pote nan sak nou plizyè kalite pwa balans, yon gwo avèk yon piti. 14 Nou pa pou genyen lakay nou plizyè kalite mezi, yon gwo avèk yon piti. 15 Nou va gen yon pwa balans ki bon e ki jis. Nou va gen yon mezi ki bon e ki jis, jis pou jou nou yo kapab pwolonje nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an bannou an. 16 Paske tout moun ki fè bagay sa yo, tout moun ki aji avèk enjistis abominab a SENYÈ a, Bondye nou an.

  32. 5 L ale byen pou nonm nan ki gen mizerikòd e ki prete;

    Li va prezève koz li a nan jijman an.

  33. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  34. 1 Yon bon non pi bon pase tout richès;

    e favè Bondye, pase ajan ak lò.

  35. 16 Sila ki oprime malere a pou ogmante tèt li;

    ni sila k ap fè kado a rich yo, va rive nan povrete.

  36. 20 Li te di: “Sa ki sòti nan yon moun, se sa ki souye l. 21 Paske pa anndan, sòti nan kè lòm tout move panse, fònikasyon, vòl, touye moun, adiltè, 22 zak lanvi sa ki pou lòt, mechanste, desepsyon, sansyalite, jalouzi, kout lang, ògèy, ak tout kalite foli. 23 Tout mal sa yo sòti pa anndan, epi souye yon nonm.”

  37. 23 Nan tout travay gen pwofi;

    men pale anpil mennen nan povrete.

  38. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv.

  39. 15 Alò, Senyè Bondye a te pran lòm nan; Li te mete l nan jaden Eden pou kiltive li e pran swen li.

  40. 1 Alò, yo te pran Joseph desann an Égypte. Epi Potiphar, yon ofisye Farawon, kòmandan nan gad yo, te achte li nan men Izmayelit yo, ki te fè l desann la.

    2 SENYÈ a te avèk Joseph, e li te byen reyisi. Li te lakay mèt li, Ejipsyen an. 3 Alò mèt li a te wè ke SENYÈ a te avèk li, e ke li te fè tout sa li te antreprann byen reyisi nan men l. 4 Konsa, Joseph te twouve favè nan zye li, e li te devni sèvitè pèsonèl li. Li te fè li chèf an tèt tout lakay li, e tout sa ke li te posede, li te mete yo sou chaj li. 5 Epi li te rive ke depi lè sa a li te fè li chèf lakay li, ak sou tout sa li te posede, ke SENYÈ a te beni lakay Ejipsyen an akoz Joseph. Benediksyon SENYÈ a te sou tout sa li te genyen, ni nan kay la, ni nan chan an. 6 Li te kite tout sa li te gen sou chaj Joseph. Konsa, li pa t okipe tèt li avèk anyen sof ke manje ke li te manje. Alò, Joseph te yon bo gason, ni nan fòm li, ni nan aparans li.

    7 Li te vin rive apre evènman sa yo, ke madanm Potiphar a, te gade Joseph avèk anvi. Konsa, li te di: “Vin kouche avè m.”

    8 Men Joseph te refize. Li te di a madanm mèt li a: “Mèt mwen pa menm okipe li pou anyen ki nan kay la, e li te mete tout sa li posede sou chaj mwen. 9 Nanpwen pèsòn nan kay sa a ki pi gran ke mwen, e li pa refize m anyen, sof ke ou menm, paske ou se madanm li. Kijan konsa, mwen ta kapab fè gwo mal sa a, e peche kont Bondye menm?” 10 Pandan li te pale avèk Joseph jou aprè jou, Joseph pa t koute l menm pou kesyon kouche avè l, oswa pou li ta rete avè l.

    11 Alò li vin rive yon jou ke li te antre nan kay la pou fè travay li, e pa t gen lòt nan ouvriye lakay yo ki te andedan kay la. 12 Konsa, Madanm nan te kenbe li pa vètman li. Li te di: “Kouche avè m!” Men li te kite vètman li nan men l, e te sove ale deyò.

  41. 14 “‘Nou pa pou anmède yon moun soud, ni mete yon obstak pou fè avèg la tonbe, men nou va gen krentif pou Bondye nou an. Mwen se SENYÈ a.

