74 Bible Verses About God's Protection

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About God's Protection
  1. 1 Sila ki rete nan abri Pi Wo a va poze nan lonbraj Toupwisan an.

    2 Mwen va di a SENYÈ a:

    “Se Li ki sitadèl mwen an, ak Bondye mwen an.

    Se nan Li mwen mete konfyans!”

    3 Paske se Li menm ki delivre ou soti nan pèlen a chasè a,

    ak ravaj gwo maladi yo.

    4 Li va kouvri ou ak plim Li yo.

    Anba zèl Li, ou kapab chache pwotèj.

    Fidelite Li se yon boukliye ak yon ranpa.

    5 Ou p ap pè laperèz lannwit, ni flèch k ap vole lajounen,

    6 ni gwo maladi ki swiv nan fènwa,

    ni destriksyon ki devaste a midi.

    7 Yon milye kapab tonbe bò kote dwat ou,

    ak di mil sou men agoch ou,

    men sa p ap pwoche ou.

    8 Ou va sèlman gade avèk zye ou pou

    wè rekonpans a mechan yo.

    9 Paske ou te fè SENYÈ a, vin sekou ou,

    menm Pi Wo a, kote pou ou rete.

    10  Nanpwen mal k ap rive ou,

    Ni okenn toumant k ap pwoche tant ou.

    11 Paske Li va bay zanj Li yo lòd konsènan ou menm,

    pou veye ou nan tout chemen ou yo.

    12 Yo va leve ou byen wo nan men yo,

    pou ou pa frape pye ou kont wòch.

  2. Yon Sòm pou monte vè tanp lan

    1 Mwen leve zye m vè mòn yo.

    Se kibò sekou mwen va sòti?

    2 Sekou m sòti nan SENYÈ a,

    ki te fè syèl la ak tè a.

    3 Li p ap kite pye ou chape.

    Sila ki kenbe Israël la p ap kabicha, ni dòmi.

    4 Gade byen, Sila ki kenbe Israël p ap kabicha, ni Li p ap dòmi.

    5 SENYÈ a se gadyen ou.

    SENYÈ a se lonbraj a men dwat ou.

    6 Solèy p ap frape ou lajounen,

    ni lalin pandan lannwit.

    7 SENYÈ a va pwoteje ou de tout mal.

    Li va kenbe nanm ou.

    8 Li va pwoteje ou lè ou sòti ak lè ou antre,

    depi nan moman sa a e jis rive pou tout tan.

  3. 1 Finalman, frè m yo priye pou nou pou pawòl a Senyè a kapab gaye vit e vin glorifye, jis jan sa te fèt osi avèk nou an, 2 epi pou nou kapab delivre de moun pèvès e mechan yo, paske se pa tout ki gen lafwa.

    3 Men Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an. 4 Nou gen konfyans nan Senyè a konsènan nou menm, ke nou ap fè e va kontinye fè sa ke nou kòmande yo. 5 Ke Senyè a dirije kè nou nan lanmou Bondye a, ak nan kenbe fèm nan Kris la.

  4. Yon Sòm a fis a Koré yo, selon Alamot; Yon chanson

    1 Bondye se pwotèj nou ak fòs nou,

    yon sekou ki toujou la nan tan twoub la.

    2 Pou sa, nou p ap pè anyen, malgre latè

    ta chanje e malgre mòn yo

    ta chape antre nan fon lanmè.

    3 Malgre dlo li yo ta fè laraj e kimen,

    malgre mòn yo souke nan anfle ak ògèy yo. Tan

    4 Genyen yon rivyè ak flèv li yo

    ki fè kè vil Bondye a kontan;

    lye sen a kote Pi Wo a demere a.

    5 Bondye nan mitan li. Li p ap deplase menm.

    Bondye va ede li vin parèt nan maten.

    6 Nasyon yo te fè gwo boulvèsman.

    Wayòm yo te souke.

