39 Bible Verses About Debt
Bib Sen An (BSA)
-
7 Bay yo tout sa ke nou dwe yo; taks a sila nou dwe taks yo, enpo a sila nou dwe enpo yo, lakrent a sila ke nou dwe krent yo, onè a sila ke nou dwe onè yo.
-
25 Si ou prete lajan a pèp Mwen an, a malere yo pami nou yo, ou pa pou aji kòm kreditè anvè li. Ou pa pou mande frè enterè. 26 Si ou janmen pran manto vwazen ou kòm garanti, fòk ou remèt li li avan solèy la kouche, 27 paske se sa sèl ki kouvri li. Se manto pou kò li. Kisa ankò li kab sèvi pou l dòmi? Epi li va rive ke lè li kriye fò, Mwen va tande li, paske Mwen ranpli avèk mizerikòd.
-
7 Rich yo domine sou pòv yo,
e moun ki prete vin esklav a sila k ap bay prè a.
-
1 “Nan fen chak sèt ane, nou va bay yon remisyon pou dèt yo. 2 Se konsa remisyon an va ye: tout moun ki prete yon moun yo va bliye sa ke li te prete vwazen li an. Li pa pou egzije li a vwazen li ni frè li, akoz remisyon an te pwoklame.
-
19 Nou pa pou mande enterè lajan a sitwayen parèy nou yo: enterè sou lajan, manje, oswa nenpòt bagay ki kapab prete ak enterè. 20 Nou kapab tire enterè sou yon etranje; men pou sitwayen parèy nou, nou pa pou mande enterè, jis pou SENYÈ, Bondye nou an, kapab beni nou nan tout sa ke nou eseye fè nan peyi ke nou prèt pou antre posede a.
-
7 “Si gen yon malere pami nou, youn nan frè nou yo, nan nenpòt vil nou yo nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, nou pa pou fè kè nou di, ni sere men nou kont frè malere a. 8 Men nou va louvri men nou byen laj vè li, e nou va prete a li avèk jenewozite sa ki sifi pou li nan nenpòt sa li manke.
9 “Fè atansyon pou nou pa vin gen yon lide mechan nan kè nou ki di: ‘Setyèm ane a, lane pou remisyon an prè;’ epi zye nou vin move kont frè nou ki malere a, pou nou pa ba li anyen. Alò, konsa li kab kriye a SENYÈ a kont nou, epi sa va peche nan nou. 10 Nou va ba li avèk jenewozite, san fè kè tris lè nou ba li. Paske pou bagay sa a, SENYÈ a, Bondye nou an, va beni nou nan tout travay nou ak tout sa ke nou antreprann.
-
35 “Alò, nan ka ke yon moun peyi nou an vin pòv e zafè li vin gate, alò, nou gen pou bay li soutyen. Li va viv tankou etranje, oswa yon moun k ap demere, pou li kapab toujou rete pami nou. 36 Pa pran enterè ni avantaj sou li, men onore Bondye ou a pou li kapab viv avèk ou. 37 Ou pa pou bay li lajan ou avèk enterè, ni manje ou pou fè pwofi. 38 Mwen se SENYÈ a, Bondye nou an ki te fè nou sòti nan peyi Égypte la pou bannou peyi Canaan an pou M kapab Bondye nou.
39 “Si yon moun peyi parèy nou vin tèlman pòv pami nou menm, e li vin vann tèt li bannou, nou pa pou desann li nan sèvis esklavaj. 40 Li va rete avèk nou kòm yon jounalye, menm kòm yon demere. Li va sèvi avèk nou jis rive nan ane jibile a. 41 Konsa li va sòti de nou menm, li menm avèk fis li yo avè l, e li va retounen vè fanmi li, pou li kapab retounen nan tèren zansèt li yo.
-
21 Mechan an prete, men li pa remèt,
men moun dwat la ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.
22 Paske sila ke Bondye beni yo, va eritye peyi a,
men sila ke Li modi yo, va vin koupe retire nèt.
