60 Bible Verses About God's Provision
Bib Sen An (BSA)
-
19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.
-
6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a:
“Li te gaye toupatou.
Li te bay a malere yo.
Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”
10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye.
-
25 “Pou rezon sa a, Mwen di nou pa enkyete nou pou lavi nou, kisa nou ap manje, ni sa nou ap bwè; ni pou kò nou, pou sa nou ap mete sou li. Èske lavi pa plis ke manje, e kò a plis ke rad nou mete sou li? 26 Gade zwazo ki anlè yo; yo pa simen, ni rekòlte, ni ranmase pou mete nan depo. Malgre sa, Papa yo bay yo manje. Èske nou pa vo bokou plis ke yo?
27 “Epi kilès nan nou ki avèk enkyetid kapab ogmante vi li menm yon ti kras? 28 E poukisa nou enkyete pou zafè rad?
“Gade flè lis ki nan chan yo; yo pa travay, ni fè twal; 29 men Mwen di nou ke menm Salomon nan tout glwa li pa t mete pi bèl rad pase youn nan yo. 30 “Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!
31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”
-
Yon Sòm pou monte vè tanp lan
1 Mwen leve zye m vè mòn yo.
Se kibò sekou mwen va sòti?
2 Sekou m sòti nan SENYÈ a,
ki te fè syèl la ak tè a.
3 Li p ap kite pye ou chape.
Sila ki kenbe Israël la p ap kabicha, ni dòmi.
4 Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi.
5 SENYÈ a se gadyen ou.
SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.
6 Solèy p ap frape ou lajounen,
ni lalin pandan lannwit.
7 SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal.
Li va kenbe nanm ou.
8 Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre,
depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.
-
4 Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li,
e menm lè cheve nou blanch, Mwen va pote nou.
Mwen te fè, e Mwen va pote.
Mwen va pote, e Mwen va delivre.
-
7 “Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri. 8 Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri. 9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.
-
6 Abraham te pran bwa dife pou ofrann brile a. Li te poze li sou Isaac, fis li a, e li te pran nan men l dife ak kouto a. Epi yo de a te mache avanse ansanm.
7 Isaac te pale avèk papa li, Abraham, e te di li: “Papa m!”
Epi li te reponn: “Men mwen, fis mwen.”
Konsa, li te di l: “Gade, men dife a avèk bwa, men kote jèn mouton an ye pou fè sakrifis la?”
8 Abraham te di: “Bondye va fè pwovizyon Li menm pou jèn mouton an, fis mwen.” Epi yo de a te mache avanse ansanm.
-
13 Alò, Abraham te leve zye li pou te gade, e byen wè, yon belye ki te kenbe pa kòn li, nan yon rakbwa. Abraham te ale pran belye a, e li te ofri li kòm ofrann brile a nan plas a fis li a. 14 Abraham te rele non plas sa a Jehova-Jiré, Bondye Va Fè Pwovizyon. Jis jounen jodi a, yo kon di, “Nan mòn SENYÈ a, va gen pwovizyon.”
-
15 “Gade byen, Mwen avèk ou. Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen va fè ou retounen nan peyi sa a. Paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.”
-
13 Alò, li vin rive nan aswè ke zwazo kay yo te monte. Yo te kouvri tout kan an. Nan maten, te gen yon kouch lawouze ki te antoure kan an. 14 Lè kouch lawouze a te disparèt, gade, sou sifas dezè a, te gen yon bagay ki te sanble yon ti kal byen fen, ki sanble frechè lawouze sou tè a. 15 Lè fis Israël yo te wè li, yo te di a youn lòt: “Kisa sa ye?” Paske yo pa t konnen kisa li te ye.
Epi Moïse te di yo: “Sa se pen ke SENYÈ a bannou pou nou manje. 16 Men sa ke SENYÈ a kòmande: ‘Chak moun ranmase ladann selon sa ke li va manje. Nou va pran yon omè pou chak, selon kantite moun chak nan nou genyen nan tant li.’”
