54 Bible Verses About Finances
Bib Sen An (BSA)
-
10 “Sila a ki fidèl nan yon ti bagay piti, ap fidèl osi nan bagay ki gran. E sila ki enjis nan ti bagay piti, ap enjis osi nan bagay ki gran.
11 “Donk, si nou pa fidèl nan sèvisrichès enjis yo, kilès ki va konfye nou vre richès yo. 12 Epi si nou pa fidèl nan sèvis ak sa ki pou yon lòt, kilès ki va bannou sa ki pou nou?
13 “Okenn sèvitè pa kapab sèvi de mèt; paske swa l ap rayi youn, e renmen lòt la, oswa l ap kenbe a youn e meprize lòt la. Nou pa kapab sèvi Bondye, ak richès yo.”
-
6 Men vi sentete a vrèman gen anpil pwofi lè l akonpanye ak kontantman. 7 Paske nou pa t pote anyen nan mond lan, donk nou p ap kab retire anyen ladann pou soti nonplis.
8 Si nou genyen manje avèk rad, avèk sa yo, nou dwe kontan.
9 Men sila ki vle vin rich yo, tonbe nan tantasyon, yon pèlen plen foli ak move dezi ki konn plonje moun nan destriksyon ak pèdisyon. 10 Paske lanmou lajan se yon rasin a tout kalite mechanste, e kèk moun, akoz gwo lanvi pou li, gen tan vin egare soti nan lafwa e pèse pwòp tèt yo ak anpil gwo doulè.
11 Men kouri kite bagay sa yo, ou menm, moun Bondye a, e kouri dèyè ladwati, vi sentete, lafwa, lanmou, pèseverans, ak tandrès.
-
6 Sonje, sila a ki simen tikal va rekòlte tikal. Men sila a ki simen an abondans va rekòlte an abondans. 7 Chak moun dwe fè jis jan ke li te rezone nan kè l, pa avèk regrè oubyen anba presyon, paske Bondye renmen yon moun ki bay avèk jwa. 8 Epi Bondye kapab fè tout gras vin an kantite a nou menm, pou nou toujou gen kont nou nan tout bagay, pou nou kapab gen osi yon abondans nan tout bon zèv. 9 Jan sa ekri a:
“Li te gaye toupatou.
Li te bay a malere yo.
Ladwati Li ap rete jis pou tout tan.”
10 Koulye a Li menm ki founi semans pou sila k ap simen an avèk pen pou l manje, va founi e miltipliye semans nou an pou simen e ogmante rekòlt ladwati nou an. 11 Pou konsa, nou ka anrichi nan tout bagay ak tout jenewozite, ki atravè nou, ap pwodwi remèsiman a Bondye.
-
19 Epi Bondye mwen an va founi tout bezwen nou yo selon richès Li nan glwa nan Kris Jésus a.
-
19 “Pa ranmase trezò nou isit la nan mond sa a kote ensèk avèk lawouj ap detwi yo, e kote vòlè kapab kase antre pou vòlè. 20 Men pito nou ranmase pou nou trezò ki nan syèl la kote ensèk avèk lawouj p ap detwi yo, e kote vòlè p ap kase ni vòlè. 21 Paske kote trezò nou ye se la kè nou va ye tou.
-
17 Enstwi sila ki rich nan mond sa yo pou pa vin ògeye ni plase espwa yo nan richès ki pa sèten, men nan Bondye ki founi nou an abondans tout bagay nou bezwen pou fè nou kontan. 18 Enstwi yo pou fè sa ki bon, pou vin rich nan bon zèv, pou renmen bay, e toujou prèt pou pataje. 19 Konsa, y ap toujou ranmase nan pwòp depo yo trezò a yon bon fondasyon pou lavni, pou yo kapab kenbe fèm a sa ki se vrèman lavi a.
-
5 Fè si ke karaktè nou lib de lanmou lajan, e nou rete kontan avèk sa ke nou genyen, paske Li menm te di: “Mwen p ap janm kite nou, ni abandone nou,”
-
7 Rich yo domine sou pòv yo,
e moun ki prete vin esklav a sila k ap bay prè a.