-
26 Pa konte pami sila ki sèvi kon garanti yo,
pami sila ki fè sekirite pou dèt yo.
27 Si ou pa gen mwayen pou ou kab peye,
poukisa ou ta kite l rale kabann nan sòti anba ou?
-
9 Pou tout sa, priye konsa:
“‘Papa nou ki nan syèl la,
ke non Ou kapab Sen.
10 Ke Wayòm Ou kapab vini,
ke volonte Ou kapab fèt sou latè
menm jan ke li fèt nan syèl la.
11 Bay nou pou jou sa a pen
ke nou bezwen an,
12 Epi padone nou ofans nou yo
menm jan ke nou padone sila ki fè nou tò yo.
13 Epi pa mennen nou nan tantasyon, men delivre nou de mal.
Paske wayòm nan, pouvwa a, avèk glwa a
se pou Ou menm pou tout letènite. Amèn.’
14 “Paske si nou padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou ki nan syèl la va padone nou menm. 15 Men si nou pa padone moun yo pou ofans pa yo, Papa nou p ap padone ofans pa nou yo.
-
31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
-
41 Yon sèten moun ki prete lajan te gen de zòm ki te dwe l: youn te dwe l senk-sandenye, epi lòt la, senkant. 42 Lè yo pa t kapab repeye, avèk gras, li te padone yo toulède. Pou sa, kilès nan yo k ap renmen li plis?”
43 Simon te reponn e te di: “Mwen sipoze ke se sila ke li te padone plis la.”
“ Li te di li: “Ou jije byen”.
-
11 Konsa, nan Li menm nou te sikonsi avèk yon sikonsizyon ki fèt san men, ki retire kò lachè a pa sikonsizyon a Kris la. 12 Nou te antere avèk Li nan batèm nan. Nan li menm, nou te anplis resisite avèk Li pa lafwa kon yon zèv Bondye, ki te leve Li sòti nan lanmò a. 13 Lè nou te mouri nan transgresyon nou yo ak nan ensikonsizyon lachè nou an, Li te fè nou vivan ansanm avèk Li, lè l te padone tout transgresyon nou yo. 14 Konsa Li te anile sètifika dèt nou ki te fòme pa dekrè kont nou yo, ki te parèt kòm lènmi nou. Konsa, Li te mete l sou kote, lè L te kloue li sou kwa a. 15 Lè Li te fin dezame gouvènè ak otorite yo, Li te fè yo vin afiche piblikman e te triyonfe sou yo pa Li menm.
-
23 “Pou rezon sa a, wayòm syèl la kapab konpare avèk yon sèten wa ki te vle regle kont lajan yo avèk esklav li yo. 24 Lè li kòmanse regle yo, yo mennen bay li yon nonm ki te dwe li di-mil talan (yon fòtin imans.) 25 Men akoz ke li pa t gen mwayen pou peye, mèt li te kòmande ke yo ta vann mesye a, ni madanm li ak Pitit li yo ak tout sa li te posede, pou ranbousman an ta kapab fèt.
26 “Konsa, esklav la vin tonbe atè pwostène devan li, e te di: ‘Gen pasyans avè m e m ap peye ou tout.’ 27 Konsa, mèt esklav sila a te santi konpasyon pou li, te lage li e te padone dèt la.
28 “Men esklav la te ale twouve yon lòt esklav parèy li, ki te dwe l san denye (yon ti kòb). Li te sezi li, e te kòmanse trangle l e te di: ‘Peye sa ou dwe a’.
29 “Esklav parèy li a te tonbe pwostène e te sipliye l: ‘Pran pasyans avè m, e m ap peye ou.’ 30 Men li pa t vle fè sa. Li te voye jete l nan prizon jis lè li ta kapab repeye tout sa li te dwe a.
31 “Lè lòt esklav yo te wè sa ki te rive a, yo te byen twouble. Yo te vin bay yon rapò a mèt pa yo a sou tout sa ki te rive yo.