17 Fis Israël yo te fè sa, kèk te pran plis, e kèk te pran mwens. 18 Lè yo te mezire li avèk yon omè, sa ki te pran anpil yo pa t gen twòp, ni sa ki te pran piti yo pa t manke. Chak moun te ranmase sa ke li te dwe manje.
-
3 Men nan plas sa a pèp la te swaf dlo, epi yo te plenyen kont Moïse. Yo te di: “Poukisa ou te mennen nou monte isit la kite Égypte, pou touye nou avèk zanfan nou yo, ak bèt nou yo avèk swaf.”
4 Alò Moïse te kriye a SENYÈ a. Li te di: “Kisa pou m ta fè ak pèp sa a? Yon ti kras ankò e y ap lapide mwen.”
5 Alò, SENYÈ a te di a Moïse: “Pase devan pèp la, e pran avè w kèk nan ansyen Israël yo. Epi pran nan men ou baton ou avèk sila ou te frape Nil lan, e ale. Ou va frape wòch la, e dlo va sòti ladann, pou pèp la kapab bwè.” 6 Gade byen, Mwen va kanpe devan ou sou wòch Horeb la. Konsa, Moïse te fè sa devan zye a ansyen Israël yo.
-
4 Sanzave nan mele yo ki te pami yo te gen lide voras. Menm fis Israël yo tou te kriye dlo nan zye ankò. Yo te di: “Kilès k ap bannou vyann pou nou manje? 5 Nou sonje pwason ke nou te konn manje gratis nan peyi Égypte, avèk konkonb ak melon, zonyon, ak lay; 6 men koulye a, nanm nou vin sèch. Nanpwen anyen pou nou ta gade sof ke lamàn sa a.”
-
31 Alò, te vin souleve yon van sòti nan SENYÈ a. Li te mennen zwazo kay sòti nan lanmè, e Li te kite yo tonbe akote kan an, anviwon distans de yon vwayaj yon jounen sou yon bò, e vwayaj a yon jounen de lòt bò a, toutotou kan an, epi plis oswa mwens de koude (twa pye) pwofondè sou sifas tè a.
32 Pèp la te pase tout jounen, tout nwit lan, ak tout jou aprè a nan ranmase zòtolan. Sila ki te ranmase mwens lan, te ranmase dis omè (ven lit), e yo te poze yo gaye pou yo toupatou nan kan an.
-
7 “Paske SENYÈ a te beni nou nan tout sa nou te fè. Li te konnen tout vwayaj nou yo nan gran dezè sila a. Pandan karantan sa yo, SENYÈ a, Bondye nou an, te avèk nou. Nou pa t manke anyen.”
-
13 “Li va vin rive ke si nou koute avèk obeyisans a kòmandman mwen yo, ke mwen ap kòmande nou jodi a, pou nou renmen SENYÈ a, Bondye nou an, e sèvi Li avèk tout kè nou e avèk tout nanm nou, 14 ke Mwen va bay lapli pou peyi nou nan sezon li, lapli premye sezon ak lapli dènye sezon, pou nou kapab fè antre sereyal avèk diven nèf, avèk lwil. 15 Mwen va bannou zèb nan chan nou yo pou bèt nou yo, e nou va manje e va satisfè.
16 “Veye nou pou kè nou pa vin sedwi; pou nou pa vire akote pou sèvi lòt dye yo e adore yo. 17 Sinon, lakòlè SENYÈ a va limen kont nou, epi Li va fèmen syèl yo pou pa gen lapli, e tè a p ap donnen fwi li. Konsa, nou va peri vit soti nan bon peyi ke SENYÈ a ap bannou an.
-
8 Li leve malere sòti nan pousyè.
Li leve sila ki nan bezwen an
soti nan pil sann nan,
pou yo chita avèk prens yo,
e jwenn yon chèz donè kòm eritaj.
Paske pilye tè yo se pou SENYÈ a yo ye.
Li te plase lemond sou yo.
-
9 L ap pwoteje pye a sen Li yo;
men, mechan yo va jwenn silans nan tenèb la;
paske se pa pa lafòs ke yon nonm vin reyisi.