-
10 Men mwen te rejwi mwen nan Senyè a anpil, ke koulye a, finalman nou retwouve santiman nou pou mwen. Anverite, nou te konsène pou mwen menm avan, men nou te manke okazyon. 11 Se pa ke m pale akoz ke m gen nesesite, paske mwen vin aprann jan pou m kontan nan nenpòt sikonstans ke mwen ye a. 12 Mwen konnen jan pou m vin imilye, e mwen konnen osi jan pou m viv nan abondans. Nan tout kalite sikonstans, mwen te aprann sekrè a vant plen ak grangou, abondans ak soufri bezwen. 13 Mwen kapab fè tout bagay atravè Sila ki ban m fòs la.
-
10 Sila ki renmen lajan an p ap satisfè ak lajan; ni sila ki renmen richès la ak sa li reyisi. Sa anplis se vanite.
-
8 “Èske yon nonm va vòlè Bondye? Men nou ap vòlè M! Men nou di: ‘Nan kisa nou te vòlè Ou a?’ Nan dim ak ofrann yo. 9 Nou vin modi avèk malediksyon an;. Paske nou ap vòlè Mwen; tout nasyon an nèt! 10 Mennen fè antre tout dim yo nan depo kay la, pou ka gen manje nan kay Mwen an, e pase Mwen a leprèv nan sa”, pale SENYÈ a: “Pou nou wè si Mwen p ap louvri pou nou tout fenèt syèl yo, e vide sou nou yon benediksyon jiskaske nou pa gen ase kote ankò pou nou resevwa li.
-
30 “Men si se konsa ke Bondye abiye zèb chan an, ki la jodi a, e demen ap jete nan dife, konbyen anplis L ap fè pou nou, o nou menm, moun ki manke lafwa!
31 “Konsa, pa enkyete nou, pou di: ‘Kisa n ap manje?’ ni ‘Kisa n ap bwè?’ ni ‘Avèk kisa n ap abiye?’ 32 Paske se tout bagay sa yo ke tout payen yo cho pou chèche, men Papa nou ki nan syèl la konnen ke nou bezwen tout bagay sa yo. 33 Chèche premyèman wayòm Li avèk ladwati Li, epi tout bagay sa yo ap vini anplis.
34 “Pou sa, pa enkyete nou pou demen, paske demen ap okipe tèt li. Chak jou gen kont pwoblèm li pou regle pou kont li.”
-
8 Pa dwe anyen a pèsòn, eksepte renmen youn lòt; paske sila ki renmen vwazen li, akonpli lalwa a.
-
2 Nan premye jou nan semèn nan, ke nou chak mete sou kote e sere, selon jan li te byen reyisi, pou okenn ofrann pa fèt lè m vini.
-
17 Otreman, nou ta di nan kè nou: “Se fòs nou avèk kouraj nou ki te bannou tout richès sa a.” 18 Men nou va sonje SENYÈ a, Bondye nou an, paske se Li ki ap bannou pouvwa pou fè richès, pou Li kapab konfime akò ke Li te sèmante a zansèt nou yo, jan sa ye jodi a.
-
9 Onore SENYÈ a ak sa ki soti nan bonte ou yo;
ak premye pati nan tout prodwi ou,
10 pou depo ou yo kab vin plen ak abondans,
e pou sitèn ou yo plen ak diven tounèf.
-
5 Plan a dilijan an mennen byen si, vè avantaj;
men tout moun ki aji san reflechi va, san dout, vin pòv.
-
20 Gen bèl trezò ak lwil nan abitasyon a moun saj la;
men, moun san konprann nan vale tout.
-
38 “Bay, e li va remèt a nou; bon mezi, byen peze, souke ansanm, menm debòde, yo va vide sou nou. Paske avèk mezi ou mezire a, li va mezire bay ou anretou.”
-
15 Answit Li te di yo: “Fè atansyon, e veye kont tout kalite lanvi; paske menm lè yon moun gen anpil richès, lavi li se pa sa li posede.”