32 “Konsa, mèt li a te voye yon manda pou fè l vini. Li te di l: Ala esklav mechan ou ye! Mwen te padone ou tout dèt sa a, paske ou te sipliye m. 33 Konsa, èske ou pa t dwe gen konpasyon pou esklav parèy ou a menm jan ke mwen te gen konpasyon pou ou a? 34 Epi mèt li a, byen fache, te livre bay moun nan pou l tòtire jis lè li ta repeye tout sa li te dwe l la.
35 “Konsa Papa M nan syèl la va fè a nou menm osi si nou pa padone frè nou yo jis nan kè nou.”
-
1 Fis mwen an, si ou devni garanti dèt pou vwazen ou,
ou te fè pwomès pou yon lòt ki pa pa w.
2 Ou te tonbe nan pèlen akoz pawòl a bouch ou,
ou te kenbe menm, akoz pawòl bouch ou yo.
3 Alò fè sa, fis mwen an, pou delivre tèt ou.
Akoz ou te vin antre nan men a vwazen ou an,
ale desann pou jennen vwazen ou an.
4 Pa kite dòmi tonbe nan zye ou,
ni somèy rive sou pòpyè zye ou.
5 Chape tèt ou kon yon antilòp nan men a chasè,
oswa zwazo a nan pèlen moun lachas la.
6 Ale kote foumi, o parese.
Veye abitid li yo e vin saj!
7 Li menm, san pa gen chèf, ni ofisye, ni mèt,
8 konn prepare manje li nan gran sezon an
e ranmase pwovizyon li nan rekòlt la.
-
24 “Nanpwen moun ki kab sèvi de mèt; swa l ap rayi youn pou renmen lòt la, oswa l ap renmen youn pou meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye ak richès.
-
30 “Bay a tout sila ki mande nou yo, e sila ki pran sa ki pou nou, pa mande l remèt li.
31 “Menm jan ke nou vle mounaji avèk nou, fè l menm jan an nan menm fason an.
32 “Si nou renmen sila ki renmen nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske menm pechè yo renmen sila ki renmen yo. 33 Si nou fè byen a sila ki fè byen a nou yo, ki merit sa pote pou nou? Paske pechè yo fè menm bagay la. 34 Si nou prete a sila ke nou sipoze kapab repeye nou, ki merit sa pote pou nou? Menm pechè yo prete a pechè yo pou yo kapab resevwa anretou.
35 “Men renmen lènmi nou yo, fè byen, e prete, san sipoze ke yo va remèt; epi rekonpans nou va gran, e nou va vinfis a Trè Wo a; paske Li menm, Li plen charite pou lèzòm engra e malveyan.
36 “Fè mizerikòd menm jan ke Papa nou fè mizerikòd.
-
15 Sila ki se garanti pou yon moun li pa konnen,
va vrèman soufri pou sa a;
men sila ki rayi vin yon garanti va asire.
-
39 men Mwen di nou: Pa reziste a sila ki mechan an, men si nenpòt moun frape nou bò figi dwat nou, vire bay li lòt la tou. 40 Si nenpòt moun vle fè pwosè kont nou pou l pran chemiz nou, bay li palto a tou. 41 Nenpòt moun ki fòse nou pou mache yon kilomèt avèk li, fè de kilomèt. 42 Bay a sila ki mande nou an, e pa vire do bay sila ki vle prete nan men nou an.
-
10 “Lè nou fè nenpòt kalite prè a vwazen nou, nou pa pou antre lakay li pou pran garanti. 11 Nou va rete deyò, e nonm k ap resevwa prè a va pote garanti a deyò bannou. 12 Si se yon malere, ou pa pou dòmi avèk garanti li. 13 Lè solèy la fin kouche, nou va, anverite, remèt garanti a li, pou li kapab dòmi nan manto li e beni nou. Sa va sèvi kòm ladwati pou nou devan SENYÈ a, Bondye nou an.