-
6 Kòbo yo te mennen ba li pen avèk vyann, e nan aswè li ta bwè nan flèv la.
-
8 Konsa, pawòl SENYÈ a te vini a li e te di: 9 “Leve ale Sarepta, ki pou Sidon e rete la. Gade byen, Mwen te kòmande yon vèv ki la pou okipe ou.”
10 Konsa, li te leve ale Sarepta e lè li te rive nan pòtay vil la, vwala, yon vèv te la e t ap ranmase bwa. Li te rele li e te di: “Souple, chèche yon ti dlo nan yon veso, pou m kab bwè.”
11 Pandan li t ap pral chèche l, li te rele kote li e te di: “Souple, pote ban m yon ti pen nan men ou.”
12 Men li te di: “Jan SENYÈ a, Bondye ou a, viv la, devan sila mwen kanpe a, mwen pa gen pen, sèlman yon men farin nan bòl la avèk yon ti kras lwil nan bokal la. Gade byen, mwen ap ranmase kèk mòso bwa pou m kab antre prepare pou mwen avèk fis mwen an, pou nou kab manje l e mouri.”
13 Élie te di li: “Pa pè. Ale. Fè jan ou te di a, men fè pou mwen yon ti gato pen avè l avan, e pote l deyò ban mwen. Apre, w ap kapab fè pou ou menm ak pou gason ou an. 14 Paske konsa pale SENYÈ a, Bondye Israël la: ‘Bòl farin nan p ap vid, ni boutèy lwil la p ap vid, jis jou ke SENYÈ a voye lapli sou fas tè a.’”
15 Konsa, li te ale, e te fè selon pawòl Élie yo, e li menm avèk gason an avèk Élie te manje pandan anpil jou. 16 Bòl farin nan pa t fini, ni boutèy lwil la pa t vid, jan pawòl SENYÈ a te pale pa Élie a.
-
5 Li te kouche dòmi anba bwa pikan an. Epi vwala, te gen yon zanj ki touche li. Li te di: “Leve, manje!”
6 Li te gade, e vwala, te gen bò tèt li yon gato pen wòch cho, ak yon veso dlo. Konsa, li te manje, bwè e te kouche ankò. 7 Zanj Bondye a te vini ankò yon dezyèm fwa, li te touche li e te di: “Leve, manje, paske vwayaj la twò gran pou ou.”
8 Konsa, li te leve. Li te manje e bwè, epi li te ale ak fòs manje sa a pandan karant jou ak karant nwit pou rive Horeb, mòn Bondye a.
-
42 Alò, yon mesye te sòti Baal-Shalisha, e li te pote pou nonm Bondye a, pen premye fwi yo, ven pen lòj avèk tèt sereyal nèf nan sak li. Epi li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje.”
43 Asistan li an te di: “Kisa, èske mwen va mete sa a devan san moun?”
Men li te di: “Bay pèp la pou yo kab manje, paske se konsa SENYÈ a pale: ‘Yo va manje e va genyen ki rete.’”
44 Konsa, li te mete li devan yo, yo te manje e te genyen ki te rete, selon pawòl SENYÈ a.
-
12 Ni richès, ni onè se nan Ou yo sòti, e Ou regne sou tout. Nan men Ou se pouvwa ak pwisans. Se nan men W pou fè moun pwisan, e pou bay tout moun fòs.
-
12 Paske se Ou menm ki beni nonm ki dwat la, O SENYÈ,
Ou ki antoure li avèk gras Ou,
tankou yon boukliye.
-
9 Ou vizite tè a e fè li gen abondans.
Ou anrichi li anpil.
Flèv Bondye a plen ak dlo.
Ou prepare sereyal yo, paske se konsa ou òganize l.
10 Ou wouze tranch li yo an abondans.
Ou fè do li vin poze.
Ou fè l vin mou ak lapli an abondans;
Ou beni kwasans plant li.