  42. 8 Pi bon se piti ak ladwati

    pase gwo kòb k ap antre avèk enjistis.

  43. 5 “Konsa, Mwen va vin kote nou pou jijman. Mwen va fè temwen byen rapid kont wangatè yo, kont moun adiltè yo, ak kont sila k ap fè fo temwayaj yo; kont sila k ap oprime ouvriye yo nan salè yo, vèv yo, òfelen yo, sila ki refize bay soutyen yo a etranje yo, ak sila ki pa gen lakrent Mwen yo,” pale SENYÈ, dèzame yo.

  44. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.

  45. 36 Men Jésus te gen tan tande sa ki t ap pale a, e te di a ofisye sinagòg la: “Pa pè ankò; sèlman kwè”.

  46. 41 Alò paran Li yo te konn ale Jérusalem chak ane nan fèt Pak Jwif la.

    42 Lè L te vin gen douz ane, yo te monte la selon koutim fèt la. 43 Pandan yo t ap retounen, apre tout jou yo te pase, jenn gason an, Jésus te rete dèyè nan Jérusalem. Men paran Li yo pa t konnen sa. 44 Yo te sipoze ke Li te pami lòt moun yo. Yo te vwayaje pandan yon jou, e yo te kòmanse ap chache Li pami manm fanmi avèk zanmi yo.

    45 Lè yo pa t twouve Li, yo te retounen Jérusalem pou chache Li. 46 Konsa apre twa jou, yo te twouve Li nan tanp lan. Li te chita pami mèt yo, pou tande yo, e poze yo kesyon. 47 Tout sila ki te tande Li yo te etone de jan li te konprann, ak repons ke Li te bay yo.

    48 Lè yo te wè Li, yo te etone. Manman Li te di Li: “Pitit mwen, Poukisa Ou trete nou konsa? Gade, papa Ou ak mwen menm te enkyete, e nou t ap chache Ou.”

    49 Li te di yo: “Poukisa nou t ap chache mwen? Èske nou pa t konnen ke M te oblije lakay Papa M?” 50 Men yo pa t konprann pawòl ke Li te di yo a.

    51 Konsa, Li te ale avèk yo, e te rive nan Nazareth. Li te kontinye anba otorite yo, e manman L te gade tout bagay sa yo nan kè l.

  47. 10 Paske nou se èv Li, kreye an Jésus Kri pou fè bon zèv, ke Bondye te prepare davans pou nou ta kapab mache nan yo.

  48. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  49. 17 Ansyen ki dirije byen yo, dwe konsidere dign de doub onè, sitou sila ki travay di nan predikasyon ak enstriksyon yo. 18 Paske Lekriti a di: “Nou pa dwe mete mizo nan bouch a bèf la pandan l ap moulen sereyal la,” epi: “Ouvriye a dign de salè li.”

  50. 16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  51. 28 Bondye te beni yo; Li te di yo, “Se pou nou vin fekon. Fè pitit pou ranpli latè, e domine sou li; se pou nou vin mèt sou pwason lanmè yo ak zwazo anlè yo, sou chak bèt vivan kab fè mouvman sou tè a”.

    29 Alò Bondye te di, “Gade byen, Mwen bannou chak plant ki donnen grenn sou sifas tout tè a, ak chak bwa ki gen fwi avèk grenn li; li va sèvi kòm manje pou nou; 30 Epi a chak bèt latè ak chak zwazo syèl la, chak bagay k ap fè mouvman sou tè a, bagay ki gen lavi, Mwen te bay chak plant vèt pou manje”; epi se te konsa.

    31 Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.

  52. 5 “Lè yon nonm fenk pran yon madanm tounèf, li pa pou sòti avèk lame a, ni vin responsab okenn chaj. Li gen pou rete lib lakay li pandan 1 nan pou fè madanm ke li te pran an, gen kè kontan.

  53. 13 Si mwen te refize demand esklav mwen an,

    gason kon fanm, lè l te fè yon plent kont mwen,

    14 alò, kisa mwen ta kab fè lè Bondye leve?

    Konsa, lè L rele m pou jijman,

    ki repons mwen ta kab bay Li?