    Li te leve vwa l e latè te fonn.

    7 SENYÈ dèzame yo avèk nou.

    Bondye Jacob la se sitadèl nou.

    8 Vini, gade byen zèv a SENYÈ yo

    ki gwo dega Li fè nan tout latè.

    9 Li fè lagè yo sispann jis rive nan ekstremite latè.

    Li kase banza a, e koupe lans lan an de bout.

    Li brile cha yo avèk dife.

    10 “Kanpe la e konnen ke se Mwen menm ki Bondye.

    Mwen va leve wo pami nasyon yo.

    Mwen va leve wo sou tè a.”

    11 SENYÈ dèzame yo avèk nou.

    Bondye Jacob la se sitadèl nou. Tan

  5. 10 Non SENYÈ a se yon sitadèl byen fò;

    moun ladwati a kouri ladann pou jwenn sekou.

  6. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

    11 Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo

    va vin wont e dezonore.

    Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi

    se pa anyen e yo va peri.

    12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo,

    men ou p ap jwenn yo.

    Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi

    se pa anyen e yo p ap egziste ankò.

    13 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    ki soutni men dwat Ou,

    ki di ou, pa pè, Mwen va ba ou sekou.

  7. 10 Anfen se pou nou vin fò nan Senyè a ak nan fòs a pouvwa Li. 11 Mete tout pwotèj Bondye a sou nou pou nou kapab kanpe fèm kont tout riz Satan yo. 12 Paske lit nou an pa kont lachè ak san, men kont wayòm yo, kont pouvwa yo, kont fòs mondyal a tenèb sila a, kont fòs lespri mechan yo nan lye selès yo. 13 Konsa, se pou nou pran tout pwotèj a Bondye a nèt pou nou kapab reziste nan move jou a, epi lè nou fin fè tout bagay, pou nou kanpe fèm. 14 Konsa, kanpe fèm, kòmsi nou te fin kouvri ren nou avèk Verite a, e mete sou lestomak la pwotèj ladwati a. 15 Konsa, abiye pye nou avèk preparasyon levanjil lapè a, 16 e anplis de tout bagay, pran boukliye lafwa a pou nou kapab etenn tout flèch dife a Mechan an. 17 Epi pran kas Sali a ak nepe Lespri a, ki se pawòl Bondye a. 18 Avèk tout lapriyè ak siplikasyon, priye nan Lespri a tout tan, e avèk tout sa an konsiderasyon, rete vijilan avèk tout pèseverans ak siplikasyon pou tout fidèl yo. 19 Priye pou mwen, pou mo yo va bay a mwen menm, pou lè m ouvri bouch mwen, mwen kapab fè konnen avèk kouraj, mistè a levanjil la, 20 pou sila ke mwen se yon anbasadè anchene a; pou nan pwoklame li, mwen kab pale avèk kouraj, jan mwen ta dwe pale a.

  8. 3 Men Ou menm, O SENYÈ, se yon pwotèj ki antoure mwen,

    glwa mwen, ak Sila ki fè tèt mwen leve a.

    4 Mwen t ap kriye a SENYÈ a ak vwa mwen;

    Li te reponn mwen soti nan mòn sen Li an Tan

    5 Mwen te kouche e dòmi;

    mwen te leve, paske se SENYÈ a ki ban m fòs.

  9. 6 Rete fò e pran kouraj. Pa pè yo ni tranble devan yo, paske SENYÈ a, Bondye nou an, se sila k ap ale avèk nou an. Li p ap fè nou desi, ni li p ap abandone nou.

  10. 11 Men kite tout sila ki pran refij nan Ou yo, fè kè kontan.

    Kite yo toujou chante ak kè kontan,

    akoz Ou fè abri pou yo.

    Kite sila ki renmen non Ou yo kapab

    fè kè kontan nan Ou.