11 Ou te kouwone ane a avèk bonte Ou.
Kabwa yo plen pwodwi rekòlt la.
12 Patiraj nan dezè yo gen abondans,
Epi kolin yo mare senti yo ak jwa.
13 Chan yo abiye menm ak bann mouton.
Vale yo fin ranpli ak sereyal.
Yo rele fò ak lajwa!
Konsa, yo chante.
-
5 Yon papa pou òfelen yo
e yon jij pou vèv yo,
se Bondye nan lye sen Li an.
-
9 Paske ou te fè SENYÈ a, vin sekou ou,
menm Pi Wo a, kote pou ou rete.
10 Nanpwen mal k ap rive ou,
Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.
11 Paske Li va bay zanj Li yo lòd konsènan ou menm,
pou veye ou nan tout chemen ou yo.
12 Yo va leve ou byen wo nan men yo,
pou ou pa frape pye ou kont wòch.
13 Ou va pile sou lyon an ak koulèv la.
Jenn lyon an avèk sèpan an, ou va foule yo nèt.
-
27 Yo tout ap tann Ou pou bay yo manje nan lè yo.
28 Ou bay yo, e yo ranmase li.
Ou ouvri men Ou, e yo satisfè ak bonte.
-
9 Paske Li te satisfè nanm swaf la, e
nanm grangou a, Li te ranpli li ak sa ki bon.
-
5 Li te bay manje a sila ki gen lakrent Li yo.
Li va sonje akò Li a jis pou tout tan.
-
7 Li fè vapè monte soti nan tout pwent tè yo.
Ki fè rive loray avèk lapli yo,
ki fè van vin parèt sòti nan trezò Li yo.
-
12 Mwen konnen ke SENYÈ a va bay soutyen a aflije yo,
e fè jistis pou malere a.
-
14 SENYÈ a bay soutyen a tout moun ki tonbe.
Li leve wo tout sila ki vin pwostène yo.
-
16 Ou ouvri men Ou pou satisfè dezi
a tout sila k ap viv yo.
-
5 A la beni sila ki gen sekou nan Bondye Jacob la beni,
sila ki mete espwa li nan SENYÈ a, Bondye li a,
6 Ki te fè syèl la avèk tè a,
lanmè ak tout sa ki ladann.
Ki fidèl jis pou tout tan.
7 Ki egzekite jistis pou oprime yo.
Ki bay manje a moun grangou yo.
SENYÈ a mete prizonye yo an libète.
8 SENYÈ a ouvri zye a avèg yo.
SENYÈ a leve sila ki vin pwostène yo.
SENYÈ a renmen moun ladwati yo.
9 SENYÈ a pwoteje etranje yo.
Li bay soutyen a òfelen an ak vèv la,
men Li jennen wout mechan an.
10 SENYÈ a va renye jis pou tout tan,
Bondye pa Ou a, O Sion, jis pou tout jenerasyon yo.
Louwe SENYÈ a!
-
7 Chante a SENYÈ a ak remèsiman.
Chante lwanj a Bondye nou an sou gita,
8 ki kouvri syèl la ak nwaj yo,
ki founi lapli pou tè a,
ki fè zèb yo grandi sou mòn yo.
9 Li bay bèt la manje li,
ak jenn kòbo k ap kriye yo.
10 Li pa pran plezi nan fòs cheval la.
Li pa pran plezi nan janm a moun.
11 SENYÈ a bay favè a sila ki krent Li yo,
sila ki tann lanmou dous Li yo.
-
26 Mwen va fè yo menm ak tout kote ki antoure kolin Mwen yo vin yon benediksyon. Epi Mwen va fè bèl lapli tonbe, e lapli sa a va yon lapli ki pote benediksyon. 27 Anplis, pyebwa nan chan yo va donnen fwi yo. Latè a va donnen pwodwi li, e yo va ansekirite nan peyi yo. Konsa, yo va konnen ke Mwen se SENYÈ a, lè M fin kase fè jouk yo a, e delivre yo soti nan men a sila ki te fè yo esklav yo. 28 Yo p ap viktim a nasyon yo ankò, e bèt latè yo p ap devore yo ankò. Men yo va viv ansekirite e pèsòn p ap fè yo pè. 29 Mwen va etabli pou yo yon plantasyon ki plen rekonesans. Yo p ap viktim a gwo grangou ankò, ni yo p ap sipòte ensilt a nasyon yo ankò.
