40 Bible Verses About God's Goodness

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About God's Goodness
  1. 5 Sou bèlte e glwa a majeste Ou

    avèk zèv mèvèy Ou yo,

    mwen va reflechi tout tan.

    6 Lèzòm va pale sou pouvwa a zèv mèvèy Ou yo

    e mwen va pale jan Ou gran.

    7 Yo va pouse pale ak enpasyans sou memwa a bonte Ou.

    Yo va rele fò ak lajwa de ladwati Ou.

    8 SENYÈ a plen gras avèk mizerikòd,

    lan nan kòlè e gran nan lanmou dous Li a.

    9 SENYÈ a bon pou tout moun e gras Li

    lonje rive sou tout zèv Li yo.

  2. 1 Konsa, nou vin san eskiz; nou tout ki pote jijman yo. Nan menm moman ke nou jije lòt yo, nou kondannen pwòp tèt nou. Paske nou menm ki jije yo, pratike menm bagay sa yo. 2 Epi nou konnen ke li jis lè jijman Bondye a tonbe sou sila ki pratike bagay sa yo. 3 Men èske ou sipoze sa o lòm; ke lè ou jije sila ki pratike bagay sa yo, epi ou menm ou fè menm bagay yo, ke ou va chape de jijman Bondye a? 4 Oubyen èske ou panse ke richès a bonte Li, tolerans ak pasyans Li se yon bagay lejè, san nou konprann ke se bonte Bondye menm ki mennen nou nan larepantans? 5 Men akoz de tèt ak kè di nou, nou ap ranmase vanjans Bondye pou dènye gran jou kòlè a, lè Bondye ap fè vin parèt tout jijman jis Li yo. 6 Li menm va rann jijman a chak moun selon tout zèv li. 7 Sila yo ki pèsevere nan fè byen, va twouve glwa, lonè, imòtalite, ak lavi etènèl; 8 men sila yo ki ranpli ak anbisyon pèsonèl e ki pa obeyi verite a, men ki obeyisan sèlman a lenjistis, ap twouve lakòlè ak lendiyasyon Bondye. 9 Va genyen tribilasyon ak gran doulè pou tout nanm pami lòm ki fè mechanste premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la.

    10 Men laglwa, lonè ak lapè pou tout moun ki fè byen, premyèman pou Jwif la, men osi pou Grèk la. 11 Paske avèk Bondye pa gen patipri.

  3. 19 Men a la gran, bonte ke Ou

    te konsève pou sila ki krent Ou yo,

    ke Ou te fòje pou sila ki kache nan Ou yo, devan fis a lòm yo!

    20 Ou kache yo nan kote sekrè a prezans Ou, kont tout manèv a lòm.

    Ou konsève yo an sekrè nan yon pwotèj

    kont konplo a tout lang lèzòm.

  4. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo. 29 Paske sila ke Li te konnen oparavan yo, Li te chwazi yo depi avan pou vin konfòm a limaj a Fis Li a, pou Li ta kapab premye ne pami anpil frè. 30 Epi sila ke Li te chwazi oparavan yo, Li te anplis rele yo, e sila Li te rele yo, Li te jistifye yo, e sila Li te jistifye yo, anplis, Li te glorifye yo.

  5. 4 Mwen te chache SENYÈ a e Li te reponn mwen,

    epi te delivre mwen de tout perèz mwen yo.

    5 Yo te gade vè Li, e te vin ranpli ak limyè.

    Figi yo p ap janm wont.

    6 Malere sila a te rele, e SENYÈ a te tande li,

    epi te sove li sòti nan tout twoub li yo.

    7 Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo,

    epi li sove yo nan gwo twoub.

    8 O goute e wè ke Bondye bon.

    A la beni nonm ki kache nan Li a beni!

  6. 5 SENYÈ a te desann nan nyaj la, e Li te kanpe la avèk li pandan li t ap rele non SENYÈ a.

    6 Konsa, SENYÈ a te pase devan li, e Moïse te pwoklame: “SENYÈ a! SENYÈ a, Bondye, ki plen mizerikòd ak konpasyon an, ki lan nan fè kolè, e ki ranpli avèk lanmou ki dous ak verite a; 7 ki kenbe lanmou dous pandan dè milye de jenerasyon, ki padone inikite, transgresyon ak peche; malgre sa li p ap kite koupab yo san pinisyon. L ap vizite inikite papa yo sou pitit yo, ak sou pitit a pitit yo jis rive nan twazyèm ak katriyèm jenerasyon.”

