74 Bible Verses About Promises
Bib Sen An (BSA)
-
13 Paske lè Bondye te fè pwomès la a Abraham, akoz ke Li pa t kapab sèmante pa okenn pi gran, Li te sèmante pa pwòp tèt Li. 14 Li te di: “Byensi Mwen va beni ou, e byensi, Mwen va miltipliye nou.” 15 Konsa, nan tann li avèk anpil andirans, Abraham te resevwa pwomès la.
16 Paske moun toujou sèmante pa yon moun ki pi gran pase yo, e nan nenpòt malantandi yon sèman ki fèt avèk yon akò fèmen tout diskisyon.
17 Nan menm fason an, Bondye, ak volonte pou menm plis montre eritye pwomès yo ke bi Li a pa kab chanje, Li te pale avèk yon sèman. 18 Pouke pa de (2) bagay ki pa kab chanje yo, pa sila ke li enposib pou Bondye bay manti, nou menm ki te pran refij nan Kris la, nou genyen yon gwo ankourajman pou kenbe esperans ki plase devan nou an.
-
16 “Paske Bondye te tèlman renmen lemond, ke Li te bay sèl Fis inik Li pou nenpòt moun ki kwè nan Li pa ta peri, men ta gen lavi etènèl. 17 Paske Bondye pa t voye Fis Li nan lemond pou jije lemond, men pou lemond ta kapab sove pa Li.
18 “Sila ki kwè nan Li p ap jije. Men li menm ki pa kwè nan Li gen tan jije deja, paske Li pa t kwè nan non a sèl Fis inik a Bondye a.
19 “Sa se jijman an, ke limyè a te vini nan lemond, men lòm te renmen tenèb la olye limyè a. Paske zèv pa yo te mechan.
20 “Paske chak moun ki fè mal, li rayi limyè a, e pa vin kote limyè a, akoz perèz zèv li yo ta vin parèt.
-
31 “Gade byen, jou yo ap vini”, deklare SENYÈ a: “lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk lakay Israël, e avèk lakay Juda, 32 pa tankou akò ke M te fè ak papa yo a nan jou ke M te pran yo pa lamen pou mennen yo sòti nan peyi Égypte la; akò Mwen ke yo te kraze a, malgre Mwen te yon mari pou yo a,” deklare SENYÈ a. 33 “Men sa se akò ke M va fè ak lakay Israël apre jou sa yo”, deklare SENYÈ a:
“Mwen va mete lalwa M anndan yo
e sou kè yo Mwen va ekri l;
epi Mwen va Bondye yo,
e yo va pèp Mwen.
34 “Yo p ap ankò enstwi, chak moun vwazen pa li,
e chak moun frè pa li pou di: ‘Konnen SENYÈ a,’
paske yo tout va konnen Mwen,
soti nan pi piti nan yo jis rive nan pi gran nan yo a,”
deklare SENYÈ a,
“paske Mwen va padone inikite yo,
e peche yo, Mwen p ap sonje yo ankò.”
-
38 Pierre te di yo: “Repanti e ke chak en de nou vin batize nan non Jésus Kri pou padon a peche nou yo, e nou va resevwa don Lespri Sen an. 39 Paske pwomès la se pou nou, pou pitit nou yo, e pou tout sila ki byen lwen yo, ak tout kantite ke Senyè a, Bondye nou an va rele a Li menm.”
-
9 Senyè a pa lan sou pwomès Li, jan kèk moun ta konte sa a, men Li pasyan anvè nou, e Li pa vle pou okenn moun ta peri, men pou tout ta vini a larepantans.
-
17 Konsa, èske m te varye lè m te fè nou konnen entansyon sa a? Oswa sa ke m te propoze a, èske m te propoze li selon lachè? Konsa, li ta sanble wi e non ansanm k ap di nan menm lè a? 18 Men jan Bondye fidèl la, pawòl nou anvè ou menm se pa wi avèk non ansanm. 19 Paske Fis Bondye a, Kris Jésus, ki te preche pami nou an, pa nou menm—mwen, Silvain, ak Timothée—pa t di wi e non, men te gen wi sèlman nan Li menm. 20 Paske malgre fòs kantite pwomès Bondye yo konn bay, nan Li menm, pwomès yo se “wi”; konsa tou, pa Li menm tou, nou di “Amèn” pou laglwa Bondye atravè nou menm.
