99 Bible Verses About God's Promises

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About God's Promises
  1. 1 Simon Pierre, yon sèvitè-atache nèt, e apòt a Jésus Kri, a sila ki te resevwa yon lafwa menm jan ak nou yo, pa ladwati Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri: 2 Ke lagras ak lapè vin miltipliye a nou menm nan konesans a Bondye ak Jésus, Senyè nou an, 3 akoz nou wè ke pwisans diven Li an bannou tout bagay ki apatyen a lavi ak sentete, atravè vre konesans a Li, ki te rele nou pa pwòp glwa ak ekselans Li. 4 Paske pa sila yo, Li te bannou pwomès presye e manyifik Li, pouke nan yo, nou ta kapab vin patisipan nan nati sen an, e chape de koripsyon ki nan mond lan pa konvwatiz lachè a.

  2. 18 Men jan Bondye fidèl la, pawòl nou anvè ou menm se pa wi avèk non ansanm. 19 Paske Fis Bondye a, Kris Jésus, ki te preche pami nou an, pa nou menm—mwen, Silvain, ak Timothée—pa t di wi e non, men te gen wi sèlman nan Li menm. 20 Paske malgre fòs kantite pwomès Bondye yo konn bay, nan Li menm, pwomès yo se “wi”; konsa tou, pa Li menm tou, nou di “Amèn” pou laglwa Bondye atravè nou menm.

    21 Koulye a, Sila ki etabli nou avèk ou menm an Kris la, epi ki te onksyone nou an, se Bondye. 22 Se Li ki te mete so Li sou nou e te bannou Lespri a nan kè nou kòm yon pwomès.

  3. 23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.

  4. 1 Paul, yon sèvitè-atache nèt a Bondye, e yon apot Jésus Kri, pou lafwa a sila ki te chwazi pa Bondye yo, ak konesans verite ki an akò avèk vi sentete a, 2 nan espwa lavi etènèl la, ke Bondye, ki pa kapab bay manti a, te pwomèt depi nan tan ansyen yo. 3 Men nan tan konvenab la, pawòl Li te manifeste, ak mesaj sila a ki te konfye m nan, selon kòmandman a Bondye a, Sovè nou an,

  5. 13 Paske lè Bondye te fè pwomès la a Abraham, akoz ke Li pa t kapab sèmante pa okenn pi gran, Li te sèmante pa pwòp tèt Li. 14 Li te di: “Byensi Mwen va beni ou, e byensi, Mwen va miltipliye nou.” 15 Konsa, nan tann li avèk anpil andirans, Abraham te resevwa pwomès la.

    16 Paske moun toujou sèmante pa yon moun ki pi gran pase yo, e nan nenpòt malantandi yon sèman ki fèt avèk yon akò fèmen tout diskisyon.

    17 Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman. 18 Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an. 19 Lesperans sa a ke nou gen kòm lank pou nanm nou an, yon esperans ki asire e solid, youn ki menm antre anndan vwal tanp lan, 20 kote Jésus te deja antre kòm youn ki kouri devan pou nou, e te devni yon wo prèt pou tout tan nan lòd Melchisédek la.

  6. 29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,

    e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.

    30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,

    e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;

    31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;

    yo va monte anwo ak zèl kon èg.

    Yo va kouri, e yo p ap bouke;

    yo va mache, e yo p ap fatige.

  7. 13 Paske pwomès a Abraham ak desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a. 14 Paske si se sila ki gen Lalwa a k ap eritye, lafwa vin pa vo anyen e pwomès la vin anile. 15 Paske Lalwa a pote lakòlè, men kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon.

    16 Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout. 17 Jan sa ekri a: “Mwen te fè ou Papa a anpil nasyon yo”, devan Sila a ke li (Abraham) te kwè a. Sa vle di, menm Bondye ki bay lavi a mò yo e ki fè egziste tout sila ki pa t janm egziste oparavan yo. 18 Nan espwa kont tout esperans li te kwè, pou li ta kapab vin papa a anpil nasyon, selon sa ki te pale a: “Se konsa tout desandan ou yo va ye”. 19 San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske li te gen anviwon san lane e vant Sarah a te esteril akoz laj li.

    20 Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e te toujou bay Bondye lwanj. 21 Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive. 22 Donk sa te konte osi pou li kòm ladwati. 23 Se pa t sèlman pou lakoz li sèl ke yo te ekri ke sa te konte pou li, 24 men anplis pou nou osi sa te konte, kòm sila ki kwè nan Li yo; Li menm ki te resisite Jésus Kri, Senyè nou an sòti nan lanmò. 25 Li menm ki te livre a lakwa a pou peche nou yo e te resisite pou jistifikasyon nou.

  8. 56 “Beni se SENYÈ a ki te bay repo a pèp Li a, Israël, selon tout sa ke Li te pwomèt yo. Pa menm yon mo pa t fè fayit nan tout bonte ke Li te pwomèt nou pa Moïse yo, sèvitè li a.

  9. 12 Paske si nou janm retounen pou kole a lòt nasyon sila yo, sila ki rete toujou pami nou yo, e vin fè maryaj avèk yo, pou nou vin nan relasyon avèk yo, e yo menm avèk nou, 13 konnen, anverite, ke SENYÈ a, Bondye nou an, p ap kontinye chase nasyon sila yo sòti devan nou; men yo va vin yon pèlen ak yon pyèj pou nou, yon frèt bò kote nou ak pikan nan zye nou, jiskaske nou peri sòti nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an.