  54. 23 Sila ki desann bò kote lanmè nan bato yo,

    ki fè komès sou gwo dlo yo,

    24 yo te konn wè zèv SENYÈ yo,

    avèk mèvèy Li yo nan gran fon an.

  55. 22 San konsèy, plan yo vin jennen;

    men ak anpil konseyè, yo vin reyisi.

  56. 16 Lè mwen te bay kè m pou aprann sajès ak pou m wè tach ki te konn fèt sou tè a, (malgre sa ta fè yon moun pa janm dòmi ni lajounen, ni lannwit), 17 konsa, lè mwen te wè tout zèv Bondye te fè, mwen te vin aprann ke lòm p ap kapab dekouvri travay ki te konn fèt anba syèl la. Malgre lòm ta chache ak tout dilijans, li p ap twouve li. Malgre yon nonm saj ta di: “Mwen konnen”, li p ap ka dekouvri li.

  57. 17 Aprann fè sa ki bon;

    chache lajistis,

    fè sekou oprime yo,

    defann òfelen yo,

    plede ka a vèv la.

    18 “Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a:

    “Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj;

    malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.

    19 Si nou vin dakò e obeyi,

    nou va manje pi bon bagay ki gen nan peyi a;

    20 men si nou refize, e fè rebèl,

    nou va devore pa nepe.”

    Anverite, bouch SENYÈ a fin pale.”

  58. 24 “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.

  59. 7 “Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri. 8 Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri. 9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo. 12 Pou sa, menm jan ke nou vle moun aji avèk nou, fè yo menm bagay la, paske sa se Lalwa, ak Pwofèt yo.

  60. 18 Paske, mwen konsidere soufrans lan nan tan sa a pa kapab konpare menm avèk laglwa ki va revele a nou menm nan. 19 Paske tout kreyasyon an ap tann avèk gwo lanvi revelasyon a fis Bondye yo. 20 Paske kreyasyon an te sibi anba kòve, pa selon pwòp volonte pa li, men akoz Bondye ki te fè l soumèt, nan esperans lan; 21 ke kreyasyon an li menm osi va libere soti nan esklavaj a koripsyon, pou l antre nan libète laglwa a fis Bondye yo. 22 Paske nou konnen ke jis nan lè sa a tout kreyasyon ap leve vwa li nan gwo plent tankou fanm k ap fè pitit.

  61. 6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye. 7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.

  62. 5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. 6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an. 7 Paske moun sa a pa dwe sipoze ke li va resevwa anyen nan men Senyè a, 8 tankou yon moun ak doub panse, ki enstab nan tout chemen li yo.

  63. 1 Kisa ki sous kont ak konfli pami nou yo? Èske se pa plezi nou yo k ap fè lagè nan manm kò nou yo? 2 Nou anvi e nou pa genyen, donk nou touye moun. Nou anvi e nou pa kab twouve, donk nou goumen e fè kont ak lòt yo. Nou pa genyen paske nou pa mande. 3 Nou mande e nou pa resevwa, paske nou mande avèk anbisyon ki pa pwòp yo, pou nou kab pase li nan plezi nou yo.

    4 Nou menm, moun adiltè yo, èske nou pa konprann ke amitye avèk mond lan se rayisman anvè Bondye? Konsa, nenpòt moun ki vle zanmi ak mond lan fè tèt li lènmi ak Bondye.

    5 Oubyen, èske nou panse ke Lekriti sen an pale san rezon: “Li jalou pou Lespri a ke Li te fè rete nan nou an?”

    6 Men Li bay yon pi gwo gras. Konsa, li di: “Bondye opoze a ògeye yo, men Li fè gras a moun ki enb yo.”

    7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse. 9 Se pou nou vin mizerab; lamante e kriye. Kite ri nou yo vin tounen lamantasyon, e lajwa nou yo vin tounen tristès. 10 Desann nou nan prezans Bondye a, e Li menm, Li va fè nou leve.

    11 Pa pale kont youn lòt, frè m yo. Sila ki pale kont yon frè oubyen jije frè li a, pale kont lalwa e jije lalwa. Men si nou jije lalwa, olye nou akonpli lalwa a, nou jije li. 12 Gen yon sèl ki bay Lalwa; se sèl Li ki kapab sove e detwi. Men nou menm, ki moun nou ye pou jije vwazen nou an?