21 Koulye a, Sila ki etabli nou avèk ou menm an Kris la, epi ki te onksyone nou an, se Bondye. 22 Se Li ki te mete so Li sou nou e te bannou Lespri a nan kè nou kòm yon pwomès.
-
13 Paske pwomès a Abraham ak desandan li yo pou li te kab resevwa tout lemond kòm eritaj, pa t fèt selon lalwa, men selon ladwati lafwa a. 14 Paske si se sila ki gen Lalwa a k ap eritye, lafwa vin pa vo anyen e pwomès la vin anile. 15 Paske Lalwa a pote lakòlè, men kote ki pa gen lalwa, pa gen vyolasyon.
16 Pou rezon sa a, se pa lafwa, pou li ta kapab pa gras, ke pwomès la ta kapab asire a tout desandan Abraham yo; non sèlman a sila ki gen Lalwa a, men osi a sila ki gen lafwa Abraham nan, ki se papa a nou tout.
-
1 Simon Pierre, yon sèvitè-atache nèt, e apòt a Jésus Kri, a sila ki te resevwa yon lafwa menm jan ak nou yo, pa ladwati Bondye ak Sovè nou an, Jésus Kri: 2 Ke lagras ak lapè vin miltipliye a nou menm nan konesans a Bondye ak Jésus, Senyè nou an, 3 akoz nou wè ke pwisans diven Li an bannou tout bagay ki apatyen a lavi ak sentete, atravè vre konesans a Li, ki te rele nou pa pwòp glwa ak ekselans Li. 4 Paske pa sila yo, Li te bannou pwomès presye e manyifik Li, pouke nan yo, nou ta kapab vin patisipan nan nati sen an, e chape de koripsyon ki nan mond lan pa konvwatiz lachè a.
-
1 Alò, SENYÈ a te di a Abram: “Sòti nan peyi ou ak fanmi ou yo, ak lakay papa ou, pou ale vè yon peyi ke Mwen va montre nou. 2 Mwen va fè ou vin yon gran nasyon. Mwen va beni ou, e fè non ou vin gran. Ou va yon benediksyon. 3 Mwen va beni sila yo ki beni ou, e sila ki modi ou yo, Mwen va modi yo. Konsa, nan ou, tout fanmi sou latè yo va beni.”
4 Alò, Abram te sòti jan SENYÈ a te pale l la. Lot te ale avè l. Abram te gen laj swasann-kenz ane lè li te kite Haran.
-
4 Li te rasanble yo ansanm e te kòmande yo: “Pa kite Jérusalem, men tann sa ke Papa a te pwomèt la; sa ke nou te tande de Mwen menm nan. 5 Paske Jean te batize avèk dlo, men nou va batize avèk Lespri Sen an pa a anpil jou de kounye a.”
-
23 Pou nou kenbe fèm a pwofesyon esperans lan, san ezite, paske Sila ki fè pwomès la, Li fidèl.
-
22 “Lè L te fin retire li, Li te fè leve David pou l ta kapab wa sou yo. Selon Li, te temwaye e te di: ‘Mwen twouve David, fis a Jessé a, yon nonm selon pwòp kè Mwen ki va fè tout volonte M’.
23 “Soti nan desandan a nonm sila a, selon pwomès la, Bondye te fè vini a Israël yon Sovè, Jésus.
-
24 Pou nou menm, kite sa ke nou te tande depi kòmansman an demere nan nou. Si sa nou te tande depi kòmansman an demere nan nou, nou va osi rete nan Fis la, ak Papa a. 25 Epi sa se pwomès la ke Li menm te fè nou, lavi etènèl.
-
12 Paske si nou janm retounen pou kole a lòt nasyon sila yo, sila ki rete toujou pami nou yo, e vin fè maryaj avèk yo, pou nou vin nan relasyon avèk yo, e yo menm avèk nou, 13 konnen, anverite, ke SENYÈ a, Bondye nou an, p ap kontinye chase nasyon sila yo sòti devan nou; men yo va vin yon pèlen ak yon pyèj pou nou, yon frèt bò kote nou ak pikan nan zye nou, jiskaske nou peri sòti nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an.
