69 Bible Verses About The Bible

Bib Sen An (BSA)

Bible Verses About The Bible
  1. 14 Sepandan, ou menm kontinye nan bagay ke ou te aprann yo, e vin konvenk, nan konnen de ki moun ou te aprann yo a. 15 Depi timoun, ou te konnen Lekriti sakre yo, ki kapab bay ou sajès ki mennen moun a sali atravè lafwa ki nan Kris Jésus a.

    16 Tout lekriti sen an enspire pa Bondye, e pwofitab pou enstwi, pou konvenk, pou korije, e pou fòme moun nan ladwati. 17 Konsa, chak moun Bondye a kapab konplè e byen prepare pou tout bon zèv.

  2. 7 Lalwa SENYÈ a pafè

    Li rekonfòte nanm.

    Temwayaj SENYÈ a vrè,

    k ap fè saj yo senp.

    8 Prensip a SENYÈ yo dwat,

    ki fè kè rejwi.

    Kòmandman SENYÈ a san tach.

    Li fè zye yo limen.

    9 Lakrent SENYÈ a pi;

    Li dire jis pou tout tan.

    Jijman SENYÈ yo vrè;

    Yo jis san manke.

    10 Yo pi chè pase lò, wi, pase anpil lò fen.

    Yo pi dous pase myèl, pase siwo a

    ki tonbe nan gato myèl la.

    11 Anplis, se pa yo menm ke sèvitè Ou a

    resevwa avètisman pou fè atansyon.

    Pou sila ki kenbe yo, gen gran rekonpans.

    12 Se kilès ki kab rekonèt fot li?

    Padone mwen pou fot ke m pa konnen yo.

    13 Anplis, pwoteje sèvitè ou a kont peche ògèy yo.

    Pa kite yo vin domine m.

    Konsa, mwen kab rete san fot,

    epi va inosan a gran peche.

  3. 21 Konsa, annou mete sou kote tout sa ki sal, ak tout sa ki rete de mechanste, e ak imilite, resevwa pawòl ki enplante nan nou an, ki kapab sove nanm nou.

    22 Men, fè prèv tèt nou ke nou aji selon pawòl la, e se pa senpleman tande li. Moun konsa yo twonpe pwòp tèt yo. 23 Paske si yon moun ap tande pawòl la, e li pa aji selon li, li tankou yon moun ki gade figi natirèl li nan yon miwa. 24 Yon fwa, li fin gade tèt li e li ale, li gen tan bliye ki kalite moun li te ye a.

    25 Men yon moun ki gade avèk atansyon lalwa pafè a, lalwa libète a, e aji selon li, li pa vin yon moun ki tande pou bliye, men yon moun ki fè l tout bon, moun sa a va beni nan sa li fè.

  4. 4 Men Li te reponn li e te di l: “Sa ekri Lòm pa pou viv sèlman pa pen, men pa chak mo ki sòti nan bouch Bondye”.

  5. 4 Paske tout bagay ki te ekri nan tan pase yo te ekri pou enstwi nou menm; pouke selon pèseverans ak ankourajman Ekriti yo, nou ta kapab vin genyen lespwa.

  6. 12 Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo. 13 Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije rannkont.

    14 Konsa, paske nou gen yon si tèlman wo prèt ki te travèse nan tout syèl yo, Jésus, Fis a Bondye a, annou kenbe fèm nan lafwa ke nou konfese a.

  7. 11 Alò, Jwif sila yo te pi nòb pase sila nan Thessalonique yo, paske yo te resevwa pawòl la avèk yon gwo anvi. Yo te egzamine Ekriti yo chak jou pou wè si bagay sa yo se te konsa.

  8. Liv I

    1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy

    mechan yo

    ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,

    2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a.

    Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.

    3 Li va tankou yon pyebwa ki plante

    bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li.

    Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.

  9. 130 Lè pawòl Ou antre, li bay limyè.

    Li bay bon konprann a sila ki senp yo.

  10. 7 “Sèlman rete fò avèk anpil kouraj; fè atansyon pou fè tout sa lalwa ke Moïse, sèvitè Mwen an, te kòmande ou fè a. Pa vire ni adwat ni agoch, pou ou kapab reyisi nenpòt kote ke ou ale.

    8 “Liv lalwa sila a pa pou janm kite bouch ou, men ou va reflechi sou li lajounen kon lannwit, pou ou kapab fè atansyon pou fè tout sa ki ekri ladann; paske konsa, ou va fè chemen ou yo pwospere e konsa, yo va byen reyisi.