    13 Vini koulye a, nou menm, ki di: “Jodi a oswa demen, nou va ale nan tèl vil, e pase yon ane la, angaje nou nan biznis pou fè pwofi.” 14 Malgre, nou pa konnen kijan lavi nou va ye demen. Paske ki sa lavi ou ye? Li se sèlman yon vapè ki parèt pou yon ti moman, e answit, vin disparèt. 15 Olye de sa, nou ta dwe di: “Si Bondye vle, nou va viv, e nou va osi fè sesi oubyen sela.”

    16 Menmjan sa ye a, nou ògeye nan awogans nou. Tout ògèy konsa, se mechanste. 17 Alò a sila ki konnen bon bagay pou li fè a, men pa fè l, a li menm, se peche.

  64. 6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.

    7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.

    8 Se pou nou gen lespri serye e rete vijilan. Lènmi nou an, dyab la, ap sikile toupatou tankou yon lyon voras k ap chache yon moun pou l devore. 9 Men reziste kont li, kanpe fèm nan lafwa, paske nou konnen frè kwayan yo nan mond lan, ap pase menm kalite soufrans yo.

    10 Lè nou gen tan fin soufri pou yon ti tan, Bondye a tout gras ki te rele nou nan laglwa etènèl Li a an Kris, va, Li menm, fè nou pafè, konfime nou, e fè nou vin dyanm. 11 A Li menm, pwisans pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  65. 11 “‘Nou pa pou vòlè, ni twonpe, ni manti youn ak lòt.

  66. 39 “Si yon moun peyi parèy nou vin tèlman pòv pami nou menm, e li vin vann tèt li bannou, nou pa pou desann li nan sèvis esklavaj.

  67. 5 Konsa, David te rasanble tout Israël ansanm, soti nan Sichor nan Egypte jis rive nan antre Hamath, pou pote lach Bondye a soti Kirjath-Jearim.

    6 David avèk tout Israël te monte Baalah, sa vle di nan Kirjath-Jearim, ki apatyen a Juda, pou pote monte soti la, lach Bondye a, SENYÈ a, ki sou twòn li antre cheriben yo, kote non Li ap rele a. 7 Yo te pote lach Bondye a sou yon kabwèt nèf soti lakay Abinadab, Uzza avèk Achjo te kondwi kabwèt la. 8 David avèk tout Israël t ap selebre devan Bondye avèk tout fòs yo, menm avèk chan, avèk gita yo, ap yo, tanbouren yo, senbal yo ak twonpèt yo.

    9 Lè yo te rive nan glasi vannen an nan Cidon, Uzza te lonje men l pou bay soutyen a lach la akoz bèf yo te prèt pou chavire l. 10 Lakòlè SENYÈ a te brile kont Uzza e Li te frape li akoz li te lonje men l vè lach la; epi li te mouri la devan Bondye. 11 Konsa, David te vin fache akoz kòlè SENYÈ a te pete kont Uzza. Li te rele plas sa a Pérets-Uzza jis rive jodi a. 12 David te krent Bondye nan jou sa a, epi te di: “Kijan mwen kapab pote lach Bondye lakay mwen?” 13 Pou sa, David pa t pran lach la avèk li lavil David, men te pran l sou kote kay Obed-Édom an nan Gath. 14 Konsa, lach Bondye a te rete avèk fanmi a Obed-Édom lakay li pandan twa mwa. Epi SENYÈ a te beni fanmi Obed-Édom an avèk tout sa li te genyen.

  68. 4 Pran plezi ou nan SENYÈ a.

    Konsa, Li va bay ou tout dezi a kè ou.

  69. 17 Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a,

    e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.

  70. 27 Konsa, mwen menm, Daniel, te vin malad pandan plizyè jou. Lè m te leve ankò, mwen te kontinye fè zafè a wa a. Mwen te etone de vizyon an e mwen pa t gen moun ki te konprann li.

  71. 8 Li te montre ou, O lòm, sa ki bon.