  7. 17 Pandan Li t ap prepare pou yon vwayaj, yon nonm te kouri kote L, te mete l ajenou devan Li. Li te mande L: “Bon Mèt, kisa mwen dwe fè pou eritye lavi etènèl?”

    18 Epi Jésus te di Li: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen moun ki bon sof ke Bondye sèl. 19 Ou konnen kòmandman yo, ‘Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa fè fo temwayaj, pa twonpe moun, onore papa ou avèk manman ou’.”

    20 Konsa li te di Li: “Mèt, mwen fè tout bagay sa yo depi mwen timoun.”

    21 Jésus te byen gade li. Li te gen yon lanmou pou li. Li te di l: “Yon bagay ou manke; ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e ou va gen richès nan syèl la. E konsa, vin swiv Mwen.”

    22 Men avèk pawòl sa yo, li te vin atriste. Li te kite lye sa a, byen dezole, paske li te yon moun ki te gen anpil byen.

  8. 22 Men fwi Lespri a se lanmou, lajwa, lapè, pasyans, ladousè, bonte, fidelite 23 jantiyès, tanperans; kont bagay sa yo, pa gen lwa.

  9. 68 Ou bon e Ou fè sa ki bon.

    Enstwi mwen nan règleman Ou yo.

  10. 18 Konsa, Moïse te di: “Mwen priye Ou, montre m glwa Ou!”

    19 Epi Li te reponn li: “Mwen menm va fè tout bonte Mwen pase devan ou, e Mwen va pwoklame non SENYÈ a devan ou. Konsa, Mwen va fè gras a sa ke M vle fè gras yo, e Mwen va montre mizerikòd a sa ke M vle montre mizerikòd yo.”

    20 Men Li te di: “Ou p ap kapab wè figi Mwen, paske okenn moun pa ka wè M pou l viv!”

    21 SENYÈ a te di: “Gade byen, gen yon plas bò kote Mwen. Ou va kanpe la sou wòch la. 22 Epi li va rive ke pandan glwa Mwen ap pase, Mwen va mete ou nan twou wòch la. E Mwen va kouvri ou avèk men M pou jiskaske M fin pase. 23 Alò, Mwen va retire men M, e ou va wè do Mwen, men figi M p ap vizib.”

  11. 13 Pa kite pèsòn di lè l tante: “Se Bondye k ap tante m,” paske Bondye pa kapab tante pa mal, e Li menm, Li pa tante pèsòn. 14 Men chak moun tante lè li pote ale pa pwòp move dezi li yo. 15 Alò, lè move dezi a fin jèmen, li bay nesans a peche. Epi lè peche a fin akonpli, li pote lanmò.

    16 Pinga nou vin twonpe, frè byeneme mwen yo.

    17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon. 18 Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.

  12. 7 SENYÈ a bon; se yon sitadèl nan jou malè. Epi Li konnen sila ki pran refij nan li yo.

  13. 5 Paske Ou menm, Senyè a,

    Ou plen bonte e Ou prèt pou padone,

    ranpli avèk lanmou dous, pou tout sila

    ki rele sou non Ou yo.

  14. 34 O bay remèsiman a SENYÈ a pou bonte Li,

    paske lanmou dous Li a se pou tout tan.

  15. 6 Sonje, O SENYÈ, mizerikòd Ou ak lanmou dous Ou a,

    Paske se yo ki la depi tan ale nèt.

    7 Pa sonje peche jenès mwen yo, ni transgresyon mwen yo.

    Selon lanmou dous Ou, sonje mwen,

    Pou koz a bonte Ou, O SENYÈ.

    8 Bon e plen ladwati, se SENYÈ a;

    pou sa, Li enstwi pechè yo nan chemen an.

  16. 13 Mwen toujou gen konfyans sa a:

    ke m va wè bonte SENYÈ a nan peyi a vivan yo.

  17. 11 Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye.

    SENYÈ a va bay gras avèk glwa.

    Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.

  18. 43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.

    46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?

    48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”

  19. 7 “Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri. 8 Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri. 9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.

  20. 16 Konsa, yon moun te vini la, e te di: “Mèt, ki bon bagay Mwen kapab fè pou m jwenn lavi etènèl?”

    17 Li te di l: “Poukisa ou ap kesyone M sou sa ki bon? Gen yon sèl ki bon, Bondye. Men si ou vle antre nan lavi, kenbe kòmandman yo.”

  21. LIV 5

    1 O bay remèsiman a Bondye, paske Li Bon,

    paske lanmou dous Li dire jis pou tout tan.