  11. 27 Pandan Jésus t ap di bagay sa yo, youn nan fanm yo nan foul la te leve vwa li. Li te di Li: “Beni se vant ki te pote Ou a, e tete kote Ou te souse a.”

    28 Men Li te di: “Okontrè, beni se sila yo ki tande pawòl Bondye a, e ki swiv li.”

  12. 16 Kite pawòl a Kris la rete an abondans nan nou, avèk tout sajès nan enstwi ak korije youn lòt avèk sòm, kantik, ak chan lespri yo, k ap chante avèk rekonesans Bondye nan kè nou.

  13. 17 Fè yo vin sen pa laverite. Pawòl Ou se laverite.

  14. 45 Answit Li te ouvri lespri pa yo pou konprann Ekriti Sen yo.

  15. 13 Pou rezon sa a, nou, tout tan, bay Bondye remèsiman ke lè nou te resevwa pawòl Bondye nou te tande de nou an, nou te aksepte li pa kòm yon pawòl a lòm, men pou sa li vrèman ye a, pawòl Bondye a, ki anplis fè travay li nan nou menm ki kwè yo.

  16. 18 Mwen temwaye a tout sila ki tande pawòl a pwofesi liv sila a: si yon moun ajoute nan yo, Bondye va ajoute a li menm tout fleyo ki ekri nan liv sila a. 19 Epi si yon moun retire nan pawòl a liv pwofesi sila a, Bondye va retire pati pa l nan pyebwa lavi ak vil sen an ki ekri nan liv sila a.

  17. BETH

    9 Kijan yon jennonm kapab kenbe wout li yo san fot?

    Nan kenbe li selon pawòl Ou.

  18. 50 Se sa ki ban m rekonfò nan mizè mwen an,

    paske se pawòl Ou ki fè m rekouvri fòs.

    51 Moun awogan yo meprize m nèt,

    men mwen pa vire kite lalwa Ou.

  19. NUN

    105 Pawòl Ou se yon lanp pou pye m, e

    yon limyè nan pa pye mwen.

  20. 6 Yon vwa pale: “Rele fò.”

    Yon lòt reponn: “Kisa pou m rele?”

    “Tout chè se zèb,

    e tout bèlte li se tankou flè nan chan.

    7 Zèb la fennen,

    flè a pèdi koulè l,

    depi souf SENYÈ a soufle sou li.

    Anverite, pèp la se zèb.

    8 Zèb la fennen,

    flè a pèdi koulè l,

    men pawòl Bondye nou an kanpe jis pou tout tan.”

  21. 19 Konsa, nou gen pawòl pwofesi yo fèt pi asire. A sila nou dwe prete atansyon an tankou se yon lanp k ap klere yon kote ki fènwa, jiskaske bajou kase e zetwal granmmaten an leve nan kè nou.

    20 Men konnen sa davans, ke nanpwen pwofesi nan lekriti sen an ki sijè a pwòp entèpretasyon prive. 21 Paske okenn pwofesi pa t janm fèt pa volonte a moun, men lèzòm, dirije pa Lespri Sen an te pale pawòl yo ki te soti nan Bondye.

  22. 1 Nan jou sa a, yo te li soti nan liv Moïse la, nan tande a pèp la, epi li te twouve ekri ladann ke ni Amonit ni Moabit pa ta janm dwe antre nan asanble Bondye a, 2 paske yo pa t rankontre fis Israël yo avèk pen avèk dlo, men te anplwaye Balaam kont yo pou bay yo madichon. Men Bondye nou an te vire madichon an fè l vin benediksyon. 3 Pou sa, lè yo te tande lalwa a, yo te mete tout etranje yo deyò Israël.

  23. 34 “Anverite, Mwen di nou: Jenerasyon sila a p ap disparèt jouk lè ke tout bagay sa yo fin pase. 35 Syèl la avèk tè a va disparèt, men pawòl pa M yo p ap janm disparèt.

  24. 30 Konsa, anpil lòt sign Jésus osi te fè nan prezans disip Li yo, ki pa ekri nan liv sa a. 31 Men sila yo te ekri pou nou kapab kwè ke Jésus se Kris la, Fis a Bondye. Epi ke nan kwè sa a, nou kapab gen lavi etènèl nan non Li.

  25. 1 Paul, yon sèvitè-atache nèt a Jésus Kri, aple kòm apot mete apa pou bòn nouvèl Bondye a, 2 ke Li te pwomèt oparavan atravè pwofèt Li yo nan Ekriti Sen Yo,

  26. 5 “Tout pawòl Bondye pase a leprèv;

    Li se yon boukliye pou sila ki kache nan Li yo.