    Ki sa SENYÈ a egzije de ou?

    Sèl pou fè sa ki jis, renmen Mizerikòd,

    e mache nan imilite ak Bondye ou a?

  72. 26 Menm jan an, Lespri a ede nou tou nan feblès nou; paske nou pa konnen kòman pou nou priye jan nou ta dwe priye a. Men Lespri a Li menm entèsede pou nou avèk soupi ki pa kapab eksprime. 27 Men Li menm ki sonde kè yo konnen panse a Lespri a, paske Li entèsede pou tout sen yo selon volonte Bondye a.

    28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè.

  73. 7 Pa twonpe tèt nou; Bondye p ap moke; paske sa ke yon moun simen, se sa menm ke li va rekòlte. 8 Paske, sila ki simen pou pwòp chè li a, va, selon lachè, rekòlte koripsyon, men sila ki simen pou Lespri a, va, selon Lespri a, rekòlte lavi etènèl. 9 Annou pa dekouraje nan fè byen, paske lè lè a rive, nou va rekòlte si nou pa fatige.

  74. 1 Mèt yo, bay esklav nou yo sa ki jis e rezonab, epi konnen ke nou osi gen yon Mèt nan syèl la.

  75. 9 Ankouraje esklav yo pou soumèt a pwòp mèt yo nan tout bagay, pou fè yo plezi, san diskisyon, 10 pa nan vòlè, men nan montre tout bon lafwa nan tout bagay pou yo kapab anbeli doktrin Bondye a, Sovè nou an, nan tout jan.

    11 Paske lagras Bondye gen tan parèt, e pote sali pou tout moun 12 kap enstwi nou pou rejte sa ki pa a Bondye ak dezi mond lan pou viv avèk bon rezon, ladwati, ak yon vi fidèl nan tan prezan sila a; 13 nan chèche lesperans beni ak aparisyon laglwa a gran Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri 14 ki te bay tèt Li pou nou, pou rachte nou de tout zèv malveyan, e pirifye pou tèt Li yon pèp pou pwòp posesyon pa Li, ki zele pou fè bon zèv.

    15 Pale, egzòte, e repwoche nan bagay sa yo avèk tout otorite. Pa kite pèsòn meprize ou.

  76. 15 Fè si ke okenn nan nou pa soufri kòm asasen, vòlè, oswa yon malfektè, ni yon moun k ap simen latwoublay; 16 Men, si yon moun soufri kòm yon Kretyen (yon moun k ap adore Kris), li pa dwe wont, men li dwe glorifye Bondye nan non sila a.

  77. 3 akoz nou wè ke pwisans diven Li an bannou tout bagay ki apatyen a lavi ak sentete, atravè vre konesans a Li, ki te rele nou pa pwòp glwa ak ekselans Li. 4 Paske pa sila yo, Li te bannou pwomès presye e manyifik Li, pouke nan yo, nou ta kapab vin patisipan nan nati sen an, e chape de koripsyon ki nan mond lan pa konvwatiz lachè a.

    5 Alò, pou rezon sa a tou, avèk tout dilijans nan lafwa nou, mete ekselans moral, e nan ekselans moral nou, mete konesans. 6 Sou konesans nou, mete bon kontwòl tèt nou, e nan bon kontwòl tèt nou, mete pèseverans, e nan pèseverans nou, mete sentete. 7 Anplis nan sentete nou, mete bonte fratènèl, e nan bonte fratènèl nou, mete lanmou.

    8 Paske si kalite sa yo nan nou e ap ogmante, yo p ap rann nou ni initil, ni san fwi nan vre konesans Senyè nou an, Jésus Kri. 9 Paske, sila ki manke kalite sa yo avèg oswa pa wè klè, akoz li bliye ke li te netwaye de ansyen peche li yo.

    10 Konsa, frè m yo, se pou nou vin pi dilijan pou fè sèten de chwa ak apèl Li de nou menm nan. Paske otan ke n ap pratike bagay sa yo, nou p ap janm glise tonbe. 11 Paske lè nou aji nan fason sa a, antre nan wayòm etènèl Senyè ak Sovè nou an, Jésus Kri, va toujou disponib a nou menm an abondans.