-
43 “Nou konn tande ke yo di: ‘Renmen vwazen nou, e rayi lènmi nou.’ 44 Men Mwen di nou: Renmen lènmi nou yo e priye pou sila ki pèsekite nou yo, 45 pou nou kapab fis a Papa nou ki nan syèl la. Paske Li fè solèy Li leve sou mechan yo, ak bon yo, e voye lapli sou sila ki dwat yo, ak sila ki pa dwat yo.
46 “Paske si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki rekonpans nou ka resevwa? Èske kolektè kontribisyon yo pa fè menm bagay la tou? 47 Epi si nou salye frè nou yo sèlman, kisa nou fè plis ke lòt moun yo? Èske payen yo pa fè menm bagay la tou?
48 Pou sa, nou dwe pafè menm jan ke Papa nou ki nan syèl la pafè.”
-
38 “Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”
-
12 Alò jou a te kòmanse ap avanse, e douz yo te vin di Li: “Voye foul la ale pou yo kapab ale nan vilaj yo oswa andeyò pou yo twouve lojman. Konsa, yo ka jwenn yon bagay pou yo manje, paske nou isit la nan yon kote ki izole.”
13 Men Li te di yo: “Nou menm bay yo manje!” Yo te reponn Li: “Nou pa gen plis ke senk pen avèk de pwason, sof ke petèt ke nou ta ale achte pen pou tout moun sa yo.” 14 (Paske te gen anviwon senk-mil moun.)
Li te di a disip Li yo: “Fè yo chita nan gwoup de senkant chak.”
15 Konsa yo te fè; yo te fè tout moun chita.
16 Answit, Li te pran senk pen avèk de pwason yo. Li te gade vè syèl la, e Li te beni yo. Li te kase yo, e te lonje bay disip yo pou mete devan foul la.
17 Yo te manje jis vant tout moun te plen. E mòso tou kase ke yo te ranmase yo te fè douz panyen byen ranpli.
-
22 Li te di sa a disip Li yo: “Pou rezon sa a, Mwen di nou, pa twouble pou lavi, pou sa nou va manje, ni pou kò nou, konsi, pou kijan nou ap abiye nou. 23 Paske lavi plis ke manje, e kò a plis ke vètman.
24 “Konsidere kòbo yo, paske yo pa simen, ni yo pa rekòlte; epi yo pa gen depo ni pwotèj, men Bondye bay yo manje. Konbyen plis valè nou genyen pase zwazo yo.
25 “Epi kilès nan nou ki kab fè kè twouble a ogmante menm yon èdtan nan longè lavi li? 26 Si pou sa nou pa kapab fè menm yon ti bagay, poukisa nou fè kè twouble pou lòt bagay?
27 “Konsidere flè lis yo, jan yo grandi; yo pa travay ni fè twal, men Mwen di nou ke menmSalomon nan tout glwa li pa t abiye li menm tankou youn nan sa yo. 28 Men si Bondye abiye zèb nan chan yo ki jodi a vivan, e demen ap jete nan founèz la, konbyen anplis li va abiye nou, o moun ti lafwa piti!
29 “Konsa, pa mande kisa nou va manje, ni kisa nou va bwè, e pakontinye enkyete nou. 30 Paske tout bagay sa yo, tout nasyon nan mond lan chache yo avèk lanvi pa yo; men Papa nou konnen ke nou bezwen bagay sa yo. 31 Men chache wayòm Li, e bagay sa yo va vini a nou tou.
-
21 Donk, pa kite pèsòn vante tèt li pou moun. Paske tout bagay se pou nou menm, 22 sof ke se Paul, oswa Appollos, oswa Céphas, o lemonn, o lavi, o lanmò, bagay prezan yo, oswa bagay ki gen pou vini yo; tout apatyen a nou menm. 23 Epi nou apatyen a Kris; e Kris apatyen a Bondye.