  22. 31 Bondye te wè tout sa Li te kreye yo, e gade byen, sa te trè bon. Te gen aswè, ak maten, sizyèm jou.

  23. 4 Antre nan pòtay Li yo avèk remèsiman,

    e nan lakou Li yo avèk lwanj.

    Ba Li remèsiman!

    Beni non Li!

    5 Paske Bondye bon.

    Lanmou dous li a dire jis pou tout tan,

    e fidelite Li a tout jenerasyon yo.

  24. 22 Lanmou dous SENYÈ a, anvèrite, p ap janm sispann,

    paske mizerikòd Li p ap janm manke.

    23 Yo renouvle chak maten.

    Gran se fidelite Ou.

    24 “SENYÈ a se pòsyon mwen.”

    Se sa nanm mwen di m.

    Konsa, mwen mete espwa m nan Li.

    25 SENYÈ a montre dousè Li a sila ki tann Li yo,

    a moun ki chache Li a.

    26 Se bon pou yon nonm gen espwa,

    e tann byen trankil pou sali SENYÈ a.

  25. 22 Konsa, byen gade bonte ak severite Bondye a. Anvè sila ki tonbe yo, severite, men pou ou menm, bonte Li, si ou kontinye nan bonte Li. Otreman, l ap retire ou tou.

  26. 2 Pou sa a, pa konfòme nou a mond sa a, men transfòme nou pa renouvèlman lespri nou, pou nou kapab pwouve sa ke volonte Bondye a ye; sa ki bon, akseptab e konplè san manke anyen.

  27. Pou direktè koral la. Yon Sòm David, lè Doeg, Edomit lan te vin di Saül “David gen tan rive lakay Achimélic.”

    1 Poukisa ou ògeye nan mechanste ou, O lòm pwisan?

    Lanmou dous Bondye a dire tout lajounen.

  28. 18 Konsa, yon sèten direktè te kesyone L e te di: “Bon mèt, kisa pou m ta fè pou eritye lavi etènèl?”

    19 Jésus te mande l: “Poukisa ou rele M bon? Nanpwen pèsòn ki bon sof ke Bondye sèl.

  29. 9 “Mwen se pòt la. Si nenpòt moun antre pa Mwen, li va sove e va antre, sòti pou twouve patiraj.

    10 “Vòlè a vini sèlman pou l vòlè, touye, ak detwi.

    “Mwen te vini pou yo ta kapab gen lavi, pou yo ta ka genyen l an abondans.

    11 “Mwen menm se bon bèje a. Bon bèje a ap bay vi Li pou mouton yo.

  30. 6 Paske pandan nou te ankò san defans, nan moman an menm, Kris te mouri pou sila ki te san Bondye yo. 7 Se pa fasil ke yon nonm ta mouri pou yon moun ki jis, men petèt pou yon bon moun, li ta kab gen kouraj pou mouri. 8 Men Bondye montre tout lanmou li anvè nou, ke pandan nou te ankò pechè, Kris te mouri pou nou.

  31. 4 Paske tout bagay kreye pa Bondye, bon, e anyen pa dwe rejte, si li resevwa avèk remèsiman, 5 paske li sanktifye pa mwayen pawòl Bondye a ak lapriyè.

  32. 2 Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen.

    Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.

  33. 8 Kite yo bay remèsiman a SENYÈ a pou lanmou dous Li a,

    pou mèvèy Li yo anvè fis a lòm yo!

    9 Paske Li te satisfè nanm swaf la, e

    nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.

  34. 1 Bay remèsiman a SENYÈ a, paske Li Bon,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

    2 Bay remèsiman a Bondye anwo tout dye yo,

    paske lanmou dous Li a dire jis pou tout tan.

    3 Bay remèsiman a Senyè de tout senyè yo,

    paske lanmou dous li a dire jis pou tout tan;

  35. 14 Mwen va ranpli nanm a prèt yo ak abondans,

    e pèp Mwen an va satisfè ak bonte Mwen,” deklare SENYÈ a.

  36. 9 Jéthro te rejwi de tout bonte ke SENYÈ a te fè anvè Israël, lè l te delivre yo nan men Ejipsyen yo.

  37. 14 Epi konsènan nou menm, frè mwen yo, mwen gen konviksyon ke nou menm, nou plen ak bonte, byen ranpli avèk tout konesans, e kapab osi egzòte youn lòt.

  38. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.

  39. 35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.

  40. 9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.