    14 Alò, gade, jodi a, mwen ap fè chemen ki oblije fèt pou tout tè a. Konsa, nou konnen nan tout kè nou ak nan tout nanm nou, ke pa menm yon mo nan tout pawòl ke SENYÈ a, Bondye nou an, te pale konsènan nou menm pa t manke akonpli. Tout te vin akonpli pou nou. Pa youn nan yo pa t manke. 15 Li va vin rive a nou menm ke menm jan tout bon bagay ke SENYÈ a Bondye nou an te pale de nou te vin rive, ke menm jan, SENYÈ a va mennen fè rive sou nou tout menas, jiskaske Li fin detwi nou e fè nou sòti nèt nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an, 16 si nou transgrese akò a SENYÈ a, Bondye nou an, ke Li te kòmande nou an, pou ale sèvi lòt dye yo e bese devan yo. Konsa, kòlè Bondye va brile kont nou e nou va peri vit, pou nou kite bon peyi ke Li te bannou an.”

  10. 1 Alò, SENYÈ a te di a Abram: “Sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou ale vè yon peyi ke Mwen va montre nou. 2 Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon. 3 Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”

  11. Yon Refleksyon pa Éthan, Ezrachit la

    1 Mwen va chante lanmou dous SENYÈ a jis pou tout tan.

    Ak bouch mwen, mwen va fè tout jenerasyon yo konnen fidelite Ou.

    2 Paske mwen te di: “Lanmou dous Ou a

    va kanpe dyanm jis pou tout tan.

    Ou te etabli syèl yo.

    Fidelite Ou rete nan yo.

    3 “Mwen, Bondye, te fè yon akò avèk moun apwente mwen an.

    Mwen te sèmante pa David, sèvitè mwen an,

    4 ‘Mwen va etabli jèm ou nèt

    e bati twòn Ou pandan tout jenerasyon yo.’” Tan

  12. 11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou.

  13. 14 “Menm jan Moïse te leve sèpan an nan dezè a, konsa fòk Fis a Lòm nan vin leve wo, 15 pou nenpòt moun ki kwè nan Li, kapab genyen lavi etènèl.

    16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.

    18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.

    19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.

    20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt.

  14. 12  Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.

  15. 13 Men selon pwomès Li, n ap chache syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.

    14 Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè san tach e san fot.

  16. 31 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda, 32 pa tankou akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a,” deklare SENYÈ a. 33 “Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a:

    “Mwen va mete lalwa M anndan yo

    e sou kè yo Mwen va ekri l;

    epi Mwen va Bondye yo,

    e yo va pèp Mwen.

    34 “Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li,

    e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’

    paske yo tout va konnen Mwen,

    soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,”

    deklare SENYÈ a,

    “paske Mwen va padone inikite yo,

    e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”

  17. 38 Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”

  18. 6 Pou detaye byen klè, ke pèp etranje yo se eritye egal e manb parèy nan kò a, epi patisipan egal nan pwomès a Kris Jésus a selon levanjil la.

  19. 1 Alò, lafwa se asirans a sa ke n ap espere ak konviksyon de bagay nou pa wè yo.

    2 Paske se pa lafwa, moun nan tan ansyen yo te vin apwouve.

    3 Pa lafwa nou konprann ke mond yo te prepare pa pawòl Bondye a, pouke sa nou wè pa t fèt avèk bagay ki vizib.

    4 Pa lafwa Abel te ofri a Bondye yon pi bon sakrifis ke Cain, selon sa, li te resevwa temwayaj ke li te jis. Bondye te fè temwayaj de ofrann li yo, epi pa lafwa, malgre ke li mouri, li toujou pale.

    5 Pa lafwa Enoch te monte pou l te kab pa wè lanmò. E kò li pa te jwenn akoz ke Bondye te pran l. Paske li te twouve temwen ke avan li te monte a, li t ap fè Bondye plezi.

    6 Konsa, san lafwa, li enposib pou fè Li plezi, paske sila ki vin kote Bondye a, dwe kwè ke Li egziste, e ke li bay rekonpans a sila ki chache L yo.

    7 Pa lafwa Noé te avèti pa Bondye de bagay ki potko vizib yo, avèk respè, li te prepare yon lach pou sove tout lakay li. Pa sa, li te kondane mond lan, e li te devni yon eritye ladwati ki se pa lafwa.

    8 Pa lafwa Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale. 9 Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la. 10 Paske li t ap chache vil ki gen fondasyon an, ki gen kòm achitèk ak fondatè, Bondye menm.

    11 Pa lafwa, menm Sarah te vin gen kapasite pou l ansent, menm depase pwòp tan lavi li, paske li te konsidere Li menm fidèl ki te fè pwomès la. 12 Akoz sa te vin fèt de yon sèl moun, e li menm, tankou yon moun mouri deja, yon kantite desandan “an chif kòm zetwal, e ki pa kab kontwole tankou grenn sab lanmè.”