14 Alò, gade, jodi a, mwen ap fè chemen ki oblije fèt pou tout tè a. Konsa, nou konnen nan tout kè nou ak nan tout nanm nou, ke pa menm yon mo nan tout pawòl ke SENYÈ a, Bondye nou an, te pale konsènan nou menm pa t manke akonpli. Tout te vin akonpli pou nou. Pa youn nan yo pa t manke. 15 Li va vin rive a nou menm ke menm jan tout bon bagay ke SENYÈ a Bondye nou an te pale de nou te vin rive, ke menm jan, SENYÈ a va mennen fè rive sou nou tout menas, jiskaske Li fin detwi nou e fè nou sòti nèt nan bon peyi sa a ke SENYÈ a, Bondye nou an, te bannou an, 16 si nou transgrese akò a SENYÈ a, Bondye nou an, ke Li te kòmande nou an, pou ale sèvi lòt dye yo e bese devan yo. Konsa, kòlè Bondye va brile kont nou e nou va peri vit, pou nou kite bon peyi ke Li te bannou an.”
-
11 Paske Mwen konnen plan ke M genyen pou nou yo,” deklare SENYÈ a, “plan pou bonè e pa pou malè, pou bay nou yon bon avni ak espwa. 12 Epi nou va rele Mwen, vin kote Mwen pou priye, e Mwen va koute nou.
-
13 Nan Li menm, nou tout osi, lè nou fin tande mesaj Verite a, Levanjil Sali a; akoz nou menm tou te kwè, nou te sele nan Li menm avèk Lespri Sen a pwomès la, 14 ki bay a nou menm kòm yon pwomès eritaj nou an, avèk plan redanmsyon a sila ki vrèman pou Bondye yo, pou lwanj a glwa Li.
-
19 San li pa t vin fèb nan lafwa, li te reflechi sou pwòp kò li, ki te gen tan prèske mouri paske li te gen anviwon san lane e vant Sarah a te esteril akoz laj li.
20 Men, selon pwomès a Bondye a, li pa t varye menm nan konfyans li, men te vin fò nan lafwa e te toujou bay Bondye lwanj. 21 Li te gen asirans konplè ke sa Bondye te pwomèt la, Li ta kapab fè l rive. 22 Donk sa te konte osi pou li kòm ladwati. 23 Se pa t sèlman pou lakoz li sèl ke yo te ekri ke sa te konte pou li, 24 men anplis pou nou osi sa te konte, kòm sila ki kwè nan Li yo; Li menm ki te resisite Jésus Kri, Senyè nou an sòti nan lanmò.
-
23 Men fis pa fanm ki te esklav la te fèt selon lachè, e fis a fanm ki te lib la te fèt selon pwomès la. 24 Sa se parabòl senbolik; de fanm sa yo se de akò. Youn te fèt nan Mòn Sinaï k ap pote pitit ki va esklav yo; li menm se Agar. 25 Alò, Agar sa a se Mòn Sinaï an Arabie. Li koresponn a Jérusalem ki la jis koulye a, paske li nan esklavaj avèk pitit li yo. 26 Men Jérusalem ki anwo a lib. Li se manman de nou tout. 27 Paske sa ekri:
“Rejwi, fanm esteril ki pa fè pitit;
eklate ak kri lajwa, ou menm ki pa
nan doulè pou fè timoun nan:
paske pitit a sila ki aflije a plis an
kantite pase sila ki gen mari a.”
28 Epi nou menm, frè m yo, kòm Isaac, nou se pitit a pwomès la.
-
12 Beni se yon moun ki pèsevere anba eprèv. Paske, yon fwa li fin apwouve, li va resevwa kouwòn lavi a ke Senyè a pwomèt a sila ki renmen Li yo.
-
3 Rete pou yon tan nan peyi sa a, Mwen va avèk ou, e Mwen va beni ou, paske a ou menm ak desandan ou yo, Mwen va bay tout peyi sa yo, e Mwen va etabli sèman ke Mwen te sèmante a papa ou a, Abraham.
4 “Mwen va miltipliye desandan ou yo tankou zetwal nan syèl la, e va bay tout tè sa yo a desandan ou yo. E nan desandan ou yo, tout nasyon latè yo va beni, 5 akoz Abraham te obeyi Mwen, e kenbe chaj Mwen, Kòmandman Mwen yo, règleman Mwen yo, avèk lwa Mwen yo.”
-
29 Li bay fòs a sila ki fatige yo,
e a sila ki manke fòs yo, li bay plis pouvwa.