-
28 “Paske kilès nan nou lè li vle bati yon tou fòterès, pa chita avan pou kalkile frè yo pou wè si li gen kont mwayen pou fin fè l? 29 Otreman, lè l fin fè fondasyon an, e li p ap kab fin fè l, tout sila k ap obsève l yo ap vin pase l nan betiz. 30 Yo va di: ‘Mesye sa a te kòmanse bati, e li pa kapab fini.’
-
4 Pa fatige kò ou pou jwenn richès;
sispann reflechi sou sa.
-
23 Konnen byen kondisyon a bann mouton ou yo,
e okipe twoupo ou yo;
24 paske richès pa la pou tout tan,
ni yon kouwòn pa rete pandan tout jenerasyon.
-
20 “Yon lòt te vini e te di: ‘Mèt, men min ou an ke m te konsève nan yon mouchwa; 21 paske mwen te pè ou, akoz ke ou menm se yon moun trè egzijan. Ou ranmase sa ke ou pa t depoze, e rekòlte sa ke ou pa t simen.’
22 “Li te di li: “Esklav mechan, pa pwòp pawòl ou, mwen va jije ou. Èske ou pa t konnen ke m se yon moun egzijan, ke m ranmase sa ke m pa t depoze, e rekòlte sa ke m pa t simen? 23 ‘Alò, poukisa ou pa t mete kòb la labank, e lè m te vini, mwen ta twouve li avèk enterè?’
24 “Answit li te di a sila ki te kanpe la yo, ‘Tou pran min li an, e bay li a sila ki gen dis la.’
25 “Men yo te di li: ‘Mèt, li gen dis deja.’
26 “Mwen di nou ke a tout moun ki gen, plis y ap resevwa, men a sila a ki pa genyen an, menm sa ke li genyen an va pran nan men l.
-
8 Men si yon moun pa bay soutyen a sila ki pou li yo, e sitou a sila ki lakay li yo, li gen tan kite lafwa e vin pi mal ke yon enkwayan.
-
1 Vini koulye a nou menm ki rich, kriye e rele fò akoz mizè k ap vini sou nou yo. 2 Richès nou yo gen tan pouri e rad nou yo gen tan manje pa mit. 3 Lò ak lajan nou yo gen tan pran lawouj, e lawouj yo va yon temwen kont nou, e va manje chè nou tankou dife. Se pandan dènye jou yo ke nou te mete trezò nou nan depo a!
-
26 Pa konte pami sila ki sèvi kon garanti yo,
pami sila ki fè sekirite pou dèt yo.
27 Si ou pa gen mwayen pou ou kab peye,
poukisa ou ta kite l rale kabann nan sòti anba ou?
-
24 Lè yo te ale Capernaüm, sila ki te fè koleksyon taks drachma yo te vin Kote Pierre, Li te mande l: “Èske mèt ou a pa peye taks drachma?”
25 Li te reponn: “Wi”.
Lè Pierre te antre nan kay la, Jésus, akoz Li te konnen sa li t ap mande, te di: “Kisa ou panse, Simon? Nan men ki moun wa sou latè yo ranmase tarif ak enpo? Èske se nan men fis pa yo, oubyen èske se nan men moun yo pa rekonèt?”
26 Lè li reponn: “Moun yo pa rekonèt”, Jésus te di l: “Konsa, fis yo egzante. 27 Sepandan, pou nou pa ofanse yo, ale bò kote lanmè a; voye yon filè ladann e rale premye pwason ki vini an. Lè nou ouvri bouch li nou va wè yon statère (yon kòb Women). Pran li pote bay yo pou ou ak Mwen.”
-
12 Jésus te antre nan tanp lan e te chase mete tout moun deyò ki t ap achte e vann nan tanp lan. Li te chavire tab a moun ki t ap chanje lajan yo, avèk chèz a moun ki t ap vann toutrèl yo. 13 Li te di yo: “Li ekri: ‘Lakay Mwen an va rele yon kay pou lapriyè,’ men nou menm, nou fè li yon twou kachèt pou vòlè!”
-
22 Benediksyon SENYÈ a fè moun rich;
konsa li pa mele ak chagren.
-
11 Richès ki sòti nan manti koule ale;
men sila ki rasanble ak men li, fè l grandi.
-
23 Nan tout travay gen pwofi;
men pale anpil mennen nan povrete.