-
13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.
-
7 Epi konsa, lapè Bondye, ki plis pase tout konpreyansyon, va pwoteje kè nou ak panse nou yo nan Kris Jésus a.
-
3 Beni se Bondye e Papa a Senyè nou an, Jésus Kri, ki selon gran mizerikòd Li, te fè nou vin ne ankò nan yon esperans lavi pa rezirèksyon a Jésus Kris ki soti nan lanmò a 4 pou jwenn yon eritaj ki enperisab, san tach, ki p ap janm disparèt, ki rezève nan syèl la pou nou 5 ki pwoteje pa pwisans Bondye a pa lafwa, pou yon sali ki prè pou revele nan dènye tan an.
-
3 akoz nou wè ke pwisans diven Li an bannou tout bagay ki apatyen a lavi ak sentete, atravè vre konesans a Li, ki te rele nou pa pwòp glwa ak ekselans Li. 4 Paske pa sila yo, Li te bannou pwomès presye e manyifik Li, pouke nan yo, nou ta kapab vin patisipan nan nati sen an, e chape de koripsyon ki nan mond lan pa konvwatiz lachè a.
-
24 Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fot avèk gran jwa, 25 a sèl Bondye Sovè nou an, atravè Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.
-
10 “Paske nou kenbe pawòl pèseverans Mwen an, Mwen va kenbe nou osi nan lè eprèv la, lè ki prèt pou vini sou tout mond lan pou pase a leprèv tout sila ki rete sou latè yo.
-
18 Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a.
-
24 Sèlman, gen lakrent Bondye e sèvi Li anverite, avèk tout kè nou. Paske kalkile ki kalite gwo zafè Li te fè pou nou.
-
Yon sòm David
1 Bondye se bèje mwen;
mwen p ap janm manke anyen.
-
5 Ou ranje yon tab devan mwen
nan prezans lènmi mwen yo.
Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.
Tas mwen fin debòde nèt.
-
10 Jenn ti lyon yo konn manke manje e soufri grangou,
men sila ki chache SENYÈ yo,
p ap manke okenn bon bagay.
-
9 Ou, Bondye te voye nan tout kote yon gwo lapli.
Ou te konfime eritaj Ou lè li te fatige nèt.
-
11 Paske SENYÈ a, Bondye a, se yon solèy ak yon boukliye.
SENYÈ a va bay gras avèk glwa.
Li pa refize anyen ki bon a sila ki mache dwat yo.
-
21 Sila ki swiv ladwati ak fidelite a
jwenn lavi, ladwati ak lonè.
-
29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,
e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
-
9 Men jan sa ekri a:
“Bagay ke zye pa wè e zòrèy pa tande,
ki pa janm antre nan kè a lòm;
tout sa Bondye prepare pou sila ki renmen Li yo.”
-
17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
-
5 Koulye a, mwen vle fè nou sonje, malgre ke nou deja konnen tout bagay yo nèt, ke Senyè a apre Li te delivre yon pèp sòti nan Égypte, apre te detwi tout sa yo ki pa t kwè.
-
1 Lè Israël te yon timoun, Mwen te renmen l;
epi soti nan Égypte, Mwen te rele fis mwen an.
2 Plis pwofèt yo te rele yo, plis yo te kouri kite yo.
Yo te kontinye fè sakrifis bay Baal yo,
e brile lansan bay zidòl yo.
3 Malgre sa, se te Mwen
ki te montre Éphraïm jan pou l mache.
Nan bra M, Mwen te pran yo;
men yo pa t konnen ke Mwen te geri yo.
4 Mwen te mennen yo ak kòd a yon nonm,
ak lyann lanmou.
Konsa, Mwen te vini pou yo
kon sila ki retire jouk la sòti nan kou yo.
Mwen te bese mete manje devan yo.
Shows Read in context, Share and Copy.