-
4 Lè ou fè yon ve a Bondye, pa fè reta pou peye l; paske li pa pran plezi nan moun ki plen foli. Peye sa ou te pwomèt la! 5 Li pi bon pou pa fè ve pase fè yon ve pou pa peye l.
-
28 “Paske kilès nan nou lè li vle bati yon tou fòterès, pa chita avan pou kalkile frè yo pou wè si li gen kont mwayen pou fin fè l? 29 Otreman, lè l fin fè fondasyon an, e li p ap kab fin fè l, tout sila k ap obsève l yo ap vin pase l nan betiz. 30 Yo va di: ‘Mesye sa a te kòmanse bati, e li pa kapab fini.’
-
10 “Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.
11 “Donk, si nou pa fidèl nan sèvisrichès enjis yo, kilès ki va konfye nou vre richès yo. 12 Epi si nou pa fidèl nan sèvis ak sa ki pou yon lòt, kilès ki va bannou sa ki pou nou?
-
8 Sila ki agrandi richès li avèk enterè sou lajan,
ranmase li pou sila k ap fè gras a malere a.
-
14 Mwen gen obligasyon ni pou Grèk ni pou moun ki baba; ni pou sila ki saj ni pou sila ki ensanse yo.
-
27 Pou sa, ou te dwe mete kòb mwen an labank pou lè m rive mwen ta kapab resevwa l avèk enterè.
-
7 Alò, li te vin pale nonm Bondye a. Li te di l: “Ale vann lwil la pou peye dèt ou. Epi ou menm avèk fis ou yo kab viv sou sa ki rete a.”
-
1 Alò, Wa Salomon te wa sou tout Israël.
-
18 Yon nonm ki manke konprann sèvi garanti,
e devni responsab nan prezans a vwazen li.
-
19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.
-
5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,”
-
26 Tout lajounen, moun dwat la
plen ak gras pou prete moun.
Desandan li yo se yon benediksyon.
-
9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;
ak premye pati nan tout prodwi ou,
10 pou depo ou yo kab vin plen ak abondans,
e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
-
1 Konsa pale SENYÈ a: “Kote sètifika divòs ak sila
Mwen te voye manman ou ale a?
Oswa èske Mwen te vann ou bay yo?
Gade byen, ou te vann akoz inikite ou yo,
e manman ou te voye ale akoz transgresyon ou yo.
-
17 Pou sa, di nou kisa Ou panse? Èske li pèmèt pou peye taks a César? Wi oubyen non?”
18 Men Jésus te konprann mechanste yo. Li te reponn: “Poukisa nou ap tante M konsa? Ipokrit nou ye! 19 Montre M kòb ke nou sèvi pou peye taks la.”
Yo te pote bay Li yon denye.
20 Li te mande yo: “Limaj avèk lenskripsyon a ki moun nou wè la a?”
21 Yo reponn Li: “Se pou César”.
Li te di yo: “Ebyen, bay a César sa ki pou César, e bay Bondye sa ki pou Bondye.”
-
38 “Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”
-
13 Pak Jwif la te rive e Jésus te monte nan Jérusalem.
14 Li te jwenn nan tanp lan, sa yo ki t ap vann bèf, mouton, ak toutrèl, avèk sa ki te chita pou fè echanj lajan yo. 15 Konsa, Li te fè yon fwèt avèk kòd, pou te chase yo tout fè yo sòti nan tanp lan, ansanm ak mouton ak bèf yo. Li te vide kòb a sa ki t ap chanje lajan yo, epi te chavire tab yo. 16 A sa yo ki t ap vann toutrèl yo Li te di: “Pran bagay sa yo ale. Sispann fè lakay Papa M yon kay mache lavant.”
17 Disip Li yo te sonje ke li te ekri “Zèl pou lakay Ou va devore M.”
-
2 Konsa, nenpòt moun ki reziste a otorite, opoze a òdonans Bondye a. E sila ki opoze yo va resevwa kondanasyon sou pwòp tèt yo.
-
8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.
Shows Read in context, Share and Copy.