-
32 Tout moun nan gran foul la ki te kwè yo te vin yon sèl nan kè ak nanm. Pa t gen youn nan yo ki te gen byen ki te reklame pou pwòp tèt yo, men tout bagay te pou tout moun. 33 Avèk gran pouvwa, apòt yo t ap bay temwayaj a rezirèksyon Jésus Kris la, e lagras an abondans te vini sou yo tout. 34 Paske pa t gen yon moun pami yo ki te nan bezwen, pwiske sila ki te mèt tè yo oubyen kay yo te vann yo e pote benefis a vant lan bay, 35 pou mete yo nan pye apòt yo. Konsa, yo te distribiye a chak en ki te gen nenpòt bezwen.
-
35 Nan tout bagay, mwen te montre nou ke nan travay di konsa, nou dwe toujou ede fèb yo, e sonje pawòl a Senyè Jésus yo, ke Li menm te di: ‘Li pi beni pou bay, pase resevwa.’ ”
-
7 “Si gen yon malere pami nou, youn nan frè nou yo, nan nenpòt vil nou yo nan peyi ke SENYÈ a, Bondye nou an, ap bannou an, nou pa pou fè kè nou di, ni sere men nou kont frè malere a. 8 Men nou va louvri men nou byen laj vè li, e nou va prete a li avèk jenewozite sa ki sifi pou li nan nenpòt sa li manke.
-
21 Mechan an prete, men li pa remèt,
men moun dwat la ranpli ak gras pou l ka bay an abondans.
-
4 Malere se sila ki travay ak men lach;
men lamen moun dilijan an, anrichi.
-
22 Yon bon moun va lese eritaj pou pitit pitit li;
men richès a pechè yo konsève pou moun dwat yo.
-
19 Sila ki laboure tè a va gen anpil manje;
men sila ki swiv vanite va jwenn anpil mizè.
-
21 Jésus te di l: “Si ou vle pafè, ale vann tout sa ou posede, bay malere yo, e w ap gen richès nan syèl la; epi vin swiv Mwen.”
22 Men lè jennonm nan te tande pawòl sa a, li te sòti dezole, paske li te gen anpil byen.
23 Jésus te di a disip Li yo: “Anverite Mwen di nou: Li difisil pou yon nonm rich antre nan wayòm syèl la.
-
41 Li te chita anfas trezò tanp lan, e te kòmanse gade jan foul la t ap mete kòb yo nan trezò a. Anpil moun rich t ap mete gwo lajan ladann. 42 Epi yon vèv malere te vin mete ladann de ti kòb an kwiv ki te gen valè a yon santim.
43 Li te rele disip Li yo a Li menm e Li te di yo: “Anverite Mwen di nou, vèv malere sila a te mete plis pase tout lòt ki bay nan trezò a. 44 Paske yo tout te mete selon fòs sa yo te genyen, men malgre li te malere, li te mete tout sa li te posede, tout sa ke li te gen pou li viv.”
-
12 Anplis, ajan kolektè kontribisyon yo te vini pou batize. Yo t ap mande l: “Mèt, kisa nou dwe fè?”
13 Li te di yo: “Pa kolekte plis ke yo mande nou pran.”
14 Konsa, kèk sòlda t ap mande li: “Epi kisa pou nou menm fè”?
Li te di yo: “Pa pran lajan sou okenn moun pa lafòs, ni fè fo akizasyon kont pèsòn. Rete satisfè avèk salè nou.”
-
16 Konsa, Li te bay yo yon parabòl: “Tè a pou yon sèten nonm rich te trè bon, e te pwodwi anpil.”
17 “Epi li te kòmanse reflechi avèk pwòp tèt li: ‘Kisa pou m ta fè; akoz ke m pa gen depo pou mete rekòlt mwen yo?’
18 “Answit li te di: Men kisa m ap fè; m ap retire tout depo ke m genyen yo, e m ap bati pi gwo pou mete tout rekòlt mwen yo. 19 Epi mwen va di a nanm mwen: ‘Nanm, ou gen anpil byen rezève pou anpil ane; pran repo ou, manje, bwè, e rejwi ou.’”