  11. Pou direktè koral la. Yon sòm David, sèvitè SENYÈ a, ki te pale a SENYÈ a, pawòl a chan ke li te adrese bay SENYÈ a apre Li te delivre li soti nan men a tout lènmi li yo, e soti nan men a Saül. Konsa li te di:

    1 Mwen renmen Ou, O SENYÈ, fòs mwen.

    2 SENYÈ a se wòch mwen, sitadèl mwen e Delivrans mwen;

    Bondye mwen, wòch mwen, nan sila mwen jwenn pwoteksyon an.

  12. 7 Ou se kote ke m konn kache a.

    Ou pwoteje mwen kont gwo twoub.

    Ou antoure mwen avèk chanson delivrans yo.

  13. 28 E Mwen bay yo lavi etènèl, e yo p ap janm peri. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men M.

    29 “Papa M ki te ban Mwen yo, pi gran pase tout moun. E pèsòn p ap kab rachte yo nan men a Papa a. 30 Mwen avèk Papa a se youn.”

  14. 13 Men Moïse te di a pèp la: “Pa pè anyen! Kanpe la pou wè delivrans SENYÈ a va acheve pou nou jodi a. Paske Ejipsyen yo ke nou wè jodi a, nou p ap wè yo ankò jiska jamè. 14 SENYÈ a va goumen pou nou pandan nou rete an silans.”

  15. 7 Kon mèvèy Ou yo, montre m lanmou dous Ou a,

    O Sovè a sila ki kache nan men dwat Ou yo, kont sila ki leve kont yo.

    8 Kenbe m tankou de zye nan tèt Ou.

    Kache mwen anba lonbraj a zèl Ou,

    9 kont mechan ki depouye m yo,

    lènmi mòtèl mwen yo ki antoure m.

    10 Yo fin fèmen kè rèd yo.

    Avèk bouch yo, yo pale awogans.

  16. 7 Zanj SENYÈ a fè kan antoure sila ki krent Li yo,

    epi li sove yo nan gwo twoub.

    8 O goute e wè ke Bondye bon.

    A la beni nonm ki kache nan Li a beni!

    9 Krent SENYÈ a, O nou menm ki sen Li yo.

    Pou sila ki krent Li yo, anyen pa manke.

  17. 16 Men pou mwen, mwen va chante de fòs Ou.

    Wi, avèk jwa, mwen va chante sou lanmou dous Ou nan maten.

    Paske Ou te toujou sitadèl mwen,

    yon pwotèj nan jou gran twoub mwen an.

    17 A Ou menm, gran fòs mwen, mwen va chante lwanj a Ou menm.

    Paske Bondye se sitadèl mwen,

    Bondye ki montre mwen lanmou dous la.

  18. 17 Nanpwen zam ki fòme kont ou k ap reyisi;

    epi tout lang ki akize ou nan jijman, ou va kondane yo.

    Sa se eritaj a sèvitè a SENYÈ yo.

    Jistis pa yo sòti de Mwen,” deklare SENYÈ a.

  19. 13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

  20. 16 Nan premye defans mwen an, pèsòn pa t ban m soutyen yo, men yo tout te kite m. Ke sa pa kontwole kont yo. 17 Men Senyè a te kanpe avèk mwen e te ban m fòs pou pwoklamasyon an ta kapab fin akonpli nèt, e pou tout pèp etranje yo kapab tande. Se konsa, mwen te sove soti nan bouch a lyon an.

    18 Anplis, Senyè a va delivre m de tout zèv mechan yo, e va mennen m san danje nan wayòm selès Li a. A Li menm, laglwa pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  21. 3 Bondye mwen an, wòch mwen an, nan sila

    mwen twouve pwotèj la;

    boukliye e kòn delivrans mwen,

    sitadèl mwen ak refij mwen.

    Se konsa mwen va sove devan lènmi mwen yo.

    4 Mwen rele a SENYÈ a, ki merite lwanj.

    Se konsa mwen sove de lènmi mwen yo.

  22. 30 Pou Bondye, chemen Li san fot.