    13 Tout sila yo te mouri nan lafwa san resevwa pwomès yo, men yo te wè yo e te rejwi de yo a yon distans, epi yo te konfese ke yo te etranje e egzile sou tè a. 14 Paske sila ki di bagay sa yo, fè l klè ke y ap chache yon peyi ki pou yo. 15 Si vrèman, yo t ap panse ak peyi sa a ke yo te soti a yo t ap twouve chans pou retounen. 16 Men jan sa ye a, yo pito yon pi bon peyi, yon peyi selès. Konsa, Bondye pa t wont pou Li menm ta rele Bondye pa yo a, paske Li te prepare yon vil pou yo.

    17 Pa lafwa Abraham, lè l te vin pase a leprèv, li te ofri Isaac; e sila ki te resevwa pwomès la, t ap ofri sèl fis li a. 18 Se te selon fis sa menm ke Li te di: “Nan Isaac, desandan ou yo va rele.”

    19 Men li te konsidere ke Bondye kapab leve moun menm soti nan lanmò. E vrèman, li te osi resevwa li (Isaac) soti nan lanmò kòm yon modèl de sila ki t ap vini an. 20 Pa lafwa Isaac te beni Jacob ak Ésaü, menm selon bagay ki t ap vini yo.

    21 Pa lafwa Jacob, pandan li t ap mouri, li te beni tout fis Joseph yo, e li te adore pandan li t ap apiye sou tèt baton li.

    22 Pa lafwa Joseph, lè l t ap mouri, te pale sou egzòd a fis Israël yo, e te pase lòd konsènan zo li yo.

    23 Pa lafwa Moïse, lè l te fèt, te kache pandan twa mwa pa paran li yo, paske yo te wè ke li te yon bèl pitit; e yo pa t pè lòd wa a.

    24 Pa lafwa, Moïse lè l te fin grandi, li te refize rele fis a fi Farawon an; 25 men li te chwazi pito sipòte afliksyon avèk pèp Bondye a pase pou l ta rejwi nan plezi peche k ap pase yo. 26 Li te konsidere repwòch a Kris la kòm pi gran richès pase trezò an Égypte yo; paske li t ap gade rekonpans lan.

    27 Pa lafwa, li te kite Égypte, san krent kòlè a wa a; paske li te kenbe fèm, kòmsi li te wè Sila ki pa vizib la. 28 Pa lafwa, li te fè Pak Jwif la, e li te flite san an, pou sila ki te detwi premye ne yo pa t kab touche yo. 29 Pa lafwa yo te travèse Lamè Wouj, kòmsi yo t ap pase sou tè sèk. E Ejipsyen yo, lè yo te tante fè l, te vale nèt. 30 Pa lafwa miray Jéricho yo te tonbe apre yo te fin fè wonn yo pandan sèt jou.

    31 Pa lafwa Rahab fanm movèz vi a, pa t peri ansanm avèk sila ki te dezobeyisan yo, apre li te fin resevwa espyon yo an pè.

    32 Epi kisa mwen kapab di anplis? Paske nanpwen tan pou pale de Gédéon Barak, Samson, Jephthé, David, Samuel, ak pwofèt yo, 33 ki pa lafwa, te fè konkèt wayòm yo, te fè zèv ladwati, te resevwa pwomès yo, e te fèmen bouch a lyon yo. 34 Yo te etenn pouvwa dife a, chape de lanm nepe a, nan feblès yo te vin fò, vin vanyan nan lagè, e yo te fè lame etranje yo sove ale.

    35 Fanm yo te resevwa anretou mò yo pa rezirèksyon. Lòt yo te toumante, ni pa t aksepte pou yo ta lage, paske yo te pito resevwa yon pi bon rezirèksyon. 36 Epi lòt nan yo te pase pay nan moke ak resevwa kout fwèt; wi, menm chenn ak prizon tou.

    37 Yo te lapide ak kout wòch, yo te siye an de bout, yo te pwovoke, e te mete a lanmò avèk nepe. Yo te ale toupatou an po mouton ak po kabrit, san mwayen, aflije, maltrete— 38 moun ke mond lan pa menm merite yo— Yo te gaye kò yo nan dezè, mòn, nan kavo, ak twou nan tè yo.

    39 Malgre, tout moun sila yo, ki te vin apwouve selon lafwa yo pa t resevwa sa ki te pwomèt la. 40 Paske Bondye te ranje yon pi bon pwovizyon pou nou menm pouke apa de nou menm, yo pa ta kapab vin pafè.

  20. 24 Pou nou menm, kite sa ke nou te tande depi kòmansman an demere nan nou. Si sa nou te tande depi kòmansman an demere nan nou, nou va osi rete nan Fis la, ak Papa a. 25 Epi sa se pwomès la ke Li menm te fè nou, lavi etènèl.

  21. 12 Lè jou ou yo fin pase e ou kouche avèk zansèt ou yo, Mwen va fè vin leve desandan apre ou, ki va vin sòti nan ou menm e Mwen va etabli wayòm li. 13 Li va bati yon kay pou non Mwen e Mwen va etabli twòn wayòm li a jis pou tout tan. 14 Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo. 15 Men mizerikòd Mwen p ap sòti sou li jan Mwen te retire li sou Saül, ke Mwen te fè vin retire devan ou an. 16 Lakay ou ak wayòm ou va dire devan Mwen pou tout tan. Twòn ou an va etabli pou tout tan.”’”