20 “Men Bondye te di l: ‘Alò nonm ensanse! Menm nwit sa a, nanm ou ap rachte de ou; e koulye a, kilès k ap mèt a sa ou prepare yo?’
21 “Konsa se mesye a kiranmase trezò li pou li menm, men ki pa rich anvè Bondye.”
-
10 Paske menm lè nou te avèk nou an, nou te konn bannou lòd sa a: si yon moun pa vle travay, alò, li pa dwe manje nonplis. 11 Paske nou tande ke kèk pami nou ap mennen yon vi dezòd, ke yo pa travay menm, men k ap aji kòm antre bouch yo nan zafè a lòt moun. 12 Alò, moun konsa yo, nou kòmande e egzòte nan Senyè a, Jésus Kri, pou yo travay nan yon jan ki kalm pou manje pwòp pen pa yo. 13 Men pou nou, frè m yo pa fatige nan fè sa ki bon.
14 Si yon moun pa obeyi a enstriksyon nou an nan lèt sa, pran nòt de moun sa a, e pa asosye nou avè l pou li kab vin wont. 15 Malgre sa, pa gade l kòm yon lènmi, men egzòte li kòm yon frè.
-
2 se pou nou vin bèje a bann mouton Bondye pami nou an. Gade sou yo pa paske nou oblije, men paske nou vle, jan Bondye vle nou ye a, pa nan pouswiv move lajan, men nan dezi pou sèvi. 3 Ni se pa tankou kòmande sila ki plase anba otorite nou yo, men kòm yon egzanp pou bann mouton an.
-
6 Konsa desann nou anba men pwisan a Bondye a, pou Li kapab leve nou nan tan konvenab la.
7 Lage tout tèt chaje nou yo sou Li, paske li sousye de nou.
-
35 “Alò, nan ka ke yon moun peyi nou an vin pòv e zafè li vin gate, alò, nou gen pou bay li soutyen. Li va viv tankou etranje, oswa yon moun k ap demere, pou li kapab toujou rete pami nou. 36 Pa pran enterè ni avantaj sou li, men onore Bondye ou a pou li kapab viv avèk ou. 37 Ou pa pou bay li lajan ou avèk enterè, ni manje ou pou fè pwofi.
-
17 Yon moun ki fè gras a yon malere prete a SENYÈ a,
e Li va bay li rekonpans pou bon zèv li a.
-
17 Pou sa, di nou kisa Ou panse? Èske li pèmèt pou peye taks a César? Wi oubyen non?”
18 Men Jésus te konprann mechanste yo. Li te reponn: “Poukisa nou ap tante M konsa? Ipokrit nou ye! 19 Montre M kòb ke nou sèvi pou peye taks la.”
Yo te pote bay Li yon denye.
20 Li te mande yo: “Limaj avèk lenskripsyon a ki moun nou wè la a?”
21 Yo reponn Li: “Se pou César”.
Li te di yo: “Ebyen, bay a César sa ki pou César, e bay Bondye sa ki pou Bondye.”
-
32 “Pa krent, ti bann mouton an, paske Papa nou te chwazi avèk jwa pou bannou wayòm nan.
33 “Vann sa nou posede, e bay kado lacharite. Fè pou kont nou bous ki p ap janm ize, yon trezò ki p ap kab gate nan syèl la, kote vòlè pa pwoche, ni papiyon detwi. 34 Paske kote trezò nou ye, se la kè nou va ye tou.
-
20 Men Pierre te di li: “Ke lajan ou an peri avè w, paske ou te panse ke ou ta kapab vin genyen don Bondye a avèk lajan.
-
6 Sila k ap aprann pawòl la dwe pataje tout bon bagay avèk sila ki enstwi l la.
-
6 Pa enkyete nou pou anyen, men nan tout bagay pa lapriyè ak siplikasyon, avèk remèsiman, fè demand nou yo byen koni a Bondye.
-
17 Tout bon bagay ki fèt ak tout kado pafè sòti anwo, epi desann nan Papa a limyè yo. Avèk Li pa gen ni chanjman ni menm yon lonbraj varyasyon.
Shows Read in context, Share and Copy.