30 Malgre moun jenn yo febli e vin bouke,
e jennonm plen kouraj yo vin glise tonbe;
31 sila ki tann SENYÈ yo va renouvle ak kouraj nèf;
yo va monte anwo ak zèl kon èg.
Yo va kouri, e yo p ap bouke;
yo va mache, e yo p ap fatige.
-
33 “Konsa, akoz Li te leve wo rive kote men dwat Bondye, e te resevwa nan Papa a, pwomès Lespri Sen an, li te fè vide sa ke nou wè, ak tande a.
-
21 Konsa, èske Lalwa a vin kont pwomès a Bondye yo. Ke sa pa ta janm fèt! Paske si te gen yon lwa ki ta kapab bay lavi, alò, ladwati ta vrèman baze sou Lalwa. 22 Men Lekriti sen an anchene tout bagay anba peche, pou pwomès la, pa lafwa nan Jésus Kri a, ta kapab bay a sila ki kwè yo.
-
4 Pa referans a sa, lè nou li, nou kapab konprann konesans mwen nan mistè a Kris la, 5 ki, nan lòt jenerasyon yo pa t konnen pa fis a lòm yo, men koulye a li revele a sen apot Li yo ak pwofèt yo nan Lespri a. 6 Pou detaye byen klè, ke pèp etranje yo se eritye egal e manb parèy nan kò a, epi patisipan egal nan pwomès a Kris Jésus a selon levanjil la.
-
6 Men koulye a, Li vin gen yon èv ki pi ekselan, paske Li se osi medyatè a yon pi bon akò, ki te etabli sou pi bon pwomès yo.
7 Paske si premye akò sa a te san defo, pa t ap gen yon rezon pou yon dezyèm. 8 Paske akoz Li twouve fot nan yo, Li di:
“Gade byen, jou yo ap vini, di Senyè a,
lè Mwen va fè yon akò tounèf avèk kay Israël la
e avèk kay Juda a;
-
13 Men selon pwomès Li, n ap chache syèl ki tounèf yo ak yon tè tounèf, kote ladwati abite.
14 Konsa, byeneme yo, akoz ke n ap chache bagay sa yo, se pou nou dilijan pou Li jwenn nou anpè san tach e san fot.
-
12 Li te fè yon rèv, e li te gade yon nechèl yo te mete sou latè, tèt li te rive nan syèl la. Epi gade, zanj Bondye yo t ap monte desann sou li. 13 Epi, gade byen, SENYÈ a te kanpe anwo li. Li te di: “Mwen se SENYÈ a, Bondye papa Abraham nan ak Bondye Isaac la. Tè sa kote ou kouche a, Mwen va bay ou li pou ou menm ak desandan ou yo. 14 Desandan ou yo va tankou pousyè latè, e ou va gaye nan lwès, nan lès, nan nò, ak nan sid. Konsa, nan ou avèk desandan ou yo, tout fanmi sou latè yo va beni.
15 “Gade byen, Mwen avèk ou. Mwen va kenbe ou nenpòt kote ou ale, e Mwen va fè ou retounen nan peyi sa a. Paske Mwen p ap kite ou jiskaske Mwen fin fè tout sa ke M te pwomèt nou an.”
-
19 Bondye se pa yon nonm ke li ye
pou L ta bay manti,
ni fis a yon nonm pou L ta repanti.
Èske Li pa t pale, e èske Li p ap fè l vre?
-
6 Paske nou se yon pèp ki sen a SENYÈ a, Bondye nou an. SENYÈ a, Bondye nou an, te chwazi nou kòm yon pèp ki pou pwòp posesyon pa li pami tout pèp ki sou fas latè yo.
7 “SENYÈ a pa t plase lanmou Li sou nou ni chwazi nou akoz ke nou te plis an kantite ke tout lòt pèp yo, paske nou te pi piti pase tout pèp yo, 8 men akoz SENYÈ a te renmen nou e te kenbe sèman ke Li te fè a zansèt nou yo, SENYÈ a te mennen nou sòti pa yon men pwisan, e te peye ranson nou soti nan kay esklavaj la, soti nan men Farawon, wa Égypte la.
9 “Konsa, konnen ke SENYÈ a, Bondye nou an, se Li ki Dye a, Bondye ki fidèl la, ki kenbe akò Li ak lanmou dous Li pou jis rive nan mil jenerasyon avèk sila ki renmen Li yo e ki kenbe kòmandman Li yo, 10 men ki rekonpanse sila ki rayi Li yo devan figi yo, pou detwi yo. Li p ap fè reta avèk sila ki rayi Li a. Li va rekonpanse li devan figi li.