  22. 1 Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.

  23. 16 Alò, pwomès yo te pale a Abraham ak posterite li. Li pa t di, “a posterite ou yo”, kòm referans a anpil moun, men de preferans a yon sèl moun: “E a posterite ou”, sa se Kris.

  24. 13 Nan Li menm, nou tout osi, lè nou fin tande mesaj Verite a, Levanjil Sali a; akoz nou menm tou te kwè, nou te sele nan Li menm avèk Lespri Sen a pwomès la, 14 ki bay a nou menm kòm yon pwomès eritaj nou an, avèk plan redanmsyon a sila ki vrèman pou Bondye yo, pou lwanj a glwa Li.

  25. 1 Paul yon apot a Kris Jésus pa volonte Bondye, selon pwomès lavi ki nan Kris Jésus,

  26. 22 Paske li ekri ke Abraham te gen de fis youn pa fanm ki te esklav la, e youn pa fanm ki te lib la. 23 Men fis pa fanm ki te esklav la te fèt selon lachè, e fis a fanm ki te lib la te fèt selon pwomès la. 24 Sa se parabòl senbolik; de fanm sa yo se de akò. Youn te fèt nan Mòn Sinaï k ap pote pitit ki va esklav yo; li menm se Agar. 25 Alò, Agar sa a se Mòn Sinaï an Arabie. Li koresponn a Jérusalem ki la jis koulye a, paske li nan esklavaj avèk pitit li yo. 26 Men Jérusalem ki anwo a lib. Li se manman de nou tout. 27 Paske sa ekri:

    “Rejwi, fanm esteril ki pa fè pitit;

    eklate ak kri lajwa, ou menm ki pa

    nan doulè pou fè timoun nan:

    paske pitit a sila ki aflije a plis an

    kantite pase sila ki gen mari a.”

    28 Epi nou menm, frè m yo, kòm Isaac, nou se pitit a pwomès la. 29 Men menm jan nan tan sa a, sila ki te fèt selon lachè a te pèsekite sila ki te fèt selon Lespri a, se menm jan an koulye a. 30 Men kisa Lekriti Sen an di?: “Mete fanm esklav la deyò, avèk fis li a. Paske fis a fanm esklav la pa dwe yon eritye avèk fis a fanm lib la.” 31 Alò konsa, frè m yo, nou pa pitit a yon fanm esklav, men a yon fanm lib.

  27. 9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.

  28. 1 Alò, te gen yon gwo grangou nan peyi a, ki te fèt apre gwo grangou ki te fèt nan jou Abraham yo. Isaac te ale Guérar vè Abimélec, wa Filisten yo.

    2 Senyè a te parèt a li menm e te di: “Pa desann an Égypte. Rete nan peyi ke Mwen va montre ou a. 3 Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm ak desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham.

    4 “Mwen va miltipliye desandan ou yo tankou zetwal nan syèl la, e va bay tout tè sa yo a desandan ou yo. E nan desandan ou yo, tout nasyon latè yo va beni, 5 akoz Abraham te obeyi Mwen, e kenbe chaj Mwen, Kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, avèk lwa Mwen yo.”

  29. 43 Konsa, SENYÈ a te bay Israël tout peyi ke Li te sèmante pou bay a zansèt pa yo, e yo te posede li pou viv ladann. 44 Epi SENYÈ a te ba yo repo toupatou, selon tout sa ke Li te sèmante a zansèt pa yo e nanpwen youn nan lènmi yo ki te kanpe devan yo. SENYÈ a te mete tout lènmi yo nan men yo. 45 Pa menm youn nan bon pwomès ke SENYÈ a te fè kay Israël la pa t manke akonpli. Yo tout te vin rive.

  30. 2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,

    Mwen va la avèk ou;

    epi nan rivyè yo,

    yo p ap debòde sou ou.

    Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,

    ni flanm nan p ap brile ou.

  31. 4 Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: “Pa kite Jérusalem, men tann sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan. 5 Paske Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an pa a anpil jou de kounye a.”

  32. 29 Epi lè yo te fin akonpli tout sa ki te ekri konsènan Li yo, yo te retire Li sou kwa a, e yo te mete l nan yon tonm.

    30 “Men Bondye te leve Li soti nan lanmò. 31 Konsa, pandan anpil jou, sa yo ki te sòti Galilée pou monte Jérusalem avè L yo, te wè li, menm sila yo ki koulye a se temwen Li a pèp la.

    32 “Konsa, nou preche a nou menm bòn nouvèl a pwomès ki te fèt a zansèt nou yo, 33 ke Bondye te akonpli pou zanfan pa nou yo, lè l te resisite Jésus a, menm jan ke sa osi ekri nan dezyèm Sòm nan:

    ‘Ou se Fis Mwen;

    jodi a Mwen fè Ou.’

    34 “Selon reyalite ke Li te leve soti nan lanmò, pou l pa ankò retounen nan pouriti, Li te pale konsa: ‘Mwen va bannou benediksyon a David ki sen e byen asire yo.’

  33. 35 Konsa, pa jete konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans. 36 Paske nou oblije andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab resevwa sa ki te pwomèt a nou an.

    37 “Paske nan yon tan ki kout,

    Sila ki ap vini an, va vini, e li p ap fè reta.