    6 Pa ogmante sou pawòl Li yo,

    oswa Li va repwoche ou

    e ou va fè prèv ke se yon mantè ou ye.

  27. 39 Nou chache tout Ekriti Sen yo paske nou kwè ke nan yo menm nou gen lavi etènèl. E se yo menm ki temwaye de Mwen menm.

  28. 1 Konsa mete sou kote tout mechanste, ak tout manti, avèk ipokrizi, lanvi ak kout lang 2 epi tankou tibebe ki fenk ne, se pou nou gen lanvi pou lèt pi a pawòl la, pouke pa li menm, nou kapab grandi vè sali, 3 si vrèman nou te goute dousè a Senyè a.

  29. 15 Konsidere pasyans a Senyè a kòm sali nou. Menmjan an osi ak frè byeneme nou an, Paul, te ekri nou, selon sajès ke li te resevwa a, 16 kòm osi nan tout lèt li yo, li te pale ak yo de bagay sa yo. Ladan yo, gen kèk bagay ki difisil pou konprann, ke sila ki san konprann e ki pa stab yo defòme, jan yo te fè osi ak tout lòt Ekriti sen yo, ki va gen kòm rezilta, pwòp destriksyon pa yo.

  30. 160 Fòs Kantite tout pawòl Ou yo se verite, e

    tout règleman dwat Ou yo la jis pou tout tan.

  31. 29 Men Jésus te reponn yo: “Nou twonpe nou. Nou pa konprann Ekriti Sen yo, ni pouvwa Bondye a.

  32. 140 Pawòl Ou san tach; akoz sa, sèvitè Ou a renmen yo anpil.

  33. 5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;

    pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.

    6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;

    konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.

  34. 16 Chache nan liv SENYÈ a, epi li:

    Nanpwen youn nan sila yo ki p ap la;

    okenn p ap manke parèy yo.

    Paske bouch Mwen te pase lòd,

    e Lespri Li te ranmase yo.

  35. 17 “Pa panse ke Mwen te vini pou aboli Lalwa ak pwofèt yo. Mwen pa te vini pou aboli, men pou akonpli. 18 Paske vrèman Mwen di nou jiskaske syèl la avèk tè a disparèt, ni yon ti lèt, ni yon ti mak p ap disparèt nan Lalwa a, jiskaske tout bagay fin acheve. 19 Pou sa, nenpòt moun ki anile menm youn ki pi piti nan kòmandman sa yo, e bay enstriksyon a lòt pou fè sa, l ap rele pi piti nan wayòm syèl la. Men sila ki kenbe yo e enstwi lòt pou fè yo tou, li va rele pi gran nan wayòm syèl la.

  36. 37 Nan dènye jou fèt la, Jésus te kanpe e te kriye: “Si nenpòt moun swaf, kite L vin kote Mwen epi bwè! 38 Sila ki kwè nan Mwen, tankou Ekriti Sen an di: ‘Sòti nan pi fon anndan l va fè koule rivyè dlo vivan yo.’”

  37. 47 “Si nenpòt moun tande pawòl Mwen yo, e pa kenbe yo, Mwen pa jije li. Paske Mwen pa t vini nan lemonn pou jije lemonn, men pou sove lemonn.

    48 “Sila a ki rejte Mwen, epi pa resevwa pawòl Mwen yo, gen youn k ap jije li. Pawòl ke Mwen te pale a se li k ap jije li nan dènye jou a.

    49 “Paske Mwen pa t pale pou kont Mwen, men Papa a, Li menm, ki te voye M te kòmande Mwen kisa pou M pale, e kisa pou M di. 50 E Mwen konnen ke kòmandman Li se lavi etènèl. Pou sa, se konsa Mwen pale; menm sa ke Papa a di Mwen yo, konsa Mwen pale.”

  38. 11 Alò, bagay sa yo te rive yo kòm yon egzanp. Yo te ekri pou enstwi nou, sou sila a fen tan yo gen tan fin parèt. 12 Konsa, kite sila ki panse li kanpe a fè atansyon pou li pa tonbe.

  39. 11 Nenpòt moun ki pale, li dwe fè sa tankou sila k ap pale pawòl a Bondye. Nenpòt moun ki sèvi, li dwe fè li tankou sila k ap sèvi avèk tout fòs ke Bondye ba li, pouke nan tout bagay, Bondye kapab glorifye atravè Jésus Kri. A Li menm, apatyen laglwa ak pwisans, pou tout tan e pou tout tan. Amen.