    Pawòl SENYÈ a pase a leprèv.

    Li se yon boukliye pou tout moun

    k ap pran sekou nan Li.

    31 Paske se kilès ke Bondye ye, sof ke SENYÈ a?

    Epi se kilès ki wòch la, sof ke Bondye nou an.

    32 Bondye ki mare senti m ak fòs,

    epi fè chemen mwen san fot la?

  23. 1 Men koulye a, konsa pale SENYÈ a, Kreyatè ou a, O Jacob,

    e Sila ki te fòme ou a, O Israël:

    “Pa pè, paske Mwen te rachte ou.

    Mwen te rele ou pa non ou.

    Se pa M ou ye!

    2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,

    Mwen va la avèk ou;

    epi nan rivyè yo,

    yo p ap debòde sou ou.

    Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,

    ni flanm nan p ap brile ou.

    3 Paske Mwen se SENYÈ a, Bondye ou a,

    Sila Ki Sen An Israël la, Sovè ou a.

    Mwen te bay Égypte kon ranson ou

    Cush ak Saba nan plas ou.

  24. 23 Koulye a, ke Bondye lapè a, Li menm, ki sanktifye nou nèt la, e ke lespri nou, nanm nou ak kò nou kapab konsève nèt san repwòch jis nan vini a Senyè nou an, Jésus Kri.

    24 Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.

  25. 17 Moun dwat kriye.

    SENYÈ a tande e vin delivre yo tout nan tout twoub yo.

    18 SENYÈ a pre sila ak kè kase yo,

    epi sove sila ki kraze nan lespri yo.

    19 Anpil, se afliksyon a moun dwat la,

    men SENYÈ a delivre li sòti nan yo tout.

    20 Li konsève tout zo li yo.

    Pa menm youn nan yo va kase.

  26. Pou direktè koral la; jwe a son Al-tashheth

    Yon Mikhtam David, lè l te sove ale devan Saül nan kav la

    1 Fè m gras, SENYÈ, O Bondye, fè m gras,

    paske nanm mwen kache nan Ou.

    Wi, nan lonbraj a zèl Ou, mwen va kache,

    jiskaske destriksyon an fin pase.

  27. 6 SENYÈ a pou mwen; mwen pa pè.

    Kisa lòm kab fè m?

    7 SENYÈ a pou mwen pami sila ki ede mwen yo;

    Akoz sa, mwen va gade ak kè kontan sila ki rayi mwen yo.

    8 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,

    pase pou mete konfyans nan lòm.

    9 Li pi bon pou kache nan SENYÈ a,

    pase pou mete konfyans nan prens yo.

  28. 24 Lè ou kouche ou p ap pè;

    kouche ou ak dòmi ou va byen dous.

    25 Pa pè gwo laperèz ki parèt sibitman,

    ni atak a mechan an lè l vini.

    26 Paske Bondye va konfyans ou,

    e va veye pye ou pou l pa pran nan pyèj.

  29. 114 Ou se kote a pou m kache a ak boukliye mwen,

    Mwen ap mete espwa m nan pawòl Ou.

  30. 7 Malgre mwen mache nan mitan gwo twoub,

    Ou va fè m reprann mwen.

    Ou va lonje fè parèt men Ou kont kòlè ènmi m yo.

    Men dwat Ou va sove mwen.

  31. 7 SENYÈ a bon; se yon sitadèl nan jou malè. Epi Li konnen sila ki pran refij nan li yo.

  32. 31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou? 33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se Bondye menm ki fè moun jis.

  33. 5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,” 6 pou nou di avèk konfyans:

    “Senyè a se soutyen mwen.

    Mwen p ap pè.

    Sa lòm ka fè m?”

  34. Yon Sòm David

    1 Pwoteje m O Bondye, paske mwen kache nan Ou.

    2 Mwen te di a SENYÈ, Ou se Senyè mwen.

    Mwen pa gen anyen ki bon sof ke Ou menm.