    38 Men moun ladwati pa M nan, va viv pa lafwa;

    e si li fè bak, nanm Mwen p ap gen plezi nan li.”

    39 Men nou pa pami sila ki fè bak pou vin detwi yo, men sila ki gen lafwa pou prezève nanm lan.

  34. 12 Li te fè yon rèv, e li te gade yon nechèl yo te mete sou latè, tèt li te rive nan syèl la. Epi gade, zanj Bondye yo t ap monte desann sou li. 13 Epi, gade byen, SENYÈ a te kanpe anwo li. Li te di: “Mwen se SENYÈ a, Bondye papa Abraham nan ak Bondye Isaac la. Tè sa kote ou kouche a, Mwen va bay ou li pou ou menm ak desandan ou yo. 14 Desandan ou yo va tankou pousyè latè, e ou va gaye nan lwès, nan lès, nan nò, ak nan sid. Konsa, nan ou avèk desandan ou yo, tout fanmi sou latè yo va beni.

    15 “Gade byen, Mwen avèk ou. Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen va fè ou retounen nan peyi sa a. Paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.”

  35. 19 Bondye se pa yon nonm ke li ye

    pou L ta bay manti,

    ni fis a yon nonm pou L ta repanti.

    Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vre?

  36. 9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”

  37. 10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.

    Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.

    Mwen va fòtifye ou.

    Anverite Mwen va bay ou sekou.

    Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,

    men dwat Mwen.

    11 Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo

    va vin wont e dezonore.

    Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi

    se pa anyen e yo va peri.

    12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo,

    men ou p ap jwenn yo.

    Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi

    se pa anyen e yo p ap egziste ankò.

  38. 1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.

    2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”

  39. 29 Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.

  40. 8 Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.

  41. 5 Koute, frè byeneme m yo, èske Bondye pa t chwazi pòv a mond sa a pou vin rich nan lafwa, e eritye a wayòm ke Li te pwomèt a sila ki renmen Li yo?

  42. 6 Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi nou kòm yon pèp ki pou pwòp posesyon pa li pami tout pèp ki sou fas latè yo.

    7 “SENYÈ a pa t plase lanmou Li sou nou ni chwazi nou akoz ke nou te plis an kantite ke tout lòt pèp yo, paske nou te pi piti pase tout pèp yo, 8 men akoz SENYÈ a te renmen nou e te kenbe sèman ke Li te fè a zansèt nou yo, SENYÈ a te mennen nou sòti pa yon men pwisan, e te peye ranson nou soti nan kay esklavaj la, soti nan men Farawon, wa Égypte la.

    9 “Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo, 10 men ki rekonpanse sila ki rayi Li yo devan figi yo, pou detwi yo. Li p ap fè reta avèk sila ki rayi Li a. Li va rekonpanse li devan figi li.

    11 “Pou sa, nou va kenbe kòmandman yo, lwa avèk jijman ke Mwen ap kòmande nou yo jodi a, pou nou fè.

  43. 6 “Konsa, koulye a, mwen kanpe devan tribinal la pou lespwa pwomès ki te fèt pa Bondye a zansèt nou yo. 7 Pwomès pou sila douz tribi yo gen esperans wè reyalize, pandan yo rete fidèl nan sèvi Bondye lajounen ak lannwit. Se pou esperans sa a, o Wa, mwen akize pa Jwif yo.

  44. 22 Men Lekriti sen an anchene tout bagay anba peche, pou pwomès la, pa lafwa nan Jésus Kri a, ta kapab bay a sila ki kwè yo.

  45. 2 Konsidere sa kòm tout lajwa, frè m yo, lè nou rankontre tout kalite eprèv yo 3 nan konnen ke eprèv lafwa nou pwodwi andirans. 4 Konsa, kite andirans lan fè rezilta pafè li, pou nou kab vin pafè e konplè, san manke anyen.

    5 Men si nenpòt nan nou manke sajès, kite li mande Bondye, ki bay tout moun avèk jenewozite e san repwòch, e Bondye va bay li. 6 Men li dwe mande nan lafwa, san doute, paske sila ki doute a tankou vag lanmè, ki pouse e voye pa van an.

  46. 1 Sa se koulye a, byeneme yo, dezyèm lèt ke m ekri nou an. Ladann mwen ap eseye kiltive nan nou kèk refleksyon serye, pou fè nou sonje, 2 pou nou kab sonje pawòl ki te pale oparavan pa pwofèt sen yo e kòmandman a Senyè ak Sovè a ki te pale pa apot nou yo.

    3 Konnen sa dabò, ke nan dènye jou yo mokè yo va vin moke, sila k ap swiv pwòp dezi lachè yo, 4 epi yo va di: “Kote pwomès ke L ap vini an? Paske depi papa nou yo te vin mouri, tout bagay kontinye jis jan li te ye depi kòmansman kreyasyon an.”

  47. 8 Men pa kite sa chape de atansyon nou, byeneme yo, ke avèk Senyè a, yon jou se tankou mil ane, e mil ane se tankou yon jou. 9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.

  48. 7 “Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri. 8 Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri. 9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.