11 “Pou sa, nou va kenbe kòmandman yo, lwa avèk jijman ke Mwen ap kòmande nou yo jodi a, pou nou fè.
-
56 “Beni se SENYÈ a ki te bay repo a pèp Li a, Israël, selon tout sa ke Li te pwomèt yo. Pa menm yon mo pa t fè fayit nan tout bonte ke Li te pwomèt nou pa Moïse yo, sèvitè li a.
-
49 Gade byen, Mwen ap voye kote nou pwomès Papa M nan. Men fòk nou rete nan vil la jiskaske nou vin abiye avèk pwisans ki sòti anwo a.”
-
6 “Konsa, koulye a, mwen kanpe devan tribinal la pou lespwa pwomès ki te fèt pa Bondye a zansèt nou yo. 7 Pwomès pou sila douz tribi yo gen esperans wè reyalize, pandan yo rete fidèl nan sèvi Bondye lajounen ak lannwit. Se pou esperans sa a, o Wa, mwen akize pa Jwif yo.
-
1 Konsa, paske nou gen pwomès sa yo byeneme, annou netwaye tèt nou de tout salte lachè ak lespri, e vin konplete lasentete nan lakrent Bondye.
-
8 Paske disiplin pou kò a sèlman, pa gen gran avantaj men vi sentete a gen avantaj nan tout jan, paske li kenbe pwomès pou lavi koulye a, e osi pou lavi k ap vini an.
-
1 Paul yon apot a Kris Jésus pa volonte Bondye, selon pwomès lavi ki nan Kris Jésus,
-
35 Konsa, pa jete konfyans nou an, ki gen yon gran rekonpans. 36 Paske nou oblije andire, pou lè nou fin fè volonte Bondye, nou kab resevwa sa ki te pwomèt a nou an.
-
12 Lè jou ou yo fin pase e ou kouche avèk zansèt ou yo, Mwen va fè vin leve desandan apre ou, ki va vin sòti nan ou menm e Mwen va etabli wayòm li. 13 Li va bati yon kay pou non Mwen e Mwen va etabli twòn wayòm li a jis pou tout tan. 14 Mwen va yon papa a li menm e li va yon fis pou Mwen. Lè li fè inikite, Mwen va korije li avèk baton lòm nan, ak kout fwèt a fis a lòm yo. 15 Men mizerikòd Mwen p ap sòti sou li jan Mwen te retire li sou Saül, ke Mwen te fè vin retire devan ou an. 16 Lakay ou ak wayòm ou va dire devan Mwen pou tout tan. Twòn ou an va etabli pou tout tan.”’”
-
4 Lè ou fè yon ve a Bondye, pa fè reta pou peye l; paske li pa pran plezi nan moun ki plen foli. Peye sa ou te pwomèt la! 5 Li pi bon pou pa fè ve pase fè yon ve pou pa peye l.
-
1 “Pa kite kè nou twouble. Kwè nan Bondye, e kwè anplis nan Mwen.
2 “Nan kay Papa M gen anpil chanm. Si li pa t konsa, Mwen t ap di nou sa. Paske M ap prale pou prepare yon plas pou nou. 3 E si Mwen ale pou prepare yon plas pou nou, M ap vini ankò pou resevwa nou a Mwen menm, ke kote Mwen ye, nou kapab la tou. 4 E nou konnen chemen kote M ap prale a.”
5 Thomas te di Li: “Senyè, nou pa konnen kote W ap prale a. Kijan nou kapab konnen chemen an?”
6 Jésus te di li: “Mwen se chemen, verite ak lavi a. Pèsòn p ap vini nan Papa a, sof ke pa Mwen.
-
32 “Konsa, nou preche a nou menm bòn nouvèl a pwomès ki te fèt a zansèt nou yo, 33 ke Bondye te akonpli pou zanfan pa nou yo, lè l te resisite Jésus a, menm jan ke sa osi ekri nan dezyèm Sòm nan:
‘Ou se Fis Mwen;
jodi a Mwen fè Ou.’
34 “Selon reyalite ke Li te leve soti nan lanmò, pou l pa ankò retounen nan pouriti, Li te pale konsa: ‘Mwen va bannou benediksyon a David ki sen e byen asire yo.’