  40. 1 Konsa, tout pèp la te rasanble kon yon sèl moun nan plas ki te devan Pòtay Dlo a. E yo te pale ak Esdras, skrib la, pou mennen liv lalwa Moïse la ke SENYÈ a te bay a Israël la.

  41. 3  Li te li nan liv la devan plas ki te devan Pòtay Dlo a soti granmaten jis rive midi, nan prezans a mesye ak fanm ki te atantif a liv lalwa a.

  42. 8 Yo te li nan liv la, soti nan lalwa Bondye a, e te tradwi pou fè yo konprann, pou yo ta kab byen sezi sa ki te li a.

  43. 6 Pawòl a SENYÈ a se pawòl ki san tach;

    tankou ajan ki teste nan founo,

    rafine nan tè sèt fwa.

    7 Ou menm, O SENYÈ, va pwoteje yo.

    Ou va prezève yo soti nan

    jenerasyon sila a jis pou tout tan.

  44. 148 Zye m rete ouvè pandan vèy nwit lan,

    konsa, pou m kab reflechi san rete sou pawòl Ou.

  45. 10 Konsa, Jésus te di li: “Soti la Satan! Paske sa ekri: ‘Ou va adore Senyè a, Bondye ou a, e sèvi Li menm sèl’”.

  46. 24 “Pou sa, tout moun ki tande pawòl sa yo ke Mwen bay yo, e ki aji sou yo, y ap tankou yon nonm saj ki bati kay li sou wòch.

  47. 10 Èske nou pa t menm li Ekriti sila a?:

    ‘Wòch ke moun ki t ap bati yo te refize a;

    sila a te devni wòch ang prensipal la.

  48. 27 Answit, Li te kòmanse avèk Moïse, ak tout pwofèt yo, e Li te eksplike yo bagay konsènan Li menm nan tout Ekriti Sen yo.

  49. 15 Nan lè sa a, Pierre te kanpe nan mitan frè yo (yon asanble de anviwon san ven moun ki te la ansanm) e te di: 16 “Frè m yo, Ekriti a te oblije vin akonpli, jan Lespri Sen an te anonse oparavan pa bouch David konsènan Judas ki te vin yon gid a sila ki te arete Jésus yo. 17 Paske li te konte pami nou, e te resevwa pati pa li, nan èv sila a.

  50. 3 Paske mwen te livre a nou kon bagay ki pi enpòtan nan sa ke mwen osi te resevwa a, ke Kris la te mouri pou peche nou yo selon Ekriti sen yo, 4 ke Li te antere, e ke Li te leve nan twazyèm jou a selon Ekriti yo. 5 Epi ke Li te parèt a Céphas, e answit, a douz yo.

  51. 11 Preskri e enstwi bagay sa yo.

    12 Pa kite pèsòn gade ou ba akoz jenès ou, men de preferans nan pawòl, kondwit lanmou, lafwa, ak yon vi san tach, prezante tèt ou kòm yon egzanp a sila ki kwè yo.

    13 Jiskaske m vini, bay enpòtans a li lekriti sen yo an piblik, a egzòtasyon ak enstriksyon.

    14 Pa neglije don Lespri Bondye ki nan ou a, ki te bay a ou menm pa yon pawòl pwofetik avèk men Ansyen ki te poze sou ou yo.

    15 Konsakre ou seryezman a bagay sa yo; antre ladan yo, pou pwogrè ou kapab klè a tout moun.

    16 Prete anpil atansyon a tèt ou e ak enstriksyon ou an. Pèsevere nan bagay sa yo, paske lè ou fè sa, ou va asire Sali tèt ou ak sila ki tande ou yo.

  52. 1 Bondye, nan tan lontan, nan plizyè epòk ak plizyè mwayen, te pale a zansèt nou yo pa pwofèt yo.

    2 Nan dènye jou sa yo, Li pale ak nou pa Fis Li a, ke Li te chwazi kòm eritye de tout bagay, e pa sila a osi, ke Li te fè mond lan.

  53. 4 Paske pawòl SENYÈ a dwat.

    Tout zèv Li yo fèt avèk fidelite.

  54. 11 Pawòl Ou yo, mwen te kenbe yo nan kè m,

    pou m pa t peche kont Ou.

  55. 5 “Mwen se pye rezen an, nou se branch yo. Moun ki rete nan Mwen, e Mwen nan li, li pote anpil fwi. Paske apa de Mwen, nou pa kapab fè anyen. 6 Si nenpòt moun pa rete nan Mwen, li va jete kon yon branch, e l ap seche. Y ap ranmase yo e jete yo nan dife, epi y ap brile. 7 Si nou rete nan Mwen, e pawòl Mwen rete nan nou, mande nenpòt sa nou vle, e l ap fèt pou nou. 8 Konsa, Papa M ap resevwa glwa, lè nou pote anpil fwi. E konsa, nou fè prèv ke nou se disip Mwen yo.