  49. 28 “Vini a Mwen menm, tout sila yo ki fatige, k ap pote chaj lou, e M ap bannou repo. Aprann de Mwen menm; paske Mwen dous e enb nan kè, e Mwen va bay nou repo. 29 Pran jouk mwen sou nou, e vin aprann de Mwen menm, paske Mwen dous e enb nan kè; e nou va jwenn repo pou nanm nou. 30 Paske jouk Mwen an dous, e chaj Mwen an lejè.”

  50. 25 Jésus te reponn Li: “Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri. 26 E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”

  51. 1 Konsa, annou toujou gen lakrent pou si, pandan yon pwomès pou antre nan repo Li a toujou rete, okenn nan nou pa ta sanble vin rate li.

  52. 45 Beni se sila a ki te kwè ke sa Senyè a te pale a ta vin akonpli.”

  53. 12 Men a tout sa yo ki te resevwa L, Li te bay yo pouvwa pou devni pitit a Bondye, menm a sa yo ki kwè nan non Li, 13 ki pa t fèt ni pa san, ni pa volonte lachè a, ni pa volonte a lòm, men pa Bondye.

  54. 28 Konsa nou konnen ke Bondye fè tout bagay mache ansanm pou byen a sila ki renmen Bondye yo, pou sila ke Li te rele selon volonte Li yo.

  55. 31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou? 33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se Bondye menm ki fè moun jis. 34 Kilès ki kab kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki ap entèsede pou nou tou.

    35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe? 36 Jan sa ekri a:

    “Pou kòz pa w, yo mete nou a lanmò tout lajounen.

    Nou te konsidere kòm mouton ki prè pou kòche.”

    37 Men, nan tout bagay, nou plis ke venkè atravè Sila a ki renmen nou an. 38 Paske mwen konvenk ke ni lanmò, ni lavi, ni zanj yo, ni wayòm yo, ni bagay k ap pase koulye a, ni bagay k ap vini pi devan, ni pouvwa yo 39 ni wotè, ni pwofondè, ni lòt bagay ki kreye, pa kapab separe nou de lanmou Bondye, ki nan Kris Jésus, Senyè nou an.

  56. 11 Men lè Kris te parèt tankou wo prèt a bon bagay ki t ap vini yo, li te antre nan tabènak pi gran e pi pafè a, ki pa fèt avèk men; sa vle di, ki pa t sòti nan kreyasyon sila a. 12 Li pa te depann sou san kabrit ak jenn ti bèf, men nan pwòp san pa Li. Konsa, Li te antre nan lye sen an yon fwa pou tout, akoz Li te resevwa yon redanmsyon etènèl.

    13 Paske si san a kabrit, ak towo, ak pousyè sann a yon gazèl voye sou sila ki te konwonpi yo, te sanktifye yo pou netwaye chè a, 14 konbyen anplis ke san a Kris la, ki atravè Lespri etènèl la, ki te ofri pwòp tèt Li san tach a Bondye, va netwaye konsyans nou de zèv lanmò yo, pou sèvi Bondye vivan an?

    15 Pou rezon sila a, Li se medyatè a yon akò tounèf. Pouke, depi yon mò gen tan fèt pou redanmsyon transgresyon ki te komèt anba premye akò a, sila yo ki te rele a, kapab resevwa pwomès a eritaj etènèl la.

  57. 7 Konsa soumèt nou a Bondye. Reziste a dyab la e li va sove ale de nou. 8 Vin pre Bondye e Li va vin pre nou. Netwaye men nou, nou menm pechè; e pirifye kè nou, nou menm, moun ak doub panse.

  58. 7 SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.”

    Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a.

  59. 8 Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”

  60. 8 Èske lanmou dous Li a kite nou pou tout tan?

    Èske pwomès Li yo fini nèt?

  61. 31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.

  62. 27 Lapè Mwen kite avèk nou. Lapè Mwen, Mwen bay nou. Pa kon lemonn konn bay, Mwen bay nou. Pa kite kè nou twouble, ni pa kite l krent.

  63. 13 Pa gen tantasyon ki parèt devan nou, ki pa menm rive devan tout moun. Men Bondye fidèl. Li p ap kite nou tante plis ke sa nou kab sipòte, men avèk tantasyon an, Li va founi yon mwayen pou nou chape tou pou nou ka andire l.

  64. 24 Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.

    25 Frè m yo priye pou nou.

    26 Salye tout frè yo avèk yon bo ki sen. 27 Mwen bannou lòd nan non Senyè a pou fè lèt sa a li bay tout frè yo.

    28 Ke lagras Senyè nou an, Jésus Kri avèk nou. Amen.

  65. 11 “Sa se yon vre pawòl:

    Paske si nou te mouri avèk Li,

    nou va osi viv avèk Li.

    12 Si nou andire,

    nou va osi renye avèk Li.

    Si nou rejte Li,

    Li tou va rejte nou.

    13 Si nou pa fidèl

    Li rete fidèl;

    paske Li pa kapab nye pwòp tèt Li.”

  66. 5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,”

  67. 17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon. 18 Nan egzèsis volonte Li, Li te fè nou vin parèt pa pawòl verite a pou nou ta kapab vin tankoupremye fwi pami kreyati Li yo.

  68. 8 Mwen va enstwi ou e fè ou aprann chemen

    nan sila ou dwe ale a.

    Mwen va bay ou konsèy avèk zye M sou ou.