-
29 Epi si nou apatyen a Kris, nou se desandan a Abraham, eritye selon pwomès la.
-
43 Konsa, SENYÈ a te bay Israël tout peyi ke Li te sèmante pou bay a zansèt pa yo, e yo te posede li pou viv ladann. 44 Epi SENYÈ a te ba yo repo toupatou, selon tout sa ke Li te sèmante a zansèt pa yo e nanpwen youn nan lènmi yo ki te kanpe devan yo. SENYÈ a te mete tout lènmi yo nan men yo. 45 Pa menm youn nan bon pwomès ke SENYÈ a te fè kay Israël la pa t manke akonpli. Yo tout te vin rive.
-
42 Li te sonje pawòl sen Li yo avèk Abraham, sèvitè Li a.
43 Konsa, Li te mennen fè sòti pèp Li a avèk jwa,
sila ke Li te chwazi avèk gwo kri ak kè kontan yo.
-
3 Pa kite dousè ak verite kite ou.
Mare yo antoure kou ou.
Ekri yo sou tablo kè ou.
4 Konsa, ou va twouve favè avèk bon repitasyon
nan men Bondye a, ak moun.
5 Mete konfyans nan SENYÈ a ak tout kè ou;
pa apiye sou pwòp bon konprann pa w.
6 Nan tout chemen ou yo rekonèt Li;
konsa Li va fè pa ou yo vin dwat.
-
10 Pa pè, paske Mwen avèk ou.
Pa gade toupatou ak kè twouble, paske Mwen se Bondye ou.
Mwen va fòtifye ou.
Anverite Mwen va bay ou sekou.
Anverite Mwen va bay ou soutyen ak men ladwati,
men dwat Mwen.
11 Gade byen, tout sila ki fache ak ou yo
va vin wont e dezonore.
Sila k ap pran pòz kont ou yo va vin konsi
se pa anyen e yo va peri.
12 Ou va chache sila k ap fè pwoblèm ak ou yo,
men ou p ap jwenn yo.
Sila ki fè lagè ak ou yo va vin konsi
se pa anyen e yo p ap egziste ankò.
-
2 Lè w ap pase nan gwo dlo yo,
Mwen va la avèk ou;
epi nan rivyè yo,
yo p ap debòde sou ou.
Lè w ap mache nan dife a, ou p ap brile,
ni flanm nan p ap brile ou.
-
16 Alò, pwomès yo te pale a Abraham ak posterite li. Li pa t di, “a posterite ou yo”, kòm referans a anpil moun, men de preferans a yon sèl moun: “E a posterite ou”, sa se Kris.
-
17 Sa ke m vle di a se sa: Lalwa, ki te vini kat-san-trant ane pita a, pa anile akò sa ki te deja etabli pa Bondye, kòmsi pou anile pwomès la. 18 Paske si eritaj la baze sou lalwa, li pa baze sou yon pwomès ankò; men Bondye te bay li a Abraham pa mwayen de yon pwomès.
-
24 Fidèl se Sila ki rele nou an, e Li osi va fè l rive konsa.
-
9 Si nou konfese peche nou yo, Li se fidèl epi jis pou padonnen nou peche nou yo, epi pou netwaye nou de tout mal.
-
8 Se SENYÈ a k ap prale devan ou. Li va avèk ou. Li p ap fè ou desi, ni abandone ou. Pa pè, ni pèdi kouraj.”
-
9 “Èske mwen pa t kòmande ou? Kenbe fèm e pran kouraj! Pa tranble ni enkyete, paske SENYÈ a, Bondye ou a, avèk ou nenpòt kote ou ale.”
-
3 “Mwen, Bondye, te fè yon akò avèk moun apwente mwen an.
Mwen te sèmante pa David, sèvitè mwen an,
4 ‘Mwen va etabli jèm ou nèt
e bati twòn Ou pandan tout jenerasyon yo.’” Tan
-
8 Li te sonje akò Li a jis pou tout tan,
pawòl ke Li te pase lòd bay pandan mil jenerasyon.
9 Akò ke Li te fè avèk Abraham nan,
ak sèman ke Li te fè avèk Isaac la.
10 Li te konfime li a Jacob kon yon règleman,
a Israël kon yon akò ki la pou tout tan.