  35. 2 Se Li sèl ki wòch mwen, sali mwen, ak sitadèl mwen.

    Menm gwo sò p ap boulvèse m.

  36. 32 Paske se kilès Bondye ye,

    Sof ke SENYÈ a?

    Epi kilès ki se yon woche,

    Sof ke Bondye pa nou an?

  37. 9 SENYÈ a va osi yon sitadèl pou sila ki oprime yo;

    yon sitadèl nan tan twoub la.

  38. 3 Bondye te parèt nan sitadèl li yo.

    La, Li te fè tèt Li rekonèt kon yon refij.

  39. 7 Paske Ou te konn sekou mwen.

    Nan lonbraj a zèl Ou, mwen chante ak jwa.

    8 Nanm mwen kole ak Ou.

    Men dwat Ou fè m kenbe.

    9 Men sila ki chache lavi mwen pou detwi li yo,

    va desann jis nan fon latè.

  40. 4 Jis rive nan vyeyès nou, Mwen se Li,

    e menm lè cheve nou blanch, Mwen va pote nou.

    Mwen te fè, e Mwen va pote.

    Mwen va pote, e Mwen va delivre.

  41. 24 Koulye a, a Li menm ki kapab kenbe nou pou nou pa tonbe, epi fè nou kanpe nan prezans laglwa Li san fot avèk gran jwa, 25 a sèl Bondye Sovè nou an, atravè Jésus Kri Senyè nou, se laglwa, majeste, pwisans, ak otorite, menm avan tout tan, rive Koulye a, epi jis pou janmen. Amen.

  42. Yon sòm David

    1 Bondye se bèje mwen;

    mwen p ap janm manke anyen.

    2 Li fè m kouche nan patiraj vèt yo.

    Li mennen m akote dlo pezib yo.

    3 Li restore nanm mwen.

    Li gide mwen nan chemen ladwati yo,

    akoz non sen Li an.

    4 Malgre mwen ta mache nan vale

    lonbraj lanmò a,

    mwen p ap pè okenn mal, paske Ou avè m.

    Baton Ou avèk kwòk Ou fè m gen konfyans.

    5 Ou ranje yon tab devan mwen

    nan prezans lènmi mwen yo.

    Ou onksyone tèt mwen avèk lwil.

    Tas mwen fin debòde nèt.

    6 Anverite, bonte Ou avèk lanmou dous Ou

    va swiv mwen pou tout jou lavi mwen yo,

    E mwen va viv lakay

    SENYÈ a jis pou tout tan.

  43. Yon sòm David

    1 SENYÈ a se limyè mwen e sali mwen.

    Se kilès pou m ta pè? SENYÈ a se

    defans lavi mwen.

    Se kilès k ap fè m gen laperèz?

  44. Pou direktè koral la; sou yon enstriman a kòd; Yon Sòm David

    1 Koute kri mwen, O Bondye.

    Prete atansyon a lapriyè mwen.

    2 Soti nan dènye pwent latè,

    mwen rele Ou lè kè m fèb;

    Mennen mwen sou wòch

    ki pi wo pase m nan.

    3 Paske Ou te yon refij pou mwen,

    yon fò ki wo,

    yon gran fòs kont lènmi yo.

    4 Kite mwen rete nan tant Ou an jis pou tout tan.

    Kite mwen pran refij anba zèl Ou. Tan

  45. 7 Akoz grandè a revelasyon yo depase tout bagay, pou rezon sa a, pou anpeche m vante tèt mwen, mwen te resevwa yon pikan nan chè a, yon mesaje Satan pou toumante mwen, pou anpeche mwen vante tèt mwen. 8 Konsènan sa, mwen te priye Senyè a twa fwa pou sa te kab sòti sou mwen. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

  46. 15 “Gade byen, Mwen avèk ou. Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen va fè ou retounen nan peyi sa a. Paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.”