  69. 20 Enstwi yo pou swiv tout sa ke Mwen te kòmande nou yo, epi konsa, Mwen va avèk nou toujou jiska lafen laj yo.”

  70. 9 “Donk Mwen di nou: Mande, e nou va resevwa. Chache e nou va twouve. Frape, e l ap ouvri bannou. 10 Paske tout moun ki mande, va resevwa. Sila a ki chache, va twouve. E a sila a ki frape, l ap ouvri.

    11 “Alò, sipoze ke youn nan papa nou yo resevwa yon demann de fis li pou yon pen. Li p ap bay li yon wòch olye de pen. Se pa sa? O si li mande pou yon pwason, èske li va bay li yon koulèv? 12 Oubyen si li mande li pou bay li yon ze, èske l ap bay li yon eskòpyon? 13 Si nou menm ki mechan, alò, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis Papa nou nan syèl la va bay Lespri Sen an a sila yo ki mande Li?”

  71. 36 Sila ki kwè nan Fis la genyen lavi etènèl; men sila ki pa obeyi Fis la, p ap wè lavi, men lakòlè Bondye va rete sou li.

  72. 13 “Konsa, nenpòt bagay ke nou mande nan non Mwen, M ap fè li pou Papa a kapab resevwa glwa nan Fis la. 14 Si nou mande M nenpòt bagay nan non Mwen, M ap fè l.

    15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.

    16 “Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen. 17 Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.

    18 “Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou.

  73. 11 Konsa, sonje, ke oparavan, nou menm, pèp etranje nan lachè yo, ki rele “Ensikonsi” pa sila ki rele pwòp tèt yo “Sikonsi” yo, ki fèt nan lachè pa men a lòm, 12 sonje ke nou te nan tan sa a separe de Kris, andeyò de kominote Israël la, e etranje selon akò pwomès yo, san espwa, e san Bondye nan mond lan.

  74. 8 Li te sonje akò Li a jis pou tout tan,

    pawòl ke Li te pase lòd bay pandan mil jenerasyon.

    9 Akò ke Li te fè avèk Abraham nan,

    ak sèman ke Li te fè avèk Isaac la.

    10 Li te konfime li a Jacob kon yon règleman,

    a Israël kon yon akò ki la pou tout tan.

    11 Konsa Li te di: “A ou menm, Mwen va bay peyi

    Canaan kon pòsyon eritaj ou,”

  75. 3 Sila ki rete fèm nan panse li yo,

    Ou va kenbe nan lapè pafè,

    akoz li gen konfyans nan Ou.

  76. 67 Papa li, Zacharie, ranpli avèk Lespri Sen an, te pwofetize. Li te di:

    68 Beni se Senyè a, Bondye Israël la,

    paske li vizite nou,

    Li te acheve redanmsyon pou pèp Li a.

    69 Li te leve yon kòn sali pou nou

    lakay David la, sèvitè Li a.

    70 Jan Li te pale pa bouch a pwofèt Li yo depi nan ansyen tan an,

    71 Delivrans sou lènmi nou yo,

    ak nan men a tout sila ki rayi nou yo;

    72 pou montre mizerikòd vè zansèt nou yo,

    e pou sonje akò sen Li an,

    73 Sèman ke Li te fè a Abraham, zansèt nou an,

    74 pou pèmèt ke nou menm,

    ki te delivre nan men lènmi nou yo,

    ta kapab sèvi Li san krent,

    75 nan sentete ak ladwati devan Li,

    pandan tout jou nou yo.

    76 Epi ou menm pitit, ou va rele

    pwofèt a Pi Wo a;

    paske ou va ale devan Senyè a,

    pou prepare chemen Li an;

    77 pou bay pèp Li a konesans a sali a,

    pou padon peche pa yo.

    78 Akoz de mizerikòd byen dous a Bondye nou an,

    k ap fè Solèy ki leve soti anwo a vin vizite nou.

    79 Pou briye sou sila ki chita nan tenèb yo

    ak nan lonbraj lanmò a,

    pou gide pye nou nan chemen lapè a.

  77. 49 Gade byen, Mwen ap voye kote nou pwomès Papa M nan. Men fòk nou rete nan vil la jiskaske nou vin abiye avèk pwisans ki sòti anwo a.”

  78. 36 Se pou sa, si Fis la fè nou lib, nou ap vrèman lib.

  79. 17 Men pandan tan a pwomès ke Bondye te pwomèt a Abraham nan t ap pwoche pèp la te vin ogmante e te miltipliye an Égypte,

  80. 4 Men lè dat fikse a te rive, Bondye te voye Fis Li a fèt de yon fanm, fèt anba Lalwa 5 pou Li ta kapab delivre sila ki te anba Lalwa yo, pou nou ta kapab resevwa adopsyon kòm fis.

  81. 5 “Sila ki vin venkè a va abiye konsa, an vètman blan. Mwen p ap janm efase non li nan liv lavi a, e Mwen va konfese non li devan Papa M ak devan zanj Li yo.

  82. 15 Alò, zanj SENYÈ a te rele Abraham yon dezyèm fwa soti nan syèl la, 16 e te di: “Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an, 17 anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo. 18 Nan posterite ou, tout nasyon sou latè yo va beni, akoz ke ou te obeyi vwa Mwen.”