11 Konsa Li te di: “A ou menm, Mwen va bay peyi
Canaan kon pòsyon eritaj ou,”
-
33 “Ankò, nou konn tande yo te di a lansyen yo: ‘Nou pa pou fè fo sèman, men nou gen pou akonpli tout sa ke nou sèmante a Bondye’. 34 Men Mwen di nou: Pa sèmante menm, ni pa syèl la, paske se twòn Bondye li ye; 35 ni pa tè a, paske se kote Li mete pye Li, ni pa Jérusalem, paske se Gran Vil a Gran Wa a. 36 Ni nou pa pou sèmante sou tèt nou paske nou pa kapab fè menm yon grenn cheve vin blan, ni nwa. 37 Men kite pawòl nou sèlman ‘wi’ pou ‘wi’ e ‘non’ pou ‘non’. Nenpòt bagay ki depase sa yo soti nan mèt mechanste a.
-
37 Paske anyen pa enposib avèk Bondye.”
-
13 “Konsa, nenpòt bagay ke nou mande nan non Mwen, M ap fè li pou Papa a kapab resevwa glwa nan Fis la. 14 Si nou mande M nenpòt bagay nan non Mwen, M ap fè l.
15 “Si nou renmen M, nou va kenbe kòmandman Mwen yo.
16 “Konsa, M ap mande Papa a, e Li va bay nou yon lòt konseye, pou Li kapab avèk nou jis pou janmen. 17 Sa se Lespri verite a, ke lemonn nan pa kapab resevwa, paske li pa wè Li, ni konnen Li. Men nou konnen Li, paske Li rete avèk nou, epi Li va nan nou.
18 “Mwen p ap kite nou kon òfelen. M ap vin kote nou.
-
19 Alò, poukisa Lalwa a? Li te ajoute akoz de transgresyon yo, ki te òdone atravè zanj yo pa ajans a yon medyatè, jiskaske semans lan ta kapab rive a Sila pwomès la te fèt la.
-
8 Pa lafwa Abraham, lè l te rele, li te obeyi lè l te sòti pou ale yon kote ke li te dwe resevwa pou eritaj. Li te soti malgre li pa t menm konnen ki kote li t ap prale. 9 Pa lafwa, li te viv kòm yon etranje nan peyi pwomès la, tankou se nan yon peyi etranje, e li te abite nan tant avèk Isaac ak Jacob, eritye ansanm a menm pwomès la.
-
39 Malgre, tout moun sila yo, ki te vin apwouve selon lafwa yo pa t resevwa sa ki te pwomèt la. 40 Paske Bondye te ranje yon pi bon pwovizyon pou nou menm pouke apa de nou menm, yo pa ta kapab vin pafè.
-
7 SENYÈ a te parèt a Abram. Li te di: “A desandan ou yo, Mwen va bay peyi sila a.”
Alò, li te bati yon lotèl nan plas kote SENYÈ a te parèt a li a.
-
15 Alò, zanj SENYÈ a te rele Abraham yon dezyèm fwa soti nan syèl la, 16 e te di: “Pou kont Mwen menm, Mwen te sèmante, deklare SENYÈ a, akoz ou te fè bagay sa a, e ou pa t refize fis ou a, sèl fis inik ou an, 17 anverite Mwen va beni ou anpil. Mwen va miltipliye posterite ou tankou zetwal syèl yo, ak tankou grenn sab lanmè ki arebò lanmè yo, epi posterite ou va posede pòtay lènmi pa yo. 18 Nan posterite ou, tout nasyon sou latè yo va beni, akoz ke ou te obeyi vwa Mwen.”
-
7 “Mande, e nou va resevwa. Chache, e nou va twouve. Frape nan pòt la, e l ap louvri. 8 Paske tout moun ki mande ap resevwa. E sila ki chèche yo va twouve. E a sila ki frape yo, pòt la va louvri. 9 O ki moun pami nou lè Pitit li mande yon mòso pen, l ap bay li yon wòch? 10 O si li mande yon pwason, èske l ap bay li yon koulèv? 11 Si nou menm ki mechan, konnen kijan pou bay bon kado a pitit nou yo, konbyen anplis, Papa nou ki nan syèl la ap bay sa ki bon a sila ki mande Li yo.