  47. 5 Nanpwen moun ki kapab kanpe devan ou pandan tout jou lavi ou. Menm jan ke Mwen te avèk Moïse la, Mwen va avèk ou. Mwen p ap fè bak ni abandone ou.

  48. 35 Anplis, Ou te ban mwen

    boukliye sali Ou e

    men dwat Ou te ban m soutyen.

    Se bonte Ou ki fè m gran.

    36 Ou fè longè pa m yo lonje pi laj anba m,

    epi pye m pa t janm chape.

  49. Yon Sòm David

    1 Nan Ou menm, SENYÈ, mwen kache.

    Pa janm kite mwen vin wont.

    Nan ladwati Ou, delivre mwen.

    2 Panche zòrèy W bò kote mwen.

    Delivre mwen byen vit.

    Devni pou mwen wòch ki ban m fòs,

    yon sitadèl ki pou sove m.

    3 Paske Ou se wòch mwen ak sitadèl mwen,

    konsa, pou koz a non Ou, Ou va gide mwen.

  50. 22 SENYÈ a rachte nanm a sèvitè Li yo.

    P ap gen nan sila ki kache nan Li yo

    k ap kondane.

  51. 7  Sali mwen an, avèk glwa mwen rete nan Bondye.

    Wòch fòs mwen an, ak kote pou m kache, se nan Bondye.

    8 Mete konfyans nan Li tout tan, O pèp la.

    Vide kè nou devan Li.

    Bondye se yon refij pou nou.

  52. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.

  53. 10 “Paske nou kenbe pawòl pèseverans Mwen an, Mwen va kenbe nou osi nan lè eprèv la, lè ki prèt pou vini sou tout mond lan pou pase a leprèv tout sila ki rete sou latè yo.

  54. 7 SENYÈ a fè pòv ak rich.

    Li abese e anplis, Li leve.

  55. 8 Anpè, mwen va kouche pou dòmi,

    paske Ou sèl, SENYÈ, fè m viv ansekirite.

  56. 8 Mwen te mete SENYÈ a devan zye m tout tan.

    Akoz Li se men dwat mwen, mwen p ap ebranle menm.

  57. 23 Pa a yon nonm etabli pa SENYÈ a.

    Konsa, Li pran plezi nan chemen li.

    24 Lè li tonbe, li p ap voye tèt anba nèt,

    paske SENYÈ a se Sila ki kenbe men li an.

  58. 11 Ou menm O SENYÈ, p ap refize mwen.

    Lanmou dous Ou avèk verite Ou va

    prezève mwen tout tan.

    12 Paske malè ki depase kontwòl yo te antoure mwen.

    Inikite mwen yo te fin pran m nèt

    jiskaske mwen pa t kab wè.

    Yo plis pase cheve sou tèt mwen.

    Kè m fin fè fayit.

    13 Fè l plezi Ou, O SENYÈ, pou delivre mwen.

    Fè vit, O SENYÈ, pou ede mwen.

  59. Yon chan pou monte vè tanp lan. Yon chan Salomon.

    1 Amwenske se SENYÈ a ki bati kay la,

    sila ki bati li yo, travay anven.

    Amwenske SENYÈ a veye pòtay la,

    gadyen an rete zye louvri anven.

  60. 33 Men sila ki koute mwen an

    va viv ansekirite,

    e li va rete alèz san pè malè.”

  61. 22 Bondye mwen an te voye zanj li. Li te fèmen bouch a lyon yo e yo pa t fè m okenn mal, paske, mwen te twouve inosan devan l, e anplis, anvè ou menm, O wa a, mwen pa t fè okenn krim.”

    23 Wa a te vrèman kontan e te pase lòd pou Daniel ta retire nan fòs la. Konsa, Daniel te vin retire nan fòs la e okenn blesi pa t menm twouve sou li, akoz li te mete konfyans nan Bondye li a.