  56. 15 Se pou ou dilijan pou prezante tèt ou apwouve bay Bondye, kòm yon ouvriye ki pa bezwen wont, ki livre byen klè pawòl verite a.

  57. 7 Konsa mwen te di: “Gade byen, mwen vini.

    Nan woulo liv la, li ekri de mwen menm.

    8 Mwen pran plezi nan fè volonte pa Ou, O SENYÈ.

    Lalwa Ou nan kè m.”

  58. 28 Nanm mwen ap kriye akoz doulè.

    Ban m fòs selon pawòl Ou a.

  59. 114 Ou se kote a pou m kache a ak boukliye mwen,

    Mwen ap mete espwa m nan pawòl Ou.

    115 Kite mwen, malfektè, pou m kab swiv

    kòmandman a Bondye mwen yo.

  60. 8 “Paske, panse pa Mwen yo se pa panse pa w,

    ni wout ou yo se pa wout pa M”, deklare SENYÈ a.

    9 Paske tankou syèl yo pi wo ke tè a,

    konsa wout Mwen yo pi wo ke wout pa w yo,

    e panse Mwen yo ke panse pa w yo.

    10 Paske menm jan ke lapli ak lanèj desann sòti nan syèl la,

    e pa retounen la, san ke yo pa awoze tè a,

    pou fè l donnen e boujonnen,

    pou fè l bay semans pou kiltivatè,

    ak pen pou sila k ap manje a;

    11 se konsa pawòl Mwen ki sòti nan bouch Mwen va ye.

    Li p ap retounen kote Mwen vid,

    san ke li pa akonpli sa ke M dezire a,

    san ke li pa akonpli bi pou sila Mwen te voye li a.

  61. 16 Pawòl Ou yo te vin twouve;

    mwen te manje yo.

    Pawòl Ou yo te vin pou mwen yon gwo jwa

    ki fè kè m rejwi;

    paske mwen te rele pa non Ou, O SENYÈ Bondye Dèzame yo.

  62. 24 Sa se disip ki fè temwayaj a tout bagay sa yo, e te ekri bagay sa yo, e nou konnen ke temwayaj li vrè.

    25 Epi genyen osi anpil lòt bagay ke Jésus te fè, ke si yo te ekri an detay, mwen pa sipoze ke tout lemonn ta kapab kenbe liv ki t ap ekri yo.

  63. 24 Paske:

    “Tout chè tankou zèb,

    e tout laglwa li tankou flè zèb la.

    Zèb la fennen, e flè a vin tonbe,

    25 men pawòl Senyè a dire pou tout tan.”

    E sa se pawòl ki te preche a nou menm nan.

  64. 56 “Beni se SENYÈ a ki te bay repo a pèp Li a, Israël, selon tout sa ke Li te pwomèt yo. Pa menm yon mo pa t fè fayit nan tout bonte ke Li te pwomèt nou pa Moïse yo, sèvitè li a.

  65. 24 Konsa, fanm nan te di a Élie: “Koulye a, mwen konnen ke ou se yon nonm Bondye, e ke pawòl SENYÈ a nan bouch ou se verite.”

  66. 151 Ou toupre, O SENYÈ e tout kòmandman Ou yo se verite.

  67. 25 Paske Mwen menm, SENYÈ a va pale e nenpòt pawòl ke M di, va vin acheve. Sa p ap pran reta ankò, paske nan jou ou yo, O lakay rebèl, Mwen va pale pawòl la e Mwen va akonpli li,” deklare Senyè BONDYE a.’”

  68. 44 Alò, Li te di yo: “Sa se pawòl Mwen yo ke Mwen te pale avèk nou pandan Mwen te toujou avèk nou an. Ke tout bagay ki ekri sou Mwen menm nan Lalwa Moïse avèk Pwofèt yo avèk Sòm yo ta oblije akonpli.”

  69. 23 Jésus te reponn e te di Li: “Si nenpòt moun renmen M, li va kenbe pawòl Mwen, e Papa M va renmen li, e Nou va vin kote li, epi va demere avèk li”. 24 Moun ki pa renmen M pa kenbe pawòl Mwen. E pawòl sa a ke nou tande a se pa pa M, men se sa ki nan Papa ki te voye M nan.