-
25 Jésus te reponn Li: “Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki kwè nan Mwen va viv, menm si li mouri. 26 E tout moun ki viv e kwè nan Mwen, p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”
-
8 Men kisa sa di? “Pawòl la toupre ou nan bouch ou, ak nan kè ou.” Sa vle di pawòl lafwa ke n ap preche a, 9 ke si ou konfese avèk bouch ou Jésus kòm Senyè, e kwè nan kè ou ke Bondye te resisite L, soti nan lanmò, ou va sove. 10 Paske avèk kè yon moun kwè ki fè l rive nan ladwati a, e avèk bouch li konfese ki fè l va sove. 11 Paske Ekriti Sen an di: “Nenpòt moun ki kwè nan Li p ap desi.”
12 Paske pa gen distenksyon antre Jwif ak Grèk; paske menm Senyè a se Senyè a tout moun, e Li plen richès pou tout sila ki rele Li yo. 13 Konsa, “Nenpòt moun ki rele Non Senyè a ap sove.”
-
4 Mwen te anplis etabli akò Mwen avèk yo, pou bay yo peyi Canaran an, peyi kote yo te rete kon etranje. 5 Anplis de sa, Mwen tande kri fis Israël yo, akoz Ejipsyen yo k ap kenbe yo nan esklavaj, e Mwen sonje akò Mwen an.”
6 “Pou sa, di a fis Israël yo: ‘Mwen menm se SENYÈ a. Mwen va mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo, e Mwen va delivre nou anba esklavaj pa yo a. Mwen va anplis delivre nou avèk yon bra byen lonje, e avèk gwo jijman.
7 “‘Alò, Mwen va pran nou kòm pèp pa m, e Mwen va Bondye pa nou; epi nou va konnen ke Mwen menm se SENYÈ a, Bondye pa nou an, ki te mennen nou sòti anba fado Ejipsyen yo. 8 Mwen va mennen nou nan peyi ke M te sèmante pou bay a Abraham, Isaac, ak Jacob la, e Mwen va bannou li kòm posesyon. Mwen menm se SENYÈ a.’”
-
1 Alò, Moïse te pale a chèf a tribi fis Israël yo. Li te di: “Sa se pawòl ke SENYÈ a te kòmande a. 2 Si yon nonm fè yon ve a SENYÈ a, oswa fè yon sèman ki mare li ak yon angajman, li pa pou vyole pawòl li. Li va fè li an akò avèk tout sa ki sòti nan bouch li.
-
25 Se yon pèlen pou yon nonm ta di avèk enpridans:
“Sa sen!” e aprè ve yo fèt, pou fè ankèt.
-
31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
-
17 Men pandan tan a pwomès ke Bondye te pwomèt a Abraham nan t ap pwoche pèp la te vin ogmante e te miltipliye an Égypte,
-
31 Konsa, kisa nou kapab di de bagay sa yo? Si Bondye pou nou, kilès ki kab kont nou? 32 Li menm ki pa t epagne pwòp Fis Li, men te livre Li pou nou tout, kijan Li ta refize bay nou tout bagay tou? 33 Kilès k ap pote yon akizasyon kont sila ke Bondye chwazi yo? Se Bondye menm ki fè moun jis. 34 Kilès ki kab kondane? Se Jésus Kri ki te mouri pou nou an, wi, pito di ki te leve a, ki rete sou men dwat Bondye, e ki ap entèsede pou nou tou.
35 Kilès k ap separe nou de lanmou Kris la? Èske se tribilasyon, soufrans pèsekisyon, grangou, toutouni, gwo danje, oubyen nepe?
-
15 Frè m yo mwen pale nan tèm relasyon moun ak moun; menm si se sèlman yon akò moun, depi li fin etabli, nanpwen moun k ap mete l sou kote oubyen ajoute kondisyon ladann.
-
12 Paske pawòl Bondye a vivan, aktif, li pi file pase yon nepe ki koupe de bò. Li penetre rive jis lè l divize nanm nan ak lespri a, menm jwenn zo ak mwèl, e li kapab jije panse ak lentansyon a kè yo. 13 Nanpwen kreyati ki kache devan zye Li, men tout bagay ouvri nèt e parèt toutouni devan zye a Sila ke nou oblije rannkont.
-
5 “Sila ki vin venkè a va abiye konsa, an vètman blan. Mwen p ap janm efase non li nan liv lavi a, e Mwen va konfese non li devan Papa M ak devan zanj Li yo.
Shows Read in context, Share and Copy.