  62. 1 Apre bagay sa yo, pawòl SENYÈ a te vin kote Abram nan yon vizyon. Li te di: “Pa pè, Abram, Mwen se yon pwotèj pou ou. Rekonpans ou va gran.”

  63. 9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

  64. 45 Alò, David te di a Filisten an: “Ou vin kote mwen avèk yon nepe avèk yon frenn, avèk yon lans; men, mwen vin kote ou nan non a SENYÈ dèzame a, Bondye a lame Israël yo, ke ou sot vekse a.

  65. 11 Konsa, Asa te rele SENYÈ a, Bondye li a. Li te di: “SENYÈ, nanpwen lòt sof ke Ou menm pou ede pami pwisan yo, ak sila ki san fòs. Pou sa, ede nou, O SENYÈ, Bondye nou an; paske nou mete konfyans nan Ou, e nan non Ou, nou te vini kont gran foul sila a. O SENYÈ, se Ou ki Bondye nou an. Pa kite lòm pran viktwa kont Ou menm.”

  66. 3 Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.

    4 Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li!

    Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen.

    Mwen p ap pè.

    Kisa lòm ka fè m?

  67. 22 Men SENYÈ a se toujou sitadèl mwen e

    Bondye mwen an, wòch ki pwoteje mwen an.

  68. 4 Kenbe m, O SENYÈ, de men moun mechan yo.

    Pwoteje m de moun vyolan ki te fè plan pou pye m yo ta tonbe yo.

  69. Yon Sòm David

    1 Beni se SENYÈ a, wòch mwen an,

    ki enstwi men m pou fè lagè,

    ak dwèt mwen pou batay.

    2 Lanmou dous mwen e sitadèl mwen an,

    Fòterès mwen ak liberatè mwen an,

    Boukliye mwen an nan sila mwen kache a,

    Ki soumèt pèp mwen an anba m.

  70. 26 Nan lakrent SENYÈ a, gen gwo konfyans;

    e pitit li yo va jwenn sekou.

  71. 5 “Tout pawòl Bondye pase a leprèv;

    Li se yon boukliye pou sila ki kache nan Li yo.

  72. 7 Paske Senyè BONDYE a va fè M sekou.

    Pou sa, Mwen pa t twouble menm.

    Pou sa, Mwen te fè figi M vin di tankou silèks.

    Konsa, Mwen konnen ke M p ap vin wont.

  73. 19 O SENYÈ, fòs mwen an, sitadèl mwen an

    e sekou mwen an nan jou gwo malè a,

    vè Ou menm, nasyon yo va vini soti nan dènye pwent latè.

    Yo va di:

    “Papa zansèt nou yo pa t gen okenn eritaj sof ke manti

    sa ki pouryen, san enpòtans e san benefis.”

  74. 10 Ankò, Li te di yo: “Nasyon va leve kont nasyon, e wayòm kont wayòm. 11 Va gen gran tranbleman detè, e nan plizyè andwa, epidemi avèk gwo grangou. Va gen gwo laperèz avèk gwo sign ki sòti nan syèl la. 12 Men avan tout bagay sa yo, yo va mete men sou nou, yo va pèsekite nou, e yo va livre nou nan sinagòg avèk prizon yo. Yo va mennen nou devan wa ak gouvènè yo pou koz a non Mwen. 13 Sa va ouvri yon chemen pou temwayaj nou. 14 Pou sa, pran desizyon avan lè pou pa prepare defans nou. 15 Paske Mwen va bannou pawòl avèk sajès pou okenn nan advèsè nou yo pa kapab reziste ni demanti. 16 Men Nou va trayi menm pa paran nou, frè, manm fanmi nou avèk zanmi nou. Yo va mete kèk nan nou a lanmò. 17 Nou va rayi pa tout moun akoz non Mwen. 18 Men pa menm yon cheve nan tèt nou p ap peri.

    19 Pa pèseverans nou, nou va reyisi genyen lavi nou.