  83. 14 SENYÈ a va goumen pou nou pandan nou rete an silans.”

  84. 10 Alò, SENYÈ a te pale avèk Moïse. Li te di: 11 “Phinées, fis a Éléazar, fis a Aaron, prèt la, te fè detounen kòlè Mwen vè fis Israël yo, akoz li te jalou avèk jalouzi pa Mwen an pami yo; epi konsa, Mwen pa t detwi fis Israël yo nan jalouzi pa Mwen an.

    12 “Pou sa pale: ‘Gade byen, Mwen bay li akò lapè Mwen. 13 Li va pou li avèk desandan apre li yo, yon akò pozisyon prèt pou tout tan, akoz ke li te jalou pou Bondye li a, e li te fè ekspiyasyon pou fis Israël yo.’”

  85. 4 Epi koulye a, SENYÈ a, Bondye nou an, te bay repo a frè nou yo, jan Li fenk pale yo a. Pou sa, vire koulye a e ale nan tant pa nou yo, nan peyi posesyon pa nou an, ke Moïse, sèvitè Bondye a, te bannou lòtbò Jourdain an.

  86. 35 Depi Mwen fin sèmante selon sentete Mwen,

    Mwen p ap manti a David.

    36 Desandan li yo va dire jis pou tout tan,

    e twòn li va tankou solèy la devan M.

  87. 18 “Alò, vini koulye a; annou rezone ansanm, di SENYÈ a:

    “Malgre peche nou yo wouj, yo va vin blan tankou lanèj;

    malgre yo fonse tankou kramwazi, y ap vin tankou len.

  88. 24 Pou sa, Mwen di nou, pou tout bagay ke nou priye e mande, kwè ke nou gen tan resevwa l deja, e li va fèt.

  89. 25 “Anverite, Anverite Mwen di nou ke lè ap vini e koulye a gen tan rive, lè mò yo tande vwa a Fis Bondye a. Epi sa yo ki tande ap viv.

    26 “Paske menm jan ke Papa a gen lavi nan Li menm, menm jan an Li te bay Fis la osi pou gen lavi nan Li menm. 27 Li te bay Li otorite pou egzekite jijman, paske Li menm se Fis a Lòm nan.

    28 “Pa fè sezisman pou sa, paske yon lè ap vini lè tout moun sa yo ki nan tonbo yo ap tande vwa Li, 29 epi ap vin parèt. Sa yo ki te fè sa ki bon ap resisite a lavi, e sa yo ki te fè sa ki mal ap resisite pou jijman.

  90. 7 Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou. 8 Konsa, Papa M ap resevwa glwa, lè nou pote anpil fwi. E konsa, nou fè prèv ke nou se disip Mwen yo.

  91. 23 Paske salè a peche se lanmò, men kado gratis Bondye a, se lavi etènèl nan Jésus Kri, Senyè nou an.

  92. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv.

  93. 9 Men Li te di mwen: “Lagras mwen sifi pou ou, paske pouvwa a vin konplè nan feblès”. Konsa, avèk kè kontan, mwen va pito vante tèt mwen de feblès mwen, jis pou pouvwa Kris la kapab rete nan mwen.

    10 Konsa mwen byen kontan avèk feblès yo, avèk ensilt yo, avèk twoub yo, avèk pèsekisyon yo, avèk difikilte yo, pou koz a Kris. Paske lè m fèb, se nan moman sa a ke m gen fòs.

  94. 17 Sa ke m vle di a se sa: Lalwa, ki te vini kat-san-trant ane pita a, pa anile akò sa ki te deja etabli pa Bondye, kòmsi pou anile pwomès la.

  95. 18 Paske si eritaj la baze sou lalwa, li pa baze sou yon pwomès ankò; men Bondye te bay li a Abraham pa mwayen de yon pwomès.

  96. 3 Men Senyè a fidèl, e Li va ranfòse nou e pwoteje nou de mechan an.

  97. 12 Paske Mwen va gen mizerikòd pou linikite pa yo

    e Mwen p ap sonje peche yo ankò.

  98. 25 Fè si ke nou pa refize Sila k ap pale a. Paske si sa yo pa t chape lè yo te refize li menm ki te avèti yo sou latè a, konbyen mwens nou va chape nou menm ki vire kite Sila ki avèti nou depi nan syèl la. 26 Epi vwa Li te souke tè a nan moman an, men koulye a, Li fè yon pwomès, e Li di: “Malgre sa, yon fwa ankò Mwen va souke, non sèlman tè a, men osi syèl la.”

    27 Ekspresyon sa a: “Malgre yon fwa ankò”, fè nou konprann ke tout bagay ki te kreye, ki kapab souke va retire, pou bagay sila ki pa kapab souke yo, kapab vin rete. 28 Konsa, akoz ke nou resevwa yon wayòm ki pa kapab souke, annou montre rekonesans, pa sila nou kapab ofri a Bondye yon sèvis akseptab, avèk reverans ak lakrent. 29 Paske Bondye nou an se yon dife k ap devore.

  99. 4 Li va siye tout dlo ki sòti nan zye yo. P ap gen lanmò ankò. P ap genyen lamante ankò, ni kriye, ni doulè, paske premye bagay yo fin pase.”